Mesagj: 61-0730M Enstriksyon Gabriyèl Yo Pou Danyèl
All posts by AutoPost7
26-1115 Adopsyon #4
Mesagj: 60-0522E Adopsyon #4
- 26-1115 Adopsyon #4
- 25-0525 Adopsyon #4
- 21-0712 Adopsyon #4
- Sitasyon pou jou / Pen chak jou
- 18-0708 Adopsyon #4
- 16-0228E Adopsyon #4
Byenneme Konvèti,
Lè nou Peze Jwe, n ap tande Pawòl Bondye ki enfayib. Chak Pawòl se Verite, chak fraz se Verite. Yo rele nou e yo prezève nou, nou ranpli e yo mete nou apa; ranpli ak Sentespri a, e nou deja nan Peyi Karanan. Nou pa pè anyen…ANYEN, nou konnen kiyès nou ye.
Piske nou rete fidèl ak Pawòl Li a, jan Li mande nou, Li pral di nou ke Li kite yon eritaj pou nou. Ki lè Ou te fè sa, Papa? Lè M te chawzi nou e ke M te ekri non nou nan Liv Lavi Ti Mouton an anvan fondasyon mond lan.
Lè plenitid tan an te rive, Mwen te voye Jezi, Ti Mouton an, ki te mouri depi fondasyon mond lan, pou nou te ka resevwa eritaj nou pou nou vin piti gason ak pitit fi Mwen, bondye amatè.
Mwen te oblije tcheke nou pou wè si nou t ap fè bri ou si nou te gen kote lous anvan M te ka plase nou.
- “Èske nou kwè ke jwe Vwa Mwen sou bann yo nan legliz la se mal?”
- “Wi, nou pa ta dwe jwe bann nan legliz.”
- “Kondane sa. Nou fè bri.”
- “Èske nou kwè ke Pawòl Mwen sou bann yo bezwen entèpratasyon?”
- “Wi, Li bezwen yon moun pou eksplike Li.”
- “Nou fè bri. Mete sa deyò. Nou poko pare.”
Lè nou pare, n ap di “Amèn” a chak Pawòl.
- “Èske nou kwè ke Mwen se menm lan a yè, jodi a e pou tout tan?”
- “Amèn.”
- “Èske nou kwè ke Vwa Mwen sou bann yo se VWA KI PI ENPÒTAN ke nou dwe tande?”
- “Amèn.”
- “Èske nou kwè ke Vwa Mwen sou bann yo pral ini Lepouz la?”
- “Amèn.”
- “Èske nou kwè ke pwisan anj Mwen pral prezante nou ban Mwen?”
- “Amèn.”
Nou kòmanse solid kounye a. Mwen tcheke nou pou wè si nou fè bri ou si nou gen kote ki lous. Mwen pare pou fèmen pòt la. Mwen pral poze So Mwen sou nou. Nou pase enspeksyon Mwen an.
Kounye a kite M di nou yon bagay, pèp cheri Mwen ki nan peyi kote nou tande bann yo, a letranje oubyen kèlkeswa kote nou ye a, nou pa bezwen pè. Tout bagay anfòm. Mwen te konnen nou anvan fondasyon mond lan. Mwen te konnen tout bagay ki ta pral rive.
M ap vin chèche nou byento pou mennen nou yon Plas kote pa gen lanmò, ni lapenn, ni jalouzi, ni anyen; jis pèfeksyon, lanmou pafè.
Disi la, pa janm bliye, Mwen ban nou Pawòl Mwen an, nou SE PAWÒL MWEN ki fèt chè. Si nou bezwen NENPÒT BAGAY, pwononse Li, answit kwè L; Se eritaj nou.
Mwen pral voye Vwa Mwen ban nou ankò Dimanch sa e M pral eksplike nou tout Sa. M pral di nou ankò kiyès nou ye, kote nou prale, e kijan Sa ye laba a, nan moman an.
Vin jwenn Lepouz Mwen alò ke M pral fè yo chita ansanm nan lye selès Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, epi tande M k ap plase nou nan pozisyon nou pa Pawòl Mwen an. 60-0522E Adopsyon #4
Frè Jozèf Branham
26-1108 Adopsyon #3
Mesagj: 60-0522M Adopsyon #3
Byenneme Moun Yo Adopte Yo,
Gouvènman nan lemonn ap di moun yo: “Prepare nou, prepare nou pou fen mond lan. Sere manje ak dlo pou fanmi nou pou nou ka ekipe pou sa k ap vini an.” Mond lan nan panik. Kisa k pral rive? Kisa demen pral pote?
Nou temwen yon pwofesi k ap akonpli devan je nou. Mond lan ap kraze. Laperèz ak panik ap gaye toupatou; pèsonn pa konnen sa k pral rive. Kisa lavni rezève? Kisa nou ka fè? Èske se lafen an sa?
