23-1001 Twazyèm Egzòd La

Mesagj: 63-0630m Twazyèm Egzòd La

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Egzòd,

Bagay sa yo ke nou wè k ap fèt jodi a pa t ka rive ven ane de sa, ni karantan de sa; se sèlman jodi a ke l ap rive. Men lè a! Men moman an! Se moman an pou L rive, kounye a. Bondye te pwomèt li, EPI MEN LI.

Nou gen yon entelijans espirityèl; inikite nasyon sa a fini. Lè a rive. Li lè pou n ale nan Tè pwomiz sa a. Se pa jis on lòt peyi pou n ale, men Kay K ap Vini a ke nou t ap tann lan.   

Jis panse a  sa, sa k ap gide nou plis ke yon pwofèt. Se Bondye ki manifeste nan lachè nan mitan nou, avèk Pawòl Li pou pwouve l. On pwofèt ki fè mil fwa plis ke nenpòt lòt pwofèt. Se Kolòn Dife a k ap kondwi nou nan Tè pwomiz la, Mileniyòm lan.

Li chwazi pwofèt nou an epi Li ba li yon siy Sinatirèl Kolòn Dife a, pou l pa fè erè. Sa pwofèt la te di se Pawòl Bondye. Li pran pwofèt nou, Li fòme l, apresa Li voye l tounen ban nou avèk Kolòn Dife a, pou L konfime Tèt Li a nou, epi Li ban nou yon Revelasyon konplè sou tout Pawòl Li a.

Si nou vle ale nan Tè pwomiz sa a, nou pa janm dwe bliye, Bondye pa ka e Li p ap chanje pwogram Li. Se Bondye Li ye, e Li pa kapab. Li di nou ke Li p ap trete avèk yon gwoup. Li pa janm fè L. Li trete avè nou kòm endividi. Li pwomèt nou nan Pawòl Li ke L ta pral voye nou Malachi 4 pou mennen nou nan Peyi sa a, epi Li fè l.

Men, nou wè, Akab te gen yon sistèm ke li te panse ki te vin de Bondye. Li te di : “M gen katsan ladan yo, enstwi epi fòme.” Epi yo pretann yo se pwofèt Ebre, menm jan gwoup ministè yo fè l jodi a.

Anpil pa vle aksepte l, men tankou Eli nan tan lontan, setyèm anj mesaje Bondye a, pastè nou an, se pastè mond lan pou kondwi Lepouz Li.

Li se Malachi 4:5, e Apokalips 10:7. Li se akonplisman tout Ekriti yo ke Bib la te predi sou li. Se Mesaj sa a, Vwa sa a, ki se Vwa Bondye k ap rele Lepouz Li. Se Plan Bondye pou jodi a. 

Se menm Kolòn Dife a, atravè menm sistèm wen an. Menm Bondye a k ap fè menm bagay yo.

Kounye a Pawòl la fè chè epi Li abite nan mitan nou, nan kò nou, Lepouz Pawòl Li. 

Annou kriye nan pye L epi di L mèsi, louwe Li, adore Li, pou tout sa Li fè: Li sove nou, Li predestine nou, Li jistifye nou.

Sa L ap fè pou nou kounye a menm; L ap ban nou Revelasyon aprè Revelasyon, L ap di nou kiyès nou ye. E tout sa Li pral fè pou nou…Li pral vin pran nou kòm Lepouz Li epi mennen nou nan Kay Kap Vini nou an ke Li fè pou nou, epi n ap avè L pandan tout Letènite.

Kèlkeswa sa nou bezwen, rele ba Li. Se sa Li vle pitit Li yo fè. Rele ba Li jiskaske nou satisfè epi nou jwenn sa nou bezwen.

Vin ini avèk yon pati nan Lepouz Li Dimanch a midi, lè Jeffersonville, epi tande pastè Bondye a pou mond lan, William Marrion Branham, k ap di nou tout bagay sou: Twazyèm Egzòd La 63-0630M.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:

Egzòd 3:1-12

Jenèz, chapit 37

Jenèz, chapit 43