All posts by admin5

24-1103 Laj Legliz Pègam Lan

Mesagj: 60-1207 Laj Legliz Pègam Lan

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Vyèj e Chas,

Èske nou apresye Sèt Aj Legliz yo? Bondye ap bay Lepouz Li yon revèy kòm jamè. L ap ban nou plis Revelasyon, plis Lafwa, e plis asirans pou nou konnen kiyès nou ye, e sa n ap fè lè nou rete ak Pawòl la, Chemen Li bay pou jodi a.

Kounye a Li di nou: “Apati sèvis Dimanch la, mete panse espirityèl nou. Kite Sentespri a antre ladan L e sezi aplikasyon epirityèl la nan tout sa m pral fè. Se Pawòl Mwen ki vivifye pa Lespri a, ki pwononse pa pwofèt Mwen nan Malachi 4”.

Annou li epi annou kenbe kèk nan Pawòl Li epi annou aplike panse espirityèl nou nan yo.

Bondye te etabli Chèf Li ki ranpli a Lespri pou gwoup Li ki ranpli a Lespri a; anj Li; E L mete sou li on non ki sele, men fò l pa revele li. Fò l kenbe l pou tèt pa l, wè. “ Pèsonn moun konnen sòf li menm.”

Se konsa Bondye bay Lepouz Li yon chèf ki ranpli ak Lespri pou gwoup Li ki ranpli ak Lespri. YON CHÈF, PA PLIZYÈ CHÈF pou gwoup Li ki ranpli ak Lespri.

Li menm kap vini nan mond lan byento, gran anj Limyè a kap vin a nou, kap kondwi nou deyò, on gran Sentespri, kap vin ak pwisans, e kap kondwi nou a Seyè Jezikri a.

Yon gran anj Limyè. Kiyès ki gran anj Limyè a nan dènye laj sa a? William Marrion Branham. Li p ap pale de Sentespri a. Li gentan vini epi li di kiyès k ap vini.

K AP KONDWI NOU DEYÒ. Nou konnen e nou vrèman kwè ke se Sentespri a k ap kondwi nou, men Li klèman plase anj Li e Sentespri a ansanm epi Li di (Sentespri Li) Ke L ap kondwi nou (PA) gran anj Limyè Li a.

Li kontinye atache yo ansanm lè L di:

 Petèt ke l pap konnen,

Li pa di ke Sentespri a p ap konnen kiyès Li ye, men anj mesaje terès Li ke Li chwazi pou KONDWI NOU DEYÒ.

Men lap la, nan jou kap vini yo. Lap fè… Bondye ap fè moun konnen l. Li p ap gen pou fè moun konnen l, Bondye ap fè moun konnen l. Bondye ap pwouve l pou sa yo ki pou Li.

Ankò, Li pa di ke se Sentespri a k ap la YOUN NAN JOU SA YO, men gran anj Limyè Li pou kondwi Lepouz Li.  Li p ap gen pou fè moun konnen l, Bondye ap fè Lepouz Li konnen gran chèf Li pa REVELASYON. 

Èske nou sezi aplikasyon espirityèl la? Èske nou wè kiyès ki anj Limyè a ke Bondye chwazi pou kondwi Lepouz Li? Èske li di la a ke yo pase flanbo a bay lòt chèf?

Ou pap janm viv pi wo ke pastè w. Jis sonje sa a, wè.

Pandan ke lòt moun gendwa pa konprann epi pase nou nan betiz, ala kontan nou kontan epi vrèman rekonesan nou gen Revelasyon an pou di, WILLIAM MARRION BRANHAM SE PASTÈ NOU.

Bon, piske chak mesaj sa yo adrese a “anj” lan (mesaje imen an) se yon gwo responsabilite ak yon bèl privilèj ki tonbe sou li.  

Mesaj la te adrese a anj Li, apresa anj Li transmèt Li bay Lepouz la; pa sèlman a ministè a, men a TOUT LEPOUZ LI epi Li sou bann pou tout moun tande. Nou pa ka ni ajoute ni retire ladann, e Li pa bezwen OKENN ENTÈPRETASYON.

L ap vini byento, e lè L vini, L ap vini a ou anvan, e w ap jije selon Levanjil la ke w preche, e n ap sijè w.” Mwen di: “Ou vle di m responsab yo tout? Li di: “Yo tout. Ou fèt yon lidè.”

Lè gwo jou jijman an ap rive, L ap vin an premye kote anj Limyè Li epi L ap jije l an premye selon levanjil la ke l preche. Nou se SIJÈ LI. Li responsab nou tout paske li se CHÈF la ke Bondye te chwazi a.

Itilize aplikasyon espirityèl nou sou sa. N ap jije sou sa anj Bondye a di. Kidonk, ou vle pran yon chans pou lavi etènèl ou sou sa yon moun di ke LI DI, alò kè nou ka tande l dirèkteman de Limenm? 

Kijan yon moun ka kwè gen YON MINISTÈ PI ENPÒTAN KE SA KI SOU BANN YO. Si nou kwè sa, ou si yo konvenk nou pa rezònman, pito nou retounen nan PAWÒL ORIJINAL la; paske n ap jije pa pawòl yo ki sou bann yo. Rete ak Pawòl la jan L te pwononse.

Men pwofèt sa a pral vini, e menm jan prekursè a nan premye vini an te kriye: “Men Ayo Bondye a, ki retire peche mond lan,” san dout li pral rele: “Men Ayo Bondye a, k ap vini nan laglwa.” L ap fè sa, paske menm jan Jan te mesaje laverite pou eli yo, menm jan sa a se dènye mesaje a pou lepouz ki chwazi epi ki fèt nan Pawòl la.    

Kiyès ki pral prezante nou Seyè Jezi? Gran anj Limyè Li a, William Marrion Branham.

Vini vin yon Epouz Vyèj e Chas avè nou alò ke nou pral tande gwo anj mesaje Li k ap pote nou plis Revelasyon, Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande Mesaj la 60-1207 -“Laj Legliz Pègam Lan”.  

Frè Jozèf Branham

24-1027 Laj Legliz Esmin Lan

Mesagj: 60-1206 Laj Legliz Esmin Lan

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Ki Ranpli Ak Lespri,

Gen yon sèl gwoup moun; yon gwoup moun trè espesyal, ki kapab tande sa Lespri a di nan dènye laj sa a. Se yon gwoup espesyal ki resevwa Revelasyon an pou laj sa a. Gwoup sa a vin de Bondye. Gwoup la ki pa ka tande, li pa vin de Bondye.

