Category Archives: Uncategorized

25-0810 Evènman Ki Vin Klè Ak Pwofesi

Byenneme Vrè Epouz Vivan An,

Lè Jezi, Pawòl la Li menm, te vin sou tè a 2000 ane de sa, Li te vini jan Li te di Li t ap vini an, antan ke Pwofèt. Pawòl Li deklare, ke anvan Li retounen, manifestasyon konplè Pèsòn Jezikri a pral manifeste ankò nan lachè, nan yon pwofèt. Pwofèt sa a vini, non li se William Marrion Branham.

Kijan yon moun ka pa rekonèt ke koute Vwa Bondye k ap pale dirèkteman avèk yo sou bann yo se Volonte pafè Bondye a? Nou konnen Pawòl la toujou vini jwenn pwofèt Li a; Li pa ka vini okenn lòt jan. Li dwe vini nan chemen kanal Bondye te anonse nou davans. Se sèl fason sa a L ap janm vini. Bondye aji jan Li te pwomèt Li t ap fè l la. Li pa janm echwe pou L fè l menm jan Li te toujou fè a.

Yo tout te manje menm bagay la, yo tout te danse nan Lespri a, yo tout te gen tout bagay an komen; men lè lè separasyon an rive, Pawòl la te fè separasyon an. Se menm bagay la jodi a! Pawòl la fè separasyon an! Lè lè a rive…

Nou wè lè sa rive kounye a, Pawòl la ap separe. Yo akize Lepouz la kòm si li te mete twòp enpòtans sou pwofèt la lè yo di, “gen lòt moun Bondye rele, moun ranpli ak Sentespri a pou dirije Lepouz la jodi a. Ou bezwen plis ke jis bann yo. Bondye mete moun jodi a pou dirije legliz la.”

“Ou eseye panse ou se sèl moun nan gwoup la. Tout kongregasyon an sen!” Bondye pa janm aji konsa. Li te dwe konn sa. Epi li di, “Ebyen, tout kongregasyon an sen. Ou eseye fè tèt ou…” Si nou ta di l jodi a, ekspresyon lari a, “Sèl ti wòch la sou plaj la.”

Epi Moyiz te konnen ke Bondye te voye l lòt bò a pou sa.

Bondye gen moun ki ranpli ak Sentespri a pou gide Lepouz Li a; pou gide yo A MEN SA SEYÈ A DI, PWOFÈT MESAJE A. Paske Mesaj la ak mesaje a se menm bagay la. Se chemen Bondye ki pa janm chanje a, ke Li bay pou jodi a, e pou tout tan.

Paske yo te koute yon erè. Alò ke Moyiz, moun Bondye te konfime a, epi yon lidè pou montre yo chemen pou ale nan tè pwomiz la, epi yo te rive byen swiv jiske la, men apre sa yo pa t vle kontinye avè l… Kidonk, kwayan yo ka wè Sa, men moun ki pa kwè yo pa ka wè konfimasyon Sa a.

Non sèlman ou te chwazi pou resevwa gwo Revelasyon fen tan sa a pou jodi a, men Bondye, atravè kasèt Manje Li yo ki sere, L ap pale ant liy yo ak Lepouz byenneme Li a.

Alò si ou se yon pitit gason Bondye oubyen yon pitit fi Bondye, ou te toujou nan Bondye. Men, Li te konnen nan ki teren e nan ki tan ou t ap plante. Kidonk kounye a, ou vin tounen yon kreyati, yon pitit gason Bondye, yon pitit gason oubyen yon pitit fi Bondye ki manifeste pou releve defi lè sa a e pou konfime vrè Bondye vivan lè sa a, Mesaj la k ap revele nan moman sa a. Se vre! Ou te fèt la a anvan fondasyon mond lan.

Ala yon lèt lanmou byen presi pou Lepouz Li a, GLWA!!! Non sèlman Li te konnen nou epi Li te chwazi nou anvan fondasyon mond lan, men isit la Li di nou ke Li te chwazi nou pou nou vin pitit gason ak pitit fi Li ki manifeste pou JODI A. Li mete nou isit la sou tè a jodi a, pi wo pase tout lòt sen yo depi nan kòmansman an, paske Li te konnen nou t ap releve defi lè sa a pou nou konfime vrè Bondye vivan lè sa a, Mesaj la ki pwoklame nan moman sa a.

Nou te nan Bondye, yon jèn, yon pawòl, yon atribi depi nan kòmansman an, men KOUNYE A nou chita ANSANM nan lye Selès an Jezikri, n ap kominye avè L pa Pawòl Li, atravè Pawòl Li; paske nou SE PAWÒL LI, e L ap nouri nanm nou.

Nou pa ka, epi nou p ap janm enjekte anyen lòt nan lavi nou ke Pawòl Bondye a ki pi. Nou rekonèt e nou kwè ke se chemen Bondye bay pou jodi a.

Nou ta renmen w vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande SÈL VWA a, Vwa Bondye a sou bann yo, kote ou ka di AMÈN pou chak Pawòl ou tande.

