Category Archives: Uncategorized

23-0528 Laj Legliz Sad La

Mesagj: 60-1209 Laj Legliz Sad La

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Noumenm Ki Diy, Ki Jis

Zèg, èske nou pare pou rasanble Dimanch sa a pou tande Vwa Bondye dous la k ap pale avè w epi k ap di nou:

“Nou diy.” “Nou se pa M.” “Nou jis.” “Nou pral mache avè M nan rad blan.” Non nou ekri nan Syèl la.”

Sa se pa pawòl mwen, men se Pawòl Papa nou ki nan Syèl la k ap pale avèk NOU, Lepouz Li chwazi a. Sentespri a vin viv nan on kò imen on fwa ankò, pou L te ka pwononse bèl Pawòl sa yo, de bouch a zòrèy a Dam Li chwazi a.

Se bèl bagay pou tande yo de bouch mwen, ou de nenpòt moun ki ta di “Jezi di”, men pou tande L, Limenm, k ap pale atravè Vwa Li chwazi a; sa Li itilize pou di nou pèsonèlman…tou senpleman, pa gen anyen pi gran.

Gen anpil vwa Bondye itilize pou pote Pawòl Li nan mond lan. Li chwazi yo epi Li plase yo pou yo sa yon benediksyon pou mond lan epi pou Epouz Li.

Lè Jezi te isit sou latè a nan kò yon moun, Li te chwazi moun tou, apot Li yo, pou swiv Li epi pou pale pou Li sou sa yo te wè ki te ranvèse epi sa yo te tande. Se nonm sa yo ke Li te voye pou repann Levanjil la, Bon nouvèl la ke Mesi a te vini; Li te la, sou latè a avèk yo. Li voye yo de pa de pou yo pwoklame Gwo Nouvèl sa a epi pou yo mennen tout moun vin jwenn Li.

Alò ke Li te rasanble yo yon swa, Li mande yo : “Kimoun yo di Mwen ye?” Yo reponn: “Gen kèk ki di Ou se Eli; gen kèk ki di Ou se Jan Batis.” Men Li di: “Men kiyès NOU DI Mwen ye?” Alò Pyè pwononse gwo pawòl sa yo: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an.” Jezi reponn li epi Li di: “Se pa lachè ak san ki revele w sa, Pyè, men se Papa M ki nan syèl la ki revele w sa, epi sou Wòch sa a (Revelasyon) M pral bati Legliz Mwen.”

Mond lan bite toupatou sou gwo mistè sa a. Kèk moun panse ke Li tap pale de Pyè. Gen kèk ki panse ke se te yon wòch ki te la a. Gen kèk ki panse ke se te Jezi. Men pa Revelasyon, ke Sentespri a ban  nou, nou konnen ke se te REVELASYON DE KI MOUN LI TE YE.    

Aprè lanmò, antèman epi rezirèksyon Jezi, nan jou Pannkòt la, yo te voye yo pou yo rakonte mond lan gwo nouvèl sa a. Pyè te chwazi yon fwa ankò kòm pòtpawòl pou ale devan moun yo epi pwoklame kijan pou resevwa Sentespri Li. Li di, ou dwe repanti epi batize nan Non Seyè Jezikri a.

Ala yon pozisyon Sentespri a te bay Pyè. Nou jis ka imajine kijan moun yo te konsidere l. Li te mache avèk Jezi pandan ke L te sou latè a, nan on kò. Li te zanmi L. Li te bò kote L chak jou. Sila Li te chwazi pou l bay Revelasyon an. Men Bondye te chwazi YON LÒT MOUN pou vin pwofèt Li: Pòl.

Lè Pyè rive Antiòch pou l te avè Pòl, li tap manje epi tap bwè avèk Moun lòt Nasyon yo. Men lè yon gwoup moun ki tap swiv Jak rive, li retire tèt li epi l te pè. Pòl te reprimande l devan lòt yo epi li di l ke li pa tap mache dwat selon verite a epi yo te dwe blame l. Frè Branham di ke Pyè te enfliyanse pa moun Jidais yo.

