Lespri Bondye vivan an, ap soufle sou nou. Pèmèt nou pran Filtè W epi viv anba L, Seyè. Respire lè frè Sentespri a nan poumon nou yo epi nan nanm nou chak jou. Nou ka viv sèlman pa Pawòl Ou; chak Pawòl ki soti nan bouch Ou pou laj sa a ke n ap viv ladann.
Nou goute nan bagay Ou ki sot nan Syèl la; e nou gen Pawòl Ou nan kè nou. Nou wè Pawòl Ou ki manifeste devan nou, e tout nanm nou anvlope Ladann. Mond sa a ak tout bagay ki nan Lemonn mouri pou nou.
Nou se jèm semans Pawòl Ou ki te nan Ou depi nan kòmansman an, nou kanpe la a, ap pwize semans Lavi W. Semans Ou nan kè nou, pa presyans Ou. Ou predestine nou pou pwize okenn lòt bagay, ke Pawòl Ou, Vwa W, sou bann yo.
Laj je yo rive; pa rete lòt bagay ke Vini W pou Lepouz Ou. Filtè nou se Pawòl Ou, Malachi 4, Ensi Di Seyè A.
Kite nou plante Pawòl Ou nan kè nou, epi pran rezolisyon pou nou pa detounen ni a dwat ni a gòch, men n ap viv fidèl anvè Li chak jou nan vi nou. Papa, voye sou nou Sentespri Lavi a, epi vivifye Pawòl Ou pou nou, pou nou ka manifeste W.
Dezi kè nou se pou nou de vrè pitit gason ak pitit fi pou Ou. Nou chita nan prezans Vwa W, n ap muri, n ap prepare tèt nou pou Soupe Nòs nou an avè W ki byento.
Nasyon yo ap kraze. Mond lan ap dechire. Tranblemanntè ap souke Kalifòni jou Ou di nou li. Nou konnen ke trè byento on gow mòso longè mil katsan kilomèt, epi yon lajè katsan katreven a sis san karant kilomèt, pral koule, petèt a yon pwofondè swasant-senk kilomèt nan gwo fay sa a lòt bò a. Vag pral pwopaje jiske nan eta Kentucky, e lè sa a, li pral souke mond lan tèlman fò ke tout bagay sou sifas li pral tonbe.
Dènye avètisman W lanse. Mond lan nan dezòd total, men pandan tout tan sa a Lepouz Ou ap repoze sou Ou menm ak Pawòl Ou, nou chita ansanm nan lye selès alò ke W ap pale avè nou, epi W ap konsole nou sou wout la.
Jan nou rekonesan, Papa, dèske nou ka tou senpleman “Peze Jwe” epi tande Vwa W k ap pale avè nou, k ap ankouraje nou epi ap di nou:
Pa pè, ti Twoupo. Tout sa Mwen ye, nou se eritye l. Tout pouvwa Mwen pou nou. Tout pwisans Mwen pou nou alò ke Mwen kanpe nan mitan nou. M pa vin pote lakrent avèk echèk, men lanmou ak kouraj epi kapasite. Yo ban Mwen tout pouvwa e se nou menm ki pou itilize l. Pwononse Pawòl la epi M ap akonpli l. Sa se alyans Mwen e l pap janm echwe.”
Oh Papa, nou pa bezwen pè ANYEN. Ou ban nou lanmou W, kouraj, e kapasite. Pawòl Ou nan nou pou nou itilize L lè nou bezwen L. Nou pwononse L, epi W ap akonpli L. Se alyans Ou, e L pap JANM ECHWE.
Mo yon mòtèl pa ka eksprime sa nou resanti, Papa, men nou konnen ke Ou wè nan kè nou e nan nanm nou, paske nou fè pati de Ou.
Jan nou rekonesan dèske Ou bay yon mwayen pou mond lan tande Vwa W nan fen tan sa a. Chak semèn, Ou envite mond lan vin rasanble pou tande anj mesaje W alò ke W ap ban nou Manje Mouton ki te sere pou nou soutni nou jiskaske W tounen vin chache nou.
Jan je nou beni; paske yo wè. Jan zòrèy nou beni; paske yo tande. Pwofèt avèk nonm jis te vle wè epi tande tou bagay ke nou wè e ke nou tande, men yo pat fè l. Nou WÈ E NOU TANDE TOU VWA BONDYE A.
Bondye Li menm te chwazi ekri Bib Li atravè pwofèt Li yo. Bondye Li menm tou te chwazi revele tout sekrè Li yo nan fen tan sa a bay Lepouz Li atravè pwofèt Li. Se atribi Li yo, Pawòl Li ki eksprime, ki fè ke tout Sa fè pati de Li.
Lè laj nou an te rive, Li te fè pwofèt Li a rive nan menm moman an. Li te enspire l e Li te pale atravè li. Se te fason predestine Li ke L te prevwa fè. Menm jan ak Bib la, Se Pawòl Bondye a, e non pawòl lèzòm.
Nou dwe gen yon Absoli, yon pwen final; Pawòl final la. Kèk moun di ke Bib la se Absoli yo, pa sa ki di sou bann yo; kòm si yo te di yon bagay diferan. Sa a tèlman bèl fason Bondye te kache vrè Revelasyon Pawòl Li a anpil moun, men Li revele L e rann Li tèlman klè pou Lepouz Li a. Gen lòt ki tou senpleman pa kapab, yo avèg e yo pa gen Revelsayon konplè Pawòl Bondye a ki revele.
