23-1008 Èske Vi W Diy Parapò A Levanjil La?

Mesagj: 63-0630E Èske Vi W Diy Parapò A Levanjil La?

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Twoupo Pwofèt Bondye,

Annou priye.

Papa nou ki nan Syèl la, jan nou rekonesan nou gen yon lòt okazyon pou nou rasanble ansanm toupatou nan mond lan, kote sa a nan Letènite. Pou nou nan on menm lespri e on menm akò avè W; pou tande Vwa W k ap pale avè nou. N ap gade ankò pou W renouvle fòs nou, pou W ban nou kouraj epi fòs pou vwayaj ki devan nou.

Nou rasanble ansanm pou resevwa Laman ke yo te ban nou. Laman espirityèl sa a ke W te sere pou ban nou fòs pou vwayaj la. Se SÈL bagay ki ka soutni nou nan jou k ap vini yo. 

Ou di nou, anvan W ka mete Legliz Ou an lòd, W ap oblije rasanble nou, nan on sèl kote, nan on sèl akò. Apresa Ou pral voye Sentespri W ban nou pou gide nou; pa kèk konsèy èkumenik, pa kèk gwoup moun, men Sentespri W pou pale avè nou de bouch a zòrèy. 

Ou pale atravè anj Ou epi W di nou:

“M vle ke nou rete avèk pastè nou epi rete avèk Ansèyman an ki te bay isit la. Rete avèk Pawòl sa a, pa kite L! Rete dwat ak Pawòl la kèlkeswa sa ki vini ou ki ale, rete avèk Pawòl sa a!”

Papa, nou obeyi Pawòl Ou epi n ap rete avèk pastè nou. Se Vwa Bondye pou jodi a ki jis pwononse bon Pawòl Ou ki te konfime epi manifeste pou jou jodi a.

Ou di nou jan l te ye nan epòk Sodòm, se konsa l ap ye lè Fis de Lòm lan ap Vini; ke n ap gen de bagay pou gide nou, epi rès mond lan ap gen de bagay. De bagay pa yo se te de predikatè.

Men pou Legliz espirityèl Ou, Lepouz Ou, Dam Ou ki te predestine, ki te chwazi, de bagay nou yo se t ap Ou menm, ki manifeste nan yon kò kò imen, k ap gide nou pa Kolòn Dife a.  

Kite van an rele. Kite tanpèt yo souke. Nou an sekirite, a jamè. Nou repoze jis la a sou Pawòl Ou. Moman an vini. Egzòd espirityèl la rive. N ap mache epi n ap pale avè W chak jou, ap tande Vwa W. Nou toujou an kominyon avè W. 

Nou vle vin Men W, Je W, Lang Ou. Ou se pye rezen an, nou se branch Ou yo. Ban nou fòs, Papa, pou nou pote fwi W. Sèl dezi nou se pou nou gen yon lavi ki diy pou Levanjil Ou.

Reflete Tèt Ou atravè nou, Papa, pou kontinye zèv Ou epi akonpli Pawòl Ou te pwomèt la. Dezi nou se pou nou vin mesaje W pou jodi a, pou akonpli tout sa ki jis.

Nou vle tande W k ap di nou:

Priyè m se, a sila yo nan radyo oswa nan…kote yap tande bann lan, ak sila yo ki prezan. Ke Bondye ki an tout gras, nan Syèl la, klere Sentespri beni L la sou nou tout, ke, depi aswè a, apati de kounye a, nou ka viv yon vi ke Bondye ta di: “Sa byen fè M plezi. Antre nan lajwa Etènèl yo ki te pare pou ou depi fondasyon mond lan.” Kite Bondye nan Syèl la voye benediksyon L yo sou nou tout.

GLWA…sa se nou Papa, Lepouz Ou kote nou tande bann lan. An verite, Ou voye benediksyon W sou nou epi W ap revele nou Pawòl Ou, W ap di nou nan chak Mesaj ke nou tande, ke Ou trè satisfè, ke NOU SE LEPOUZ OU.

Si nou ta renmen tande pastè nou, pastè Bondye pou mond lan ke Li voye pou rele epi gide Lepouz Li, vin jwenn nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, pou tande l k ap pwononse Pawòl Lavi Etènèl, alò ke l ap pote nou yon Mesaj Bondye: Èske Vi W Diy Parapò A Levanjil La? 63-0630E.

Frè Jozèf Branham 

Anons Espesyal: Si Seyè a vle, nou pral gen yon sèvis kominyon lakay ak lavman pye Dimanch pwochen nan aswè, 15 Oktòb.