23-0709 Bondye Kache Epi Revele Nan Senplisite

Mesagj: 63-0317m Bondye Kache Epi Revele Nan Senplisite

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Moun Apa, Dwòl, Etranj, Sasèdòs Espirityèl, Nasyon Wayal,

Ala on bèl moman Li bay Lepouz Li, nan revele Pawòl Li kòm jamè oparavan. Chak Mesaj ke nou tande sanble kòm si nou pat janm tande L anvan. Kè nou ak nanm nou ranpli ak jwa alò ke n ap regale nou avèk Laman Fre k ap desann soti nan Syèl la. Santi kòm si nou gen yon apèsu de pwochen Soupe Nòs nou, alò ke L ap nouri nou Revelasyon apre Revelasyon.

N ap ofri sakrifis espirityèl bay Bondye, atravè fwi bouch nou, lè n ap louwe Non Li. Nou pran pozisyon nou tankou zetwal nan syèl la.

Li reyini nou ansanm nan kote selès, Li vide Sentespri L sou nou, ap prepare nou pou pwochen Vini Li. Se sèl sa nou ka panse. Se tout sa nou gen nan lespri nou. Tout sa nou vle fè se TANDE PAWÒL LA. Lap di nou ankò e ankò ke nou se Lepouz Li. Sa se Volonte Pafè Li lè nou rete nan Chemen Li bay la.

Nou se sòlda nan Divizyon Ministè Bann Li, e nou tèlman fyè de sa. Se yon badj onè. Nou vle rele l byen fò epi di mond lan, WI, NOU SE YOUN NAN YO.

Li ban nou Manje ki sere pou nou manje. Laman Bondye Limenm k ap pale avèk Lepouz Li, ki fè nou konnen ke nou nan lame Li a.

N ap rasanble anba gwo twa syèl la nan on tèl amoni, ke Sentespri a plase chak manm Kò a jiskaske gen gerizon espontane nan toude, nanm ak kò.

Nou pran Pawòl Bondye a epi nou kale dyab la ak pwisans li. Nou koupe l an mòso avèk Pawòl sa a. Kapitèn an Chèf nou an te di nou: “Nou se Pawòl la. Nou pa bezwen pè. Mache dwat sou dyab la epi di: ‘LI EKRI.’”

Li chwazi nou pou nou vin solda Li yo. Nou te nan antrènman, fòtifye avèk Pawòl Li. Kounye a nou abiye epi nou pare pou goumen. Jeneral 5 Etwal nou an te kòmande nou sa pou nou fè: Rete dwat avèk ansèyman bann Mwen an.

Epi ou dwe sèten, jis di sa bann lan di. Pa di anyen lòt. Ou wè? Paske, m pa di Sa de mwen menm. Se Li ki di L, ou wè. Epi tan de fwa, se konfizyon, moun yo leve, e yo di, “Bon, entèl entèl te di Li vle di sa-e-sa.” Jis-jis kite L jan L ye a.      

Se pa sa William Branham ap di nou sou bann yo, se sa BONDYE ap di Lepouz Li sou bann yo. Sa se LÒD Li yo. Gen yon sèl jan pou obeyi lòd sa yo nan men Jeneral 5 Etwal nou epi kite L jan L ye a: PEZE JWE.

Nou nan lame Bondye a, kidonk nou dwe obeyi Mo pou Mo lòd nou yo. N ap vanse. Nou se moun vayan, moun ki gen lafwa, moun ki gen pouvwa, moun ki gen konpreyansyon, moun ki gen Revelasyon. 

Nou rejwenn on kominyon pafè avèk Papa a, nou kanpe sou lòt bò presipis la, san okenn souvni peche kont nou. Adan Li te retabli. 

Se Bondye nan senplisite ankò. Li pa pou tout moun, sèlman pou Lepouz Li, epi nou wè L klè epi byen klè.

Mwen pa ka tann pou m tande Sèt So yo ankò. Li pral revele nou Pawòl Li kòm jamè oparavan. Nou pral resevwa yon pi gwo Revelasyon de Pawòl Li.  

Li tann jiska jou jodi a pou L revele nou plis. Tout sa nou bezwen te anrejistre epi li disponib pou nou ka tande l avèk jis on presyon dwèt nou.

Mesaj sa a se Sèt Tonè sa yo ki pral pèfeksyone Lepouz la; paske TOUT MISTÈ BONDYE YO PRAL REVELE PA 7E ANJ MESAJE NOU POU LEPOUZ LA.

Sa se pi bèl epòk istwa mond lan. Nou a lavèy Vini Li pou Lepouz Li. Lemonn ap tann tout bagay sa yo ki te di nan Ekriti yo; tankou solèy la ki pral kouche nan mitan jounen an epi tout kalite bagay ki gen pou rive. Men li deja rive, epi yo pat konnen.

Sonje, li sele avèk Sèt Tonè misterye sa yo. Wè? 

Gwo bagay pral rive alò ke nou pral rasanble ankò pou nou tande Tonè Bondye epi k ap revele plis a Lepouz Li sou Sèt So yo.

Mwen envite nou vin jwenn nou a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral kòmanse gwo seri sa a avèk Mesaj la: 63-0317M Bondye Kache Epi Revele Nan Senplisite.

Kòm Frè Branham ap rekonsakre Branham Tabènak la epi moun yo bay Bondye, annou rekonsakre tèt nou, lakay nou, legliz nou, ou kèlkeswa plas kote nou rasanble, a Li.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li pou nou pare pou n tande Mesaj la.

1 Kronik 17:1-8

Ezayi 35:8 / 40:1-5 / 53:1

Malachi chapit 3

Matye 11:10, 11:25-26

Jan 14:1-6

1 Korint chapit 13

Apokalips chapit 21