Category Archives: Uncategorized

25-0406 Katriyem So A

Mesagj: 63-0321 Katriyem So A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Sen Ki Fèt Nan Syèl la,

Papa ap rasanble nou ansanm atravè Pawòl Li, e jistifikasyon Revelasyon sa a ap ban nou stimilasyon. Li chwazi nou anvan fondasyon mond lan, paske Li te konnen ke nou t ap fidèl ak Pawòl Li selon pwòp chwa pa nou. 

Kite m di sa ankò pou sa byen klè. Li gade atravè tan an, jiska lafen tan an, e LI WÈ NOU…èske nou tande sa? LI WÈ W, LI WÈ M, e Li te renmen nou, paske selon pwòp chwa pa nou, nou t ap RETE AK PAWÒL LI.

Menm lè sa a, Li dwe te rele tout zanj Li yo ak cheriben L yo ansanm e lonje dwèt sou nou epi di: “MEN LI,” “SA SE LEPOUZ MWEN,” “MEN SA YO KE M T AP TANN!”

Menm jan ak Jan, se rezon sa ki fè n ap fè rèl sa yo ak kri sa yo, epi ap louwe Seyè a, nou stimile pa Nouvo Diven an e nou konnen, KLÈMAN, ke NOU SE Lepouz Li.

Se tankou tout lapli a ak loraj yo ke nou te genyen isit la nan Jeffersonville semèn sa a…Nou menm tou n ap voye yon AVÈTISMAN nan mond lan.

Lepouz la ap resevwa yon LORAJ REVELASYON, E SA A PWODUI YON VAG REVELASYON. LEPOUZ LA PREPARE TÈT EPI LI REKONÈT KIYÈS LI YE. METE KÒ W AN SEKIRITE IMEDYATMAN. PEZE JWE OSWA N AP ANEYANTI.

Nou p ap viv nan Laj Lyon an, ni nan Laj Bèf la, ni nan Laj Nonm lan; n ap viv nan LAJ ZÈG la, e Bondye voye ban nou yon pwisan èg, Malachi 4, pou kondwi e rele Lepouz Li pou l soti.

Jan sa a pral apwopriye Dimanch sa a, alò ke n ap ini ansanm pou tande Katryèm So a. Se pral anivèsè nesans pwisan èg pwofèt Bondye a.

Annou selebre bèl jou sa a e annou remèsye Seyè a paske Li voye ban nou èg mesaje Li a, ke Li voye pou rele nou epi pou revele Pawòl Li a.

Frè Jozèf Branham

Mesaj: Katryèm So A 63-0321

Lè: midi, lè Jeffersonville

Ekriti pou li pou prepare nou.

Matye 4

Lik 24:49

Jan 6:63

Akt 2:38

Apokalips 2:18-23, 6:7-8, 10:1-7, 12:13, 13:1-14, 16:12-16, 19:15-17

Jenèz 1:1

Som 16:8-11

2 Samyèl 6:14

Jeremi 32

Jowèl 2:28

Amos 3:7

Malachi 4

25-0330 Twazyèm So A

Mesagj: 63-0320 Twazyèm So A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Èv Espirityèl,

Kite m kòmanse lèt mwen jodi a avèk bonm atomik Bondye a; pa yon fizi 22, yon BONM ATOMIK pou Epouz Jezikri a.

Bon, si w vle make yo; natirèlman, nou tout konnen yo: Jezi, Jan 14:12; ak Jowèl, Jowèl 2:38; Pòl, 2 Timote 3; Malachi, chapit 4; epi Jan revelatè a, Apokalips 10:17, 1-17. Ou wè, egzakteman sa ki te dwe rive kounye a!

Remak e avètisman: sitasyon sa a pa pou ou si w kwè.

“Nou bay pwofèt Bondye a twòp enpòtans.” “Nou pa ka Epouz la si nou jis koute pwofèt la.” “Jwe bann nan legliz la pa bon.” “Yo te pase tòch la; bagay ki pi enpòtan jodi a se pou koute ministè a.” “Peze jwe nou tout an menm tan an se yon denominasyon.”

Pou legliz, kisa Sa ye? Pawòl enkane a ki te fè L chè nan mitan pèp Li ankò! Ou wè?

KABOOM…Alò lè nou peze jwe, nou ka koute Pawòl la ki te fè L chè, k ap pale de bouch a zòrèy ba nou pandan ke L ap revele Pawòl Li a.

E yon moun ka di ke se pa VWA A KI PI ENPÒTAN KE W KA KOUTE? Pati sitasyon sa a pou ou.

E yo jis pa kwè Sa.

Plis Revelasyon Seyè a ban nou nan Pawòl Li a, e de kiyès nou ye, se plis tout sa yo ki andeyò Revelasyon sa a ap elwaye yo.  

Kite m di sa, pou vrè, konsa ou va…sa va antre an pwofondè. Mwen vle w sezi sa. Sa se pwoblèm nou jodi a, ou wè, nou pa konn Pawòl la! Ou wè?

Bondye te wen moun pou preche Mesaj Sa a, men gen yon sèl Absoli: Pawòl la. Lè nou tande yon minis, ou nenpòt lòt moun k ap pale, nou dwe gen lafwa pou kwè ke sa l ap di se EGZAKTEMAN sa pwofèt Bondye a te deja di. Pawòl yo a, revelasyon yo a, entèpretasyon yo a ka echwe; Vwa Bondye a sou bann yo PA JANM KA ECHWE.

N ap pale de Bondye nan senplisite lè nou peze jwe…Li di l ANKÒ.

Yo rate L, Pawòl vivan an te manifeste nan lachè, pa Pawòl ki te pwomèt la. Pawòl la te pwomèt pou fè bagay sa yo. Pwomès la te fèt, ke sa ta pral konsa nan dènye jou yo.

Tande Tonè Li. Yon Tonè se Vwa Bondye a. William Marrion Branham se Vwa Bondye a pou jenerasyon sa a.

