All posts by admin5

21-0919 Sila Yo Ki Wenn Nan Tan Lafen An

Mesagj: 65-0725m 21-0919 Sila Yo Ki Wenn Nan Tan Lafen An

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Chè lepouz eli a,

Rezon ki fè eli a. Jezi te di, yo pa pral sedwi, paske yo se pawòl sa a. Yo pap kapab gen anyen ankò. Yo pa ka tande anyen. Yo pa konnen anyen ankò.

Pa genyen anyen ki pi gwo nan lavi a pase konnen Bondye te chwazi pwofèt li a anvan fondasyon monn lan pou pale pawòl sa yo. Alò li pèmèt vwa li te anrejistre, lè sa a lepouz predestine li a yo te kapab retounen al tande vwa li ki te anrejistre e estoke, paske li te vle yo konnen:

Nou se pawòl la.
Nou pa kapab sedwi.
Nou pa ka genyen anyen ankò.
Nou pa ka tande anyen ankò.
Nou pa ka konnen anyen ankò.

Li te konnen nou tap bezwen ankourajman jodi a tankou pa te ko janm gen yon jou konsa nan listwa. Batay yo fewòs tankou yo pa te janm anvan. Lepouz li a dwe nan eprèv. Men, se pou li te kapab raple lepouz li a kiyès yo ye, pou yo te ka fè fèt nan kè yo paske yon konnen yo se cheri li a yon ki nan volonte pafèt li.

Kèlkeswa sa satan lanse sou nou, tout sa nou pral pase, kounye a, nou konnen, se li ki chwazi yon lepouz, epi se nou ki lepouz la. Nou pa wont paske nou genyen revelasyon pawòl Bondye a. Nou pap janm eseye fè yon sèvis pou Bondye san se pa volonte Bondye a. Pou nou, li se manje espirityèl nan bon sezon an. Nou konnen pral genyen anpil wen nan fen tan an, men nou pral rete ak pawòl Bondye a.

Si ou ta renmen genyen menm asirans sa, vin jwenn ak nou dimanch ak katòzè nan lè Jeffsonville, tande: sila yo wen nan fen tan an, 25-07-1965.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou nou li:
Sen Matye 5:44-45/ 7:21/14:15-28
Sen lik 17:30/18:1-8
Sen Jan 14:12
Efezyen 1:5
2Timote 3:1-8
Ebre 6:1-8/11:4
Revelasyon 10:1-7/16:13-14
Malachi 4:5
1Wa 22:1-28
Jeremi chapit 27 e 28

21-0912 Manje Espirityèl Nan Bon Sezon An

Mesagj: 65-0718e Manje Espirityèl Nan Bon Sezon An

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

ÈG YO AP RASANBLE

Chè mouton Bondye nan bèjeri a,

Nan jou yo lè Seyè Jezi nou an te nan lachè isit la sou tè a, septik yo, enkredil yo te di ak li:

Konbyen dout nou te fè? Si ou se Kris la di nou sa klè.

Ankò yon fwa, li prale pale ak nou ase klè e li di tou de kritikè li yo, e lepouz li a,” mwen se yon nonm ki vini de Bondye, Bondye voye mwen, Bondye òdone mwen, avèk vrè ensi di Seyè a. Mwen viv nan prezans li tèlman lontan, mwen pral pale ak nou tankou se Bondye li menm.

Mwen pa vle nou gen dout, e se pou nou kwè, mwen se mesaje Bondye pou nou. Mesaj sa mwen pale a, e mesaje a, se menm bagay la. Nou se yonn e menm lan. Li te voye mwen pou nou pou m reprezante ensi di Seyè a, pawòl pa pawòl.

Sonje Bondye di li pa pral fè anyen jiskaske li revele sa premyèman ak mwen. Nèg yo vle mete pwòp entèpretasyon yo nan sa mwen di, men pawòl yo ke mwen pale ak nou pa bezwen entèpretasyon. Nou di sèlman fason mwen di la.

Mwen vle di ou konnen tou ke se menm pawòl mwen pale ak ou a, se li tou kap viv nan nou. Nou gen otorite Bondye vivan nan nou. Ou se yon legliz lepouz vivan an.

Aprè mwen fin pati, men anvan sèchrès la kòmanse, Bondye te founi yon lye pou li kache nou anvan jijman frape tè a. Ou pral laba ap tann, ap manje Nouriti kache li pral kite pou nou an. Nou pral viv sou piyete li ak mizèrikòd li ak revelasyon de Jezi Kris kòm li te konfime li menm pou nou chak jou.

Pou ou, se pral yon Nouriti espirityèl ki dwe nan sezon li. Sa se yon lòt maladi ou pral fè l mal nan estomak li. Mwen pral trò rich tou pou yo. Men pou ou ,ki se mouton li a, li pral yon pen lavi, se Jezi Kris menm lan yè, jodi a, e pou toutan an.

Pa bliye, li pral nouri ou” LA A”; se pa nan yon lòt, kote, “LA A”. Pèp yo pral pase nou nan rizib e yo di nou fou, men ke yo rele nou fou e foli a Bondye pral rele gran.”

Li te di nou ke gran ministè Bondye te ba li a se te tip pafè nan tan Eli ya. Anvan sèchrès la te fini, li te rele soti e te pran li anba lakay yon vèv jiskaske sèchrès la te fini.

