Category Archives: Uncategorized

25-0525 Adopsyon #4

Mesagj: 60-0522E Adopsyon #4

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Konvèti,

Lè nou Peze Jwe, n ap tande Pawòl Bondye ki enfayib. Chak Pawòl se Verite, chak fraz se Verite. Yo rele nou e yo prezève nou, nou ranpli e yo mete nou apa; ranpli ak Sentespri a, e nou deja nan Peyi Karanan. Nou pa pè anyen…ANYEN, nou konnen kiyès nou ye.

Piske nou rete fidèl ak Pawòl Li a, jan Li mande nou, Li pral di nou ke Li kite yon eritaj pou nou. Ki lè Ou te fè sa, Papa? Lè M te chawzi nou e ke M te ekri non nou nan Liv Lavi Ti Mouton an anvan fondasyon mond lan. 

Lè plenitid tan an te rive, Mwen te voye Jezi, Ti Mouton an, ki te mouri depi fondasyon mond lan, pou nou te ka resevwa eritaj nou pou nou vin piti gason ak pitit fi Mwen, bondye amatè.

Mwen te oblije tcheke nou pou wè si nou t ap fè bri ou si nou te gen kote lous anvan M te ka plase nou.

  • “Èske nou kwè ke jwe Vwa Mwen sou bann yo nan legliz la se mal?”
  • “Wi, nou pa ta dwe jwe bann nan legliz.”
  • “Kondane sa. Nou fè bri.”
  • “Èske nou kwè ke Pawòl Mwen sou bann yo bezwen entèpratasyon?”
  • “Wi, Li bezwen yon moun pou eksplike Li.”
  • “Nou fè bri. Mete sa deyò. Nou poko pare.”

Lè nou pare, n ap di “Amèn” a chak Pawòl.

  •  “Èske nou kwè ke Mwen se menm lan a yè, jodi a e pou tout tan?”
  • “Amèn.”
  • “Èske nou kwè ke Vwa Mwen sou bann yo se VWA KI PI ENPÒTAN ke nou dwe tande?”
  • “Amèn.”
  • “Èske nou kwè ke Vwa Mwen sou bann yo pral ini Lepouz la?”
  • “Amèn.”
  • “Èske nou kwè ke pwisan anj Mwen pral prezante nou ban Mwen?”
  • “Amèn.”

Nou kòmanse solid kounye a. Mwen tcheke nou pou wè si nou fè bri ou si nou gen kote ki lous. Mwen pare pou fèmen pòt la. Mwen pral poze So Mwen sou nou. Nou pase enspeksyon Mwen an. 

Kounye a kite M di nou yon bagay, pèp cheri Mwen ki nan peyi kote nou tande bann yo, a letranje oubyen kèlkeswa kote nou ye a, nou pa bezwen pè. Tout bagay anfòm. Mwen te konnen nou anvan fondasyon mond lan. Mwen te konnen tout bagay ki ta pral rive.   

M ap vin chèche nou byento pou mennen nou yon Plas kote pa gen lanmò, ni lapenn, ni jalouzi, ni anyen; jis pèfeksyon, lanmou pafè.

Disi la, pa janm bliye, Mwen ban nou Pawòl Mwen an, nou SE PAWÒL MWEN ki fèt chè. Si nou bezwen NENPÒT BAGAY, pwononse Li, answit kwè L; Se eritaj nou.

Mwen pral voye Vwa Mwen ban nou ankò Dimanch sa e M pral eksplike nou tout Sa. M pral di nou ankò kiyès nou ye, kote nou prale, e kijan Sa ye laba a, nan moman an.

Vin jwenn Lepouz Mwen alò ke M pral fè yo chita ansanm nan lye selès Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, epi tande M k ap plase nou nan pozisyon nou pa Pawòl Mwen an. 60-0522E Adopsyon #4

Frè Jozèf Branham

25-0518 Adopsyon #3

Mesagj: 60-0522M Adopsyon #3

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Vyèj Ki Pi,

Lè nou Peze Jwe, se myèl nan wòch la, se yon lajwa nou pa ka eksprime, se yon asirans ki beni, se yon lank pou nanm nou, se espwa nou ak sipò nou, se Wòch Laj yo, se tout sa ki bon, se Chemen Bondye bay la pou jodi a.

Paske nou Peze Jwe, Vwa Bondye a fiyanse nou; li fiyanse nou ak Kris, kòm yon Vyèj ki Pi a Pawòl Li. Nou gen yon sèl Titè, yon Sèl Vwa, yon Sèl pwofèt, k ap gide nou pa Sentespri a.

Men sa se legliz la, ke m ap anseye. Sa pral sou bann yo. Mwen vle moun ki tande bann yo sonje ke sa se pou legliz mwen.

Ala yon konfimasyon pou nou ke nou nan Volonte pafè Li. Bann yo se pou legliz li. L ap anseye nou. L ap di nou, tande bann yo.

Li kòmanse Seri Adopsyon sa a ap di nou sa ki te pase kèk jou anvan. Apresa, nan chak Mesaj, li pale de moman an lè l te anlve. Jan li enpòtan pou Epouz la tande sa ki te pase e sa Epouz la te di l.

Pwofèt nou pral jije pa Pawòl la ke li preche e ke l kite sou bann yo. Lepouz la ki te lòt bò a, di l ke Seyè nou an t ap aksepte l. Apresa l ap prezante nou ba Li kòm twofe ministè li, apresa n ap retounen sou tè a ankò pou nou viv pou tout tan.

