23-0903 Kesyon Ak Repons Sou So Yo

Mesagj: 63-0324m Kesyon Ak Repons Sou So Yo

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Frè Branham,

M kwè ak tout kè m ke ou se Setyèm Anj Mesaje Bondye a, ke yo voye pou rele Lepouz Li. Ou se Vwa Bondye a ki gen Ensi Di Seyè A pou mond lan. M kwè ke se Ou menm Li chwazi pou revele tout mistè yo ki nan Bib la. M kwè chak Pawòl ke ou pwononse sou bann yo.

M gen on kesyon sou kè m ke m ta renmen poze w. Tèlman gen moun, tèlman gen vwa, ki di yon bann bagay diferan sou sa nou dwe fè pou nou vin Lepouz Kris la. M vle rete nan Volonte pafè Li. M vle gen Lafwa pafè. M pa kont pèsonn, men m vle tande sa ou di.

Kisa ki pral rasanble Lepouz la epi ki pral ban nou Lafwa Anlèvman an ke nou bezwen? 

M kwè ke Sèt Tonè sa yo pral revele nan dènye jou yo pou rasanble Lepouz la pou anlèvman lafwa a. 

Frè Branham, èske Sèt Tonè yo ki koresponn a sèt mistè yo, te deja revele? Èske yo te revele nan Sèt So yo, men nou poko konnen yo kòm Tonè yo?  

Non, yo te revele nan Sèt So yo; se sa Tonè yo te reprezante. Yo te dwe revele…Sèt Tonè yo ki te fè tande vwa yo epi ke pèsonn pat ka rive konprann sa l te ye…Jan te konnen sa l te ye, men yo te entèdi l ekri l. Li te di: “Men setyèm anj lan, nan jou yo ke li pral sonnen twonpèt la, sèt mistè Sèt Tonè yo pral revele.” Epi setyèm anj lan se yon mesaje Setyèm Aj Legliz la. 

Glwa pou Bondye. Men repons mwen. Mistè Sèt Tonè yo te revele. Se Vwa Bondye sou bann yo epi l ap ini Lepouz la ansanm kounye a epi l ap ban nou LAFWA ANLÈVMAN an ke nou bezwen.

Mèsi, Frè Branham, paske ou reponn kesyon mwen an. M te konnen ke repons a kesyon ke m te genyen sou kè m t ap sou bann yo. 

Se tout sa m bezwen konnen. M ap kontinye Peze Jwe chak jou epi resevwa ankò plis LAFWA ANLÈVMAN AN. 

Vin resevwa Lafwa Anlèvman an avèk nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande: Kesyon Ak Repons Sou So Yo 63-0324M.    

Frè Jozèf Branham