Bondye pale nan Pawòl Li (Bib) atravè pwofèt Li a epi Li di nou: “Bondye, ki, an plizyè fwa, plizyè jan te pale ak papa yo otrefwa atravè pwofèt yo”. Se donk pwofèt Bondye yo ki ekri Bib la. Se pat yo menm, men se te Bondye ki t ap pale atravè yo.
Li di ke nan epòk nou an Li t ap voye Lespri verite L ban nou pou gide nou nan tout verite yo. Li p ap pale de Li menm; men l ap di tout sa l tande, e l ap fè nou konnen bagay ki gen pou vini yo.
Mesaj la ki sou bann yo se verite Bondye ki revele. Li pa bezwen okenn entèpretasyon. Se Bondye Li menm k ap entèprete Pawòl Li alò ke L ap pwononse L sou bann yo.
Pa gen kontinwite nan sa lòt moun yo pwononse, men sèlman nan sa Bondye pwononse. Sa ki di sou bann yo se sèl Vwa ki pap JANM CHANJE. Lèzòm chanje, ide yo chanje, entèpretasyon yo chanje; Pawòl Bondye pa janm chanje. Se Absoli Lepouz la.
Pwofèt la ban nou yon egzanp yon abit ki se absoli nan yon match bizbòl. Pawòl li a final. Nou pa ka remèt li an kesyone. Sa li di, se sa l ye, pwen final. Kounye a abit la gen yon liv règleman ke l dwe respekte. Li endike l kote zòn yo ye pou yon bal oswa yon priz, lè ou rete nan jwèt la epi lè ou soti; sa règ yo ye pou yon match bizbòl.
Li li epi li etidye liv sa a konsa lè l pale, epi ke l rann desizyon l, se sa ki lwa a, se sa ki dènye mo a. Ou dwe rete avèk sa l di, pa poze kesyon, pa diskite, kèlkeswa sa l di, se konsa pou l ye e sa pa ka chanje. Glwa.
Frè Branham pa di ke nou pa dwe preche ou anseye; okontrè, li di pou preche, epi pou tande pastè nou yo, men Vwa Bondye a sou bann yo dwe Absoli nou.
Dwe gen yon pwen datach; otreman di, yon pwen referans final. Tout moun dwe gen yon pwen referans final. Se dènye mo a. Bondye prevwa yon sèl plas pou gen sa a, Vwa Bondye sou bann yo. Se entèpretsayon divin Pawòl Bondye a. Se DÈNYE MO A, AMÈN LAN, SE ENDI DI SEYÈ A.
Jezi Li menm di ke nou rele yo “dye”, sa ki te pwononse Pawòl Li; e yo te dè dye. Li di ke lè pwofèt yo te wen avèk Lespri Bondye a, yo te pote egzakteman Pawòl Bondye a. Se te Pawòl Bondye a ki t ap pale atravè yo.
Se poutèt sa pwofèt nou an te si brav. Li te pouse pa Sentespri a pou pwononse Pawòl Bondye enfayib la. Bondye te chwazi l pou epòk nou. Li te chwazi Mesaj la ke l ta pral pwononse, menm nati pwofèt nou an e sa ki ta pral pase nan epòk nou an.
Pawòl yo ke l pwononse, fason ke l te aji, te avegle lòt, men te louvri je nou. Li te menm abiye l avèk yon tip rad ke l te pote. Nati li, anbisyon li, tout bagay egzakteman jan l te dwe ye. Li te chwazi pafètman pou nou, Epouz Bondye a.
Se poutèt sa, lè NOU REYINI ANSANM, Se Vwa a ke nou vle bay PREMYE plas pou nou tande. Nou kwè ke n ap tande Pawòl Pi a ki pwononse pa mesaje a ke Bondye chwazi e seleksyone.
Nou konnen ke gen lòt ki pa ka wè ou ki pa ka konprann sa, men li te di ke l t ap pale sèlman avèk asanble li. Li pat responsab sa Bondye te bay lòt moun kòm pastè; li te sèlman responsab pou ki kalite Manje l te ban nou.
Se poutèt sa nou di ke nou se Branham Tabènak la, paske l te di ke Mesaj la te sèlman pou pèp li a nan Tabènak la, ti twoupo ki te vle genyen epi tande bann yo. Li t ap pale avèk sa Bondye te ba li pou l dirije.
Li di: “si moun yo vle manje ibrid ak bagay konsa deyò a la, jwenn revelasyon an de Bondye epi fè sa Bondye di nou pou nou fè. M ap fè menm bagay la. Men Mesaj sa yo, sou bann yo, se pou legliz sa a sèlman.”
Jan Li rann Sa vrèman senp pou Lepouz Li a wè epi tande Vwa Bondye a epi swiv enstriksyon Li yo.
Si nou ta renmen vin jwenn nou pou tande Vwa sa a, nou tout pral tande l an menm tan Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville: 65-0822M – “Kris Ki Revele Nan Pwòp Pawòl Li”.
Si nou pa ka vin jwenn nou, m ankouraje nou pou tande Mesaj sa a lè nou kapab.
Rete pre Kris. Kite m avèti nou kounye a, kòm yon minis Levanjil la, de sa. Pa pran okenn tenten. Pa imajine anyen. Rete dwat la a jouk anndan sa a de anndan an ankre nan Pawòl la, ke w dwat nan Kris, paske se sèl bagay ki pral…Paske, nou nan laj ki pi twonpe ke n te janm viv ladann. “Li tap twonpe Eli a menm si se te posib,” paske yo gen onksyon, yo ka fè nenpòt bagay tankou rès nan yo.
Papa, Ou te avèti nou ke n ap viv nan epòk kote sediksyon an pi fò ke jamè. Toude lespri yo nan mond lan tèlman pre ke li t ap sedwi eli a menm, si sa te posib. Men louwanj pou Seyè a, li p ap posib pou sedwi nou, Epouz Ou; n ap rete avèk Pawòl Ou.