Pandansetan, Bondye Papa a avèti nou epi L ap prepare nou tou. Li deja sere dlo ak manje pou nou, epi n ap regale nou epi n ap bwè nan pi atèzyen nou an. Nou pare, pa pou fen mond sa a, men pou Anlèvman an!
Lepouz Kris la pa janm pi kontan oswa pi satisfè pase kounye a. Papa Bondye di ti Lepouz Li a, toupatou sou latè: “PA PÈ, rejwi nou. Se Nou menm Mwen chwazi. M ap prepare nou pou yon Anlèvman, pou Jou Maryaj nou an. M ap retire nou nan dezòd sa a. Nou se pitit Gason ak pitit Fi Mwen adopte. Tan an ap akonpli.”
Ala yon jibile nou genyen. Chak Pawòl nou tande se yon ti moso lò pou nou. Nou senpleman pran L epi nou kontinye poli L, poli L ankò e ankò. Apre sa, nou di:
“Sen, sen, sen Seyè.” “Sen, sen, sen Seyè.” “Sen, sen, sen Seyè.”
Je nou fikse sou Kalvè a, e pa gen anyen ki ka kanpe nou! N ap mache sou Chemen Wa a, wenn avèk bon Lwil Onksyon, n ap avanse nan Kote ki pi Sen an.
Retire sa nan lespri w ke w pral pèdi epi w pral fè sesi, epi ou pè sela. Ou pa bezwen pè anyen, paske L ap eseye di w kote w ye, kimoun ou ye, kijan w kanpe.
Mond lan anvayi pa LAPÈ, epi an menm tan, Bondye Papa a di nou: “Pa pè ANYEN. Mwen di w kiyès ou ye e ki kote w prale.” …GLWA!!
Akoz feblès imen nou an, nou echwe chak jou. Nou fè anpil erè. Nou fè anpil bagay nou pa ta dwe fè. Epi dyab la ap frape nou san rete, ap mande nou kijan nou ka fè se nou menm ki Lepouz la.
Men yo anseye nou. Nou konnen egzakteman sa pou nou fè: Peze Jwe pou tande sa Bondye Papa a gen pou L di.
Bon, ou ka fè sa ki mal, e chak fwa w fè sa ki mal ou pral peye pou li. Wi, mesye, w ap rekòlte sa w seme! Men sa pa gen anyen pou wè ak sali w. Lè w ne ak Lespri Bondye, ou gen Lavi Etènèl e ou paka mouri menm jan ke Bondye paka mouri. Ou se yon pati nan Bondye, ou se yon pitit Bondye.
Sa te fè Bondye plezi pou L te predestine nou. Sa te fè Bondye plezi pou L te fè nou tounen Pitit Gason ak Pitit Fi. Sa te fè Bondye plezi pou L te adopte nou. Sa te fè Bondye plezi pou L te ban nou vrè Revelasyon sou kiyès Li ye e kiyès nou ye. Sa te fè Bondye plezi pou L te mennen zanj Li a lòt bò rido tan an, pou L te montre l NOU menm lòt bò a, yon fason pou nou te ka rejwi epi pou nou pa bezwen PÈ MENM.
Malerezman, bann sa yo pa pou tout moun. Yo sèlman pou legliz pwofèt la… Glwa, se nou menm sa. Chak fwa nou jwenn yon ti moman, e chak fwa nou reyini ansanm, sèl sa nou vle fè se Peze Jwe pou n ka tande Vwa Bondye.
Gen lòt moun ki byen konprann sa. Senpleman, yo pa wè l menm jan avè nou. Yo konprann li menm jan an tou, men pou nou menm… Sa a tèlman bon pou n kanpe gade l; paske nou konnen se mwayen Bondye Papa bay pou jodi a.
Chak jou, mond lan ak moun ki ladan l yo vin pi deprime. Tout bagay parèt pi sonm e pi tris. Men pou Lepouz la, chak jou pote plis eksitasyon atravè Revelasyon. Nou an repo, nou ranpli ak Sentespri Li, epi nou chita ansanm nan lye Selès.
Èske w te janm mande tèt ou kijan sa te ye nan jou Lapannkot la, lè yon gwo van fò te soufle epi Sentespri a te ranpli chanm nan, ansanm ak tout moun ki te la yo?
Nou pa bezwen imajine l ankò. Vini jwenn nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke L ap rasanble èg Li yo ansanm, L ap ranpli kote w ye a ak Sentespri Li, epi L ap prepare nou pou Retou Li ki iminan, lè L ap ba nou manje Li te sere pou nou an. Nou pral manje e n ap bwè nan depo Li: Vwa Bondye ki sou bann yo.
