Category Archives: Uncategorized

26-0322 Maryaj Ak Divòs

Mesagj: 65-0221M Maryaj Ak Divòs

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Lepouz Ki Chwazi, Eli, E Predestine:

M sonje, lè m te jèn gason, m t ap eseye chwazi yon bann pou m koute. Alò ke m t ap li tit yo, m te toujou panse, “M p ap koute ‘Maryaj ak Divòs’ paske sa pa konsène m; li sèlman konsène moun marye yo.”

Epi yon jou, pandan m t ap koute “Maryaj ak Divòs,” Papa nou te bann m Revelasyon Mesaj sa a. Onksyon Li te antre nan kè m. Li pale avè m. Mesaj sa a SE pou mwen. Li di m ke Li te chwazi m anvan fondasyon mond lan. Sa a se seremoni maryaj mwen an. Mwen pa vle pèsonn lòt ke Li menm. Mwen sensè e fidèl avèk Li menm, epi avèk Pawòl Li e Vwa Li, SÈLMAN. Nou fè YOUN.

Anfèt, Mesaj sa a te adrese a anpil frè ak sè ki te marye epi ki te divòse kounye a, epi Li t ap di yo sa yo ta dwe fè; men te gen yon siyifikasyon ki te pi KONPLÈ EPI PI GWO, pi gran, pi pwisan.

Te gen yon sèl Mari, epi Li t ap rele epi Li t ap adrese L ak anpil nan Lepouz Li ke L te chwazi. VWA BONDYE A T AP RELE LEPOUZ PAWÒL LI KI VYÈJ, KI PI, KI SAN MELANJ. Youn ke yo pa t manyen e ke lèzòm pa t souye. Youn ki vre epi fidèl a Li menm e a Pawòl Li sèlman. Youn ki te konplètman satisfè avèk Li menm e Vwa Li.

Pa Gras Li avèk Mizèrikòd Li, nou kapab afime kounye a, san okenn dout, ke NOU SE LEPOUZ PAWÒL LI KI VYÈJ. GLWA!!

Li te vle asire ke pa t ap gen okenn anbigwite konsènan apèl Lepouz Li a; se poutèt sa, Li vini Li menm epi Li te viv sou fòm imen pou revele Pawòl Li epi rele Lepouz Li a vin jwenn Li. Li te Elyezè la ki t ap chwazi pwòp Lepouz Li.

Pou asire L ke pa gen okenn konfizyon sou ki moun ki t ap fè lakou avè nou, Li konfime Li menm sèvitè Li te chwazi a lè l te pale avè l nan yon toubiyon ki te pandye nan yon pyebwa. Apre sa, Li te pale avè l yon fason vizib, bò Rivyè Ohio a, devan plizyè milye moun.

Li te menm kite yo pran foto L avè l pou l montre epi di mond lan: “MWEN TE DI NOU MWEN T AP RETOUNEN EPI VIV NAN LACHÈ. SE LI MENM MWEN CHWAZI POU M VIV LADAN L, POU L RELE NOU POU NOU VIN MADANM MWEN. SE PA LI MENM; SE MWEN MENM K AP PALE ATRAVÈ LI. MWEN SÈLMAN ITILIZE VWA LI POU L KA VWA PA M POU NOU. SE MWEN MENM KI TE RELE NOU EPI K AP MENNEN NOU NAN PÈFEKSYON POU NOU KA VIN MADANM MWEN KI PAFÈ.”

Revelasyon Mesaj Sa a, Pawòl Li, Vwa Li, epi kounye a Kiyès NOU YE A, pa ka eksprime avèk pawòl moun. M konnen nou konprann egzakteman sa m vle di. Lafwa pou Anlèvman an ap fèt. Lepouz la ap prepare Tèt Li lè L chita nan prezans Bondye Li menm, pou L vin pafè.

Ala yon opòtinite pou mond lan tande Vwa Bondye k ap pale avèk yo, pou yo chita epi koute, Pawòl apre Pawòl, alò ke L ap pwononse epi revele Pawòl Li, epi L ap di nou kiyès nou ye. Pa gen anyen tankou chita nan prezans Li, kidonk vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap koute L ap preche bay Lepouz Li, Mesaj la: “Maryaj ak Divòs” 65-0221M.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:

Matye 5:31-32 / 16:18 /19:1-8 / 28:19

Akt 2:38

Women 9:14-23

1 Timote 2:9-15

1 Korint 7:10-15 / 14:34

Ebre 11:4

Apokalips 10.7

Jenèz chapit 3

Levitik 21:7

Job 14:1-2

26-0315 Kote Bondye Chwazi Pou Adore

Mesagj: 65-0220 Kote Bondye Chwazi Pou Adore

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Madan Jezikri,

Jou a rive. Lè a rive. Bondye voye pwisan èg Li a sou tè a pou rele Madan Jezikri pou L soti, pou pale avè L epi di Li: “Se OU menm mwen chwazi a. Se OU menm mwen renmen an. Ou se Lepouz Pawòl vyèj pafè Mwen an. Nou fè YOUN.”

Jis tande pawòl sa yo fè kè nou sote de jwa. Lè nou panse a sa, nan tout mond lan, ak plizyè milyon moun ki rete ladan l, gen YON sèl Madan Jezikri, epi se OU menm sa, Moun L ap vini pou li a.

Gen YON sèl kote pou adore ki chwazi. Gen YON sèl Mesaj pafè ki chwazi. Gen YON sèl Lepouz pafè ki chwazi…E SE NOU MENM SA!!

Papa nou gen YON sèl kote L chwazi pou adore, Seyè Jezikri; Li se Pawòl la. Jodi a, gen YON sèl kote lanmò espirityèl pa ka frape: Pawòl la. Lanmò pa ka frape Pawòl la, paske L se Pawòl Vivan Bondye a.

