Mesagj: 63-1229E Gade Nan Direksyon Jezi
- 25-1026 Gade Nan Direksyon Jezi
- 24-0211 Gade Nan Direksyon Jezi
- 22-0724 Gade Nan Direksyon Jezi
- 20-0531 Gade Nan Direksyon Jezi
- 18-0325 Gade Nan Direksyon Jezi
Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle
Byenneme Moun Ki Tande Bann Yo,
Lè a rive pou tout moun mande tèt yo: “Lè m ap koute bann yo, ki Vwa m ap tande? Èske se jis vwa William Marrion Branham, oubyen èske m ap tande Vwa Bondye pou epòk nou an? Èske se pawòl yon moun, oubyen èske m ap tande Men Sa Seyè A Di? Èske m bezwen yon moun pou entèprete sa m ap tande a, oubyen èske Pawòl Bondye a pa bezwen entèpretasyon?”
Repons nou an se: N ap tande Pawòl la ki vin tounen chè. N ap tande Alfa ak Omega a. N ap tande Li menm, Kolòn Dife a, k ap pale atravè bouch moun jan Li te di Li t ap fè l nan epòk nou an.
Nou pa tande yon moun, nou tande Bondye, menm lan ayè, jodi a, e pou tout tan. Vwa Bondye a ki pi vivan, pi pwisan pase yon nepe de bò, ki koupe jis nan mwèl epi ki disène panse ki nan kè a.
Li revele nou ke sa Li te ye lè Li te mache nan Galile a se egzakteman sa Li ye aswè a nan Jeffersonville; se egzakteman sa Li ye nan Branham Tabènak la. Se Pawòl Bondye a k ap manifeste. Sa Li te ye lè sa a, se sa Li ye aswè a, e se sa L ap ye pou tout tan. Sa Li te di Li t ap fè a, Li fè l.
Nonm lan pa Bondye, men Bondye toujou vivan e L ap pale avèk Lepouz Li atravè nonm sa a. Nou pa oze adore nonm lan, men nou adore Bondye ki nan nonm sa a; paske li se nonm Bondye chwazi pou l sèvi kòm VWA LI epi pou l kondwi Lepouz Li nan dènye jou sa yo.
Paske Li ban nou gwo Revelasyon sa a pou fen tan an, nou ka kounye a rekonèt KI MOUN NOU YE, Pawòl la ki vin tounen chè nan epòk nou an. Satan pa ka twonpe nou ankò, paske nou konnen nou se Lepouz Pawòl Li ki vyèj e ki konplètman retabli.
Vwa sa a di nou: Yo DEJA ban nou tout sa nou bezwen. Pa gen nesesite pou tann. Sa te pwononse, SA A POU NOU, SE PWOPRIYETE NOU. Satan pa gen okenn pouvwa sou nou; yo kale li.
Sètenmen, Satan ka voye maladi, depresyon, ak tèt fè mal sou nou, men Papa deja ban nou kapasite pou CHASE l… NOU JIS PWONONSE PAWÒL LA, e li oblije ale… pa paske nou di sa, men paske BONDYE DI L.
Menm Bondye ki te kreye ekirèy yo, lè pa t gen ekirèy. Ki te bay Sè Hattie dezi kè li: de pitit gason l yo. Ki te geri Sè Branham anba yon timè anvan men doktè a te ka touche l. Li se MENM BONDYE a ki pa sèlman avèk nou, MEN L AP VIV E LI ABITE NAN NOU. NOU SE PAWÒL LA KI VIN TOUNEN CHÈ.
Lè nou gade epi nou koute Vwa a sou bann yo, nou wè e nou tande Bondye k ap revele tèt Li nan chè moun. Nou wè e nou tande moun Bondye te voye pou mennen nou nan Latè Pwomiz la. Nou rekonèt ke se sèlman Lepouz la ki pral gen Revelasyon sa a, kidonk nou vin pa pè. Nou pa bezwen nève, boulvèse, fache, poze tèt nou kesyon oubyen enkyè… NOU SE LEPOUZ LA.
Koute epi viv, frè mwen, viv!
Koute Jezi kounye a epi viv;
Paske li anrejistre sou bann yo, alelouya!
Jis koute epi viv.
Oh Lepouz Jezikri, ala yon bèl jou n ap viv. Sa n ap tann, minit apre minit. Talè konsa nou pral wè byenneme nou yo, e apre sa, nan yon bat je, n ap kite isit la e n ap avè yo lòt bò a. Li tèlman pre ke nou ka prèske santi l… GLWA!
Vini Lepouz, annou ini ankò otou Vwa Bondye a Dimanch sa a midi lè Jeffersonville, alò ke n ap tande L pwononse ban nou Pawòl Lavi Etènèl la.
Frè Jozèf Branham
Mesaj: 63-1229E Gade Nan Direksyon Jezi
Ekriti:
Nonm 21:5-19
Ezayi 45:22
Zakari 12:10
Jan 14:12