Category Archives: Uncategorized

23-0305 Edenn Satan

Mesagj: 65-0829 Edenn Satan

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Pitit Mwen Yo,

Nou se yon atribi de Mwenmenm, Papa Selès nou. Nou te an Mwenmenm depin nan kòmansman an. Nou pa sonje l kounye a, men nou te la avè M. M te tèlman anvi konnen nou paske M te vle kontakte nou, pale avèk nou, renmen nou, epi bannou lanmen.

Antanke pitit mwen, nou se yon pati de Mwen, ki fèt chè, menm jan M te fèt chè, pou nou ka an kominyon youn ak lòt tankou yon fanmi Bondye sou latè a. Se te objektif Mwen epi sa M te vle depi nan kòmansman an.

Mwen kreye yon Jaden Edenn pou nou pou nou ka kominye, men enmi Mwen an glise kò l avèk riz, epi li pran kontwòl mond sa a, ap mal entèprete pwogram Mwen an ki pou nou.

Se yon moman trèt ke nap vi la a, men se pi bèl epòk nan tout laj yo tou, paske kounye a nou an fas gran Milenyòm la ankò; nou an fas Edenn ankò.  

Lespri Mwen an se pa yon bagay ke yo anseye nou. Se yon bagay ke Mwen te predestine pa presyans Mwen an nan nou avèk men pwisan Mwen. Kounye a dènye apèl Mwen an destine a sezi Epouz Mwen; “Soti nan mitan yo, separe nou”.

Jodi a, yo pa eseye etabli Pawòl Mwen na kè moun yo, yo eseye etabli tèt yo. Legliz yo ap eseye etabli doktrin legliz la nan kè moun lan. Tout moun ap di: “Mwen fè sesi. Mwenmenm, mwen, pa m, denominasyon mwen, mwenmenm, sesi.” Y ap etabli tèt yo e non Pawòl Mwen an ki pwononse atravè pwofèt mwen an.  

Nou pa bezwen konprann tout sa Mwen di, nou jis dwe kwè L paske se sa Mwen di, epi sa regle pou tout tan.

Sentespri Mwen ap aji nan nou. Se yon Vi ki andedan nou, pa yon emosyon; pa yon sòt de prèv chanèl, men Se yon Moun, Mwenmenm, Jezikri, Pawòl Bondye a, ki etabli nan kè nou, epi li vivifye tout Pawòl aj sa a. Se Sentespri Mwen kap aji nan nou selon Pawòl la.

Premye epouz Mwen te echwe nan koute rezònman Satan an, men Mwen te rachte nou Mwenmenm, ki se Pawòl la ki fèt chè. NOU PAP DESEVWA M. Nou se Epouz Pawòl vyèj Mwen ki pap koute rezònman Satan. Nap rete avèk Pawòl Mwen.

Aprè Milenyòm la fini, lè sa a pral gen yon Edenn kap etabli ankò; M ap reprann gran Wayòm Mwen an. Mwen te goumen ak Satan nan jaden Jetsemane a, epi Mwen te reprann Edenn Mwen an. Kounye a M al prepare Nouvo Edenn nou ki nan Syèl la. M ap retounen pou nou ankò trè byento, donk pa kite kè nou boulvèse.

P ap gen lanmè ankò, paske premye syèl la ak premye tè a pral disparèt. M ap renove l avèk on batèm Dife ki pral touye tout mikròb, tout malèz, tout maladi, epi tout salte ki te janm egziste sou latè a.  

Li pral jayi, epi ap gen yon Nouvo Latè. Premye syèl sa a ak premye tè a pral disparèt. Pral gen yon Nouvo Jerizalèm kap desann de Mwen sot nan Syèl la. La a, M ap avèk nou, vrè atribi Mwen yo, pitit gason ak pitit fi Mwen yo. N ap kominye nan sentete, avèk je nou ki kache de tou peche.

Mwen tounen vin jwenn nou ankò jan Mwen te pwomèt nou M t ap fè. Mwen kenbe Pawòl Mwen anvè nou. Mwen fè anrejistre Pawòl Mwen sou bann mayetik konsa pap gen okenn malantandi, okenn kesyon, jis Pawòl Mwen ki pi pou nou; paske Se Ensi Di Seyè A.

Kenbe konsyans nou pi. Kenbe kè nou vwale. Kenbe je nou vwale de bagay mond lan, kap pouse nou vin on gwo moun.

Pa janm bliye, m ap retounen soti nan lwès epi m ap reprann chemen M ankò youn nan jou sa yo. Disi la, pran Non M avèk nou; L ap bannou jwa avèk rekonfò, pran Li, tout kote n ale, apiye sou jwe.

Pa fè konpwomi sou yon sèl Pawòl. Pawòl Mwen sou bann pa bezwen okenn entèpretasyon. Nou fè pati de Mwen, atribi Mwen. Mond sa a se Edenn Satan, men Mwen te fè nou yon Nouvo Edenn kote nou pral pase letènite ansanm. Disi la, ini tèt nou alantou Pawòl Mwen. Renmen youn lòt.

Vin ini avèk yo nan Branham Tabènak la Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, epi tande M kap pale atravè pwofèt Mwen chwazi a epi revele Pawòl Mwen, alò ke n ap tande; Edenn Satan 65-0829.   

Nan Non Li

Frè. Joseph Branham

Ekriti pou li:

2 Timote 3:1-9

Apokalips 3:14

2 Tesalonisyen 2:1-4

Ezayi 14:12-14

Matye 24:24

23-0226 Filtè Yon Nonm Ki Reflechi

Mesagj: 65-0822e Filtè Yon Nonm Ki Reflechi

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Asanble Frè Branham,

M ta renmen envite mond lan vin jwenn nou sou liy yo Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou menm Zèg yo nap rasanble ansanm a chak twasan kilomèt nan youn nan legliz pwofèt la. Nou pral koute Bondye kap pale atravè setyèm anj mesaje Li kap di nou:

Mesaj sa a, ensi ke tout lòt Mesaj yo ke mwen pote, yo adrese a asanble mwen. Li pa adrese a asanble nou sòf si yo vle resevwa L. Men Li adrese a pèp sa la a.

L ap pale a nou menm, GLWA, asanble li. Pa nou menm k ap di: “Frè Branham se pwofèt la, men li pa pastè mwen. Pastè nou di ke jwe bann nan legliz la li pa konfònm a Pawòl la pou jodi a.” Pastè nou di, nou dwe koute li. Selon Pawòl la, se li ki kondwi nou pa Sentespri a kounye a.”

Pwofèt la adrese li a ou menm epi a pastè w.

A tout minis, nenpòt kote, a nenpòt moman, sa a pa adrese pou manke nou dega anvè anseyman nou yo, sa a pa menm adrese a mouton nou yo.