Chak Pawòl ke nou tande se yon pepit. Nou jis kontinye ap poli Li epi poli Li pandan L ap revele nou plis alò ke n ap li ant liy yo.

Jan nou renmen pataje L ak frè e sè nou yo, “Èske nou tande sa?”

“Li chwazi nou an Li anvan menm ke te gen yon mond”? Sa se eritaj nou. Bondye chwazi nou, epi Li kite Jezi vini pou peye pri a. Pou kisa? San Li koule, pou yo pa repwoche nou okenn peche. Anyen ke ou fè.

Epi, touswit apre sa,èske nou sezi sa?

“Sen,sen, sen, pou Seyè a.” Je w fikse sou Kalvè a, e anyen p ap kenbe w! Pandan tout vi w, w ap mache sou Chemen Wa a, wen ak Luil onksyon presye a, ap antre nan lye trè Sen. Whew! Amèn.

Nou te tankou baton Arawon an, yon vye baton sèch ke l te pote nan dezè a pandan karant an.  Men kounye a, paske nou te repoze nan Kote Selès sa a ap tande Vwa Bondye a k ap pale avè nou sou bann yo, nou te boujonnen e nou te fleri, ranpli ak Sentespri Li a, epi nou se Lepouz Li k ap rele byen fò:

  • Sen, sen, sen, sen, pou Seyè a, bann yo an premye nan kè nou.
  • Sen, sen, sen, sen, pou Seyè a, Li chwazi nou anvan fondasyon mond lan.
  • Sen, sen, sen, sen, pou Seyè a, nou se Lepouz Jezikri a.
  • Sen, sen, sen, sen, pou Seyè a, sa pa fè okenn diferans sa moun yo di, nou p ap retire bann yo, n ap jwe yo plis.
  • Sen, sen, sen, sen, pou Seyè a, nou gen je nou fikse sou Kalvè a, e anyen pral kanpe nou.     

M tèlman kontan pou m ini kè m ak anpil moun isi a ki konnen ke Sa se Pawòl Bondye a ki enfayib. E Li, Li se Verite, chak Pawòl se Verite, chak Mo, chak pwen. E avèk gras Bondye, m te gen privilèj wè Peyi a kote nou prale yon jou.

Vin jwenn nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke pwofèt la pral pran chak Pawòl e pral kontinye poli Li. L ap mennen L Jenèz e l ap poli Li, l ap mennen L nan Egzòd e l ap poli L ankò, epi menm nan Apokalips; e tout Sa se Jezi!

Frè Jozèf Branham

Mesaj:

Adopsyon #3 60-0522M

Ekriti:

Matye 28:19

Jan 17:7-19

Akt 9:1-6, Chapit 18 e 19

Women 8:14-19

1 Korint 12:12-13

Galat 1:8-18

Efèz Chapit 1

Ebre 6:4-6, 9:11-12

25-0511 Adopsyon #2

Mesagj: 60-0518 Adopsyon #2

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Prèt Wayal,

Tout moun mòde dwèt nou, sere konsyans nou, manyen kè nou. Jodi a, Lepouz Jezikri a ap rele:

Jodi a, pwofesi sa a akonpli devan je nou.

Mwen kwè ke, youn nan jou glorye sa yo, lè konfederasyon ini legliz sa a pral mete tèt yo ansanm, epi ke nouvo pap la ki soti de Etazini pral plase lòt bò a selon pwofesi a, lè sa a yo pral fòme yon imaj tankou bèt la.

Vwa pwofèt Bondye a te pwononse Sa le 19 Desanm 1954, epi 9 mwa apre, Robert Prevost, ke nou konnen jodi a kòm Pap Leo XIV, te fèt. Kounye a li se nouvo pap Wòm. “Ensi Di Seyè A” akonpli.

7 Me, 1946, BONDYE plase pwofèt Li nan Green’s Mill, Indiana, pou l te ba l komisyon l epi pou l te pwoklame nan mond lan, men pwisan setyèm anj mesaje Mwen, Vwa Mwen pou mond lan. Koute Li.

Lè Anj Seyè a te rankontre m nan Green’s Mill, Indiana, uit ane de sa, ap swiv mwen, depi m t piti, ap montre m vizyon, lè m al wè L, Li di m: “Si w sensè, fè moun yo kwè w, pa gen anyen k ap kanpe devan lapriyè w.”

William Marrion Branham se Vwa ke Bondye chwazi pou mond lan. Yon pwisan pwofèt ke Pawòl Bondye a al jwenn. Selon Pawòl la, li se SÈL entèprèt diven Pawòl Bondye a.

Li te konfime pa Bondye Limenm, pa Kolòn Dife A.

7 Me, 2025, SATAN plase Konklav Kadinal li yo nan Chapèl Sistin nan lavil Wòm pou yo te chwazi Vikè Kris yo, pou akonpli Ensi Di Seyè A.

Li te konfime pa lòm avèk YON LIY LAFIMEN BLAN

Lepouz Kris la atravè mond lan ap rejwi, ap rele, ap kriye epi ap louwe Seyè alò ke nou tande, epi wè ak pwòp je nou, pwofesi pwofèt la k ap akonpli.

Se kòmsi nou wè Lanmè Wouj la louvri devan je nou. Laman Fre k ap tonbe sot nan syèl la. Dè milyon de zòtolan pou nouri Epouz la. Dlo k ap soti nan Wòch la. Dife k ap desann epi k ap boule sakrifis la ak Eli.

Pwofesi ap akonpli chak jou. Pawòl Bondye te pwomèt la ap manifeste nan lavi nou. Bagay yo ap fèt toupatou. Lepouz la prepare tèt Li nan tande epi kwè Pawòl la. Nou se Pawòl la ki vin fè kò.