Frè Jozèf Branham

Mesaj: Evènman Ki Vin Klè Ak Pwofesi 65-1206

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:
Jenèz 22
Deteronom 18:15
Som 16:10 / 22:1 / 22:18 / 22:7-8 / 35:11
Ezayi 7:14 / 9:6 / 35:7 / 50:6 / 53:9 / 53:12 / 40:3
Amos 3:7
Zakari 11:12 / 13:7 / 14:7
Malachi 3:1 / 4:5-6
Matye 4:4 / 24:24 / 11:1-19
Lik 17:22-30 / 24:13-27
Ebre 13:8 / 1:1
Jan 1:1
Apokalips 3:14-21 / 10:7

25-0803 Bagay Ki Oblije La Yo

Mesagj: 65-1205 Bagay Ki Oblije La Yo

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Atribi Bondye Yo,

Chak Pawòl ki te pwononse nan Mesaj sa a se yon lèt lanmou pou Lepouz Li. Pou panse ke Papa nou ki nan Syèl la renmen nou tèlman, ke non sèlman Li te vle nou li Pawòl Li a, men Li te vle ke nou tande Vwa Li pale nan kè nou pou Li te ka di nou: “Ou se orak vivan Mwen an, atribi vivan Mwen an, ke Mwen ka prezante bay mond lan.”

Apre sa pou panse ke apre tout sakrifis Li te fè isit sou tè a, lavi Li te viv la, chemen Li te mache a, Li sèlman mande yon sèl bagay:

“Pou ke kote Mwen ye, yo kapab la tou.” Li te vle gen fratènite nou. Se sèl bagay Li te mande Papa a nan priyè a, rete an konpayi nou pou tout tan.

Kote M ye a, “Pawòl Li,” nou dwe la tou, pou nou resevwa Kominyon Li, konpayi Li, pou tout tan. Se poutèt sa, nou dwe viv dapre chak Pawòl Li te pale avèk nou sou bann yo pou nou vin Epouz Pawòl Vyèj Li a, ki fè ke nou fè pati de Epouz la.

Sa se REVELASYON Jezikri nan lè sa a. Non pa sa Li te ye nan yon lòt epòk, kiyès Li ye KOUNYE A. Pawòl la pou jodi a. Kote Bondye ye jodi a. Sa se Revelasyon an pou jodi a. Se yon kwasans kounye a nan Lepouz la, k ap fè nou vin tounen pitit gason ak pitit fi parfè yo.

Nou wè tèt nou nan Pawòl Li. Nou konnen kiyès nou ye. Nou konnen nou nan pwogram Li. Sa a se Chemen Bondye bay pou jodi a. Nou konnen Anlèvman an ap rive. Talè konsa moun nou renmen yo ap parèt. Lè sa a, n ap konnen: Nou rive. Nou tout pral nan Syèl la…wi, Syèl la, yon kote ki osi reyèl ke sa.

Nou prale nan yon plas reyèl kote nou pral reyalize plizyè bagay, kote nou pral viv. Nou pral travay. Nou pral pwofite. Nou pral viv. Nou pral nan Lavi, nan vrè Lavi Etènèl. Nou pral nan yon Syèl, yon paradi. Menm jan Adan ak Èv te travay, te viv, te manje, te pwofite, nan jaden Edenn anvan peche te rantre ladan l, nou sou wout pou nou retounen laba, se vre, pou nou retounen. Premye Adan an, atravè peche, te fè nou soti, dezyèm Adam an, atravè jistis, ap mennen nou tounen ladan; Li jistifye nou epi L ap remennen nou ladan l.

Kijan yon moun ka di an pawòl sa sa vle di pou nou? Reyalite a se ke nou pral nan paradi kote nou pral viv ansanm pou tout Letènite. Fini chagren, doulè ou lapenn, jis pèfeksyon sou pèfeksyon.

Kè nou ap rejwi, nanm nou ap boule anndan nou. Satan ap mete plis presyon sou nou chak jou, men nou rejwi kanmenm. Poukisa:

  • NOU KONNEN KI MOUN NOU YE.
  • NOU KONNEN KE NOU PA, E NOU PAP DESEVOYE L.
  • NOU KONNEN NOU NAN VOLONTE PARFÈ LI.
  • NOU KONNEN LI BAN NOU VRÈ REVELASYON PAWÒL LI A.

Frè Joseph, ou ekri menm bagay la chak semèn. GLWA, m ap ekri l chak semèn paske Li vle ou konnen jan Li renmen w. Ki moun ou ye. Ki kote w prale. Negatif la ap vin pozitif la. Ou se Pawòl la k ap vin Pawòl la.

Byenneme lemonn, vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, sou koneksyon telefonik, pa paske “mwen” envite w, men paske “LI” envite w. Se pa paske “mwen” chwazi bann lan, men pou tande Pawòl la ak yon pati nan Lepouz la atravè mond lan an menm tan.

Èske nou ka reyalize ke li posib pou Lepouz a tande Vwa Bondye toupatou nan mond lan, nou tout an menm tan? Fòk se Bondye. Bondye te fè pwofèt la fè sa pandan anj Li a te sou tè a. Li te ankouraje Lepouz la pou yo ini nan lapriyè, TOUT AN MENM TAN, NAN LÈ JEFFERSONVILLE, a 9:00, midi, e 3:00; konbyen sa pi gran kounye a, ke Lepouz a ka fè YOUN, ini pou tande Vwa Bondye a k ap pale avèk yo tout an menm tan?

Frè Jozèf Branham

Mesaj: Bagay Ki Oblije La Yo 65-1205

Ekriti:
Matye 22:1-14
Jan 14:1-7
Ebre 7:1-10

25-0727 Anlèvman an

Mesagj: 65-1204 Anlèvman an

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Enkondisyonèl,

Seyè a te ban nou yon bèl moman nan kan an semèn pase a lè Li te revele Pawòl Li ban nou. Li te pwouve, pa Pawòl Li, ke Absoli nou an se: Pawòl Li, Mesaj Sa a, Vwa Bondye A sou bann yo; yo tout se menm bagay la, Jezikri se menm lan a yè, jodi a e pou tout tan.