Se Madan Jezikri sèl ki te resevwa tout Revelasyon Pawòl Vivan sa a. Gen YON sèl kote Madan Jezikri ka ale pou l tande PAWÒL PAFÈ a PWONONSE. Gen YON sèl pwofèt ki chwazi pou reprezante Vwa Bondye. Gen YON sèl kote Madan Jezi ka ale pou l tande, MEN SA SEYÈ A DI: PEZE JWE.

Va gen Limyè nan zòn tan aswè an, sèl plas Bondye chwazi pou adore. O, pou kisa Mesaj sa vini, kisa L pral fè? E nan jou li va gen Limyè nan tan aswè a, epi (kisa?) pou akeyi pitit Li yo tounen lakay nan vrè Tè pwomiz la, pa menm siy Kolòn Dife an ki te kondwi pitit Izrayèl yo nan dezè a.

Ala vijilan Lepouz la dwe vijilan pou L swiv epi koute Vwa Mari Li k ap pale avè L. Gen YON sèl kote nou ka ale pou nou ka 100% sèten. Gen YON sèl Vwa kote nou mete destinasyon Etènèl nou an.

Madan Jezikri kwè ke Pawòl ke L tande sou bann yo se Pawòl Mari Li. Li kwè ke Pawòl Li pa bezwen okenn entèpretasyon. Kidonk, Li kwè ke gen YON sèl kote Li ka ale pou L di AMÈN a chak Pawòl, Vwa Mari Li sou bann yo.

Yon fwa ankò, Madan Jezikri, atravè mond lan, ka di: “Jou sa a, Pawòl pwononse sa a akonpli”.

Byenneme Bondye, anba nèt atravè dezè yo la a nan Tucson, ale nèt nan Kalifòni, monte nan Nevada ak Idaho, ale nèt nan Lès ak nan viwonn an, desann nan Texas; pandan envitasyon sa a bay, moun chita nan―nan ti legliz, nan estasyon sèvis, lakay, ap koute.

Nou envite pou vin koute avèk Branham Tabènak la a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande Bondye k ap preche bay Lepouz Li chwazi a, Mesaj la: “Plas Bondye Chwazi Pou Adore” 65-0220.

Frè Jozèf Branham

Ekriti
Deteronom 16:1-3

26-0308 Jounen Jodi A Ekriti Sa A Akonpli

Mesagj: 65-0219 Jodi A Lekriti Sa Akonpli

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Sipè Semans Wayal,

Tan nou t ap tann avèk enpasyans lan rive. Nou rive. Nou wè l ap dewoule devan je nou. Chak jou, pwofesi a akonpli, epi nou ka di: JODI A EKRITI SA A AKONPLI DEVAN JE NOU.

Ala yon estimilasyon pa Revelasyon k ap fèt avèk Epouz la. Chak Mesaj nou tande, nou santi nan kè nou e nanm nou: “Kòman sa ka vin pi gran e pi bèl, Seyè?” Apre sa, Li vini nan mitan ankò epi Li wenn nou alò ke n ap tande Vwa Li k ap rele nou epi k ap di: “Ou se Cheri mwen. Mwen chwazi w pou w vin Lepouz Mwen. Jan m te pwomèt Ou, M ap vin chèche W. Mwen sou wout. Byento N ap ansanm pou Letènite.”

Nou rele byen fò toupatou nan mond lan, n ap anvayi Syèl la avèk alelouya, glwa, louwanj ak adorasyon pou Li. Satan pèdi batay la. Papa nou retire tout dout nou yo, tout ensètitid nou yo, tout espekilasyon nou yo. Nou ka pwoklame ak tout kè nou e tout nanm nou, NOU SE Sipè Semans Wayal Abraham lan. Yon Lepouz Wayal pou Pitit Gason Wayal ki te pwomèt la.

Prezans Seyè a te tèlman bèl alò ke L ap revele Pawòl Li a ban nou kòm jamè. Li ini Lepouz Li a ansanm avèk Pawòl Li, epi Li mete nou nan yon sèl Lespri ak yon sèl akò, fè yon sèl, k ap koute Vwa Bondye k ap pale epi pèfeksyone nou atravè Pawòl Li.

Chak Mesaj nou tande a tankou yon pi atèzyen k ap jayi nan nanm nou; k ap jayi, k ap monte, epi k ap bouyi fre soti nan Twòn Bondye a. N ap bwè epi n ap bwè epi n ap bwè, n ap rafrechi nanm nou.

Frè m ak Sè m yo, nou se akonplisman Lekriti yo ki di L ap gen yon Lepouz Pawòl vyèj. Nou se: Jodi a Lekriti sa a akonpli.

Bondye Li menm te pale depi nan Syèl la avèk setyèm zanj Li epi Li te di: “Menm jan Jan Batis te voye pou anonse premye Vini Kris la, se konsa Mesaj ou a ap anonse dezyèm Vini Li, atravè mond lan.” Lepouz la ka di: Jodi a Lekriti sa a akonpli.

Èske nou ka konprann ke Vwa Bondye a menm te pwononse nan epòk nou an atravè bouch moun, anrejistre, sere, epi prezève pou Li te ka pwononse a nou chak, Men Sa Seyè A Di? Li rann sa posib pou nou pa bezwen pran pawòl pèsonn, panse pèsonn, lide pèsonn, jis chita epi koute Vwa Li pale Pawòl Pi Li a dirèkteman ban nou.

KISA K AP PASE JODI A?

E menm P-i-t-i-t Bondye a ki te vini nan lès e ki te konfime Tèt Li jan Bondye te manifeste nan lachè, se menm P-i-t-i-t Bondye a nan emisfè lwès la isi a, k ap idantifye Tèt Li nan mitan legliz la aswè a, menm lan ayè, jodi a, ak pou tout tan. Limyè aswè Pitit la vini. Jodi a Lekriti sa akonpli devan nou.

