All posts by admin5

26-0125 Kesyon Ak Repons Nimewo 1

Mesagj: 64-0823M Kesyon Ak Repons Nimewo 1

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Branham Tabènak,

Salitasyon a Lepouz Jezikri a atravè lemond ki kwè ke Branham Tabènak la, Vwa Bondye a, se legliz lokal yo kote yo nouri espirityèlman pa Lamann kache ki te sere e prezève pou Lepouz Kris la.

Sa se baz lokal mwen; se katye jeneral mwen; se isi an ki kote nou enstale. Kounye a, kenbe sa nan lespri kèlkeswa sa ki pase. Kounye a, si nou saj, n ap kapte on bagay. Kèlkeswa sa k pase an, sa se katye jeneral nou, isi an menm!

Anpil kwayan toujou mal konprann oswa ajoute pwòp lide ou entèpretasyon pa yo nan sa pwofèt la di la a, men li di Lepouz la klèman: “Si ou saj, w ap konprann yon bagay, sa se katye jeneral nou an, isi an menm!”

Kisa l te vle di pa la?

Lè Frè Branham te la a, anpil moun te mal konprann epi yo te panse Lepouz la te dwe al Arizona epi swiv li lòt bò a pou l ka fè pati de Anlèvman an. Frè Branham te di yo klèman: RETE ISI A, SA SE PLAS LA.

Yon gwo gwoup nan yo te ale nan direksyon sa a, epi yo te vle ale bò isit, epi fè sela, apre ke m te di yo pou yo rete la a. Rete la a, rete isi a menm; sa se plas la.

Moun soti toupatou Etazini pou al Arizona, men li te di yo klèman: Rete isi a menm, sa se plas la!

Rete Jeffersonville? Se sa l di!

Revelasyon pa m, se te Bondye, ki t ap pale atravè pwofèt Li, k ap di pèp la: “RETE AVÈK BANN YO.” Sa se PLAS LA!

Li te tèlman trakase, li te di li te dwe fè yon bagay avèk tout moun sa yo. Kisa l te dwe fè? Nan ki legliz li te dwe voye yo? Ki kote yo te dwe ale? Kisa Frè Branham te di l dwe fè?

Kidonk kounye a, m oblije mennen timoun sa yo tounen isi a pou yo ka gen yon bagay pou yo manje. Yo lòt bò a nan dezè a ap mouri grangou.

Li pa t di yo te oblije al nan yon legliz lokal pou jwenn kèk ti kal pen yo te ka manje. Li te di li te oblije mennen yo tounen ISIT LA pou yo te ka manje, sinon yo t ap MOURI GRANGOU.

REVELASYON PA M, ZANMI M YO.

Kounye a, pou yo pa mal konprann li ankò, oubyen pou yo pa di yon bagay li pa t di, lè yo di, “Frè Branham te vle tout kwayan yo demenaje al Jeffersonville pou yo vin Lepouz la.” Frè Branham te konnen ke tout moun sa yo, avèk TOUT kwayan atravè lemond, pa t ka demenaje pou viv Jeffersonville. Sa t ap enposib. Donk, kisa l te vle di? Li t ap INI Lepouz Kris la otou BANN yo ki te anrejistre epi ki te sere pou nouri Lepouz la.

Mesaj sa a, Vwa sa a, se Pawòl Bondye a pou jodi a, epi Li pral ini epi pèfeksyone Lepouz Jezikri a.

Kadav la se sa èg yo manje. Kounye a, yon pwofèt konsidere nan Bib la kòm yon èg. Yon pwofèt se yon èg. Bondye—Bondye rele tèt Li yon Èg, epi nou se “ti èg” alò, kwayan yo—yo. Ou wè? E kadav y ap manje a, kisa l ye? Se Pawòl la. Kèlkeswa kote Pawòl la ye, vrè nati zwazo a ap manifeste.

Kote Pawòl pi a, konfime, san malantandi, Pawòl Men Sa Seyè A Di pou jodi a? Gen yon sèl kote: Bann Yo.

M te ka kontinye san rete, sitasyon apre sitasyon, men Mesaj sa a epi sa Frè Branham te di mande yon Revelasyon de Bondye. Nou dwe li ant liy yo atravè revelasyon an, men di sa l te di. Paske Se PAWÒL PI a.

Kesyon e Repons pou jodi a epi sa MWEN KWÈ.

Jodi a, anpil pastè di moun ke lè nou gen yon Legliz Bann Lakay, n ap devye de Pawòl la e de sa Frè Branham te di pou nou fè. Yo santi ke nou dwe al nan sa yo rele e konsidere yon legliz.

Gen anpil, anpil sitasyon kote Frè Branham di sa klèman.

Kounye a, ale nan yon bon legliz Plen Evanjil epi jwenn on legliz lakay ou.

E m kwè sa ak tout kè m, paske l di sa. Men, m kwè se sa n ap fè lè NOU GEN YON LEGLIZ BANN LAKAY NOU. Kote nou ye a, se pa sa ki enpòtan pou Seyè a. Sa se jis yon batiman. Men, devwa nou anvè Seyè a se rete fidèl avèk Pawòl Li, PA YON KOTE OU YON BATIMAN. Se pa kote a ki sove epi ki pèfeksyone Lepouz la, SE PAWÒL LA.

Si m al nan yon batiman legliz, men yo bliye BAGAY ESANSYÈL la: koute Vwa Bondye a nan Peze Jwe, epi yo ranplase l nan koute pastè yo SÈLMAN k ap preche Mesaj la, èske sa ap konplètman satisfè nou epi nouri nanm nou? Li ka satisfè nanm nou, frè ak sè m yo, men li p ap satisfè Lepouz la.

Kite m entèvni la a pou m di ke gen plizyè milye moun ki pa gen batiman legliz pou yo ale. Èske yo pèdi? Si yo pa gen yon pastè ou yon legliz, èske sa vle di yo pa ka Lepouz la? Si w ap viv a yon distans 160 km de yon batiman legliz, èske w oblije ale nan legliz sa a? Men, si m viv pi lwen, m pa oblije ale? M oblije swiv yon predikatè an liy, men m pa ka swiv bann yo an liy? Èske batiman fizik la, dapre pwofèt la, se bagay ki pi enpòtan pou nou ale?

Ki kote pwofèt la te vle mennen Lepouz la?

Si w pa ka vin isit nan tabènak la, jwenn on legliz on kote; ale ladann.