Nou pa vle batay avèk nou menm frè ak sè. Nou konprann ke li pa adrese a nou, men a nou menm, ki kwè ke Sentespri a plase setyèm anj mesaje Li pou L pastè nou epi pou L kondwi nou, legliz Li. Nou kwè ke jwe bann yo se SÈL VRÈ CHEMEN an. Ou gen rezon fè sa pwofèt la di OU pou fè:

Epi mwen toujou reponn yo konsa, si gen yon manm kèk legliz: “Al wè pastè nou.”

Ou dwe fè jan pastè w la di.

Apresa pwofèt la di pastè w la ankò, jis pou li asire l ke li konprann.

Kounye a, pastè, mwen vle ke ou konnen, ke, se jis a asanble mwen ke mwen di bagay sa yo. E m gen dwa fè sa, paske m te plase pa Sentespri a pou m veye sou mouton sa yo.

Yo te voye l pou li veye sou nou, mouton li yo; sa yo ke Bondye plase sou RESPONSABILITE LI. Sentespri a se pastè nou alò ke Li pale avèk nou epi Li kondwi nou chak jou pa Vwa L ki konfime.

Se sa Seyè a kondwi nou pou fè. Nou pa kont ou menm oswa pastè w, oswa jan ou santi w kondwi pa Seyè a pou aji. Chak moun dwe fè sa yo santi ke Seyè a kondwi yo pou fè selon Pawòl la.    

Nou gen yon sèl filtè, MESAJ SA A. Tout sa nou tande dwe pase pa filtè sa a. Vwa a ke nou tande sou bann yo se sèl Vwa a ke nou gen 100% konfyans ladann ke se Ensi Di Seyè A.

Èske nou kwè ke onksyon sa sou moun sa yo, vle di ke se onksyon Sentespri a?” Wi, msye, Sentespri otantik Bondye a sou yon moun, e poutan yo fo.

Destinasyon etènèl nou depann de sa LI DI SOU BANN, pa sa nenpòt lòt moun oswa gwoup moun di. Kidonk, nou pa kapab, e nou pap tande okenn lòt. Kijan on moun ka pran on chans?

Vin rasanble avèk nou sitou ke nou wè jou a ap pwoche.

Moun yo ka chita dirèkteman lakay yo oswa…rasanble nan baz yo, legliz yo, e ensidswit, epi koute sèvis la.

Sa, zanmi m yo, selon pwofèt Bondye a, se pa entèpretasyon kèk moun sou sa Bib la di, se rasanble tèt nou ansanm ozalantou Pawòl la, sitou ke nou wè jou a ap pwoche.

Kisa lach la itil san Bondye? Li jis on bwat an bwa, avèk de tab an pyè.

Vin rasanble avèk nou alò ke nou pral tande filtè Bondye bay la, alò ke L ap pote nou Mesaj la: Filtè Yon Nonm Ki Reflechi 65-0822A.

Frè Joseph Branham 

Egzaminen poukisa w ap goumen. Egzaminen poukisa ou isi a. Egzaminen poukisa ou al legliz. Kisa ki fè w… Li bon pou al legliz, men pa jis al legliz; sa pap sove w.    

23-0219 Kris Ki Revele Nan Pwòp Pawòl L

Mesagj: 65-0822M Kris Ki Revele Nan Pwòp Pawòl Li

PDF

BranhamTabernacle.org

Ti twoupo Mwen,

Mwen salye nou, epi noumenm nan sistèm telefonik sa a, ki vrèman, vrèman byen. Mwen tèlman rekonesan anvè Seyè a, nou ka enstale lakay nou, rasanble nan baz nou, legliz nou, epi koute sèvis la. Kèlkeswa kote vwa mwen ap rive, se pou ti twoupo sa a beni.  

Jodi a, mwen vle ekri nou yon ti lèt lanmou ki soti de kè mwen pou ankouraje nou. Se nou menm ke Bondye chwazi kòm Epouz Li anvan fondasyon mond lan; nou menm kap koute bann sa yo. Mwen di nou plizyè fwa, bann sa yo jis pou nou, nou se asanble mwen. Mwen pa responsab pou sa Bondye bay lòt minis yo veye; mwen jis responsab pou ki kalite Manje mwen ba nou. Bann sa yo pou nou, tabènak mwen sèlman, sa Bondye ban mwen pou m gide. Se Laman kache, lòt la pa ka pran L.

Kounye a, si gen kèk moun ki vle melanje manje a avèk bagay deyò, kite yo jwenn revelasyon an nan men Bondye epi pou yo fè sa Bondye di yo fè, manje kèlkeswa sa yo vle. M ap fè menm bagay la. Men Mesaj sa yo jis pou nou.

M fè tout sa m kapab pou m rete fidèl avèk Pawòl la, pou ou menm ke Bondye mete nan men mwen, paske mouton yo vle manje ki pou mouton. “Mouton Mwen koute Vwa Mwen.” Epi se de sa nap viv, tout Pawòl ki soti. Pa jis on Pawòl de tanzantan, men tout Pawòl ki soti nan bouch Bondye. Se de sa nap viv, nou menm sen yo.

Tout moun dwe gon bagay yo atache a li. Gon bagay ki dwe yon pwen datach, otreman di, on baz fondamantal. E tout moun dwe gon baz fondamantal oubyen on absoli. Pou mwen menm, epi pou moun yo ke m espere map mennen a Kris, epi atravè Kris, Bib la se baz fondamantal nou.

Kounye a, nou reyalize ke Bondye voye ba nou pwofèt Li yo. Se fason sa ke L genyen pou L pote Pawòl Li bay pèp la, atravè bouch pwofèt Li. Kounye a nan tan lafen sa a, Li te pwomèt pou L manifeste tèt Li ankò nan plenitid kò Li, nan Lespri. Se Bondye Li menm sou fòm on lèt, fòm on pwofèt, manifeste nan kò.

Mwen dwe viv toutan nan Prezans Otè a avèk plim mwen, pare a tou moman pou ekri tout sa L di. Lespri mwen fikse sou panse Li; pa sa lòm panse, sa aj la panse, sa legliz la panse, sa wayòm lan panse. Jis panse Bondye! Mwen jis eksprime panse Bondye yo a Pawòl la.

Lè Bondye revele m panse Li yo, mwen eksprime l ba nou an Pawòl sou bann, “ENSI DI SEYÈ A.” Se pa, “MEN SA MWEN DI.” Se, “ENSI DI SEYÈ A!” Mwen jis ka entèprete L si Otè a pèmèt mwen entèprete l pou nou; paske Se Pawòl Bondye a ki sanfay.