Gwoup la ki ka tande e ki tande sa Lespri a di, yo resevwa Vrè Revelasyon an. Se nou ki gen Lespri Bondye a. Se nou ki ne de Bondye e ki batize ak Sentespri a. Nou se Lepouz Li ki ranpli ak Lespri, ki resevwa Revelasyon an pou epòk nou.

Sa sa vle di pou nou pou Peze Jwe? REVELASYON AN! Se tande, resevwa e rete avèk Chemen Bondye bay la pou jodi a. Vwa Bondye menm ki pale ak Lepouz Li de bouch a zorèy. Se Sentespri a k ap pale a kè nou e a nanm nou.

Nou konnen ke Bondye itilize lèzòm wen ak Lespri Li pou pale, men pa gen lòt kote pou tande Men Sa Seyè A Di ke Peze Jwe e tande VWA setyèm anj Li, William Marrion Branham. Se sèl Vwa a ki konfime pa Sentespri a Li menm. Li se Vwa Bondye, pwofèt Bondye, pastè Bondye, pou nou, e pou mond lan.

Lè li pale, nou di AMÈN a chak Pawòl; paske se Bondye Li menm k ap pale avè nou. Pawòl Li se sèl Pawòl ki pa bezwen entèpretasyon. Se Bondye k ap ititlize vwa li pou pale a Lepouz Li.

Se Bondye Li menm k ap di nou,  “Ti pa M yo, se pa nou menm ki chwazi Mwen, men se Mwen menm ki chwazi nou. Avan te gen yon grenn pousyè zetwal, anvan menm ke nou konnen M kòm Bondye nou, M te konnen nou. Nou te nan Panse Mwen, nou te egziste nan Panse etènèl Mwen. Literalman, nou se Epouz Semans Pawòl Mwen ki Pale.

Byen ke nou te nan Panse etènèl Mwen, M pat eksprime nou anvan tan an ke M te deziyen e ke M te dekrete. Paske M te konnen ke NOU t ap gwoup espesyal Mwen ki t ap rete ak Pawòl Mwen. Tout lòt echwe, men M te konnen ke nou pa t ap echwe.

M konnen ke nou pèsekite e ke y ap pase nou nan betiz paske nou rete ak pwofèt Mwen, men nou se vrè Pye Rezen Mwen an ki p at ekate de Pawòl Mwen, e ki rete fidèl e lwayal a pwofèt Mwen ki pwononse Pawòl Mwen.

Gen anpil lòt moun ke yo te anseye fidèlman, men yo pa toujou aprann kijan li nesesè pou yo di sèlman sa Mwen di atravè mesaje Mwen an.” 

Jan nou dwe pran prekosyon pou nou tande YON SÈL vwa, paske Lespri a gen yon sèl vwa ki se vwa Bondye.

Oh, jan li enpòtan pou tande vwa Bondye a atravè mesaje L yo, epi answit di sa yo te ba yo pou yo di legliz yo.

“Pawòl Mwen toujou vin jwenn pwofèt Mwen an, men nan jou sa a, Mwen te anrejistre Vwa Mwen an pou pa ta gen OKENN ERÈ nan sa Mwen di Lepouz la. Gen yon sèl fil a plon, yon sèl mezi, e se Pawòl la ke M te pwononse atravè anj Mwen. Kòm a chak aj, pwofèt Mwen an se Pawòl la pou jou jodi a.”

Bann yo, Vwa Li, se yon lèt lanmou pou nou. Alò ke ènmi an ap frape nou san rete atravè eprèv nou yo ak tribilasyon e soufrans nou yo, Li te voye pwisan anj Li a pou di nou ke se pa lòt bagay ke lanmou Bondye chwazi  pou nou, ki pwouve nou ke Li chwazi nou paske nou pa t ap bouje. 

Gwo objektif Li se apre ke nou fin soufri pandan yon ti tan, Li t ap fè nou pafè, Li t ap etabli nou e fòtifye nou. Li di nou ke menm Seyè Jezi nou an te pafè grasa soufrans Li. Ala yon benediksyon Li kite pou nou. Paske grasa soufrans nou, Li t ap mennen nou nan pèfeksyon tou.

Li bati karaktè nou atravè eprèv ak tribilasyon nou yo. Paske nou pa ka fòme karaktè nou san soufrans. Kidonk, soufrans nou yo, se yon VIKTWA pou nou, e pa yon don.

Kijan nou ka pwouve lanmou nou pou Li?

  • Kwè sa Li di.
  • Rete ak Pawòl Li.
  • Kondwi tèt nou ak lajwa atravè eprèv ak tribilasyon nou yo ke Li pèmèt nan sajès Li.

 Jan Li leve lespri nou lè nou tande Pawòl Li. Vwa Li rekonfòte nanm nou. Lè nou Peze Jwe e nou tande L k ap pale, tout chay nou yo leve. Nou pa ka menm kòmanse imajine ki trezò ki rezève pou nou atravè tout tribilasyon nou yo.

Oh, Epouz Jezikri, jan mwen kontan m se Youn Nan Yo avèk nou chak. Ala yon jwa ki ranpli kè mwen pou m konnen ke Li ban nou yon Revelasyon Pawòl Li. Alò ke L di nou ke l ap tèlman pre ke l ta sedwi menm eli yo si l te posib, Li ban nou VRÈ REVELASYON an.  

Vini, antre nan Lespri a avè nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande Pawòl pafè a: 60-1206 – Laj Legliz Esmin Lan.

Frè Jozèf Branham

24-1020 Laj Legliz Efèz La

Mesagj: 60-1205 Laj Legliz Efèz La

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Vrè Epouz,

Ala yon bèl moman n ap viv alò ke Vi L ap koule epi ap bat anndan nou e atravè nou, ap ban nou lavi. San Li, pa t ap gen lavi. Pawòl Li se souf nou.

Nan gwo jou tenèb sa a, nou se denyè gwoup Li aj sa a ki leve; vrè Epouz Li nan dènye jou a k ap sèlman tande Espri a, Vwa Bondye a pou epòk nou.

Jan nou renmen tande L k ap di nou: “Pou Mwen menm, nou tankou lò pi a ki bat. Jistis nou se jistis Mwen. Atribi nou se atribi glwa Mwen. Nou se Vrè Epouz Mwen ki bèl.”