Epouz la–la poko gen yon revèy. Ou wè? Pa gen okenn revèy la, okenn manifestasyon Bondye pou brase Epouz la jiska prezan. Ou wè? Nou atann nou a sa kounye a. Sa va pran sèt Tonè enkoni sa yo laba, pou reveye L a nouvo, ou wè. Wi. Li va voye l. Li te pwomèt li. Kounye a gade.

Nou ka defòme l si nou vle, men Sèt Tonè Yo pral bay Lepouz la estimilasyon pa Revelasyon epi lafwa anlèvman an, ki vini sèlman pa Sentespri a k ap pale atravè pwofèt Bondye a. Se sa k ap pase KOUNYE A atravè mond lan. Bondye Estimile Lepouz Li avèk Pawòl Li.

Non sèlman sa, men Li deja di ènmi nou an kisa pou l fè.

Pa manyen yo. Yo konn kote yo prale, paske yo wenn ak Lwil Mwen. E kòm yo wenn ak Lwil Mwen, yo gen diven lajwa an, paske yo konn Pawòl pwomès Mwen, ‘Mwen pral resisite yo ankò.’ Pa fè Sa a mal! Pa eseye al deranje yo.

Li di ènmi nou an pou l pa manyen nou ak men sal li yo. Men èske maladi ka toujou atake nou? Wi. Èske nou toujou gen pwoblèm? Wi. Men Li di nou tou kisa pou nou fè.

Sa a pwofon. Li l dousman ankò e ankò.

Anvan yon Pawòl, se yon panse. Epi yon panse te dwe kreye. Trè byen. Kidonk panse Bondye a vin kreyasyon lè l te pwononse, pa yon Pawòl. Sa se lè l prezante l a─a oumenm kòm yon panse, panse L, epi l te revele a wou. Alò, li toujou yon panse jiskaske w eksprime l.

Panse Li yo vin tounen yon kreyasyon lè l te pwononse. Apresa, panse Li yo te prezante e te revele ba nou antan ke Pawòl la. Kounye a Li toujou yon panse avè nou jiskaske nou pwononse L. ALÒ NOU PWONONSE L …E NOU KWÈ L.

Mwen se Semans Wayal Abraham lan. Mwen se Lepouz Kris. Li te chwazi m e te predestine m anvan fondasyon mond lan pou m vin Lepouz Li, e anyen ka chanje sa. Chak pwomès nan Bib la pou mwen. Pou mwen, se Pawòl Li. Mwen se eritye Pwomès la menm. Li se Seyè Bondye a ki geri tout maladi m yo. Kèlkeswa sa m bezwen se pou mwen, Bondye di sa.

Bondye nan Senplisite: Lafwa vini de sa nou tande, lè nou tande Pawòl la. Pawòl la vini a pwofèt la.

Tout moun vle itilize “SITASYON” pou pwouve panse pa yo, ide pa yo, mesaj pa l. E yo gen rezon, mwen menm tou, se poutèt sa tout sa mwen ba nou se sitasyon pou m di nou: Rete avèk Bann yo. Koute Vwa sa a. Vwa sa a se Vwa Bondye. Nou dwe kwè chak Pawòl ki sou Bann yo, pa sa nenpòt lòt moun di. Vwa sa a SE VWA A KI PI ENPÒTAN KE NOU DWE TANDE.

Lòt itilize sitasyon pou mennen nou nan ministè pa yo, nan legliz pa yo, nan entèpretasyon pa yo, nan revelasyon pa yo. “Rete avè pastè nou.” (Ebyen, m renmen sa a tou, paske se sa nou fè, men avèk yon pastè diferan.) “Se pa li ki sèl ti wòch la sou plaj la.” “Li pa janm di pou jwe bann yo nan legliz la.”

Piga w mete okenn entèpretasyon pèsonèl ladan L. Li vle yon relasyon pi, ki pap varye, pa menm on ti pale. M patap dakò pou madanm mwen pale ansanm ak yon lòt gason. Lè w soti pou tande tout kalite rezònman, ki depase Sa, w ap tande, w ap pale ak Satan. Amèn! Èske sa pa fè w santi w relijye la? [kongregasyon an di, “Amèn.”–Editè a] Bondye vle w rete pi. Rete jis la ak Pawòl sa a. Rete. Rete jis avè L. Trè byen.

Kan ta mwen menm ak lakay mwen, nou pral peze jwe epi swiv Pawòl Bondye Enkane a k ap pale atravè setyèm anj mesaje Li a. Nou p ap ajoute entèpretasyon pèsonèl nou an Ladann; nou p ap fè ti pale oswa koute okenn rezònman. N ap RETE AVÈK PAWÒL SA A JAN L TE PWONONSE SOU BANN YO. Se Bondye an tout Senplisite.

Ala yon bèl moman nou pral pase Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande: Twazyèm So A 63-0320. M ta renmen envite nou vin jwenn nou alò ke n ap ini alantou Pawòl la pou jodi a.   

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:

Matye 25:3-4

Jan 1:1 / 1:14 / 14:12 / 17:17

Akt Chapit 2

1 Timote 3:16

Ebre 4:12 / 13:8

1 Jan 5:7

Levitik 8:12

Jeremi Chapit 32

Jowel 2:28

Zakari 4:12

Kite pwofite okazyon sa a pou m presize l yon fwa ankò. Mwen pa kont ministè kentip la. Mwen kwè nan ministè kentip la. Mwen pa panse sa a mal pou m tande yon minis. Mwen kwè ke nou dwe koute pastè nou kote Bondye plase nou. Pwen mwen se, m kwè ke Bondye voye yon pwofèt nan epòk nou an. Bondye revele Pawòl Li bay pwofèt Li a. Mwen ka twonpe m, pastè nou ka twonpe l, men nou DWE dakò ke (si nou di ke nou kwè ke MESAJ SA A se laverite epi ke Frè Branham se pwofèt Bondye a) sa ki sou bann yo se Men Sa Seyè A Di. Si nou pa kwè sa, ebyen nou pa kwè Mesaj sa a. Kidonk, mwen kwè ke se VWA A KI PI ENPÒTAN KE NOU DWE KOUTE. Nou pa bezwen koute m, nou pa bezwen koute okenn lòt moun, men NOU DWE KOUTE VWA SA A SOU BANN YO.     

