21-1212 Kominyon

Mesagj: 65-1212 Kominyon

PDF

Swit Sevis Kominyon An

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Chè Lepouz Jezikri La,

Seyè a te kite nou avèk 3 òdonans materyèl sèlman pou fè antan ke Kretyen; Batèm, Lavman Dè Pye, ak Kominyon.
Kominyon se yon gwo defi pou yon kwayan, e se sèlman sila yo ki te batize lan Non Jezikri, e ki ap viv yon vi kretyen, ki ta dwe pran l.

Depi byen dè mwa kounye a, mwen te gen yon gwo fado sou kè m pou nou te gen yon sèvis kominyon. Sa fè plis ke yon ane depi nou te rankontre sou Tab Seyè a epi nou te fè Lavman dè Pye. Nan pale ak anpil kwayan, yo tout te di menm bagay la, “Nou swete nou te ka pran Kominyon.”

Pandan m te nan lapriyè, Seyè a te mete sou kè m yon fason nou tout ka ini epi gen yon sèvis kominyon nan fwaye lakay nou. An Jiyè 1964, yon frè ki rele Gagnon te ekri Frè Branham, pou mande l si se te kòrèk pou li fè sèvis Kominyon lakay li, paske li pa t yon minis. Frè Branham te reponn li pou di l, “wi, ou mèt fè l, ou pa oblije yon minis pou fè sa.”

Mwen si tèlman gen Seyè a rekonesans poutèt Li te fè yon chemen pou Lepouz Kris la te ka fè toulède Kominyon ak Lavman Dè Pye lakay avèk fanmi nou. Se yon benediksyon trè espesyal tou poutèt sa fè 56 lane jou pou jou ke Frè Branham te gen sèvis Kominyon sa a.

Anrejistreman odyo nou pral itilize pou Mesaj Dimanch nou an va disponib sou Radyo Vwa A, sou sit Branham Tabènak la, pou w telechaje. Fichye sa a gen tout Mesaj Kominyon An, 65-1212, plis yon pati ki ajoute pou konplete sèvis Kominyon Lakay la.

Nou va swiv menm fòmil tankou lè nou gen sèvis kominyon nan Branham Tabènak la. An premye, Frè Branham prale pote Mesaj la pou nou, Kominyon. Alafen sèvis la li prale priye sou pen ak diven an, apre sa nou va gen yon entèval de 10 minit mizik pyano pou nou ka gen sifizaman tan pou sèvi Kominyon anndan lakay ou. Apre mizik pyano a, Frè Branham pral li Ekriti pou sèvis Lavman Dè Pye a, e apre sa nou va gen yon lòt 10 minit entèval ak mizik pou Lavman Dè Pye.

Mwen ta konseye pou n gen diven Kominyon ak pen an depoze sou yon plato anvan sèvis la, kòm pap gen delè depi kòmansman band lan jouk nan fen sèvis Kominyon ak Lavman Dè Pye a.

Nou va founi diven ak ti gode an plastik pou kongregasyon local nou sèlman. Enstriksyon sou ki kote nou ka achte diven Kachè pou Kominyon an, jan pou nou fè Pen Kominyon an, ak lòt enfòmasyon enpòtan pral founi pou nou nan atik pi ba yo.

Menm jan ak nou chak, mwen anba kokenn atant pou tande pwochen seri Mesaj sa yo ansanm, epitou dènye sèvis final la, ki se yon sèvis Kominyon ak Lavman Dè Pye sou kondwit pwofèt Bondye a.

Frè Joseph Branham