Alò ke batay nou yo sanble ap vin pi rèd chak semèn, nou jis Peze Jwe pou tande L k ap pale avè nou dousman epi di nou: “Pa enkyete nou, nou diy levanjil Mwen. Nou se yon objè de bote ak lajwa. M renmen wè nou k ap kale ènmi an pa eprèv nou yo e tès lavi sa a.”

Mwen wè travay lanmou nou; se gwo apèl nou pou nou sèvi Mwen. M te konnen anvan fondasyon mond lan ke nou t ap rekonèt pwisan anj Mwen ke M voye pou reprezante Vwa Mwen pou nou; jan nou pa t ap sedwi lè lou mechan yo vin eseye pretann gen yon revelasyon egal. Nou p ap ekate de Pawòl Mwen, pa yon sèl moman, PA YON SÈL IOTA. N ap rete avèk Pawòl Mwen, Vwa Mwen.

N ap wè, alò ke M ap revele nou Pawòl Mwen an, jan Vrè Pye Rezen an e fo pye rezen an ki te kòmanse nan Jaden Edenn lan pouse ansanm atravè laj yo.

Sa ki te kòmanse nan premye legliz la ta pral kontinye pandan tout laj yo. Ki jan nan premye aj legliz la, fo pye rezen Satan t ap kòmanse fofile, epi konkeri layik yo grasa lespri nikolayit li a. Men jan M renmen ke se nou menm sèlman, Epouz Mwen ke M chwazi a, ki p ap sedwi. 

Semèn sa a, M pral kristalize Pawòl Mwen an nan nou, M pral revele nou gwo mistè semans sèpan an. M pral revele nou nan tout detay sa ki te pase nan jaden Edenn nan; ki jan Satan te mele nan ras imen an. 

Sa pral yon panse eksitan lè n ap rekonèt ke Mwen menm, Pyebwa Lavi a nan Jaden Edenn nan, ke nou p at ka pwoche jiska kounye a poutèt chit Adan an, li pou nou kounye a, moun Mwen yo ki genyen batay la.

Sa a pral rekonpans nou. M ap ban nou privilèj paradi Bondye a; yon kominyon konstan avè M. Nou p ap janm separe avè M. Kote M pral, ou menm, Epouz Mwen, ou prale. Sa ki pou Mwen, M ap pataje l avè w, byenneme Mwen.

Jan kè nou anbale pandan ke n ap li pawòl sa yo. Nou konnen ke akonplisman pwomès Li yo ap pwoche byen vit, e nou pa ka tann. Annou fè vit obeyi Pawòl Li epi pwouve konsa ke nou diy pou pataje glwa Li.

M ta renmen fè nou siy pou vin jwenn nou alò ke n ap kontinye gwo etid nou sou Sèt Aj Legliz yo, kote Bondye ap revele Pawòl Li ba nou atravè chemen Li bay la, setyèm anj mesaje Li.

Frè Jozèf Branham

Dimanch midi, lè Jeffersonville.

60-1205 Laj Legliz Efèz La

24-1013 Vizyon Patmòs la

Mesagj: 60-1204E Vizyon Patmòs La

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Epouz Pawòl Pafè,

Ki sa k ap pase nan mitan Lepouz la atravè mond lan? N ap antre nan Lespri a, n ap leve epi n ap rele: “Glwa! Alelouya! Lwe Seyè a!” Bondye ap transpòte nou epi L ap revele Pawòl Li bay Lepouz Li.

Bagay ke nou li e tande pandan tout vi nou ap manifeste kounye a. Yon gwo aksyon ap fèt kounye a. Nou eklere pa Pawòl la jan l pat janm fèt.

Nou santi l nan fon nanm nou. Yon bagay diferan, yon bagay ap fèt. Nou santi Sentespri a k ap wen nou, k ap ranpli kè nou e lespri nou ak Pawòl Li.

Nou ka tande L k ap pale avè nou: m konnen ènmi an ap goumen avè nou jan l pat janm fèt, men nou pa bezwen pè ti pa m yo, NOU SE PA M. M ba nou lanmou Mwen, kouraj Mwen ak kapasite Mwen. Jis pwononse Pawòl la, e M ap akonpli l. Mwen toujou avè nou. 

Nan gwo etid nou an sou Revelasyon Jezikri a, chak semèn nou gen gwo atant sou sa Li pral revele answit. Pawòl Li se sèl refij nou, sèl pè nou e sèl rekonfò nou. Nou tande avèk anpil atansyon ankò e ankò e ankò. Chak paragraf ke nou li, nou vle rele byen fò alò ke Pawòl la ap dewoule devan je nou. Lafwa Anlèvman an ap vini sou Lepouz la, L ap ranpli nanm nou. 

Imajine, pa gen okenn lòt kote nan mond lan nou ka ale, men jis la a nan pwent dwèt nou, pou tande Vwa Bondye a k ap pale avè nou epi k ap revele nou Pawòl Li.

Ki jan Bondye te retire vwal la, te rale li, epi L te kite Jan gade anndan an epi wè sa chak aj legliz ta pral fè, epi li ekri L nan yon Liv epi li voye L ban nou. Apresa, lè tan an te akonpli, Bondye voye nou setyèm anj pwisan Li pou pwononse Li, epi pou revele sa tout Sa vle di.

Jan ekri sa l te wè, men li pa t konnen sans lan. Jezi pa t menm konnen l lè L te isit la sou tè a. Pa gen moun atravè laj yo ki te konnen, jiska jodi a, moman sa a, pèp sa a, NOU MENM, Epouz Li.

Li revele nou ke sèt lanp sa yo t ap tire lavi ak limyè yo nan vaz prensipal sa a. Li di nou ki jan chak nan yo te gen mèch yo tranple ladan l. Mesaje chak aj legliz te anflame ak Sentespri a, e mèch li te benyen nan Kris, li t ap rale lavi Kris la menm epi li t ap pote Limyè a bay legliz la. E kounye a, mesaje dènye jou nou an, pi gran nan tout mesaje yo, te manifeste menm lavi a e menm Limyè pa yon lavi ke te kache nan Bondye avèk Kris.

Epi anj pwisan nou di nou ke non sèlman chak mesaje te reprezante la a, MEN NOU MENM TOU, vrè kwayan Bondye. Nou chak reprezante tou yon jan dramatik la a. Nou chak ap tire nan menm sous ak mesaje yo. Nou tout te plonje nan menm vaz la. Nou mouri a nou menm e lavi NOU kache avèk epi nan Jezikri Seyè nou.

