24-0211 Gade Nan Direksyon Jezi

Mesagj: 63-1229E Gade Nan Direksyon Jezi

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Semans Fètilize,

Èske nou ka imajine jan sa t ap bèl pou nou chita epi tande setyèm anj mesaje Bondye k ap di nou ki jan li pa t ezite anonse nou tout Konsèy Bondye a? Pou antre nan gwo detay sou Twazyèm Poul la, epi pwouve nou ki jan Li konfime kounye a?

Ki jan Bondye te kreye ekirèy yo pa Pawòl la; menm jan Li te kreye yon belye pa Pawòl la pou Abraham. Ki jan menm Vwa sa a te di l pale avèk yon ti sè enb ki rele Hattie, ki te fèk di bagay la ki jis, epi di l ke menm Vwa a ki te kreye ekirèy yo pa Pawòl la te di pou ba li kèlkeswa sa l vle epi wè si li pa t ap rive touswit.  

Ki jan yon jou pandan ke l t ap fè lachas nan rejyon sovaj avèk zanmi l yo, on gwo tanpèt te leve epi t fòse l pati. Men ki jan Bondye te pale avè l, de bouch a zorèy, epi te di l: “Mwen te kreye syèl la ak latè a. Mwen te kalme gwo van yo sou lanmè yo.” 

Ki jan li sote epi retire chapo l lè Vwa a di l: “Jis pale a tanpèt la, epi l ap sispann. Kèlkeswa sa w di, se sa k ap rive.”

Li pa janm poze Vwa sa a kesyon, men l pito pale e di: “Tanpèt, sispann. Epi, solèy, klere nòmalman pandan kat jou, jiskaske nou soti isit la.”

Apèn ke l te di l, lagrèl la, nèj ak tout bagay te sispann. Ki jan nan yon moman solèy cho a t ap klere sou do l. Van yo chanje epi nyaj yo, tankou yon bagay mistik, te leve nan syèl la, epi solèy la te klere an kèk minit.

Apresa li di nou ki jan 16 ane anvan menm ke sa manifeste, Bondye te montre l ke te gen yon kis sou ovè gòch Sè Branham, epi poukisa l te plase la a. Ki jan yo te priye e priye pou Bondye te retire sa. Apresa, yo te rekonèt se te Bondye ki t ap jis teste lafwa yo.

Apresa jis anvan yo ta pral retire l nan on operasyon, li t ap pale avèk Bondye epi li t ap di L ki jan madanm li te ekstraòdinè pou li. Ki jan li pa janm plenyen ke l pa janm lakay. Ki jan li toujou gen tout bagay pare pou li lè l vle al lachas, pou relakse epi pale a Seyè a. 

Lè sa a li tande yon bagay nan pyès la. Alò ke l te leve je l, Vwa sa a di: “Leve,” epi Li di l: “Kounye a kèlkeswa sa w di, se konsa l ap ye.” 

Li tann jis on minit, apresa li di: “Anvan menm doktè a manyen l, Men Bondye a pral retire timè a, epi yo p ap menm jwenn li.”

Yon fraksyon segonn anvan men doktè a manyen l, li te geri. Doktè a di l: “M vle rasire w, Madan Branham, timè sa a pa la. Ou pa gen okenn timè.”

Ala pafè Pawòl Seyè a pafè!

Pou tande l k ap di nou pa gen okenn dout nan lespri l, li konn sa Twazyèm Poul la ye, e li konnen sa L fè. Nan opinyon pa l, se yon bagay ki pral deklanche lafwa Anlèvman an, pou depa a.

Pou noumenm, nou senpleman dwe gen respè, epi rete trankil, paske lè a pral byento rive kote Bondye pral fè gwo bagay pou nou. Lè tan sa a rive, lè presyon an pral desann, lè sa a nou pral wè sa nou te wè tanporèman, manifeste nan plenitid pwisans li.

Nou pral gen gwo benediksyon sa a Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville. M ta renmen envite nou vin jwenn nou alò ke nou pral tande: Gade Nan dirèksyon Jezi 63-1229E.    

Nou p ap rasanble ansanm pou tande yon nonm; gen anpil nonm nan lari a, e you tout sonnen menm jan. Nou p ap chache tande yon minis, oswa yon pastè, n ap chache tande Jezi.   

N ap reyini ansanm nan mond lan pou tande Nonm Sa a, Nonm Bondye Sa a, Jezi de Nazarèt Sa a an chè, ki se Bondye, k ap pale avèk Lepouz Li.

Nou dwe poze tèt nou kesyon sa, kisa n ap gade jodi a? Kisa nou wè lè n ap gade? Nou ka wè L sèlman lè n ap gade L atravè Pawòl la. 

Sa Li te ye lè Li tap mache Galile, se menm bagay la Li ye Jeffersonvile aswè a, menm bagay la Li ye nan Branham Tabènak la. Kisa wap chache wè, yon fondatè, on nonm denominasyonèl? Ou pap janm wè l nan Jezi. Èske wap chache wè yon gran prèt. Ou pap janm wè l nan Jezi. Non. Kijan w wè Jezi? Pa Pawòl Bondye a ki manifeste, paske Li te Pawòl Bondye a ki manifeste. Sa Li te yè lè a, se sa Li ye aswè a, e Lap konsa pou toutan.  

Gade Jezi kounye a epi viv; Li ekri nan Pawòl la, Alelouya!

Se annik “gade e viv.”

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li nan preparasyon pou tande predikasyon an:

Resansman 21: 5-19

Ezayi 45:22

Zakari 12:10

Jan 14:12