Kisa sa di nou pou jou jodi a? Li pa enpòtan ki moun li ye. Konbyen yo gen Sentespri a. Ki otorite oubyen ki apèl yo genyen. NOU DWE RETE AVÈK PWOFÈT BONDYE CHWAZI A KÒM ABSOLU. PASKE LIMENM, E LIMENM SÈL, SE ENTÈPRÈT DIVEN PAWÒL BONDYE A. 

Sa a se pa kont Pyè ni kont okenn disip Bondye chwazi, a lepòk ou jodi a. Yo chwazi yo pou repann Levanjil la, men Bondye te chwazi YON NONM pou dirije Legliz Li. Limenm sèl te pwofèt ke Bondye te chwazi avèk Ensi Di Seyè A, pa yo menm. Yo gen plas yo, men Li gen YON PWOFÈT pou mete Legliz Li an lòd, avèk dènye Pawòl la pou Lepouz Li. 

Sa montre nou jan nou dwe pran prekosyon pou nou tande Vwa Bondye ki konfime a pou epòk nou an. Sila a Li te chwazi pou l vin entèprèt diven Pawòl Li. Pa gen anyen ki pi GRAN ke tande Vwa Li kap pale atravè anj Li; Vwa ke Li chwazi a, pa vwa nou. 

Nou wè atravè tout laj yo kijan Bondye chwazi on gwoup moun ki tap RETE AVÈK PAWÒL LI epi mesaje Li chwazi a. Vwa sa a ap pwoklame nou chak jou ki moun nou ye, YOUN NAN YO. 

Li te konn voye refòmatè nan Legliz Li, men JOU JODI A, Li voye restoratè Li: “Seyè a di, M pral retabli, epi Mwen pral fè kè timoun yo tounen, paske M gen anpil bagay pou M di nou nan epòk Vwa Mwen an.” 

Nou envite nou vin koute Vwa sa a avèk nou, Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke Li pral pale avèk nou e ke Li pral montre nou Vrè epi fo legliz la pandan: Laj Legliz Sad La, 60-1209.

Frè Joseph Branham

23-0521 Laj Legliz Tiyati A

Mesagj: 60-1208 Laj Legliz Tiyati A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Zetwal Kouwòn Li,

Rejwi tèt nou Lepouz. N ap vin Youn avè L. Chak jou, Li ban nou plis Revelasyon de Limenm epi de Noumenm. N ap vin pi konsyan de Pwisans Vivifye sa a k ap viv epi ki abite nan nou.

Nou pa menm ka kòmanse eksplike kijan nou santi nou. Nou anvayi ak Lespri L. Se tout panse nou. Pa gen lòt bagay ki enpòtan pou nou. Nou wè Pawòl Li k ap vin Pawòl nan nou. Li nouri nanm nou. Nou viv chak jou pou adore Li, louwe Li, epi remèsye L paske nou ka tande Vwa L k ap aple avèk nou.

Lè n ap li Liv Aj Legliz nou an, nou pa ka depoze l; kè nou ap eksploze. Chak jou pote plis Revelasyon. Nou anvi sote epi rele, kouri nan chanm lan epi rele byen fò: “Glwa, Alelouya, Louwe Seyè a.” “Èske ou li sa a?” “Mwen souliye l sou sa m te souliye anvan, men m pa janm, JANM, li L konsa anvan.” L ap revele nou tout Bib la depi Jenèz jiska Apokalips, epi mwen wè TÈT NOU NAN PAWÒL LI.

Nou wè Vrè Lepouz sa a ki rete avèk Pawòl la atravè Laj yo epi ki pat sedwi pa gwo riz Satan an. Li te vle yo adore l tankou Bondye. Men pandan tout tan sa a, te genyen VRÈ LEPOUZ sa a, ki te rete fidèl ak Pawòl Li a. Ti gwoup chwazi sa a ki te rete avèk mesaje Li. Menm jan avè nou, yo pat kapab, epi yo pa t ap, fè konpwomi. Yo te konnen ke te gen JIS YON FASON pou su: rete avèk Chemen ke Li te bay, Pawòl Li, anj Li.