Nou se Nouvo Kreyasyon W, e yo pa ka sedwi nou. N ap rete avèk Vwa W. N ap ponctue epi akwoche tèt nou a chak Pawòl, kèlkeswa sa nenpòt moun di. Pa gen lòt Chemen ke sa Ou bay la; Ensi Di Seyè A sou bann yo.
Lè pwofèt Ou te sou latè a, li te konnen kijan sa te enpòtan ke Epouz la tande chak Pawòl ki te pwononse, alò li ini Epouz Ou pa yon koneksyon telefòn. Li rasanble nou otou Vwa W ke Ou pwononse ki konfime.
Li te konnen ke pat gen pi bon onksyon ke Vwa W.
Tout kote lòt bò a kote nou lye pa telefòn, se pou gran Sentespri a antre nan chak asanble. Se pou menm Limyè Sen a ke nou gade isi a nan legliz la, se pou L tonbe sou chak moun,
Tout sa Lepouz Ou bezwen pou lè W ap Vini te pwononse, sere epi revele a Lepouz Ou atravè anj Ou; ki se Pawòl Ou. Ou di nou ke si nou gen kesyon, nou dwe konsilte bann yo. Ou di nou ke William Marrion Branham se Vwa Ou pou nou menm. Ki jan ta ka gen dout nan lespri Epouz Ou sou enpòtans plase Vwa W kòm Vwa a ki pi enpòtan ke L ka tande? Pa genyen Seyè, pou Lepouz Ou.
Pwofèt Ou te rakonte nou yon rèv kote l te di: “M ap remonte chemen sa a yon fwa ankò.” Nou pa konn sa sa vle di, men an verite Seyè, Vwa W ap remonte chemen ond yo yon fwa ankò jodi a, ap pale, epi ap rele Lepouz Ou pou L soti nan lemonn antye.
Nou envite nou pou vin jwenn nou, Branham Tabènak la, Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande atravè ond yo Vwa Bondye a k ap pote ban nou Mesaj la: 65-0815 – “Epi Ou Pa Konn Sa”.
Kote Kadav la ye, zèg yo ap rasanble. Nou nan tan aswè, epi pwofesi ap akonpli devan je nou. Kè nou ap boule andedan nou alò ke nou envite L nan legliz nou, lakay nou, nan labri labou nan savann lan. Li pral pale avèk nou epi Li pral revele Pawòl Li. Nou grangou epi nou swaf de Bondye.
Li chwazi fason Pawòl Li ta vin jwenn nou; pa pwofèt Li, ke Li predestine e detèmine davans. Li chwazi William Marrion Branham kòm moun nan lè a pou pran pèp Li ke L chwazi nan lè a, NOU MENM, Epouz Li.
Pa gen yon lòt moun ki ka pran plas li. Nou renmen jan li eksprime tèt li; hain’t, tote, carry, fetch, se Bondye k ap pale nan zòrèy nou. Bondye, k ap pale atravè bouch moun, k ap fè egzakteman sa L te di Li ta pral fè. Tout bagay regle!
Bondye dirije men li epi je l nan vizyon. Li pat ka di anyen lòt ke sa l te wè. Bondye te gen kontwòl total lang li, dwèt li, menm chak ògan nan kò li te an akò total avèk Bondye. Li te pòt pawòl Bondye.
Bondye te konnen davans ke nan laj sa a legliz la t ap mele. Se poutèt sa, Li te prepare pwofèt Li pou laj nou, pou l te rele epi kondwi Epouz Li chwazi a pa Pawòl Li ki konfime.
Nan gwo plan Li, Li te konnen tou ke Li t ap mennem pwofèt Li Lakay anvan ke L Vini, alò Li te fè anrejistre Vwa Li epi Li te sere Li, konsa Epouz ke Li eli a ta toujou gen Ensi Di Seyè A nan pla men li. Lè sa a yo pa t ap janm gen kesyon. Pa gen okenn entèpretasyon ki nesesè, jis Pawòl vyèj ki pi ke yo t ap ka tande tout tan.
Li te konnen ke t ap gen anpil vwa epi anpil konfizyon nan dènye jou yo. Twa dènye semèn yo li te pale avèk nou epi li te lokalize lè a ke nou t ap viv la. Li pale nou de fo pwofèt yo ki t ap parèt epi ki t ap sedwi eli a, si sa te posib.
Ki jan dye aj sa a avegle kè moun yo. Ki jan Bondye Li menm di nan pwofesi L yo ke bagay sa yo ta pral rive nan Laj Lawodise sa a. Li di nou pa gen anyen ki pa akonpli.
Li idantifye tèt Li devan nou atravè bagay ki te pwofetize de Li pou L fè nan jou sa a. Aksyon L yo menm pwouve nou ke Li se menm lan ayè , jodi a, e pou tout tan. Se Vwa Bondye a , k ap pale, epi k ap viv nan, Lepouz Li.
Èske nou kwè Mesaj sa a se Ebre 13:8? Èske se Pawòl vivan an? Èske se Fis de Lòm lan k ap revele Tèt Li fizikman? Alò pwofesi pral akonpli Dimanch sa a si nou kwè e obeyi.
On bagay pral pase atravè lemond ki pat janm posib anvan nan istwa mond lan. Bondye pral pale atravè bouch moun, pral pale avèk Lepouz Li atravè lemonn antye an menm tan. Li pral mande nou pou nou mete men nou youn sou lòt epi priye youn pou lòt pandan ke l ap priye pou nou tout.