Gen anpil lòt moun ki eseye imite mwen, tankou prèt, e ensidswit. Epi kisa yo fè? Jis fè gagòt, se tou. Yo pa ka fè l. Bondye voye mwen, pwofèt Li, pou kondwi Epouz Li; pa yon lòt moun, oswa pa yon gwoup moun.

Mo yo ke mwen pwononse, e fason ke mwen aji, pral avegle lòt moun, men pral louvri je lòt. Li abiye mwen nan estil rad ke m pote, nati mwen, anbisyon mwen, tout bagay jan pou m ye. Li pafètman chwazi m pou ou. Lòt moun tap kanpe epi gade epi di: “Eben, mwen pa kapab. Gen…Mwen-mwen pa ka wè.” Yo avèg.

Lap revele L a moun ke Li pral revele L. Li tèlman reprezante ke Li ka kache tèt Li nan Ekriti a, pou teyolojyen an ki pi entelijan ki egziste. Li ka jis kache tèt Li, plase kò L la a nan Ekriti a, epi yo ka gade tout jounen an epi yo pa janm wè l; gade tout on vi, epi pa janm wè l. Li ka jis kache tèt Li, plase L la a.

Sa ki enpòtan kounye a se moun ki jwenn Mesaj la nan kè yo, yo dwe kouche nan Prezans Fis la, pou vin mi. Apiye sou Jwe epi apresa kite Fis la retire tout sa ki vèt nan nou, fè nou vin on Kretyen ki mi.

Lè l te vini premye fwa a, li te yon moun. Lè l te vini dezyèm fwa a; avèk on doub pòsyon, li te yon moun. Lè l te vini sou fòm Jan Batis, li te yon moun. Li te pwomèt pou l vini jodi a, epi viv epi revele tèt Li yon fwa ankò nan on moun; Fis de lòm lan kap viv nan kò yon moun.

Kounye a nou nan aj Je a, pwofetik, Malachi 4. Pa gen anyen lòt ki rete pou l vini, men se Li menm ki pou antre la, paske se dènye bagay ki genyen.

Tande ti ayo mwen yo, nou menm ke Bondye ban mwen pou gide. Lè a fin ta. Lap vini byento pou nou, Epouz Li. Rete avèk bann yo, li pa bezwen entèpretasyon.

Mwen envite nou, ti Zèg, pou vin jwenn mwen avèk sèl bagay ki pral rasanble Epouz Li ansanm Dimanch sa a, a midi, lè Jeffersonville. Nou pral tande Ensi Di Seyè A pandan ke Bondye ap pale atravè mwen epi ap revele: Kris Revele Nan Pwòp Pawòl Li 65-0822M

Sonje, RETE AVÈK MINISTÈ BANN YO, APIYE SOU JWE CHAK JOU.

Frè Branham

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:

Egzod 4:10-12

Ezayi 53:1-5

Jeremi 1:4-9

Malachi 4:5

Lik 17:30

Jan 1:1 / 1:14 / 7:1-3 / 14:12 / 15:24 / 16:13

Galat 1:8

2 Timote 3:16-17

Ebre 1:1-3 / 4:12 / 13:8

2 Pyè 1:20-21

Apokalips 1:1-3 / 10:1-7 / 22:18-19

23-0212 Epi Ou Pa Konn Sa

Mesagj: 65-0815 Epi Ou Pa Konn Sa

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Epouz kap Tann,

E m konnen ke, aprè depa mwen de latè sa a, bann sa yo e liv sa yo pral kontinye viv, epi anpil nan nou, jèn timoun, nou pral dekouvri, nan jou ki pral vini yo, ke sa se egzakteman Verite a, paske mwen pwononse l nan Non Seyè a.

Vin rasanble avèk noumenm Zèg, Dimanch a midi lè Jeffersonville, alò ke nap koute 65-0815 – Epi Ou Pa Konn Sa.

Frè Joseph Branham

23-0205 Evènman Ki Vin Klè Ak Pwofesi

Mesagj: 65-0801e Evènman Ki Vin Klè Ak Pwofesi

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Moun nan Moman an,

Papa, nou tèlman renmen W. Kijan nou ta ka kòmanse eksprime sa nou santi? Ou chwazi nou, predestine nou, epi Ou vin on Moun vivan pou bay Vi W pou nou.

Ou ekri pwòp panse W pou nou atravè pwofèt Ou yo, pou nou ka gen Pawòl Ou. Apresa, jan Ou te pwomèt li, Ou vini ankò, Ou revele Tèt Ou nan on kò imen atravè evènman ki vin klè ak pwofesi, pou entèprete epi revele Pawòl Ou.

Pa pwòp chwa W, Ou chwazi William Marrion Branham pou li vin moun nan moman an. Ou chwazi l pou atire atansyon nou. Ou dirije men l. Ou dirije je l nan vizyon. Li pat ka di anyen lòt ke sa Ou te montre li.

Li pat ka pwononse anyen lòt ke sa Ou plase nan bouch li. Ou te gen plen kontwòl lang li, dwèt li, epi tout ògàn kò li. Li te an akò total avè W.

Apresa, pa chwa W on fwa ankò, Ou chwazi nou pou nou vin pèp la nan moman an. Ti gwoup minorite W ki rasanble pa enspirasyon Pawòl Ou, kap pwodui ankò, Lavi Jezikri a. Nou se Pawòl Ou ki ini ak Pawòl la. Nou pa ka fè anyen lòt.  

Papa, nou vle nan volonte W ki parfè; anyen lòt enterese nou. Nou pa vle panse nou, lide nou, oubyen sa nenpòt lòt moun di, jis volonte W.

Nou ale nan Pawòl Ou pou wè sa Ou di ke nou dwe fè pou nou vin Epouz Ou. Ou di ke Ou pral jije mond lan on jou dapre Pawòl Ou. Ou di nou ke Pawòl Ou vin SÈLMAN a pwofèt Ou yo, ki te predestine epi òdone davans pa Ou.

Ou di nou, Li pa janm vin a yon teyolojyen oubyen a yon gwoup moun, mè pa pwofèt Ou. Se Li kap sèl entèprèt diven W de Pawòl la. Se pa panse li, lide li, entèpretasyon li, men se Oumenm kap pale atravè li, kap entèprete pwòp Pawòl Ou.

Nan chak laj, moun kite lèzòm ajoute pwòp entèpretasyon pa yo a Pawòl Ou, epi poutèt sa yo vin avèg. Li fè menm bagay ke l te fè avèk Farizyen yo e Sadiseyen yo. Se rezon sa ki fè ke moun yo pa sezi L jodi a. Yap tande sa yon lòt moun ap di sou Li, olye ke yo tande Pawòl la jan pwofèt Ou te di yo pou yo fè.