An verite, nou rive. Tan an toupre. Lepouz la ap rejwi epi l ap reyini ansanm atravè mond lan kòm jamè oparavan. Pwofèt la ap rasire Lepouz la lè l di nou ke nou se prèt wayal Bondye, yon nasyon sen, yon pèp espesyal ke yo rele, eli, chwazi, epi mi apa.

KOUNYE A NOU SE Pitit gason ak Pitit fi Bondye, ki kondwi pa Lespri Bondye a, pa pa lèzòm, men pa Lespri a. Nou konnen, san okenn dout, NOU SE LEPOUZ LI. LAFWA nou ap atenn nouvo somè chak jou. Pa gen anyen ki ka kanpe nou oubyen ki ka ralanti nou, Bondye revele L epi Li ankre L nan kè nou e nan nanm nou.

Lepouz la totalman rekonèt ki moun nou ye. Nou nan Tè pwomiz espirityèl nou an, nan posesyon tout bagay nèt. Nou gen lapè Selès, benediksyon Selès, Lespri Selès. TOUT BAGAY POU NOU. Nou jis ap prepare nou pou sa Li rezève pou nou. 

Twonpèt Seyè a pral sonnen, e mò an Kris yo pral resisite an premye. Kò selès sa yo pral desann epi yo pral rantre non kò terès glorifye epi y ap chanje nan yon moman, nan yon bat je. Nou tout ap anlve avè yo, pou rankontre Seyè a nan lè a.

Ala yon jou. Ala yon tan. Pa gen mwayen pou mwen pou eksprime an pawòl sa nou resanti andedan nanm nou. Kè nou ap bat. Se pa nou menm k ap fè sa, Sentespri a tankou yon pi artezyen k ap bouyi andedan nou. Lepouz la ap tann moman sa a depi epòk Adan…E KOUNYE A NOU LA A.  

Nou swete nou la byenvini. Nou envite nou. Nou sipliye nou. Vin jwenn nou pou pi bèl moman mond lan janm pase, alò ke nou pral tande Vwa Bondye a k ap revele nou Pawòl Li a Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande: 60-0518 Adopsyon #2.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan Mesaj la:

Jenèz 1:26

Efèz Chapit 1

Women 8:19

Galat 1:6-9

Ebre Chapit 6

Jan 1:17

25-0504 Adopsyon #1

Mesagj: 60-0515E Adopsyon #1

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Moun Yo Ki Adopte,

Kounye a n ap manje bagay yo ki solid nan Bondye e nou gen yon konpreyansyon klè de Pawòl Li a. Bondye ban nou vrè Revelasyon de Pawòl Li a. Lespri espirityèl nou toutafè klè.

Nou KONNEN egzakteman Kiyès Li ye. Nou KONNEN egzakteman kisa Li ye. Nou KONNEN egzakteman kote nou prale. Nou KONNEN egzakteman ki moun nou ye. Nou KONNEN nan Ki Moun nou te kwè e nou konvenki ke Li gen pwisans pou kenbe depo nou jiska jou sa la a.

Li pale e Li revele nou tout mistè yo ki te kache depi fondasyon mond lan. Li rakonte nou kijan lòt moun te toujou rejte chemen ke L te bay la e yo te vle yon lidèchip diferan, men Li t ap gen yon ti gwoup ki t ap rete fidèl ak Pawòl Li a.

Atravè mond lan, yo p ap rasanble yon sèl kote pou gen bagay an komen. Men ti gwoup pral epapiye sou tout tè a.

Glwa, nou epapiye sou tout tè a, men nou Ini, pou fè Youn, lè nou Peze Jwe e n ap tande Vwa Bondye a k ap pale avè nou.

Annou gade epi gen yon avangou de sa L pral di nou atravè pwisan anj Li a nan Dimanch.

Byenneme Moun yo ke M chwazi, kounye a nou chita ansanm nan lye Selès. Pa jis nenpòt ki kote, men nan lye “Selès”; se pozisyon nou antan ke kwayan. Nou nan yon atmosfè lapriyè e nou pare pou Mesaj la. Nou reyini ansanm antan ke sen, batize avèk Sentespri a, ranpli avèk benediksyon Bondye yo. Yo rele nou, yo chawzi nou,  epi lespri nou mennen nan yon atmosfè Selès. 

Kisa k ka rive. Sentespri M pral repann sou tout kè yo. Nou rejenere e nou vin tounen yon nouvo kreyati nan Jezikri. Tout peche nou yo anba San an. Nou nan adorasyon pafè, ak men nou e kè nou ki leve vè Mwen, ap adore M ansanm nan lye Selès.

Nou Predestine, Eli, nan Presyans Mwen. Chwazi, Sanktifye, Jistifye pa Predestinasyon. Li enposib ke nou sedwi. Mwen predestine nou anvan fondasyon mond lan. Nou se yon Bondye amatè, ki sele pa Sentespri ki te pwomèt la; pa sèlman fèt nan fanmi an, men Pitit gason ak Pitit fi M ki adopte.

M pral beni nou avèk gerizon divin, presyans, revelasyon, vizyon, pwisans, lang, entèpretasyon, sajès, konesans, e tout benediksyon Selès yo, avèk yon jwa inexprimab epi ki plen ak Glwa.  