Jan Satan twonpe moun atravè tan an. Li trase chemen l atravè diferan Aj Legliz yo jiskaske li te atenn objetif li yo. Kounye a li vin tèlman pwòch SA KI PAFÈ a ke li te ka menm sedwi eli yo si sa te posib… men louwanj pou Bondye, LI PA POSIB, NOU PA SEDWI. Poukisa? NOU RETE AVÈK VWA BONDYE A, PAWÒL LI KI VIN FÈ KÒ.

Pa gen mwayen kontoune L. Vwa Bondye a se Chemen ke Li bay pou jou jodi a. Nou kontinye fè zèv Li fidèlman jiska lafen. Nou resevwa pouvwa sou nasyon yo, epi nou se lidè ki fò, kapab, souveren enfleksib ki ka fè fas a nenpòt sitiyasyon avèk on pwisans konsa. Menm enmi nou ki pi dezespere an kraze. Demonstrasyon dominasyon nou an, pa Pwisans Li, li menm jan ak Fis lan menm.   

Oh, jan nou ta renmen jwenn mo yo pou eksprime sa nou santi. On jou, n ap rive, zanmi m yo. Nou pral pase Letènite avèk Seyè nou, anj Li, epi youn ak lòt.

Tankou brav dam nwa an nan Memphis, nou te konnen ke se te Limenm lè nou te tande L. Poukisa? Oh, nou se YOUN NAN YO.

Èske nou ta renmen ke Sentespri a pale avèk nou epi di nou kiyès nou ye? Vin fè eksperyans prezans Seyè a avèk nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande: Laj Legliz Tiyati A 60-1209. Sa pral chanje vi nou.

Frè Joseph Branham  

23-0514 Laj Legliz Pègam Lan

Mesagj: 60-1207 Laj Legliz Pègam Lan

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Pitit Pwofèt La,

Nou se Pawòl manifeste a, nou resevwa enèji a pa Lespri a, e n ap tande Vwa Bondye a, alò ke Li pwoklame nou, nou SE LEPOUZ LI.

Papa bay Legliz Li NÈF don Lespri a, epi SENK ministè kentup yo, men Jezi di: “Nan CHAK aj, M ap adrese M a YON SÈL moun. YON sèl mesaje pou chak aj pral resevwa sa M gen pou M di pou aj sa a. SÈL MESAJE sa a se mesaje vrè Legliz la.

Li pale pou Bondye pa revelasyon. Apresa, Mesaj la emèt bay tout moun, men se jis on sèten gwoup kalifye ki revevwa l on jan. Chak moun nan gwoup sa a se youn ki gen kapasite pou tande sa Lespri a ap di palentremiz mesaje a. Sa ki tande yo, yo pa resevwa pwòp revelasyon patikylye pa yo, ni yon gwoup pap resevwa revelasyon kolektif li, MEN CHAK MOUN AP TANDE EPI AP RESEVWA SA MESAJE A DEJA RESEVWA DE BONDYE. 

Ala prekosyon nou dwe pran pou tande YON SÈL Vwa, paske Lespri a gen on sèl Vwa ki se Vwa Bondye a.

Gen yon SÈL VWA BONDYE epi li pa bezwen fè prèv li menm jan ak NÈF yo, ni li pa bezwen filtre tankou SENK yo; JIS ON SÈL VWA PAWÒL PUR!!

Èske nou ka tande lòt minis yo? Wi, men kle a se di SÈLMAN sa pwofèt la pwononse. Gen lòt ki kapab, epi ki ta dwe, egzòte, anseye epi preche; men Bondye ouvri yon chemen ban nou jodi a tankou OKENN LÒT JOU. Nou ka tande egzakteman sa Bondye ap di Legliz la.

