Category Archives: Uncategorized

25-0126 Apokalips, Chapit Senk Dezyèm Pati

Byenneme Sa Yo K Ap Repoze,

Sa se vrèman pi bon sezon Ivè nan vi nou. Lè Seyè a ap vini a toupre. Nou te sele pa Sentespri a; so apwobasyon Bondye pou tout bagay Kris la te mouri a se pou nou.

Kounye a nou gen prèv eritaj nou, Sentespri a. Se asirans lan, peman an, ke Kris te resevwa nou. N ap repoze sou pwomès Bondye yo, nou lonje anba chalè Limyè Solèy Li, Pawòl Li ki konfime, alò ke n ap tande Vwa Li.

Se prèv sali nou an. Nou pa enkyè si nou prale Lòt bò a ou non, NOU PRALE! Ki jan nou fè konn sa? Bondye di l! Bondye te pwomèt li e nou gen prèv la. Nou te fin resevwa Li e Kris te aksepte nou. 

Pa gen mwayen elwaye nou de Li…en reyalite, nou la a! Tout sa nou dwe fè se tann; L ap akonpli travay Paran Redanmtè nan moman an. Nou gen prèv la menm kounye a. Nou jis ap tann moman an kote L ap vin chache nou. Alò, nan yon ti moman, nan yon kout je, nou tout ap pati pou Soupe Nòs la.  

Jis pou panse a tout sa k ap tann nou. Panse nou pa ka sezi sa a konplètman. Jou apre jou, L ap revele nou plis nan Pawòl Li, ap asire nou ke gwo pwomès sa you pou nou.  

Mond lan ap deteryore; dife, tranblemanntè, epi dezòd toupatou, men yo kwè ke yo gen yon nouvo sovè ki pral sove mond lan epi ki pral pote laj lò yo a. Nou te deja resevwa Sovè nou an e n ap viv nan Laj Lò nou an. 

Kounye a L ap prepare nou pou plis Revelasyon toujou alò ke n ap antre nan 5yèm chapit Apokalips la. L ap prepare sèn lan pou ouvèti Sèt So yo. Menm jan Li te fè sa nan premye chapit Apokalips la, pou ouvri chemen Sèt Laj Legliz yo.  

Kisa rès sezon Ivè a pral sanble pou Epouz la? Annou pran yon ti apèsi:

Bon, mwen pa gen tan. Mwen ekri l, on ti kal nan kontèks la isi a, men pwochen reyinyon nou an anvan nou ka antre nan sa a…Petèt lè m tounen sot nan vakans ou kèk lòt lè, mwen vle pran swasanndis semèn sa yo nan Danyèl e relye l isi a, e montre kote sa mennen nan Jubile Pannkot la, epi mennen tounen tout sa pou relye yo avèk sèt fle-…sèt so sa yo ki sipoze louvri isi a jis anvan nou ale, epi montre ke se lafen, bagay sa yo…

Ala yon bèl moman Seyè a rezève pou Lepouz Li. L ap devwale Tèt Li ban nou nan Pawòl Li kòm jamè. L ap ankouraje nou ke nou se moun ke Li chwazi yo ke L ap vin chache. L ap di nou ke nou nan volonte Pafè Li lè nou rete avèk Vwa Li e Pawòl Li.

Kisa n ap fè? Anyen, n ap jis Repoze! N ap Tann! Fini travay, fini ajitasyon, N AP REPOZE SOU SA!

Vin repoze avè nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande Vwa Bondye ki konfime a ki pral pote nou Mesaj la:

61-0618 – “Apokalips, Chapit Senk Dezyèm Pati”.

Frè Jozèf Branham

25-0105 Apokalips, Chapit Kat Dezyèm Pati

Mesagj: 61-0101 Apokalips, Chapit Kat Dezyèm Pati

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Ki Gen Legliz Lakay,

Annou tout rasanble ansanm pou tande Mesaj la, 61-0101 Apokalips, Chapit Kat Dezyèm Pati Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville.

Frè Jozèf Branham

24-1231 Konba A

Mesagj: 62-1231 Konba A

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Lepouz,

M gen konfyans ke nou pase yon bèl Nwèl avèk zanmi nou e fanmi nou. Jan mwen rekonesan jodi a pou konnen ke Seyè Jezi nou pa bloke nan yon krèch jan lemonn wè L jodi a, men Li vivan e Li nan mitan Lepouz Li, ap revele Tèt Li atravè Vwa Li kòm jamè, LOUWE SWA LETÈNÈL.

