23-1210 Lafwa Pafe

Mesagj: 63-0825E Lafwa Pafe

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Lafwa Pafè,

Lafwa nou vin de sa nou tande, lè nou tande Pawòl la. Pawòl la vin a pwofèt la.

Pwofèt la se:

Pawòl la te fèt chè! Alelouya! Pawòl lan ap opere nan lachè imen, pa siy fizik, pa siy materyèl, pa siy selon Lekriti, pafètman, pou pote ban nou yon Lafwa Pafè pou yon Anlèvman Pafè.

N ap fè egzakteman sa Pawòl la mande nou fè lè n ap tande grenn Vwa Bondye ki konfime k ap pale epi k ap revele Pawòl Li atravè lachè imen pou ban nou Lafwa Pafè.

Nou gen…zòrèy nou soud pou nenpòt lòt bagay, sof sa Lespri Bondye a di. Nou wè? “Moun ki gen zòrèy (ki tande), tande sa Lespri a di legliz yo”; moun ki gen pòs radyo, kapte sa ke Lespri di legliz yo. Nou wè?

Nou se pòs kote nou tande Li ki sezi epi ki kwè chak Pawòl. Lè Li ban nou lòd: “Jis di sa ki sou bann sa yo. M SE Vwa Bondye pou nou. Nou rele m pastè nou, e nou byen di, paske se sa m ye.” Nou egzekite yo. Kèlkeswa sa L di, pa gen on lonbraj dout okenn kote; nou mache dwat. Kèlkeswa sa Seyè a di atravè pwofèt Li, pa gen moun nan mond lan ki ka dekouraje nou, nou kontinye menm jan. 

Kounye a n ap antre nan Lafwa Pafè a, pèfeksyon pafè ki pa ka febli a. Lafwa sa a pa janm echwe.  

Nou gen on Lafwa Pafè kounye a nan Pawòl Li. Nou pa gade tèt nou. Nou pa pè anyen, tankou Jòb. Nou pa pè lè n ap gade gwo vag yo epi n ap koule nan dlo a tankou Pyè. Jou sa yo fini.

KOUNYE A n ap gade Pawòl Pafè sa a k ap viv epi ki abite nan nou. N ap antre nan matyè Lepouz la. N ap antre nan kondisyon anlèvman an.

Lè nou priye, nou kwè ke nou resevwa sa nou mande, epi n ap genyen l; y ap ban nou li. Tan, espas, anyen lòt p ap janm chanje sa. Nou konnen sa regle. Li deja fini. Kijan nou fè konnen? Paske se pa Pawòl nou, men PAWÒL LI, ke li pwononse epi ke L ban nou. Nou gen PWISANS LAN EPI LAFWA PAFÈ POU PWONONSE L.

Jan Jezi te fè pou Tèt Li, nou rekonèt pozisyon nou; kiyès nou ye. Sèl bagay ki rete nou pou fè, se gen lafwa nan sa nou ye. Gen lafwa nan sa Pawòl la di nou ye! Lè sa a Pawòl Bondye a vin nan nou epi Li manifeste Tèt Li; pase nou se kwayan. Epi yon kwayan se “lafwa Bondye k ap aji nan nou.”

E kounye a, nou vin wen ak menm Lespri an, dè mesi wen; mesi de dènye jou an, pou fè rezireksyon Jezikri an klere; pou montre ke Li pa mouri, men nan fòm Sentespri a, Li nan pèp Li; ap bouje nan mitan Epouz Li, ak yon istwa renmen avè L, ap vide nan Li, Tèt Li. Y ap vin yon sèl pou Soupe Nòs lan; e menm siy, ke menm Bondye a te pwomèt, nan menm Pawòl la, ap fè menm manifestasyon L yo.

Pa gen anyen ki rete pou nou fè sof kwè Li; epi lè nou kwè L se sibstans lan ki kreye Lafwa Pafè a. Tande sa ankò, LÈ NOU KWÈ L SE SIBSTANS LAN KI KREYE LAFWA PAFÈ A. 

Èske gen yon fib nan kò w ki doute yon Pawòl: NON

Èske ou kwè chak Pawòl: Wi

Èske Li ba w on Revelasyon de Mesaj sa a: Wi

Èske se sèl Lepouz la k ap gen vrè Revelasyon sa a: Wi

Èske nou konnen nou se Lepouz Li: Wi

Èske Li di lè nou kwè chak Pawòl, sa ap ban nou Lafwa Pafè: Wi

ALÒ NOU SE LEPOUZ PAWÒL LAFWA PAFÈ!!

Oh Seyè prepare nou kòm jamè alò ke n ap rasanble ansanm Dimanch pou tande Pawòl Ou. Ede nou pa janm gade tèt nou ankò, men sèlman pou nou kwè Pawòl Ou ke Ou pwononse pou nou. Nou wè Twazyèm Poul la an aksyon epi nou konnen ke Li rete nan nou. Nou dwe pale epi kwè Pawòl Ou.

Nou konnen W ap vini byento pou Lepouz Pawòl Pafè W la. Kèlkeswa sa nou bezwen, Papa, KÈLKESWA SA NOU BEZWEN, nou konnen n ap resevwa L. Paske se Pawòl Ou ke Ou deja pwononse pou nou. Pa gen anyen pou fè men jis KWÈ LI. Nou kwè l Papa, nou kwè l. Kounye a annou aji selon PAWÒL OU.

Nou konfese tout echèk nou, peche nou ak ofans nou. Gade nou atravè San Pitit Ou kote nou jistifye pa Gras Ou ak mizèrikòd Ou.

Kite gen yon chanjman nan Lepouz Ou kòm jamè. Vide Sentespri W sou nou epi ban nou tout sa nou bezwen. 

Malad yo pral geri anba tout afliksyon. Retrograd la pral retounen a Pawòl la. Lepouz Ou atravè mond lan pral wè chemen ke Ou bay pou jou jodi a epi l ap kwè.

Si w pa gen pèsonn pou mete men sou ou…mete men w sou tèt ou…ou se yon kwayan. Ou vin tounen Pawòl la; ou vin Pawòl la, alò ke w resevwa Pawòl la.   

Vini Seyè Jezi, Lepouz Ou ap prepare tèt li nan rete nan prezans Pawòl Ou, ap muri. Nou vle muni epi abiye de Pawòl Ou.

Vin wen nou kòm jamè Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke yon pati Lepouz Ou pral rasanble pou tande W k ap pale epi k ap revele nou kijan pou nou jwenn: Lafwa Pafè 63-0825E.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan sèvis la:

Mak 11:22-26 / 16:15-18

Jan 14:12 / 15:7

Ebre 11:1 / 4:14

Jak 5:14

1 Jan 3:21