Nou tande kijan dyab la ap eseye separe Mesaj la ak mesaje a, men lwanj pou Seyè Jezi, Bondye Li menm te pale atravè anj pwisan Li a epi Li te di nou:

Nou dekouvri ke lè yon nonm vini, voye pa Bondye, predestine pa Bondye, avèk vre MEN SA SEYÈ A DI, mesaj la ak mesaje a fè youn. Paske yo voye l pou reprezante MEN SA SEYÈ A DI, Mo pou Mo, kidonk li menm ak mesaj li a fè youn.

Ou pa ka separe Mesaj la ak mesaje a, yo se menm moun nan, MEN SA SENYÈ A DI. Kèlkeswa sa yon fo wen di, Bondye di yo se menm moun nan e yo pa ka separe.

Apre sa, Li te di nou ke nou pa bezwen yon filtè pou nou pran okenn ensèk lè n ap koute bann yo, paske pa gen ensèk ni ji ensèk nan Mesaj Sa a. Se pi Atezyen Li a ki toujou ap koule pi e pwòp. Toujou ap bouyi, li pa janm seche, li kontinye ap pouse e pouse, ap ban nou plis Revelasyon Pawòl Li.

Li te raple nou pou nou PA JANM BLIYE ke alyans Li avèk nou an se yon alyans Endenyab, ki pa Negosyab, e sitou, li Enkondisyonèl.

Kit se lanmou, sipò, oswa abandon, si yon bagay enkondisyonèl, li ABSOLI e li pa sijè a okenn kondisyon ou modalite espesyal: l ap rive kèlkeswa sa k rive.

Apresa, Li te vle anfonse klou a, alò Li di nou ke jodi a Lekriti Li yo akonpli devan je nou.

Menm solèy ki leve nan lès la se menm solèy ki kouche nan lwès la. Epi menm Pitit Gason Bondye a ki te vini nan lès la epi ki te konfime tèt Li kòm Bondye ki te manifeste nan lachè, se menm Pitit Gason Bondye a nan emisfè lwès la isit la, k ap idantifye tèt Li nan mitan legliz la aswè a, menm lan a yè, jodi a, e pou tout tan. Limyè aswè Pitit la vini. Jodi a, Lekriti sa akonpli devan nou.

Fis de Lòm lan retounen nan chè imen nan epòk nou an, jan Li te pwomèt Li t ap fè l, pou L rele yon Lepouz. Se Jezikri k ap pale dirèkteman avèk nou, epi Sa pa bezwen okenn entèpretasyon moun. Tout sa nou bezwen, tout sa nou vle, se Vwa Bondye k ap pale sou bann ki vin de Bondye Li menm.

Se revelasyon manifestasyon Pawòl la ki vin reyalite. Epi n ap viv nan jou sa a; lwanj pou Bondye; revelasyon mistè pa Li.

Ala yon bèl moman Lepouz la ap viv, ap repoze nan prezans Pitit la, ap miri. Ble a retounen vin jwenn ble a, epi pa gen leven nan mitan nou. Se jis Vwa pi Bondye a k ap pale avèk nou, k ap fòme nou epi k ap fè nou vin imaj Kris la, Pawòl la.

Nou se pitit gason ak pitit fi Bondye, atribi Li ke Li te predestine pou vini nan laj sa a, pi gwo laj nan listwa mond lan. Li te konnen ke nou pa t ap echwe, nou pa t ap fè konpwomi, men nou t ap vrè Lepouz Pawòle Li a ki fidèl, Sipè Semans Wayal Abraham Li te pwomèt la ki te gen pou vini an.

Anlèvman an rive. Tan an rive nan bout li. L ap vini pou Lepouz Li a ki te prepare tèt Li men ki chita nan Prezans Pitit la, ap tande Vwa Li k ap abiye Lepouz Li a. Talè konsa n ap kòmanse wè moun pa nou yo ki lòt bò rido tan an, k ap tann epi ki anvi avè nou.

Bann sa yo se mwayen Bondye bay pou pèfeksyone Lepouz Li a. Bann sa yo se sèl bagay ki pral ini Lepouz Li a. Bann sa yo se Vwa Bondye pou Lepouz Li a.

Mwen envite nou vin ini avè nou, yon pati nan Lepouz Li a, Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande tout bagay sou sa ki pral rive trè byento: Anlèvman an 65-1204.

Frè Jozèf Branham

25-0720 Sou Zèl Yon Kolonb Blan Kou Nèj

Mesagj: 65-1128e Sou Zèl Yon Kolonb Blan Kou Nèj

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Kris, annou reyini ansanm Dimanch a midi, lè Jeffersonville, pou nou tande 65-1128E Sou Zèl Yon Kolonb Blan Kou Nèj.

Frè Jozèf Branham

25-0713 Sel Plas Bondye Founi Pou Adore

Mesagj: 65-1128m Sel Plas Bondye Founi Pou Adore

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Fanmi Jezikri,

Gen yon bagay k ap pase kòm jamè ak Lepouz Kris toupatou sou latè a. Bagay ke nou tande pale de yo e nou te anvi wè yo kounye a ap manifeste devan je nou.