ÈSKE NOU NAN VOLONTE PAFÈ BONDYE A LÈ NOU DI EPI NOU KWÈ: “JWE BANN YO SE CHEMEN BONDYE BAY LEPOUZ LI A”?

ÈSKE GEN YON BAGAY KI PI ENPÒTAN PASE KOUTE BANN YO?

Toujou pa twa, jan m te di yè swa, Bondye reprezante. Te gen Sodomit yo, Lotit yo, ak Abrahamit yo. Li nan menm pozisyon an aswè a, monn lan tabli jis konsa.
Remake, Sila ki te rete avèk Abraham lan se te Bondye Limenm. De lòt yo se te Zanj mesaje.

DONK, KI MOUN K AP PALE AVÈK NOU SOU BANN YO?

Kite m mande nou yon bagay. Gade sikonstans sa kounye a. Abraham te rele Nonm sa a ki te pale avè l la: “Elohim.” Mo Ebre Elohim lan vle di “Sila ki Sifi a Tout, Sila ki Etènèl la,” Elohim, Bondye Limenm!

KI ENPÒTANS SA GENYEN POU PEZE JWE?

…“yon jou Sentespri a va vini pou fè menm bagay la, epi pou pale yon mo kont Li p ap janm padonnen.” Se jou sa a, kote chak Pawòl dwe reyini ansanm. “Pale yon mo kont Li; li p ap janm padonnen nan mond sa a oswa nan mond k ap vini an.”

Alelouya ak louwanj pou Seyè a semèn pase a te jis yon preparasyon pou prepare nou pou sa ki pral rive Dimanch sa a, alò ke Lepouz la ap ini ankò epi koute BONDYE k ap ankouraje nou epi rasire nou ke nou se moun Li chwazi yo, epi Li pral vini byento pou mennen nou nan gwo Soupe Maryaj nou an, epi apre sa nan Lakay Lavni nou.

Men jou SEYÈ a fè a; n ap rejwi e n ap kontan ladan l.

Frè Jozèf Branham

Mesaj 65-0219 – “Jodi A Lekriti Sa A Akonpli”

Ekriti
Jan chapit 16
Ezayi 61:1-2
Lik 4:16

26-0301 Semans Lan Pap Eritye Ak Pay La

Mesagj: 65-0218 Semans Lan Pap Eritye Ak Pay La

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Epouz Vyèj Pawòl la,

M chita isit la maten an, m santi yon gwo onksyon pandan m ap koute, li, epi etidye Mesaj sa a ke Lepouz la pral tande Dimanch. Tout èt mwen wen. Kè m debòde ak jwa lè m panse ke NOU TOUT PRAL RASANBLE ANSANM ATRAVÈ LEMONN ANTYE AVÈK MENM ONKSYON SA A. Nou pral rejwi epi pral louwe Seyè a, tout an menm tan, alò ke Li pral pale avè nou tout epi pral revele Pawòl Li.

Onksyon an pral tèlman gran ke pral gen rèl ak aklamasyon “alelouya, amèn, lwanj pou Non Seyè a” toupatou nan mond lan an menm tan, alò ke nou pral ranpli Syèl la ak louwanj e adorasyon nou.

Kisa ki pral rive? Bondye pral ini epi pale avèk Lepouz Li. N ap fè Youn, nan yon sèl lespri e nan yon sèl akò, alò ke Li pral revele epi manifeste tèt Li ba nou.

Pa gen pi gwo kote ou ka ale, pa gen pi gwo Vwa ou ka tande; pa gen pi gwo onksyon pase Vwa Bondye k ap pale dirèkteman avè w, sou bann yo.

Bondye veye sou Pawòl Li depi nan kòmansman, epi Li bay yon kote tout pitit Li yo ka ale pou tande L k ap pale epi entèprete pwòp Pawòl Li. Yon plas kote nou pa bezwen devine, nou pa bezwen espere, poze tèt nou kesyon: Se plas sa a Bondye bay pou tande “MEN SA SEYÈ A DI.”

Lè sa a revele ba ou, se kòmsi yon gwo limyè te limen nan kè w ak nanm ou… ou rele: “Se sa. Mwen wè l. Mwen fè YOUN AK PAWÒL LA. MWEN SE PAWÒL LA. MWEN SE LEPOUZ LA. MWEN RIVE.”

Sa ap pase, e yo pa konn sa. Ou wè, se sa l ye. Ou wè? Wi mesye. “Paske kote Kadav la ye, se la èg yo pral rasanble,” osi sèten ke de plis de egal kat. Ou wè? Se sa L te di. Kisa ki Kadav la? Pawòl la. Li se Pawòl la, Kadav la, Kris la ! “Kris nan ou,” menm lan ayè, jodi a e pou tout tan. Jan sa vre !

Alò ke n ap rasanble pou n koute Pawòl la, tout enkyetid nou yo, tout strès nou yo, tout pwoblèm nou yo disparèt. Nou rejwi lè nou reyalize ke pa gen anyen pou nou enkyete nou: nou se Lepouz Li. Li pa sèlman avè nou, LI NAN NOU. NOU SE LEPOUZ PAWÒL SEMANS LAN. Tout bagay parfè. Moman li chwazi a parfè. Nou parfè.

Nou kontan anpil e rekonesan pou nou di ke nou se Pawòl Li ki manifeste, ki fèt nan yon vyèj: Jezikri, menm lan ayè, jodi a, e pou tout tan, k ap viv epi k ap abite nan nou. Alelouya!

Nou pa ka fè konpwomi sou YON SÈL PAWÒL. Nou dwe koute Vwa Bondye sou bann yo.

Èske w janm wè yon èg fè konpwomi? Non, mesye. Pa gen okenn konpwomi nan li. Ni yon vrè kretyen. Li pa fèb. Li pral lachas jiskaske l jwenn Bagay sa a. Amèn. Wi mesye. L ap jwenn Vyann li. Li vle Lamann ki fre a. L ap desann la a epi fouye jiskaske l jwenn Li. Li pral vole pi wo e pi wo. Si pa gen anyen nan plenn sa a, li pral elve yon ti kras pi wo. Plis ou ale pi wo, plis ou ka wè. Kidonk, li lè pou èg jounen jodi a rive vole pi wo, fouye nan pwomès Bondye yo, pa viv ak manje votou ki te touye dèzane de sa; soti kò w nan sa.