Noumenm deyò la a sou fil telefòn yo, si n te kwè ak tout kè nou, antan minis yo t ap poze men sou nou, epi byenneme nou yo t ap poze men sou nou, si n kwè ak tout kè nou ke se fini, se fini.
Kèlkeswa sa nou bezwen, Bondye ap ban nou l si nou jis kwè…E NOU KWÈ. NOU SE EPOUZ FIDÈL LI. Sa pral fèt. Kolòn Dife a ap tout kote n ap reyini epi L ap ban nou chak kèlkeswa sa nou bezwen, se ENSI DI SEYÈ A.
Ke menm Limyè Sen sa ke n ap gade dwat isi a nan legliz la, ke L tonbe sou chak moun, epi ke yo geri nan lè sa a. Nou reprimande lènmi an, dyab la, nan Prezans Kris; nou di lènmi an, ke yo bat li pa soufrans sibi pou lòt ak―ak, lanmò Seyè Jezi a epi rezirèksyon ki triyonfe sou twazyèm jou a; ak prèv Li ki pwouve ke L isi a nan mitan nou aswè a, vivan, aprè milnèfsan lane. Kite Lespri Bondye vivan an ranpli chak kè ak lafwa ak pwisans, ak vèti gerizon sot nan rezirèksyon Jezikri, Ki idantifye kounye a pa gran Limyè sa a k ap sèkle legliz la, nan Prezans Li. Nan Non Jezikri, akòde l pou glwa Bondye.
Nou se Lepouz Li. Pa gen anyen ki ka retire l nan men nou, ANYEN. Satan pèdi. Nou ka gen enpresyon ke nou jis gen yon kiyè de Li, se tout sa nou bezwen, LI REYÈL. SE LI MENM. NOU SE PA L. PAWÒL LI PA KA ECHWE.
Kwè L, aksepte L, kenbe L, Sa a pa ka echwe. Nou pa gen pwisans men nou gen otorite L. Di: ‘Mwen pran l Seyè, se pou mwen l ye, Ou ban mwen l e m pap kite Satan pran l.’
Ala yon moman nou pral genyen. Pa gen lòt kote m ta vle ye. Sentespri a pral toutotou nou. Plis Revelasyon n ap resevwa. Kè brize pral repare. Tout moun pral geri. Ki jan nou pa ka di: ‘Èske kè nou pat boule andedan nou, epi èske li p ap boule kounye a, pou nou konnen ke nou nan Prezans Jezikri kounye a ki resisite, pou Li menm glwa ak louwanj pou tout tan.’
Vwa ke nou tande sou bann yo se menm Vwa a ki fè rezonen Pawòl Li nan Jaden Edenn lan, sou Mòn Sinayi a, epi sou Mòn Transfigirasyon an. L ap sonnen jodi a avèk Revelasyon konplè e final de Jezikri. L ap rele Lepouz Li pou L soti, L ap prepare L pou Anlèvman an. Lepouz la tande L, Li aksepte L, Li viv Li, epi Li prepare tèt Li lè L kwè nan Li.
Pèsonn pa ka pran L nan men nou. Yo pa ka enfliyanse vi nou. Lespri Li ap boule epi ap briye nan nou. Li ban nou Lavi pa L, Lespri Li, epi L ap manifeste Lavi pa L nan nou. Nou kache nan Bondye epi n ap manje Pawòl Li. Satan pa ka manyen nou. Yo pa ka ebranle nou. Pa gen anyen ki ka chanje nou. Pa Revelasyon, nou vin Epouz Pawòl Li.
Lè Satan ap eseye dekouraje nou, nou jis raple l kijan Bondye wè nou. Lè Li voye je sou nou, tout sa Li wè se lò PI. Jistis nou an se jistis LI. Atribi nou yo se pwòp bèl atribi LI. N ap jwenn idantite nou nan Li. Sa Li ye, se sa nou reflete kounye a. Sa Li genyen, se sa nou MANIFESTE KOUNYE A.
Jan L renmen di Satan: ‘M pa wè okenn defo nan Li; Li PAFÈ. Pou Mwen menm, Li se Lepouz Mwen, bèl andedan e andeyò. Depi nan kòmansman rive nan fen, Li se Zèv Mwen, e tout Zèv Mwen yo pafè. An reyalite, sajès etènèl Mwen avèk objektif Mwen rezime epi manifeste nan Li.’
‘M jwenn bèl Epouz Mwen an diy. Kòm lò a maleyab, Li sipòte soufrans yo pou Mwen. Li pa fè konpwomi, Li pa flechi, ni kraze, men Li fòme kòm yon bèl bagay. Eprèv Li yo ak tès lavi sa a fè ke Li vin Epouz cheri Mwen an.’
Èske se pa menm jan ak Seyè a? Li konn egzakteman kijan pou ankouraje nou. Li di nou: ‘Pa janm dekouraje, men ankouraje nou pito.’ Li wè travay lanmou nou pou Li. Li wè sa nou dwe travèse. Li wè batay yo ke nou dwe andire chak jou. Li renmen nou atravè chak nan yo.
Nan Je Li nou pafè. L ap tann nou depi nan kòmansman tan an. Li p ap kite anyen rive nou sof si se pou byen nou. Li konnen ke nou pral simonte tout obstak ke Satan mete devan nou. Li renmen pwouve li ke nou se Epouz Li. Nou pa ka ebranle. Se Nou menm L ap tann depi nan kòmansman an. Pa gen anyen ki ka separe nou de Li e de Pawòl Li.
Li voye nou pwisan anj mesaje Li pou L te ka pale avè nou de bouch a zòrèy. Li anrejistre L konsa p ap gen okenn kesyon sou sa L te di. Li sere L pou Lepouz Li gen yon bagay pou l manje jiskaske L vin chache L.