Sentespri a ap ini Lepouz Li a jan L di Li t ap fè l, pa SÈL mwayen ke L bay pou jodi a, Vwa Bondye a sou bann yo.

Li revele e Li konfime Pawòl Li a kòm jamè. Tankou yon pi atèzyen, Revelasyon an ap bouyi anndan nou.  

Inyon espirityèl Kris sa ak Legliz Li a kounye a, lè chè a tounen Pawòl, e Pawòl la tounen chè, manifeste, konfime. Egzakteman sa Bib la anonse pou jodi a, se sa k ap rive, jou apre jou. Oh, sa ap akimile tèlman vit laba a, nan dezè sa yo, e tèlman bagay ap pase, ke mwen pa menm ka swiv.

Chak jou, gen plis Revelasyon k ap revele epi k ap manifeste ba nou. Menm jan ak pwofèt la, bagay yo ap pase epi y ap dewoule tèlman vit, nou pa menm ka swiv yo…GLWA!!!

Tan nou an rive. Ekriti ap akonpli. Chè ap tounen Pawòl, epi Pawòl la ap tounen chè. Sa pwofèt la te di ki t ap rive a ap rive kounye a.

Poukisa nou menm?

Pa gen leven, pa gen son ki pa klè, pa gen entèpretasyon moun ki nesesè nan mitan nou. Nou jis ap tande Pawòl Pi Pafè a ki soti nan bouch Bondye a, alò ke L ap pale avè nou de bouch a zòrèy.

Kounye a nou wè menm Pawòl pwomiz sa a, nan Lik, nan Malachi, tout lòt pwomès sa yo pou jodi a, ki vin tounen chè, ki abite nan mitan nou, ke nou te tande ak zòrèy nou; kounye a nou wè Li (ak je nou) k ap entèprete pwòp Pawòl Li a, nou pa bezwen okenn entèpretasyon lòm.

Epouz, li pa t ka pi klè pase sa. Se Bondye, ki kanpe devan Epouz Li nan chè moun, ke nou ka wè ak pwòp je nou, k ap pale epi k ap entèprete pwòp Pawòl Li, epi k ap mete l sou bann. Pawòl Pafè a ki pwononse e ki anrejistre pa Bondye Li menm, kidonk li pa bezwen okenn entèpretasyon moun.

  •  Bondye ap ale dirèkteman ak Lepouz Li a, sou bann yo.
  • Bondye ap entèprete pwòp Pawòl Li a, sou bann yo.
  • Bondye ap revele tèt Li, sou bann yo.
  • Bondye ap di Lepouz Li a, nou pa bezwen okenn entèpretasyon lèzòm, Pawòl Mwen an sou bann yo se tout sa LEPOUZ MWEN BEZWEN.

Sonje, lè n kite isi a, kòmanse bouje sot nan pay la kounye a; nou pral nan grenn lan, men lonje nan Prezans Pitit la. Pa ajoute, sa m te di; pa retire, sa m te di a. Paske, m pale Verite a otan ke m konnen L, jan Papa a te ban mwen. Ou wè?

Bondye bay SÈL MWAYEN PAFÈ a pou Lepouz la fè egzakteman sa Li kòmande nou pou fè. Sa pat janm posib, jiska jodi a. Pa gen devinèt, pa gen poze kesyon, pa gen mande tèt ou si yon bagay te ajoute, retire, oswa entèprete. Lepouz la resevwa vrè Revelasyon an: JWE BANN YO SE MWAYEN PAFÈ BONDYE A.

Nan nenpòt ka, kite m di l ankò. Revelasyon Mwen se ke Lepouz Jezikri a, pa lòt moun, LEPOUZ LA, pa bezwen ANYEN LÒT ke Vwa Bondye a sou bann yo. 

Men lè yon fwa Sentespri sa a vrèman…Pawòl otantik antre nan ou (Pawòl la, Jezi), lè sa a, frè, Mesaj la pa okenn sekrè pou ou lè sa a; ou konnen L, frè, Tout limen devan w.

Mesaj la pa yon sekrè pou mwen. Jezikri se menm lan a yè, jodi a e pou tout tan. Tout syèl la ak tout tè a rele Jezi. Jezi se Pawòl la.

E Non an nan Pawòl la paske Li se Pawòl la. Amèn! Kisa L ye alò? Pawòl entèprete a se manifestasyon Non Bondye a.

Bondye ap ini Epouz Li a ak Vwa Li, ke Li anrejistre e sere pou jodi a, pou L ka rasanble Lepouz Li a pou fòme yon sèl Blòk. Lepouz la pral wè e pral rekonèt Sa kòm SÈL MWAYEN Li ka rasanble Lepouz Li a.

Li fè l gen plis ke 60 ane de sa pou montre nou kijan Li ta pral fè l jodi a. Nou se “youn nan legliz li yo ki konekte”.

Si m pa kwè nan al legliz, poukisa m gen legliz? Nou te genyen yo toupatou nan peyi a, ki te konekte lòt swa a, chak de san mil kare te gen youn nan legliz mwen yo.  

Anpil predikatè di legliz yo ke lè yo “konekte pa telefòn” oubyen “yo konekte an dirèk”, oubyen “y ap koute menm Mesaj la an menm tan”, sa pa vle di ale legliz. LI FÈK DI KE SE SA! Se senpleman swa yo pa konnen Pawòl la oswa yo pa kapab li lèt lanmou a tankou Epouz la.