Prepare w, Epouz, nou pral patisipe nan Lamann fre sa a, nou pral chita anba pi gwo onksyon ki genyen an, Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap koute: 65-0218 Semans Lan Pap Eritye Ak Pay La.

Nou envite Lepouz la toupatou nan mond lan pou yo vin fè fèt avèk nou sou Chemen parfè Bondye te bay pou jodi a. Sèl kote LEPOUZ la ka di amèn a chak Pawòl. Kote onksyon siprèm Sentespri a pale epi mennen Lepouz Li a pèfeksyon lè l Peze Jwe epi ap koute epi ap resevwa Pawòl Li.

Frè Jozèf Branham

Ekriti
Matye 24:24
Lik 17:30
Jan 5:24 / 14:12
Women 8:1
Galat 4:27-31
Ebre 13:8
1 Jan 5:7
Apokalips 10
Malachi 4

26-0222 Yon Nonm K Ap Sove Kite Prezans Seyè A

Mesagj: 65-0217 Yon Nonm K Ap Sove Kite Prezans Seyè A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Ti Mouton,

Ala yon onè ak yon privilèj pou nou di: “Nou se Ti Mouton Bondye yo, li te voye setyèm mesaje zanj Li pou rele yo epi pou nouri yo avèk Lamann Li te sere a.”

Nou satisfè e nou kwè ke Mesaj sa a se Vwa Bondye voye pou pèfeksyone Lepouz Li. Nou kwè ke pay la ap separe ak ble a, e kounye a, Lepouz Li ap repoze nan Prezans Fis la, ap PEZE JWE pou l miri.

E se pou sa nou isit la, zanmi, rete nan prezans Fis la jiskaske ti gwoup moun isit la, jiskaske li vin tèlman mi pou Kris la, li vin tounen pen sou tab Li a. Se sa mwen vle l fè.

Nenpòt moun ki pa kwè ke PEZE JWE epi tande Vwa Bondye a ki konfime a pale se Vwa ki pi enpòtan ou dwe tande a, se yon moun k ap kouri lwen prezans Seyè a.

Ou dwe fè fas ak li, oswa fè yon bagay avèk li. Ou gen yon responsablite, tout moun genyen l, epi ou dwe fè fas ak bagay sa yo.

Jan sitasyon sa a vre e enpòtan pou jodi a. Gen anpil divizyon pami moun Bondye rele yo. Èske li pi esansyèl pou jwe bann yo nan legliz pou tande Vwa Bondye, oubyen èske li pi esansyèl kounye a pou ministè a preche Pawòl la?

Bondye rele epi Li plase ministè a isit la pou kenbe Pawòl la devan pèp la. Yo se Bèje. Pawòl la anseye sa. Yo dwe respekte epi onore kòm moun Bondye rele epi plase.

Nou pa ka, e nou pa ta dwe janm di, ke yo pa fè pati de Lepouz la. Sa a se FO epi li ale kont sa pwofèt la te anseye nou. Mwen tande moun di, “Si yo pa jwe bann yo nan legliz yo, yo kont Pawòl la.” Ou pa ta dwe janm di yon bagay konsa. Sa montre m ke ou gen yon move lespri.

Mwen tande lòt moun di, “Yo tout oblije swiv an dirèk avèk BT sinon yo pa nan volonte Bondye”. Ou pa ta dwe janm di yon bagay konsa. Se sèl Bondye ki konnen kiyès ki Lepouz la e kiyès ki pa Lepouz la. Se pa nan lespri Lepouz la pou l di yon bagay konsa.

Menm kèk nan moun k ap swiv an dirèk BT ap di, “si w al legliz pou w tande bann yo epi ou pa swiv an dirèk lakay ou, ou gen tò!” Sa pa bon frè ak sè. Si w di sa, SISPANN, ou gen tò. Tout moun dwe fè jan YO SANTI SEYÈ A GIDE YO POU YO FÈ.

Anpil pastè santi ke preche se chemen Bondye bay pou jodi a. Nou jis wè bagay yo yon lòt jan, pa gen pwoblèm. Konbyen fwa Frè Branham te fè menm konparezon sa a? Nou fèk tande l nan kesyon ak repons, lè moun t ap di ke Frè Jackson te gen tò, li te kondane yo paske yo te di nenpòt bagay kont li menm ak legliz li a.

M ap jis preche atravè lèt sa a sa m kwè ki se chemen Bondye bay pou Branham Tabènak lan. Yo se frè ak sè nou yo. Yo renmen Seyè a ak Mesaj sa a. Se konsa yo santi Seyè a ap gide yo. Lwanj pou Seyè a.

Yo wè l yon jan epi nou wè l yon lòt jan, pa gen pwoblèm. Mwen pa ka wè l jan yo wè l epi yo pa ka wè l jan m wè l. Pou mwen menm, gen anpil chemen Bondye bay, men gen YON SÈL CHEMEN PARFÈ, E POU MWEN MENM, SE PEZE JWE.

M ap priye pou yo pa mal konprann mwen la a. Poze men sou moun epi priye pou moun yo se 100% an akò ak Pawòl la. Onksyon ak lwil epi priye pou malad yo se Pawòl Bondye a dapre Lekriti a. Frè Branham te preche epi li te anseye nou ke de bagay sa yo se Pawòl la. Men, mwen vle CHEMEN PARFÈ BONDYE TE BAY LA… JIS KWÈ PASKE BONDYE DI SA. Se efò sa a m ap fè.