Li te di vèv la pa gen asosye avèk enkwayan yo oubyen li te pran Mak bèt la pandan sèchrès la, alò li te voye Eli pou soutni li. Li te prè pou li mouri kòm li te genyen yon ti gato ki te rete, yon ti bagay se te yon ti bagay li kenbe.

Eli te rele li soti,” Ban mwen sa an premye, se ensi di Seyè a, bokal la pa pral vid ni krich lwil la pap sèch, jiskaske nan jou Seyè a pral voye lapli sou tè a.”

Li te gen pou mete Bondye an premye. Li te gen pou l kwè e kenbe chak pawòl mesaje a te di. Li te konnen mesaje a e mesaj se te menm. Pawòl li te di ak li pa pral gen pou l vini pou l pase, paske sa se te ensi di Seyè a.

Alò se sa jodi a ki se pen lavi a ke timoun yo ap manje, yo ap suiv mesaj Bondye a ki pou soutni yo pandan sèchrès la.

Sa se menm pawòl ki te vini pou nou an e ki nan nou e nou ap nouri ak bagay sekrè Bondye te kache nan monn. Li te revele li pou nou ke mesaj la e mesaje a se yonn. Nouriti espirityèl la prepare e li nan sezon l kounye a.

Ou byen vini ankò nan yon lòt lèt wouj pou jou lepouz la. Nou pral pran krich lwil nou, e li pral ranpli plis. Answit nou pral vide bokal repa a, e li pral ranpli debòde. Nou pral chita ansanm nan lye selès yo nan tout monn lan, yon fason kache nan lye sekrè nou pou nap rejwi ak mann kache a Bondye te konfime li menm pou nou.

Vini jwenn ak nou ansanm nan bèjeri a dimanch ak katòzè lè Jeffsonville, kòm nou pral tande mesaje Bondye a ki ap pote pou nou mesaj Bondye a: Manje espirityèl nan bon sezon 18-07-1965 pm.

Nou avèk yon dola katreven sentim pou nou bati yon TABÈNAK, anpil pèp te deside pou li yon garaj li pa te pral yon garaj. Men li ankò yon bèjeri pou mouton Bondye.

Frè Jozèf Branham

Ekriti yo pou li

1 Wa 17:1-7
Amòs 3:7
Jowèl 2:28
Malachi 4:4
Lik 17:30
St Jan 14:12

21-0905 Eseye Rann Bondye Sèvis San Se Pa Volonte Bondye

Mesagj: 65-0718m Eseye Rann Bondye Sèvis San Se Pa Volonte Bondye

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

ÈG YO AP RASANBLE

Chè legliz vwa Bondye a,

Nou se legliz vwa Bondye li a, nou se lepouz cheri li a, e nou kapab rete tande papa ap pale e revele l nou dimanch sa.

Nou genyen vwa Bondye vivan ak tibout dwèt nou. Avèk yon touche ak dwèt nou kapab tande Bondye kap pale atravè lèv imèn, pawòl lavi etènèl. Avèk yon dwèt li pale ak nou e revele nou tout mistè ki te kache anvan monn lan te fonde.

Avèk yon dwèt li reponn tout kestyon nou genyen sou kè nou. Avèk yon dwèt li di nou chak bagay nou bezwen konnen. Avèk yon dwèt nou kapab tande vwa Bondye ki ap pale ak nou e ki ap ban nou lafwa pou anlèvman. Pa yon dwèt nou kapab tande Bondye pale e di nou nou geri.

Lè enmi an di nou nou pa lepouz Bondye a, nou se yon echèk, avèk yon dwèt nou peze bouton jwe a e nou tande papa pale ak nou, di nou asire nou,” Nou se lepouz chwazi mwen. Mwen te predestine nou anvan monn lan te fonde. “

Lè nou bese nan lespri e enmi an ap atake nou nan chak ang, avèk yon sèl dwèt nou kapab tande li ap pale ak nou e senpleman di, “bonjour zanmi yo,” e lapè sentespri a plen chanm lan.

Lè nou tande ENMI AN DI nou annik ap suiv yon nonm e nou mete anpil sou li, annik avèk yon sèl dwèt nou tande vwa Bondye di nou:

Li te di mwen si mwen rive fè pèp la kwè nan mwen. Sa parèt etranj pou mwen pou m di sa,” pou nou kwè nan mwen? “Nou te di, eske nou pa sipoze kwè nan Bondye?” Nou dwe kwè sa. Nou kwè nan Bondye e nou dwe kwè nan Kris, e nou dwe kwè nan sentespri a. Answit aprè fin kwè nan yo tout, Bondye vle nou kwè nan mwen.

Lè enmi an ap eseye di nou, sa se pa ekriti a e se fo pou vin rasanble nan menm tan an e pou nou annik tande band yo,” annik avèk yon sèl dwèt nou tande vwa Bondye ki nou:

E legliz sa ,e band sa yo, pèp band sa yo, e moun sa yo ki branch nan lòt nasyon, mwen di nou tande sa avèk anpil atansyon, e sa pa manke l.

Lè enmi an di frè Branham di rete ak pawòl la, se pa band yo avèk yon sèl dwèt nou vwa Bondye a kriye e di:

Alò mwen di sa, nan non Seyè Jezi Kris: Pa ajoute yon bagay, pa pran yon bagay, pou n mete pwòp lide nou nan sa, nou ka annik di sak te di band yo, nou annik ap fè sa Seyè Bondye a te ban lòd pou nou fè; nou pap ajoute nan sa!

Vwa sa di nou souvan kouman pou nou konsilte li avèk pawòl la pou nou pa fè erè.