25-0323 Dezyèm So A

Mesagj: 63-0319 Dezyèm So A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Moun Ki Koute Bann Yo,

K: Èske nou nan Volonte pafè Li lè nou jwe Bann yo?

R: WI.

K: Èske Epouz la bezwen plis pase sa ki pwononse sou Bann yo?

R: NON.

K: Èske nou manke yon bagay lè nou SÈLMAN koute Bann yo?
R: NON.

K: Èske nou ka vin Lepouz la lè nou SÈLMAN kote Bann yo?

R: TRÈ KLÈMAN, WI!

Kounye a sonje, “Pa gen anyen ki dwe revele; Bondye p ap fè anyen, ditou, anvan Li revele l an premye bay sèvitè L yo, pwofèt yo.”

Kidonk, TOUT sa nou bezwen te pwononse e li sou bann yo; oubyen, lè setyèm anj Li retounen sou tè a, L ap di nou li lè sa a.

O Epouz, annou imajine sa k ap pase avèk Lepouz Kris la atravè mond lan. Papa nou ap rasanble Epouz Li avèk Vwa Li epi L ap bat Tonè, “Men Sa Seyè A Di.”   

Sonje, Li di nou ki sa Tonè yo te ye: “yon gwo bwi Tonè se Vwa Bondye a”. E ki sa ki Vwa Bondye pou Lepouz la? Setyèm anj mesaje Bondye a, William Marrion Branham.

Li di pral gen sèt Tonè misterye ki pa menm ekri ditou. Epi atravè Sèt Tonè sa yo, Lepouz la pral rasanble pou lafwa anlèvman an.

Pawòl Seyè a vin a pwofèt Li yo. Si L te gen yon pi bon sistèm, Li t ap itilize li. Li chwazi pi bon sistèm lan nan kòmansman an e Li pa ka chanje, e Li p ap chanje.

Kidonk, Vwa Bondye a, k ap pale atravè setyèm anj Li, ap rasanble Epouz Li e L ap bann nou Lafwa Anlèvman an.

Legliz la pa mande tèt li depi 1933, jou sa a sou rivyè a, ke William Marrion Branham se Vwa Bondye a, k ap bat Tonè, “Men Sa Seyè A Di,” epi ki te voye pou rele, rasanble e kondwi Lepouz La. 

M ta renmen envite nou vin koute avè nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke Seyè Jezi nou an pral louvri Liv la, pral rache So a, epi pral voye L desann sou tè a, bay setyèm anj Li a, pou revele L ban NOU!

Frè Jozèf Branham

Dat: Dimanch, 23 Mas, 2025

Mesaj: Dezyèm So A 63-0319

Lè: midi, lè Jeffersonville

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:

Matye 4:8 / 11:25-26 / 24:6

Mak 16:16

Jan 14:12

2 Tesalonik 2:3

Ebre 4:12

Apokalips 2:6 / 6:3-4 / Chapit 17 / 19:11-16

Jowel 2:25

Amos 3:6-7

25-0316 Premye So A

Mesagj: 63-0318 Premye So A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Rèn Mwen Ki Nan Syèl La,

M gen anpil bagay an rezèv pou ou Dimanch sa a. Premyèman, ou pral tande yon batman Tonè. Se pral Vwa Mwen, Vwa Bondye k ap pale avè w, Epouz Mwen. M pral revele w Pawòl Mwen an ba ou kòm jamè. Ou pral wè Mwen, ti Mouton k ap senyen an ke yo te sakrifye depi fondasyon mond lan, k ap pran epi ouvri Liv la, rache So yo, epi voye l desann sou tè a, bay setyèm anj mesaje Mwen an, William Marrion Branham, pou revele W mistè ki te kache depi fondasyon mond lan!

Pral gen rèl, kriye, epi alelouya k ap soti toupatou nan mond lan alò ke m pral pale avè w. Lyon an pral gwonde; wen yo, pwisans lan, glwa a, manifestasyon an ap san parèy. Ou menm, Rèn Mwen an, w ap chita nan lye selès alò ke m pral pale avè w epi ke m pral ba ou Lafwa pou Anlèvman an.

Sonje byen, ou dwe gen Lafwa sa a ki te transmèt bay sen yo yon fwa pou tout. Mwen di w, ou dwe tande anj Mwen an ke M te voye ba ou.

Li dwe “restore Lafwa timoun yo tounen bay papa an.” Lafwa Bib orijinal lan dwe restore pa setyèm anj lan.

Pawòl Mwen di w, nan jou Vwa setyèm anj lan, l ap sonnen, klewonnen twonpèt Levanjil la, li gen pou l fini ak tout mistè Bondye yo. Pa gen anyen pou ajoute ni retire a sa mwen di sou bann yo; annik di sa Mwen pwononse atravè anj mesaje Mwen an. Se poutèt sa Mwen te fè anrejistre l, konsa ou t ap ka tou senpleman PEZE JWE epi tande egzakteman sa Mwen di, epi ki jan Mwen di l. Sa pral ba ou Lafwa Anlèvman an.

Byenneme Rèn Mwen, nan Je Mwen, ou pafètman, absoliman, san peche devan Mwen. Pa enkyete w, ou P AP pase nan tribilasyon; paske ou aksepte San Mwen, Pawòl Mwen, anj Mwen, Vwa Mwen, konsa ou totalman san peche devan mwen.

M tèlman gen bèl bagay an rezèv pou ou. Ou wè Pawòl Mwen k ap dewoule devan je w chak jou. Mwen prezante siy nan syèl la pou di w ke yon bagay pral rive. M ap vini, prepare w. Plase Pawòl Mwen, Vwa Mwen, an premye nan vi w.