Men kounye a kanta pou gerizon, se jis mizèrikòd Bondye ke Li menm, “Se pa blesi Li yo nou te geri.” Bon, premyèman Pawòl la di sa, sa ta dwe ase, men si w pa kwè nan Pawòl la, alò gen don nan Legliz la, tankou dèzòm enspire ki konnen kijan pou anseye sa, k ap fè l tèlman klè pou ou, se, epi lafwa pou kwè.

Mwen kwè nan ministè kentup. Mwen kwè nan Bondye ki rele dèzòm pou preche epi anseye Pawòl la. Men, mwen kwè tande Vwa Bondye sou bann yo se CHEMEN PARFÈ Bondye POU MWEN MENM.

Lè m ap tande bann yo, mwen pa menm bezwen konprann, M JIS KWÈ CHAK PAWÒL M TANDE. Pa gen okenn moun, okenn pastè, okenn lòt kote mwen ka ale kote m ka kwè CHAK PAWÒL epi mete destinasyon etènèl mwen an, eksepte sou bann yo.

Depi nan kòmansman tan, Bondye pa janm bay pèp Li a opòtinite e kapasite pou yo tande yo menm Vwa Li k ap pale de bouch a zòrèy. Chak mistè revele nan bann yo. Chak kesyon jwenn repons sou bann yo. Tout sa Lepouz la bezwen pou l vin parfè sou bann yo.

Chak Pawòl ki pwononse sou bann yo se Pawòl Bondye. Mwen ka pa konprann oswa pa kapab eksplike tout bagay, men mwen pa oblije. Li jis mande m pou m di AMÈN A CHAK PAWÒL, e BANN yo se SÈL kote mwen ka fè sa.

Men, lè-lè ou dwe fè yon bagay diferan, lè ou dwe kenbe konviksyon w sou sa ou konnen ki Laverite, se sa ki pati difisil la, se la ke friksyon an vini, dirèk laba a.

Mwen kwè ak tout sa ki nan mwen, nou nan Volonte parfè Bondye a epi nou sou bato a pou Niniv. Mwen ta renmen pou lemonn antye vin navige sou bato nou an avèk nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande Bondye pale ak Ti Mouton L yo.

Frè Jozèf Branham

Mesaj: 65-0217 Yon Nonm K Ap Sove Kite Prezans Seyè A

Ekriti pou li:
Jonas 1:1-3
Malachi 4
Jan 14.12
Lik 17.30

26-0215 Kesyon Ak Repons Nimewo #4

Mesagj: 64-0830E Kesyon Ak Repons Nimewo 4

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Fanmi Wayal,

Gen YON sèl kote konfime kote ou ka ale pou tande Seyè a pale atravè zanj Li a epi di ou: “Toujou sonje, nou se pitit Bondye, yon Fanmi Wayal ki gen San Wayal. Pa gen pi bon San nan mond lan pase pa w la. Nou se pitit mwen yo, gaye toupatou sou latè, ke mwen te anjandre pou Kris.”

Nou se Fanmi Wayal Bondye a avèk San Wayal k ap koule nan venn nou. Timoun ki te fèt pou Kris pa Vwa Bondye k ap pale atravè pwofèt puisan Li. Pa gen pi bon pase sa zanmi m yo.

Frè Branham, èske Lepouz la ap bezwen demenaje Jeffersonville oubyen Arizona pou l ka nan Anlèvman an ?

“Pral gen de nan yon kabann; M ap pran youn epi kite youn; epi de nan yon jaden, epi M ap pran youn epi kite youn.” Ou wè? Kifè yo pwobableman…Atravè mond lan, yo p ap rasanble nan yon sèl kote pou yo gen bagay an komen. Men ti gwoup pami yo pral gaye sou tout tè a.

Kidonk fizikman, nou tout p ap yon sèl kote an menm tan. Men glwa pou Bondye, Li te gen yon plan ki pi gran toujou pou l reyini Lepouz Li.

Nou priye pou tout legliz yo ak kongregasyon ki rasanble bò kote ti-ti-ti mikwofòn yo toupatou, nan tout peyi a, jiska Kòt Lwès la, la a nan mòn Arizona, desann nan plèn Texas, jiske la ba a sou Kòt Lès la, nan tout peyi a, Seyè, la a kote yo rasanble. Anpil lè separe nou nan tan, men, Seyè, nou fòme yon sèl blòk ansanm aswè a, kwayan, k ap tann Vini Mesi a.

Jodi a, non sèlman L ap rasanble Lepouz Li toupatou nan peyi sa a, men L ap rasanble NOU menm tou sou 7 kontinan nan mond lan. Depi an Afrik rive Antatik. Amerik di Nò ak Amerik di Sid, Azi, Ostrali ak Ewòp. L ap rasanble epi ini Lepouz Li kòm YON SÈL BLÒK pou tande Vwa Bondye a.

Li te di nou pou n al legliz; menm kote yo anseye mwatye Pawòl la, JISKASKE nou ka jwenn yon legliz kote yo anseye TOUT PAWÒL LA. Lwanj pou Bondye, Lepouz la jwenn plas sa a kounye a, Vwa Bondye sou Bann yo se TOUT PAWÒL la.

Kit ou nan legliz Bann Lakay ou, legliz ou kote anpil fanmi reyini, oswa nan yon ti kay nan forè Amazon oswa ann Afrik, kèlkeswa kote ou ka peze Jwe pou tande Vwa Bondye a k ap pale avè ww de bouch a zòrèy, w ap nan yon LEGLIZ KI GEN TOUT PAWÒL LA.

Nou jwenn legliz ki gen tout Pawòl sa a epi nou envite w vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande: Kesyon ak Repons #4 64-0830E.