Kisa yon legliz ye? Ann wè sa Frè Branham di kisa yon legliz ye.

Anpil, anpil asanble resevwa ekipman sa a ke nou tout genyen isit la nan tabènak la. Nou konekte tou ak moun Phoenix yo, tout kote gen sèvis, yo resevwa dirèkteman… Moun yo rasanble nan legliz, nan kay, ak bagay konsa, epi yo konekte gras a bon kalite ond.

Frè Branham di klèman ke moun ki nan “kay” yo ak “bagay konsa” te youn nan legliz li yo ki te te konekte pa telefòn. Kidonk, kay yo, estasyon gaz yo, bilding yo, fanmi yo ki te rasanble ansanm ki te konekte avè li pa telefòn, te fè yo te tounen yon legliz.

Ann li yon ti kras plis nan LÈT LANMOU a.

Nou priye pou tout legliz yo ak asanble ki rasanble bò kote ti mikwofòn yo-yo-yo toupatou, nan peyi a, jiska Kòt Lwès la, monte nan mòn Arizona yo, desann nan plèn Texas yo, jiska Kòt Lès la, toupatou nan peyi a, Seyè, kote nou rasanble. Anpil lè separe nou nan tan an, men, Seyè, nou fòme ansanm yon sèl blòk aswè a, kwayan, k ap tann Vini Mesi a.

Kidonk, lè nou konekte pa telefòn, ap koute Frè Branham NOU TOUT AN MENM TAN; yo te fòme ansanm yon sèl blòk, kwayan, k ap tann vini Mesi a.

Men, nou di si nou fè sa jodi a, sa pa vle di ale legliz, li pa bon, se pa rasanble ansanm, sitou lè nou wè jou a ap pwoche. Sa se pa ale legliz?

Kite m poze nou yon kesyon epi reponn asanble nou an. Pastè yo, si Frè Branham te la jodi a, an chè, epi nou te ka an dirèk oubyen konekte pa telefòn pou tande l chak Dimanch maten, an menm tan ak Lepouz la atravè lemond, èske nou t ap KONEKTE epi tande Frè Branham oubyen èske nou t ap preche?

Frè Branham di klèman ke devwa nou se anvè legliz nou. Si nou te la 60 ane de sa epi Frè Branham t ap fè yon sèvis, men legliz nou a pa t ap asiste, yo t ap fè pwòp sèvis pa yo (sa anpil pastè te fè nan epòk sa a), èske nou t ap ale nan “legliz nou a”, oswa èske nou t ap ale nan “Branham Tabènak la” pou tande Frè Branham?

M ap ba nou repons mwen. Mwen t ap kanpe nan pòt la anba lapli, nèj oswa tanpèt de nèj pou m antre nan Tabènak la pou m tande pwofèt Bondye a. Si m te ALE nan lòt legliz sa a, mwen t ap chanje legliz menm swa a.

Men, fanm sa a, li pa t konnen si pwisans la te nan baton an ou non, men li te konnen Bondye te nan Eli. Se la Bondye te ye: nan pwofèt Li a. Li te di, “Seyè a vivan e nanm ou vivan, mwen p ap kite w.”

Mwen envite nou vin jwenn nou epi pou nou vin youn nan legliz Frè Branham yo ki konekte Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande Vwa Bondye a ki pote Mesaj la ban nou: Sèl Plas Bondye Founi Pou Adore 65-1128M.

Frè Jozèf Branham

25-0629 Eseye Rann Bondye Yon Sèvis San Se Pa Volonte Bondye

Mesagj: 65-1127B Eseye Rann Bondye Yon Sèvis San Se Pa Volonte Bondye

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Chris, annou reyini ansanm Dimanch a midi, lè Jeffersonville, pou tande 65-1127B – Eseye Rann Bondye Yon Sèvis San Se Pa Volonte Bondye.

Frè Jozèf Branham

25-0622 Zèv Se Lafwa Eksprime

Byenneme Pawòl Ki Tounen Lachè,

Alelouya! Teren kè nou te prepare nan tande Pawòl la e Li revele nou ke NOU SE Epouz vètye Kris la; Pitit Gason Bondye ki presye, vètye, san peche, ki kanpe la avèk yon Epouz Pawòl, ki pi, san melanj, lave avèk Dlo pwòp San Li.

Nou vin Pawòl la ki manifeste ki tounen lachè, pou Jezi ka pran nou, moun li te predestine anvan fondasyon mond lan, nan sen Papa a.

Mond lan ka wè ekspresyon Lafwa nou an sou fason nou aji e eksprime ke nou resevwa vrè Revelasyon Bondye de Pawòl Li a ki konfime, e ke nou pa pè. Sa pa enterese nou sa mond antye a di ou kwè…NOU PA PÈ. Peze Jwe se chemen Bondye bay Epouz Jezikri a.

Anpil moun di ke yo kwè Mesaj tan lafen sa a, yo kwè ke Bondye voye yon pwofèt, yo kwè ke William Marrion Branham te setyèm anj mesaje a, yo kwè ke li pwononse Sa Seyè A Di, men yo PA KWÈ ke Vwa a se vwa a ki pi enpòtan ke nou dwe tande. Yo pa kwè ke li pwononse Pawòl ki enfayib. Yo pa kwè nan jwe bann nan legliz yo.

Sa sa vle di? SA VLE DI KE LI PA T REVELE POU YO!