Yon lòt fwa ankò, ki kote l vle voye moun yo an premye? Nan Branham Tabènak la, Pawòl la, bann yo. Se sa Bondye te planifye pou Lepouz Li nan fen tan sa a, e se sa nou fè chak jou E chak Dimanch.

Pou evite tout malantandi, M PA DI ou dwe swiv bann yo an liy avèk Branham Tabènak la pou w ka vin Lepouz la. M PA DI ou pa ta dwe al legliz. M PA DI ou pa ka koute pastè yo. Si w kwè sa, w ap elwaye w de Pawòl la. Mwen di, tande Vwa Bondye sou bann yo, se Vwa ki pi enpòtan NOU DWE TANDE, epi m kwè ke chak pastè ta dwe jwe Vwa sa a, bann yo, nan legliz yo. Men yo jwenn tout eskiz posib POU YO PA JWE BANN YO. Si sa se legliz ou, ou p ap manje Pawòl la.

Se klèman sa l pa t vle wè rive, e sa moun yo t ap fè.

Epi ou menm, ale legliz; pa chita lakay, ale lapèch, epi ale lachas, epi bagay konsa nan Dimanch.

Nou pa fè sa. N ap ini otou sèl bagay ki pral ini Lepouz la: Mesaj Sa a, Vwa Sa a.

Yon lòt fwa ankò, m kwè nan ale legliz. Gen anpil legliz atravè mond lan ki mete bann yo an premye sou chè yo, louwanj pou Seyè a. Èske m kwè ou dwe rete lakay ou sinon ou p ap vin Lepouz la? NON, NON, NON… M pa janm panse sa, m pa janm kwè sa. M jis vle ou PEZE JWE, kèlkeswa kote w ye a ou nan ki legliz w ale.

Si w pa gen yon Revelasyon sou sa l ap di, alò ou ka di klèman, “M pa bezwen koute Frè Branham oubyen menm DAKÒ ak tout sa l ap di. Li menm di l, gen anpil lòt moun sen Bondye rele.”

Ale. Nou remake la, sa di, “Èske nou dwe al nan lòt legliz ki pa dakò avè nou?” Sèten, m pa…m pa sèl ti wòch sou plaj la, ou konprann. Gen–gen jis lòt moun sen toupatou; m espere m se youn ladan yo.

Vwa Bondye sou bann yo se TI WÒCH MWEN, WÒCH MWEN. Se Vwa a ke m vle tande epi se Vwa a ke m vle Branham Tabènak la tande.

Si nou ta renmen vin jwenn nou, nou byen vini, frè ak sè m yo. Vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande Vwa Bondye a k ap pale epi k ap reponn anpil kesyon nou ka genyen nan kè nou. Epi tande pou pwòp tèt nou pou nou wè si sa mwen di nan lèt sa a kontredi Pawòl la epi si mwen mal konprann sa Bondye ap di Lepouz Li.

Sa L di sou bann yo se Men Sa Seyè A Di. Se pa sa mwen di li di, oubyen sa m kwè li di, e se SÈLMAN Bondye ki ka ba nou vrè Revelasyon an.

Frè Jozèf Branham

Dat Bann lan: 64-0823M Kesyon Ak Repons Nimewo 1

26-0111 Kay K Ap Vini Pou Epou Selès Ak Epouz Terès

Mesagj: 64-0802 Kay K Ap Vini Pou Epou Selès Ak Epouz Terès

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Cheri Byenneme Mwen,

M tèlman renmen nou. Nou se chè ki soti nan chè Mwen ak zo ki soti nan zo Mwen. Anvan menm ke M te kreye zetwal yo, lalin nan, tout linivè Mwen an, M te wè nou epi M te renmen nou. M te konnen nou fè pati de Mwen, sèl cheri Mwen. Nou menm avè M te fè YOUN.

Jou M te tèlman anvi epi M t ap tann depi M te wè nou finalman rive. Kounye a, M ap rele nou epi M ap ini nou depi lès a lwès, nò ak sid, atravè Vwa Mwen. Nou se panse Mwen, Pawòl Mwen, Lepouz Mwen, ki manifeste.

Depi lontan M te vle di nou tout sa ki nan kè M, se poutèt sa M te ekri l atravè pwofèt Mwen yo epi M te pwoteje l pou nou pandan plizyè milye ane. Anpil moun te li L, epi yo te kwè L pandan plizyè syèk, men M te kenbe anpil bagay sekrè jiskaske NOU RIVE. Se a NOU MENM sèl M ap di l.

Yo te anvi konnen epi tande tout bèl bagay sa yo ke M te kenbe kache, men jan M te pwomèt nou, M te tann epi M te kenbe yo sekrè jiska kounye a, jis pou NOU, SÈL MOUN MWEN AN.

M te pwomèt nou M ap vini pou M revele tèt Mwen ankò nan chè moun, pou m ka di nou, epi revele tout bagay sa yo ba nou. M te vle nou tande VWA M k ap pale dirèkteman avè nou.

M te wenn anpil lòt moun avèk Sentespri M pou yo pale avè nou de lanmou Mwen, men jan M toujou fè a, e jan M pa janm ka chanje, M chwazi yon sèl moun: zanj Mwen, pwofèt Mwen, pou l reprezante Vwa M pou M ka pwononse ba nou Men Sa Seyè A Di.

M te vle di nou ke nou pa t sove yon jou presi. Nou te toujou sove. M jis vini pou rachte nou. Nou te sove depi nan kòmansman, paske nou te gen Lavi Etènèl depi nan kòmansman. Kidonk, pou Mwen, tout peche nou yo envizib; sèl bagay M tande se vwa nou. M jis wè reprezantasyon nou.

Jan M gen anpil bagay pou M di nou. Kè M tèlman eksite. Jan M ap tann Soupe de Nòs nou, Milenè nou an ansanm. Pou M rakonte nou tout bagay sou Kay nou pral genyen an, jan M prepare tout bagay pou nou, avèk tout bagay nan gou pa nou.

Cheri Mwen, si nou panse sa a bèl pou tande Vwa Mwen k ap pale avè nou kounye a, jis tann, sa a se sèlman yon ti jòf de sa l pral ye lè nou pral viv ansanm nan Vil sa a. Pwofèt nou a pral menm viv bò kote nou; l ap vwazen nou.

Nou pral mache nan lari sa yo ki fèt an lò epi nou pral bwè ansanm nan fontèn lan. Nou pral antre nan paradi Bondye a avèk Zanj k ap plane sou tè a, k ap chante kantik… Ala yon Jou sa pral ye!