Mete tou bagay sou kote, pa gen anyen ki pi enpòtan pase Pawòl Mwen an. Mwen konnen ke lènmi an ap eseye mete w atè, men Mwen te pwomèt ou ke Mwen t ap leve w. Mwen avè w, menm NAN OU. Ou menm avè M n ap vin fè Youn alò ke M ap revele w Pawòl Mwen an ba ou.

Ou konnen nan kè w, ou SE Rèn Epouz Mwen. Ou konnen ke Mwen predestine w. Ou konnen Mwen renmen w. Ou konnen Mwen avè w chak segonn, chak jou. Ou konnen Mwen p ap JANM KITE W.

Nou pral pase de bèl moman alò ke M pral revele w plis chak Dimanch, chak jou, alò ke ou pral tande M k ap pale avè w atravè anj Mwen an. Lòt moun ka pa konprann oubyen wè sa ou menm ou wè, men Li ankre nan kè w ke sa a se Chemen Mwen bay la. 

Ala yon refij Mwen ba ou. Ou ka senpleman Peze Jwe nenpòt ki lè, lajounen kou lannwit, pou w tande M k ap pale avè w. Mwen pral rekonfòte nanm ou alò ke M ap revele Pawòl Mwen an epi M ap di w kiyès ou ye. Chak Mesaj se pou ou, e pou ou menm sèl. Nou ka kominye e adore ansanm nenpòt lè ou vle.

Dimanch a midi, lè Jeffersonville, on pati nan Lepouz la pral rasanble atravè mond lan pou tande gwo mistè sa yo k ap revele. Mwen envite nou vin jwenn nou alò ke n ap tande, 63-0318 – “Premye So A”.

Frè Jozèf

Ekriti pou li an preparasyon pou tande Mesaj la:

Matye 10:1 / 11:1-14 / 24:6 / 28:19

Jan 12:23-28

Akt 2:38

2 Tesalonik 2:3-12

Ebre 4:12

Apokalips 6:1-2 / 10:1-7 / 12:7-9 / 13:16 / 19:11-16

Malachi chapit 3 e 4

Danyèl 8:23-25 / 11:21 / 9:25-27

25-0309 Espas Nan Mitan Sèt Aj Legliz Yo Avèk Sèt So Yo

Mesagj: 63-0317e Espas Nan Mitan Sèt Aj Legliz Yo Avèk Sèt So Yo

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Moun Ki Retabli,

M pa janm bouke tande Vwa Bondye k ap di nou kiyès nou ye, kote nou soti, kote nou prale, de kisa nou eritye, e konbyen Li renmen nou.

Yon sasèdòs espirityèl, yon nasyon wayal, k ap ofri sakrifis espirityèl pou Bondye, sa k ap soti nan bouch yo, ap bay louwanj pou Non Li.” Ala yon–ala yon pèp! Yo se pa L.

Sèl rekonfò ak lapè nou an vini lè nou tande Vwa Bondye k ap pale avè nou, answit pou nou reponn Papa nou lè nou ofri sakrifis espirityèl avèk fwi bouch nou, lè nou louwe Non Li.

Lemonn antye ap plenyen. Lanati ap plenyen. N ap plenyen e n ap tann lè Seyè a ap vini. Mond sa a pa gen anyen pou nou. Nou pare pou nou pati epi pou nou ale nan Soupe Nòs nou an ak Kay Lavni nou avè L ak tout sa yo ki deja La a, jis odela rido tan an, k ap tann nou.

Annou leve e souke kò nou! Pense konsyans nou, reveye tèt nou a sa k ap pase kounye a e a sa ki pral pase nan moman yon bat je.

Jamè nan listwa mond lan li te posib pou Lepouz Kris la pou li reyini nan lemonn antye, egzakteman an menm tan, pou tande Vwa Bondye k ap pale e k ap revele Pawòl Li a Lepouz Li. 

Kwayan, mande tèt nou, ki vwa, ki predikatè, ki moun, ka reyini e rasanble Epouz Kris la? Si nou se Epouz Kris la, nou konnen tou senpleman pa gen okenn lòt Vwa ke Vwa Bondye sou bann yo.

Wi, Sentespri a nan nou chak, nan chak pòs legliz la, men Bondye Li menm di nou ke L ap jije mond lan dapre Pawòl Li. Lepouz la konnen ke Pawòl Li vini a pwofèt Li. Pwofèt Li se SÈL entèprèt divin Pawòl Li a. Sa Li pwononse, yo pa ka ajoute ni retire ladann. Se Pawòl la, sou bann yo, ke nou tout pral jije dapre Li, e okenn lòt pawòl ou entèpretasyon Pawòl sa a.

Okenn lòt vwa ka ini Lepouz la. Sèl Vwa Bondye sou bann yo ka ini Epouz Li. Se sèl Pawòl kote Epouz la ka mete l dakò. Se sèl Vwa ke Bondye Li menm konfime kòm etan Vwa Li pou Lepouz Li. Lepouz Li dwe nan yon Sèl Lespri ak yon Sèl Akò pou li avè L.

Predikatè yo ka preche, anseyan yo ka anseye, pastè yo ka pastè, men Vwa Bondye a sou bann yo dwe Vwa a ki pi enpòtan ke yo dwe plase devan moun yo. Se Absoli Epouz la. 

Si nou gen yon Revelasyon sou sa, ebyen men sa ki pral rive.

Pawòl la di nou ke Adan te pèdi eritaj li, latè a. Li pase de men l a moun li te vann li, Satan. Li te vann lafwa li nan Bondye, pou rezònman Satan yo. Li pèdi tout sa nan men Satan. Li pase l de men l a men Satan.

Bondye se Bondye linivè a, tout kote, men pitit gason L, Adan, te gen tè a sou pwòp kontwol li. Li te ka pwononse, li te ka nonmen, li te ka di, li te ka kanpe lanati, li te ka fè tout sa li te vle. Li te gen tout, kontwòl siprèm latè a.

