24-0128 Twa Sòt De Kwayan Yo

Mesagj: 63-1124E Twa Sòt De Kwayan Yo

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Kwayan,

Jan sa bèl pou di: “MWEN SE YON KWAYAN.” Pa nan yon kredo; Pawòl la! Pa nan yon denominasyon; Pawòl la! Pa sa yon lòt moun di; men sa Pawòl la di!

Nou pa detou anyen, nou jis kwè L. Kèlkeswa sa L sanble ou sa lòt moun gen pou di sou Li, nou se kwayan otantik. Nou gen yon revelasyon espirityèl nan Pawòl la.

Nou wè lè n ap viv la. Nou wè Mesaj lè a. Nou wè mesaje lè a. Nou wè Bondye k ap revele Tèt Li nan Pawòl Li. Nou wè pa gen lòt bagay ke Mesaj Sa a, mesaje Sa a, Pawòl Sa a.

Yon vrè kwayan pa tande lòt bagay ke Pawòl la. Se tou. Li veye Pawòl la. Li pa chèche okenn fay. Li pa p chache astus. Li kwè Bondye, epi sa sufi, epi li jis kontinye avanse. Wè? Sa se kwayan an.

Nou pa tande lòt bagay ke Paẁol la; Pawòl la ki vini sèlman a pwofèt la. Okenn astus, pa entèpretasyon yon moun, Vrè Pawòl la ki te pwononse epi ki te plase sou bann yo pou Lepouz la.

Lespri a vivifye Pawòl sa a nan nou epi L vin vivan. Pa lafwa, nou wè L epi nou kwè L. Gen yon son ki pral soti nan Syèl la ki pral pote yon kokenn batèm Sentespri nan Lepouz la, ke Li pral pran nou sou tè a, avèk Gras Anlèvman an. Bondye pwomèt li.

N ap pran tès tout tan, chak jou. Satan ap eseye di nou ke tès nou epi epèv nou se Bondye k ap pini nou. Men LWANJ POU BONDYE, se pa sa, se Satan k ap fè sa e Bondye pèmèt li.

Bondye ap fòme nou, epi fòje nou pou wè sa n ap fè. Eprèv la vini pou sekwe nou, pou mete nou ba nèt, pou wè ki bò n ap kanpe. Men nou genyen chak batay, paske nou se egzanp vivan; Pawòl Bondye a ap viv nan nou epi atravè nou.

Ki enpòtans nou genyen nan je L?

Pèsonn pa ka pran plas ou, pe enpòt jan l piti. Ou di, “M se jis yon moun k ap fè mennaj nan kay” Pèsonn pa ka pran plas ou. Bondye, nan gwo ekonomi L lan, te tèlman byen planifye sa, Kò Kris la, yon fason, jiskaske pa gen pèsonn ki ka pran plas ou.

Ala bèl pa vre? Nou chak gen yon plas. Nou chak te isit la lè Bondye te kreye mond lan pa Pawòl la. Li te plase kò nou isit la lè sa a. Bondye plase nou sou tè a nan moman sa a pou akonpli Pawòl Li epi ban nou Lavi Etènèl.

Tout moun dwe pran yon desizyon. Ki pozisyon nou sou Pawòl sa a, Mesaj sa a, mesaje sa a? Kijan li enpòtan pou tande Pawòl la ki pwononse sou bann yo?

Nan tout diferan kote nan mond lan, bann sa yo ap sikile toupatou, gras a ministè bann yo.

Se yon ministè bann Bondye voye bay Lepouz Li atravè mond lan. Li di nou egzakteman ki kote nou ye, kiyès nou ye, epi si nou se yon kwayan nan Pawòl la. 

Nou nan youn nan klas sa yo. Nan eta prezan nou kounye a menm, Eta lespri prezan an, ke, nou isi an nan oditwa vizib sa a, e noumenm ki pral nan oditwa envizib bann sa a, eta lespri prezan nou apre nou tande bann sa a, pwouve nou nan ki klas nou ye.

Aprè nou fin tande bann sa a, sa pwouve nan ki klas moun nou fè pati. Gen moun ki kwè ke nou bezwen plis pase vrè Pawòl la ki te pwononse sou bann yo. Gen moun ki kwè ke epòk Mesaj on grenn moun lan fini; nou dwe tande pastè nou sinon nou pèdi. 

Pi gwo divizyon nan Mesaj la jodi a, se enpòtans yo mete nan tande bann yo. Genyen ki anseye ke li pa bon pou jwe bann nan legliz la; se sèlman pastè a ki dwe preche. Genyen ki di gen yon ekilib, men yo pa janm jwe bann yo nan legliz la, oubyen si yo fè l, se trè raman.

Avèk tout lide sa yo, tout panse sa yo, anpil entèpretasyon Pawòl la, kiyès ki gen rezon? Ki moun nou ta dwe kwè? Sa se kesyon nou chak dwe poze tèt nou.

Pwofèt la di nou verifye l avèk PAWÒL LA, pa sa pyès moun di. Ki jan nou fè sa? Gen yon SÈL FASON pou fè sa, PEZE JWE.

Dwe gen yon repons ki kòrèk, yon fason kòrèk. Chak moun dwe deside pou tèt yo. Dimanch sa a pral detèmine avni a pou tout moun ki tande Mesaj sa a.

On bagay nou ta dwe mande tèt nou: Kiyès ki sèl moun ki genyen Ensi Di Seyè A? Kiyès Kolòn Dife a te konfime? Kiyès ki pral prezante nou bay Jezi? Kiyès ki pwononse Pawòl ki enfayib la? Pawòl kiyès ki te pwononse sou tè a ki te tèlman enpòtan, ke yo te rezonnen nan Syèl la.

Si nou vle gen bon repons yo, m ta renmen envite nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, pou vin tande Mesaj la: 63-1124E – Twa Sòt De Kwayan Yo.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan sèvis la:

Jan 6: 60-71