Category Archives: Uncategorized

21-0801 Pwouve Pawòl Li

Mesagj: 65-0426 Pwouve Pawòl Li

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

ÈG YO AP RASANBLE

Chè timoun yo ki vle apran yo,

Kèl atmosfè selès nou chita dimanch lan kòm lepouz Kris rasanble nan prezans sentespri a. Nou te kapab santi sa vivifye kò mòtèl nou yo.

Pa genyen pi gran onksyon, pa gen pi gran atmosfè ke lè nou peze bouton jwe a e tande vwa Bondye ki ap pale ak nou. Bondye te repare zòrèy nou pou nou tande e kwè chak pawòl, se pa yon lòt ke se Èl, Elah, Eloyim, ki egzis limenn sèl, li se yon tout sifizan, li se yon fòs, ki tap pale ak nou chak e ki ap revele nou ke nou se pitit gason ak pitit fi manifeste li yo.

Kòman tou pisan te predestine semans Bondye a nan viwon monn lan, mete men sen yo yonn sou lòt. Nan Kay nou, nan legliz nou nou te ranpli ak prezans sentespri a. Lafwa nou te grandi, nou te konnen kiyès ki tap pale ak nou. Li te di nou ke pisans vivifyan te nan nou. Nou te kwè ak tout kè nou e tout nanm nou, paske li te di sa.

Alò li di nou pou nou di,” Seyè Bondye, mwen kwè ak tout kè m.” Nou te repete chak pawòl nan fon kè nou. Li te di,” maladi pa kapab kanpe nan yon group konsa. Lespri nou tap rejwi lè nou tap tande pawòl sa yo,pou nou te konnen kisa ki ap pran pozisyon.

Li te di, “chak moun ki vle sentespri, leve men nou, nenpòt kote nou ye ki vle li… Mwen kwè sa Bondye pral ranpli chak nan nou, kounye a, avèk sentespri a.
Nan moman sa, nou te ranpli e ranpli ankò, avèk sentespri li a, vwa Bondye te annik te di sa.

Alò tout sa yo ki bezwen gerizon pou kò yo, li te di,” mwen òdone nou nan non Jezi Kris, kanpe sou pye nou yo e asepte gerizon nou. ” nan viwon tout monn lan , sa yo ki te gen lafwa e kwè, te geri.

Ki kote sa te fè t pran plas li? Nan yon ti gwoup pèp ki rasanble? Non, se te nan viwon tout monn lan tankou lepouz la te chita nan lye selès ap tande vwa Bondye pou jou nou an.

Se enposib pou okenn lòm, oubyen yon gwoup nèg, pou init lepouz la konsa. Sèlman sentespri a ki te kapab fè sa pa pawòl atravè masaje pwouve pou jou a. Mesaj sa a se ensi di Seyè a. Se pa sa nou mande, ni sa nou panse , se Bondye ki te pwouve sa se te prèv fason sa pou jodi a.

Se yon repo e yon pè nou genyen. Nou pap janmè enkyete oubyen poze kesksyon sou sa li te di nou. Nou pap janmè fè bak nan pawòl la tcheke sa, nou ap tande pawòl Bondye te pwouve pou jou nou an. Nou annik chita la, ouvè kè nou, panse nou, e nan nou, e di AMÈN, AMÈN,AMÈN.

Non, nou pa diy. Non, nou pa konprann tout bagay. Men nou kwè chak pawòl. Li te sa se vrè siy ke nou sentespri, e sèlman lepouz li a ki pral kwè e rete ak chak pawòl. Nou se lepouz sa… Alelouya!.

Li pase anro tèt gran, sa yo rele pansè pwofon yo, e revele sa ak timoun yo ki vle aprann.

Mwen vrèman rekonesan de sa mwen se yon timoun ki vle aprann.

Li te pwouve l atravè lòt syèk yo ki yès li te nan chak aj. Li te pwouve atravè pwofèt li yo. Li te pwouve l lè li te vini nan lachè, li te pran peche nou yo e te koure sou kwa a, answit li te leve ankò e li te voye sentespri a.

