26-0712 Uguhishura Kwa Yesu Kristo

Ubutumwa: 60-1204M Uguhishura Kwa Yesu Kristo

Ibimenyeshejwe Ibimenyeshejwe ku bijanye n’ugusobanura mu zindi ndimi bikorerwa muri Branham Tabernacle

Byenneme Gwoup Moun Pwofetik Yo,

Jan nou renmen mo REVELASYON an! Nou pa janm ka mete ase aksan sou enpòtans TOUT vrè Revelasyon Sentespri a bay yon vrè kwayan. Revelasyon an pi enpòtan pase lavi pou Lepouz la, paske sou WÒCH SA A, REVELASYON AN, m ap bati Legliz mwen an, epi pa gras avèk mizèrikòd Bondye, nou se Legliz Li, avèk vrè Revelasyon Li.

Liv Apokalips la pa pou tout moun. Pa gen pèsonn ki ka konprann Li. Se yon Liv pwofetik ki ekri pou—e se sèlman yon kategori moun pwofetik ki ka konprann Li: NOU menm, Lepouz Jezikri a.

Se sèl Liv Kris te ekri Li menm nan tout Bib la, men Li te voye L e te revele L bay sèvitè Li Jan, atravè zanj Li. Disip yo pa t konnen verite sa yo ki te ekri. Yo pa t revele yo sa anvan. Menm Jezi pa t ka di yo ki kote L t ap ye ladan L; paske Papa a pa t revele l ba Li.

Men kounye a, apre lanmò e rezirèksyon Li, e nan moman patikilye sa a, Li ka voye Revelasyon sa a bay Jan, sa glwa ak prezans Li nan legliz la t ap vle di e sa L t ap fè.

Men menm kounye a, apre de mil ane, mond lan ap mande tèt li, teyolojyen yo etidye epi delibere, men pèsonn pa gen entèpretasyon avèk Revelasyon ki kòrèk sou mistè sa yo ki te ekri nan Liv Apokalips la jiska jounen jodi a, jiska moman sa a, lè Bondye te voye menm zanj sa a sou tè a pou revele tout bagay Sa yo ban NOU, Lepouz Li te chwazi a.

Pou eseye konprann grandè lefèt ke Bondye te chwazi m, epi Li te chwazi w; pou gen Vrè Revelasyon Pawòl Li, se yon bagay ki depase tout deskripsyon imen. Alò ke gen anpil moun ki pretann yo swiv Mesaj la epi ki di yo kwè Bondye te voye yon pwofèt, yo pa gen tout Revelasyon an pou yo konnen konsekans ki genyen lè yo pa fè Vwa Li a vwa ki pi enpòtan yo DWE TANDE. Pou gen Revelasyon Vwa Li sa a nan jou sa a se vrèman yon Pèl ki gen anpil valè.

Bondye chwazi nou pou nou revele VRÈ REVELASYON sa a. Konsa, nou se VRÈ LEGLIZ Li, lame envizib Li ke Satan pa gen pouvwa devan L, e li definitivman kale. Avèk Vrè Revelasyon Li nan vi nou, pòt lanfè yo pa ka genyen kont nou, men nou pral genyen sou yo. Pa gen ANYEN ki ka kanpe devan nou.

Vrè Revelasyon konplè pou jodi a se rekonèt enpòtans Vwa Bondye a pou epòk nou an. Si ale legliz, fè pati legliz, fè sakrifis, priye, epi adore Bondye se tout sa Bondye mande, alò Bondye t ap enjis pou L kondane Kayen paske li te fè egzakteman sa Li te di l fè a.

Men sa Vwa ki sou bann yo vle di pou nou:

Revelasyon tout bagay la te plase la a ak yon benediksyon pou moun ki li L epi ki tande L, epi yon malediksyon pou moun ki pral ajoute oswa retire ladan L. Sa se kanon konplè a, oh, absoli a. Pa gen anyen ki ka ajoute ladan L. Epi lè yon moun eseye retire nenpòt bagay ladan L, oswa ajoute nenpòt bagay ladan L, Bondye di L ap retire menm pati a nan Liv Lavi a. Ou wè? L ap retire pati pa l nan Liv la, si l ajoute ladan L.

Kòm jamè, Bondye bay yon MWAYEN PAFÈ pou nou pa ajoute ni retire anyen nan Pawòl Li. Li ban nou opòtinite pou nou tande Vwa Li pandan L ap pale epi L ap revele Pawòl Li ban nou. Pa gen anyen ki pi gran pase sa.

Sa a se VRÈ REVELASYON an pou jodi a.

M tèlman eksite e m anba gwo atant sou tout sa Seyè a rezève pou nou pandan n ap koute, li, epi etidye Sèt Laj Legliz yo. Bondye te ekri L, Li te voye zanj Li pou fè Jan konnen L, epi Li te tann pou nou te la sou tè a nan moman sa a menm pou L te ka voye menm zanj sa a ban nou pou revele L!

Pa janm te gen yon moman ki pi gloriye nan listwa mond lan pase jodi a. Pa janm te gen yon pi gwo onè yo bay lèzòm pase pou yo gen opòtinite pou yo tande Vwa Bondye poukont yo. Pa janm te gen yon lè kote Vwa Li te ka rasanble Lepouz Li, tout an menm tan.

Prepare nou, Bondye pral ban nou plis Revelasyon sou Li menm ak sou kiyès nou ye: lame envizib Li a, Dam Li chwazi a, Byenneme Li ke L t ap tann depi nan kòmansman tan an.

Pa gen anyen ki ka retire sa nan men nou. Li ankre nan kè nou ak nanm nou kòm jamè. Kounye a, li vin tounen yon reyalite ki ban nou Lafwa pou nou anlve.

N ap kòmanse gwo vwayaj nou an Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande premye Mesaj la: 60-1204M Revelasyon Jezikri.

M vle ankouraje nou pou nou pran liv Sèt Laj Legliz nou, li l nan trankilite chanm nou epi etidye l, chapit pa chapit, chak semèn. Nou pral ini ansanm pou nou koute Vwa Li, epi apre sa pou nou etidye Pawòl Li.

Frè Jozèf Branham