Chak kè pral ranpli avèk Lespri Mwen an. Nou pral mache ansanm, chita ansanm, nan lye Selès. Pa yon sèl move panse nan mitan nou, pa yon sèl sigarèt k ap fimen, pa yon sèl rad kout, pa yon sèl sesi, sela ou lòt bagay, pa yon sèl move panse, pèsonn pa gen anyen kont lòt, tout moun ap pale ak lanmou e an amoni, tout moun ak yon sèl akò nan yon kote.

Apresa toudenkou pral gen yon bwi k ap soti nan Syèl la tankou yon van fò pwisan e Mwen pral beni nou ak tout benediksyon espirityèl yo. Apresa n ap tankou David, k ap danse devan Ak la, ap di mond lan nou pa wont, NOU SE LEPOUZ MWEN KI KOUTE BANN YO! Nou peze jwe e nou kwè CHAK PAWÒL ke Mwen pwononse. Nou p ap, e nou pa ka tranble!

Lòt moun ka rejte Li, ou pa ka konprann Li, men pou nou menm, Se Badj Onè nou. Jan David te di madanm li a;  “ou panse sa se te yon bagay, jis tann jiska demen, nou pral tande plis bann toujou, ap louwe Seyè a, ranpli ak Lespri Li; paske n ap viv nan Kanaran, an wout vè tè pwomiz la.”

Apresa M pral gade depi anlè Syèl la e M pral di nou:

“Nou se Lepouz Mwen selon Pwòp kè Mwen.”

Benediksyon sa yo ka pou nou tou. Vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, epi viv eksperyans prezans Seyè a kòm jamè oparavan alò ke n ap tande Vwa Bondye a pou jou jodi a k ap pale avè nou epi k ap pote nou Mesaj la: Adopsyon #1 60-0515E.

Sonje, sa se pou legliz la, pa pou etranje a. Se yon mistè an enigm pou li, li pa janm ka konprann, sa pase anlè tèt li, li pa konn anyen de sa, anyen menm. Men, pou legliz la, se myèl nan wòch la, se yon jwa inexprimab, se asirans lan ki beni, se lank nanm lan, se espwa nou e sipò nou, se Wòch Laj yo, oh, se tout bagay ki bon. Paske syèl la ak tè a pral pase, men Pawòl Bondye a p ap janm pase.  

Frè Jozèh Branham

Ekriti pou li anvan Mesaj la:

Jowel 2:28

Efèz 1:1-5

1 Korint 12:13

1 Pyè 1:20

Apokalips 17:8

Apokalips 13

25-0427 Wa Ki Rejte A

Mesagj: 60-0515M Wa Ki Rejte A

PDF

BranhamTabernacle.org

BByenneme Presye Zanmi,

Byenneme mwen, cheri mwen yo nan Levanjil la, pitit mwen yo ki fèt pou Bondye.

Ala yon bèl wikenn nou te pase avèk Seyè nou an. Se te tankou anyen lòt, jis pase tan avè L, pale avè L, tande Vwa Li, adore Li, remèsye Li epi di L a konbyen nou renmen L.

Se yon gwo onè pou nou viv nan epòk sa a epi pou nou fè pati de akonplisman Lekriti yo. Kijan pawòl yon mòtèl ka eksprime tout sa ki nan kè nou? Jan pwofèt la di, Se pa mwen menm, gen jis yon Bagay andedan mwen, k ap pouse epi k ap bouyi anndan mwen; yon sous atisyen Sentespri a. Se Lepouz la k ap prepare tèt li pou Epou a.

Jan yon Epouz eksite jis anvan maryaj li. Kè l ap bat tèlman vit alò ke dènye segonn yo ap ekoule…li konnen ke tan an finalman rive. “Mwen prepare tèt mwen. L ap vin chache mwen. Kounye a n ap fè YOUN.”

Nou vrèman ap viv nan dènye moman tan an. Lepouz la pral byento anlve epi y ap rele l pou Soupe lin de myèl nou an. L ap mennen nou nan nouvo somè. Pa gen kesyon ankò; pa gen dout ankò; NOU SE LEPOUZ LA.

E Li poko fini. Li vle beni toujou epi ankouraje Lepouz byenneme Li ke L chwazi a. Jan Li renmen ankouraje L epi di L konbyen Li renmen Li. Konbyen Li fyè de Li. 

Li gen ankò yon lòt Revelasyon espesyal pou L ba Li. Alò ke gen anpil vwa nan mond lan k ap rejte jwe bann yo, Li vle asire Epouz Li ankò ke yo nan Volonte pafè Li e y ap swiv Chemen ke Li bay la.

Pwogram Li te toujou rejte. Lepouz Li te toujou pèsekite. Moun yo toujou vle fason pa yo, pwòp lide yo. Yo vle yon lidè diferan pou kondwi yo. Men Bondye voye YON lidè pou kondwi Lepouz Li, Li menm, Sentespri a, e Sentespri nan epòk sa a, kòm TOUT LÒT EPÒK YO, SE PWOFÈT BONDYE A.

Yo te toujou vle ke dèzòm kondwi yo. Nan epòk Samyèl, Bondye di ke yo t ap rejte L paske yo pa t vle Samyèl kondwi yo. Sa te sanble etranj paske Samyèl te yon nonm tou, men diferans lan se te ke Samyèl te nonm ke Bondye te chwazi pou kondwi yo. Se pa t Samyèl, Se te Bondye ki t ap itilize Samyèl. Li te VWA AK MOUN ke Bondye te chwazi POU KONDWI YO, men yo te vle lòt vwa. 