Jan mwen deja anonse l, m ta renmen nou gen Kominyon ankò lakay nou / legliz nou lavèy Nouvèl Ane a, 31 Desanm. Pou sa yo ki vle patisipe, n ap tande Mesaj la, 62-1231 Konba A, epi apresa n ap pase touswit nan sèvis Kominyon an, ke Frè Branham prezante nan fen Mesaj la.

Pou kwayan lokal yo, n ap kòmanse bann lan a 7:00pm. Sepandan, pou moun ki nan lòt zòn ak diferan lè, tanpri kòmanse Mesaj la nan yon lè ki pi bon pou nou. Aprè ke Frè Branham preche Mesaj Lavèy Nouvèl Ane li, n ap mete yon poz sou bann lan nan fen paragraf 59 la, epi n ap gen apeprè 10 minit mizik pyano pandan n ap pran Soupe Seyè a. Apresa n ap rekòmanse bann lan alò ke Frè Branham pral fini sèvis la. Sou bann sa a, li pase sou pati lavman pye yo nan sèvis la, ke nou menm n ap pase sou li tou.

Nou ka jwenn enstriksyon sou fason pou jwenn diven, e sou fason pou kwit pen Kominyon an nan lyen ki anba yo. Nou ka jwe ou telechaje odyo a depi sitwèb la, ou nou ka tou senpleman jwe sèvis la nan Radyo Vwa a sou aplikasyon Lifeline lan (ki pral pral jwe an anglè a 7:00PM lè Jeffersonville.)

Alò ke n ap pwoche yon lòt ane sèvis pou Seyè nou an, annou eksprime lanmou nou pou Li lè nou tande Vwa Li an premye, e apresa annou patisipe nan Soupe Li a. Ala yon moman glorye e sakre sa pral ye alò ke n ap rekonsakre vi nou a Sèvis Li.

Ke Bondye beni nou,

Frè Jozèf

24-1229 Apokalips Chapit Kat Premye Pati

Mesagj: 60-1231 Apokalips Chapit Kat Premye Pati

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Sen Ki Gen Rad Blan,

Lè nou tande Vwa Bondye k ap pale avèk nou, yon bagay ap pase nan fon nanm nou. Tout èt nou transfòme e mond lan bò kote nou sanble ap disparèt.

Ki jan yon moun ka eksprime sa k ap pase nan kè nou, nan lespri nou, e nan nanm nou, alò ke Vwa Bondye ap devwale Pawòl Li nan chak Mesaj ke nou tande?

Menm jan ak pwofèt nou an, nou santi nou pran nan twazyèm syèl la e lespri nou sanble kite kò mòtèl sa a. Pa gen mo pou eksprime sa nou santi alò ke Bondye ap revele nou Pawòl Li a kòm jamè.

Yo te voye Jan sou zile Patmos la e yo te mande l ekri sa l te wè e mete l nan yon liv ki rele Apokalips, pou l te ka transmèt nan tout laj yo. Mistè sa yo te kache jiskaske yo te revele ba nou atravè 7yèm anj mesaje ke L te chwazi.

Apresa Jan te tande menm Vwa sa a anlè l e l te pote nan twazyèm syèl la. Vwa sa a te montre l laj legliz yo, vini Jwif yo, devèsman flewo yo, Anlèvman an, Lavenman an, Milenyòm lan, epi Kay Etènèl de sa L sove yo. Li te fè monte Jan e L te montre l yon apèsu tout bagay la jan L te di L t ap fè.

Men kiyès Jan te wè lè l te wè apèsu a? Pa gen moun ki te vrèman konnen jiska jodi a.

Premye bagay li te wè nan vini a se te Moyiz. Li te reprezante sen yo ki mouri ki pral resisite; tout sis laj yo ki t ap dòmi. Men non sèlman Moyiz te kanple la, men Eli te la tou.

Ki Eli sa a ki te kanpe la a?

Men Eli te la a; mesaje dènye jou a, avèk gwoup li a, sa ki transfòme yo, sa ki Anlve yo.

GLWA…ALELOUYA…Kiyès Jan te wè ki te kanpe la a?