Genyen senk bagay nou dwe konnen. Li genyen l nan fason sa. .Tan li a . Sezon li a Lòm li chwazi a .Li dwe vini ak yon pwofèt .Pwofèt la dwe yon pwofèt akonfime.

Pwofèt nou se Jezi Kris.

Pawòl konfime nan lè! Pawòl konfime nan jou Moyiz la se te Jezi pawòl la Konfime nan jou Ezayi, lan jou Eli, lan jou Jan, lan tout jou, se te Jezi, menm lan yè, jodi a e pou toutan.

Avèk yon sèl dwèt nou kapab peze bouton jwe a e tande Jezi Kris li menm kap pale e revele li ak nou:

. Nan tan li, .Nan sezon li, .Nan nonm li chwazi a .Nan pwofèt mwen, .Nan pwofèt li te konfime plis pase lòt pwofèt mwen yo.

Jodi a nou pa sèlman genyen Bondye lan syèl la ap pale ak nou, men li nan nou, lap rete nan nou, e lap viv nan lavi nou. Li se yon pati de konpreyansyon nou.

Kite nou sèl fè nou prepare. Tan an pwòch. Nou ekriti yo ap akonpli chak jou. Li mesaj li tankou nouvèl jodi a:

” Pèpleksite nan tan an, detrès nan mitan nasyon yo, tè a ap tranble nan divès kote, lanmè a gwonde, kè lòm ap fayi ak lapèrèz.”

Nati a limenm di nou jodi a, kòm nou wè nasyon yo ap kraze, tè a ap souke, men an ap ekri sou mi an.

Nou wè lepouz la e eta nan li ye. E nou konnen, pa nati a legliz la prepare pou l pati.

Glwa, nou prepare pou nou pati. Avèk annik yon sèl dwèt ou kapab fè ou prepare. Mwen envite ou pou ou vin jwenn nou dimanch ak katòzè lè Jeffsonville pou nou tande: eseye fè yon sèvis pou Bondye, san volonte Bondye a 18-07-1965 Am.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou nou li anvan sèvis la:

Detewonòm 4:1-4/4:25-26
1 Kwonik 13
1 Kwonik 15:15
Sòm 22
St Mak 7:7
Jowèl 2:28
Amòs 3:7
Malachi 3
St Matye11:1-15
1 korentyen 13:1

21-0829 Wont/Jennen

Mesagj: 65-0711 Wont/Jennen

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

ÈG YO AP RASANBLE

Chè Branham TABÈNAK,

Nou rekonesan li te predestine nou pou nou Chwazi yon bon legliz pou nou mete fanmi nou ladan l.

Si mwen tap chwazi yon legliz, mwen tap renmen chwazi yon legliz veritab,yon legliz fondamantal, plen levanjil, yon legliz biblik, si mwen tap chwazi yonn pou mwen mete fanmi mwen ladan l.

Nou tèlman rekonesan pou nou di monn lan kiyès ki pastè nou, e nou aji tankou li.

Si ou pral gade konpòtman legliz la, ou annik gade pastè a yon tikras, e nou pral jwenn abityèlman legliz la aji tankou pastè a.

Nou tèlman rekonesan li pap fè anyen, lap rankontre nou nenpòt kote nou ye nan monn lan.

Li te pwomèt lap avèk nou kote de oubyen twa rasanble. Se vrèman. Se anro sa vrè kwayan yo mete espwa yo, se sou pawòl Bondye ki konfime li se laverite.

Nou tèlman rekonesan pou nou kwè pwofèt li a e chak pawòl li te pale.

Si nou kwè mwen se pwofèt Bondye a, se pou nou tande sa m te di.

Kisa pwofèt li a dwe preche ?

Se yon mesaj pafè, retounen nan pawòl la,

Poukisa yo te voye li?

Ale chache lepouz li a! Se yon devwa. Se pousa mwen isit la. Se sa map eseye fè, rele lepouz la soti.

Sak pral pase si nou pa mache nan pa a?

E sa mwen te sipoze ap fè, fè kenbe lepouz la nan mach la.

Kounye kisa papa genyen nan depo a lepouz la?

Mwen pral retounen lakay mwen, map refè angajman ankò, e rekòmanse tou nèf. Se sa nou ap planifye pou nou fè, se pou sa mwen isit la.

Louwe Seyè a, lè nou pral rekòmanse sèvis renouvèlman nou an?

E alò, si se volonte Seyè a, dimanch maten nou pral kòmanse sèvis la.e se pou tout ede mwen, lè nou pral priye, paske sa nan kè mwen pou m eseye… Yo te di, bon, nou kapab ale Louisville, oubyen nou kapab desann nan new Albany Men sipoze nou te fè rekontre lan Jeffsonville. Mwen prale Louisville e New Albany, nan diferant tan men sipoze sa fèt isit la nan Jeffsonville.

Nou prè papa.pou èg yo ki ap rasanble e nou pral tande ou. Kisa ki pral pase nan moman sa pandan tan sa?

“… Mwen bezwen plis lafwa.” Se pousa mwen lakay mwen kounye a pou mwen yon nouvo elan nan Lafwa.

Louwe Seyè a, se sa ke nou vle tou papa, yon nouvo Lafwa kap boule. Nou konnen lafwa vini de sa nou tande, sa nou tande vini de pawòl ou, e pawòl ou vini ak pwofèt la.