Sayil te konnen pèp la te pè Samyèl, alò li te oblije deklare, “Sayil E Samyèl”. Li te oblije fè moun yo pè pou yo swiv li. An verite, yo te rele l. An verite, li te wen pa Samyèl pou l vin wa yo, men Bondye te TOUJOU gen yon Chemen ke L te bay, e pwofèy la ke L te chwazi pou kondwi yo, menm pou kondwi Sayil. Bondye te pale ak pwofèt Li a epi l te di Sayil sa pou l fè. Lè Sayil te deside ke li menm tou li te wen, e ke l pa t vle jis tande pwofèt la, Bondye te retire l wayòm li.

Kidonk lè yo te fè sa, lè gwo defèt la te rive, Alòs Sayil koupe de gwo toro bèf e l te voye yo bay tout pèp la. E Mwen swete pou ta remake la, lè Sayil te voye moso bèf yo bay tout pèp Izrayèl la, li di yo, “Se pou tout moun ki pa vle swiv Samyèl ak Sayil, pou l vin, menm jan, ak bèf sa a.” Èske w wè jan li te eseye nan malis reprezante tèt li ak òm de Dye a? Ala—ala sa te antikretyen! Krent pèp la se te akoz de Samyèl. Men Sayil fè yo tout swiv li paske pèp sa te pè Samyèl. “Ke yo swiv Samyèl ak Sayil.”

Yon jou Sayil te tèlman boulvèse.Li pa t ka jwenn yon repons nan men Bondye. Li pa t ka jwenn rekonfò. Li te vle repons. Li te konnen ki kote li te dwe ale pou jwenn repons ke l te vle a; te gen yon sèl kote, PWOFÈT BONDYE, SAMYÈL. Li te mouri, men li te toujou VWA BONDYE A, MENM NAN PARADI.

Papa nou te vle ke Lepouz Li konnen ki moun Li te chwazi pou kondwi Lepouz Li nan dènye jou sa a, alò Li te mennen pwisan anj Li odela rido tan an pou di nou ankò, rekonfòte nou epi ankouraje nou ke nou nan Volonte pafè Li ke L prevwa.

Koute avèk anpil atansyon TOUT sa pwofèt la di.

Bon, m pa ta vle w repete sa. Men m devan legliz mwen, oswa devan brebi pa m ke se mwen ki pastè a.

Anvan li di nou anyen, dabò li vle ke nou konnen ke se SÈLMAN pou NOU, LEGLIZ LI, BREBI LI, KE SE LI MENM KI PASTÈ A. Kidonk, si w pa ka di, “Frè Branham se pastè MWEN,” mwen di l deja, men senpleman pa gen nesesite pou kontinye li plis, sa a pa pou ou, an plis li pa t menm vle ke nou repete l bay pèsonn eksepte a sa yo ki kwè epi ki di, “Frè Branham se pastè mwen”.

Jis la a, se repons nou an pou kesyon kote nou jwenn anpil kritik paske nou di: “Frè Bramham se pastè nou.” (Sa se moun bann yo.) Yo gen rezon, se sa l ye, e se sa nou ye.

Tanpri pa fache avè m, m pa di bagay sa yo pou kontrarye pèsonn, sa pa t ap bon, men se sa L ap di a Lepouz la. M pa mete entèpretasyon pa m ladann, Li di l klèman…Pawòl Bondye a pa bezwen entèpretasyon.

Ke se te, ke m te nan kò sa ou deyò li, ke se te yon anlèvman, se pa t tankou okenn vizyon m te janm genyen.

Kounye a li di nou ke sa a pa t tankou okenn vizyon ke l te janm genyen. L al on kote li pa t janm ale. Li te ankò PI GWO ke tout vizyon ke l te janm wè. Li pa t ap reve, li wè kò li sou kabann lan; LI TE LA A.

Lepouz Jezikri a, kite sa a antre byen fon. Se te Lepouz Jezikri sou lòt bò a, tan prezan, ki te kouri vin jwenn li, ap kriye epi ap pran li, ap antoure l ak bra yo epi ap di, “Oh, presye frè nou!”

Li te la a; li te ka santi l; li te ka tande yo. Yo t ap pale avè l. Li te kanpe, epi l te gade, li te jenn. Li te vire tounen pou gade vye kò li ki te lonje la a avèk men li dèyè tèt li. 

Bon nou etabli ke LI TE LA A, e ke Se Lepouz Jezikri a ke l t ap gade. Kounye a annou tande sa yon vwa ki te anlè l t ap di l. 

E alòs Vwa sa ki t ap pale, apati de anlè tèt mwen an, te di, “Ou konnen, sa ekri nan Bib la ke pwofèt yo ap rasanble ansanm ak moun pa yo.”

Bondye pa t sèlman ap ankouraje pwofèt Li epi montre l yon bagay, men te gen byen plis ke Sa. Li t ap retounen epi di nou non sèlman ki kote nou prale e kijan l ap ye, men l ap di nou tou ke nou nan Volonte pafè Li lè nou Peze Jwe e ke se konsa ke nou rive kote nou jwenn Lepouz la. 

Frè Branham di ke l te tèlman anvi wè Jezi. Men yo di l:

“Kounye a, li jis yon tikras pi wo, jis anwo nan direksyon sa.” Yo te di, “Yon jou L ap vin kote w.”

Yo di l answit KIYÈS LI TE YE.

“Yo te voye w, pou w te yon lidè. Bondye pral vini. Epi lè L va vini, dabò, L ap jije w dapre sa w te anseye yo, ke yo antre ou pa pral depann de sa. N ap antre dapre ansèyman w lan.”

Kiyès yo voye kòm lidè? N ap jije dapre sa kiyès ki te anseye nou? N ap antre nan Syèl la dapre anseyman kiyès?  