Kounye a li pwouve li nan jou nou an pa retou li e li revele limenm nan lachè imèn ankò yon fwa jan li pwomèt li pral nan pawòl li. Li te pwouve limenm nan pitit lòm, se ministè Jezi Kris li menm, vwale nan lachè imèn.

E kounye a, se fen chapit li se chak rezon gran plan li a, te vini pou nou, se restore li, pwouve lepouz sa rete ak pawòl la.

Eske nou pa ta renmen ak li sou montay sa jou lè Jezi te ap pale ak 5000 lan? Eske ou pa ta renmen wè li pwouve monn lanlan ki yès li te ye pa pouvwayan pen yo a k pwason yo? Eske nou ta renmen chita anba onksyon an, annik tande vwa li ki ap konsole kè nou ak pawòl lavi etènèl li a?

Ou kapab si ou kwè mesaj sa ak tout kè ou.

Vini chita anba onksyon sa sou montay sa avèk nou dimanch sa ak katòzè lè Jeffsonville, e tande Bondye pwouve ak monn lan ki yès li ye nan jou nou an. Lik 17:30 ap pale ak nou e di nou B- R- A -N- H -A -M se pwouvan Mwen e se chwa mwen vwa sa pou nou. Vini tande li: Pwouve pawòl li a 26-04-1965.

Frè Jozèf Branham

Ekriti yo pou nou li:

Sen Matye 11:4-19/28:20
Sen Mak 11:22- 26
Sen Lik 8:40-56/17:30
Sen Jan 14:12
Ebre 4:12-15/13:8
Malachi 4

21-0725 Plas Bondye Founi Pou Adore

Mesagj: 65-0425 Plas Bondye Founi Pou Adore

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

ÈG YO AP RASANBLE

Chè vivan yo

Kòman nou renmen rasanble chak semèn pou manje mann espirityèl li te prepare pou lepouz li a. Sa ban nou fòs nou bezwen pou voyaj nou an. Sa se lavi mesi a nan nou chak, li te manifeste , pou l fè legliz prepare pou anlèvman.

Kolòn dife te rele nou soti, e li ap mennen nou nan peyi li te pwomèt la, anba pisan pwofèt wen li an, William Marrion Branham.

Frè Branham se pa kolòn dife a. Li se kondiktè ki te wen , anba kolòn dife a. Kolòn dife a sèlman konfime mesaj li a avèk siy yo e mèvèy yo. Se gran sentespri li a ki te manifeste nan mitan nou e se mil fwa plis ke tout lòt pwofèt ki te anvan li.

Eske nou pakab wè pitit lòm lan, pitit lòm lan nan fòm yon mesaj pwofetik, retounen ankò nan legliz li a nan pwofesi, ak revelasyon Jezi Kris se menm yè, jodi a, e poutan ? Sa pa janm te fèt atravè okenn aj, pou jouk tan sa.

Panse espirityèl nou te sezi sa. Nou wè li e nou kwè chak pawòl. Mesaj sa a, band sa yo, se chemen Bondye te prepare, yon mwayen pou l sezi panse sa yo la kote semans lan te seme. Nou te tande vwa sa e limyè a te frape nou e nou te pran lavi.

Se chita nou chita nan kote selès yo, kounye a. Nou pa pral sa, se sa nou ye kounye a. Nou te deja resisite, dinanik lan e mekanik lan ap travay. Nou te gen lavi nou nan prezans Bondye, kote li a ye. Se pa kisa ou pral ye, ou sa deja! Se annik diab ap eseye fè wonn nou ak sa.

K: eske nou vinn gen lavi?
R: wi

K: Eske Kris vinn reyèl nan nou?
R: wi
K: Eske pisans Bondye te manifeste?
R: wi
Eske nou nan legliz sa, legliz Bondye te prepare a?
R: wi
K:kòman nou nan li, kòman nou fè konnen nou te gen lavi nan li?
R: nou se panse total li, li se sa nou ye nan Kris. Kris nan mitan nou, li pwouve li menm nan nan lavi nou, ap pwouve sa li ye isit la.