Frè Jozèf Branham

26-0208 Kesyon Ak Repons Nimewo #3

Mesagj: 64-1013 Kesyon Ak Repons Nimewo #3

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Anjandre Kris,

Kijan yon moun ta ka eksprime avek pawòl mòtèl senp, lanmou avèk lajwa ki nan kè nou lè nou konnen vrè Revelasyon Pawòl Li pou epòk nou an? Lè nou panse, nou pa t gen anyen pou nou wè ak sa, men LI MENM, Gran MWEN SE, de pwòp chwa L, Li te predestine nou pou nou resevwa pi gwo bagay Li te ka ban nou: REVELASYON PAWÒL LI POU EPOK NOU AN.

Li te tann jiskaske plenitid tan an rive pou L soufle souf lavi a nan nou, pou nou te ka tande L pale avèk nou epi di nou:

Kounye a, mwen fè tout sa m kapab pou—pou—di nou epi dirije nou tankou yon papa ta mennen pitit li yo. Nou se pitit mwen; Mwen anjandre nou pou Kris la grasa Levanjil sa a m ap preche a. Ou wè? E mwen—mwen—mwen vle nou vin tounen timoun, oswa— oswa piti ki rive matur. Epi mwen vle prezante w bay Kris jou sa a, tankou Pòl te di: “Yon vyèj chast.” Pa gen okenn bagay nan Pawòl sa a ke w pa di “amèn” a li.

Bondye, k ap pale atravè zanj puisan Li, ap dirije epi ap gide nou, Lepouz Jezikri a. Nou se pitit Li yo ki pi, vyèj, ki rive nan matirite total. Epi pa gras Li, nou mete yon AMÈN sou chak Pawòl nou tande! Sa a se entèpretasyon pafè Pawòl la, avèk yon konfimasyon Diven!

  • Si Vwa nou tande sou bann yo se: entèpretasyon pafè Pawòl la, kisa Lepouz Jezikri a ta ka bezwen plis?… ANYEN!

Li chwazi NOU MENM, ti gwoup Li chwazi alamen, pou nou resevwa vrè Revelasyon Pawòl Li pou epòk nou an. Nou se moun Li chwazi pou nou sou tè a, nan kò fizik, pandan rèy Milenè a.

Zanmi m yo, ann rete sou sa yon ti moman.

Nou pral gen yon kò glorifye isit la sou tè a. Nou pral manje, bwè, bati kay, epi viv egzakteman jan nou fè kounye a, pandan mil ane. Sa ap lalin de myèl nou, kote Lepouz la (NOUMENM) epi Epou a (Seyè Jezikri) pral fè YOUN.

N ap veye epi n ap tann moman gloriye sa a chak minit, chak jou. Li tèlman pre, li sanble nou ka prèske touche l. Mwen kwè, ak tout kè m, ke se sa k ap rive nou jodi a:

O, inyon espirityèl Kris sa a avèk Legliz Li a, kounye a, alò ke chè a vin tounen Pawòl, epi Pawòl la vin tounen chè, manifeste, konfime. Egzakteman sa Bib la te predi pou jodi a se sa k ap pase, jou apre jou. O, epi l ap akimile tèlman vit, deyò nan dezè a, epi bagay tèlman ap pase, m pa menm ka swiv. Nou toupre moman Jezi ap Vini an, pou L ini avèk Legliz Li, alò ke Pawòl la vin tounen Pawòl la.

Avèk chak Mesaj ke nou koute, Li ban nou plis Revelasyon. Li akimile tèlman vit ke nou pa menm ka swiv. Nou wè Pawòl la k ap vin Pawòl la kòm jamè. Pa gen dout sou sa: atravè Revelasyon, nou KONNEN egzakteman kiyès nou ye.

L ap ini Lepouz Li, egzakteman jan L te di Li t ap fè a, epi nou fè pati de Li. Nou wè L k ap pase devan je nou. Gen lòt ki ka pa wè L oswa pa konprann Sa. Se pa pou yo, SE POU NOU MENM, PITIT LI YO KE L ANJANDRE.

Lepouz la te gen kesyon pou pwofèt la.

Èske sa sifi pou nou koute SÈLMAN Vwa Bondye a sou bann yo? Bondye reponn epi L di: WI!!

Èske pitit nou yo ka resevwa tou tout sa yo bezwen pou yo vin Lepouz Kris la tou senpleman lè yo koute bann yo? WI!!

Kidonk, tout sa Lepouz la bezwen sou bann yo.

Nou konnen tou ke Bondye bay anpil lòt mwayen pou pitit Li yo.

“Se pa blesi Li yo ke nou geri.” Bon, premyèman, Pawòl la di sa, sa ta dwe sifi, men si w pa kwè nan Pawòl la, alò gen don nan Legliz la, tankou nonm ki enspire pou konnen kijan pou anseye sa, ki pral montre l klè pou ou, se, epi lafwa pou kwè.

Nou tèlman rekonesan dèske Bondye bay dèzòm ki, motive pa enspirasyon, konnen kijan pou anseye gerizon epi fè Pawòl Li klè bay lòt moun, men Lepouz Li vle CHEMEN PARFÈ LI KI SIFIZAN. Se tout sa NOU BEZWEN.

Mwen ta renmen envite w vin jwenn nou nan Branham Tabènak la Dimanch sa a midi lè Jeffersonville, alò ke n ap koute: Kesyon ak Repons #3, 64-0830M.

Ala bèl bagay pou nou gen Revelasyon Pawòl Li epi pou nou konnen ke nou se Pawòl la ki fèt chè.

Frè Jozèf Branham

26-0201 Kesyon Ak Repons Nimewo #2

Mesagj: 64-0823E Kesyon Ak Repons Nimewo 2

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Ti Èg,

Kote Kadav la ye, se la Lepouz la pral reyini. Epi pou nou, gen yon sèl kote pafè kote nou ka jwenn Lamann vyann fre sa a: lè nou peze jwe epi nou koute Vwa Bondye sou bann yo.

