23-0723 Premye So A

Mesagj: 63-0318 Premye So A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme…M pral rele w Lepouz,

Bondye, Gran Kreyatè a, Alfa a epi Omega a, Lis nan Vale a, Woz Sawon an, Etwal Klere Maten an, Papa a, Fis la, epi Sentespri a, Kolòn Dife a, Bondye Li menm, vini sou latè a epi Li pale avèk nou atravè bouch on moun, GLWA!, Li mete L sou bann mayetik, pou nou te ka tande L k ap rele nou…”NOU MENM” LEPOUZ LI.

Vizyalize sa zanmi m yo. Seyè nou Jezikri, k ap gade nou nan je epi k ap di nou: “Ou se Lepouz Mwen. Mwen renmen w. M tèlman tann ou lontan. Pou Mwen menm, ou pafè. Chè w se chè Mwen, zo w se zo Mwen. Mwen te chwazi w anvan M te kreye Latè oubyen zetwal yo. M tèlman renmen w. Nou pral pase Letènite ansanm. Kounye a, M ap Vin chache w.”

Sa sèlman ta dwe ban nou tout Lafwa Pou Anlèvman an. Kisa dyab la ka lanse w, ka di w, ka plase sou ou ki ka fè w mal? ANYEN, NOU SE LEPOUZ KRIS LA! Nou se Pawòl Li ki vin fè chè, nou se Madam Jezikri. 

Kijan on moun ta ka, nan nenpòt lang, ekri epi eksprime sa sa vle di pou nou? Ou jis pa kapab.

Pa gen okenn plas nan mond lan kote ou ka gen onè sa a epi privilèj sa a pou tande Pawòl sa yo, sof si ou gen bon Revelasyon an epi ou PEZE JWE.

Pi gwo evènman ke mond lan ap tann depi kòmansman tan an, ap pase kounye a menm, epi nou fè pati de Li. Li tann jou sa a, lè sa a, pèp sa a: OU MENM, pou akonpli epi reyalize Gwo Plan Li.

Revelasyon mistè Sèt So yo, Tonè yo k ap revele, pèfeksyon nou, Adan Li ki konplètman restore, Vini Li, tout bagay sa yo ap manifeste epi ap akonpli KOUNYE A, nan OU, LEPOUZ LI!

Pa nan epòk Moyiz. Pa nan epòk Noe. Pa nan epòk Jezi, pa menm nan epòk Jan oubyen Pòl; L ap rive kounye a, KOUNYE A MENM, AVÈK OU MENM. 

Nou pa vle manke Sa. Nou vle pare pou lè L ap Vini. Pou fè sa, yo ban nou lòd pou al chache repons nou yo nan PAWÒL la. Se pa lide mwen, ou lide oubyen panse kèk moun, men sa Pawòl Bondye a di ki konfime.

Nou konnen ke Lepouz la dwe di “amèn” a chak Pawòl epi Li dwe ini ansanm, fè Youn. Alò nou dwe gade nan Pawòl Bondye a pou wè sa ki pral ini Lepouz la ansanm.

Epi apre sa ap gen Sèt Tonè misterye yo kap vini ki pa menm ekri ditou. Se vre. Epi m kwè ke, atravè Sèt So sa yo, yo pral revele nan dènye jou yo, pou reyini Lepouz la ansanm pou gen lafwa pou anlèvman an.

Li la a, nan Pawòl la. Sèt Tonè yo pral revele nan epòk nou pou rasanble Lepouz la pou lafwa anlèvman an.

Apresa pwochen kesyon nou bezwen konnen se: Kisa ki Tonè yo?

Lè, “gwondman tonè a.” Sonje byen, yon gwo bri batman yon Tonè se yon Vwa Bondye. Se sa Bib la di, wè, “yon batman Tonè.” Yo te panse se te yon Tonè, men se te Bondye. Li te konprann Li, paske Li te revele l a Li menm. Wè? Se te yon Tonè.

Alò Tonè yo se Vwa Bondye ki pral rasanble Lepouz la epi ki pral ba yo (NOU MENM) lafwa anlèvman an. Men repons nou.

Kiyès ki Vwa Bondye pou Lepouz la? William Marrion Branham

Bon, mwen jis frè nou, pa gras Bondye, men lè Anj Seyè a desann, lè sa a, li vin on Vwa Bondye pou nou menm…M pa ka di anyen pou tèt pa m, men sa Li montre m, mwen di l. Kwè l epi swiv sa k ap rive.    

Kwè l epi swiv sa k pral rive epi ki pral pran plas Dimanch sa a, alò ke nou pral rasanble ansanm, pou resevwa lafwa anlèvman an, pandan ke nou pral tande L ap Gwonde bay Lepouz Li. 

W ap pale de “chita kounye a nan plas Selès yo”? Kisa sa pral ye! Si nou ka santi nou konsa, antan n chita isi a sou latè, anvan Anlèvman an vini, nan kondisyon sa a ke nou ladann kounye a; e nou ka rejwi, epi kanpe nan viwonn miray yo, epi kanpe nan lapli, jis pou tande Sa; kisa sa pral ye lè n ap wè L chita la a! O la la! O, sa pral yon moman glorye.

Pa manke moman glorye sa a. Nou envite w pou rasanble avèk nou pandan ke nou pral tande: Premye So A 63-0318, a midi, lè Jeffersonville.

Frè Jozèf Branham

Matye 10:1 / 11:1-14 / 24:6 / 28:19

Jan 12:23-28

Akt 2:38

2 Tesalonisyen 2:3-12

Ebre 4:12

Apokalips 6:1-2 / 10:1-7 / 12:7-9 / 13:16 / 19:11-16

Malachi chapit 3 e 4

Danyèl 8:23-25 / 11:21 / 9:25-27