Jan li ankouraje nou lè li di ke pèsonn pa ka rache nou nan men Bondye. Yo pa ka manyen vi nou. Lavi vizib nou an ap boule epi ap klere, li bay limyè ak manifestasyon Sentespri a. Lavi anndan nou, envizib, kache nan Bondye epi li nouri pa Pawòl Seyè a. 

Konba yo vyolan. Lènmi an move kòm jamè, li fè tout sa l kapab pou dekouraje nou, bat nou, men l pa ka fè sa. Bondye Li menm ap pale avè nou nan bouch moun epi Li di nou, NOU SE LEPOUZ LI, SA KE LI CHWAZI, e SA kale dyab la TOUT TAN.

Seyè Pafè nou an, ki pwononse Pawòl Pafè Li, k ap bay Lapè Pafè, a Epouz Li ki Pafè.

Kòm toujou, nou envite mond lan vin tranpe mèch yo nan VAZ PRENSIPAL la, Mesaj sa a, ki te sere epi konsève pou Epouz la. Nou pral kriye e nou pral rele a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande Vwa Bondye ki pral pale e ki pral revele sa ki te pase nan: Vizyon Patmòs La 60-1204E.

Frè Jozèf Branham

24-1006 Revelasyon Jezikri

Mesagj: 60-1204M Revelasyon Jezikri

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lame envizib Bondye,

Nou se moun ke Papa a te chwazi e a kiyès Li bay VRÈ REVELASYON Tèt Li; Sèl e inik VRÈ LEGLIZ Li. Sa yo ke Li chwazi pou akonpli PI GWO ZÈV Li yo. Paske gras a Lespri Li, nou ka disène epi ka reziste a lespri antikristyanism Satan an. Li ENPWISAN devan NOU, paske nou se Lame Envizib Li.

Satan rayi tout revelasyon, MEN NOU RENMEN SA; paske nou se moun ki renmen Pawòl Bondye ki revele a. Avèk vrè Revelasyon Li nan lavi nou, pòt lanfè yo pa ka domine sou nou; nou domine sou lènmi an. Chak dyab anba pye nou. Nou fè Youn avè L e nou ka pwononse Pawòl la, nou se Pawòl Li. 

Seyè a mete nan kè m pou nou etidye e nou tande Sèt Laj Legliz yo. Se pral Semèn memorab pou nou chak. Li pral revele Pawòl Li ba nou jan L pat janm fèt, pa pwisans dominan Li.

Kounye a se moman an. Kounye a se sezon an, Li pral vivifye nou, ankouraje nou, lè Li ban nou Estimilsayon pa Revelsayon, e Sa pral anflame nanm nou!  

Revelasyon Jezikri a se yon Liv pwofetik ki ka konprann sèlman pa yon sèten kategori moun ki gen yon vizyon pwofetik, NOU MENM, Lepouz Li. Sa mande VRÈ Revelasyon pou konnen ke n ap li e n ap tande Vwa Bondye a ki soti de anj mesaje Li ke L chwazi, k ap ban nou yon ansèyman sinatirèl.

Se Revelasyon Jezikri ke yo te bay Jan pou Kretyen tout laj yo. Se sèl liv nan tout Bib la ki te ekri pa Jezi Limenm, ki parèt pèsonèlman devan yon ekriven.

Apokalips 1:1-2: “Men revelasyon Bondye te bay Jezikri pou l’ te fè sèvitè l’ yo konnen sa ki gen pou rive anvan lontan. Se Kris la menm ki voye zanj li bò kot Jan, sèvitè l’ la, pou fè l’ konnen tout bagay sa yo. Se menm Jan sa a k’ap rakonte tou sa li te wè. 

 Liv Apokalips la se panse Bondye menm ki ekri pa Bondye Li menm. Men Li fè sèvitè L Jan konnen atravè anj Li. Jan p at konn siyifikasyon L; li jis ekri sa l te wè e sa l te tande.

Men jodi a, Bondye voye pwisan anj Li sou latè a pou revele Gwo Revelasyon sa a bay Lepouz Li, pou nou ka li e tande sa k te pase nan tout laj legliz yo. Nou ka wè ti twoupo Li a ki te rete fidèl avèk Pawòl la nan chak laj. 

Bondye pale atravè anj Li epi Li di ke nan dènye jou sa yo, lè Vwa mesaje setyèm aj legliz Li pral kòmanse sonnen, Li pral revele mistè Bondye yo jan yo te revele a Pòl. Moun ki pral resevwa pwofèt sa a nan pwòp non l pral resevwa efè byenfè nan ministè pwofèt sa a.   

Glwa, nou se Lepouz Bondye ki Peze Jwe epi ki te resevwa pwofèt sa a nan pwòp non l, epi k ap resevwa efè byenfè yo. Nou kwè ke se Vwa Bondye k ap pale epi k ap kondwi Lepouz Li.   

Oh Legliz, sa nou pral li epi tande nan semèn k ap vini yo. Pou Li menm, nou se pa L, ki tankou lò PI. Sa Li ye, se sa nou ye. Nou se Vrè Pye rezen Li. Nou kale. Nou vin pafè, etabli e vin pi fò. Li chwazi nou pa lanmou selektif Li. Pa gen anyen pou nou pè. Nou se gwoup ki te tande mesaje a ak Mesaj li epi nou pran Li epi nou viv Li.

Chak semèn nou pral di: “Èske kè nou pa boule andedan nou alò ke L ap ale avè nou epi L ap revele nou Pawòl Li a sou chemen an”.

Si nou vle santi onksyon Sentespri Li, resevwa plis Revelasyon Pawòl Bondye a, epi nou vle chita nan prezans Pitit la epi vin mi, epi resevwa Lafwa pou Anlèvman an, vin jwenn nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap kòmanse gwo etid nou an sou: Revelasyon Jezikri 60-1204M

Frè Jozèf Branham

M ta renmen ankouraje nou pou nou tande, oubyen li, chak semèn chapit Liv Laj Legliz la ke nou te tande chak Dimanch. 

