23-0806 Twazyèm So A

Mesagj: 63-0320 Twazyèm So A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Eksite

Pare nou, Dimanch sa a n ap resevwa plis Eksitasyon pa Revelasyon ke nou janm resevwa nan vi nou. N ap jis vin sou nan Pawòl la. L ap tèlman bon, e klè…e menm pi klè ke lè L te pwononse L. Epi gen jis on sèl jan pou genyen L, nou dwe Peze Jwe!

Pran bann yo, tande yo byen. Paske, n ap konprann li sou bann yo, paske yo retande bann yo, e yo vrèman trè klè. Alò, la a n ap konprann li pi byen.

Kisa setyèm anj mesaje Bondye a sot di? Li menm ke Bondye chwazi pou revele tout mistè Bib la; li menm ke Li chwazi bay Revelasyon Sèt So yo, Tonè yo, ak tout Pawòl Li. Anj ke Li chwazi pou rele Lepouz Li. Li menm ke Li chwazi pou reprezante Vwa L nan dènye jou yo.   

Annou reli sitasyon sa a pou nou sètèn ke nou byen konpann sa li sot di nou pou fè.

“N ap konprann li sou”, KI KOTE?

“N ap konprann li byen”, KI KOTE?

W ap pale jan li enpòtan pou Peze Jwe epi pou tande Bann yo. GLWA!! Sa se pa pawòl mwen, sa se PAWÒL BONDYE k ap di Lepouz Li, KONPRANN LI LA A …SOU BANN YO. Predikatè, kite m trankil.

Kijan on moun ki pretann kwè Mesaj sa a ka di ke jwe bann yo se pa pi GWO bagay Lepouz la ka fè? Kijan on pastè ka mete ministè l anlè sa pwofèt la? Pa jis pou site li…M ap fè sa tou kounye a, men pou m jwe Vwa sa a bay twoupo li pou yo ka “KONPRANN LI BYEN LA A”.

Pi gwo ministè nan mond lan se Ministè Bann yo. Pa gen anyen ki pi gran ke Peze Jwe. Gen yon sèl Vwa ki te òdone pa Bondye kòm etan Ensi Di Seyè A bay Lepouz Li, Vwa a sou bann yo.

Kite m klè ankò. M PA kont okenn minis k ap preche, e m pa panse tou ke yon minis pa ka preche ou anseye. Men pou mwen menm ak ministè pa m, travay mwen se pou di mond lan pou tande Pawòl akonpli a ki fèt chè, ki te anrejistre epi sere sou bann mayetik. M kwè ke Se Vwa Bondye, epi LI, epi LI sèl, reponn tout kesyon yo. L ap ba nou tout bagay nou bezwen, ak tout Lafwa Anlèvman an, paske Se Ensi Di Seyè A.

Lepouz la pa bezwen pawòl mwen, M jis ap site Pawòl la tankou lòt predikatè yo. Nou site epi nou di konbyen li enpòtan pou tande ministè nou epi apèl nou, louwe Seyè a. Mwen di moun yo ke ministè ki PI ENPÒTAN se Vwa Bondye a sou Bann yo. Pa gen anyen ki pi gran. Yo pa bezwen gen lòt bagay.

M pa di bagay sa yo pou moun yo gen yon move lespri ou yon move atitid devan nenpòt predikatè ou ministè, Bondye entèdi m sa. Mwen renmen yo. Se frè m yo ye. Bondye plase yon apèl nan vi yo. M p ap oze pale kont moun wen Bondye, MEN mwen oblije pale epi di ke anpil mete twòp aksan sou ministè PA YO e yo pa etabli Vwa Bondye sou bann yo kòm etan VWA A KI PI ENPÒTAN ke Lepouz la ka tande.  

Mwen tou senpleman di: “Remete Frè Branham dèyè chè nou,” epi anpil predikatè pran inisyativ pou di fidèl yo ke Frè Branham pa janm di sa sou bann, e ke YO gon apèl pou pran Pawòl la pou bay pèp la; ap jwenn eskiz POU YO PA JWE BANN YO NAN LEGLIZ YO A.

Yo di ke li MAL si yon pastè jwe bann yo nan legliz li, y ap kritike moun yo, y ap di ke si yo jis tande bann yo nan legliz yo, e pa ministè a, yo pa Lepouz.

M tèlman tande eskiz ke yo itilize epi yo di moun yo. Yo jis p ap di fidèl yo: “BANN YO SE BAGAY KI PI ENPÒTAN KE NOU DWE KOUTE”. Si yo te fè sa, alò moun yo ta mande… “alò poukisa nou pa jwe bann yo nan legliz nou si se bagay ki PI enpòtan?”

Men kiyès nou pral tande Dimanch:

Bondye te manifeste Limenm nan yon Nonm, epi L te di kiyès ki te dèyè L; epi sa Sarah te fè, ri nan tant lan. Epi tout Ekriti sa yo nan Malachi, e latriye, te predi nan dènye jou yo. Ebre 4 di, lè “Pawòl la” va retounen. Malachi 4 di Li t ap retounen atravè yon nonm.

Pawòl sa a retounen atravè yon nonm epi nou gen Vwa Li anrejistre sou bann epi nou pral tande L CHAK DIMANCH.

Mwen kontan anonse ke Dimanch sa a, a midi, lè Jeffersonville, nou pral tande ankò Pawòl akonpli a ki fèt chè epi ki anrejistre sou bann mayetik. Li ban nou Revelasyon an sou: Twazyèm So A 63-0320

Ala yon moman nou pral pase, Lepouz. Ala yon jwa ki pral ranpli kè nou. Ala yon pè ki pral rekonfòte nanm nou, alò ke nou pral tande sa Bondye Li menm te di Satan: “Pa manyen yo. Si ou pran youn nan sa yo ki fè pati de ti Twoupo Mwen, ki plen ak Lwil e Diven M nan Pawòl ki pi a, pa oblije yo resite okenn ‘M salye Mari’, ou kèk lòt kredo w. Pa manyen yo. Yo konn ki bò yo prale, paske yo wen ak Lwil Mwen epi yo gen diven lajwa, paske yo konn pwomès Pawòl Mwen. ‘M pral resisite yo.’ Pa fè Sa a mal! Pa al eseye twouble yo… jis rete lwen yo.”

Nou pa gen anyen pou nou pè. Nou gen Pawòl la. NOU SE PAWÒL LA. Nou pa kanpe pou anyen. Nou se Pitit Gason ak Pitit Fi Bondye. Satan, soti kò w, TOUT BAGAY pou nou. Bondye Di L. Li ekri!

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:

Matye 25:3-4

Jan 1:1, 1:14, 14:12, 17:17

Akt Chapit 2

1 Timote 3:16

Ebre 4:12, 13:8

1 Jan 5:7

Levitik 8:12

Jeremi Chapit 32

Jowel 2:28

Zakari 4:12