Ou di, premyèman M voye Pawòl Mwen, apresa si moun yo pa kwè Pawòl Mwen, alò Map voye yo ministè a. Ou di tou, ke nan chak aj ministè a devye; pa yo tout, men pi fò nan yo, epi yo kondwi moun yo vè yomenm. Nou vle rete nan Pwogram orijinal Ou. 

Tèlman gen konfizyon, minis yo pa ka dakò ant yo. Frè X pa ka dakò avèk Frè Y; Frè Y pa dakò avèk Frè Z. Yo pa ka dakò youn ak lòt. Sanble yo jis dakò avèk yon bagay, nou pa ta dwe jwe bann nan legliz la. 

Se Babylon ankò, tèlman gen konfizyon. Nou kwè ke gen jis yon sèl Patwon epi nou dwe konfeksyone tèt nou pou nou ajiste nou a Patwon sa a, e pa eseye konfeksyone Patwon an pou Li ajiste sou nou.    

Vin tèlman gen ministè ki leve avèk pwòp lide yo, pwòp entèpretasyon yo epi pwòp doktrin yo. Yo tout redwi a anyen. Vin gen gwo predikatè òdone ki leve epi ki deklare ke yap preche epi yap site Mesaj nan moman an, epi ministè pa yo se Chemen ke Bondye bay pou jodi a, pa bann yo.

Yo gen dè moun fidèl ki ale nan legliz yo, ki tande pandan dèzane. Yo gen anpil predikatè ki vizite yo, reyinyon, revèy, predikasyon, yo di ke sa yo di se Chemen ke Ou bay la, pa bann yo. Epi yon jou yo di, Mesaj la se pa verite a.

Èske yo pat verifye sa l tap di avèk bann yo? Èske yo te jis pran sa li di kòm etan Pawòl la, Chemen ke Bondye bay pou jodi a? Si l te jwe bann yo, Vwa W ki konfime pou moun yo, olye ke yo plase tèt yo kòm vwa a ki pi enpòtan an, yo tap konnen ke sa yap tande se yon ansèyman on fo wen nan tan lafen an.

Sa pa vle di ke nou pa bezwen on pastè. Sa pa vle ke yo tout se fo pastè ki wen. Sa pa vle di ke gen anpil ki preche egzakteman sa Frè Branham di. Sa vle di ke bagay ki pi enpòtan ke nou dwe tande se Mesaj la sou bann yo; se SÈL ENSI DI SEYÈ A.

Se Direktiv la. Se Absoli a. Se dènye Mo a. Se sèl Pawòl ki Parfè. Si yon pastè, chèf espirityèl ou, pa tande Pawòl pi sa a avèk asanble li, on move bagay pral rive.

Poukisa ministè a pa jwe Vwa W ki konfime nan legliz yo? Kijan yo ka di ke se mal alò ke yo pretann kwè ke se Pawòl la? Poukisa yo envante yon bann eskiz epi yo di ke ministè pa yo se Chemen ke Ou bay pou jodi a, e pa Vwa W ki konfime sou bann yo?

Poukisa yo fè moun yo pè lè yo di ke paske nou di “APIYE SOU JWE” pou tande Vwa W, nou adore on moun e pa Oumenm ki pale atravè moun sa a?

Nou JIS adore OUMENM PAPA. Nou konpare l avèk Pawòl la, ankò e ankò. Ou di nou atravè pwofèt Ou, pa chak Mesaj ke nou tande sou bann yo: Se sèl Chemen ke Ou bay pou jodi a.

Ki lòt kote Epouz Ou te ka ale sinon dirèkteman a Pawòl Ou? Nou se Epouz Pawòl Vyèj Ou. Nou dwe rete avèk Kolòn Dife W. Se sèl plas kote nou ka satisfè epi di amèn a chak Pawòl ke nou tande.

Papa, nou wè W andeyò legliz Ou, kap eseye antre, e sa kraze kè nou. Lòkèt la andedan e nou ouvri pòt la pou Ou antre. Nou pa konn lòt bagay. Nou pa vle lòt bagay. Nou pa ka aksepte anyen lòt. Nou enprenye avèk Pawòl Ou.

Mèsi Papa pou Revelasyon Pawòl Ou. Nou pa kont pèsòn, nou jis pou Pawòl Ou ki vin klè pa pwofesi. Nap kanpe devan W on jou, nan jijman. Ak tout kè nou, nou vle di: “Papa, nou rete avèk Pawòl Ou.” 

Ankouraje pastè nou, chèf espirityèl nou, pou Apiye sou Jwe Dimanch sa a epi tande Vwa Bondye. Nap jije on jou pa sa Pawòl Bondye a di sou bann yo. Kijan nou ka pran chans avèk nenpòt lòt bagay?

Nou envite pou vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, epi tande: Evènman Ki Vin Klè Ak Pwofesi 65-0801e, alò ke Bondye pale atravè bouch moun lan ke L chwazi. Moun a kiyès Li bay klas li, don li. Li ba li nati li, estil li, e kèlkeswa sa l ye, kòman li eksprime li, e kèlkeswa sa l fè. Li fè William Marrion Branham moun nan moman an pou sezi pèp nan moman an, e se noumenm ki PÈP NAN MOMAN AN.   

Frè Joseph Branham

Ekriti pou li anvan ou tande Mesaj la:

Jenèz: 22:17-18

Som: 16:10 / Chapit 22 / 35:11 / 41:9

Zakari 11:12 / 13:7

Ezayi: 9:6 / 40:3-5 / 50:6 / 53:7-12

Malachi: 3:1 / chapit 4

Jan 15:26

Lik: 17:30 / 24:12-35

Women: 8:5-13

Ebre: 1:1 / 13:8

Apokalips: 1:1-3 / chapit 10

23-0129 Dye Aj Move Sa

Mesagj: 65-0801m Dye Aj Move Sa

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme ti Vyèj Kris, Pawòl la, Twoupo a,

Nou pa ka lòt bagay. Nou pa ka tande lòt bagay. Nou pa konn lòt bagay. Nou pa vle lòt bagay. Kote Vyann fre a ye, APIYE SOU JWE, ki se Pawòl sezon an, se la èg yo pral rasanble. Pawòl la kap pran Vi nan nou.

Nou pa menm jan ak tout lòt moun! Nou se yon pèp separe, sen pou Seyè a, konsakre a Pawòl la e a Lespri Bondye a, pou pote fwi pwomès Li pou jou jodi a. Nou konstaman ap muri e muri nan tande Vwa Bondye a.

Pwofèt la di nou pou nou refere a bann sa yo. Si nou gon radyo kasèt, reyini on gwoup moun epi fè l jwe, epi tande byen. Tande Vwa Li, sa Lap di nou. Pawòl Bondye pa bezwen entèpretasyon; Li fè pwòp entèpretasyon Li. “Mwen se Vwa Bondye pou nou.”