Youn ka di, mwen anseye pèp mwen egzakteman sa Frè Branham di…amèn, ou sipoze fè sa e m kwè ke kèk fè sa, men pa di “Frè Branham e mwen.”

Annou kontinye li paske Li vle SÈTEN ke nou konprann pi klè.

E moun sa yo te rele byen fò, epi yo te di, “Nou konn sa. Epi nou konnen n ap retounen avèk ou, yon jou, sou tè a.” Yo te di, “Jezi pral vini, e yo va jije w dapre Pawòl ou te preche nou an.

N ap jije dapre Pawòl Li ke L preche nou an. Kidonk, jijman an vini de sa Vwa Bondye a di sou bann yo. Kijan yon moun ka di ke Vwa a sou bann yo pa VWA A KI PI ENPÒTAN ke nou ka tande?

“E answit si yo aksepte w nan moman sa, se sa k pral rive w,”

Èske nou pare? Sa pral anfonse klou a sou sa ki Volonte pafè Seyè a pou Lepouz Jezikri a. Lepouz la di pwofèt la sa LI PRAL FÈ. Pèsonn lòt. Pa yon gwoup. Pa yon lòt pastè, pwofèt Bondye, WILLIAM MARRION BRANHAM.

Lè sa ou pral prezante nou ba Li, kòm twofe ministè w.”

Kiyès ki pral prezante nou bay Seyè Jezi?

Jou pou tande jis pwofèt la fini?

Frè Branham pa janm di pou jwe bann yo?

Lepouz la ap rele byen fò epi li di ke si nou vle vin Lepouz la, pito nou Peze Jwe.

Nou toujou pa konvenki? Ebyen, gen plis toujou.

Yo te di, “Ou pral gide nou a Limenm, epi, tout ansanm, nou va tounen sou tè a, pou viv pou tout tan.”

Kiyès ki pral kondwi nou a Li menm? Kiyès k ap kondwi Lepouz la? Lepouz la di l ke LI PRAL KONDWI LEPOUZ LA A LI MENM, apresa nou pral retounen sou tè a pou viv pou tout tan.

Si gen KRAS Revelasyon nan nou. Si nou pretann kwè Mesaj Sa a, m ap priye ke Bondye pral revele nou ke nou OBLIJE bay Vwa L, bann yo, PREMYE PLAS LA.

Pastè, remete pwofèt la dèyè chè nou. Bann yo se Vwa a ki pi enpòtan ke nou dwe tande paske n ap jije dapre VWA SA A.

Selon Pawòl la, lè nou tande Vwa Bondye a sou bann yo, nou nan Volonte pafè ke L bay pou epòk nou an.

Si Bondye louvri je nou sou vrè Revelasyon Pawòl Li a, mwen envite nou vin jwenn nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande 60-0515M Wa Rejte A.

Frè Jozèf Branham

25-0417 Kominyon

Mesagj: Pak 2025 – Sèvis Espesyal Kominyon Ak Lavman Pye

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Kris,

Ala yon moman glorye Lepouz la pral genyen Wikenn Pak sa a. M kwè sa ap youn nan gwo moman nan vi nou; yon moman nou pap janm bliye. Yon wikenn memorab.

Chak Pak te yon moman tèlman espesyal pou Lepouz la, alò ke nou fèmen pòt nou a mond deyò a lè nou etenn tout aparèy nou yo ak distraksyon mond lan, e ke nou jis rekonsakre vi nou ba Li. Se yon wikenn antye konsakre a Li nan adorasyon, alò ke nou pale avè L tout jounen, epi ke nou tande Pawòl Li answit.

Lènmi an tèlman distrè nou epi kenbe nou okipe avèk anpil bagay nan lavi a ke li vin trè difisil pou nou fèmen a mond lan epi pou nou pale avè L. Menm aparèy yo ke nou itilize pou tande Pawòl la, Satan itilize yo pou fè nou pèdi tan. 

Men wikenn sa a pral diferan, e li pap sanble a okenn lòt wikenn Pak ke nou te janm genyen. 

Lè Seyè a te mete sou kè m pou m tande So yo, m pa t gen okenn lide kijan dat yo t ap tonbe. Men kòm toujou, tan Li pafè. De Dimanch de sa, nou te gen onè tande 4e So a , Laj Zèg la, 6 Avril, jou anivèsè pwofèt la, jan li apwopriye.

Men kounye a, Seyè a gen plis bagay toujou an rezèv pou nou. Jan mwen di l, lè mwen te santi ke Seyè a te mete sou kè m pou jwe So yo, mwen te konnen sa t ap pran plizyè semèn pou m fin jwe yo, paske gen 10 Mesaj nan seri a.

Alò ke m t ap konsilte kalandriye a, m te konstate ke Pak t ap tonbe anvan ke nou fin tande tout seri a. Mwen di tèt mwen, “mwen sipoze ke n ap oblije sispann tande So yo epi L ap ban mwen Mesaj pou Pak.”

Nan yon moman mwen wè…L ap PAFÈ. Nou ka kontinye jwe So yo avèk Setyèm So a ki pral jwe Dimanch Maten Pak la. M pat ka kwè sa, li te aliyen pafètman avèk orè a. Mwen te konnen touswit, SA SE OU, SEYÈ.

Mwen tèlman eksite e nan gwo atant pou peryòd Pak nou ansanm, e avèk Li menm. Mwen konnen Li fè orè a pou nou.

Kidonk, si Seyè a vle, n ap kontinye tande So yo pandan tout Wikenn Pak nou ki trè espesyal.