24-0929 Kle Pou Pòt La

Mesagj: 62-1007 Kle Pou Pòt La

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Moun Ki Gen Kle Lafwa,

 “M se Pòt patiraj la. Se Mwen menm ki Chemen an, sèl Chemen an, Verite a, epi Lavi, e pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan Mwen. Se Mwen menm ki Pòt tout bagay, e lafwa se kle ki louvri Pòt la pou nou ka antre.”

Gen yon sèl men ki ka kenbe kle sa a, e se men LAFWA a. LAFWA se sèl kle ki louvri tout pwomès Bondye yo. Lè zèv li akonpli, LAFWA louvri tout pòt tout trezò ki genyen anndan Wayòm Bondye a. LAFWA se gwo Kle paspatou ki louvri TOUT PÒT POU LEPOUZ LI e nou kenbe kle sa a nan MEN LAFWA nou.

Kle lafwa sa a nan kè nou, e nou di: “Se Pawòl Bondye; Se pwomès Bondye pou nou, e nou gen kle a”. Alò, avèk chak tikras lafwa nou genyen, san doute yon segonn, nou louvri chak pòt ki kanpe ant nou menn e benediksyon Bondye gen pou nou. Li kalme vyolans dife a. Li debloke gerizon malad yo. Li debloke sali nou. Nou rive nan Pòt la e kèlkeswa sa nou fè an pawòl ou an aksyon, nou fè tout bagay nan Non Li, paske nou konnen ke nou gen kle lafwa a; e se yon kle ki fèt selon Lekriti.

Sa pa deranje m sa lòt moun panse, gen yon bagay ki sèten: Bondye rele NOU, Li predestine NOU, Li revele nou Pawòl Li, Li di nou kiyès nou ye, e nou detèmine pou swiv Pawòl Li, paske Li rele nou pou nou vin Lepouz Li.

Papa te kenbe sèt zetwal Li yo, sèt mesaje Li yo, pou sèt laj yo nan men Li. Li kenbe yo nan men Li, kidonk yo asosye avèk pwisans Li. Se sa men an vle di. Li vle di pwisans Bondye a! Epi otorite Bondye.

Nou kenbe Pawòl Li nan men Lafwa nou, ki vle di ke pwisans lan ak otorite Bondye nan MEN NOU e Li ban nou KLE a pou nou louvri tout pòt pou tout sa nou bezwen. Se Kle Paspatou a ki pral louvri TOUT PÒT.

M konnen kounye a poukisa Bondye ban nou 5 dwèt nan chak men; pa 4, pa 6, men 5, kidonk chak fwa nou gade men nou n ap sonje, nou gen LAFWA pou debloke chak pòt.

Se yon siy etènèl pou ras imen an pou nou pa janm bliye; toujou sonje epi pran kouraj, nou kenbe LAFWA sa a nan men nou. E L ap elve lafwa nou ki tankou yon grenn moutad epi Li pral ban nou GWO LAFWA LI NAN PAWÒL ENFAYIB ETÈNÈL LI KI PA JANM KA ECHE!!!

Nou ka leve bra nou vè Syèl la, ekate 5 dwèt nou sou chak men epi di Li:  “Papa, nou kwè e nou gen LAFWA nan chak Pawòl Ou pwononse. Se Pwomès Ou, Pawòl Ou, e Ou pral ban nou LAFWA KE NOU BEZWEN AN si nou jis kwè…e nou KWÈ.”

Kòm nou p ap gen sèvis Kominyon an anvan Dimanch swa, m ta renmen ankouraje nou pou nou chwazi yon Mesaj pou nou tande avèk Legliz nou, fanmi, ou poukont nou, Dimanch maten, nan yon lè ki bon pou nou. An verite pa gen meyè fason pou evalye Lafwa nou pase lè nou tande Pawòl la; paske LAFWA vini de sa nou tande, lè nou tande Pawòl la, e Pawòl la vin a pwofèt la. 

Alò annou tout ini ansanm a 5:00pm (lè lokal nou) pou tande Mesaj la, 62-1007 Kle Pou Pòt La. Jan sa te anonse, m ta renmen fè sa yon Sèvis Kominyon Espesyal, ki pral jwe sou Radyo Vwa a 5:00pm (lè Jeffersonville). Nou ka telechaje epi jwe sèvis la an Anglè oubyen nan lòt lang lè nou klike la a: KLIKE ISIT.

Kòm pou lòt sèvis Kominyon Lakay yo ke nou te fè lontan, nan fen bann lan Frè Branham pral priye pou pen an epi diven an. Pral gen mizik pyano pandan plizyè minit pou nou ka konplete pati Kominyon an nan sèvis la. Apresa, Frè Branham pral li Ekriti a ki gen rapò avèk lavman pye yo, epi Kantik Levanjil pral swiv lekti li pandan plizyè minit, pou nou ka konplete pati sèvis lavman pye yo.

Ala yon privilèj nou genyen pou nou envite Seyè Jezi nou pou soupe avèk nou chak lakay nou, ou kèlkeswa kote nou ye. Priye pou mwen lè n ap pale avè L, alò ke m pral sètènman priye pou nou.

Ke Bondye beni nou,

Frè Jozèf Branham

24-0922 Edenn Satan

Mesagj: 65-0829 Edenn Satan

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Atribi Bondye,

Nou se atribi Papa Selès la menm; paske nou te nan Li nan kòmansman an. Nou pa sonje l kounye a, men nou te la avè L, e L te konnen nou. Li te tèlman renmen nou ke Li enkane nou, pou L te ka kontakte nou, pale avè nou, renmen nou, menm ban nou lenmen.

Men Satan vini epi li pèvèti Pawòl orijinal la, Wayom Li, epi plan L pou nou. Li manipile lèzòm e fanm yo epi li reyisi pèvèti epi domine mond sa n ap viv la. Li fè latè vin tounen wayòm li, jaden Edenn li.

Se lè a ki bay pis manti epi ki pi trèt ki te janm egziste. Dyab la te tann chak pyèj mètdam ke l te kapab; paske se li ki pi gwo blofè. Kretyen an dwe plis sou gad li jodi a ke l te janm ye nan nenpòt aj.

Men an menm tan, se aj ki pi gloriye nan tout laj yo, paske n ap fè fas a gran Milenyòm nan. Jaden Edenn nou ap vini byento, kote n ap gen lanmou pafè epi konpreyansyon pafè lanmou Bondye a. N ap vivan epi an sekirite avè L nan Edenn nou pandan tout Letènite.