Frè Jozèf Branham
Mesaj: Adopsyon #3 60-0522M
Ekriti:
Matye 28:19
Jan 17:7-19
Akt 9:1-6, Chapit 18 e 19
Women 8:14-19
1 Korent 12:12-13
Galat 1:8-18
Efèz Chapit 1
Ebre 6:4-6, 9:11-12
26-1101 Adopsyon #2
Mesagj: 60-0518 Adopsyon #2
Byenneme Cheri Mwen,
Èske nou pare, nou menm pitit gason ak pitit fi Bondye ki manifeste e ki adopte, pou nou chita ansanm nan lye selès, ini avèk Lepouz la toupatou nan mond lan, pou nou tande Vwa Bondye k ap pale avèk nou de bouch a zòrèy?
Wi!!! Nou pare pou n tande Vwa Bondye di nou egzakteman kiyès nou ye.
M rele w “cheri” paske se sa w ye. Noumenm—nou se cheri m yo. Ou konn kisa? Kite…Men yon Ekriti ki vin nan tèt mwen. Pòl te di, “Mwen fè jalouzi pou nou (Legliz Li a) avèk yon jalouzi diven, paske mwen fiyanse nou.” Men li, se egzakteman sa. Se sa menm. “Paske mwen fiyanse nou, fiyanse nou avèk Kris la, tankou yon jenn fi ki vyèj.”
Glwa pou Bondye, zanj Li a fiyanse nou avè L. Nou se vyèj ki pi devan Pawòl Li a, Mesaj sa a, devan Vwa Li ki sou bann yo. Kounye a, nou fiyanse ak Kris la.
Dimanch, n ap pare, avèk gwo atant. Nou pral mòde dwèt nou, sere konsyans nou, epi kenbe kè nou. Nou pral rele ankò, n ap fè lwanj pou Seyè a, n ap rele “amèn, alelouya”, menm jan sa te ye lè zetwal maten yo te chante ansanm epi pitit Bondye yo te rele de jwa; lè yo te wè plan delivrans lan, lè Bondye te ekri non nou nan Liv Li a anvan fondasyon mond lan.
Èske nou ka konprann ke Papa Bondye te tann NOU, depi nan kòmansman mond lan rive jis jodi a? Li te wè ki jan nou t ap manifeste nan dènye jou yo; Li t ap tann avèk enpasyans pou nou leve avèk pwisans Sentespri a, yon fason pou L ka revele nou bagay sekrè ki te rete kache jiska jodi a.
Atravè laj yo, pwofèt yo te tann pou bagay sa yo manifeste nan dènye jou yo. Papa Bondye nou te di Li te tann pou Legliz Li a grandi depi laj Luteryen an, laj Batis, laj Metodis, laj Pannkotis, e kounye a jiskaske Wòch final sa a pran pozisyon l. Lè sa a, Batiman an ap fini.
Jou Seyè a te pwomèt yo, jou Li te pale de yo e Li te anvi wè yo rive, e y ap akonpli devan je nou… EPI ANNDAN NOU. Kounye a, nou nan Jezikri, chita nan lapè Selès, benediksyon Selès, Lespri Selès, kote tout bagay pou nou. Nou nan Latè pwomiz la epi nou nan posesyon total de tout bagay.
Premye Semans Li a te rive nan matirite total epi Li te prezante devan Lepouz Li. Sentespri a te retounen al fè Papa Bondye rapò, epi Li te di sa konsènan zanj pwisan Li a:
Zanj ou a ap grandi nan gras! Li zele. Li pran mouton sa yo epi li konnen kijan pou l pran swen yo egzakteman tankou W. Li pap janm ba yo move alg. Li pap janm ba yo move zèb. Lè yo vin bò kote l, epi yo di: “Nou vle antre nan legliz la,” li reponn yo: “Fèmen bouch nou, nou pa bezwen sa! Non, mesye. Men sa nou bezwen: ‘Repanti, epi kite yo batize nou chak nan Non Jezikri, pou padon peche nou yo. Epi n ap resevwa don Sentespri a.'”
“O, èske li di sa toutbon?”
“Wi, Mesye, li di sa toutbon vre.”
“Ebyen, se egzakteman jan M te ekri L la.”
“Se egzakteman jan li di L la.”
“Ou konn kisa? Mwen te wè Achevèk Entèl di l ke li ‘pa ka vini nan vil sa a pou l fè yon reyinyon.’ Men, ou konn yon bagay, Mwen yon ti jan gide l; Mwen te di l: ‘Ale kanmenm.’ Yo te di l li ta pi bon pou l retire tout bann li yo, epi pou l pa kite yo sikile. Nou te ale kanmenm!”