Mesaj li a, se pouvwa Bondye toupisan an, ki ap repann nan tout monn lan, men kounye a se tan separasyon an ki ap pran plas. Bondye ap rele lepouz li a, e diab la rele legliz li a. Nou se yon pati de mesaj li a, yon pati pawòl li a, yon pati de lepouz li a!

Nou genyen asirans e nou konnen de kisa nou ap pale. Nou pa wont pou nou di nou kwè mesaj li a e mesaje li a, paske yo se menm lan. Nou pa wont pou nou di: ” Nou kwè chak pawòl “. Nou pa wont pou nou di:” nou jwe band nan legliz nou.” Nou pa wont pou di nou se pèp ki tande band yo”.

Se difisil pou nou konprann kèk Kwayan, oubyen senk don ministè yo ki di yo kwè mesaj li a, e yo di frè Branham se pwofèt Bondye e mesaje, answit yo kwè e di pèp yo sa fo e sa pa akòde ak pawòl la jwe chak pawòl ki konfime vwa Bondye a nan legliz yo.

Kite nou ensiste nan tout okazyon favorable ou non reprann yo , fòse yo , e… Avèk tout dousè e enstwi yo.

Paske pral genyen yon tan kap vini kote moun yo pap ka sipòte doktrin sen an, yo pral gen demanyezon pou tande bagay ki bon yo pral bay yon pakèt doktè jan panse yo ye.

Yo pral pito fab pase laverite.

Lè nou vini ak pawòl veritab Bondye a san adiltè, pawòl konfime pa Bondye a, vwa Bondye a konfime a, sa sanble mete lòt gwoup la malalèz. Yo anbarase avèk sa e yo kwè se kont pawòl la pou jwe band nan legliz.

Men pou nou sa se yon reyalite. Nou pa wont. Paske nou resevwa revelasyon an, te genyen yon bagay ki ankre nan fon kè nou, e kounye a pa gen anyen ki ka plas li. Nou fyè pou yo rele nou yonn nan yo, yon legliz band, yon gwoup band, yon pèp band.

Nou envite ou pou vin tande avèk Branham TABÈNAK ministè band Bondye a, dimanch ak katòzè lè Jeffsonville kòm nou rasanble nan yon gwo ap tann, pou nou renouvle angajman nou, e pou nou rekòmanse tou nèf, pou n tande ashamed 65-07-11, wonte( oubyen, jennen).

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li: sen Mak 8:34-38

21-0822 Chwazi Yon Epouz

Mesagj: 65-0429e Chwazi Yon Epouz

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

ÈG YO AP RASANBLE

Chè lepouz Bondye Chwazi a,

Papa te chwazi lepouz li a anvan fondasyon monn lan. Li te vle yon lepouz ki pral reflete chak karaktè li. Li vle yon lepouz ki ap atire atansyon li nan kenbe pawòl li a.

Yon lepouz ki pral vann tèt li ak li menm e ak pawòl li te pwomèt la, jiskaske chak panse li te genyen nan li pral nan yo. Yo pral se menm lachè li a se pral menm zo li a, se pral menm lespri li a, se pral menm nan chak bagay li pral bati l egzateman menm jan avèk li yon fason yo de a fè yon sèl.

Li vle chak karaktè li fasone nan yo, pou l ka vin tankou li. jan Li te ye depi premye fwa lè li te plase Adan e Èv sous tè a, li ap restore lepouz pafè li a. Li ap kouve li, pote li retounen nan plenn manifestasyon li; paske li pral tounen lepouz pawòl pale li a.

Lè li te wè lepouz la, li te kontan anpil, li finalman vin lepouz ki pa pral fè konpwomi sou yon sèl pawòl. Yon lepouz ki pa pral menm gen ti dout ditou de sa, men li annik pral tankou li ye a. Yo pral di nan monn lan sa pa bezwen okenn entèpretasyon, pou sa li se vwa pwòp Bondye a.

Kòm li te ap gade ti lepouz cheri pafè li a, li te fè te trè fiyè de li, li annik pa ka pa moutre li. Donk li te rete rele setyèm zanj pisan li a, li te kapab prevwa li. Li te vle li pou l te wè li, e moutre l li, alò li te di l lepouz la kouman li te bèl. Donk li te kapab ankouraje li e li te kite li konnen l li annik konnen kiyès li ye.

Alò li te pran zanj li a e li mete nan yon plas ki byen ro alò li te kapab prevwa li.kòm li te ap gade, lespri Bondye te pale ak li e li te di l, se lepouz la.” Li te ap gade, li te wè nou laba. Kè li te kontan.

Nou chak te abiye ak rad nasyon nou kote nou te soti: nan swis, nan alemay, nan tout monn lan, chak nasyon. Yo te vrèman bèl ak bèl cheve long yo chita sou dèyè yo abiye ak manch long, e rod tonbe jis anba. E ou wè tout mache o pa, mach sòlda kretyen, kòm mach de gè.” Pandan li tap gade, nou kòmanse mache dwat moute nan syèl; nou se te pawòl.

Mèsi papa. Pou kòman ou ankouraje kè nou jodi a. Nou renmen ou e pawòl ou ak tout sa nou ye. Nou kwè chak pawòl. Nap mete mesaj sa nan men nou tankou yon gan.

Nou vle lepouz pawòl pafèt ou a. Nou pa konnen okenn lòt fason pou nou fè men se rete ak pawòl ou a, mann nan depo ou te kite pou lepouz a pou fè l prepare.