Nou se lachè ,de lachè li e nou se zo , de zo li , nou se kò de kò li, nou se non de non li, lepouz li. Nou nan li. Nou se lachè li e zo li.

Nou pakab te mouri, nou te gen lavi pisans vivan an ki fè nou tounen nan lavi de peche a e li te chanje nou, li te leve nou potansyèlman nan Kris Jezi, ki se rezireksyon ki pral pote nou nan plen matirite.

Nou te fèt e nou te rejenere, nou te batize avèk sentespri a nan Jezi Kris. Nou te gen lavi ak chak pawòl. Nou ponktye chak pawòl ak yon “Amèn.

Kòm nou rasanble nan Jezi Kris; nan yon panse, nan yon akò, kèlkeswa sa nou bezwen, si nou pral gen lafwa e nou kwè, li pral bay sa ak nou.

Kite nou imajine sa li pral ye nan nou chak lakay nou, nan legliz nou, oubyen nenpòt kote nou pral rasanble, pou nou pitit gason li yo e pitit fi li yo, legliz lepouz li a.

Mwen konnen li isit la. Mwen asire m li isit la. Mwen konnen ke kounye a li genyen ase pisans vivan an nan legliz la pou l geri chak moun sa yo ki chita la.

Eske nou kwè mesaj sa? Eske nou kwè se Bondye ki nan fason sa jodi a? Eske kwè se pitit lòm lan ki ap revele tèt li nan lachè imèn? Eske nou kwè chak pawòl li?

Si nou bezwen gerizon pou kò, gerizon pou lespri, oubyen nenpòt lòt bagay nou kapab nan bezwen, alò mwen ban nou defi nou kwè li te wen , li te konfime, vwa Bondye pou jou nou an:

Annik akòde l kounye a sa ke li se pisans vivan an ki bay lavi ak lafwa yo, Seyè, ki sa yo ap fè gen kwayan ki gen men yo sou yon kwayan, kò ak kò, pisans ak pisans. E se pisans Bondye, pa pitit gason Bondye oubyen pitit li Bondye, pa pitit gason Bondye. O Bondye, ke Satan lage pèp sa a ki mare! Ke yo geri aprè midi sa, pa rezireksyon an , pisans vivan de prezans ki te idantifye, Jezi Kris. Nan non Jezi Kris, ke sa ale trè byen!

Vini e jwenn ak nou anba plas Bondye founi pou adore 25-04-1965 , e resevwa gerizon nou, se wenn pa sentespri a, se pou gen rejwisans pou nanm nou kòm nou chita nan kote selès yo e tande pitit lòm ki ap pale dimanch sa ak katòzè aprè midi, lè Jeffsonville.

FRÈ Jozèf Branham

Ekriti pou nou li anvan nou tande mesaj sa:

Deteronòm16:1-6
Malachi 4:5
Sen Matye 1:23
Sen Mak 16:17
Sen lik 17:30
Sen Jan 4:23/10:1-7
Women 8:1-11
1 korentyen 12:13
Efezyen 1:21
1Tesalonisyen 4:16
Ebre 13:8
Revelasyon 22:19

21-0718 Twazyèm Egzòd La

Mesagj: 63-0630m Twazyèm Egzòd La

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

ÈG YO AP RASANBLE

Chè pitit gason e pitit fi yo,

Li trè di pou m konnen ki kote pou m kòmanse. Panse, nou te chita ansanm nan atmosfè selès yo nan viwon monn lan, pou nou bwè nan dlo vivan, nou devni pitit gason e pitit fi li yo manifeste. Mesaj sa a ban nou yon konpreyansyon konplèt,plase nou nan pozisyon nou, e li di nou kilès nou ye nan Kris Jezi.

Ki sa mesaj sa a fè?