Adan te pèdi tout bagay, men glwa pou Bondye, tout sa l te pèdi e abandone te rachte pa Paran Redanmtè nou an, pèsonn lòt ke Bondye Toupwisan, ki te vin Emanyèl, youn nan nou. KOUNYE A, LI POU NOU. 

Nou se pitit gason ak pitit fi L ki pral reye antan ke wa e sakrifikatè avè L. Nou gen lavi etènèl avè L ak tout byenneme nou yo. Pa gen maladi ankò, pa gen lapenn ankò, pa gen lanmò ankò, jis letènite tout ansanm.

Lè nou panse a sa, ki jan nou ka kite dyab la dekouraje nou? Li pou NOU, se la nou prale trè byento. Li ban nou pi gwo bagay ke li te ka ban nou. Kèk jou tès ak eprèv sa yo sou tè a byen vit efase pa GWO VIKTWA nou an KI A KÈLKE JOU DEVAN NOU.

LAFWA nou p at janm osi fò. Lajwa nou p at janm osi gran. Nou konn kiyès nou ye e ki kote nou prale. Nou konnen nou nan VOLONTE pafè Li lè nou rete avèk Pawòl Li. Tout sa nou bezwen fè se rete avèk bann yo epi kwè chak Pawòl; pa konprann tout, MEN KWÈ CHAK PAWÒL…e NOU FÈ SA!

Lafwa vin de sa nou tande, tande Pawòl la. Pawòl la vin a pwofèt la. Bondye pwononse Li. Bondye anrejistre Li. Bondye revele Li. Nou tande Li. Nou kwè LI.

Nou ka sèlman resevwa Revelsayon sa a lè nou tande Vwa Bondye a sou bann yo.

Tout sa Kris pral fè alafen, pral revele pou nou semèn sa, nan Sèt So yo, si Bondye pèmèt nou. Ou konprann? Dakò. Sa va revele. Epi revele, pandan So yo ap brize e konfye a nou menm, alò n ap kapab wè sa gran plan redanmsyon sa ye, epi kilè e kijan sa pral fèt. Tout sa kache nan Liv mistè sa la. Li sele, sele ak Sèt So, kidonk Ayo a se Li sèl Ki ka brize yo.

Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, on pati nan Lepouz la atravè mond lan pral tande Vwa Bondye a tout an menm tan. Nou pral pran syèl la daso avèk priyè nou e nou pral adore Li. Mwen envite nou vin jwenn nou alò ke n ap tande: Espas Ant Sèt Aj Legliz Yo Avèk So Yo 63-0317E.

Tanpri pa bliye chanjman lè a nan Jeffersonville wikenn sa a.

Frè Jozèf Branham

25-0302 Bondye Kache Epi Revele Nan Senplisite

Mesagj: 63-0317m Bondye Kache Epi Revele Nan Senplisite

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Depi Branham Tabènak Byenneme Flè Lis,

28 Fevriye 1963, Te gen yon Tonè. Whew-whew, Sèt Anj sot etènite e te parèt devan Setyèm Anj Mesaje Bondye. Li te elve nan konstelasyon piramid la. Answit, yon nyaj sinatirèl te parèt nan syèl Arizona. Se te yon siy, Bondye t ap voye setyèm anj Li Jeffersonville pou louvri Sèt So yo.

28 Fevriye 2025, sèt planèt aliyen nan syèl la. Lepouz la ap pare tèt Li pou L rasanble pou tande Sèt So yo.

Nou envite, pa Seyè a Li menm, pou nou rasanble avèk Lepouz la nan lemonn antye, pou tande Vwa Bondye a k ap revele Revelasyon Sèt So yo.

Jou pwofèt yo ak saj yo t ap tann depi kòmansman tan an, ap pran plas. Pwisan anj ke Bondye di ke Li ta pral voye sou tè a nan dènye jou yo vini pou louvri e revele mistè kache Bondye yo, konsa Seyè Jezi nou an ka tounen vin chache Epouz fidèl Li epi mennen nou nan Soupe Nòs nou an. 

Premye devwa mwen, antan m antre nan nouvo legliz la, mwen te marye yon jenn gason ak yon jenn fanm ki te nan biwo a. Ke sa kapab yon tip, ke mwen va yon minis ki rete fidèl a Kris, pou m prepare yon Lepouz pou seremoni Jou sa a.

  Jodi a, Pawòl sa ap akonpli. Bondye ap pale atravè anj Li, ap pare Epouz Li pou seremoni Jou sa a. N ap swiv enstriksyon Li yo a la lèt. Lepouz la pare tèt Li nan RETE AVÈK VWA BONDYE A SOU BANN YO.

Kisa nou sot tande pa rèv ak vizyon? Manje a, MEN LI, sa se plas la. Yon Vwa di li: “Pote Manje. Sere Li. Se sèl jan pou kenbe yo isit la, se ba yo Manje.”

Anpil moun kwè ke li jis vle di: “jis rete avèk Pawòl la,” e SE VRE, se sa li di; men Epouz la pral li tou ant liy yo lè Epou a ap pale ak Epouz Li.

Menm vizyon yo ke Bondye bay isi a, nan plas la, yo tèlman mal konprann. Se poutèt sa nou tande m nan kasèt yo, ki di: “Di sa kasèt yo di. Di sa vizyon yo di.” Kounye a, si ou byen reveye, wap wè on bagay. Nou wè? M espere m pa bezwen kenbe l nan men m, pou m montre nou.

Menm vizyon yo te mal konprann, menm aprè li te bay yo entèpretasyon an. Se sa li t ap di nou, si ou pa vle nan konfizyon ou mal konprann, Peze Jwe epi tande egazakteman sa Vwa Bondye a di.