“Sa se pitit gason Mwen Adopte a, sa M t ap tann nan. Kounye a M ka pale atravè li pou M revele tout mistè kache Mwen yo bay mouton M yo.”
“O Bondye Papa m.”
“Kounye a, èske Ou ta renmen m fè W yon rapò sou lòt pitit Ou yo?”
“Wi, kijan yo ye?”
“O Papa… Ou t ap tèlman fyè de yo. Yo vrèman sanble avè W. Vye achevèk sa yo kontinye di yo menm bagay la: pou yo pa ale nan legliz kote yo itilize bann yo pou tande Vwa W. Yo di bann yo pa Vwa ki pi enpòtan yo dwe tande a; gen lòt vwa ki pi enpòtan kounye a.”
“Èske W konn sa Mouton W yo di predikatè sa yo?”
“FÈMEN BOUCH NOU! N AP RETE AVÈK BANN YO, N AP RETE AVÈK VWA BONDYE A.”
“Èske se vre?”
“Wi, Seyè, yo sanble menm jan avè W.”
“O, ala bèl bagay! Sa fè M kontan anpil. Mwen t ap tann yo depi lontan. Kounye a, yo menm tou, yo pare pou ADOPSYON AN!!”
“Y ap nan pòs travay yo Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, pou yo tande Vwa W. Y ap ini, y ap rasanble toupatou nan mond lan, epi y ap envite tout moun vin jwenn yo.”
“Ala bèl bagay! M AP LA AVÈ YO.”
Frè Jozèf Branham
Rapèl: Pa bliye chanjman lè Lès la.
Mesaj: Adopsyon #2 60-0518
Ekriti:
Jenèz 1:26
Efèz Chapit 1
Women 8:19
Galat 1:6-9
Ebre Chapit 6
Jan 1:17
21-0127 ÈG YO AP RASANBLE
ÈG YO AP RASANBLE
27/01/2021
Chè moun ki te chwazi yo,
Lepouz ki toujou ap benyen nan gwa pawòl Li tap tande dimanch lan.kè nou ap rejwi e lespri nou yo monte ro ;chak jou nou pran konsyans pi plis nou se moun sa yo li te chwazi, Li vinn pi plis reyèl nan nou, alò nou tande mesaj tonè a e li di nou: Gade map voye pou nou pwofét Eli.Li pral vwa Mwen pou nou.Li pral revele nou tout sekrè yo.Sa pral ban nou lafwa pou anlèvman an nou bezwen an pou nou Madanm mwen.”
Tout sa nou bezwen nap jwen li nan NOURITI KI NAN DEPO A. Li te di: “Mwen pap pral fè anyen san Mwen PA revele ak pwofét mwen.Mwen te revele li e li pral revele l nou.nan sans sa tout sa nou bezwen nap jwen li NAN KASÈT YO.
Men li prepare l pou nou. Nou dwe prepare nou toutan pou vini l lan.Nou dwe konstamman nan pawòl li. Konba a dechennen e pa gen lòt mwayen viktwa sou enmi an: Ak PAWÒL LA.
Kisa map eseye di? Mwen pap eseye fè nou pè mwen vle nou rete vijilan Se pou nou rete prepare n, veye ,chak
minit Sispann bagay sòt nou yo_ . rantre nan bagay serye yo ak Bondye, paske li pi ta ke jan nou pat panse l.
Nou dwe ap fè bagay yo serye. Pawòl dwe nan lespri nou e nan kè nou chak minit chak jou.Lè nou leve matin,pandan nou nan travay,pandan nou ap bale kay nou.pandan nou ap bay timoun nou yo lesson,pandan nou machine nou,nan magazen an, nenpòt sa nou ap fè, nou dwe ap medite sou pawòl e pale ak li nan tout jounen an.
Moman an pwòch, lepouz, pi pwòch. Li manifeste pawòl li chak jou devan nou. Nou dwe pi plis kòm li nan chak jou ki pase. Negatif la tounen pozitif, kòm li te sa dwe rive.
Nou priye jouk li reponn nou jodia, demen e chak jou. Pa kite satan desann nou, kite pawòl la mete nou pi ro. Ki papa nou fè nou sonje alò nou ap pale ak li.LAP DI NOU PA BEZWEN PÈ, MWEN AVÈK NOU CHAK JOU.NOU SÈLMAN GENYEN POUN PRONONSE PAWÒL LA , PASKE NOU SE PAWÒL MWEN .
Tan an pwòch e mari vinn chache Madanm li kap tann li.Tout detay yo nan dènye minit sa yo ap regle.Mete nou prèt e nan gwo atant sa a.Kisa Li pral fè e revele m jodia?
Frè Jozèf Branham