Pèsòn lòt ke 7yèm anj mesaje Bondye a, William Marrion Branham, avèk PA L YO KI TRANSFÒME, GWOUP LI KI ANLVE…NOU CHAK!!

Eli te reprezante gwoup ki anlve a. Sonje, Moyiz te an premye, e apre vin Eli. Eli te dwe mesaje dènye jou a, limenm ak gwoup li a pral gen rezirèksyon an…pral gen…ebyen, pral gen Anlèvman an, m vle di. Moyiz pote rezirèksyon an e Eli pote gwoup ki Anlve a. E, la a, tou de te reprezante jis la a.  

W ap pale devwale, revele, epi Revelasyon.

Men Li! Nou genyen L avèk nou kounye a, Sentespri a, Jezikri, menm lan a yè, jodi a, e pou tout tan. Nou se…L ap preche L ban nou, L ap anseye nou, L ap eseye fè nou wè sa ki bon ak sa ki mal. Se Sentespri a Limenm k ap pale nan bouch imen, k ap opere nan mitan èt imen, k ap eseye montre mizèrikòd ak gras.    

Nou se Sen yo ki gen Rad Blan an ke anj Li te wè ki soti toupatou sou tè a pou manje Pen Lavi a. Nou fiyanse e nou marye avè L e nou santi bo fiyansay Li sou kè nou. Nou angaje tèt nou avèk Li, e a Vwa Li sèl. Nou pa souye tèt nou, e nou p ap souye avèk okenn lòt vwa.

Lepouz la ap pare pou l monte tankou Jan te fè l; nan Prezans Bondye. N ap anlve lè Anlèvman Legliz la. Jan sa a fè vire nanm nou!

Ki sa Li pral revele nou answit?

Jijman yo; piè sadwan lan, e sa l reprezante; ki wòl li te jwe. Jasp la, e tout diferan piè yo. L ap pran yo tout nan Ezekyèl, depi nan Jenèz, tounen nan Apokalips, retounen nan mitan Bib la, pou fè lyen ant yo; tout piè ak koulè diferan sa yo. 

Se menm Sentespri a, menm Bondye a, k ap montre menm mirak yo, menm mèvèy yo, ap fè menm bagay la jan L te pwomèt li. Se Lepouz Jezikri k ap pare Tèt Li lè L ap tande Vwa Li.   

Nou envite nou pou nou vin jwenn nou alò ke n ap antre nan lye selès a midi, lè Jeffersonville, pou tande Eli, mesaje Bondye pou dènye laj sa a, k ap revele mistè ki te kache atravè laj yo. 

Frè Jozèf Branham

Mesaj: 60-1231 Apokalips, Chapit Kat Premye Pati

  • Tanpri sonje Mesaj Nouvèl Ane a, Madi swa: Konba A 62-1231. Pa gen pi bon fason pou kòmanse Nouvèl Ane a. 

24-1225 Kado Vlope Bondye A

Mesagj: 60-1225 Kado Vlope Bondye A

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Madan JEZI,

Oh Ti Mouton Bondye, Ou se gwo Kado vlope Bondye bay mond lan. Ou ban nou pi gwo Kado ki te janm bay, Oumenm. Anvan Ou te kreye premye zetwal la, anvan Ou te kreye tè a, lalin lan, sistèm solè a, Ou te konnen nou e Ou te chazwi nou pou nou vin Lepouz Ou.

Lè Ou te wè nou lè sa a, Ou te renmen nou. Chè W se chè nou, zo W se zo nou; nou te fè pati de Ou. Jan Ou te renmen nou e Ou te vle fratènize avèk nou. Ou te vle pataje Lavi Etènèl Ou avèk nou. Nou te konnen lè sa a, nou t ap Madan JEZI W.

Ou te wè ke nou ta pral echwe, alò Ou te oblije ban nou yon mwayen pou retabli nou. Nou te pèdi e san espwa. Te gen jis yon sèl mwayen, Ou te dwe vin yon “Nouvo Kreyasyon”. Bondye ak lòm te dwe vin Youn. Ou te dwe vin noumenm, pou nou te ka vin Oumenm. Kidonk, Ou te mete gwo plan W an aksyon dè milye ane de sa nan jaden Edenn lan.  

Ou te tèlman anvi rete avèk nou, Lepouz Pawòl pafè pa W, men Ou te konnen ke Ou te dwe premyèman rann nou tout sa ki te pèdi nan kòmansman an. Ou tann e tann e tann jiska jou jodi a pou konplete plan W.