Se yon revelasyon. Li revele l ba nou pa gras Li. Se pa anyen ou fè. Nou pa travay pou jwenn lafwa. Lè w gen lafwa, yo ba ou l pa gras Bondye. E Bondye revele l ba ou, kidonk lafwa se yon revelasyon. E tout Legliz Bondye a bati sou revelasyon an.

Yo revele l ba nou pa LAFWA, ke Mesaj sa a se Vwa Bondye sou bann yo ki te anrejistre, ki te sere, pou nouri e pèfeksyone Epouz Jezikri a.

Se yon LAFWA otantik, san melanj, nan sa Bondye di se Verite. E sa ankre nan kè nou ak nanm nou, e pa gen anyen ki ka bouje Li. L ap rete la a jiskaske pwofèt Li a prezante nou Seyè nou an.

Nou pa ka fè lòt jan. Li te prepare nou pou nou resevwa e kwè Sa anvan fondasyon mond lan. Li te konnen ke nou t ap resevwa Vwa Li nan laj sa a. Li te konnen nou davans e Li te destine nou pou nou resevwa.

Alò, zèv ke Sentespri an ap fè jodi a, pa vizyon sa yo ki pa janm echwe, pwomès sa yo ki pa janm echwe, tout siy apostolik ki te pwomèt nan Bib la, de Malachi 4, epi, oh, Apokalips 10:7, tout sa yo ap akonpli; epi li pwouve pa lasyans e tout lòt mwayen. E si m pa di nou Verite a, bagay sa yo pa t ap rive. Men si m di nou Verite a, yo rann temwayaj ke m di nou Verite a. Li toujou menm jan an, yè, jodi a, e pou tout tan, e manifestasyon Lespri Li a ap anlve yon Lepouz. Kite lafwa sa a, revelasyon sa a desann nan kè nou, ke, “Sa se lè a.”

Sa se lè a. Sa se Mesaj la. Sa se Vwa Bondye a k ap rele Lepouz Jezikri a. Oh Legliz, se pou Seyè a prepare teren kè nou pou nou gen Lafwa, epi revele nou ke lè nou tande Vwa sa a, sou bann yo, se sa ki pral pèfeksyone epi ki pral ini Lepouz Jezikri a.

Mwen envite nou yon lòt fwa ankò pou vin jwenn nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, pou fè monte LAFWA nou pi wo, epi chita ansanm avè nou nan lye selès alò ke nou pral tande Vwa Bondye a k ap prepare nou pou lè L ap vini byento.

Frè Jozèf Branham

Tanpri rete nan lapriyè pou nou semèn pwochèn alò ke nou pral antame premye kan nou an Still Waters.

Mesaj: Zèv Se Lafwa Eksprime 65-1126

Ekriti pou li:
Jenèz 15:5-6, 22:1-12
Akt 2:17
Women 4:1-8, 8:28-34
Efèz 1:1-5
Jak 2:21-23
Jan 1:26, 6:44-46

25-0615 Inyon Envizib Lepouz Kris La

Mesagj: 65-1125 Inyon Envizib Lepouz Kris La

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Dam Bondye Chwazi A,

Pa gen mwayen pou echape sa a, nou se Jenn Espirityèl Bondye, yon ekspresyon atribi panse Li yo, e nou te nan Li anvan fondasyon mond lan.

Nou pa ka ale pi lwen, nou egzakteman menm jan ak menm grenn ki te antre nan tè a. Nou se menm Jezi a, sou fòm Epouz la, avèk menm pwisans lan, menm Legliz la, menm Pawòl la k ap viv epi ki abite an nou pou fòme yon tèt, KI PARE POU ANLÈVMAN AN.

Li di nou ke nou te separe de premye inyon nou an, pa lanmò espirityèl, e kounye a nou ne de nouvo, oswa remarye, nan nouvo inyon Espirityèl nou an. Se pa ansyen vi natirèl nou an ak bagay ki sou latè, men Lavi Etènèl. Jèm ki te nan nou nan kòmansman an, te jwenn nou!

Kisa sa vle di? Sa vle di ansyen liv nou an ale avèk ansyen inyon nou an, li te ranvwaye. KOUNYE A li nan “Nouvo Liv” Bondye a; pa liv lavi a…non, non, non…men nan Liv Lavi Ti Mouton a. Moun Ti Mouton an te rachte yo. Se sètifika maryaj nou an kote vrè Jèm Etènèl nou an pran rasin.

Èske nou pare? Men li. Pito nou zongle tèt nou epi prepare nou pou nou kriye epi rele glwa, alelouya, louwe swa Letènèl, se yon kanon doub epi gwo kalib selès.

“Èske w vle di m ke ansyen liv mwen ak tout erè mwen yo, tout echèk mwen yo…”

Bondye jete l nan Lanmè ke Li Bliye a, epi ou pa sèlman padonnen, men ou jistifye…Glwa! “Jistifye.”

E sa sa vle di? Sa vle di ou pa janm fè sa nan Je Bondye. Ou pafè devan Bondye. GLWA! Jezi, Pawòl la, pran plas ou. Li vin ou menm, yon pechè sal, pou ou ka, vin Li menm, PAWÒL LA. Nou se PAWÒL la.

Sa fè nou vin ti Jèm Li ki te predestine depi nan kòmansman an. Nou se Pawòl sou Pawòl, sou Pawòl, sou Pawòl, sou Pawòl, epi k ap atenn grandè pafè Kris la pou L ka vin chache nou pou vin Lepouz Li.