Li di nou ke nou dwe fè trè atansyon. LI DI NOU, PA MWENMENM, ke yo ajoute la a, oubyen retire la a, epi anvan lontan mesaj la pa pur ankò. Lè n ap tande bann yo, Se Mo pou Mo, Ensi Di Seyè A.

Prèv egzistans Lespri a ki andedan nou, se te pou rekonèt epi SWIV sa pwofèt Bondye a te bay pou aj li, kòm li t ap mete lòd nan legliz la.

Se poutèt sa nou SWIV, epi nou di, ke pastè nou se setyèm anj mesaje a epi nou vle jis tande sa li gen pou di. Pou noumenm, Se Lamann Kache a.

Revelasyon an te vide sou anj mesaje nou. Revelasyon Pawòl la te bay epi te adrese a LIMENM pou aj nou. Li gen yon Revelasyon on ti kal pi gran de sa Kris Ye; on apèl on ti kal pi elve, ke tout lòt yo. Si nou pa ka monte pi wo pase pastè nou an, alò nou vle William Marrion Branham kòm pastè nou. 

Nou konnen ke lòt moun pap wè sa nou wè, epi kwè bagay ke nou kwè, men yo toujou frè ak sè nou, epi nou pral pase Letènite avèk yo. Men nou dwe rete fidèl a sa nou kwè ki se chemen Bondye montre nou pou adore Li epi swiv Li.

Li tèlman fasil pou lòt moun yo di ke nou akòde twòp enpòtans a mesaje a, men an reyalite, nou jis ap site l. Nou dwe wè sa avèk Seyè a. Paske se Vwa Bondye k ap di bagay sa yo.

Ann louvri kè nou ak panse nou epi ann li sa Lespri a di nou atravè anj Li:

L ap vini byento nan mond lan, gwo anj Limyè a ki pral vin jwenn nou, ki pral fè nou soti, gwo Sentespri a, ki pral vin ak pwisans, epi ki pral kondwi nou a Seyè Jezikri a. Petèt ke li pap konn sa, men l ap la youn nan jou sa yo. Li pral fè… Bondye ap fè ke yo konnen l. Li pap bezwen fè konnen tèt li, Bondye ap fè ke yo konnen li. Bondye pral konfime pa L Yo. Se sa L te di lè Jezi te isit epi ke yo pat rekonèt Li, wè. Li te di: “Si M pa fè zèv Papa M yo, alò pa kwè M; men si M fè zèv Papa M yo, epi ou pa ka kwè M, alò kwè zèv yo.” Pa vre?

Èske li pa rele tèt li gwo anj Limyè pou jou jodi a? Nou konnen se Sentespri a ki nan li, men li te di: Petèt ke li pap konnen, men l ap isit la youn nan jou sa yo. Sentespri a pap konnen kiyès Li ye? Li pap bezwen fè konnen tèt li; Bondye ap fè ke yo konnen l.

Alò li di ke, pwofèt tan pa nou se gwo anj Limyè a ki pral kondwi nou a Jezikri pa mwayen Sentespri a atravè li. Men Revelasyon epòk nou.

Kiyès ki pral prezante Lepouz bay Seyè a? PASTÈ NOU.

Men pwofèt sa a pral vini, epi menm jan prekursè premye vini an te kriye: “Men Ayo Bondye a k ap wete peche moun sou tout latè”, san dout li menm tou li pral kriye: “Men Ayo Bondye a , k ap vini nan laglwa.” Li pral fè sa, paske menm jan Jan te mesaje laverite pou eli yo, menm jan moun sa se dènye mesaje pou lepouz ki te chwazi epi ki ne nan Pawòl la.   

Lè nou konnen verite sa yo, epi nou gen Revelasyon KONPLÈT de Li nan jou jodi a, nou vin Lepouz Li ne de Lespri epi ranpli de Lespri.

REJWI TÈT NOU LEPOUZ, SA SE KIYÈS NOU YE!

