22-0403 Limyè Kliyotan Wouj Siy Vini Li An

Mesagj: 63-0623E Limyè Kliyotan Wouj Siy Vini Li An

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Tout moun anbake,

Glwa pou Bondye, gade yon jou n ap viv ladan l. N ap koute yon Mesaj ki te pwouve, pa chak aksyon,ke li se Jezi Kris la menm yè, jodi a ak pou tout tan. Li te fè menm bagay ke li te fè lè li te isit la sou tè a; li te geri malad yo,li te konnen panse ,lespri yo, li te montre bagay ki ta pral rive,li te resisite mò yo, epi chak fwa sa yo , Li te pafè.

Dlo a te lave tout tè a depi sou tèt mòn lan. Pa te gen anyen ki rete sof Wòch. Te gen yon Ekriti misterye sou Wòch la, kidonk Bondye te voye ban nou pwofèt pisan li a pou entèprete ekriti a pou lepouz li a. Kounye a, Bib la te konplètman entèprete .

Li pran zanj pisan li a sou montay la, li mete nepe Seyè a nan men li. Apre sa, zanj li a koupe tèt mòn sa a epi li soulve l. Anndan li te genyen wòch ki blan, yon bagay ki sanble ak granit ki pa menm gen ekriti sou li.

Li te di nou gade sa a pandan l te prale nan Lwès. Lè sa a, li te leve nan mitan sèt zanj yo epi li tounen e li revele nou TOUT SA KI PA TE MENM EKRI NAN WÒCH LA.

Sa a se sèvitè mwen an. E mwen te rele l pou l vin yon pwofèt pou laj la , pou l dirije pèp la menm jan Moyiz te fè l. Epi li te ba li otorite, pou li kreye pa pawòl la. ” Oswa yon bagay konsa, tankou Moyiz te fè l, menmjan li te kreye mouch yo pa pawòl la. Epi nou konnen sou zafè ekirèy yo, ak sou sa, ak lòt bagay ki te deja fèt. Ti Hattie Wright nan mitan la , mwen sipoze ou konnen sa ki te pase lakay li.

W-I-L-L-I-A-M M-A-R-R-I-O-N B-R-A-N-H-A-M se moun Bondye chwazi pou dirije Lepouz li a pou jou sa a. Li se lachè ke li te chwazi pou l pale avèk nou menm jan li te fè lè li te vini nan lachè 2000 ane de sa. Chak ekriti pwouve sa. Lespri Sen an te revele Li. Kounye a, se yon gwo asirans pou ke nou gen BON REVELASYON sou ki moun li ye, ak ki moun nou ye: Lepouz amoure li chwazi a.

Nou konnen nou nan volonte pafè li a lè nou rete ak Pawòl la. Li pote lajwa ak bonè tèlman. Li enposib pou eksprime nan senp mo sa yo ki sa sa vle di pou nou.
Nou te toujou konnen byen nan fon kè nou ak nanm nou ke te gen yon bagay diferan la isit la. Nou te konnen, menm lè nou te nan peche, te gen yon bagay la ke nou pa t ‘kapab eksplike, men Li te jis la. Kounye a nou KONNEN. Nou pa te janm santi nou konsa anvan, pa gen okenn dout sou sa , pa gen pa konnen la , pa gen okenn kesyon, Li grave epi ekri nan nanm nou. GLWA POU BONDYE!!

Nou se jenerasyon ki p ap disparèt la pou jiskaske tout bagay sa yo rive. Nou se jenerasyon k ap wè apostazi k ap fèt la devan je nou. Lè a rive. Limyè wouj kap flache a parèt Li isit la. Dènye avètisman li a ap fèt la.

Lanmò ak destriksyon toutotou nou. Nou ap viv nan Sodòm ak Gomò. Bagay malpwòp, peche, kè moun ap febli ak laperèz, bonm atomik, detrès ant nasyon yo, ak tout tan nou ini epi chita ansanm nan kote ki nan Syèl la jan Bondye menm di nou an , NOU PA BEZWEN PÈ , OU SE CHERI MWEN. Pa gen anyen ki ka rive ou. Jis kite kè w boule nan ou pandan m ap pale avèk ou sou wout la epi m ap di w, OU SE MADANM MWEN.

Vin mete tèt nou ansanm ak nou dimanch sa a 12:00 P.M., lè Jeffersonville, pandan gen yon bri ki ap fèt. Bra a seyè a ap desann. Limyè wouj la te kòmanse ap flache. Si w ap tann pou w ale avèk nou, pito w jete sak pistach sa a atè, sispann pale anpil , pran valiz ou , epi pare w oswa y ap kite w dèyè, paske li jis kanpe yon kote pou kèk ti moman. . Li ap vin pale de : Limyè Wouj ka Flache a , Siy Vini Li an 63-0623E.

Frè . Jozèf Branham

Ekriti yo pou li anvan ou tande mesaj la:

Sen Matye 5:28 / 22:20 / 24 yèm Chapit la
2 Timote 4yèm Chapit la
Jid 1:7
Jenèz 6yèm Chapit la