Jezi te di nou, nan Matye 24, kijan nou dwe fè atansyon nan jou jodi a. Li te avèti nou ke sa t ap jou ki pi twonpè ki te janm egziste, “tèlman pwòch ke li t ap sedwi menm Elu Bondye a si sa te posib”; paske riz dyab la pral fè moun yo kwè ke yo se Kretyen alòske yo pa sa.

Men aj sa a t ap pwodui tou Epouz Pawòl pi li ki pa t ap, epi ki pa t ap ka sedwi; paske yo t ap rete fidèl avèk Pawòl orijinal Li.

Tankou Jozye ak Kalèb, Latè pwomiz nou an ap kòmanse parèt menm jan l te ye pou yo. Pwofèt nou an di ke Jozye vle di “Jewova-Sovè”. Li te reprezante lidè tan lafen an ki pral vini pou legliz la, men jan Pòl te vini kòm lidè orijinal la. 

Kalèb te reprezante sa yo ki te rete fidèl a Jozye. Tankou pitit Izrayèl yo, Bondye te fè yo kòm yon vyèj avèk Pawòl Li; men yo te vle yon bagay diferan. Pwofèt nou an di “menm jan ak legliz dènye jou sa a.” Alò, Bondye pat kite Izrayèl antre nan tè pwomiz la anvan moman an ke L te prevwa.

Moun yo te mete presyon sou Jozye, lidè ke Bondye te ba yo, epi yo di: “Tè a pou nou, ann al pran li. Jozye, ou fini, genlè ou pèdi komisyon w. Ou pa gen pwisans ke w te genyen anvan. Ou te konn tande Bondye epi konn volonte Bondye, epi aji byen vit. Gen yon bagay ki pa mache avè w.”

Jozye se te pwofèt ke Bondye te voye, e li te konn pwomès Bondye yo. Pwofèt nou an te di nou:

“Bondye te konfye tout lidèchip nan men Jozye paske l te rete avèk Pawòl la. Bondye te ka fè Jozye konfyans, men pa lòt yo. Alò sa pral repete nan fen jou sa a. Menm pwoblèm nan , menm presyon yo”.

Menm jan Bondye te fè avèk Jozye, Li konfye TOUT LIDÈCHIP nan men pwofèt anj Li, William Marrion Branham; paske L te konnen ke L te ka fè l konfyans, men pa lòt yo. Fòk te gen yon Sèl Vwa, yon Sèl Lidè, yon Sèl Pawòl final, anvan, e KOUNYE A.

M renmen jan pwofèt la di nou ke pral gen dè milye e dè milye moun ki pral tande bann yo. Li di ke bann yo SE YON MINISTÈ. Pral gen kèk nan nou ki pral glise nan kay ak legliz avèk yon bann (ministè li) pou ranmase Semans Bondye predestine a.

Lè n ap retounen epi n ap di: Seyè, nou obeyi lòd Ou yo, epi gen moun ke nou jwenn lè nou te jwe bann yo, ki te kwè. Kounye a nou preche sa, atravè mond lan, èske W ap onore sa?

L ap di: “Se sa M te voye nou fè.”

Bondye pral onore sa. Kay nou p ap janm tonbe. Lè Bondye pral bay siyal la pou detwi tout bagay la, tout fanmi nou, tout byen nou pral an sekirite lakay nou. Nou ka rete la. Nou pa bezwen gade nan fenèt la, jis Peze Jwe pandan ke batay la ap fèt.

Mwen jwenn pawòl ou yo e mwen manje yo epi pawòl ou yo te fè lajwa e te fè kè m kontan:  paske non w envoke sou mwen, Letènèl, Dye lame.

Mwen envite nou vin jwenn nou alò ke n ap devore ministè fen tan an, gwon ministè Bondye ki vivan an, Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande tout bagay sou: Edenn Satan 65-0829.  

Ke nou viv jouk Vini Seyè a, si sa posib. Se pou nou fè tout sa ki nan pouvwa nou, ak lanmou ak konpreyansyon, pou n konprann ke Bondye ap chache toupatou nan mond lan, jodi a, pou jwenn tout brebi ki pèdi. E ke nou pale avèk yo ak pawòl ki asezonnen ak lapriyè ak lanmou ak Pawòl Bondye a, pou ke nou ka jwenn dènye sa a, pou nou ka ale Lakay nou, epi soti nan vye Eden Satan isi ba a, Seyè.  

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:

2 Timote 3:1-9

Apokalips 3:14

2 Tesalonik 2:1-4

Ezayi 14:12-14

Matye 24:24

24-0915 Filtè Yon Nonm Ki Reflechi

Mesagj: 65-0822e Filtè Yon Nonm Ki Reflechi

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Madanm Jezikri,

Lespri Bondye vivan an, ap soufle sou nou. Pèmèt nou pran Filtè W epi viv anba L, Seyè. Respire lè frè Sentespri a nan poumon nou yo epi nan nanm nou chak jou. Nou ka viv sèlman pa Pawòl Ou; chak Pawòl ki soti nan bouch Ou pou laj sa a ke n ap viv ladann.

Nou goute nan bagay Ou ki sot nan Syèl la; e nou gen Pawòl Ou nan kè nou. Nou wè Pawòl Ou ki manifeste devan nou, e tout nanm nou anvlope Ladann. Mond sa a ak tout bagay ki nan Lemonn mouri pou nou.

Nou se jèm semans Pawòl Ou ki te nan Ou depi nan kòmansman an, nou kanpe la a, ap pwize semans Lavi W. Semans Ou nan kè nou, pa presyans Ou. Ou predestine nou pou pwize okenn lòt bagay, ke Pawòl Ou, Vwa W, sou bann yo.

Laj je yo rive; pa rete lòt bagay ke Vini W pou Lepouz Ou. Filtè nou se Pawòl Ou, Malachi 4, Ensi Di Seyè A.

Kite nou plante Pawòl Ou nan kè nou, epi pran rezolisyon pou nou pa detounen ni a dwat ni a gòch, men n ap viv fidèl anvè Li chak jou nan vi nou. Papa, voye sou nou Sentespri Lavi a, epi vivifye Pawòl Ou pou nou, pou nou ka manifeste W.

Dezi kè nou se pou nou de vrè pitit gason ak pitit fi pou Ou. Nou chita nan prezans Vwa W, n ap muri, n ap prepare tèt nou pou Soupe Nòs nou an avè W ki byento.