Pou mwen te fyanse ou pou mwen fyanse ou ak Kris, kòm yon vyèj pwòp.
Glwa, Bondye te voye setyèm zanj mesaje li a pou fyanse nou ak li tankou yon vyèj pwòp. Nou pral jije pa chak pawòl li te pale. Sa vle di nou dwe peze bouton jwe a.

Li te ekri premye bib la nan syèl la. Answit li te ekri dezyèm bib la nan yon ròch. Twazyèm bib sa te ekri nan yon papye pou gran yo, entèlijan entèlektyèl nan monn lan vini. Men jodi a, gran jou revelasyon an, nou genyen li o konplè e chedèv pafèt la, vrè vwa Bondye a rele lepouz li a soti, pa band yo:

” E ou pral prezant nou ak Seyè Jezi lè li vini, tankou twofe ministè ou.”

” E nou tout te kriye yon sèlkou ,

” Nou konnen sa! Nou repoze sou sa ak asirans.” Yo te di,” ou pral prezante nou ak li, e alò nou tout pral tounen sou tè a ankò, nou pral viv etènèlman.”

Ki te fè lepouz Kris la kriye e di ou pral prezante nou ak Bondye? Pwofèt Bondye a pa ministè li a. Kòman nou pakab pa vle jwe band sa yo nan legliz nou?

Sèlman mesaj sa a, band sa yo, ki kapab mete chak legliz anamoni avèk Bondye, jis manifestation lepou a te manifeste nan nou.kouman mwen fè konnen pou m di ou sa” rete ak band yo,” mwen te retounen al verifye plan an pou m gade ki sa pwofèt la te di.

Mwen espere panse espirityèl kapab sezi sa a. Mwen asire ou fè sa wi. Men mwen mande m, kèlkeswa sa sa ye. Menmsi ou pa kapab vizite chak nasyon. Ou kapab voye band sa yo nan li. Bondye pral gen yon fason ke li fè pou panse yo sezi l nenpòt kote semans te seme. Se vre. E konsa limyè a frape li, li soti , li pran lavi a. Tankou ti fanm bò pi a li te di, men li se.” Li te sezi l.

Pou nou sa se siro myèl nan ròch la, sa se yon jwa nou pa ka esprime, sa se yon asirans beni, sa se ank pou nanm, sa se espwa nou e rete, sa se ròch aj yo, sa se tout bagay.

Panse espirityèl nou se tout te klè sou sa Nou konnen egzateman kilès li ye. Nou konnen egzateman ki sa li ye. Nou konnen egzateman kilès nou ye. Nou konnen egzateman ki kote nou prale. Nou konnen nan kilès nou kwè a e nou pèswade li kapab gade nou nan depo nou jiskaske jou sa rive.

Alò si Bondye te revele ak nou nou se anbasadè li, tout pouvwa ki nan syèl nan nou, tout sa Bondye ye, tout sa zanj li yo ye e tout pouvwa l kanpe dèyè pawòl nou. Bondye te onore pawòl la, pou li te di, kèlkeswa sa nou mare sou tè a, sa pral mare nan syèl la. Kèlkeswa sa nou lage sou tè a sa pral lage nan syèl la. E mwen ba ou kle wayòm lan.”

Sa se tan pou nou al lakay. Egzòd la pre rive. Bondye ap moutre nou kilès li ye. Lepouz Jezi Kris la, pral soti nan egzòd li ,pou l antre nan tè pwomès la.

Nan premye egzòd li a li te fè yo soti nan yon peyi natirèl ak yon peyi natirèl. Dezyèm egzòd la li fè yo soti nan yon kondisyon espirityèl, antre nan yon batèm sentespri espirityèl. Kounye a lap mennen nou nan yon batèm sentespri espirityèl tounen nan lavi etènèl pa menm kolòn dife a, pa menm sistèm wen an, se menm Bondye ki ap fè menm bagay yo!

Kite van yo soufle. Kite tanpèt yo souke, nou nan sekirite trankil. Nou rete dwat la sou chak pawòl.