N ap pale m de Lamann FRE; èske nou ka menm kòmanse reflechi sou sa nou genyen nan bout dwèt nou? Vwa Bondye a menm k ap pale avèk Lepouz byenneme Li sou bann yo, kote pa gen okenn devinèt, okenn sipriz, pa gen kesyonman ni dout sou sa n ap tande a, se Bondye, k ap itilize vwa yon moun pou pwononse Men Sa Seyè A Di bay Lepouz Li.

Atravè revelasyon, nou kwè ke Se SÈL kote nou ka ale pou nou repoze nanm nou, paske Pawòl n ap tande yo se pa pawòl yon moun, ni se pa entèpretasyon ou lide yon moun yo ajoute ladann, men se Pawòl pi Bondye a k ap pale avè nou, ti èg yo, epi k ap revele Pawòl Li.

Nou kominye otou Pawòl la. Nou li Pawòl Li nan Bib nou. Nou menm koute moun Bondye rele epi òdone, ranpli ak Sentespri Li, k ap site epi preche Pawòl Bondye a, men nan epòk nou an, Bondye bay yon kote kote nou ka tande PAWÒL ke Li PWONONSE PARFÈTMAN, lè nou peze jwe.

Papa nou menm te bay Lepouz Li opòtinite pou l poze kesyon ki te nan kè nou, pou nou te ka gen repons pafè a:

  • • Èske Satan ka itilize don an lang oswa pwofesi nan yon moun ki gen Sentespri a?
  • • Kisa Jezi te vle di nan Matye 12, vèsè 32?
  • • Tanpri eksplike 1 Korentyen 13:8-12.
  • • Èske fanm yo gen dwa travay nan zafè piblik lè yo gen yon mari avèk pitit ki byen?
  • • Èske li mal pou yon fanm boukle cheve l?

Bondye bay anpil mwayen pou beni epi fòtifye Lepouz Li, men gen yon sèl kote Li bay kote Lepouz Li ka gen 100% konfyans ke sa y ap tande a se PAWÒL PARFÈ LI. Yon Sous Dlo Vivan, kote Ti Èg yo ka bwè san okenn risk kontaminasyon. PEZE JWE.

M envite w vin bwè nan Sous sa a Dimanch sa a midi lè Jeffersonville, kote nou pral koute 64-0823E “Kesyon ak Repons Nimewo 2.”

Frè Jozèf Branham

26-0125 Kesyon Ak Repons Nimewo 1

Mesagj: 64-0823M Kesyon Ak Repons Nimewo 1

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Branham Tabènak,

Salitasyon a Lepouz Jezikri a atravè lemond ki kwè ke Branham Tabènak la, Vwa Bondye a, se legliz lokal yo kote yo nouri espirityèlman pa Lamann kache ki te sere e prezève pou Lepouz Kris la.

Sa se baz lokal mwen; se katye jeneral mwen; se isi an ki kote nou enstale. Kounye a, kenbe sa nan lespri kèlkeswa sa ki pase. Kounye a, si nou saj, n ap kapte on bagay. Kèlkeswa sa k pase an, sa se katye jeneral nou, isi an menm!

Anpil kwayan toujou mal konprann oswa ajoute pwòp lide ou entèpretasyon pa yo nan sa pwofèt la di la a, men li di Lepouz la klèman: “Si ou saj, w ap konprann yon bagay, sa se katye jeneral nou an, isi an menm!”

Kisa l te vle di pa la?

Lè Frè Branham te la a, anpil moun te mal konprann epi yo te panse Lepouz la te dwe al Arizona epi swiv li lòt bò a pou l ka fè pati de Anlèvman an. Frè Branham te di yo klèman: RETE ISI A, SA SE PLAS LA.

Yon gwo gwoup nan yo te ale nan direksyon sa a, epi yo te vle ale bò isit, epi fè sela, apre ke m te di yo pou yo rete la a. Rete la a, rete isi a menm; sa se plas la.

Moun soti toupatou Etazini pou al Arizona, men li te di yo klèman: Rete isi a menm, sa se plas la!

Rete Jeffersonville? Se sa l di!

Revelasyon pa m, se te Bondye, ki t ap pale atravè pwofèt Li, k ap di pèp la: “RETE AVÈK BANN YO.” Sa se PLAS LA!

Li te tèlman trakase, li te di li te dwe fè yon bagay avèk tout moun sa yo. Kisa l te dwe fè? Nan ki legliz li te dwe voye yo? Ki kote yo te dwe ale? Kisa Frè Branham te di l dwe fè?

Kidonk kounye a, m oblije mennen timoun sa yo tounen isi a pou yo ka gen yon bagay pou yo manje. Yo lòt bò a nan dezè a ap mouri grangou.

Li pa t di yo te oblije al nan yon legliz lokal pou jwenn kèk ti kal pen yo te ka manje. Li te di li te oblije mennen yo tounen ISIT LA pou yo te ka manje, sinon yo t ap MOURI GRANGOU.

REVELASYON PA M, ZANMI M YO.

Kounye a, pou yo pa mal konprann li ankò, oubyen pou yo pa di yon bagay li pa t di, lè yo di, “Frè Branham te vle tout kwayan yo demenaje al Jeffersonville pou yo vin Lepouz la.” Frè Branham te konnen ke tout moun sa yo, avèk TOUT kwayan atravè lemond, pa t ka demenaje pou viv Jeffersonville. Sa t ap enposib. Donk, kisa l te vle di? Li t ap INI Lepouz Kris la otou BANN yo ki te anrejistre epi ki te sere pou nouri Lepouz la.

Mesaj sa a, Vwa sa a, se Pawòl Bondye a pou jodi a, epi Li pral ini epi pèfeksyone Lepouz Jezikri a.

Kadav la se sa èg yo manje. Kounye a, yon pwofèt konsidere nan Bib la kòm yon èg. Yon pwofèt se yon èg. Bondye—Bondye rele tèt Li yon Èg, epi nou se “ti èg” alò, kwayan yo—yo. Ou wè? E kadav y ap manje a, kisa l ye? Se Pawòl la. Kèlkeswa kote Pawòl la ye, vrè nati zwazo a ap manifeste.