M konnen chemen an sanble difisil, epi pafwa li vin tèlman difisil pou nou, men li p ap anyen, anyen menm, lè N ap ansanm.

Pou kounye a, M pral rasanble nou ankò epi M pral pale avè nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, epi M ap di nou tout bagay sou “Kay K Ap Pou Epou Selès Ak Epouz Terès La.” M pa ka tann pou M ini avèk nou lè a.

Sonje, epi pa janm bliye, M tèlman renmen nou.

Nan non Li,

Frè Jozèf Branham

Ekriti:
Matye 19:28
Jan 14:1-3
Efèz 1:10
2 Pyè 2:5-6 / Chapit 3
Apokalips 2:7 / 6:14 / 21:1-14
Levitik 23:36
Ezayi Chapit 4 / 28:10 / 65:17-25
Malachi 3:6

26-0104 Rezèvwa Ki Fann

Mesagj: 64-0726E Rezèvwa Ki Fann

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Moun Ki Bwè Dlo Pi Atezyèn,

Ala yon Nwèl avèk yon Nouvèl Ane nou pase! Nou aksepte e nou louvri kado Bondye te voye bay Lepouz Li. Premye Kado nou te genyen an se te pi bèl Kado Nwèl ki te janm vlope. Bondye Li menm te vlope Pwòp Tèt Li nan kò yon moun epi Li te voye pake sa a bay lemonn. Se te premye gwo Kado Li pou retabli Lepouz Li.

Apre sa, Bondye te voye yon lòt gwo pake bay Lepouz Li. Li te tèlman renmen nou ke Li vini epi Li revele Tèt Li yon lòt fwa ankò nan lachè pou L te ka pale avèk nou de bouch a zòrèy. Li te vle pou Li menm ak Lepouz Li fè Youn.

Kounye a, zanmi m yo, konprann mwen byen. Kite m di sa avèk reverans nan kè m, paske m konnen m se yon moun ki destine pou Letènite ki pral kanpe devan Jijman yon jou: Plizyè milye moun pa rekonèt don yo. Ou wè? Yo pa ka konprann li. Yo gade epi yo di: “O, se jis yon nonm.” Se vre. Èske se te Bondye oubyen Moyiz ki te delivre pèp la? Se te Bondye nan Moyiz. Ou wè? Yo te reklame sovè a. Epi lè Bondye te voye sovè a ba yo, yo pa t rekonèt li, paske se te atravè yon nonm, men se pa t nonm lan, se te Bondye nan nonm lan.

Jodi a, yon lòt fwa ankò, plizyè milye moun pa rekonèt don yo epi yo di: “ou pa bezwen koute bann yo; gen lòt moun ki wen kounye a.” Sa se vre, men yo pa rekonèt ke se SÈL Vwa sa a ki konfime pa Bondye, ki pwononse: “Men Sa Seyè A Di,” atravè nonm sa a. Vwa sa a se Ourim ak Toumim Bondye a, Absoli Li pou jodi a.

Lè nou koute Vwa Li sou bann yo, nou vrèman ap bwè nan Pi Atèzyen Bondye a, kote nou pa bezwen ponpe, rale, antre, vide; nou jis kwè e nou repoze sou chak Pawòl ki Pwononse.

Lè nou koute Vwa sa a sou bann yo, dapre Jezi Li menm, nou gen vrè prèv Sentespri a nan epòk nou an.

Konsa men prèv otantik Sentespri a! Li poko janm di m yon bagay ki pa sa. Alò, “Se vrè prèv Sentespri a, se moun ki ka kwè Pawòl la.” Nou ka resevwa Li.

Bondye ban nou yon Fontèn dlo kote nou ka bwè ladan L chak minit chak jou. Li toujou fre. Se pa yon bagay sal; se Fontèn dlo Li ki pa janm fini, ki ka pran swen tèt Li; ou jis bezwen Peze Jwe.

N ap pale de yon KADO Bondye ban nou, èske nou ka imajine kijan Kado sa a vrèman GRAN? Annik Peze Jwe epi koute Vwa Li sou bann yo, se sèl… SÈL VWA nan lemonn ki pa bezwen okenn filtè, okenn paswa, anyen. Ou jis bezwen koute, kwè, epi di amèn a chak Pawòl.

Bondye Li menm ban nou chemen sa a, SÈL CHEMEN LI, pou nou resevwa lavi etènèl, epi pi enpòtan toujou, POU NOU VIN LEPOUZ LI. Nou ka tou senpleman repoze sou sen Li epi tire fòs nan koute Fontèn dlo Li, Vwa Li, El Shaddai k ap pale avèk Lepouz Li.

Ke ane sa a se ane kote L ap vini pou nou, Lepouz byenneme Li. N ap veye epi n ap tann avèk gwo atant. Nenpòt jou kounye a n ap wè moun nou te tèlman anvi wè yo. N ap reyalize, nan yon bat je, ke n ap kite isit la, y ap rele nou pou Soupe de Nòs nou.

Seyè, lè n ap gade gwo tab sa a k ap pare pou soupe sa a, ki lonje sou plizyè milye kilomèt, n ap gade youn lòt, ansyen sòlda ki gen mak batay, dlo nan je poutèt lajwa ap koule sou machwè nou… Wa a pral parèt nan tout bote Li, sentete Li, L ap mache bò tab la, L ap pran Pwòp men Li epi L ap siye dlo nan je nou, ap di: “Sispann kriye, tout bagay fini. Antre nan lajwa Seyè a.” Difikilte chemen an p ap sanble anyen lè sa a, Papa, lè n ap rive nan fen chemen an.

Vin bwè, bwè, epi bwè ankò nan Fontèn dlo Bondye te ban nou jodi a, avèk nou, Dimanch sa a midi lè Jeffersonville. Se SÈL kote ou ka detann nèt epi di AMÈN a chak Pawòl ke w tande. Se Pi Atèzyen Li te bay pou Lepouz Li a bwè ladan L.

Frè Jozèf Branham

Mesaj: 64-0726E Rezèvwa Ki Fann

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:
Som 36:9
Jeremi 2:12-13
Jan 3:16
Apokalips Chapit 13

25-1228 Rekonèt Tan Pa W Ak Mesaj Li

Mesagj: 64-0726M Rekonèt Tan Pa W Ak Mesaj Li

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Ki Byen Fòme,

Jodi a, legliz la bliye pwofèt li. Yo pa bezwen l ankò pou preche nan legliz yo. Yo pretann yo gen pastè yo pou preche ba yo epi site epi entèprete Pawòl la. Preche pi enpòtan pase koute Vwa Bondye a sou bann nan legliz yo.

