23-1112 Bondye Pap Rele Lòm An Jijman San L Pa Avèti L Dabò

Mesagj: 63-0724 Bondye Pap Rele Lòm An Jijman San L Pa Avèti L Dabò

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Resò Angrenay, Resò Prensipal, Fèmye ak Madan Lakay,

Kèlkeswa sa Bondye ban nou fè, nou gen responsabilite sou sa. Nou gen kont a rann Bondye pou sa. Kèlkeswa jan lènmi an ka di nou ke nou ensiyifyan, nou tèlman enpòtan pou Bondye ke gwo lòlòj Li pa ka fonksyone san nou.  

Li rele nou, chwazi nou, predestine nou, epi ban nou yon Revelasyon sou gwo Mesaj Li sou lafen tan an. Li gen 100% konfyans nan nou. Nou se Lepouz Jezikri a menm, Cheri Li, e Li tèlman renmen nou.

Li te toujou avèti moun yo atravè nasyon yo: “Repanti nou sinon n ap peri”, “Retounen a Pawòl la”, “Prepare nou, gen yon bagay ki pral rive”. Tan sa a finalman rive. Bondye ap vini pou Lepouz Li, jan L te pwomèt nou Li t ap fè l. Li rele Wou Li pou l soti nan wou a. 

Anpil moun elwaye yo de gwo Mesaj Bondye sou lafen tan an jodi a, yo di: “sa li di ki t ap rive, pa rive. Tout bagay menm jan an”. Pakèt jenerasyon pase anvan anpil pwofesi pwofèt Bondye yo te akonpli. Men yo rive malgre tou, egzakteman jan yo te di l, Pawòl sou Pawòl.  

Bib Li di nou: “Kòm sa te ye nan epòk Noe, se konsa l ap ye lè Fis de lòm lan pral vini”. Anvan Bondye voye jijman an pou detwi mond lan nan gwo aj antediluvyen sa a, Bondye voye yon pwofèt nan mond lan. Kisa pwofèt sa a fè?

Li prepare moun yo pou lè a. Noe te prepare moun yo, e se te yon apèl mizèrikòd anvan jijman an.   

Noe te prepare moun yo anvan jijman an te vini, li te avèti yo sou sa. Se te Chemen ke Bondye te bay pou jou sa a. 

Pwofèt Bondye a te di nou ke Bondye pa janm chanje pwogram Li. Sa L te fè epòk sa a, Li fè menm bagay la jodi a. N ap jis RETE AVÈK PWOGRAM KE BONDYE BAY LA POU JODI A EPI PEZE JWE. 

Tankou lè sa a, moun yo di ke nou akòde twòp enpòtans a pwofèt Bondye a; Se Sentespri a, pa William Branham. Nou di: AMÈN, nou pa koute mesye a, nou jis ap koute sa LI MENM LI DI.  

Sentespri a se Pwofèt lè sa a; Li konfime Pawòl Li, Li pwouve L. Sentespri a se te Pwofèt epòk Moyiz. Sentespri a se te Pwofèt epòk Miche. Sentespri a, ki ekri Pawòl la, Li vini epi Li konfime Pawòl la.

Men Frè Branham fèk di nou semèn pase:

Kounye a, nou wè, m toujou mande nou pou nou fè atansyon ak sa n ap koute. Nou wè? Gen anpil ladann ki jis fè pati bò kote imen an. 

M pa di se Seyè a ki di m sa. “Mwen” kwè, nou wè. E mwen kwè ke li pa ta dwe fèt.

Pou mwen menm ak lakay mwen, m pi pito sa setyèm anj mesaje Bondye a KWÈ, PANSE OUBYEN MENM SA L RESANTI pase nenpòt lòt minis, evèk ou moun. 

Kiyès Bondye janm voye pou jije sa pwofèt Li kwè, panse oubyen menm sa l panse ki enspire ou non?…Kite m di nou kiyès m panse.

Gade Kore, epòk lè Bondye te voye Moyiz avèk mesaj la, epi Kore ak Datan te panse, yo vin bò kote Moyiz, epi yo di: “Bon, jis on minit, ou pran twòp bagay sou ou! Ou panse ke ou se sèl ti wòch sou plaj la; sèl kanna nan ti mas dlo a, ke se sèl ou menm. M ap fè w konnen ke gen lòt moun ki sen tou!” 

Atansyon, jijman an toupre. Retounen nan PAWÒL ORIJINAL LA. Retounen nan Vwa Bondye ki konfime pou epòk nou an. Retounen a pwofèt Bondye a. Mesaj sa a, Vwa Li. Li dwe PREMYE bagay e bagay ki pi enpòtan pou nou. 

Pa gen dout ke lòt moun gen on vwa, epi yon apèl, pou preche epi anseye Mesaj sa a. Men Bann yo, Vwa sa a, dwe Vwa a ki pi enpòtan ke nou ka tande lakay nou, nan machin nou, epi pi enpòtan, nan legliz nou, si nou vle vin Lepouz Bondye. 

Vin tande Vwa sa a avè nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke pwofèt Bondye a ap avèti mond lan ke Seyè a pral Vini byento. Sa ta ka dènye fwa a.

Frè Jozèf Branham

Bondye Pap Rele Lòm An Jijman San L Pa Avèti L Dabò 63-0724.

Ekriti pou li anvan sèvis la:

Ezayi 38:1-5

Amos Chapit 1