Lè yon nonm ki ne de Lespri, ranpli de Lespri pa lafwa aksepte Pawòl sa a nan kè li epi li mete l sou bouch li, se menm bagay ak Divinite k ap pale. Tout mòn gen pou ale. Satan pa ka kanpe devan nonm sa a.  

Kounye a vrè amoni egziste ant Epou a epi noumenm, Lepouz Li. Li montre nou Pawòl lavi Li, epi nou resevwa Li. Nou p ap janm doute l. Se poutèt sa, anyen pa ka fè nou mal, pa menm lanmò.

REJWI TÈT NOU LEPOUZ, SA SE KIYÈS NOU YE!

Pawòl la nan epouz la (jan l te ye nan Mari). Epouz la gen panse Kris paske li konnen sa L vle fè avèk Pawòl la. Li egzekite kòmandman Pawòl la nan non Li paske li gen “ensi de Seyè a.” Alò Pawòl la vivifye pa Lespri epi li akonpli tèt li. Tankou yon semans ki te plante epi wouze, li rive nan rekòt total, ap sèvi kòz li.

Nou rive nan rekòt total epi n ap akonpli kòz Li kounye a. Nou jis ka fè volonte Li. Pèsonn ka oblije nou fè lòt bagay. Nou gen “Ensi Di Seyè A,” oubyen nou rete trankil. Nou konnen ke se Bondye nan nou k ap aji, kap akonpli pwòp Pawò Li.

Nou kontan, paske pwofèt la te wè nou odela rido tan an, pandan nou tout te leve vwa nou epi nou t ap rele ann amoni: “N ap repoze sou sa!”

Vin rasanble avèk nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande Vwa Bondye a k ap pote nou mistè: Laj Legliz Pègam Lan, 60-1207.  

Frè. Joseph Branham

Ekriti pou li an preparasyon pou tande Mesaj la.

Nonm 23:8-9

Apokalips 2:12-17, 17:1-5, 17:15

23-0430 Laj Legliz Efèz La

Mesagj: 60-1205 Laj Legliz Efèz La

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Vrè Lò Ke Yo Bat,

Ala rekonesan mwen rekonesan pou mwen ini avèk nou tout, pou antre nan Lespri a epi tande Bondye k ap pale avèk nou, de bouch a zòrèy. Pa gen fen nan sa L ap revele nou. Kè nou ranpli ak jwa. Nanm nou ap bouyònnen. Kijan youn ka konprann sa n ap tande?

Jis tande sa Seyè a Limenm ap di nou: “Ou se vrè Legliz Mwen, Lepouz Mwen. Pou Mwenmenm, ou tankou VRÈ lò a. Jistis ou se jistis Mwen. Atribi pa w se pwòp atribi glorye pa M. Nou jwenn idantite w nan Mwen. Sa MWEN YE, ou reflete l. Sa M GENYEN, ou manifeste l.

Pou MWENMENM, pa gen defo nan ou, ou glorye andedan e andeyò. Depi nan kòmansman jiska lafen, ou se ZÈV MWEN… e tout zèv MWEN pafè.

Ou pap janm nan jijman an, paske peche pa ka aplike a ou. Menm anvan fondasyon latè a, objektif Mwen se te pou pataje Lavi Etènèl Mwen avèk OU.

Kijan youn ka konprann Pawòl sa yo? Kijan panse nou ka konprann sa k ap pase? Kisa k ap revele? Panse a sa, nou pa bezwen kriye nan kè nou epi di: “Oh, si m te kapab la nan premye aj la, lè yo te voye apot yo pou premye fwa.” PA gen rezon pou nou gade dèyè, paske Limenm ki pa janm chanje swa nan esans Li oswa nan fason Li, Li nan mitan nou KOUNYE A, ap pale avèk nou epi ap di nou ke Li se menm lan ayè, jodi a e pou toutan . Sa se pi GWO  moman nan listwa mond lan ke nap viv.   