Men Bondye te konnen Li te bezwen gen pwofèt Li; se konsa Li te toujou rele epi gide Lepouz Li. Li te separe nou nan mitan rès nasyon yo avèk Epe de bò Li a, Sentespri Li, Vwa Li ki pwononse atravè pwofèt Li.

Li fòme nou atravè Vwa sa a. Se poutèt sa Li te fè anrejistre L epi mete L sou bann. Atravè Revelasyon an, nou wè kijan Lekriti a parfè! Lepouz la pa ka muri sof si Pitit la fè l muri.

Kèlkeswa konbyen fwa w preche, kèlkeswa sa w fè, li pa ka muri, li pa ka manifeste, li pa ka konfime; eksepte pa Limenm Ki te di: “M se Limyè mond lan,” Pawòl la.

Pawòl la di nou ke Sentespri a Li menm ap vini pou L fè nou muri, pou L konfime nou, pou L pwouve nou, epi pou L manifeste tèt Li. Limyè aswè a rive. Bondye manifeste tèt Li nan chè pou L rele Lepouz Li.

Se Li menm ki rele W atravè Sentespri Li, Pawòl Li, Vwa Li. Se Li menm ki chwazi W. Se Li menm ki anseye W. Se Li menm ki gide W. Pa kisa? Sentespri Li, Vwa Li k ap pale avè W DIRÈKTEMAN.

Men, li twò demode pou yo jodi a. Yo pa jwe bann yo nan legliz yo ankò. Yo pa rekonèt Sa. Se poutèt sa yo twouve yo nan sitiyasyon sa a. Men pou ou menm, Sa te revele ba ou kòm chemen Bondye te trase pou ou a; POU OU MENM, SE MEN SA SEYÈ A DI.

Kifè g on-on-on Pwisans ki dwe vini, Sentespri an Limenm, pou fè vin mi, oswa pou konfime, oswa pou pwouve, oswa pou manifeste ke sa L te predi a t ap rive nan jou sa a. Limyè aswè a pwodwi sa. Ala on tan!

Nou se Lepouz parfè Pawòl Bondye a, ke pwofèt Li a te wè nan vizyon li. Nou se sa yo ke L voye bay pwofèt Li pou rele yo atravè Pawòl Li, epi kounye a n ap viv yon REVEY, paske kounye a nou konnen kiyès nou ye.

Fè reviv, la a, se menm mo ki itilize nenpòt lòt kote, m fèk chache l, sa vle di: “yon revèy.” “L ap fè nou reviv apre de jou.” Sa t ap, “Nan twazyèm jou an L ap fè nou reviv ankò, apre Li te gaye nou, epi te avegle nou, epi te rache nou.”

Papa te voye pwofèt Li pou veye sou Lepouz Li pou nou pa pèdi chemen an. Sonje byen, sa se te yon vizyon!

Epouz lan te pase nan menm pozisyon ke L te ye a lè L te nan kòmansman an. Men m t ap gade L k ap soti nan chemen an, epi m t ap eseye fè L retounen.

Men, kijan “li” te ka fè l retounen jodi a? “Li menm,” nonm nan, li pa isit sou tè a. ATRAVÈ PAWÒL LA! Kisa ki SÈL Pawòl ki konfime pou jodi a? Vwa Bondye sou bann yo.

Minis yo gen pou yo preche Pawòl la lè yo site egzakteman sa pwofèt la te di. Selon pwofèt la li menm, yo pa dwe di anyen plis.

Yo vrèman gen misyon pou anseye epi preche Pawòl sa a. Men, gen YON SÈL VWA KI KONFIME PA BONDYE LI MENM KÒM ETAN MEN SA SEYÈ A DI.

Menm jan an tou, mwen di nan non Jezikri: Pa ajoute yon sèl bagay, pa retire anyen, pa ajoute pwòp lide pa w ladan L. Senpleman di sa ki di sou bann sa yo. Fè egzakteman sa Seyè a, Bondye ou a, te kòmande w fè. Pa ajoute anyen ladan L!

Si nou di “amèn” a chak pawòl ke pastè nou oswa predikatè nou di, nou pèdi. Men, si nou di “AMÈN” A CHAK PAWÒL BONDYE PALE ATRAVÈ PWOFÈT LI A SOU BANN YO, NOU SE LEPOUZ LA E N AP GEN LAVI ETÈNÈL.

Pwofèt Bondye a se te nonm Bondye te chwazi pou l pale atravè li. Se te CHWA BONDYE pou itilize l pou pwononse Pawòl Li epi mete l sou bann yo, pou Lepouz la te ka toujou gen MEN SA SEYÈ A DI POU L TANDE.

Li pa vle pou Lepouz Li depann de sa lòt moun di, ni de entèpretasyon yo bay Pawòl Li. Li vle pou Lepouz Li tande, de bouch Li a zòrèy pa yo. Li pa vle pou Lepouz Li depann de pèsonn lòt ke Li menm.

Lè nou leve nan maten, nou renmen lè Li di nou: “Bonjou, zanmi m yo. M pral pale avè nou jodi a pou m di nou konbyen Mwen renmen nou, epi ke nou menm avè M fè YOUN. Gen anpil moun M ap bay lavi etènèl, men se NOU MENM sèl ki Lepouz Mwen ke M chwazi avèk anpil swen. A NOU MENM sèl Mwen te bay Revelasyon an anvan fondasyon mond lan.”

Gen anpil lòt moun ki renmen tande M, men se nou menm ke M chwazi pou nou vin Lepouz Mwen. Paske nou rekonèt Mwen, e nou rete avèk Pawòl Mwen. Nou pa fè konpwomi, nou pa gad lòt kote, nou rete fidèl ak Pawòl Mwen.

Lè a prèske rive. M ap vin chèche nou trè byento. Premyèman, n ap wè moun ki avè M nan moman an. O, jan yo anvi wè nou epi rete avè nou. Pa enkyete nou pitit Mwen yo, tout bagay parfètman a lè; nou jis bezwen kontinye avanse.”

Antanke yon minis Levanjil, m pa ka wè yon bagay ki rete sòf depa Epouz lan.