Nasyon yo ap kraze. Mond lan ap dechire. Tranblemanntè ap souke Kalifòni jou Ou di nou li. Nou konnen ke trè byento on gow mòso longè mil katsan kilomèt, epi yon lajè katsan katreven a sis san karant kilomèt, pral koule, petèt a yon pwofondè swasant-senk kilomèt nan gwo fay sa a lòt bò a. Vag pral pwopaje jiske nan eta Kentucky, e lè sa a, li pral souke mond lan tèlman fò ke tout bagay sou sifas li pral tonbe.

Dènye avètisman W lanse. Mond lan nan dezòd total, men pandan tout tan sa a Lepouz Ou ap repoze sou Ou menm ak Pawòl Ou, nou chita ansanm nan lye selès alò ke W ap pale avè nou, epi W ap konsole nou sou wout la.

Jan nou rekonesan, Papa, dèske nou ka tou senpleman  “Peze Jwe” epi tande Vwa W k ap pale avè nou, k ap ankouraje nou epi ap di nou:

Pa pè, ti Twoupo. Tout sa Mwen ye, nou se eritye l. Tout pouvwa Mwen pou nou. Tout pwisans Mwen pou nou alò ke Mwen kanpe nan mitan nou. M pa vin pote lakrent avèk echèk, men lanmou ak kouraj epi kapasite. Yo ban Mwen tout pouvwa e se nou menm ki pou itilize l. Pwononse Pawòl la epi M ap akonpli l. Sa se alyans Mwen e l pap janm echwe.”

Oh Papa, nou pa bezwen pè ANYEN. Ou ban nou lanmou W, kouraj, e kapasite. Pawòl Ou nan nou pou nou itilize L lè nou bezwen L. Nou pwononse L, epi W ap akonpli L. Se alyans Ou, e L pap JANM ECHWE.

Mo yon mòtèl pa ka eksprime sa nou resanti, Papa, men nou konnen ke Ou wè nan kè nou e nan nanm nou, paske nou fè pati de Ou.

Jan nou rekonesan dèske Ou bay yon mwayen pou mond lan tande Vwa W nan fen tan sa a. Chak semèn, Ou envite mond lan vin rasanble pou tande anj mesaje W alò ke W ap ban nou Manje Mouton ki te sere pou nou soutni nou jiskaske W tounen vin chache nou.

Nou renmen W Papa.

 Frè Jozèf Branham

Mesaj: 65-0822E Filtè Yon Nonm Ki Reflechi

Lè: midi, lè Jeffersonville

Ekriti: Nonm 19:9 / Efèz 5:22-26

24-0908 Kris Ki Revele Nan Pwòp Pawòl Li

Mesagj: 65-0822M Kris Ki Revele Nan Pwòp Pawòl Li

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Branham Tabènak,

Jan je nou beni; paske yo wè. Jan zòrèy nou beni; paske yo tande. Pwofèt avèk nonm jis te vle wè epi tande tou bagay ke nou wè e ke nou tande, men yo pat fè l. Nou WÈ E NOU TANDE TOU VWA BONDYE A.

Bondye Li menm te chwazi ekri Bib Li atravè pwofèt Li yo. Bondye Li menm tou te chwazi revele tout sekrè Li yo nan fen tan sa a bay Lepouz Li atravè pwofèt Li. Se atribi Li yo, Pawòl Li ki eksprime, ki fè ke tout Sa fè pati de Li.

Lè laj nou an te rive, Li te fè pwofèt Li a rive nan menm moman an. Li te enspire l e Li te pale atravè li. Se te fason predestine Li ke L te prevwa fè. Menm jan ak Bib la, Se Pawòl Bondye a, e non pawòl lèzòm.

Nou dwe gen yon Absoli, yon pwen final; Pawòl final la. Kèk moun di ke Bib la se Absoli yo, pa sa ki di sou bann yo; kòm si yo te di yon bagay diferan. Sa a tèlman bèl fason Bondye te kache vrè Revelasyon Pawòl Li a anpil moun, men Li revele L e rann Li tèlman klè pou Lepouz Li a. Gen lòt ki tou senpleman pa kapab, yo avèg e yo pa gen Revelsayon konplè Pawòl Bondye a ki revele.

Bondye pale nan Pawòl Li (Bib) atravè pwofèt Li a epi Li di nou: “Bondye, ki, an plizyè fwa, plizyè jan te pale ak papa yo otrefwa atravè pwofèt yo”. Se donk pwofèt Bondye yo ki ekri Bib la. Se pat yo menm, men se te Bondye ki t ap pale atravè yo.  

Li di ke nan epòk nou an Li t ap voye Lespri verite L ban nou pou gide nou nan tout verite yo. Li p ap pale de Li menm; men l ap di tout sa l tande, e l ap fè nou konnen bagay ki gen pou vini yo.

Mesaj la ki sou bann yo se verite Bondye ki revele. Li pa bezwen okenn entèpretasyon. Se Bondye Li menm k ap entèprete Pawòl Li alò ke L ap pwononse L sou bann yo.

Pa gen kontinwite nan sa lòt moun yo pwononse, men sèlman nan sa Bondye pwononse. Sa ki di sou bann yo se sèl Vwa ki pap JANM CHANJE. Lèzòm chanje, ide yo chanje, entèpretasyon yo chanje; Pawòl Bondye pa janm chanje. Se Absoli Lepouz la.

Pwofèt la ban nou yon egzanp yon abit ki se absoli nan yon match bizbòl. Pawòl li a final. Nou pa ka remèt li an kesyone. Sa li di, se sa l ye, pwen final. Kounye a abit la gen yon liv règleman ke l dwe respekte. Li endike l kote zòn yo ye pou yon bal oswa yon priz, lè ou rete nan jwèt la epi lè ou soti; sa règ yo ye pou yon match bizbòl.

Li li epi li etidye liv sa a konsa lè l pale, epi ke l rann desizyon l, se sa ki lwa a, se sa ki dènye mo a. Ou dwe rete avèk sa l di, pa poze kesyon, pa diskite, kèlkeswa sa l di, se konsa pou l ye e sa pa ka chanje. Glwa.

Frè Branham pa di ke nou pa dwe preche ou anseye; okontrè, li di pou preche, epi pou tande pastè nou yo, men Vwa Bondye a sou bann yo dwe Absoli nou.