Vini jwenn ak nou dimanch ak katòzè nan lè Jeffsonville, e repoze sou chak pawòl Bondye te pale pou jou nou an. Mete ou prè oumenmsèl pou vini lan byento e tande: Twazyèm egzòd la 30-06-1963 nan maten.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou nou li anvan nou tande mesaj la:
Egzòd 3:1-12
Jenèz chapit 37
Jenèz chapit 43

21-0704 Adopsyon #3

Mesagj: 60-0522M Adopsyon #3

PDF

BranhamTabernacle.org

ÈG YO AP RASANBLE

Chè èg yo,

Kite nou tout rasanble e pou nou tande mesaj Adopsyon Twazyèm pati a 22-05-1960 nan maten dimanch sa a ak katòzè lè Jeffersonville.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou nou li anvan nou tande mesaj la:

Matye 28:19
Jan 17:7-19
Travay 9: 1-6, chapit 18 e 19
Women 8:14-19
1 korentyen 12:12-13
Galat 1:8-18
Efezyen chapit Premye
Ebre 6:4-6, 9:11-12

21-0613 Wa Ki Rejte A

Mesagj: 60-0515M Wa Ki Rejte A

PDF

BranhamTabernacle.org

ÈG YO AP RASANBLE

Chè zanmi Presye , byeneme y , Cheri nan levanjil la. Timoun yo ki fèt pou Bondye a.

Mwen rekonesan anpil ke nou ap tande pastè nou.Nou se monton ke li se pastè a. Nou se legliz li a. Band sa yo te anrejistre e mete nan magazen an pou nou menm . nou se zanmi setyèm zanj mesaje a , e byeneme Cheri li yo nan levanjil . Nou se timoun li fè pou Bondye a.

Yon jou mesaj li a te parèt devan je nou epi nou te tande Jezi Kris , se menm bagay yè Jodi a e pou toutan . li te satisfè bongou nou e nou vinn grangou pi plis toujou . Mesaj sa , pawòl li a , Vwa li a,Se Seyè Jezi Kris. Se tout sa nou gen bezwen ,e se tout sa nou vle se tout sa nou genyen .

Si yon revelasyon te dwe vinn ak nou ki ta kontrè ak pawòl la ki te ekri a ,nou pap janmè resevwa li, paske se sa menm satan te fè Èv. Li te gen pawòl la , men li tap chèche yon lòt limyè ,epi Satan te asire li pou l ka jwenn yo. Nou menm nou pap janm vle ajoute anyen nan pawòl la ,ni retire anyen nou vle sèlman kite l Jan li ye a. Rete dwat ak pawòl la ,paske tout sa ki pa menmjan avèk li se enkredilite . nou dwe rete ak ministè band yo.

” _mwen pa janm te preche yon bagay nan vi m , pou mwen te wont li . mwen pap retire okenn band , okenn disk . mwen te kanpe ak sa sentespri a di. Pou mwen sa se viv oubyen lanmò .” mwen pap chèche pale de mwen , isit la , mwen vle senpleman montre sa kap pase ,pou ke ou ka wè epi konprann ki sa li ye .sa ki genyen, moun sa yo vle ke se yon moun ki pou ap kondwi yo.

Band yo se sa sentespri di pou l ka kondwi lepouz li a. Nap viv pa mwayen tout pawòl la e nap mouri pa tout pawòl la, paske li se sa Seyè a di . N ap rete fidèl ak pawòl Bondye a, menmsi sa koute tout sa ke nou genyen nan vi sa ; nap rete ak pawòl la.

Chak band ke nou tande ap fè vin pi pre li e li revele nou plis de pawòl li a. Se egzatman sa nou gen bezwen pou jounen sa . Nou pa vle pou n kondwi pa pitit Gason Kish la ,nou vle chemen Bondye bay la : pa Pwofèt li a.

Priyè nou , se : Oh Bondye , Ede nou pou nou pa janm fè konpwomi menm sou yon sèl pawòl . Pou nou kanpe fèm ak pawòl sa,e pou ke nou viv li. Zafè sa kap vini , ki sa ka di oubyen sal ka fè. Se pou nou rete ak pawòl ou a.”