Kisa k ap pase KOUNYE A?

Se Inyon Envizib Epouz Kris la k ap rasanble otou Pawòl la, atravè mond lan.

Sa a kominike atravè nasyon an. A new York, kounye a li onzè vennsenk. Anlè nèt, a Filadèlfi e nan rejyon sa a, byenneme sen sa yo ki chita la k ap tande, kounye a, toupatou nan legliz yo. Anlè nèt, nan sid, toupre Meksik, anlè nèt toupre Canada, epi yon ti kal toupatou. 300km, atravè kontinan Amerik di Nò, gen moun ki la a, k ap tande kounye a. Dè milye e dè milye k ap tande.

E sa se Mesaj mwen pou nou, Legliz, nou menm ki fè yon inyon, yon inyon espirityèl pa Pawòl la.

Li di ke se te yon inyon espirityèl Kris avèk Legliz Li a, e Sa ap FÈT KOUNYE A MENM. Lachè tounen Pawòl, e Pawòl la tounen lachè. Nou manifeste, epi konfime; egzakteman sa Bib la te anonse pou jodi a, e se sa k ap rive kounye a, jou apre jou, andedan nou.

Bondye pral gen yon Legliz vètye. Vrè, fidèl, Epouz Pawòl Li. NOU SE DAM ELI Seyè Jezikri nou.

Ki Lè L Ye, Mesye?

Nou resevwa revelasyon an nan dènye jou sa yo, kote Mesaj Seyè Bondye a pral rasanble Lepouz Li ansanm. Sa pa t pwomèt nan okenn lòt aj. Sa te pwomèt nan laj sa a: Malachi 4, Lik17:30, Jan 14:12, Jowèl 2:38. Pwomès sa yo egzakteman menm jan Jan Batis te idantifye tèt li nan Ekriti yo.

Kiyès ki te akonpli Ekriti sa yo?

Setyèm pwisan anj Li a, William Marrion Branham. Li te toujou fè l dapre modèl la. Li te fè l, chak fwa, dapre modèl la. Li fè l ankò nan epòk nou an, atravè pwofèt Li a, nan dènye jou yo, L ap rasanble epi L ap rele Lepouz vètye Li pou L soti.

Ala yon bèl moman Lepouz la ap viv. Chak rasanbleman ap vin pi gwo e pi dous. Pa janm te gen yon tan konsa. Tout dout disparèt.

Vin jwenn nou alò ke n ap tande Pawòl Bondye te pwomèt la pou epòk nou an k ap pale epi k ap di nou kiyès nou ye epi ki sa k ap pase nan epòk nou an. Inyon Envizib Epouz Kris La 65-1125.

Frè Jozèf Branham

Ekriti:
Matye 24:24
Lik 17:30 / 23:27-31
Jan 14:12
Akt 2:38
Rom 5:1 / 7:1-6
2 Timote 2:14
1 Jan 2:15
Jenèz 4:16-17 / 25-26
Danyèl 5:12
Jowèl 2:28
Malachi 4

25-0608 Yon Gid

Mesagj: 62-1014E Yon Gid

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Lepouz K ap Regwoupe,

Epitou Bondye te toujou voye gid Li yo, Li pa t janm rete san yon gid, a travè tout aj yo. Bondye te toujou gen yon moun ki reprezante L sou tè sa, nan tout aj yo.

Bondye pa vle nou konte sou entèlijans nou, ni sou okenn lide lèzòm. Se poutèt sa Li voye yon Gid bay Lepouz Li; paske li gen entèlijans, li konn kijan pou l pwosede e sa pou l fè. Bondye PA JANM CHANJE pwogram Li. Li pa janm manke voye yon Gid bay pèp Li a, men ou dwe aksepte Gid sa a.

Ou dwe kwè chak Pawòl ke Li pwononse atravè Gid Li a. Ou dwe pran dirèksyon ke Gid Li a di pou w ale. Si w kòmanse koute epi kwè lòt vwa antan ke gid ou, ou jis ap pèdi.

Jan 16 di ke L te gen anpil bagay pou di nou epi revele nou, konsa Li ta pral voye nou Sentespri Li pou gide nou epi di nou bagay sa yo. Li di ke Sentespri a se gid pwofèt pou chak laj. Kidonk, yo te voye pwofèt Li yo pou reprezante Sentespri a pou gide Lepouz Li a.

Le Sentespri te voye pou kondwi legliz, pa kèk gwoup moun. Sentespri a trè saj. Lèzòm vin fòmalist, endiferan.

Se pa nonm lan, men Sentespri a NAN nonm sa a. Nonm ke Li chwazi pou reprezante tèt Li epi pou l gid nou sou tè a, yon gid ki kondwi pa Gid Selès nou an. Pawòl la di nou nou dwe swiv Gid sa a. Kèlkeswa sa nou panse, sa ki sanble rezonab ou sa kèk lòt moun di, nou pa nan pozisyon pou nou jije sa, sa se biznis gid la sèl.

Bondye voye yon Gid, e Bondye vle w sonje ke se Gid pa Li ke yo nonmen.

Gid pwofèt nou te nonmen pa Bondye pou l pwononse Pawòl Li a. Pawòl li SE PAWÒL BONDYE. Gid pwofèt la, e li menm sèl, gen entèpretasyon diven Pawòl la. Bondye te di l Pawòl Li de bouch a zòrèy. Kidonk, ou pa janm ka diskite, chanje ou rezone Pawòl Gid ou a.