JEDI

Se te Jedi swa ke Seyè Jezi te pran Dènye Soupe a ak disip Li yo, an komemorasyon Pak la anvan egzòd pitit Izrayèl yo. Ala yon okazyon nou genyen pou nou kominye avèk Seyè a lakay nou, anvan wikenn sakre nou an, epi mande Li pou L padone nou pou peche nou yo, epi pou L ban nou tout sa nou bezwen nan vwayaj nou an. 

Akòde l, Seyè. Geri malad yo. Konsole sa ki fatige a. Bay lajwa a sa ki oprese a. Bay lapè a sa ki boulvèse a, manje a sa ki grangou, dlo a sa ki swaf, lajwa a sa ki tris, pwisans a legliz la. Seyè, mennen Jezi nan mitan nou aswè a, pandan nou sou pwen pran kominyon an ki reprezante kò brize Li a. Nou priye, Seyè, ke Li va vizite nou nan yon fason ekstraòdinè…

Beni lòt yo, Seyè, toupatou nan mond lan, k ap tann avèk jwa vini Seyè a, lanp yo prepare, ak mèch yo byen netwaye, epi Limyè Levanjil la k ap klere nan plas sonb yo.

Annou kòmanse a 6:00PM nan lè lokal nou yo pou nou tande Kominyon 62-0204, e answit pwofèt la pral prezante Sèvis espesyal nou Kominyon a e Lavman Pye yo, k ap jwe sou aplikasyon Lifeline lan (an Anglè), oubyen ou ka telechaje sèvis la an Anglè oubyen nan lòt lang lè w klike sou lyen ki anba a.

Apre Mesaj la, n ap rasanble ansanm ak fanmi nou lakay nou epi n ap pran Soupe Seyè a.

VANDREDI

Ann al an priyè ak fanmi nou a 9:00AM, epi answit a midi ankò, pou nou envite Seyè a pou L avè nou epi pou L ranpli kay nou ak Sentespri a alò ke n ap konsakre nou a Li. 

Ke panse nou retounen a jou sa a sou Kalvè a, apeprè 2000 an de sa, epi wè Sovè nou an pandye sou kwa a, epi annou angaje tèt nou tou pou toujou fè sa ki fè Papa a plezi: 

Epi jou sa a, ki tèlman enpòtan, youn nan pi gwo jou yo, annou egzamine twa bagay diferan ke jou sa te reprezante pou nou. Nou te ka pran dè santèn. Men, maten an, m jis chwazi twa bagay diferan, enpòtan ke nou vle egzamine, pou on lòt ti moman, ki montre sa Kalvè a te vle di pou nou. E m priye pou sa kondane tout pechè ki prezan; ke chak sen mete yo ajenou; ke chak malad leve lafwa li bay Bondye, epi mache ale, geri; ke chak pechè sove; chak retwograd retounen, epi pou yo wont tèt yo; epi pou chak sen rejwi tèt yo, epi pou yo reprann yon nouvo elan e yon nouvo espwa.   

Apresa a midi, annou rasanble ansanm lakay nou pou tande: 63-0323 Sizyèm So A.

Apresa annou ransanble ansanm ankò nan lapriyè touswit apre sèvis la, an komemorasyon krisifiksyon Seyè nou an.

SAMDI

Annou tout reyini ansanm yon lòt fwa nan lapriyè a 9:00AM e midi, epi prepare kè nou pou gwo bagay ke L pral fè pou nou nan mitan nou.

M ka tande L k ap di: “Satan, vin isit!” Se Li menm ki Chèf kounye a. Li lonje men L, rale kle lanmò a ak lanfè a bò kote L, epi Li kwoke l nan Pwòp tay Li. “M vle mete w an gad. Ou bay blòf ase lontan. M se Fis Dye vivan an ki soti nan yon vyèj. San M toujou imid sou kwa a, e tout dèt la peye! Ou pa gen okenn dwa ankò. Ou pa gen anyen ankò. Bann M kle sa yo!”

Apresa a 12:30PM, nou tout ap rasanble pou tande PAWÒL la: 63-0324m Kesyon Ak Repons Sou So Yo.

Ala yon JOU MEMORAB sa pral ye pou Lepouz Li, atravè mond lan.

Apresa annou retounen ansanm nan lapriyè touswit apre sèvis la.

DIMANCH

Tou dabò, annou leve bonè menm jan Frè Branham te fè maten an lè ti zanmi l, wouj gòj la, te leve l a 5AM. Annou jis remèsye Seyè a paske L te resisite Jezi pami lanmò yo:

A senk è maten an, ti zanmi m lan ki gen lestomak wouj la vole jiska fenèt mwen epi li reveye m. Ou ta di ti kè l ta pral eklate, pandan l ap di: “Li resisite.”   

A 9AM e a midi, annou rasanble ankò nan chèn priyè nou, pou priye youn pou lòt epi pou prepare nou pou tande Vwa Bondye a.

A 12:30PM, nou pral rasanble pou tande Mesaj Pak nou: 63-0324e Setyèm So A.

A 3PM, annou tout reyini ansanm yon lòt fwa nan lapriyè, pou remèsye L pou BÈL WIKENN LI BAN NOU AVÈ L EPI AVÈK LEPOUZ LI ATRAVÈ MOND LAN.