Chak jou , bagay yo Vin pi difisil tanzantan . Satan Vin pi anraje yon fason li pa te janm ye . li konnen ke tan rive nan fen li ,ke jou yo ap konte kounye a, alò li ap atake Lepouz la.

Gendelè , konba Vinn tèlman difisil. Nou tèlman fatige , epi nou ekri :
Mwen gen mal alèz nan peyi a, Twouble, epi se Jezi ke mwen wè;
M ta renmen tande klòch ki nan pòt la yo bèl ti son dous ; chemen mwen yo ta klere ,tout lapèrèz tap disparèt ; Seyè, ki te nou gade dèyè rido tan an.

Papa nou konnen nou tap bouke epi fatige,menmjan ak pwofèt li a. Alò ,byen bonè nan yon maten , li reveye sèvitèl la pou l ankouraje li .Li pèmèt li poul ka gade dèyè rido tan an.

Epi , li voye li pou li ka di nou ki sa li te wè . Pat gen jalouzi. Pat gen fatig . Pat gen lanmò ak maladi la ba. Mòtalite pa ka fè machwè nou plise . Sa se te nan pèfeksyon a n.

Epi lepouz la pran li, li plase li yon kote ki wo epi li kriye :

“Nou konnen yo jou nou pral retounen sou tè a avèw “. Yo te di” Jezi ap vini epi ou pral jije selon pawòl ou te preche nou an . aprè si ou aksepte nan moman sa ,”e sa pral fèt ” yo di ” apresa ou pral prezante nou kòm trofe ministè ou a”.

Lè sa , lè lepouz ap vini sou tè a, nou pral Vinn avèk li , Pwofèt Bondye a , e LI PRAL PREZANTE NOU BA “LI” KÒM TWOFE MINISTÈ LI A. Pa ,konsekan Nou dwe rete ak ministè band yo.

Nou kwè li. Enpòtan pou nou make isit la nou Vinn tande pwofét la ap di ,gen kèk semèn de sa :

Band sa yo adrese sèlman…. Map pale ak ansanble pam ,frè . mwen pa responsab sa Bondye baw pranswen an ; mwen entèrese ak ki manje ma p nouri moun ki isit la yo . sa se sèlman pou Tabènak sa. Ou wè? Kounyea si moun yo vle tande band yo . sa se zafè ki gade yo. M ap pale ak sa Bondye ban mwen yo.

Se rezon sa nou ap rete ak band yo .se rezon sa ki fè WILLIAM MARRION BRANHAM se pastè nou . Se rezon sa ki fè nou di nou se asanble li a. Nou se sa ke Bondye ba li a. Wi , nou se YOUN NAN YO,GLWA.

Si ou ta renmen fè pati asanble li a ,APIYE SOU BOUTON JWE A. Si ou ta renmen tande band yo avèk nou ,nou envite pou ou Vin jwenn nou dimanch nan katòzè lè Jeffersonville Lè nou pral ini nou ak lòt kwayan yo nan tout mond lan pou nou tande : Wa ki rejte a * 60-0515M*

Fr. Joseph Branham

P.s:
Mwen te nan priyè pou m ka konnen sa Papa nou ta renmen nou tande apresa . mwen sa li kondwi pou m pase Seri Adopsyon an . Mwen kòmanse priye epi chèche volonte li . lè fini mwen leve epi mwen ouvè bib mwen konsa konsa,epi m kòmase li ;se te nan galat 4.1-7. Yon lòt fwa Papa nou te voye konfimasyon e li te reponn ak priyèm yo.
Ekip VGR la ak mwen Nou pral repose nou nan twa semèn pwochèn yo .Pandan nou pral nan vakans, Mwen pral voye ban nou yon let kout ki pral konfime nou ki mesaj nou pral tande

Kontinye priye pou mwen ak ekip VGR la.

Pasaj ekriti yo Pou nou li avan nou tande mesaj la :

1samyèl chapit 8
Mak 16:15 -18