Jou a rive. Ti gwoup sa ke Ou te wè nan kòmansman an isi a. Cheri W ki renmen Oumenm ak Pawòl Ou plis pase tout bagay.

Li te lè pou W vini epi revele Tèt Ou nan chè imen jan Ou te fè avèk Abraham, e jan Ou te fè l lè Ou te vin yon nouvo Kreyasyon. Jan Ou t ap tann jou sa a pou revele nou tout gwo mistè yo ki te kache depi fondasyon mond lan.

Ou tèlman fyè de Lepouz Ou. Jan Ou renmen mete L an valè e di Satan: “kèlkeswa sa ou eseye fè yo, yo p ap bouje; yo p ap fè konpwomi sou Pawòl Mwen, Vwa Mwen. Yo se LEPOUZ PAWÒL PAFÈ pa M.” Yo tèlman bèl pou Mwen. Annik gade yo! Atravè tout tès ak eprèv yo, yo rete fidèl a Pawòl Mwen. M pral ba yo yon kado etènèl. Tout sa Mwen ye, Mwen ba yo l. N AP FÈ YOUN.

Tout sa nou ka di se: “JEZI, NOU RENMEN W. Pèmèt ke nou akeyi W lakay nou. Pèmèt ke nou wenn W epi lave pye W avèk dlo nan je nou epi bo yo. Pèmèt ke nou di W jan nou renmen W.”

Tout sa nou ye, nou ba Ou l JEZI. Sa se kado nou pou Ou JEZI. Nou renmen W. Nou adore W. Nou venere W.

Mwen envite nou tout pou vin jwenn nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, epi akeyi JEZI lakay nou, nan legliz nou, nan machin nou, kèlkeswa kote nou ye, epi resevwa pi gwo Kado ki te janm bay lèzòm; Bondye Limenm k ap pale epi k ap fratènize avè w.

Frè Jozèf Branham

60-1225 Kado Vlope Bondye A

Anons espesyal

Byenneme Lepouz,


Seyè a mete sou kè m ankò ane sa a pou nou gen yon Sèvis Kominyon e yon Mesaj Espesyal pou lavèy nouvèl ane a. Ki bagay pi enpòtan nou ta ka fè, zanmi, pase tande Vwa Bondye a k ap pale avèk nou, patisipe nan Soupe Seyè a, epi rekonsakre lavi nou a sèvis Li nan kòmansman yon Nouvèl Ane. Ala yon moman sakre sa pral ye pou fèmen pòt nou bay lemonn, epi pou nou ini avèk Lepouz la pou rasanbleman Espesyal sa a nan Mond lan, alò ke n ap di depi kè nou, “Seyè, padone nou pou tout erè nou te fè pandan ane a; kounye a n ap apwoche W, pou mande W pran men nou epi gide nou nan ane sa a k ap vini. Se pou nou sèvi W plis pase anvan, e si se nan Volonte Divin Ou, se pou ane sa a se ane gwo Anlèvman an ki gen pou fèt. Seyè, nou jis vle rantre Lakay pou nou viv avè W pou Letènite.” M pa ka tann pou m rasanble alantou Twòn Li pou sèvis espesyal rekonsekrasyon sa a, louwe swa Letènèl.


Pou kwayan yo nan zòn Jeffersonville, m ta renmen kòmanse bann lan a 7:00pm lè lokal. Tout Mesaj la ak sèvis Kominyon an ap disponib sou Radyo Vwa a a lè sa a, jan nou te fè l anvan. Pakè diven Kominyon an ap disponib Mèkredi 18 Desanm, ant 1:00 – 5:00pm, pou nou vin pran nan bilding YFYC lan.


Pou sa yo ki viv andeyò zòn Jeffersonville, tanpri nou ka gen sèvis espesyal sa a nan lè k ap pi bon pou nou. N ap gen yon lyen pou telechaje Mesaj la ak sèvis Kominyon an byento.