Pe enpòt si lòt moun pa konprann epi ap pèsekite nou paske nou di nou se ‘Moun Bann’, nou kontan, paske se sa Li revele nou pou nou fè. Lòt yo dwe fè sa yo santi yo oblije fè, men pou nou menm, nou dwe ini ansanm anba yon sèl Vwa, Vwa Bondye a ki konfime sou bann yo.
Nou pa ka konsevwa anyen lòt. Nou pa ka konprann anyen lòt. Nou pa ka fè anyen lòt. Nou pa ka AKSEPTE anyen lòt. Nou pa kont sa lòt kwayan yo santi Seyè a oblije yo fè, men se sa Bondye KONDWI NOU POU NOU FÈ, e se la a nou dwe RETE.
Nou satisfè. Vwa Bondye ap nouri nou. Nou ka di ‘amèn’ a CHAK PAWÒL ke nou tande. Sa a se Chemen Bondye ban nou. Nou pa ka fè anyen lòt.
M jis renmen envite tout moun vin ini avèk nou. Nou jis fè sèvis jan Frè Branham te fè yo lè l te isit la sou tè a. Malgre ke li pa isit la fizikman, bagay esansyèl la se sa Bondye di Lepouz Li sou bann yo.
Li te envite mond lan pou fè pati de sa yo ki te BRANCHE pa telefòn, men sèlman si yo te VLE. Li te fè yo rasanble tout kote yo te kapab, pou tande Vwa Bondye a pale avèk yo tout an manm tan. Se sa pwofèt Bondye a te fè lè sa a, alò m jis ap eseye fè sa l te fè kòm egzanp.
Ensi donk, nou envite nou pou vin jwenn nou an liy Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande mesaje Bondye k ap pote nou Mesaj la: Dye Aj Move Sa, 65-0801M.
Nou sou gwo atant avèk espwa. Nou ka santi l, yon bagay pral rive. Nou vle ini ansanm pou tande Vwa W; pou resevwa kèlkeswa epi tout sa Ou di. Nou vle L. Nou vle fè pati de Li. Nou kwè chak Pawòl.
Kisa k ap pase? Bondye ap fè listwa. Bondye ap akonpli pwofesi. Sa toujou pwovoke yon atraksyon. Sa atire tout kritik, votou Mesaj la ke nou tande pale Dimanch pase, men sa rasanble Zèg Li yo tou. Paske kote Kadav la ye, Zèg yo ap rasanble la.
Se repons a pwofesi pwofèt la, men M ap voye nou Eli pwofèt la. Bondye ap konfime pwofèt Li. Se Bondye k ap akonpli pwofesi a. Bondye ap fè listwa, k ap akonpli Pawòl Li. Se Twazyèm Poul la k ap akonpli.
M konnen sa sanble ke tout sa mwen fè se mete m an dezakò avèk tout lidè legliz yo, epi kondane tout sa yo fè, men m kwè ke nou reprezante gwoup moun patikilye sa yo ki predestine pou Peze Jwe epi tande Mesaj la, Vwa sa a, epi swiv Li.
Nou inyore foul moun yo. Nou inyore kritik enkwayan yo. Nou pa diskite avè yo. Nou gen yon sèl bagay pou nou fè, se kwè epi pran de Li chak ti moso nou kapab; enprenye L nan nou tankou Mari ki te chita nan pye Jezi.
Nou pa enterese nan anyen lòt. Nou pa bezwen anyen lòt. Nou kwè ke tout sa nou bezwen tande li sou bann yo. Pawòl Bondye pa bezwen entèpretasyon.
Pwomès la te akonpli. Kilè li ye, mesye, e kisa atraksyon sa a ye? Se Bondye k ap akonpli Pawòl Li! Li se menm lan ayè, jodi a, e pou tout tan. Annou priye.
Kisa ki atraksyon an? Bondye, on fwa ankò, k ap akonpli Pawòl Li, k ap rasanble pèp Li a ansanm nan legliz yo, k ap ranpli estasyon sèvis yo, lakay yo, kote moun rasanble ozalantou ti mikwofòn atravè nasyon an, jiska Kot Lwès la, lòt bò anlè nan montay Arizona, desann nan plenn Texas, rive jis Kot Lès la; toupatou nan peyi a epi atravè mond lan.
Anpil lè separe nou, men Seyè, nou ansanm tankou yon inite, kwayan, k ap tann Mesi k ap Vini an. M ap eseye swiv epi fè egzakteman sa pwofèt Ou te fè pou ini Lepouz Ou lè l te isit la. Sa l te fè se egzanp mwen.
Nou pa gen plas pou fè tout moun chita isit la nan Branham Tabènak la, alò nou jis oblije transmèt Pawòl la atravè mwayen telefòn lan, jan l te fè lè sa a. Nou rasanble isit la, nan Jeffersonville, nan legliz lakay nou, ap tann Seyè a k ap Vini.
Ou fèk di nou k ap gen anpil moun nan dènye jou sa yo ki pral eseye rann Ou sèvis san se pa volonte pafè W. Pral gen anpil ki wen avèk vrè Sentespri a, men k ap fo anseyan. Seyè, sèl mwayen nou konnen ki SÈTEN se rete avèk Pawòl la, rete avèk ansèyman bann yo, rete avèk Vwa W ki konfime.
Nou kwè ke nou se Semans predestine W ki pa ka fè anyen lòt ke swiv Sa; Sa reprezante plis ke lavi pou nou. Pran vi nou, men pa pran Sa a.