Frè Jozèf Branham

Mesaj: 64-0726M “Rekonèt Tan Pa W Ak Mesaj Li”
Lè: midi, lè Jeffersonville

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:
Oze: Chapit 6
Ezekyèl: Chapit 37
Malachi: 3:1 / 4:5-6
2 Timote: 3:1-9
Apokalips: Chapit 11

25-1221 Ale Byen Lwen Kan An

Mesagj: 64-0719e Ale Byen Lwen Kan An

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Cheri Byenneme,

Bondye pa chanje. Pawòl Li pa chanje. Pwogram Li pa chanje. Epi Lepouz Li pa chanje; n ap rete fidèl ak Pawòl la. Li plis pase lavi pou nou; Li se sous Dlo Vivan an.

Sèl bagay yo mande nou se koute Pawòl la, ki se Vwa konfime Bondye a, ki anrejistre epi ki plase sou bann. Sèl bagay nou wè se pa yon kredo, ni yon gwoup moun; nou pa wè anyen lòt ke Jezi, epi Li se Pawòl la ki vin tounen chè nan epòk nou an.

Bondye nan Kan nou, epi nou sou chemen Glwa a, gide pa Kolòn Dife a, ki se Bondye Li menm k ap pale atravè pwofèt konfime Li a nan Malachi 4. Nou manje Lamann kache sa a, Dlo Vivan an ke sèl Lepouz la ka bwè.

Bondye pa chanje chemen Li yo, ni dyab la pa chanje pa l yo. Sa l te fè 2000 ane de sa, li toujou fè l jodi a, sèlman li vin pi entelijan.

Donk, apre katsanzan, yon jou Bondye te mache nan mitan yo. Dapre Lèzekriti, Li te dwe vin tounen chè epi abite nan mitan yo. “Yo pral rele L Konseye, Prens de Pè, Bondye Toupwisan, Pè Etènèl.” E lè Li te vin nan mitan pèp la, yo te di, “Nou pa vle Nonm sa pou dirije nou!’

Selon Lèzekriti, Fis de Lòm lan gen pou L retounen, viv, epi revele tèt Li nan kò yon moun, e Li fè l, e yo di menm bagay la. Natirèlman, yo site epi preche Mesaj la, men yo pa vle nonm sa a dirije yo.

Se egzakteman sa k ap pase:

E jan l te ye lè sa a, se konsa l ye kounye a! Bib la di ke legliz Lawodise t ap mete L deyò, e Li t ap frape, ap eseye antre. Gen yon pwoblèm yon kote. Kounye a, poukisa? Yo te fòme pwòp kan pa yo.

Yon nonm ka di, “Mwen konnen e mwen kwè ke Frè Branham te yon pwofèt. Li te setyèm zanj lan. Li te Eli. Nou kwè Mesaj sa a.” Apre sa, li jwenn yon eskiz, kèlkeswa sa l ye, pou l pa jwe SÈL Vwa Bondye ki konfime a nan legliz yo a… Gen yon pwoblèm yon kote. Kounye a, poukisa? Yo te fòme pwòp kan pa yo.

Mwen pa di bagay sa yo pou separe legliz la, se Pawòl Bondye a ki fè sa. Mwen vle nou ini, pou nou fè YON SÈL ant nou menm avè L, men gen yon sèl jan pou nou fè sa: lè nou rasanble otou Vwa Bondye a sou bann yo. Sa a se SÈL MEN SA SEYÈ A DI.

Bondye revele nou chemen parfè Li. Li tèlman gloriye e poutan tèlman senp. Chak mesaj, nou tande L k ap di nou, k ap rasire nou, epi k ap ankouraje nou ke NOU SE LEPOUZ LI. Nou nan volonte parfè Li. Nou prepare tèt nou lè nou KOUTE LI.

Mesaj sa a pi aktyèl pase jounal demen an. Nou se pwofesi k ap akonpli. Nou se Pawòl la ki manifeste. Bondye pwouve nou, avèk chak mesaj nou tande, ke jodi a, Lekriti sa a ap akonpli.

Kapab gen moun nan diferan peyi, toupatou nan mond lan, ke menm bann sa a pral jwenn lakay yo oswa nan legliz yo. Nou priye, Seyè, pou pandan reyinyon an, oubyen—oubyen pandan bann lan ap jwe, oubyen kèlkeswa pozisyon nou oubyen—oubyen kondisyon nou, se pou gran Bondye Syèl la onore senserite kè nou maten an, epi geri moun ki nan bezwen, ba yo sa yo bezwen.

Tann yon moman… kisa Vwa Bondye a fèk pwofetize epi di lemonn?… moun t ap jwe bann lakay yo oswa nan legliz yo.

Men, yo kritike nou epi yo reprimande nou, yo di nou ke nou PA KA gen Legliz Bann Lakay nou? Frè Branham pa janm di pou nou jwe bann yo nan LEGLIZ nou yo?

GLWA POU BONDYE, KOUTE SA, LI L, SE MEN SA SEYÈ A DI. Non sèlman LI di sa, men lè n ap jwe bann sa yo lakay nou e nan legliz nou yo, gran Bondye ki nan Syèl la ap onore senserite kè nou, L ap geri moun ki nan bezwen, epi L ap ban nou TOUT SA NOU BEZWEN!!

Sèl sitasyon sa a PWOUVE ke moun koute pastè yo men YO PA KOUTE PAWÒL LA, sinon, yo t ap defye pastè yo epi pwouve yo, atravè PAWÒL LA, ke nou nan VOLONTE PARFÈ LI, epi ke JWE BANN YO NAN LEGLIZ YO SE VOLONTE PARFÈ LI.

Mwen pa mal plase Pawòl la, ni mwen pa site l mal, jan anpil moun pretann mwen fè sa. Koute L epi li L pou tèt pa nou.

Sa a tèlman fasil e tèlman parfè; tout sa w dwe fè se PEZE JWE epi koute Vwa Bondye k ap pale avè w. Di “Amèn” pou chak mo ou tande. Ou pa menm bezwen konprann Li, ou jis bezwen kwè Li.

“M vle soti nan kan an. Kèlkeswa sa koute m, m ap pran kwa mwen epi pote l chak jou. M ap kite kan an. Kèlkeswa sa moun yo di sou mwen, m vle swiv Li andeyò kan an. M pare pou m ale.”

Vini epi travèse baryè son an, pou antre nan Pawòl Bondye a avèk nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville. Pa gen limit nan sa Bondye ka fè, e sa L ap fè, ak yon moun ki pare pou l soti nan kan lèzòm.

