23-0716 Espas Nan Mitan Sèt Aj Legliz Yo Avèk Sèt So Yo

Mesagj: 63-0317e Espas Nan Mitan Sèt Aj Legliz Yo Avèk Sèt So Yo

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Ti Lis Letan,

Nou kreye on chemen rive anlè tèt dlo labou a epi nou louvri zèl nou yo. Ti petal nou yo soti epi kounye a nou reflete Lis nan Vale a. Nou konsakre vi nou nèt bay Bondye ak Pawòl Li.

Nou nan tan lafen an epi nou soti nan Lès e Lwès, nan Nò e Sid, epi n ap pare pou Anlèvman sa a. Nou rete an plas pandan kèk minit jiskaske chak fib ranpli ak Sentespri a. N ap pare pou nou MONTE.

Jou a rive. L ap rele pèp Li pou rasanble avè L nan on vrè inite avè L. Se Jezekri k ap viv ak Lespri Li nan kò nou, k ap fè menm bagay yo ke Li te fè antan ke senbòl pou mond lan.

Bagay ki pi sublim nan Ekriti a ap rive nan jou pa nou. On jès, ke menm on Anj, anyen, te ka fè, sèlman Ayo a. Li vini epi Li pran Liv la nan Men dwat Limenm ki te chita sou Twòn lan, Li ouvri L, Li rache So yo, epi Li voye L sou latè a, bay setyèm anj Li, pou revele L ba NOU, Lepouz Li.

Bagay yo k ap pase; Pawòl la ke L ap revele nou chak jou, pa gen mo. Nou elve vwa nou epi nou kriye epi nou rele: Alelouya! Onksyon an, pwisans lan, glwa a, manifestasyon an, Revelasyon Pawòl Li pi gran pase Li te janm ye depi kòmansman tan an.

Avèk tout kreyati yo ki nan Syèl la, epi ki sou latè a, epi ki anba tè a, sou lanmè a, epi tout sa ki ladan, nou rele: benediksyon, onè, glwa, pwisans, a Limenm ki chita sou twòn lan, epi a Ayo a pou tout tan, amèn! Amèn, epi amèn!

Tout kreyati, tout òm, depi kòmansman tan an, te tann pou jou sa a rive. Menm Bondye Limenm te tann jiskaske anj Li te chwazi a rive sou tè a, anvan Li vini pran Liv la, brize Li epi revele tout mistè Li yo bay Lepouz Li ke L te chwazi.

Nou konnen kounye a sa pèsonn te janm konnen sou tè a depi nan kòmansman an. Tout sa ki te pèdi nan chit la. Tout sa ki te kache nan Pawòl Li. Tout sa Lepouz la bezwen te anrejistre epi te depoze nan ti antrepo Bondye a.

Li montre nou sa ki genyen odela rido tan an epi nou wè tèt nou avè L lòt Bò a. Lepouz la pare tèt Li pandan L ap tande Pawòl la.

Nou te nan antrènman. Nou mete sou nou tout armur Bondye a. Anyen ka souke nou. Anyen ka fè nou pè. Anyen ka fè nou mal. Anyen ka fè nou fè konpwomi sou yon sèl Pawòl. NOU SE PAWÒL LA.

N ap tann Li avèk boukè nou nan men nou. Li prèske lè. Vye òlòj la ap mache. Nou tande chwal yo k ap galope, sab lan k ap glise anba wou yo. Vye bourèt la prèske kanpe.

Lè L ap rive, n ap soti nan vye mond sa a ale dwat nan Bra Li. Li pral pran nou epi Li pral di nou: “M ale pou M pare yon plas pou ou, men Tout bagay fini kounye a, cheri.”

Lè L ap Vini a tèlman pre. Nou gen gwo atant kòm jamè oparavan. Nou tèlman eksite alò ke Li vle ke nou tande Sèt So yo yon lòt fwa. Nou konnen ke nou pral resevwa plis Revelasyon, paske chak Mesaj ke nou tande se kòm si nou pat janm tande L anvan.

Viv jodi a epi tande Mesaj sa a li pi glorye pase lè Li te anrejistre. L ap revele nou plis toujou kounye a. Kisa k a rive?

Vin rasanble avè nou a midi, lè Jeffersonville, epi pran plezi tande: 63-0317A Espas Nan Mitan Sèt Aj Legliz Yo Avèk Sèt So Yo. Se Manje Ki Sere ke Seyè a pare pou Lepouz la manje.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li pou nou pare pou n tande Mesaj la:

Levitik 25:47-55

Jeremi 32:1-15

Zakari 3:8-9 / 4:10

Rom 8:22-23

Efèz 1:13-14 / 4:30

Apokalips 1:12-18 / chapit 5 / 10:1-7 / 11:18