Epi men Li, Bib la, pa yon mo pou ajoute nan Li ou pou retire nan Li. Jis rete estrikteman avèk Vwa sa a. “Yo pap swiv on etranje,”

Kijan on moun pa ka wè Chemen ke Bondye bay pou jou jodi a? Men glwa a Dye, nou ka wè L, paske nou te eli pou wè Li. Nou pap sedwi, e nou pa ka sedwi, paske nou se Pawòl Li ki manifeste.

Frè ak sè, jis kite sa antre on minit, NOU SE PAWÒL LA KI MANIFESTE!! Bondye Limenm, kap pale nan bouch moun, Lap di nou ke NOU SE PAWÒL LA. Nou pa gen anyen menm pou pè. Tout sa nou bezwen se pou nou.

Chak semèn nou gen gwo espwa pou Seyè a vizite nou. Nou pa gen ase plas isi a pou nou mete tout moun chita, epi tout moun pa ka vini Jeffersonville non plu, alò nou jis bezwen voye yo Pawòl la atravè entènèt la.

Nou lakay nou, nan legliz nou, nan machin nou, rasanble otou ti mikrofòn nou, tout kote nan lemond, ap tann Vini Seyè a.

Yo rasanble avè nou an Afrik, ap tann Vini Seyè a. Yo rasanble avè nou o Mexique, ap tann Vini Seyè a. An Ewòp, Skandinavi, Ostrali, Mwayen-Oryen, Amerik di Sid, nan kat kwen mond lan, ap tann Vini Seyè a.

Epi nou rasanble isi a nan legliz nou, tabènak la, ap tann Vini Seyè a. Anpil lè separe nou nan tan an, men nou ansanm tankou YON BLÒK, kwayan, kap tande Vwa Bondye a, kap tann Vini Mesi a.

Nou SE pèp Bondye ki te chwazi epi ki te rele pou soti nan move aj sa a pou Non Li. Nap pase eprèv epi nap pwouve Satan ke nou se Pawòl la. Nou fè pati de Pyebwa Epouz Orijinèl sa a. Nou wè lavi nou kap manifeste pa Pawòl sa a.

Li fasil pou tout moun kwè ke Jezi te repons dirèk pou tout pwofesi yo ki te dwe akonpli nan Li, paske yap gade dèyè pou wè sa ki te pase. Men nan move aj sa a jodi a, yap fè menm bagay la ke yo te fè lè sa a, nan entèprete Li yon lòt jan, epi yo pouse moun yo antre nan yon gwo ilizyon pou yo kwè nan yon manti. Si yo te ka jis reyalize ke Se menm Pawòl la pou aj sa a ki manifeste.

Gon sèl bagay ki ka rasanble Epouz la, Mesaj sa. Gon sèl bagay ke nou tout ka dakò sou li, Mesaj sa. Gon sèl Vwa ki te konfime kòm etan Ensi Di Seyè a, Vwa Bondye a sou bann.

Bon, jis on legliz frèt, fòmèl, di e ensidswit, on teyoloji fabrike pa lòm, sa pa tap; Eli yo pa tap janm peye atansyon a sa. Men li la a, tankou se prèske vre bagay la. Jis retire yon Mo, se sa sèlman pou w fè. Pwomès aj la; on epòk trè enpòtan! Kretyen, tout kote, fè atansyon a lè ke nap viv la! Pran nòt, epi li, epi tande byen.

Dye move aj sa a ap fè tout sa l kapab pou twonpe moun yo nan anpeche yo wè Vwa Sa a ki konfime. Lap eseye fè yo doute jis yon Mo, menm jan li te fè l avèk Èv nan kòmansman an.

Men Epouz-Pawòl Kris la prèske rive nan Tèt Li. Nou ini tèt nou ankò a Konpayon nou, kote nou te kòmanse. Tan egzòd la tou pre. Bondye ap vin chache Epouz Li ki rete avèk Pawòl Li.

Sentespri a la a, Lap rele yon Epouz pou Kris. Lap fè l, pandan ke Lap konfime l, Pawòl Li ki te pwomèt pou aj sa a, Lap montre l ke Se Kris.  

Pa gen anyen ki pi gran ke pou w ini avèk Epouz la atravè mond lan, ap tande Vwa Bondye a kap pale dirèk avè w. Nou pa bezwen espere, devine ou menm priye ke sa nap tande se verite. Paske Se SÈL VWA A KI KONFIME, ke SE ENSI DI SEYÈ A.

Vini jwenn nou epi tande:

Epi apre bagay sa yo, mwen wè yon lòt anj ki desann de syèl la, ki te gen gwo pouvwa; epi latè a te eklere avèk glwa li.    

A midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande: Dye Aj Move Sa 65-0801M.

Frè Joseph Branham

Ekriti pou li anvan w tande Mesaj la:

Matye chapit 24 / 27:15-23

Lik 17.30

Jan 1.1 / 14.12

Ak 10.47-48

1 Korentyen 4.1-5 / chapit 14

2 Korentyen 4.1-6

Galat 1.1-4

Efezyen 2.1-2 / 4.30

2 Tesalonisyen 2.2-4 / 2.11

Ebre chapit 7

1 Jan chapit 1 / 3.10 / 4.4-5

Apokalips 3.14 / 13.4 / chapit 6-8 e 11-12 / 18.1-5

Pwovèb 3.5

Ezayi 14.12-14

23-0122 Kisa Atraksyon Sou Montay La Ye?

Mesagj: 65-0725E Kisa Atraksyon Sou Montay La Ye?

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Chè Lepouz Legliz Lakay la.

Annou tout rasanble ansanm epi koute Mesaj la 65-0725E Ki atraksyon sa ye sou montay la? Dimanch sa a 12:00 P.M. Lè Jeffersonville.

Frè. Jozèf Branham

23-0115 Sila Yo Ki Wenn Nan Tan Lafen An

NSANGO: 65-0725M Bapakolami Na Ntango Ya Suka

PDF

BranhamTabernacle.org

Chè Moun k ap Rasanble nan Pak Mouton an,

Mwen tèlman satisfè e mwen rekonesan anvè Senyè a dèske m rasanble avèk nou chak nan pak Mouton Bondye a chak semèn, kote nou kache nan plas sekrè nou an, n ap manje epi ap viv de Manje Kache sa a. Se Revelasyon Jezikri, ki konfime ak revele tèt li ba nou.

Li kache tèt li pou lòt moun yo gade li byen epi yo pa wè li, men pou nou menm, Lamarye li chwazi a, nou wè li byen klè e nou kwè nan chak Pawòl. Nou te rete avèk li a ak pwofèt li a paske yo se youn ak menm.

Men, si ou se yon pitit Bondye, ou pral rete ak pwofèt la nan Bib sa a. Se Pawòl la.