Frè Jozèf Branham

Mesaj: 64-0719E Ale Byen Lwen Kan An

Ekriti: Ebre 13:10-14 / Matye 17:4-8

25-1214 Fèt Twompèt Yo

Mesagj: 64-0719m Fèt Twompèt Yo

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Parfè,

Sa pa jis on envansyon, zanmi. Sa se MEN SA SEYÈ A DI, Ekriti an.

Tout Kretyen vle vin Lepouz la, men nou konnen Lepouz Li a pral konpoze sèlman de yon ti ponyen moun Li chwazi. Nou konnen Li gen yon volonte permisif, men Lepouz Li a dwe nan volonte parfè Li. Kidonk, nou dwe chèche Bondye nan Pawòl Li, epi apre sa, pa Revelasyon, n ap konnen volonte parfè Li pou nou vin Lepouz Li.

Nou dwe fouye nan Ekriti a, paske nou konnen ke Bondye pa JANM chanje lide sou Pawòl Li. Bondye pa janm chanje pwogram Li. Li pa janm chanje ANYEN. Jan Li te fè l premye fwa a parfè. Sa Li te fè yè a, L ap fè menm bagay la jodi a.

Menm jan Li te sove yon nonm nan kòmansman an, L ap oblije sove yon nonm jodi a menm jan an. Menm jan Li te geri premye nonm nan, Li dwe fè l menm jan an jodi a. Menm jan Bondye te chwazi pou L rele epi gide Lepouz Li a, L ap fè l menm jan an jodi a; paske se Bondye L ye epi Li pa ka chanje. Pawòl la di nou ke Jezikri se MENM moun nan a yè, jodi a, e pou tout tan.

Kidonk, lè nou li Pawòl Li a, nou ka wè klèman kijan Li te chwazi pou L rele epi gide Lepouz Li a pou chak laj. Li te chwazi YON SÈL NONM. Li te di yo Pawòl la pou epòk yo a. Pwofèt la te di nou Li pa t JANM gen yon gwoup moun; yo gen diferan jan, diferan lide, epi pi enpòtan, Li te di, PAWÒL BONDYE A PA BEZWEN ENTÈPRETASYON.

Kidonk, sa chak pwofèt te di nan chak laj pa ka ajoute ou retire. Sa dwe Mo pou Mo sou sa LI TE PWONONSE. Li ase senp si ou mande m ki chemen Bondye bay pou nou… RETE AVÈK PWOFÈT LA.

Kounye a, non sèlman nou konnen egzakteman ki plan Bondye te genyen depi nan kòmansman an, Seyè a pral menm pale atravè zanj Li a epi di nou sa Li pral fè nan lavni, jis pou pwouve yon fwa ankò, BONDYE PA CHANJE PWOGRAM LI.

Apre ke Lepouz Li a (nou menm) fin kite tè sa a epi yo rele Li pou Soupe dè Nòs la, kijan Bondye pral rele 144,000 Jwif elu yo? Yon gwoup moun?

Kounye a, osito ke Legliz sa a (Epouz la) rasanble, Li anlve; e mistè Setyèm So sa a, oswa Setyèm So a, mistè ale a. Yo rele Jwif yo pa mistè Setyèm Twonpèt la, ki se de pwofèt yo, Eli ak Moyiz, ki retounen.

Osito ke Lepouz la rasanble ansanm, n ap anlve. Nou konnen ke gen yon sèl bagay ki ka rasanble Lepouz la, se Sentespri a, epi Sentespri a se Pawòl Li, epi Pawòl Li pou jodi a se Vwa Bondye a, epi Vwa Bondye a se…

Si m ofanse nou lè m di sa, padone m, men m santi yo te ka mal pran l, men m se vwa Bondye a pou nou. Ou wè? M ap repete l, fwa sa se te sou enspirasyon, ou wè.

Pèmèt mwen entèvni la a pou m di GRENN SITASYON sa a ki vin de mesaje zanj Bondye konfime a ki ta dwe sufi pou tout moun ki pretann yo kwè nan mesaj fen tan sa a pou yo mande pou pastè yo peze bouton JWE nan legliz yo oubyen demisyone pou yo ka elu yon pastè ki gen VRÈ REVELASYON BONDYE a.

Konsa, twonpèt la sonnen epi de pwofèt yo parèt, paske Li pa ka gen setyèm zanj Li a ak Lepouz Li a isit sou tè a an menm tan ke y ap vini. Donk, kijan Li rele Jwif yo? Menm jan Li te rele Lepouz dè Nasyon Li.

Yo rele Jwif yo pa mistè Setyèm Twonpèt la, ki se de pwofèt yo…

Epouz la dwe soti nan chemen an, pou L monte kounye a; pou ke de sèvitè yo, de sèvitè Bondye yo, nan Apokalips, pou ke de pwofèt yo ka parèt sou sèn lan, pou sonnen Setyèm Twonpèt la pou yo, fè yo konnen Kris.

Li ase klè ke Bondye pa chanje pwogram Li. Li voye pwofèt Li yo. Konsa, Lepouz Li ap rete fidèl ak chemen ke Li te trase pou Li, zanj pwofèt Li a, Vwa Bondye a sou bann yo.

Apre sa, pou sa klè nèt, Bondye pale ankò epi Li di Lepouz Li: Ou rete fidèl avè M, epi avèk chemen Mwen te trase pou ou a, kidonk chemen Mwen te trase pou ou jodi a pral di w:

Setyèm anj, mesaje a, pral di: “Men Ayo de Dye ki wete peche mond lan!”


Vwa sa a tèlman e npòtan; VWA BONDYE k ap pale atravè setyèm zanj Li a sou bann yo. Bondye pral itilize VWA SA A, VWA SETYÈM ZANJ LI A. PA YON GWOUP… PA MWEN MENM… PA PASTÈ W LA… VWA SETYÈM ZANJ MESAJE LI A pou prezante nou a Li menm, Seyè nou an, Jezikri.

Konsa, nou KONNEN:

● NOU SE LEPOUZ LI.
● NOU NAN VOLONTE PARFÈ LI.
● N AP SWIV PWOGRAM LI POU JODI A LÈ NOU PEZE JWE.

Yon pati nan Lepouz Li a pral rasanble Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, pou tande pastè nou an, anj mesaje Bondye a, William Marrion Branham, ki pral di nou epi ki pral revele ke pa gen okenn lòt legliz, okenn lòt gwoup moun depi fondasyon mond lan, ki te janm gen opòtinite nou genyen pou ini ansanm pou tande Bondye pale dirèkteman avèk yo.