Nou wè tan an pwòch. Monn lan ap souke anba pye nou ak tranbleman tè a. Zanj ou yo ap sipèvize tout monn lan. Mon lann vire tèt anba. Anpil gè, anpil batay, anpil touye moun, anpil viris e anpil maladi tout kote.lannemi an anraje li dechennen, lap eseye toumante lepouz, men madanm cheri ou te chwazi rete trankil li kanpe sous pawòl ou.

Ede nou papa pou nou pa soti nan chemen an. Kite je nou kole sou e kenbe men nou ak men pa ou. Ogmante Lafwa nou, ban nou sa nou gen bezwen. Vini jwenn lepouz sa dimanch nan katòzè lè Jeffsonville, kòm nou rasanble nan viwon vwa ou pou jodi a e tande ou pale: chwa yon lepouz 29-04-1965 PM.

Sa se priyè nou papa:

O Bondye nan syèl la, ou genyen mizèrikòd pou monn sa ki plen peche e yon pèp plen peche, Seyè se sa nou ye aswè a, Bondye, mwen ap eseye kanpe Nan brèch la e mande ou mizèrikòd divinn ou, ou pral pale ak foul la aswè a e rele nou lepouz ou lide, nou Seyè se pa pou nou mach pa siy okenn kredo, men pa son levanjil Seyè Jezi Kris la akòde l Bondye. Kite nou konnen l aswè ya, ke ou se Bondye, e pawòl ou se verite, poutan, solanèlman, nou nan prezans pèp sa, pou nou atire atansyon yo ak pawòl ou a.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou nou li se…

Jenèz 24:12-14
Revelasyon 21:9

21-0815 Semans Lan Pap Vin Eritye Avèk Pay La

Mesagj: 65-0429b Semans Lan Pap Vin Eritye Avèk Pay La

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

ÈG YO AP RASANBLE

Chè lachè de lachè li a,

Mwen kontan anpil Bondye pa chanje panse li o sijè pawòl li. Li se menm lan yè, jodi a e poutoutan. Fason li te konn fè bagay yo nan kòmanseman, li ap fè li menm jan jodi a. Bondye li menm manifeste nan lachè imèn, pa san Jezi Kris, pou sanktifye yon lavi pou li ka reflete li menm atravè li.

Mesaje nou an jodi a li se idantifikasyon ekriti a li menm nan mitan nou. Li se sentespri a, li sèl ki pwòp entèpretasyon l. Nou pa bezwen ale pa si pa la pou nou jwenn verite oubyen entèpretasyon; sentespri bay efezyen 4 nan legliz li a, tout nan yon sèl nonm, te konfime pwofèt li a.

Apòt: Apòt vle di yon anvwaye, oubyen yon misyonè. ” Mwen se yon misyonè.

Pwofèt: Eske nou kwè mwen se yon pwofèt Bondye?

Evanjelis:” fè zèv yon evanjelis ranpli byen ministè ou. Yon tan pral vini yon pral gen demanyezon pou tande senn doktrin.

Pastè: Nou te rele Mwen, pastè nou,” e nou di byen, se sa m ye.

Anseyan: mwen vle pale sou yon mo, oubyen anseye lesson lekòl di dimanch sou yon mo de yon siy.

Egal= Mwen konnen nou, frè nou, nou konsidere mwen kòm absoli nou pou sa… Konsa mwen ap suiv Bondye, tankou Pòl te di nan ekriti a, ” se pou nou swiv mwen, menm jan mwen swiv Kris. “

Mesaj li a se absoli nou, ka nou swiv li tankou li swiv Kris.

Mwen pap ka niye sa gen anpil efezyen 4 Bondye rele anpil òm òdone e Bondye rele pou ranpli ofis sa yo; pa gras li, mwen se yonn nan yo. Men nou se minè, setyèm zanj mesaje Bondye a se MAJÈ.

Anpil moun yo nan monn lan an rele ” Branham TABÈNAK ” legliz lakay yo”: pastè nou, se ministè nou, se absoli nou, se Efezyen 4 nou tout sous band lan. Nou kwè li se ministè orijinèl ke te ye lè te isit sou tè a.

Kèl lapè, kèl repo, nou pa janmè enkyete oubyen gade, oubyen mete chifon sou li lè nou ap tande pawòl la. Li te pwouve, li te konfime pawòl Bondye a, yon mann frèch chak fwa nou ap tande li e nou tout chita byen trankil e nap rejwi pandan li ap pale ak nou kè nou ap boule nou nan tout chemen an.

E tout sa papa m te ban mwen ap vinn. Mouton yo, Kolonb yo ap tande vwa m. Yo pa pral mache dèyè yon etranje. E kisa vwa Bondye a ye? Li se pawòl Bondye. Kisa vwa nonm sa men ki se pawòl ye? Li se pawòl Bondye; yo pral tande vwa pawòl Bondye a.

Alò gen ankò plis pou legliz li a. Non sèlman nou rekonèt jou nou an e mesaje li a, pawòl pou jou nou an, men pi gran jwa ki pa te janm bay lòm finalman vin rive. Nou se yon pati de lespri li, nou se yon pati de kò li, nou se yon pati lachè de lachè li nou se zo de zo li; nou se pawòl de pawòl li, nou se lavi de lavi li, nou se lepouz Kris la!

Glwa!! Louwe non Seyè a!! Alelouya!! Lepouz li a rekonèt li menm sèl e li menm sèl ap prepare l pa pawòl li a.