Kisa ki pral pase Dimanch sa a? Bondye pral akonpli Pawòl Li. Nan tout nasyon an, atravè mwayen yon telefòn, dè santèn de moun pral gen men yo k ap enpoze youn sou lòt atravè nasyon an, de yon kot a lòt, de Nò a Sid, Lès a Lwès.
Menm depi peyi etranje atravè mond lan, nou tout pral gen men nou k ap enpoze youn sou lòt. Ou di nou: “nou pa bezwen kat lapriyè, nou pa bezwen fè liy, nou jis bezwen LAFWA.”
Nou pral leve men nou epi di: “m se yon kwayan.” Kisa ki pral pase?
Satan, ou pèdi. Ou se yon mantè. Epi, antan ke sèvitè Bondye, tankou sèvitè yo, nou mande ke nan non Jezikri, ke w obeyi a Pawòl Bondye a, e soti nan moun yo, paske li te ekri, “Nan Non mwen yo va chase demon.”
Bondye Byenneme. Bondye ki nan syèl la ki te venk, jou sa a ak yon atraksyon sou Mòn Kalvè, tout malèz e maladi ak tout zèv demon an. Ou se Bondye. Pèp la geri pa mètrisi W yo. Yo libere. Nan non Jezikri. Amèn.
Bondye PRAL akonpli Pawòl Li!
M ta renmen envite nou pou vin tande avè nou, on pati de Lepouz Li, alò ke nou pral tande Mesaj la: 65-0725E Kisa Atraksyon Sou Montay La Ye? Nou pral rasanble Dimanch a midi, lè Jeffersonville.
Kèk moun ka panse ke nou se yon denominasyon lè nou ransanble ansanm, pou tande menm Mesaj la an menm tan, men m kwè ke si Frè Branham te isit, li t ap fè egzakteman sa nou pral fè, ap rasanble Lepouz la ansanm, atravè mond lan, pou tande an menm tan, pou KOUTE LI.
Bondye voye setyèm anj mesaje Li pou kondwi Lepouz Li, pa yon lòt moun, pa yon gwoup moun, men YON SÈL MOUN, paske Mesaje a ak mesaje Li se menm bagay. Pawòl Bondye a pa bezwen entèpretasyon. Li pwononse L bay Lepouz Li atravè bouch yon moun e nou kwè L egzakteman jan Li di L la.
Nou dwe fè trè atansyon jodi a a vwa k ap gide nou e a sa li di. Destinasyon etènèl nou depann de desizyon sa a menm; alò nou dwe deside ki vwa ki pi enpòtan ke nou dwe koute. Ki Vwa ki te konfime pa Bondye? Ki Vwa ki gen Ensi Di Seyè A? Li pa ka vwa mwen, pawòl mwen, doktrin mwen, men Li dwe Pawòl la, alò nou dwe ale nan Pawòl la pou wè sa Li di nou.
Èske Li di nou ke Li pral etabli ministè kentip la pou dirije nou a lafen? Nou ka wè klè nan Pawòl la ke yo gen plas yo; plas trè enpòtan, men èske Pawòl la di YON KOTE ke se yo k ap gen vwa ki pi enpòtan ke nou DWE koute pou nou vin Lepouz la ?
Pwofèt la di nou ke pral gen anpil moun ki pral leve nan dènye jou yo pou eseye rann Bondye sèvis san se pa Volonte Li. Li pral beni ministè yo, men se pa chemen pafè Li pou kondwi Lepouz Li. Li di ke Volonte pafè Li se, e se te toujou, pou koute epi kwè Vwa pwofèt Li ki konfime. Pase se Li, e Limenm sèl, ki gen Ensi Di Seyà A. Se poutèt sa Li voye anj Li; se poutèt sa Li chwazi li; se poutèt sa Li fè yo anrejistre L. Se Manje Espirityèl La Nan Bon Sezon an, Laman Kache, pou Lepouz Li.
Pandan sèt aj yo, m jis wè dèzòm ki mete pwòp pawòl yo anlè pa M. Se poutèt sa a lafen aj sa a, m ap vomi nou de bouch Mwen. Tout bagay fini. An efè, m pral pale. Wi, m nan mitan Legliz la. Amèn Bondye a, fidèl e veritab pral revele Tèt Li e sa pral FÈT PA PWOFÈT MWEN.’ O wi, se konsa.
Pandan sèt aj yo, dèzòm mete pwòp pawòl yo anlè pa Mwen. Nou dwe mande tè nou, èske se pa sa k ap pase nan mitan nou kounye a? ‘Pa jwe bann yo nan legliz la, men nou dwe tande pastè nou, jis jwe bann yo lakay nou.’ Yo pa mete Vwa Li ki sou bann kòm Vwa a ki pi enpòtan, men pito vwa pa yo.
Yo dirije moun yo vè yo menm, epi vè enpòtans ministè PA YO; a apèl YO pou pote Pawòl la, pou kondwi Lepouz la; men Lepouz la pa ka sipòte sa. Li p ap aksepte l. Li p ap fè l. Li p ap fè konpwomi sou Sa; se Vwa Bondye a e anyen lòt. Se sa Pawòl la di.
Kesyon nan lespri moun yo jodi a se: Kiyès Bondye chwazi pou kondwi Lepouz Li, bann yo oswa ministè kentip la? Èske ministè a pral pèfeksyone Lepouz la? Èske ministè a pral gide Lepouz la? Selon Pawòl Bondye a, sa pa t janm fason pa Li.
Gen anpil moun jodi a ki di ke yo te swiv e kwè Mesaj Sa a pandan dèzane e dèzane, men kounye a yo plase ministè YO kòm vwa a ki pi enpòtan ke nou dwe tande.