Anpil pwofèt Bondye wenn la jodi a di: “Se Lespri Sen an ou dwe rete avèk li , men se pa pwofèt la a.” Menm jan ak pwofèt tan lontan yo, si nou gen yon kesyon, fòk gen yon repons ki kòrèk. Nou dwe ale NAN PAWÒL LA pou nou wè sa pwofèt ki devanse nou yo te di.

Men, gen yon sèl Lespri Kris la ki otantik, e se Pawòl ki te fè kò a jan li te pwomèt pou l fè l.

YON SÈL Lespri Kris la ki otantik ke li te pwomèt la,se Malachi 4, Lik 17, Pitit Gason Lòm nan ki revele tèt li nan kò moun.

Wi, gen moun wen. Wi, yo gen yon apèl. Wi, yo gen Lespri Sen otantik. Wi, yo gen bon motif ak objektif.

Lè sa a, ki jan pou nou konnen sa ki byen ak sa ki mal?

Gade, yo sanble menm. Yo wenn menm jan an tou. Men, remake, “Pa fwi yo…”

Mwen rayi di bagay sa yo men lè a an reta epi tan an ap fini. Se sa k ap di ak preche jodi a pa loup mechan sa yo Pòl te avèti legliz la sou yo, e fo wen yo, Frè Branham te di ki t ap vini yo. Yo la nan mitan nou, jan yo te di l la.

Men yon pati nan yon lèt yon minis te ekri. Fwi yo ap eseye mete dout sou pwofèt Bondye a. Yo avèti pèp yo ke nou se moun demon nan swiv pwofèt la ak peze jwe.

Tande kouma sa twonpè.

Mwen ofanse paske demon sa a te anvayi ran mesaj nou an pou kounye a nou rele piblikasyon prèch William Branham yo VWA BONDYE A. William Branham pa t literalman vwa Bondye, men pito vwa yon nonm ke Bondye te itilize. Bib la pa janm di li te vwa Bondye, men pito Bib la idantifye li kòm vwa 7yèm zanj lan. (Rev 3:14; 10:7).

Ann ale nan PAWÒL la epi kite pwofèt Bondye a demaske fo ansèyman sa a.

Si mwen te ofanse w lè m di sa, padonnen m, men, mwen te santi sa te ka rankin, men, MWEN SE VWA BONDYE POU OU.

Kounye a, kiyès ou pral kwè, fo wen sa a , oswa SETYÈM ZANJ MESAJE BONDYE KONFIME A? Ki jan ou ka chita anba nenpòt minis ki ta kwè oswa anseye ou yon bagay sa yo? Pito w antre nan Pawòl la pandan w gen tan toujou.

Kominote mesaj la te fè yon erè terib nan chwazi William Branham lè yo te fè l absoli a. William Branham pa t janm absoli! Pawòl Bondye a se absoli.

Amèn, Pawòl Bondye a se absoli nou. Pa Kiyès Pawòl la te vini, oumenm oswa LImenm? Kiyès ki entèprèt divin PAWÒL BONDYE a, oumenm oswa LI? Kiyès kolòn dife a te fè konfime pou li se men sa Senyè a di, ou menm oswa limenm?

Paske ou gen de moun, ou gen de opinyon.

Nou pa bezwen de moun ni opinyon li, nou jis bezwen sa pwofèt Bondye a te di sou Band lan.

Epi li dwe rive nan yon absoli final, e absoli mwen se Pawòl la, Bib la.

Men li , menm jan ou te di a, Bib la se Absoli pou li ak nou, men answit li di:

Mwen konnen nou, frè nou yo, nou ta renmen mwen se absoli ou.

Donk tann yon minit, sa sonen kontrè ak sa OU TE DI. Li te di ke nou ka gade l tankou li se absoli nou an.

Osi lontan ke mwen swiv Bondye, jan Pòl te di nan Ekriti a, “Oumenm suiv mwen, menm jan mwen swiv Kris la.”

Èske sa pa wen? Eske li pat konnen de kisa li tap pale?

Ki sa pwofèt Bondye te fèk di nou semèn pase a?

Nou konstate ke lè yon moun vini, Bondye voye l, li òdone l nan Bondye, avèk vrè MEN SA SENYÈ A DI A, mesaj a ak mesaj a se yonn e menm.

Li te di ou pa ka separe yo, yo se menm bagay la, men ou di nou ta dwe fèl?

William Branham pa diferan de nenpòt moun mòtèl, paske li te yon moun ki te gen menm pasyon, menm jan ak Eli.

Amèn, li te jis yon moun pou asire w, men li te MOUN Bondye te chwazi pou revele tout Pawòl li a, epi mennen nou nan Tè Pwomès la. Se li menm Bondye te di, fè pèp la kwè OU.

Menm bagay la , wen, preche Levanjil lapannkòt la, men nye pwomès Pawòl la konfime pou jodi a, “Jezi Kris la menm yè, jodi a ak pou tout tan.”

Ki jan nou dwe konnen diferans si yo se vrè wen Sentespri yo ye? Li ban nou egzanp pou nou ta konnen fo pwofèt yo depi nan vrè pwofèt la.

Balaam ak Moyiz. Miche ak Sedesyas. Jeremi ak Ananya. Nan chak ka tou de se pwofèt wen, men kisa li te di nou pou nou fè, RETE AK PWOFÈT BONDYE KONFIME A. Sa a se SÈL fason pou asire w ke w ap suiv chemen Bondye bay la, epi nan volonte pafè li.

Mwen se youn sèlman ki toupre li lè li fè li. Mwen te sèlman yon vwa ke Li te itilize, pou di Li. Se pa sa mwen te konnen; se sa mwen te jis bay tèt pou l , ke li te pale atravè m.

Sa se tout sa lepouz la vle ak bezwen. Yon sèl Vwa. Yon sèl pwofèt. Yon mesaj. Yon mesaje.

O Papa, ki jan nou rekonesan pou favè ou ak mizèrikòd ou anvè nou. Ou te di nou pa gen anyen ki enposib avè ou. Pa gen anyen ki enposib avèk nou. Paske, tout bagay posib pou moun ki kwè, e nou KWÈ.

Vin rejwenn nou Dimanch a 12:00 P.M., lè Jeffersonville, kòm nou gen Vwa Bondye chwazi a di nou tout bagay sou Sila yo ki wenn yo nan tan lafen an 65-0725M.

Frè. Jozèf Branham

23-0108 Manje Espirityèl Nan Bon Sezon An

Mesagj: 65-0718E Manje Espirityèl Nan Bon Sezon An

PDF

BranhamTabernacle.org

Chè Anketè yo

Gen yon pi artezyen nan Revelasyon an ki ap bouyi anndan nou tankou l pat janm ye anvan. Nou te tande Mesaj sa a pandan tout lavi nou, e nou te toujou kwè nan chak Pawòl, men KOUNYE A Li te vin manifeste nan nou tankou li pat janm ye anvan.