Alò ke n ap pwoche vakans Nwèl la, m vle swete nou menm ak fanmi nou yon BÈL Sezon Fèt an SEKIRITE, epi yon Jwaye Nwèl an KRIS, ki ranpli ak lajwa Seyè Jezi ki resisite…PAWÒL la.
Ke Bondye beni nou,

Frè Jozèf

24-1201 Dis Vyèj Yo Ak Sankarannkatmil Jwif Yo

Mesagj: 60-1211m Dis Vyèj Yo Ak Sankarannkatmil Jwif Yo

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Bonjou Zanmi M Yo,

Jamè anvan nan istwa mond lan te gen yon moman kote Lepouz Kris la atravè mond lan te ka ini ansanm nan yon menm akò, lè yon son nan Syèl la, Vwa Bondye a menm, te ka desann yon jan vif. 

Ekriti yo ap akonpli. Se tan inyon siy Semans lan. Inyon envizib Epouz Kris la ap fèt alò ke nou chita nan prezans Fis la, ap muri, L ap prepare Tèt Li lè L ap tande Vwa Bondye a menm. 

Nou vin pafè grasa senk ministè Li yo.

Konbyen moun ki kwè ke don ak apèl yo san repantans? Bib la di gen senk don nan legliz la. Bondye mete nan legliz la Apòt, oswa misyonè, apòt, pwofèt, dirèktè, evanjelis, pastè. 

  • Predikatè: M t ap desann lari a. Yon moun ta di: “Èske ou se yon predikatè?” M ta di: “Wi mesye. O wi, m se yon predikatè.”
  • Dirèktè: E kounye a rezon ki fè ke m chwazi pa preche maten an, se paske, m te panse ke, pa yon ansèyman, nou t ap konprann li pi byen pase jis pran yon tèks epi pase atravè li. N ap jis anseye li.
  •  Apòt: Mo “misyonè” vle di “yon moun yo voye.” “Apòt” vle di “yon moun yo voye.” Yon misyonè se yon apòt. Mwen—mwen, m se yon misyonè, jan nou konnen, m fè travay misyonè evanjelik, m fè anviwon sèt fwa tou mond lan, a letranje.
  • Pwofèt: Èske nou kwè ke m se pwofèt Bondye? Alò, al fè sa mwen di nou fè.
  • Pastè: Èske nou konn sa m fè nou? Nou rele m  “pastè”, e nou byen di, paske se sa m ye.

Epi m te wè milyon sa yo ki te kanpe la a, m te di: “Èske yo tout se Branham?” Te di: “Non.” Di: “Yo se konvèti w yo.” Epi m di, m-m di: “M vle wè Jezi.” Li di: “Poko. Pral g on tan anvan L ko vini. Men L ap vin kote w an premye epi w pral jije pa Pawòl ke w te preche a,    

 Lè sa a nou tout pral leve men nou epi n ap di: “N ap repoze sou sa!

Gen yon bagay ki sou pwen rive. Kisa k ap pase? Mò an Kris yo ap kòmanse resisite bò kote m. M santi yon chanjman k ap fèt nan kò mwen an. Cheve gri m yo disparèt. Gade figi m…tout rid mwen yo disparèt. Mal mwen ak doulè mwen…yo DISPARÈT. Santiman depresyon mwen disparèt imedyatman. Mwen chanje nan yon moman, nan yon bat je.

Lè sa a, n ap kòmanse gade bò kote nou epi n ap wè byenneme nou yo. O la la, men Manman ak Papa…Glwa, pitit gason m…pitit fi m. Gran manman, Gran papa, oh nou tèlman manke m nou tou de. Hey…men bon zanmi mwen. OH GADE, se Frè Branham, pwofèt nou, Alelouya!! Li isit. Bagay yo ap rive!

Apresa ansanm, nou tout an menm tan, n ap anlve lòt bò a on kote nan espas la, anlè tè a. N ap rankontre Seyè a sou wout desann Li. N ap kanpe la avè L sou gwo sèk toutotou tè sa a epi n ap chante chan redanmsyon yo. N ap chante e n ap louwe L pou gras redanmsyon Li bannou an. 

Ala bèl bagay ki rezève pou Lepouz Li. Ala yon bèl moman nou pral pase, pou tout letènite youn ak lòt epi avèk Seyè nou Jezi. Seyè, pawòl mòtèl pa ka eksprime ki jan nou santi nou nan kè nou.

Si nou ta renmen tande L k ap rele nou Lepouz Li, epi di nou ki jan sa ap ye avè L, vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, e n ap beni san mezi.

Frè Jozèf Branham

60-1211M Dis Vyèj Yo, Ak Sankarannkatmil Jwif Yo