Ou dwe swiv Li, e Li menm sèl. Si w pa fè sa, w ap vin pèdi. Sonje, lè w kite Li, Gid ke Bondye chwazi a, ou poukont ou, kidonk nou vle rete pre gid la ke Li chwazi a, epi tande e obeyi a chak Pawòl ke L pwononse atravè li.

Gid nou an te anseye nou ke ansyen testaman an se te yon lonbraj nouvo testaman an.

Lè Izrayèl te kite peyi Lejip pou ale latè pwomiz, nan Egzòd 13:21, Bondye te konnen yo pa t janm pase nan wout sa anvan. Se te sèlman karant mil distans, men kan menm yo te bezwen yon bagay pou ale avè yo. Yo te kab pèdi chemen yo. Kidonk, Limenm, Bondye, te voye yon Gid pou yo. Egzòd 13:21, di yon bagay konsa: “Mwen voye Zanj Mwen devan nou, Kolòn Dife a, pou kenbe nou sou chemen an,” pou gide yo al nan latè pwomiz sa. Epi desandan Izrayèl yo te swiv Gid sa, Kolòn Dife a (lannwit), Nyaj la lajounen. Lè L te kanpe, yo te kanpe. Lè L te deplase, yo te deplase. E lè L te mennen yo toupre peyi a, e ke yo pa t diy pou yo travèse, Li te mennen yo tounen ankò nan dezè a.

 Li di ke se legliz la jodi a. Nou t ap deja ale si nou te jis redrese tèt nou epi mete lòd, men Li te oblije antrene nou isi e la, isi e la, isi e la.

Yo te jis dwe swiv gid yo a jan LI T AP swiv e t ap tande Kolòn Dife a. Li te di yo sa Bondye te di, e yo te oblije obeyi chak Pawòl ke l te pwononse. Li te Vwa Gid la. Men yo t ap remèt an kesyon epi yo t ap diskite avèk gid Bondye te chwazi a, se konsa yo te monte desann nan dezè a pandan 40 an.

Te gen anpil predikatè nan epòk Moyiz. Bondye te chwazi yo pou ede pèp la, paske Moyiz pa t ka fè tout bagay. Men devwa yo se te dirije pèp la sou sa Moyiz te di. Bib la pa di nou anyen sou sa mesye sa yo te di, li jis di nou sa Moyiz te di kòm etan Pawòl la pou gide pèp la.

Lè Bondye te retire Moyiz sou sèn nan, Jozye te òdone pou dirije pèp la, sa ki reprezante Sentespri a jodi a, Jozye pa t preche anyen nouvo, ni li pa t eseye pran plas Moyiz, ni li pa t eseye entèprete sa gid la te di; li tou senpleman li sa Moyiz te di epi li di pèp la: “Rete avèk Pawòl la. Rete avèk sa Moyiz te di”. Li jis li sa Moyiz te di.

Ala yon tip pafè jodi a. Bondye te konfime Moyiz avèk yon Kolòn Dife. Pwofèt nou an te konfime avèk menm Kolòn Dife a. Pawòl Moyiz te pwononse yo se Pawòl Bondye a e yo te plase nan Lach la. Pwofèt Bondye a te pale nan epòk nou an, e Sa te plase sou bann.

Lè Moyiz te retire sou sèn nan, yo te chwazi Jozye pou dirije pèp la epi kenbe Pawòl ke Moyiz te pwononse, devan yo. Li te di yo pou yo kwè epi rete avèk chak Pawòl ke gid Bondye a te pwononse.

Jozye te toujou li sa Moyiz te ekri, Pawòl apre Pawòl, nan woulo yo. Li toujou plase Pawòl la devan yo. Pawòl la pou epòk nou an pa t ekri, men Li te anrejistre pou ke Sentespri a te ka fè Lepouz Li tande sa L te di, Pawòl apre Pawòl, lè w Peze Jwe.

Bondye pa janm chanje pwogram Li. Li se Gid nou an. Vwa Li se sa ki gide e ki ini Lepouz Li jodi a. Nou jis vle tande Vwa Gid nou an, alò ke L ap kondwi nou pa Kolòn Dife a. Se inyon envizib Lepouz Kris la. Nou konn Vwa Li.

Lè gid nou vanse sou chè a, Sentespri a sezi l, e Se pa li menm ankò, men Gid nou an. Li leve tèt li epi li kriye: “Sa Seyè A Di, Sa Seyè A Di, Sa Seyè A Di!” E chak manm Epouz Kris la atravè mond lan vin jwenn li. Poukisa? NOU KONNEN CHÈF NOU JIS FASON LI PALE A.

Gid nou an = Pawòl la

Pawòl la = Vin jwenn pwofèt la

Pwofèt la = Sèl entèprèt diven Bondye a; Gid terès Li a.

Rete dèyè Pawòl la! O, wi, mesye! Rete ak Gid sa. Rete dwat dèyè L. Pa pase devan L, rete dèyè L. Kite L kondwi w, pa kondwi L. Lage ba Li.

Si nou pa vle pèdi, vin tande Gid nou an alò ke Li pral pale atravè gid terès ke L chwazi a Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville.

Frè Jozèf Branham

Mesaj:

62-1014E – Yon Gid

Ekriti:

Mak 16:15-18

Jan 1:1 / 16:7-15

Akt 2:38

Efèz 4:11-13 / 4:30

Ebre 4:12

2 Pyè 1:21

Egzòd 13:21