Kounye a se tan an, kounye a se sezon an n ap manje sou bagay sekrè Bondye yo ki kache pou mond lan. Bagay ke moun ri a li kache pou lemond. Bagay ke moun ri a se bagay ke n ap priye pou sa . Bagay ke moun yo rele “fou,” nou rele l “Gwo!” Bondye te revele nou gen yon sèl fason li bay pou yo ka lamarye li se, PEZE JWE.

Men, gras a Dye, nou te resevwa Manje kache a, Manje espirityèl, ke n ap viv sou bonte ak mizèrikòd revelasyon Jezikri a nan dènye jou sa yo, ap konfime tèt li nan mitan pèp li a.

Avèk chak Mesaj Lamarye a tande, Li konfime nou ke Se volonte pafè li. Se pa sa nou PANSE Li ap di, ni se sa nou PANSE Sa vle di, SE Egzakteman sa Li ap di ak lòt moun tou yo senpleman pa ka wè Li; yo avèg. Bondye te kache Li. Yo gade l dwat , men yo pa wè Li. Pou noumenm , SE TOUT SA NOU WÈ.

Pandan n ap rasanble chak semèn, nou pa ka tann pou n tande sa li pral di ak revele nou. Dimanch sa a, Li pa pral ban nou kèk ti pepit kache, Li pral ban nou le fil maman an epi soufle li anpil fwa pou asire nou ke nou jwenn Li.

Pwofèt la te tèlman lontan nan Prezans Bondye, pwofèt yo nan Ansyen Testaman an, oswa nenpòt ki lè, lè yo viv nan prezans Bondye a jiskaske yo vin Pawòl la, Mesaj yo se Pawòl la Li menm. Epi, sonje, li te di, “MEN SA SENYÈ A DI. .”

Nou jwenn tout sa lè yon moun vini, voye pa Bondye, òdone de Bondye, ak verite MEN SA SEYÈ A DI , mesaj la ak mesaje a se yon sèl epi menm.

Lè konsa a, lè yon moun vini ak MEN SA SENYÈ A DI, li menm ak Mesaj la fè yon sèl.

Syèl la deklare li, Bib la deklare li, Mesaj la deklare li, menm jan an tou.

Pwofèt la, Pawòl la, Mesaj la; mesaje a, Mesaj, ak Messaj, te menm bagay la.

Nenpòt moun ak mesaj li a se youn.

Ann Pale sou yon min lò.

Si ou gen nenpòt Revelasyon konsa, mwen panse ke li fè sa trè klè; Mesaj la ak mesaje a se MENM. Èske w ap tande sa li te di… MENM LAN!! Lè sa a, nou pa ka separe mesaje a ak mesaj la, minis.

Ou dwe mete MESAJE a nan legliz ou a ansanm ak MESAJ li pote a oswa ou pa aksepte TOUT MESAJ LA. OU PA LEPOUZ.

O! Ankò, li fè Mesaj la ak mesaje a yon sèl. Manje espirityèl la pare, epi li nan sezon an kounye a.

Pou nou menm, ki kwè nan tan Bondye a ke n ap viv la, mesaje li te voye a, chak Pawòl li te di; bagay sa yo sw Manje Kache.

A la nou renmen Mesaj sa a, epi jis pandan n ap panse, “Ki jan ka gen plis ke sa?” Li mete yon pwen sou Li lè li di nou kiyès nou ye kounye a.

Èske w pa wè otorite Bondye vivan an nan Legliz vivan an, Lamarye a? Malad yo geri, mò yo leve soti vivan, enfim yo mache, avèg yo wè, Levanjil la soti ak pouvwa li, paske Mesaj la ak mesaje a se menm bagay. Pawòl la nan Legliz la, nan moun.

Pawòl Sa NAN NOU. Nou se Mesaj la. Nou gen otorite. Mesaj sa a ak nou SE SÈL!! Pale sou bouyisman sou sa ak sou sa ak sou sa.

Lepouz la se yon pati nan Mari a, Legliz la se menm jan ak Kris la. “Travay m’ap fè yo, nou va fè yo tou.”

Nou fè pati Mari a!!

NOU SE MENM AK KRIS!!

Ou panse ke li sonen bèl kounye a, epi beni kè ou jis li site sa yo, jis tann jiskaske ou tande Vwa Bondye a di yo nan bouch ou nan zòrèy dimanch sa a nan 12:00 P.M., lè Jeffersonville, lè nou tande: 65-0718E Manje espirityèl nan sezon.

Nou envite w vin jwenn nou. Si ou pa kapab, PEZE Jwe nan nenpòt lè, nenpòt mesaj, nenpòt kote, epi pou ou ta tande mesaje Bondye a pote mesaj Bondye a pou ou.

Frè. Jozèf Branham.

Se konsa, se jodi a, ke Pen ki bay lavi a ke timoun yo manje sou, swiv Mesaj Bondye a, pou soutni yo pandan tan sechrès la.

Ekriti yo pou li
1 Wa 17:1-7
Amòs 3:7
Joel 2:28
Malachi 4:4
Lik 17:30
Sen Jan 14:12

23-0101 Eseye Rann Bondye Sèvis San Se Pa Volonte Bondye

Mesagj: 65-0718m Eseye Rann Bondye Sèvis San Se Pa Volonte Bondye

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Chè Lamarye Tè pwomès la,

Kisa ki pral fèt Nouvèl Ane sa a? ?

Lamarye a fè tèt li pare pandan li rete ak Pawòl la. Nou te pran Kominyon an, aplike Siy la nan kay nou an, epi sele tèt nou ak vrè Pawòl ki jistifye. Nou pa fè konpwomi, men nou kenbe tèt nou vyèj pou vrè Vwa Bondye a.

Ala bèl tan n ap viv la. Se yon tan ke tout pwofèt yo te anvi wè; lè sa a menm. Nou konnen pa nati Legliz la ap pare pou l ale. Dènye èdtan yo kwense yo ap apwoche epi nou ap nou va byen vit nan Letènite. Nou dwe rete nan liy lan epi kenbe je nou sou chemen Bondye bay pou epòk nou an: Pawòl li a, pwofèt li a, ki se Pawòl pou epòk nou an.

Ki jan li te mennen Kris la isit la? Pa Pawòl pwofèt yo. Eske se vre? Ki jan li pral mennen Lamarye l la isit la? Pa Pawòl pwofèt yo.

Kisa ki ka fèt? Kisa ki pou fèt ? Li te di nou sa nou dwe fè: konsilte pwofèt la, Bib la, kote nou pa ka ajoute oswa pran nan li. Si nou fè sa, Bondye pran nou nan Liv Lavi a.