Yo bat nou epi yo fè nou sibi, nou ranpli avèk soufrans ke Kris kite dèyè. Yo konsidere nou tankou mouton pou labatwa. Y ap touye nou tout lajounen. Nou soufri anpil, men malgre tou, nou pa vanje tèt nou, ni nou pa fè lòt moun soufri. Pou Limenm, nou se vrè lò ke yo bat, nou pa koube, nou pa kase, nou pa kraze, men nou fòme pa eprèv yo epi tès lavi yo pou nou bèl epi kontan pou tout tan.    

Kounye a L ap avèti tout lòt yo: “Tounen a Premye Lanmou nou.” Yo dwe fè trè atansyon, paske ou pa ka chanje YON PAWÒL, pa menm on pwen ou yon tirè. Se te riz orijinal Satan an nan Jaden Edenn lan. Jis on sèl pawòl ki ajoute, jis on sèl Pawòl ki retire, alò li anti-Pawòl.

Nan dènye aj sa a, li avèti nou ap gen anpil fo pwofèt ki pral parèt, k ap di moun yo ke si yo pa kwè yo epi ke yo pa kwè sa yo di, y ap pèdi.   

Gen ON SÈL JAN pou asire w ke ANYEN te ajoute, anyen te retire, anyen te chanje… se koute vrè VWA BONDYE A …APIYE SOU JWE.

Mèsi Seyè pou vrè minis la ki te anseye fidèlman an, ki nonsèlman di mouton l yo kijan li enpòtan pou koute Mesaj la chak jou nan kay yo, men etan de vrè lidè, yo plase Mesaj Sa, Vwa Sa, Bann Sa Yo, AN PREMYE E TOUDABÒ devan moun yo ki nan legliz yo.

Nan di bagay sa yo, yo pa konprann mwen e yo akize m de divize legliz yo epi di moun yo pou yo pa al legliz. Li tou senpleman fo. PAWÒL la fè moun yo soti de legliz sa yo ki pa mete bann yo AN PREMYE nan legliz yo. Yo grangou pou tande Pawòl pwofèt Bondye a. Yo santi ke SE Mesaj la e Vwa a ki pi enpòtan ke yo vle tande. Yo santi ke SE Volonte pafè Bondye pou jwe bann yo nan legliz yo. 

M toujou di moun yo: “ALE LEGLIZ.” Lè yo mande: “Èske ou panse ke predikatè yo ka toujou preche?” “Wi.” M pa janm di oswa panse ke yo pat dwe fè l. M jis di predikatè yo, anseyan yo, pastè yo: “Fè sa Bondye mande nou fè, MEN TANPRI, mete Vwa Bondye a ki sou Bann AN PREMYE, PA MINISTÈ NOU.”

Sa se REVELASYON MWEN. Yo dwe fè jan YO SANTI YO KONDWI POU YO FÈ. M gen dwa preche e pi anseye sa m santi. Si yo vle di ke Frè Branham pa janm di pou Apiye sou Jwe nan Legliz, Vwa Bondye menm ke yo pretann ap swiv, sa konsène yo.

Sentespri a kondwi Lepouz Li, epi L te toujou fè l. Nou kwè ke L ap di nou: “APIYE SOU JWE, RETE AK PWOFÈT MWEN, VWA MWEN, SENTESPRI MWEN.”

Ebyen, nou pral gen yon eprèv de fòs, alò, menm jan pwofèt Eli te gen youn anvan. Epi si ou son pitit Bondye, ou pral rete avèk pwofèt Bib sa a. Se Pawòl la. Remake lè a, sezon an.

Kiyès ki pwofèt Bib la, Pawòl la, Sentespri a!

Sentespri a se Pwofèt lè sa a; Li konfime Pawòl sa a, Li demontre l. Sentespri a te Pwofèt epòk Moyiz lè a. Sentespri a te Pwofèt epòk Miche lè a. Sentespri a, ki ekri Pawòl la, vini epi Li konfime Pawòl la.

Sentespri a nan moman sa a ap kondwi nou pa Pwofèt Li a, jan Li te fè nan chak aj. Bondye pa janm chanje pwogram Li. 