Ki ministè nou pral swiv alò? Sou ki ministè nou pral plase destinasyon Etènèl nou a? Yo tout di ke Bondye rele yo pou yo preche Mesaj la. M pa nye sa oswa remèt sa an kesyon, men kèk nan minis yo ki pi enfliyan nan ran kentip la di: ‘Se pa Vwa Bondye a, se jis vwa William Branham’. Gen lòt ki di: ‘epòk Mesaj yon grèn moun lan fini’, oubyen ‘Mesaj sa a se pa Absoli a.’ Èske se sa k ap gide nou?
Dèzòm ki preche nan plizyè santèn nan konvansyon yo, gwo lidè ministè kentip la, KOUNYE A yo nye Mesaj la epi y ap DI ‘ Mesaj la fo.’
Jodi a, pi fò nan tout ministè yo di: ‘Nou pa ta dwe koute Vwa anj Bondye a nan legliz la, sèlman lakay nou.’ ‘Frè Branham pa janm di koute bann yo nan legliz la.’
Sa a depase antannman. M pa ka kwè yon frè ou yon sè ki di ke yo kwè Mesaj sa a, ke Frè Branham se setyèm anj mesaje Bondye, Fis de Lòm lan k ap pale, ta tonbe nan yon deklarasyon fo konsa. Sa ta dwe ban nou mal vant. Si nou se Lepouz la, SE SA L AP FÈ NOU.
Bondye pa janm chanje Lide Li sou Pawòl Li. Li toujou chwazi yon sèl moun pou gide pèp Li. Lòt yo gen plas yo, men yo dwe kondwi pèp la a moun sa a ke LI chwazi pou gide pèp la. Leve moun, leve. Tande sa minis sa yo ap di nou. Sitasyon ke yo itilize pou plase ministè pa yo anvan sa pwofèt la. Kijan ministè yon moun ka pi enpòtan pou tande pase Vwa Bondye a ki konfime ke Li pwouve e konfime kòm etan Ensi Di Seyè A?
Li di nou epi repete nou, ke ka gen dèzòm ki vrèman wen, avèk Sentespri a sou yo, ki fo. Gen yon SÈL JAN pou w sèten, RETE AVÈK PAWÒL ORIJINAL LA, paske Mesaj sa a e mesaje a se menm bagay. Gen jis yon sèl Vwa Bondye chwazi pou Reprezante Ensi Di Seyè A…YON SÈL.
Vrè ministè a pral di nou ke pa gen ANYEN ki pi enpòtan pase tande Pawòl Bondye a avèk Vwa Bondye a ki sou bann yo. Yo ka preche, anseye, ou kèlkeswa apèl yo gen pou fè, MEN YO DWE PLASE VWA BONDYE A AN PREMYE; MEN YO PA FÈ SA, SOF PLASE MINISTÈ PA YO AN PREMYE. Pwòp aksyon yo pwouve sa yo kwè.
Yo evite reponn kesyon an sou mete Vwa Bondye sou chè yo lè yo di: ‘Frè Jozèf pa kwè nan minis. Li pa kwè nan ale legliz. Y ap adore yon nonm. Y ap swiv doktrin Jozèf sa a. L ap kreye yon denominasyon nan jwe epi tande menm bann yo.’ Yo jis ap distrè moun yo de kesyon prensipal la. Aksyon yo pwouve sa yo kwè pa sa yo anseye pèp yo a, MINISTÈ YO DABÒ.
Yo di, fè moun yo tande menm bann lan an menm tan se yon denominasyon. Èske se pa egzakteman sa Frè Branham te fè lè l te isi a; branche moun yo pou yo tout tande Mesaj la an menm tan?
Mande tèt nou, si Frè Branham te isi a jodi a fizikman, èske li pa t ap gen tout Lepouz la BRANCHE pou nou tout tande li an menm tan? Èske li pa t ap eseye rasanble Lepouz la alantou MINISTÈ LI jan l te fè l anvan ke Bondye te mennen l lakay?
Kite m ajoute yon bagay la a. Kritik yo pral di, wè, men li, twòp aksan sou nonm lan; y ap swiv yon nonm; William Marrion Branham!! Annou wè sa Pawòl la di sou sa tou:
Nan jou setyèm mesaje a, nan jou Aj Lawodise a, mesaje sa pral revele mistè Bondye yo jan yo te revele a Pòl. Li pral pale, e sa yo ki pral resevwa pwofèt sa a nan pwòp non li pral resevwa efè benefik ministè pwofèt sa a.
Sa pral fè dyab la fache kòm jamè, epi li pral dechennen sou mwen pi plis, men nou tout, pito nou verifye sa avèk Pawòl la. Pa paske mwen di l, non, paske alò m tap tankou nenpòt lòt moun, men ouvri kè nou ak lespri nou epi verifye sa avèk Pawòl la. Pa sa yon lòt moun di ou entèprete pou nou, men sa pwofèt Bondye a di.
Aprè lèt sa a, yo pral ban nou sitasyon aprè sitasyon aprè sitasyon, epi mwen di AMÈN a chak sitasyon, MEN E SOU BAGAY PRENSIPAL LA? Èske yo itilize sitasyon yo pou di nou ke tande pwofèt la se sa nou dwe fè, oubyen MINISTÈ PA YO? Si yo di Mesaj la, pwofèt la, alò di yo pou yo plase Vwa sa a AN PREMYE nan legliz nou.
Sèlman sou baz konpòtman moun, nenpòt moun konnen ke kote gen anpil moun, gen menm dè opinyon ki divize sou ti pwen gwo doktrin ke yo tout soutni ansanm.