Pou frè m yo ak sè m yo a letranje, menm jan ak ane dènyè, m ta renmen envite nou vin jwenn nou lè Jeffersonville, pou tout moman lapriyè nan orè sa a. Sepandan, m reyalize ke l ap trè difisil pou pi fò nan nou pou jwe bann yo nan Jedi, Vandredi e Samdi lè Jeffersonville, kidonk tanpri santi nou alèz pou tande Mesaj sa yo nan moman k ap bon pou nou. Sepandan, m ta renmen pou nou tout rasanble ansanm Dimanch a 12:30PM, lè Jeffersonville, pou tande Mesaj Dimanch nou an ansanm.

M ta renmen envite nou tou, nou menm ak pitit nou, pou patisipe nan pwojè Kreyasyon yo, redaksyon jounal la, epi egzamen YF yo, ke tout fanmi nou ka jwi ansanm. Nou panse ke n ap renmen yo, paske tout baze sou PAWÒL la ke nou pral tande wikenn sa a.

Pou orè wikenn lan, enfòmasyon sou preparasyon sèvis kominyon an, materyèl ke n ap bezwen pou pwojè Kreyasyon yo, Egzamen Pak yo, epi lòt enfòmasyon, gade lyen ki anba yo.

Ann fèmen telefòn nou yo pou wikenn Pak la eksepte pou nou pran foto, pou tande Sitasyon Jou An, epi pou jwe bann yo nan aplikasyon Tab la, apliksayon Lifeline, oubyen pa lyen telechajeman yo.

Se tout on onè pou mwen pou envite nou, nou menm ak fanmi nou pou vin ansanm avèk Lepouz la atravè mond lan pou yon wikenn ranpli ak ADORASYON, LWANJ E GERIZON. M vrèman kwè ke se yon wikenn ki pral chanje lavi nou pou tout tan.

Frè Jozèf Branham

25-0413 Senkyem So A

Mesagj: 63-0322 Senkyem So A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Sa Yo K ap Repoze,

Nou la. Nou rive. Konfimasyon Pawòl la pwouve ke Revelasyon nou an de Mesaj sa a vini de Bondye. Nou nan VOLONTE PAFÈ LI lè nou rete avèk Vwa Bondye a sou bann yo.

Ki jan li enpòntan pou Peze Jwe? Pawòl yo ke n ap tande sou bann yo tèlman enpòtan, tèlman sakre, ke Bondye Li menm pa t ka konfye yo menm a yon Anj…pa menm a youn nan Anj selès Li yo. Li te dwe revele e transmèt bay Lepouz Li pa pwofèt Li a, paske se a li menm SÈL ke Pawòl la ale, a pwofèt Li a.

Bondye rache So yo, Li remèt yo bay setyèm anj mesaje Li ki te sou tè a, epi Li revele l tout Liv Apokalips la. Answit, Bondye pale atravè anj terès Li a epi Li revele TOUT BAGAY a Lepouz Li a.

Chak ti detay te pwononse e te revele ba nou. Bondye te tèlman gen sousi pou nou ke non sèlman Li rakonte nou sa ki te pase isi a sou tè a depi kòmansman tan an, men Li te pale atravè anj Li a epi Li te di nou sa k ap pase kounye a menm nan yon kote tankou paradi a.

Li pa t vle pou nou enkyè, oubyen pou nou pa sèten sou sa avni a rezève nou lè n ap kite tabènak terès sa a. Alò, Bondye Li menm mennen pwisan anj Li a odela rido tan an, pou l te ka wè Sa, manyen Sa, e menm pale avè yo ki Lòt bò a. Se pa t yon vizyon, li te LA A.

Bondye mennen l lòt bò a pou l te ka retounen e di nou: “m te la a, mwen wè Sa. Sa ap rive KOUNYE A MENM…Manman nou, papa nou, frè, sè, pitit gason, pitit fi,madanm, mari, granparan, Moyiz, Eli, TOUT SEN YO ki ale lòt bò a an Wòb Blan, ap repoze epi ap tann apre NOU”.

Nou p ap kriye ankò, paske se lajwa sèlman k ap genyen. Nou p ap tris ankò, paske se bonè selman k ap genyen. Nou p ap janm mouri, paske se lavi sèlman ki genyen. Nou p ap ka vin granmoun, paske nou tout ap jèn pou tout tan.

Se pèfeksyon…plis pèfeksyon…plis pèfeksyon, e nou prale lòt bò a!!! E tankou Moyiz, nou p ap menm kite yon zong, NOU TOUT PRALE…TOUT FANMI NOU.

Jan sa a enpòtan pou RENMEN pwisan setyèm anj sa a?

E L rele, Li di: “Tout sa yo ke w te janm renmen…” rekonpans pou sèvis mwen. M pa bezwen rekonpans. Li di: “Tout sa yo ke w te janm renmen, e tout sa yo ki te janm renmen w, Bondye ba ou yo.”

Annou li sa ankò tanpri: Kisa Li di?….Bondye ba OU yo!!

E n ap rejwenn yo e n ap rele: “N ap repoze sou Li”

Sou kisa nou repoze destinasyon etènèl nou an? SOU CHAK PAWÒL KI TE PWONONSE SOU BANN YO. M tèlman rekonesan anvè Seyè a ke Li ban nou Vrè Revelasyon ke Peze Jwe se bagay ki PI ENPÒTAN ke Lepouz la dwe fè.

Èske nou ta renmen repoze avè nou? Vin jwen nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande tout sa avni a rezève nou, kote nou prale, e kijan pou nou rive la a, pandan ke n ap tande Vwa Bondye a k ap pale e k ap louvri: Senkyèm So A 63-0322.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:
Danyèl 9:20-27
Akt 15:13-14
Women 11:25-26
Apokalips 6:9-11 / 11:7-8 / 22:8-9