Donk, nou envite w vin jwenn nou nan sa nou santi ki Pwogram Bondye a, lè n ap tande Sentespri a k ap pale atravè pwofèt Li, epi k ap kondwi nou alò ke L ap pote nou Mesaj la: “Laj Legliz Efèz La 60-1205, a midi, lè Jeffersonville.

Frè Joseph Branham

Ekriti pou li an preparasyon pou tande Mesaj la.

Akt 20:27-30

Apokalips 2:1-7  

23-0423 Vizyon Patmòs la

Mesagj: 60-1204E Vizyon Patmòs La

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Moun Ki Renmen Pawòl Bondye A,

Ala bèl sa bèl pou m ka adrese m a chak nan nou kòm Moun ki renmen Pawòl Bondye a. Pa gen anyen ki ka pran plas Li. Pou gen opòtinite pou koute chak jou nan vi nou Seyè nou, kap pale avè nou atravè bouch moun, epi di nou kiyès Li ye epi kiyès NOU YE. Pa gen okenn kote, okenn vwa, okenn legliz epi okenn moun ki ka di nou bagay sa yo tankou VWA BONDYE.

Li di nou ke enspirasyon Pawòl la te sou bann yo. Tout sa nou dwe fè se Apiye sou Jwe epi Sentespri a ap ranpli pyès la. Mesaje nou tap rale lavi, epi limyè nan sous vaz prensipal sa a. Li te gen mèch li tranpe ladann.

Lavi l anflame ak Sentespri a. Mèch li (lavi) te plonje nan Kris. Atravè mèch sa a, lap rale lavi Kris menm, epi gras a li, li pote limyè a ba nou, Lepouz la. 

Apresa Li di nou ke non sèlman mèch pwisan mesaje Li la a, men ke nou tout ap rale menm sous la. Nou tout te plonje nan menm vaz la. Nou mouri a pwòp tèt nou epi vi nou kache ansanm avèk Kris nan Bondye, sele pa Sentespri a.

Okenn moun pa ka rache nou nan men L. Yo pa ka manyen vi nou. Lavi vizib la ap boule epi l ap klere nan nou, li bay limyè ak manifestasyon Sentespri a. Lavi andedan nou, envizib, kache nan Bondye epi li nouri pa Pawòl Seyè a. Nou gen Revelasyon Jezikri nan epòk nou.

Gade kijan Pawòl la nouri nanm nou. Pa gen anyen tankou L. Gade kijan Li te bay on mwayen pou ke Epouz la, toupatou nan mond lan, ka rasanble ansanm pou tande Vwa Bondye an menm tan. Kèlkeswa sa moun k ap kritike yo oubyen septik yo ap di, Bondye te bay on mwayen epi se yon bon sant pafen pou Li. Li fèk di nou ke Li pral reyini nou tout a la fen twazyèm jou a. Glwa!!

Annou tout reyini ansanm Dimanch sa a midi, lè Jeffersonvil, pou tande Vwa Bondye k ap pote nou Revelasyon Pawòl la, alò ke nou pral tande: Vizyon Patmòs la, 60-1204A.

Premyèman, nou dwe ANTRE NAN LESPRI A, jan nou pral tande l la;

Vwa a ki te rezonen Pawòl Li nan Jaden Edenn lan epi sou Mòn Sinayi a – vwa a ke yo te tande tou nan bèl glwa Mòn Transfigirasyon an, te rezonen ankò, fwa sa a nan sèt legliz yo avèk on revelasyon Jezikri konplè e final.

Frè Joseph Branham 

Ekriti pou li an preparasyon pou tande Mesaj la.

Sonje pou li epi tande liv Sèt Aj Legliz La.

Ezayi 28:8-12

Danyèl 7:8-14

Zakari 4:1-6

Malachi 4:1-2, 4:5

Matye 11:28-29, 17:1-2

Jan 5:22

Ebre 4:3-4, 4:7-10, 4:12

Apokalips 1:9-20, 19:11-15