Se sa lap fè nan legliz a jodi a, Jezi se pawòl la e se lepou a li ye, e lepouz la se yon pati de lepou a. Dayè pawòl la se akonplisman jodi a se menm pati pawòl ki te akonpli nan jou li a, e se menm pawòl la, se menm esperyans lan, se menm lavi a.

Vini e esperimante menm pawòl la, menm esperyans lan, menm lavi li a dimanch ak katòzè lè Jeffsonville, e tande: Semans lan pap vin eritye ak pay la 29-04-1965 B.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou nou li:

Matye 1:18-20/24:24
Lik 17:30
Sen Jan 5:24
Galat 4:27-31
Jenèz 2:15
Ezayi 9:6
Malachi 4

21-0808 Èske Bondye Chanje Panse L?

Mesagj: 65-0427 Èske Bondye Chanje Panse L?

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

ÈG YO AP RASANBLE

Chè lepouz ki nan volonte pafèt la,

O chè Bondye, nou pa vle nan volonte pèmisib ou, papa. Kite nou mache nan volonte pafèt ou a. Kite nou pa annik ap pran yon pawòl isit e pawòl laba, e pou nou fè sa yon dògm oubyen yon kredo, oubyen yon bagay konsa. Kite nou pran pawòl jan li ye a, nou kwè levanjil ranpli a, tout sa Jezi te anseye nou pou nou fè.

Se pli gran e pli pwofon dezi nou, se pou nou nan volonte pafèt Bondye. Pou nou pa janm vle fè anyen pou deplèzi li, men fè li plèzi nan tout sa nou ap di e fè. Nou vle se pitit gason ak pitit fi adopte e manifeste li yo.

Ki kote nou ap fè jwenn kouman nou nan volonte pafèt li e fè li plèzi? Nou ale nan pawòl li, paske nou konnen pawòl li se verite e lavi. Pawòl li se toujou menm lan, pwogram li se toujou menm lan, paske li pa kapab chanje.

Pawòl li di nou, fason li te fè bagay la premye fwa, li pral toujou fè yo menm jan an. Li dwe poutoutan rete menm lan. Objektif li te toujou rete menm lan. Aksyon li yo te toujou menm lan. Fason li te fè bagay yo, fason li te geri moun yo, fason li te kondwi moun li yo, ap pral rete toujou menm lan.

Bib la te di nou pawòl li enchanjab ke pawòl Seyè a vini ak pwofèt sèlman. Li pa janmè revele li pou yon klèje oubyen pou yon tewolojyen, se annik ak pwofèt li yo. Li te di tou li pa te fè anyen jiskaske li moutre sa premyèman ak pwofèt li yo.

Lòm te toujou vle sistèm ki fèt ak men lòm, yo toujou vle se yon gwoup nèg ki pou mennen yo. Men sa pa te janmè fason Bondye, li toujou voye yon kondiktè ak yon apèl diven, yon pwofèt òdone avèk pawòl la pou l mennen pèp li a. Pwofèt sa te konfime e te chwazi pou li mennen yo pou jou sa.

Bondye te chwazi e plase anpil lòt kondiktè òdone ranpli ak sentespri a e yo te gen plas yo, men li te avèti kondiktè yo pou yo, pa pwoche bò kote kolòn dife. “Kisa kolòn dife ap fè… Li AP MENNEN PÈP LA JOU E NWIT.

Alò pawòl la di nou, ” tankou sa te ye nan jou Sodòm lan, se konsa sa pral ye nan jou lè pitit lòm ap revele li selon pawòl li nan Malachi 4, e anpil lòt ekriti, li ap retounen anndan legliz li nan yon fòm fizik,; nan pèp la, nan èt imen , nan fòm yon pwofèt.

Kòman nou pral konnen pwofèt sa? Li pral pwouve ki yès li ye pa pawòl la. Li pral konnen tout sekrè ki nan kè. Li pral revele tout pawòl la pou pèp la. Li pral konfime l pa kolòn dife a pou kondwi lepouz la. Bondye pral gen foto li pran ak pwofèt li a.

Se pral tankou Jan nan lil patmòs la e li ta pral eseye adore li, men li pral di l, gade piga ou fè sa mwen se konpayèl sèvis ou, e yonn nan pwofèt yo, adore Bondye. “Lepouz la pral konnen pou l pa adore li menm lòm lan, men nou adore Bondye nan nonm sa.

Li pral konnen sa li se yon n Bondye te chwazi l pou l pwononse pawòl ki pap fayi l la. Li pral konnen ke li se te setyèm zanj mesaje Chwazi pa Bondye. Monn lan pral wè e tande vwa Bondye kap pale atravè li e pral wè li kòm premye Adam nan plenn restorasyon.

Li pral kondwi lepouz la pa kolòn dife a. Li pral genyen enfòmasyon vin de logòs e li ap plase lepouz la nan wout pou peyi pwomès la. Lepouz pral genyen revelasyon an konnen sa se mesaje Bondye pwouve a. Sa se fason Bondye pwouve l. Sa se volonte pafèt Bondye.

Vini jwenn ak nou dimanch ak katòzè lè Jeffsonville, e tande: Eske Bondye ap chanje panse li? 27-04-1965.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou nou li anvan nou tande mesaj la
Nonb 22:31

21-0801 Pwouve Pawòl Li

Mesagj: 65-0426 Pwouve Pawòl Li

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

ÈG YO AP RASANBLE

Chè timoun yo ki vle apran yo,

Kèl atmosfè selès nou chita dimanch lan kòm lepouz Kris rasanble nan prezans sentespri a. Nou te kapab santi sa vivifye kò mòtèl nou yo.