Dwe gen yon pwen datach; otreman di, yon pwen referans final. Tout moun dwe gen yon pwen referans final. Se dènye mo a. Bondye prevwa yon sèl plas pou gen sa a, Vwa Bondye sou bann yo. Se entèpretsayon divin Pawòl Bondye a. Se DÈNYE MO A, AMÈN LAN, SE ENDI DI SEYÈ A.

Jezi Li menm di ke nou rele yo “dye”, sa ki te pwononse Pawòl Li; e yo te dè dye. Li di ke lè pwofèt yo te wen avèk Lespri Bondye a, yo te pote egzakteman Pawòl Bondye a. Se te Pawòl Bondye a ki t ap pale atravè yo.

Se poutèt sa pwofèt nou an te si brav. Li te pouse pa Sentespri a pou pwononse Pawòl Bondye enfayib la. Bondye te chwazi l pou epòk nou. Li te chwazi Mesaj la ke l ta pral pwononse, menm nati pwofèt nou an e sa ki ta pral pase nan epòk nou an.

Pawòl yo ke l pwononse, fason ke l te aji, te avegle lòt, men te louvri je nou. Li te menm abiye l avèk yon tip rad ke l te pote. Nati li, anbisyon li, tout bagay egzakteman jan l te dwe ye. Li te chwazi pafètman pou nou, Epouz Bondye a.

Se poutèt sa, lè NOU REYINI ANSANM, Se Vwa a ke nou vle bay PREMYE plas pou nou tande. Nou kwè ke n ap tande Pawòl Pi a ki pwononse pa mesaje a ke Bondye chwazi e seleksyone.

Nou konnen ke gen lòt ki pa ka wè ou ki pa ka konprann sa, men li te di ke l t ap pale sèlman avèk asanble li. Li pat responsab sa Bondye te bay lòt moun kòm pastè; li te sèlman responsab pou ki kalite Manje l te ban nou.

Se poutèt sa nou di ke nou se Branham Tabènak la, paske l te di ke Mesaj la te sèlman pou pèp li a nan Tabènak la, ti twoupo ki te vle genyen epi tande bann yo. Li t ap pale avèk sa Bondye te ba li pou l dirije.

Li di: “si moun yo vle manje ibrid ak bagay konsa deyò a la, jwenn revelasyon an de Bondye epi fè sa Bondye di nou pou nou fè. M ap fè menm bagay la. Men Mesaj sa yo, sou bann yo, se pou legliz sa a sèlman.”

Jan Li rann Sa vrèman senp pou Lepouz Li a wè epi tande Vwa Bondye a epi swiv enstriksyon Li yo.

Si nou ta renmen vin jwenn nou pou tande Vwa sa a, nou tout pral tande l an menm tan Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville: 65-0822M – “Kris Ki Revele Nan Pwòp Pawòl Li”. 

Si nou pa ka vin jwenn nou, m ankouraje nou pou tande Mesaj sa a lè nou kapab.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:

Egzòd 4:10-12

Ezayi 53:1-5

Jeremi 1:4-9

Malachi 4:5

Lik 17:30

Jan 1:1 / 1:14 / 7:1-3 / 14:12 / 15:24 / 16:13

Galasi 1:8

2 Timote 3:16-17

Ebre 1:1-3 / 4:12 / 13:8

2 Pyè 1:20-21

Apokalips 1:1-3 / 10:1-7 / 22:18-19  

24-0901 Epi Ou Pa Konn Sa

Mesagj: 65-0815 Epi Ou Pa Konn Sa

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Frè ak Sè,

Rete pre Kris. Kite m avèti nou kounye a, kòm yon minis Levanjil la, de sa. Pa pran okenn tenten. Pa imajine anyen. Rete dwat la a jouk anndan sa a de anndan an ankre nan Pawòl la, ke w dwat nan Kris, paske se sèl bagay ki pral…Paske, nou nan laj ki pi twonpe ke n te janm viv ladann. “Li tap twonpe Eli a menm si se te posib,” paske yo gen onksyon, yo ka fè nenpòt bagay tankou rès nan yo.

Papa, Ou te avèti nou ke n ap viv nan epòk kote sediksyon an pi fò ke jamè. Toude lespri yo nan mond lan tèlman pre ke li t ap sedwi eli a menm, si sa te posib. Men louwanj pou Seyè a, li p ap posib pou sedwi nou, Epouz Ou; n ap rete avèk Pawòl Ou.

Nou se Nouvo Kreyasyon W, e yo pa ka sedwi nou. N ap rete avèk Vwa W. N ap ponctue epi akwoche tèt nou a chak Pawòl, kèlkeswa sa nenpòt moun di. Pa gen lòt Chemen ke sa Ou bay la; Ensi Di Seyè A sou bann yo.

Lè pwofèt Ou te sou latè a, li te konnen kijan sa te enpòtan ke Epouz la tande chak Pawòl ki te pwononse, alò li ini Epouz Ou pa yon koneksyon telefòn. Li rasanble nou otou Vwa W ke Ou pwononse ki konfime.

Li te konnen ke pat gen pi bon onksyon ke Vwa W.

Tout kote lòt bò a kote nou lye pa telefòn, se pou gran Sentespri a antre nan chak asanble. Se pou menm Limyè Sen a ke nou gade isi a nan legliz la, se pou L tonbe sou chak moun,

Tout sa Lepouz Ou bezwen pou lè W ap Vini te pwononse, sere epi revele a Lepouz Ou atravè anj Ou; ki se Pawòl Ou. Ou di nou ke si nou gen kesyon, nou dwe konsilte bann yo. Ou di nou ke William Marrion Branham se Vwa Ou pou nou menm. Ki jan ta ka gen dout nan lespri Epouz Ou sou enpòtans plase Vwa W kòm Vwa a ki pi enpòtan ke L ka tande? Pa genyen Seyè, pou Lepouz Ou.

Pwofèt Ou te rakonte nou yon rèv kote l te di: “M ap remonte chemen sa a yon fwa ankò.” Nou pa konn sa sa vle di, men an verite Seyè, Vwa W ap remonte chemen ond yo yon fwa ankò jodi a, ap pale, epi ap rele Lepouz Ou pou L soti nan lemonn antye.

Nou envite nou pou vin jwenn nou, Branham Tabènak la, Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande atravè ond yo Vwa Bondye a k ap pote ban nou Mesaj la: 65-0815 – “Epi Ou Pa Konn Sa”.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li:

Apokalips 3:14-19

Kolos 1:9-20