26-1101 Adopsyon #2

Mesagj: 60-0518 Adopsyon #2

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Cheri Mwen,

Èske nou pare, nou menm pitit gason ak pitit fi Bondye ki manifeste e ki adopte, pou nou chita ansanm nan lye selès, ini avèk Lepouz la toupatou nan mond lan, pou nou tande Vwa Bondye k ap pale avèk nou de bouch a zòrèy?

Wi!!! Nou pare pou n tande Vwa Bondye di nou egzakteman kiyès nou ye.

M rele w “cheri” paske se sa w ye. Noumenm—nou se cheri m yo. Ou konn kisa? Kite…Men yon Ekriti ki vin nan tèt mwen. Pòl te di, “Mwen fè jalouzi pou nou (Legliz Li a) avèk yon jalouzi diven, paske mwen fiyanse nou.” Men li, se egzakteman sa. Se sa menm. “Paske mwen fiyanse nou, fiyanse nou avèk Kris la, tankou yon jenn fi ki vyèj.”

Glwa pou Bondye, zanj Li a fiyanse nou avè L. Nou se vyèj ki pi devan Pawòl Li a, Mesaj sa a, devan Vwa Li ki sou bann yo. Kounye a, nou fiyanse ak Kris la.

Dimanch, n ap pare, avèk gwo atant. Nou pral mòde dwèt nou, sere konsyans nou, epi kenbe kè nou. Nou pral rele ankò, n ap fè lwanj pou Seyè a, n ap rele “amèn, alelouya”, menm jan sa te ye lè zetwal maten yo te chante ansanm epi pitit Bondye yo te rele de jwa; lè yo te wè plan delivrans lan, lè Bondye te ekri non nou nan Liv Li a anvan fondasyon mond lan.

Èske nou ka konprann ke Papa Bondye te tann NOU, depi nan kòmansman mond lan rive jis jodi a? Li te wè ki jan nou t ap manifeste nan dènye jou yo; Li t ap tann avèk enpasyans pou nou leve avèk pwisans Sentespri a, yon fason pou L ka revele nou bagay sekrè ki te rete kache jiska jodi a.

Atravè laj yo, pwofèt yo te tann pou bagay sa yo manifeste nan dènye jou yo. Papa Bondye nou te di Li te tann pou Legliz Li a grandi depi laj Luteryen an, laj Batis, laj Metodis, laj Pannkotis, e kounye a jiskaske Wòch final sa a pran pozisyon l. Lè sa a, Batiman an ap fini.

Jou Seyè a te pwomèt yo, jou Li te pale de yo e Li te anvi wè yo rive, e y ap akonpli devan je nou… EPI ANNDAN NOU. Kounye a, nou nan Jezikri, chita nan lapè Selès, benediksyon Selès, Lespri Selès, kote tout bagay pou nou. Nou nan Latè pwomiz la epi nou nan posesyon total de tout bagay.
Premye Semans Li a te rive nan matirite total epi Li te prezante devan Lepouz Li. Sentespri a te retounen al fè Papa Bondye rapò, epi Li te di sa konsènan zanj pwisan Li a:

Zanj ou a ap grandi nan gras! Li zele. Li pran mouton sa yo epi li konnen kijan pou l pran swen yo egzakteman tankou W. Li pap janm ba yo move alg. Li pap janm ba yo move zèb. Lè yo vin bò kote l, epi yo di: “Nou vle antre nan legliz la,” li reponn yo: “Fèmen bouch nou, nou pa bezwen sa! Non, mesye. Men sa nou bezwen: ‘Repanti, epi kite yo batize nou chak nan Non Jezikri, pou padon peche nou yo. Epi n ap resevwa don Sentespri a.'”

“O, èske li di sa toutbon?”

“Wi, Mesye, li di sa toutbon vre.”

“Ebyen, se egzakteman jan M te ekri L la.”

“Se egzakteman jan li di L la.”

“Ou konn kisa? Mwen te wè Achevèk Entèl di l ke li ‘pa ka vini nan vil sa a pou l fè yon reyinyon.’ Men, ou konn yon bagay, Mwen yon ti jan gide l; Mwen te di l: ‘Ale kanmenm.’ Yo te di l li ta pi bon pou l retire tout bann li yo, epi pou l pa kite yo sikile. Nou te ale kanmenm!”

“Sa se pitit gason Mwen Adopte a, sa M t ap tann nan. Kounye a M ka pale atravè li pou M revele tout mistè kache Mwen yo bay mouton M yo.”

“O Bondye Papa m.”

“Kounye a, èske Ou ta renmen m fè W yon rapò sou lòt pitit Ou yo?”

“Wi, kijan yo ye?”

“O Papa… Ou t ap tèlman fyè de yo. Yo vrèman sanble avè W. Vye achevèk sa yo kontinye di yo menm bagay la: pou yo pa ale nan legliz kote yo itilize bann yo pou tande Vwa W. Yo di bann yo pa Vwa ki pi enpòtan yo dwe tande a; gen lòt vwa ki pi enpòtan kounye a.”

“Èske W konn sa Mouton W yo di predikatè sa yo?”

“FÈMEN BOUCH NOU! N AP RETE AVÈK BANN YO, N AP RETE AVÈK VWA BONDYE A.”

“Èske se vre?”

“Wi, Seyè, yo sanble menm jan avè W.”

“O, ala bèl bagay! Sa fè M kontan anpil. Mwen t ap tann yo depi lontan. Kounye a, yo menm tou, yo pare pou ADOPSYON AN!!”

“Y ap nan pòs travay yo Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, pou yo tande Vwa W. Y ap ini, y ap rasanble toupatou nan mond lan, epi y ap envite tout moun vin jwenn yo.”

“Ala bèl bagay! M AP LA AVÈ YO.”

Frè Jozèf Branham

Rapèl: Pa bliye chanjman lè Lès la.

Mesaj: Adopsyon #2 60-0518

Ekriti:

Jenèz 1:26
Efèz Chapit 1
Women 8:19
Galat 1:6-9
Ebre Chapit 6
Jan 1:17