Pa genyen pi gran onksyon, pa gen pi gran atmosfè ke lè nou peze bouton jwe a e tande vwa Bondye ki ap pale ak nou. Bondye te repare zòrèy nou pou nou tande e kwè chak pawòl, se pa yon lòt ke se Èl, Elah, Eloyim, ki egzis limenn sèl, li se yon tout sifizan, li se yon fòs, ki tap pale ak nou chak e ki ap revele nou ke nou se pitit gason ak pitit fi manifeste li yo.

Kòman tou pisan te predestine semans Bondye a nan viwon monn lan, mete men sen yo yonn sou lòt. Nan Kay nou, nan legliz nou nou te ranpli ak prezans sentespri a. Lafwa nou te grandi, nou te konnen kiyès ki tap pale ak nou. Li te di nou ke pisans vivifyan te nan nou. Nou te kwè ak tout kè nou e tout nanm nou, paske li te di sa.

Alò li di nou pou nou di,” Seyè Bondye, mwen kwè ak tout kè m.” Nou te repete chak pawòl nan fon kè nou. Li te di,” maladi pa kapab kanpe nan yon group konsa. Lespri nou tap rejwi lè nou tap tande pawòl sa yo,pou nou te konnen kisa ki ap pran pozisyon.

Li te di, “chak moun ki vle sentespri, leve men nou, nenpòt kote nou ye ki vle li… Mwen kwè sa Bondye pral ranpli chak nan nou, kounye a, avèk sentespri a.
Nan moman sa, nou te ranpli e ranpli ankò, avèk sentespri li a, vwa Bondye te annik te di sa.

Alò tout sa yo ki bezwen gerizon pou kò yo, li te di,” mwen òdone nou nan non Jezi Kris, kanpe sou pye nou yo e asepte gerizon nou. ” nan viwon tout monn lan , sa yo ki te gen lafwa e kwè, te geri.

Ki kote sa te fè t pran plas li? Nan yon ti gwoup pèp ki rasanble? Non, se te nan viwon tout monn lan tankou lepouz la te chita nan lye selès ap tande vwa Bondye pou jou nou an.

Se enposib pou okenn lòm, oubyen yon gwoup nèg, pou init lepouz la konsa. Sèlman sentespri a ki te kapab fè sa pa pawòl atravè masaje pwouve pou jou a. Mesaj sa a se ensi di Seyè a. Se pa sa nou mande, ni sa nou panse , se Bondye ki te pwouve sa se te prèv fason sa pou jodi a.

Se yon repo e yon pè nou genyen. Nou pap janmè enkyete oubyen poze kesksyon sou sa li te di nou. Nou pap janmè fè bak nan pawòl la tcheke sa, nou ap tande pawòl Bondye te pwouve pou jou nou an. Nou annik chita la, ouvè kè nou, panse nou, e nan nou, e di AMÈN, AMÈN,AMÈN.

Non, nou pa diy. Non, nou pa konprann tout bagay. Men nou kwè chak pawòl. Li te sa se vrè siy ke nou sentespri, e sèlman lepouz li a ki pral kwè e rete ak chak pawòl. Nou se lepouz sa… Alelouya!.

Li pase anro tèt gran, sa yo rele pansè pwofon yo, e revele sa ak timoun yo ki vle aprann.

Mwen vrèman rekonesan de sa mwen se yon timoun ki vle aprann.

Li te pwouve l atravè lòt syèk yo ki yès li te nan chak aj. Li te pwouve atravè pwofèt li yo. Li te pwouve l lè li te vini nan lachè, li te pran peche nou yo e te koure sou kwa a, answit li te leve ankò e li te voye sentespri a.

Kounye a li pwouve li nan jou nou an pa retou li e li revele limenm nan lachè imèn ankò yon fwa jan li pwomèt li pral nan pawòl li. Li te pwouve limenm nan pitit lòm, se ministè Jezi Kris li menm, vwale nan lachè imèn.

E kounye a, se fen chapit li se chak rezon gran plan li a, te vini pou nou, se restore li, pwouve lepouz sa rete ak pawòl la.

Eske nou pa ta renmen ak li sou montay sa jou lè Jezi te ap pale ak 5000 lan? Eske ou pa ta renmen wè li pwouve monn lanlan ki yès li te ye pa pouvwayan pen yo a k pwason yo? Eske nou ta renmen chita anba onksyon an, annik tande vwa li ki ap konsole kè nou ak pawòl lavi etènèl li a?

Ou kapab si ou kwè mesaj sa ak tout kè ou.

Vini chita anba onksyon sa sou montay sa avèk nou dimanch sa ak katòzè lè Jeffsonville, e tande Bondye pwouve ak monn lan ki yès li ye nan jou nou an. Lik 17:30 ap pale ak nou e di nou B- R- A -N- H -A -M se pwouvan Mwen e se chwa mwen vwa sa pou nou. Vini tande li: Pwouve pawòl li a 26-04-1965.

Frè Jozèf Branham

Ekriti yo pou nou li:

Sen Matye 11:4-19/28:20
Sen Mak 11:22- 26
Sen Lik 8:40-56/17:30
Sen Jan 14:12
Ebre 4:12-15/13:8
Malachi 4

21-0725 Plas Bondye Founi Pou Adore

Mesagj: 65-0425 Plas Bondye Founi Pou Adore

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

ÈG YO AP RASANBLE

Chè vivan yo

Kòman nou renmen rasanble chak semèn pou manje mann espirityèl li te prepare pou lepouz li a. Sa ban nou fòs nou bezwen pou voyaj nou an. Sa se lavi mesi a nan nou chak, li te manifeste , pou l fè legliz prepare pou anlèvman.

