23-0820 Senkyem So A

Mesagj: 63-0322 Senkyem So A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Pawòl Ki Pafè,

Bondye voye dènye pwisans Li. Li voye gran zèg Li pou fè nou tounen nan Lafwa orijinal papa nou yo. Sa se laj zèg la. Pa gen Bèt ankò. Pa gen mesaje ankò. Pa gen gwoup moun ankò. Pa gen ankò. Nou a la fen. Vwa Apokalips 10:7 rive epi Li itilize gran zèg pwofèt Li pou rele Lepouz Li.

Si nou te tande pastè nou an Dimanch, gran zèg Bondye a, nou t ap tande l k ap di nou, jan l te di nou:

“Nou se gwoup sa a ki pral pran Sèt Tonè sa yo; Pawòl Bondye a menm, epi ki pral tranche epi koupe epi menm fèmen Syèl la. Nou ka fèmen sa, oubyen fè sa, kèlkeswa sa nou vle. Pawòl la ki soti nan bouch nou touye lènmi an, paske li pi file pase yon epe de bò. Nou ta ka fè parèt san milya tòn mouch si nou te vle. Kèlkeswa sa nou di, pral rive, paske Se Pawòl Bondye a ki soti nan bouch Bondye. Se Pawòl Li, men Li toujou sèvi ak moun pou fè L aji.”

Kijan m ka ensiste sou enpòtans ki genyen nan Peze Jwe; pou tande zèg la ke Bondye voye? Mesaj sa a tèlman enpòtan, tèlman pafè…TÈLMAN PAFÈ, ke L pat ka menm konfye L bay on Anj. P at gen okenn lòt moun, okenn lòt gwoup moun, OKENN MOUN Li te ka bay Li, SÈLMAN GRAN ZÈG PWOFÈT LI.

Nou ka pale sou Li, anseye Li, menm preche Li, men gen YON SÈL VWA ki genyen “Ensi Di Seyè A,” epi nou dwe kwè chak Pawòl. Gen yon sèl Vwa kote nou ka plase destinasyon etènèl nou. Gen yon SÈL VWA ke Bondye chwazi pou kondwi Lepouz Li, epi LEPOUZ LI SÈL PRAL GEN REVELASYON SA A.

Gen yon sèl zèg pwofèt ke Li chwazi anvan fondasyon mond lan pou revele TOUT PAWÒL LI…WILLIAM MARRION BRANHAM, epi li menm, epi li menm sèl, ki zèg mesaje Bondye a pou jou jodi a. Li menm, epi li menm sèl, yo te voye pou kondwi Lepouz Bondye a.

Apèl mwen, oubyen apèl nenpòt ki minis, se yon sèl bagay: KONDWI NOU A LI MENM, GRAN ZÈG BONDYE A. Li menm ke Li chwazi. Li menm ke Li konfime pa Kolòn Dife Li. Li menm ke Li chwazi lè Li louvri Liv la epi Li rache So yo, epi ke Li voye sou latè a, pou revele L ba nou, pèp Li.

Pawòl yo ke li pwononse sou bann se pa pawòl li yo, se Panse Bondye yo menm ki pwononse epi ki anrejistre sou bann pou Lepouz Li tande; epi sèl NOU MENM, Lepouz LI ki gen vrè Revelasyon an.

Lepouz, jis panse a sa! Nou rive. Se tou. Rechèch syantifik te pwouve Sa. Konfimasyon Pawòl la pwouve L. Epi nou la! Epi Revelasyon sa a vin de Bondye, e Se Verite a. Epi paske nou rekonèt Li, NOU SE pitit gason ak pitit fi L ki retabli konplètman. 

Pa gen dout ankò. Pa gen kesyon ankò. NOU SE LEPOUZ PAFÈ LI. Nou rekonèt kiyès nou ye. Se nou menm, pa Gras Bondye, ke Li pèmèt zèg Li wè nan rad blan.

Pran kouraj Lepouz. Nou prèske La. Nou ka santi L. Li pi reyèl pou nou kounye a ke anvan. Lènmi an rayi nou, MEN BONDYE RENMEN NOU. Li pa jis avè nou, LI NAN NOU. NOU SE PAWÒL LI KE FÈT CHÈ.

Li pwouve Satan, NOU PA KA, EPI NOU PAP ECHWE. Gen sèlman LAFWA avèk dout. Nou JIS gen LAFWA. Pa nan nou menm, NAN PAWÒL LI, epi LI pa ka echwe. Poukisa? NOU SE PAWÒL LA. Bondye di sa!!

Nou p at chwazi L, LI CHWAZI NOU. Kijan Satan ta ka fè nou yon bagay, BONDYE CHWAZI NOU. Li chwazi nou paske Li te KONNEN ke nou pa t ap manke kwè nan Pawòl Li. Satan di nou: “men ou echwe, echwe, echwe”…ou gen rezon, mwen echwe nan kò mwen, men mwen JISTIFYE, epi mwen pap manke kwè CHAK PAWÒL. 

Nou dwe pase tès epi travèse eprèv pou BONDYE, pou Li ka PWOUVE ÈNMI L AK ÈNMI NOU…NOU SE LEPOUZ PAWÒL LI KI PAFÈ. 

Ke Gran Sentespri a ranpli lakay nou, legliz nou, ou kèlkeswa kote nou ye Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande gran zèg Bondye a k ap pote Revelasyon an nan: Senkyèm So A 63-0322.   

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:

Danyèl 9:20-27

Akt 15:13-14

Women 11:25-26

Apokalips 6:9-11 / 11:7-8 / 22:8-9