Men li. Sèl sitasyon sa a di nou ke li pa ka, e ke SE P AP yon gwoup moun. Se pa ministè a ki pral ini pèp la paske sou konpòtman imen sèlman, yo divize sou ti pwen gwo doktrin, yo tout pa ka dakò, kidonk nou oblije tounen nan PAWÒL ORIJINAL la.
Kiyès alò ki pral gen pouvwa enfayibilite a ki dwe restore nan laj sa a, pwiske dènye laj sa a pral rekòmanse manifeste Epouz Pawòl la ki Pi?
KIYÈS ki pral kondwi nou? YON SÈL VWA avèk pouvwa enfayibilite a pral oblije kondwi Epouz la.
Sa vle di ke nou pral gen Pawòl la yon lòt fwa ankò jan l te bay pafètman e jan yo te konprann li pafètman nan epòk Pòl.
Glwa…Yo bay Li pafètman e yo konprann Li pafètman. Li pa bezwen okenn entèpretasyon, paske yo te bay Li pafètman, epi noumenm, Lepouz la, nou konprann epi nou kwè pafètman chak Pawòl.
Men li. Li voye yon pwofèt ki konfime.
Li voye yon pwofèt aprè prèske de mil ane.
Li voye yon moun ki tèlman lwen òganizason yo, edikasyon, avèk mond relijyon an, menm jan ak Jan Batis e Eli nan tan lontan,
L ap jis tande Bondye
L ap gen ‘ensi di Seyè a’ epi li pral pale pou Bondye.
L ap pòt pawòl Bondye
JAN LI DEKLARE NAN MALACHI 4:6, LI PRAL RETOUNEN KÈ TIMOUN YO VÈ PAPA YO.
L ap pote tounen eli yo nan dènye jou a epi yo pral tande yon pwofèt konfime k ap bay verite egzak jan sa te ye avèk Pòl.
Li pral retabli verite a jan yo te genyen l.
Epi eli yo k ap avè li nan jou sa a, se yo menm ki pral manifeste Seyè a tout bon, epi se yo menm k ap reprezante Kò Li epi k ap reprezante vwa Li, epi k ap akonpli zèv Li. Alelouya! Èske nou konprann sa?
Nou konprann Li. Nou kwè Li. Nou repoze sou LI.
Nou envite nou vin jwenn nou alò ke nou pral tande pòt pawòl Bondye, Vwa ki pral ini Epouz Jezikri, pwofèt Li ki konfime, alò ke l ap ban nou verite egzak la a midi, lè Jeffersonville.
Pa janm gen yon epòk oubyen yon pèp tankou jodi a. Nou nan Li, eritye tout sa Li achte pou nou. L ap pataje sentete L avè nou, jiskaske nan Li, nou vin jistis Bondye menm.
Li te konnen nou davans pa dekrè Diven, pou nou ta vin Lepouz Li. Li chwazi nou, nou pa janm chwazi L. Nou pat vin pa nou menm, se te chwa pa L. Kounye a Li plase nan kè nou ak nanm nou tout Revelasyon Pawòl Li.
Jou apre jou, L ap revele nou Pawòl Li, ap devèse Lespri L sou nou, ap manifeste pwòp Vi Li nan nou. Jamè Lepouz Li te janm ankre konsa nan kè li, li konnen ke li nan volonte pafè Li, epi nan pwogram Li, lè l rete avèk Pawòl Li, ap tande Vwa Li.
Lanmou Bondye ak Mesaj sa ap ranpli kè nou jiskaske li debòde. Pa gen anyen lòt ke nou vle tande, ke nou vle pale, ke nou vle kominye, ou senpleman pataje yon sitasyon ke nou sot tande epi louwe Seyè a.
Nou tankou Moyiz nan fon dezè a. Nou vin fas a fas avèk Bondye Tou Pwisan an, epi nou wè Vwa a k ap pale avè nou; egzakteman avèk Pawòl la e pwomès lè a. Sa fè nou yon bagay. Nou pa wont de Li. Nou renmen deklare L nan mond lan. Nou kwè ke Seyè Jezi a se Mesaj lè a e nou SE EPOUZ LI.
Li fòtifye nou avèk Pawòl Li. Pa gen dout menm, sa se chemen Bondye bay. Bondye pa janm chanje panse Li apwopo de Pawòl Li. Li chwazi setyèm anj Li pou rele Lepouz Li pou l soti, epi apresa pou L rete an liy avèk Pawòl Li.
Pa gen anyen lòt nan lavi sa a ke Li menm e Pawòl Li. Nou p ap janm gen ase de Li. Sa a plis ke lavi pou nou. Levanjil la ak Pwisans Bondye Tou Pwisan an gaye atravè mond lan kòm jamè. Kounye a Pawòl la nan men ak zòrèy Lepouz la. Tan separasyon an ap dewoule kounye a, alò ke Bondye ap rele yon Epouz, epi dyab la ap rele yon legliz.
Nou renmen W e nou renmen Pawòl Ou, Seyè. Nou p ap janm gen ase. Nou chita nan prezans Pawòl Ou chak jou, ap muri, ap pare pou lè W ap Vini byento. Papa, li dwe tou pre. Nou ka santi l, Seyè. N ap tann avèk anpil atant.
Papa, kite nou pi sensè epi kite nou renouvle ve nou ankò. Nou konnen ke Lafwa nou nan Pawòl Ou ap boule nan kè nou. Ou retire tout dout. Pa gen anyen lòt ke Pawòl Ou. Nou sèten, e nou pa wont di mond lan, nou se Lepouz bann Ou.
Nou vle envite mond lan pou vin tande avè nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande Mesaj la: Wont 65-0711.