23-1105 Li Sousye L. E Oumenm?

Mesagj: 63-0721 Li Sousye L. E Oumenm?

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Timoun Levanjil Yo,

Nou se pèp ki pi beni ki te jan m mache sou sifas tè a. Èske nou ka menm kòmanse imajine setyèm anj mesaje Bondye chwazi a k ap di nou pawòl sa yo:

Mwen renmen nou. Oh, mwen renmen nou tankou nou te pwòp pitit mwen, e nou se pitit mwen nan Levanjil. Mwen te anjandre nou nan Kris, pa mwayen Levanjil la.

Bondye tèlman gen sousi pou nou ke Li voye nou pwofèt Li ki konfime avèk siy Kolòn Dife a pou fè nou konnen ke se pat sèlman nònm sa a ki t ap mache ansanm avèk nou, men se te Bondye ki jis anlè li. Se Li menm kap mennen chemen an.  

Paske L gen sousi pou nou, anvan gwo jijman an vini, Li prepare yon chemen pou libere nou de tout jijman k ap vini yo. Mwayen sa a pou chape se sèlman pou nou, Eli yo. Se nou menm ki aksepte jèm Lavi sa a. Se nou menm ki te predestine pou wè Li. Se nou menm ki gen on Revelasyon gwo ministè bann sa a. 

Li te mouri pou ministè sa a. Li te mouri pou Sentespri a te ka isi a nan jou sa a pou montre bagay sa yo. Li te sousye L de nou. Li te sousye L pou pote L isi a. Li te sousye L pou fè deklarasyon an. Li te sousye L paske Li te renmen nou. Li te sousye L ase pou fè sa, pou voye Sentespri an bay sa, fè ministè sa a jodi a.

Si nou predestine a Lavi Etènèl, n ap tande Li epi n ap rejwi nan Li. Se Konfò nou. Se Bagay nou t ap reve tout vi nou. Se Pèl gwo pri sa a. Nou abandone tout bagay pou Mesaj sa a, Vwa sa a. Se Seyè nou Jezikri k ap pale avè nou.

Pèsòn bezwen fè nou mache, NOU KWAYAN, pa gen anyen ki ka retire L nan men nou. Sa pa enterese nou sa lòt moun di, nou kwè chak Pawòl.  

Li tèlman gen sousi pou nou; si nou bezwen gerizon, nou jis kwè Pawòl Li depi fon kè nou. Apresa, sa pa di nou anyen sa nenpòt konsiltan, nenpòt konsolatè, nenpòt doktè, nenpòt lopital, nenpòt dyagnostik ta di, nou jis kwè Pawòl Li. Nou jis konnen L! Nou pa bezwen di anyen lòt bagay sou Li; nou konnen L.   

Li tèlman gen sousi pou nou ke Li mande pwofèt Li sere Manje a pou Lepouz li. Li menm mande chak pastè, minis, epi gwoup moun atravè mond lan pou yo swiv enstriksyon l yo epi jwe bann sa yo nan KONGREGASYON yo oswa gwoup yo.

Si nou menm nou jis fè sa a maten an, nou menm nou pral priye pou nou, epi nou menm kap tande bann sa a, toupatou nan lemonn, epi apre ke bann sa a fin jwe, epi ke minis la oubyen moun la kap jwe li nan yon asanble, gwoup ki nan lajeng ou kèlkeswa kote nou ye a, kap jwe li, dabò nap fè konfesyon nou klè, epi apre vini avèk anyen menm nan kè nou, men lafwa, e nap priye pou nou, genyen, Medsin lan pral pran plas. 

M te panse moun k ap kritike nou yo te di ke pwofèt la p at JANM DI pou jwe bann yo nan legliz la? Non sèlman li di nan legliz yo, men nan jeng yo oswa KÈLKESWA kote nou ye…JWE BANN YO.

Si nou obeyi e nou fè egzakteman sa Bondye te di pa setyèm anj mesaj Li ki konfime, alò nou menm tou nou ka gen pi gwo LAFWA ke nou janm ka genyen.

Mwen menm, mwen… dabò, e pou nou abòde sa a, oditwa a dwe wen ak lafwa. Nou menm—nou menm, si nou pa gen lafwa, lè sa a gen—pa gen okenn nesesite pou nou menm vini pou yo priye pou nou, paske sa pral pran lafwa w avèk lafwa mwen ansanm; lafwa mwen pou kwè nan Li, lafwa nou pou kwè nan Li. 

Nou pa pretann, oubyen devine, oubyen espere sa. Bann yo se Chemen Bondye bay pou jodi a. Se pa pawòl on nonm ki rele William Marrion Branham, se Pawòl Seyè Jezikri nou ki revele. Se “Amèn!” absoliman. Se ultim nou. Se Laverite e anyen lòt ke Laverite.

Epi lè nou jwenn absoli Bondye a, Pawòl Li a, yon pwomès sou yon bagay kèlkonk, nou dwe konnen dabò ke se Pawòl Bondye a, ke bagay nou wè k ap fèt yo se Bondye. Gen—pa gen—pa gen okenn “petèt se sa, li ta ka, li sanble se ta sa.” “Se Bondye!” Lè sa a, lè nou rive nan plas sa a, Kidonk, se pèl gwo pri a, nou dwe elwaye nou de nenpòt ki bagay ke nenpòt lòt moun di nou ki kontrè ak Li. Nou pa dwe gade a sa moun te reyalize. 

Nou pral gen yon TRÈ GWO BANKÈ LANMOU Dimanch sa a. Nou pral fè egzakteman sa setyèm anj mesaje Bondye a te di nou fè: Peze Jwe epi obeyi.

KÈLKESWA sa nou bezwen, n ap resevwa l. N ap resevwa L paske nou pral plase lafwa nou avèk LAFWA PA L pou kwè Li. Apresa nou tout pral di:

“Apati de kounye a, gen yon bagay nan kè m k ap di m ke pwoblèm mwen fini. Mwen—mwen byen, m ap byen”? Èske nou kwè sa? Leve men nou, “Mwen kwè Sa!” Bondye beni nou.

Paske Bondye gen sousi, mwen envite nou pou vin jwenn nou; oubyen ankouraje pastè nou, lidè nou, pou swiv enstriksyon pwofèt la, epi tande setyèm anj Bondye a k ap pwononse Pawòl Bondye a epi resevwa sa nou bezwen, Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville alò ke nou pral tande: 63-0721 Li Sousye L. E Oumenm?

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan sèvis la:

Jan 5:24 / 15:26

1 Pyè 5:1-7

Ebre 4:1-4