Lè a twò ta, nou dwe nan Volonte pafè Li pou nou lepouz Li. Nou pa janm vle fè Bondye yon sèvis san se pa Volonte li, kèlkeswa jan li sanble bon. Bondye te fè yon pwomès ki jan li ta pral fè li jodi a. Bondye te di li isit la nan Pawòl Li a, ki jan li ta fè li.

Ki jan li pral pran lamarye li a? Pa Pawòl la; pa pa yon nouvo charyo, pa pa lide kèk teyolojyen. Men, dapre Pawòl Li a, Li pral idantifye Li. Pa mete yon sèl bagay nan Li oswa pran yon sèl bagay nan Li kounye a. Kite li jan li ye a. Wè?

Pou kèk moun, li ka tèlman trouble l paske gen anpil pwofèt ki wen k ap di ki men volonte Senyè a pou jodi a. Yo di: “Li pa bon pou jwe kasèt nan legliz la, Frè Branham pa t janm di sa. Ministè a pi enpòtan kounye a, e se fason Bondye bay jodi a. Rete ak pastè ou.

Se konsa, li oke pou ou tande kasèt yo, men se pa nan legliz la? Nou pa dwe kwè tout Pawòl ki sou kasèt yo, jis sa Lespri Sen an di nou ki sa ki Pawòl la e ki pa ye? Koute ministè a pral pafè Lepouz ? Si mwen pa rete ak pastè mwen mwen pa ka lepouz? Si mwen jis jwe kasèt yo, mwen soti nan volonte Bondye pafè a?

Chak kwayan vle fè sa ki kòrèk epi yo dwe nan volonte pafè Bondye a. Pa gen moun ki vle fè sa ki mal oswa ki vle nan Volonte toleran li. Dwe gen yon fason ki kòrèk e ki kòrèk.

Ki minis nou dwe koute… yo tout? Èske nou dwe tcheke sa yo di se Pawòl la lè nou ale lakay nou nan koute kasèt yo, oswa nou ta dwe jis pran pawòl yo la pito? Ki sa ki Absoli a lè sa a, pawòl pastè nou an, oswa sa Frè Branham te di sou kasèt?

Yo dwe preche Pawòl la, amèn. Yo dwe kenbe Pawòl la devan pèp la, amèn. Men, yo pa dwe pran plas pwofèt Bondye a. Yo pa pi enpòtan pase Vwa Bondye ki kalifye a. Yo ka SÈLMAN DI SA KI SOU BAND YO. Sa se absoli lepouz la.

Ou Gen senk don ou yo. Li dwe konsa. Tan li a, sezon li a, lè li te di li t ap rive; ak nonm li te chwazi a; epi li dwe vini nan pwofèt la; epi pwofèt la dwe yon pwofèt ki konfime.

Mwen pa ap eseye kondane ministè a oswa di yo pa gen yon kote, Bondye padon. Mwen jis di, jwe Vwa Bondye a sou kasèt yo bay pèp la se bagay ki pi enpòtan minist yo dwe fè. Nenpòt bagay mwen di, oswa yon minis di, oswa menm yon manm pwofàn di, dwe pawòl pou mo sa pwofèt Bondye a te di.

Mwen rayi lè ou fache sou mwen epi ou panse mwen kont pastè ou a, se pa sa ki nan kè mwen. Mwen jis vle Lepouz la ini ansanm ak on SÈL bagay nou ka ini alantou li , MESAJ SA.

Nan moman divizyon saa , konfizyon, diferans ant pèp la, mwen kwè Mesaj sa a nou pral tande dimanch la se youn nan Mesaj ki pi enpòtan pou epòk nou an.

Ann ouvri kè nou epi wè sa Bondye ap di legliz la, moun ki sou kasèt yo, ak moun ki sou koneksyon yo atravè tout nasyon yo.

Anvan nou ka antre nan Latè pwomès la, gen yon bagay nou dwe fè. Vwa Bondye a vle nou koute l vrèman byen epi pou nou pa manke konprann sa l ap di a.

Li te di menm jan ak lè Moyiz t ap pale ak pèp Izrayèl la, apre li te vin konfime pa Bondye ak kolòn dife a, e li te konnen li te sèvitè Bondye pou mennen yo deyò. Men, anvan yo te antre nan peyi a, li te di yo: “Mwen rele syèl la ak tè a pou yo temwen kont nou, pa ajoute yon sèl bagay nan sa m te di a, oswa pa retire yon sèl Pawòl nan li.

Se konsa, mwen di, nan non Jezikri: pa ajoute yon sèl bagay, pa pran, mete pwòp lide ou nan li, ou jis dwe di sa ki di sou kasèt sa yo, ou jis dwe fè egzakteman sa Senyè Bondye a bay . kòmande pou fè; pa ajoute li!

Sa se SENYÈ nou BONDYE ki komande nou ke nou ka SELMAN DI SA YO DI SOU BAND YO. Nou pa ka ajoute, retire, mete lide nou, panse nou, oswa entèpretasyon nou nan li. Jis di sa ki di sou kasèt yo.

Si w kwè pawòl sa pwofèt Bondye ki konfime a di yo se verite, alò ki jan klike Lekti a pa kapab bagay ki pi enpòtan Lepouz la ka fè?

Ki jan li te idantifye li lè li te vini? Pa yon nonm ki gen lespri Eli sou li, soti nan dezè a. Ki jan li pral idantifye Lamarye li a? Li te pwomèt nan Malachi 4 menm bagay la, anvan li te detwi tè a, tankou sa te ye nan epòk Sodòm.

Chè Lamarye Tè Pwomès la, ou gen VRÈ REVELASYON an. Ou nan volonte pafè Bondye. Ou te rekonèt ki moun ou ye. Ou nan pwogram Bondye a lè w peze Jwe a. Ou se Pawòl la. Ou fè pati Lepou a. GLWA!!!

Ala yon fason yon fason nou kòmanse Nouvèl Ane sa a. Lamarye a ini ansanm, swiv kòmandman Bondye a pa, peze jwe a.

Vin prepare tèt ou pou anlèvman la avèk nou Dimanch a 12:00 P.M., lè Jeffersonville, jan nou tande: 65-0718M “Eseye Fè pou Bondye Yon Sèvis San Se pa Volonte Bondye.

Frè. Joseph Branham

Ekriti pou nou li avan nou tande mesaj la:

Detewonòm 4:1-4 / 4:25-26
1 Kwonik 13
1 Kwonik 15:15
Sòm 22
Sen Mak 7:7
Jowèl 2:28
Amòs 3:7
Malachi 3 Sen
Matye 11:1-15 1 Korentyen 13: 1