Kote Pawòl pi a, konfime, san malantandi, Pawòl Men Sa Seyè A Di pou jodi a? Gen yon sèl kote: Bann Yo.

M te ka kontinye san rete, sitasyon apre sitasyon, men Mesaj sa a epi sa Frè Branham te di mande yon Revelasyon de Bondye. Nou dwe li ant liy yo atravè revelasyon an, men di sa l te di. Paske Se PAWÒL PI a.

Kesyon e Repons pou jodi a epi sa MWEN KWÈ.

Jodi a, anpil pastè di moun ke lè nou gen yon Legliz Bann Lakay, n ap devye de Pawòl la e de sa Frè Branham te di pou nou fè. Yo santi ke nou dwe al nan sa yo rele e konsidere yon legliz.

Gen anpil, anpil sitasyon kote Frè Branham di sa klèman.

Kounye a, ale nan yon bon legliz Plen Evanjil epi jwenn on legliz lakay ou.

E m kwè sa ak tout kè m, paske l di sa. Men, m kwè se sa n ap fè lè NOU GEN YON LEGLIZ BANN LAKAY NOU. Kote nou ye a, se pa sa ki enpòtan pou Seyè a. Sa se jis yon batiman. Men, devwa nou anvè Seyè a se rete fidèl avèk Pawòl Li, PA YON KOTE OU YON BATIMAN. Se pa kote a ki sove epi ki pèfeksyone Lepouz la, SE PAWÒL LA.

Si m al nan yon batiman legliz, men yo bliye BAGAY ESANSYÈL la: koute Vwa Bondye a nan Peze Jwe, epi yo ranplase l nan koute pastè yo SÈLMAN k ap preche Mesaj la, èske sa ap konplètman satisfè nou epi nouri nanm nou? Li ka satisfè nanm nou, frè ak sè m yo, men li p ap satisfè Lepouz la.

Kite m entèvni la a pou m di ke gen plizyè milye moun ki pa gen batiman legliz pou yo ale. Èske yo pèdi? Si yo pa gen yon pastè ou yon legliz, èske sa vle di yo pa ka Lepouz la? Si w ap viv a yon distans 160 km de yon batiman legliz, èske w oblije ale nan legliz sa a? Men, si m viv pi lwen, m pa oblije ale? M oblije swiv yon predikatè an liy, men m pa ka swiv bann yo an liy? Èske batiman fizik la, dapre pwofèt la, se bagay ki pi enpòtan pou nou ale?

Ki kote pwofèt la te vle mennen Lepouz la?

Si w pa ka vin isit nan tabènak la, jwenn on legliz on kote; ale ladann.

Yon lòt fwa ankò, ki kote l vle voye moun yo an premye? Nan Branham Tabènak la, Pawòl la, bann yo. Se sa Bondye te planifye pou Lepouz Li nan fen tan sa a, e se sa nou fè chak jou E chak Dimanch.

Pou evite tout malantandi, M PA DI ou dwe swiv bann yo an liy avèk Branham Tabènak la pou w ka vin Lepouz la. M PA DI ou pa ta dwe al legliz. M PA DI ou pa ka koute pastè yo. Si w kwè sa, w ap elwaye w de Pawòl la. Mwen di, tande Vwa Bondye sou bann yo, se Vwa ki pi enpòtan NOU DWE TANDE, epi m kwè ke chak pastè ta dwe jwe Vwa sa a, bann yo, nan legliz yo. Men yo jwenn tout eskiz posib POU YO PA JWE BANN YO. Si sa se legliz ou, ou p ap manje Pawòl la.

Se klèman sa l pa t vle wè rive, e sa moun yo t ap fè.

Epi ou menm, ale legliz; pa chita lakay, ale lapèch, epi ale lachas, epi bagay konsa nan Dimanch.

Nou pa fè sa. N ap ini otou sèl bagay ki pral ini Lepouz la: Mesaj Sa a, Vwa Sa a.

Yon lòt fwa ankò, m kwè nan ale legliz. Gen anpil legliz atravè mond lan ki mete bann yo an premye sou chè yo, louwanj pou Seyè a. Èske m kwè ou dwe rete lakay ou sinon ou p ap vin Lepouz la? NON, NON, NON… M pa janm panse sa, m pa janm kwè sa. M jis vle ou PEZE JWE, kèlkeswa kote w ye a ou nan ki legliz w ale.

Si w pa gen yon Revelasyon sou sa l ap di, alò ou ka di klèman, “M pa bezwen koute Frè Branham oubyen menm DAKÒ ak tout sa l ap di. Li menm di l, gen anpil lòt moun sen Bondye rele.”

Ale. Nou remake la, sa di, “Èske nou dwe al nan lòt legliz ki pa dakò avè nou?” Sèten, m pa…m pa sèl ti wòch sou plaj la, ou konprann. Gen–gen jis lòt moun sen toupatou; m espere m se youn ladan yo.

Vwa Bondye sou bann yo se TI WÒCH MWEN, WÒCH MWEN. Se Vwa a ke m vle tande epi se Vwa a ke m vle Branham Tabènak la tande.

Si nou ta renmen vin jwenn nou, nou byen vini, frè ak sè m yo. Vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande Vwa Bondye a k ap pale epi k ap reponn anpil kesyon nou ka genyen nan kè nou. Epi tande pou pwòp tèt nou pou nou wè si sa mwen di nan lèt sa a kontredi Pawòl la epi si mwen mal konprann sa Bondye ap di Lepouz Li.

Sa L di sou bann yo se Men Sa Seyè A Di. Se pa sa mwen di li di, oubyen sa m kwè li di, e se SÈLMAN Bondye ki ka ba nou vrè Revelasyon an.

Frè Jozèf Branham

Dat Bann lan: 64-0823M Kesyon Ak Repons Nimewo 1