Ala yon benediksyon pou nou! Nou tèlman kontan. Nou tèlman rekonesan. Lepouz la vin fè YOUN avèk Epou a.

Frè Jozèf Branham

Fèt Twonpèt Yo 64-0719M.

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:
Levitik 16
Levitik 23:23-27
Ezayi 18:1-3
Ezayi 27:12-13
Apokalips 10:1-7
Apokalips 9:13-14
Apokalips 17:8

25-1207 Alò Jezi Te Vini Epi Li Te Rele

Mesagj: 64-0213 Alò Jezi Te Vini Epi Li Te Rele

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Lepouz Pawòl,

N ap viv nan moman ki pi nwa yo, men nou PA PÈ, Mèt la vini. Li vini pou akonpli Pawòl Li nan dènye jou a. Sa L te ye lè sa a, se sa L ye jodi a. Sa manifestasyon oswa idantifikasyon Li te ye lè sa a, se sa L ye jodi a. Li toujou Pawòl Bondye a, ki manifeste nan kò moun atravè setyèm zanj pwisan Li a, epi Li revele nou ke nou se Lepouz Li, Pawòl vivan an.

Nou pa gen tan pou nou diskite oswa pou nou ajite tèt nou; nou depase etap sa a; n ap avanse, nou dwe rive. Sentespri a vini nan mitan nou. Seyè Jezi a, nan fòm Lespri a, revele tèt Li epi manifeste tèt Li atravè pwofèt Li a, ki se Vwa Bondye pou Lepouz Li a.

Li te di L ap vini. Li te di Li t ap fè sa. Li te di L ap parèt sou sèn lan nan dènye jou yo epi fè bagay sa yo jan Li te fè lè Li te vini nan lachè premye fwa a, epi men Li k ap fè l. Kisa ou pè? ANYEN!!!

Nou sou chemen Glwa a! Pa gen anyen k ap kanpe nou. Bondye pral konfime Pawòl Li. Kèlkeswa sa k ap rive. Lè a rive pou nou aji. Lè a rive pou nou kwè oubyen pou nou pa kwè. Liy separasyon sa a ki vini pou chak gason ak chak fanm lan rive.

Ou te fèt pou yon objektif. Lè Limyè a te frape w, Li te chase tout fènwa ki te anndan w lan. Lè w te tande Vwa Li k ap pale avè w sou bann yo, yon bagay te rive. Li te pale avèk nanm ou. Li te di, “Mèt la vini epi L ap rele w. Pa dekouraje, pa pè, M ap rele w. Ou se Lepouz Mwen.”

O, zanmi m yo, se pou nou sèten! Pa pran okenn chans. Bondye gen yon pwogram: Pawòl Li, ke Li anrejistre sou bann yo. Mèt la vini e L ap rele w. Vin nan chemen Bondye bay la.

Mèt la pral reyini Lepouz Li ankò atravè lemond atravè Vwa Li. Li pral ankouraje nou, rasire nou, geri nou, mennen nou nan pwisan Prezans Li, epi L ap di nou:

Mèt la vini epi L rele w. O, pechè, o, moun malad, èske nou pa wè Mèt la ki manifeste nan yon èt imen, nan mitan kwayan yo? Li vin rele pitit Li yo ki kwè nan lasante. Li vin rele pechè a nan repantans. Retwograd, manm legliz, Mèt la vini epi Li rele nou.

Ala yon devèsman Sentespri Li a, Lepouz la pral resevwa Dimanch sa a, alò ke Bondye ap rasanble pitit Li yo ankò epi ap antre lakay nou, legliz nou yo, rasanbleman nou yo, epi ap rele nou, ap di nou: “Mèt la vini epi L ap rele nou. Kèlkeswa sa nou bezwen, li pou nou.”

Kite pawòl sa yo antre fon nan kè nou, frè ak sè m yo. KÈLKESWA SA NOU BEZWEN, MÈT LA VINI E LI BA NOU L.

Papa ki nan Syèl la, O Seyè, kite l rive ankò. Tout bagay sa yo ke m di: “Jezi vini epi L rele w.” Kisa L fè lè L vini? Li rele. E kite l rive ankò, Seyè. Kite Sentespri W la vini nan mitan moun yo aswè a, Seyè Jezi an nan fòm Lespri a. Kite L vini aswè a epi revele Tèt Li, epi apresa manifeste Tèt Li.

Frè Jozèf Branham

Mesaj: 64-0213 Alò Jezi Te Vini Epi Li Te Rele
Ki lè: midi. Lè Jeffersonville
Ekriti: Jan 11:18-28

25-1130 Chedèv La

Mesagj: 64-0705 Chedèv La

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Chedèv Bondye Yo,

Tout vrè Lavi a ki te nan tij la, egrèt la, ak bal la, ap rasanble kounye a nan nou menm, Semans Wayal Bondye a, Chedèv Li yo, epi n ap prepare pou rezirèksyon an, n ap prepare pou rekòlt la. Alfa a vin Omega a. Premye a vin dènye a, epi dènye a vin premye a. Nou swiv yon pwosesis e nou vin tounen Chedèv Li yo, on pati ki vin detache de Li menm.

Lepouz la ak Epou a fè Youn!

Bondye te montre pwofèt Li a yon ti apèsi de nou chak, Chèdèv Li yo, nan yon vizyon. Alò ke l te kanpe la avèk Seyè a, ap gade Lepouz la k ap defile devan li, Li te wè nou chak. Nou TOUT te gen je fikse SOU LI. Li di ke nou te moun ki pi bèl ke l te janm wè nan vi l. Te gen yon ti bagay konsènan nou menm. Nou te parèt tèlman bèl pou li.

Sonje byen, sa a se te yon VIZYON Lepouz la; Sa Li t ap sanble, epi li di nou egzakteman sa L t ap fè. Koute byen.

L ap sot nan tout nasyon, sa pral fè Epouz la. Chak te gen cheve long, epi san makiyaj, epi vrèman bèl jennfi. Epi yo t ap gade m. Sa te reprezante Epouz la k ap soti nan tout nasyon yo. Ou wè? Limenm, chak te reprezante yon nasyon, antan yo t ap mache pafètman aliyen ak Pawòl la.

Lepouz la—kite m di sa ankò, LEPOUZ LA—ki sot nan tout nasyon, yo te gen je fikse sou pastè yo, sou yon gwoup moun… NON, se pa sa l di. Yo te gen je fikse SOU PWOFÈT LA, yo t ap gade l.