Mwen konnen ke Pawòl la gen plis ke yon sans, men sa se entèpretasyon mwen: Rèv yo ak vizyon yo tout di menm bagay la; rete avèz bann yo. Si nou gen yon kesyon, ale nan bann yo. Bann yo se Manje ke Bondye sere. Annik di sa ki sou bann yo; pa ajoute anyen Ladann. Bann yo se Men Sa Seyè A Di pou Epouz la. Pawòl la vin a pwofèt la, sèl. Pwofèt la se SÈL entèprèt divin Pawòl la. Pwofèt la te dwe rele epi kondwi Epouz la. M ap jije dapre sa ki di sou BANN yo.    

Tout bagay pwente m a BANN yo.

Byenneme Flè Lis mwen, pou mwen menm, PEZE JWE SE BONDYE NAN SENPLISITE POU JODI A.

Chak semèn mwen pi eksite; kisa ki pral revele jodi a alò ke Epouz Li rasanble pou tande Mesaj la? Mwen konnen ke Sentespri a pral wenn nou tout alò ke Li pral revele Pawòl Li kòm jamè. Mwen santi, a nenpòt moman, Li pral vini epi anlve nou pou Soupe Nòs nou an.

Nou se, pitit gason ak pitit fi Bondye. Nou se desandan Bondye. Nou gen tè a kòm eritaj. N ap kontwole lanati. N ap kreye pa Pawòl la. Nou se Lepouz la!

An nou dedye tèt nou ankò pou travay la, epi konsakre nou a Kris.   

Frè Jozèf Branham

Dat: Dimanch 2 Mas 2025

Mesaj: Bondye Kache Epi Revele Nan Senplisite 63-0317M

Lè: Midi, lè Jeffersonville. 

25-0223 Mesye, Éske Sa A Se Siy Fen Tan An?

Mesagj: 62-1230e Mesye, Éske Sa A Se Siy Fen Tan An?

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Mesye,

Sa se, Siy lan. Sa se, tan an. Sa se, Mesaj La. Sa se, Pawòl la. Sa se, Vwa Bondye a. Sa se, Fis de Lòm lan. Sa se, chemen Bondye bay la. Sa se, fen tan an.

Okenn pwofèt, okenn apot, pa janm, okenn epòk, te janm viv nan yon tan tankou sa n ap viv kounye a. Li ekri nan syèl la. Li ekri sou sifas tè a. Li ekri nan tout jounal. Sa se fen an, si nou ka li ekriti a. 

Moun ki gen zòrèy, se pou l tande sa Bondye di, epi anrejistre, konsa se pa pawòl mwen, panse mwen, lide mwen, men Vwa Bondye a menm k ap anseye Lepouz Li nan sa ki SÈL chemen pafè ke Li bay pou jodi a.

Vini epi tande alò ke Li pral di nou e pral revele nou atravè ekriti yo, atravè vizyon, atravè entèpretasyon rèv, pou nou rete avèk Mesaj la, rete avèk bann yo. ANNIK di sa ki sou bann yo.  

Pa gen meyè fason, ni mwayen pi klè, pase tande Vwa Bondye ki vin de Bondye Li menm. Bondye te bay Lepouz Li lòd, atravè pwofèt Li, e te di nou pou nou PEZE JWE, pwen final.

Pale de Li, preche Li, temwaye de Li, e pale de Li bay mond lan, men Li di nou ke gen yon sèl chemen pafè pou pèfeksyone Lepouz la: tande Vwa Bondye a sou bann yo. Si gen yon bagay ki entrige nou, jwe bann lan. Li dwe PREMYE, e Vwa a ki pi enpòtan ke nou dwe tande. Se Pawòl Li ki pafè ke Li mete sou bann.

Kounye a konpare sa ak lòt yo, rèv yo. Sa se te yon vizyon. Nouriti a, se isit la Li ye. Sa se anplasman an.

Tande, pa rèv ak vizyon, Nouriti pou Lepouz la ki kote? Kote plas la? Mesaj la pou Lepouz la sou bann yo.

E sa fè m santi m tankou se lakay mwen, pou mwen. Se plas la sa. E si nou remake, rèv yo te di menm bagay la, ou wè, ki kote Manje a ye.

Pou nou sètèn ke nou byen konprann Sa, li di nou ankò, ke bann yo se Manje a pou Lepouz la.

“Pa gen tan ankò.” Si se sa, ann pare tèt nou, zanmi, pou rankontre Bondye nou a.

Wi, Seyè, se dezi kè nou, pou nou pare pou rankontre W, pou nou vin Lepouz Ou. Kisa nou dwe fè Seyè? Ki chemen Ou bay? Kisa ki plan W? Kisa ki chemen W ki pafè? Ou voye nou yon pwofèt ke Ou te ka pale atravè pou di nou. Tanpri, bann nou enstriksyon.

Te gen anpil Manje ki te poze anndan an kounye a. Ann sèvi avè L. Ann sèvi avè L kounye a.

A ki pwen nou ka avèg? Li di nou sa nou dwe fè: gen anpil manje ki sere sou bann yo; ann itilize yo KOUNYE a. Sa a se enstriksyon ke Bondye bay Lepouz Li.

Si nou pretann kwè Mesaj sa a, kwè ke William Marrion Branham se mesaje pwofèt Bondye voye pou rele Lepouz Li pou L soti; ke vi li akonpli tout sa Ekriti yo di sou li; kwè ke Se Vwa Bondye pou jou jodi a, alò Li; Bondye k ap pale atravè pwofèt Li, k ap di Lepouz la an langaj klè, kisa pou L fè. 

Byenke yo pase nou nan betiz, yo pèsekite nou e ke yo meprize nou paske nou jis tande bann yo, n ap fè egzakteman sa Li di nou pou fè. Mèsi Seyè pou Revelasyon an.

Mwen vle envite mond lan pou vin jwenn nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande: “Mesye, Èske Sa Se Siy Fen Tan An?” Nou pral tande tout bagay sou:

Tonè, Sèt So, Wòch an fòm Piramid, Manje espirityèl, Etènite, Konstelasyon Anj yo, Katye Jeneral Mwen, Vizyon, Rèv, Pwofesi, Mistè Kache, Ekriti apre Ekriti.

Pa gen anyen ki pi gran nan lavi sa a pase tande epi obeyi Vwa Bondye a.

