24-0204 Gen Yon Nonm Isi A Ki Ka Limen Limyè A

Mesagj: 63-1229M Gen Yon Nonm Isi A Ki Ka Limen Limyè A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Reflè Jezikri,

Moun yo panse ke nou fou, chita lakay nou e nan legliz nou yo, ap tande bann yo. Yo panse ke n ap moure grangou. Yo pa reyalize ke nou chita nan prezans Limyè Pitit Out la, ap muri, epi ap manje Manje ki Sere tankou ti vach nan yon etab.

Nou se Ble a ki pi avanse, ki pare pou pran l. Si yo vle viv nan tradisyon yo, ke yo fè l. Pa NOU MENM, n ap viv nan Limyè epòk nou an.

Ki sa ki Limyè a pou epòk nou an? Bondye voye pwisan setyèm anj Li nan mond lan pou kondwi Lepouz Li. Ki sa l te ye? Li te yon pwofèt. Sa l di a akonpli. Li se Pawòl Bondye a ki te manifeste. Li te yon manifestasyon Limyè Pawòl Bondye a. Li te Limyè Bondye pou jodi a.

Moyiz jis kontinye vanse, kanmenm, paske li te Lavi a, li te limyè pou lè a. Sa l te genyen, ki sa li te ye? Bondye k ap manifeste Pawòl Li ke L te pwomèt atravè Moyiz, e Moyiz te Limyè a.

Eli te Limyè a…Limyè a! Alelouya! Li te Limyè a. Limyè a! Li te Pawòl Bondye a ki te manifeste.

Jan, lè l te vini sou tè a…Jezi te di: “Li te yon Limyè k ap klere.” Alelouya! Poukisa? Li te Pawòl la manifeste.

Alò, selon Pawòl la, Limyè a pou jodi a se pwofèt Bondye a, William Marrion Branham. Li menm k ap kriye nan dezè Babilòn lan: “Soti nan li, pèp Mwen an, pou nou sa pa patisipe nan peche l yo.”

Li te akonplisman Malachi 4:5, ak Apokalips 10:7. Li jis pale e di: “l ap la,” epi l te la, san anyen ladann. Li p at janm gen yon ekirèy; p at genyen la a. Li jis di: “Se pou l la,” e l te la.  

Pawòl Bondye a enfayib, e L dwe akonpli. Nou wè Limyè a; Pawòl Li ke L te pwomèt pou jou sa a. Li te pwouve e konfime ke Se Verite a. Se Limyè lè a.

Pa gen anyen ki pi bon pou konnen ke sa n ap tande se Pawòl la ki manifeste pou jodi a. Li Pa gen VÈ LADANN…ZERO. Si lòt satisfè avèk lòt bagay, kite yo, men pa nou menm.

Sa pa vle di ke nou pa ka tande pastè nou, oubyen ke ministè a pa ka preche; pa ditou, men nou DWE filtre chak pawòl ke nou tande atravè gwo filtè Bondye a, MESAJ SA A SOU BANN.

Lè yo di ke epòk Mesaj yon grenn moun lan fini, sa se yon VÈ. Lè yo di ke Mesaj sa se pa Absoli yo, sa se yon VÈ. Lè yo tande bann yo se pa ase, sa se yon VÈ.

Pa gen anyen ki pi gran ke Peze Jwe, lè ou konnen e ou ka di AMÈN a chak pawòl. Pa gen lòt kote ou ka fè sa eksepte lè ou tande Mesaj lè a.

Kounye a nou se reflè Jezikri pou jodi a. Nou se Pawòl Li ki manifeste. Nou se moun ke L te chwazi pou resevwa gran Revelasyon tan lafen an. Nou SE LEPOUZ LI.

Sèl Lepouz Li pral gen vrè Revelasyon Limyè a pou jodi a. Y ap konnen, Limyè sa a pral pèfeksyone yo. Limyè sa a se Sentespri a k ap pale atravè anj mesaje Li.

Èske nou ta renmen chita nan prezans Limyè Bondye pou lè a? Alò m envite nou pou vin jwenn nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande Gen Yon Nonm Isi A Ki Ka Limen Limyè A 63-1229M.

Frè Jozèf Branham.

Ekriti pou li anvan sèvis la:

Jenèz 1:3, Chapit 2

Som 22

Jowèl 2:28

Ezayi 7:14, 9:6, 28:10, 42:1-7

Matye 4:12-17, Chapit 24 e 28

Mak Chapit 16

Apokalips Chapit 3