24-0218 Bondye K Ap Devwale A

Mesagj: 64-0614m Bondye K Ap Devwale A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Ki Dèyè Vwal La

Poukisa m ap kontinye di nou san rete ke “PEZE JWE se bagay ki pi enpòtan ke nou ka fè”? Poukisa m ap kontinye di pastè yo: “Remete Frè Branham dèyè chè nou”?

Li osi senp ke sa. Tande Vwa setyèm anj mesaje a sou bann, se tande PAWÒL VIVAN AN.

Devan pèp la, Bondye te vwale ankò epi Li te konfime Moyiz, ak vwal la, antan Li vwale Tèt Li ak menm Dife a, menm Kolòn Dife a te desann. Depi–depi lè sa…Apati de yo, kifè yo te ka sèlman tande Pawòl Bondye a. Ou sezi li? Jis Pawòl la, yo te tande Vwa Li. Paske, Moyiz se te, pou yo, Pawòl vivan an.

Pale de yon Predikatè Vivan! Vwa a ke n ap tande sou bann se Vwa Pawòl Vivan an pou epòk nou. Pa gen anyen ki jis pi gran ke Sa.

Nan epòk Moyiz, sèl timoun Izrayèl yo ki te nan kan an te ka tande Vwa Li. Men jodi a, Bondye te vle ke MOND lan tande Vwa Li, KONSA LI FÈ ANREJISTRE L SOU BANN, pou Lepouz Li te ka tande Vwa Pawòl Vivan an.

Bondye te vwale Tèt Li nan pwofèt Li, pou pwononse Pawòl Li ba yo. Se sa li te fè. Moyiz te Pawòl vivan sa pou pèp la, vwale pa Kolòn Dife a.

Si nou pa gen yon Revelasyon de sa pou epòk nou, nou pa ka Lepouz Jezikri. Si nou genyen l, alò nou SE Lepouz Jezikri e n ap oblije di: “Pa gen anyen ki pi enpòtan pase tande bann yo, paske se Vwa Bondye k ap pale avè nou de bouch a zòrèy.”

Anpil ap eseye fè moun yo pè epi y ap di ke nou mete twòp enpòtans sou pwofèt la; n ap adore li. Zanmi m yo, se li menm ki di bagay sa yo, se pa mwen. M jis ap site Pawòl la.

Kòm sa te fèt nan tout laj yo, Divinite te vwale nan chè imen. Remake, Li te fè l. Pwofèt yo se te Divinite, vwale. Yo te Pawòl Bondye a (èske se sa?) vwale nan chè imen. Kifè, yo pat remake Moyiz nou an non plis, ou wè, Jezi.

Nou p ap adore yon moun, men Bondye, ki vwale epi k ap revele Tèt Li atravè pwofèt la. Pou nou sa konprann epi kwè sa, men sa nou dwe fè.

Nou pa dèyè vwal sa ankò, Sila ki tou piti yo, Bondye te vini ekspoze L nèt ban nou.

Nou pa dèyè vwal sa ankò, nou ka wè ke se Bondye k ap revele Tèt Li nèt. Li te revele ke lè nou tande Vwa sa a sou bann yo, se Bondye k ap pale avèk Lepouz Li. Nou kwè ke se chemen ke L bay pou jodi a.

Nou jis ka di AMÈN a Vwa sa, a okenn lòt. Vwa sa a pral preche nou, pral anseye nou epi pral revele nou tout sa nou bezwen konnen. Vwa sa a pral prezante nou bay Seyè Jezikri nou. Vwa sa a se tout sa nou vle e tout sa nou bezwen.

Nou rekonesan anvè senk ministè yo ke Bondye itilize pou dirije pèp la a Vwa sa a; pou pastè yo ki sezi vizyon an epi ki genyen revelasyon an ke jwe bann yo nan legliz yo se pi gwo bagay ke yo ka fè pou pèp yo. 

Nou envite nou vin tande avè nou gwo Vwa Pawòl Vivan sa a Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande l k ap revele: Bondye K Ap Devwale A 64-0614M.

Frè Jozèf Branham