Frè Jozèf Branham

Pasaj Ekriti:

Malachi, chapit 4

Matye 13:3-50

Women 9:33 / 11:25 / 16:25

1 Korint 14:8 / chapit 15

Galat 2:20

Efèz 3:1-11 / 6:19 / 5:28-32

Kolos 4:3

1 Tesalonik 4:14-17

1 Tomite 3:16

Ebre 13:8

2 Pyè 2:6

Apokalips 1:20 / 3:14 / 5:1 / 6:1 / 10:1-7 / chapit 17

25-0216 Swasanndizyèm Semèn Danyèl La

Byenneme Moun K ap Veye E K Ap Tann Yo,

Gen yon eksitasyon nan mitan Lepouz la san parèy. Nou anba gwo atant; ane jubile nou sou pwen kòmanse. Sa fè lontan Lepouz la ap tann jou sa rive. Fen dispansasyon Moun Nasyon yo rive e kòmansman letènite avèk Seyè nou an pral kòmanse byento. 

Nou konprann epòk n ap viv la nan tande Pawòl la. Tan an fini. Lè Anlèvman an pwòch. Nou rive. Sentespri a vini e Li revele bay Lepouz Li tout bagay yo ki gwo, pwofon e sekrè.

Nou dezespere, n ap chache Bondye; n ap prepare tèt nou. Nou debarase nou de tout bagay ki nan mond sa a. Enkyetid lavi sa a pa vle di anyen pou nou. Lafwa nou atenn dè somè pi wo ke jamè. Sentespri a ap bay Dam ke Li chwazi a Lafwa pou anlèvman, pou L ka vin anlve Li.

Swasant-nèf semèn sa yo pafè; depa Jwif yo pafè; laj legliz la pafè. Nou nan fen tan an, fen tan an, laj legliz Lawodise a, fen laj legliz sa. Mesaje zetwal yo tout preche mesaj pa yo. Li te pwoklame. Nou jis ap kontinye lanse a.

Ala yon tan paradoksal n ap viv. Se peryòd ki pi difisil la paske lènmi an ap atake tout moun kòm jamè. Li lage tout bagay ke l genyen sou nou. Li dezespere, paske li konnen ke lè li fini.

Men an menm tan, nou pat janm osi kontan nan vi nou.

  • Nou pat janm osi pwòch de Seyè a.
  • Sentespri a ap ranpli chak fib nan kò nou.
  • Lanmou nou pou Pawòl Li a pat janm osi gran.
  • Revelasyon nou de Pawòl Li a ranpli nanm nou.
  • N ap kale chak ènmi avèk Pawòl la.

EPI, nou pat janm osi sètèn de kiyès nou ye:

  •  PREDESTINE
  • ELI
  • CHWAZI
  • SEMANS WAYAL
  • CHERI
  • ETÈNÈL, ABIYE AN BLAN, MADAN JEZI, MOUN K AP TANDE BANN, ILUMINE, VYÈJ PI, RANPLI AK LESPRI, ENVENSIB, ADOPTE, SAN MELANJ, EPOUZ PAWÒL KI VYÈJ.

Kisa k ap vini apre? Wòch la ap desann. N ap veye, n ap tann e n ap priye chak minit nan chak jou. Pa gen lòt bagay ki pi enpòtan ke prepare tèt nou pou lè L ap vini.

Se pa,  “Nou espere sa”, NOU KONNEN. Pa gen dout ankò. Nan yon moman, nan yon bat je, tout bagay ap fini, e n ap lòt bò a ak tout byenneme nou yo e avèk LI MENM nan Soupe Nòs nou an.

E SA SE JIS KÒMANSMAN AN…E PA GEN FEN!!

Vin prepare nou pou Soupe Nòs sa avè nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke Bondye pral pale atravè pwisan anj Li, sa Li voye a pou kondwi Lepouz Li, alò ke li pral di nou e pral revele nou tout sekrè Bondye yo.

Frè Jozèf Branham

Mesaj: 61-0806- Swasanndizyèm Semèn Danyèl La

25-0209 Sis Objektif Vizit Gabriyèl la a Danyèl

Byenneme Lepouz K ap Rejwi,

Nou vire figi nou nan direksyon Syèl la nan lapriyè e siplikasyon pou jwenn jou a ak lè n ap viv la.

Kòm jamè, nou chita ansanm nan lye selès, nan lemonn antye, n ap tande Bondye k ap pale e k ap revele Pawòl Li atravè pwisan anj mesaje Li. Anj mesaje terès la ke Papa nou voye bay Lepouz Li nan dènye jou sa pou revele Pawòl Li.

Gabriyèl se anj pèp Bondye chwazi a, Jwif yo. Men pou Epouz Nasyon Li, Melkisedèk Li menm te vini e te pale atravè kò imen nan yon anj terès ki rele William Marrion Branham, pou L ka pale epi revele TOUT Pawòl Li bay Lepouz byenneme Li.

Li anrejistre L, sere L, konsève L, pou Epouz Li ka gen Manje espirityèl Li, Laman kache Li nan pwent dwèt li chak minit de chak jou jiska lafen tan an.

Èt ki andedan nou ranpli ak yon tèl onksyon lè nou tande Vwa Bondye a k ap revele nou Pawòl Li. Jan Li devwale nou Pawòl Li pou nou ka wè epi konprann klèman siyifikasyon Li. Li revele nou egzakteman lè ke n ap viv la, Li di nou kiyès nou ye e sa ki pral rive trè byento; Anlèvman nou ki toupre.

Li menm revele Lepouz Li sa ki pral pase isit la sou tè sa a pandan n ap avè Li nan Soupe Nòs la. Jan Li pral louvri je avèg pèp Li chwazi a; sa yo ke Li te avegle pou Epouz nasyon Li.

Zanmi m yo, mwen konnen ke nou bouke anpil avèk mond sa a e ke n ap tann avèk enpasyans ke L vini pou mennen nou, men annou rejwi tou e annou rekonesan de sa k ap pase kounye a devan pwòp je nou.    