Toutotan ke yo te kenbe je yo fikse sou pwofèt la, yo t ap mache pafètman. Men, apre sa li avèti nou, yon bagay te rive. Gen kèk ki te retire je yo sou li epi yo te kòmanse gade yon lòt bagay ki te fèk disparèt nan dezòd.

Epi, lè sa a, m oblije veye L. L ap soti nan mach Pawòl sa a si m pa veye, lè L ap pase, si L rive pase. Petèt sa pral tan pa m, lè m fini, ou wè, lè m fini, oswa kèlkeswa sa l ye a.

Li oblije veye L, sinon L ap soti nan mach la pandan L pase. Men apre sa, li di: petèt se lè kote mwen menm, lè m ap fini, lè m p ap la ankò, Yo ka soti nan mach la si yo pa kenbe je Yo fikse sou li.

Li avèti LEPOUZ la klèman, Nou dwe kenbe je Nou fikse sou Vwa Bondye a sou bann yo. Se chemen sa a Bondye te prevwa pou jodi a. Sa se Vwa a ki pral ini e ki pral pèfeksyone Lepouz la. Si Nou retire je Nou ak zòrèy Nou sou Vwa a, N ap soti nan liy lan epi N ap tonbe nan dezòd.

Chak mesaj vin pi klè chak jou. Se Bondye toupwisan an ki devwal devan nou, k ap nouri Lepouz Li avèk Lamann kache a ke nou menm sèl ka manje. Li twò rich pou tout lòt moun, men Se Manje Kache a pou Lepouz la.

Ala yon Jou Aksyon de Gras Lepouz la genyen, L ap fete avèk Pawòl la, L ap vin Lepouz Pawòl Li ki pafè, Chedèv Li.

Li kanpe poukont li, menm jan ak Epou a, “lèzòm rejte Li, legliz yo meprize Li epi rejte Li.” Lepouz la ret kanpe konsa. Kisa sa ye? Se Chedèv Li a, ou wè, se Pawòl la, kote L ka aji, Li ka manifeste. Rejè a!

Vin jwenn nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke Bondye ap pale atravè zanj pwisan Li a, epi L ap fasone nou epi L ap poli nou pou nou vin yon Chedèv pou Bondye.

Frè Jozèf Branham

Mesaj: 64-0705 Chedèv La

Ekriti pou li anvan sèvis la:
Ezayi 53:1-12
Malachi 3:6
Matye 24:24
Mak 9:7
Jan 12:24 / 14:19

25-1123 Bondye Pwisan An Devwale Devan Nou

Mesagj: 64-0629 Bondye Pwisan An Devwale Devan Nou

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Branham Tabènak,

Ala yon bèl epòk n ap viv! Pawòl la ak Lepouz la ki fè Youn. Nou viv dèyè vwal la, nan prezans Glwa Shekinah a. Nou wè Bondye ki kache dèyè po setyèm zanj mesaje Li a. Bondye, yon lòt fwa ankò, ki kache dèyè po imen nou. Pa gen kesyon ankò. Pa gen dout ankò, nou SE moun Li chwazi yo, ki predestine, Pawòl la ki vin chè, Lepouz Pawòl la ki pafè.

Alò ke n ap ini atravè lemonn, n ap koute Vwa Li k ap pale epi k ap revele Pawòl Li ban nou nèt ale, Revelasyon konplè ke Jezikri se menm lan a yè, jodi a, e pou tout tan. Manifestasyon Pawòl la, Elohim, Bondye ki enkane epi k ap pale avèk Lepouz Li a. Bondye ki enkane k ap viv epi ki rete nan nou. Pwogram final Bondye a kounye ap manifeste nèt epi li revele nan nou.

Nou tèlman kontan e rekonesan anvè Seyè a dèske yo rele nou moun dwòl epi ki fou avèk fil ki etranj. Men, nou konnen avèk ki Moun nou lye epi ki moun nou ye: Lepouz la ki Lye avèk Bann Bondye yo; e Sa atire nou vin jwenn Li, n ap vin pi pre alò ke n ap fè YOUN AVÈ L, Jezikri, menm lan a yè, jodi a, e pou tout tan.

Nou franchi vwal la e nou antre nan Kolòn Dife a, epi nou sòti avèk benediksyon Bondye! Moun yo pa ka wè Li. Yo pa ka konprann Li. Men pou nou, li evidan, paske nou nan menm lespri ak Konpozitè nou an ak Direktè nou an. Se vwa Bondye sou bann yo, k ap kondwi Lepouz Li a.

N ap viv sou Pen Pwopozisyon an, Lamann ki sèlman bay pou yon pèp ki separe. Se sèl bagay nou ka manje. Se sèl bagay nou gen dwa manje. Epi Li sèlman pou moun ki gen dwa, moun ki predestine e ki konnen sa L ye.

Mwen jis renmen tande L k ap di nou KI MOUN NOU YE:

Menm Moun ki te desann jou Pannkòt la se menm Sentespri a ki manifeste jodi a, de Glwa an Glwa. Epi li retounen vin Semans orjinèl la, avèk batèm Sentespri a; avèk menm siy yo, menm mirak yo, menm batèm lan; menm kalite moun yo, k ap aji menm jan an, avèk menm pwisans lan, menm sansasyon an. Se de Glwa an Glwa.

Nou retounen nan Semans orijinal la avèk batèm Sentespri a. Menm siy yo, menm mirak yo, menm batèm nan, menm kalite moun yo, y ap aji menm jan an, avèk menm pwisans lan, menm sansasyon an.

NOU SE LEPOUZ LI KI PAFÈ, KI RETABLI KONPLÈTMAN, LEPOUZ PAWÒL LI KI TANDE BANN!

Nou genyen. Nou rete. Nou kanpe. Nou egziste grasa Pawòl Li ki pi ki te sere pou Lepouz Li. L ap pèfeksyone nou jou apre jou. LAFWA nou rive nan nouvo nivo, lè nou konnen KI MOUN NOU YE, epi li:

Enkontestab, non negosyab, e sitou, ENKONDISYONÈL.

Èske ou vle pi kontan pase jan ou te ye anvan?
Èske ou vle 1000% satisfè ke sa w ap tande a se Men Sa Seyè A Di?
Èske ou vle vin pafè grasa Pawòl Bondye a?

Alò, mwen envite w vin jwenn nou, Branham Tabènak la, Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande Vwa Bondye a k ap pwononse ban nou Pawòl Lavi Etènèl: Bondye Pwisan An Devwale Devan Nou 64-0629.

Frè Jozèf Branham