Kolòn dife te rele nou soti, e li ap mennen nou nan peyi li te pwomèt la, anba pisan pwofèt wen li an, William Marrion Branham.

Frè Branham se pa kolòn dife a. Li se kondiktè ki te wen , anba kolòn dife a. Kolòn dife a sèlman konfime mesaj li a avèk siy yo e mèvèy yo. Se gran sentespri li a ki te manifeste nan mitan nou e se mil fwa plis ke tout lòt pwofèt ki te anvan li.

Eske nou pakab wè pitit lòm lan, pitit lòm lan nan fòm yon mesaj pwofetik, retounen ankò nan legliz li a nan pwofesi, ak revelasyon Jezi Kris se menm yè, jodi a, e poutan ? Sa pa janm te fèt atravè okenn aj, pou jouk tan sa.

Panse espirityèl nou te sezi sa. Nou wè li e nou kwè chak pawòl. Mesaj sa a, band sa yo, se chemen Bondye te prepare, yon mwayen pou l sezi panse sa yo la kote semans lan te seme. Nou te tande vwa sa e limyè a te frape nou e nou te pran lavi.

Se chita nou chita nan kote selès yo, kounye a. Nou pa pral sa, se sa nou ye kounye a. Nou te deja resisite, dinanik lan e mekanik lan ap travay. Nou te gen lavi nou nan prezans Bondye, kote li a ye. Se pa kisa ou pral ye, ou sa deja! Se annik diab ap eseye fè wonn nou ak sa.

K: eske nou vinn gen lavi?
R: wi

K: Eske Kris vinn reyèl nan nou?
R: wi
K: Eske pisans Bondye te manifeste?
R: wi
Eske nou nan legliz sa, legliz Bondye te prepare a?
R: wi
K:kòman nou nan li, kòman nou fè konnen nou te gen lavi nan li?
R: nou se panse total li, li se sa nou ye nan Kris. Kris nan mitan nou, li pwouve li menm nan nan lavi nou, ap pwouve sa li ye isit la.

Nou se lachè ,de lachè li e nou se zo , de zo li , nou se kò de kò li, nou se non de non li, lepouz li. Nou nan li. Nou se lachè li e zo li.

Nou pakab te mouri, nou te gen lavi pisans vivan an ki fè nou tounen nan lavi de peche a e li te chanje nou, li te leve nou potansyèlman nan Kris Jezi, ki se rezireksyon ki pral pote nou nan plen matirite.

Nou te fèt e nou te rejenere, nou te batize avèk sentespri a nan Jezi Kris. Nou te gen lavi ak chak pawòl. Nou ponktye chak pawòl ak yon “Amèn.

Kòm nou rasanble nan Jezi Kris; nan yon panse, nan yon akò, kèlkeswa sa nou bezwen, si nou pral gen lafwa e nou kwè, li pral bay sa ak nou.

Kite nou imajine sa li pral ye nan nou chak lakay nou, nan legliz nou, oubyen nenpòt kote nou pral rasanble, pou nou pitit gason li yo e pitit fi li yo, legliz lepouz li a.

Mwen konnen li isit la. Mwen asire m li isit la. Mwen konnen ke kounye a li genyen ase pisans vivan an nan legliz la pou l geri chak moun sa yo ki chita la.

Eske nou kwè mesaj sa? Eske nou kwè se Bondye ki nan fason sa jodi a? Eske kwè se pitit lòm lan ki ap revele tèt li nan lachè imèn? Eske nou kwè chak pawòl li?

Si nou bezwen gerizon pou kò, gerizon pou lespri, oubyen nenpòt lòt bagay nou kapab nan bezwen, alò mwen ban nou defi nou kwè li te wen , li te konfime, vwa Bondye pou jou nou an:

Annik akòde l kounye a sa ke li se pisans vivan an ki bay lavi ak lafwa yo, Seyè, ki sa yo ap fè gen kwayan ki gen men yo sou yon kwayan, kò ak kò, pisans ak pisans. E se pisans Bondye, pa pitit gason Bondye oubyen pitit li Bondye, pa pitit gason Bondye. O Bondye, ke Satan lage pèp sa a ki mare! Ke yo geri aprè midi sa, pa rezireksyon an , pisans vivan de prezans ki te idantifye, Jezi Kris. Nan non Jezi Kris, ke sa ale trè byen!

Vini e jwenn ak nou anba plas Bondye founi pou adore 25-04-1965 , e resevwa gerizon nou, se wenn pa sentespri a, se pou gen rejwisans pou nanm nou kòm nou chita nan kote selès yo e tande pitit lòm ki ap pale dimanch sa ak katòzè aprè midi, lè Jeffsonville.

FRÈ Jozèf Branham

Ekriti pou nou li anvan nou tande mesaj sa:

Deteronòm16:1-6
Malachi 4:5
Sen Matye 1:23
Sen Mak 16:17
Sen lik 17:30
Sen Jan 4:23/10:1-7
Women 8:1-11
1 korentyen 12:13
Efezyen 1:21
1Tesalonisyen 4:16
Ebre 13:8
Revelasyon 22:19