Annou leve men nou, kè nou, vwa nou e annou rejwi. Non sèlman n ap tann avèk enpasyans sa Li pral akonpli pou nou trè byento, men annou rejwi de sa L ap revele nou e sa L ap fè pou nou KOUNYE A.

Li di nou ke nou se Lepouz Li ki predestine ki ini ansanm avè L e Pawol Li. L ap asire nou ankò e ankò ke nou nan volonte pafè Li lè nou rete avèk Vwa Li, Pawòl Li, anj Li. Li ban nou LAFWA pou konnen epi pou rekonèt kiyès nou ye:

PAWÒL LI K AP VIV NAN CHÈ.

Nou pa gen anyen pou nou pè; anyen pou nou krenn; anyen pou nou tris. Kijan m fè konnen? BONDYE DI L! ALÒ ANNOU REJWI, ANNOU KONTAN, ANNOU REKONESAN; PAWÒL VIVAN AN AP VIV E LI ABITE NAN NOU. NOU SE SUPÈB SEMANS WAYAL LI. 

Mwen kwè sensèman ke Seyè a dwe ap rejwi tou pou konnen ke moman an rive e ke nou prepare tèt nou lè nou rete sensè e fidèl a Pawòl Li.

Tankou ti gason an ki te gade tèt li nan glas la pou premye fwa, n ap gade nan Pawòl Li, nou wè kiyès nou YE. Seyè…SE MWEN. Mwen se Lepouz Pawòl vivan W. Se mwen menm OU te chwazi. Mwen nan Ou, Ou nan mwen, nou fè Youn.

Kijan nou ka pa selebre e pou nou pèp la ki pi kontan ki te janm viv sou sifas tè a? Tout sen yo ak pwofèt yo ki te vin anvan nou te vle viv jou sa a epi wè pwomès sa yo k ap akonpli. Men pa GRAS Bondye, Li mete NOU isit la.

Nou pa ka tann:

Brrrr! O pa la! Whew! Otremandi, lè ènmi an pral fèmen, lafen peche a pral rive, jistis etènèl la vini, Satan pral sele nan abim lan e konesans Seyè a pral kouvri tè a menm jan dlo kouvri lanmè. Amèn! Glwa pou Bondye! Sa ap vini, frè m, sa ap vini!

Ala yon onksyon ki pral pran plas Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral rasanble ansanm nan lemonn antye pou tande anj Bondye a, Vwa Bondye pou Lepouz la, k ap pote nou Mesaj la: Sis Objektif Vizit Gabriyèl la a Danyèl 61-0730E.

Frè Jozèf Branham

25-0202 Enstriksyon Gabryèl a Danyèl

Byenneme Sa Yo Ki Gen Yon Objektif,

Ala yon bèl sezon Ivè n ap pase alò ke n ap etidye Sèt Aj Legliz yo, epi apresa pou wè Bondye ap revele nou pi plis bagay toujou nan Liv Apokalips Jezikri a. Ki jan twa premye chapit Apokalips yo reprezante Aj Legliz yo, epi apresa ki jan Jan te anlve nan 4yèm ak 5yèm chapit yo pou montre nou bagay k ap vini.

Nan chapit 6 la, Li revele ki jan Jan te redesann sou tè a ankò pou wè bagay k ap fèt depi chapit 6 la jiska chapit 19 Apokalips la.

Jan Lepouz la pral beni Dimanch alò ke nou pral tande Vwa Bondye k ap pale atravè pwisan setyèm anj Li epi di nou ki sa ki pral revele answit.

M tèlman kontan anonse ke kounye a nou pral kòmanse gwo etid Swasanndis Semèn Danyèl Yo. Pwofèt la di ke sa pral fè lyen an avèk rès Mesaj la anvan nou abòde Sèt So yo; Sèt Twonpèt yo; Twa Malè yo; fanm lan nan solèy la; ekspilsyon dyab wouj la; sankarannkatmil sele yo; tout bagay sa yo ap pase pandan peryòd sa a.

Liv Danyèl la se kalandriye egzak pou epòk ak moman n ap viv la, e menm si l sanble konplike, Bondye dekonpoze l e Li rann li senp pou nou.

Bondye konnen ke se sa m ap chache kounye a, ke m ka rekonfòte pèp Li epi di yo kisa ki prèt pou rive, di l alafwa a sa yo ki isit maten an, e nan peyi yo kote bann sa yo prale, nan lemonn antye, ke nou nan fen tan an.

Nou se pèp ke Bondye chwazi, k ap tann avèk enpasyans epi ap priye pou jou sa a e lè sa a. Je nou vire vè Syèl la e n ap veye lè L ap Vini a.

Annou tout tankou Danyèl e ann vire figi nou nan direksyon Syèl la, nan priyè e siplikasyon, paske nou konnen atravè lekti Pawòl la e nan tande Vwa Li, ke lè Seyè a pral vini ap pwoche byen vit; nou a lafen.

Ede nou Papa pou nou debarase nou de tout chay, de tout peche, de tout ti enkredilite ki ta ka atake nou si fasilman. Annou kouri kounye a vè objektif vokasyon selès la, paske nou konnen ke tan nou limite.  

Mesaj la pwoklame. Tout bagay pare kounye a; n ap tann e n ap repoze. Legliz la sele e li apa. Mechan yo ap fè plis mechanste. Leglis yo ap vin de plis an plis relijye, men sen W yo ap rapwoche yo de Ou.

Nou gen yon Vwa k ap rele byen fò nan dezè a, k ap rele pèp la pou retounen a Mesaj orijinal la; retounen nan bagay Bondye yo. Nou konprann pa Revelasyon ke bagay sa yo ap pase.
Vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke Bondye ap revele nou Pawòl Li e ke n ap kòmanse gwo etid nou sou Liv Danyèl la.

Frè Jozèf Branham

61-0730M – Enstriksyon Gabryèl a Danyèl