Mesagj: 60-1210 Laj Legliz Filadèlfi A
- 24-1124 Laj Legliz Filadèlfi A
- 23-0604 Laj Legliz Filadèlfi A
- 20-1213 Laj Legliz Filadèlfi A
- 19-0224 Laj Legliz Filadèlfi A
- 16-0402 Laj Legliz Filadèlfi A
Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle
Byenneme Madan Jezikri,
Kisa Dimanch sa a pral rezève pou Lepouz Jezikri? Kisa Sentespri a pral revele nou? Reyalizasyon pafè. Kounye a nou pral konprann nèt pa Revelasyon, antitip opoze a tip epi sibstans avèk lonbraj. Jezi se vrè Pen Lavi a. Li se totalite L. Li se Yon Sèl Bondye. Li se Ebre 13:8. Sa L ye a se sa L YE A.
Kris, lè Li parèt an chè e lè Li vèse pwòp San Li, Li efase peche nou yo yon fwa pou tout grasa ofrann Tèt Li; konsa Li rann nou PAFÈ. Vi pa L andedan nou. San Li pirifye nou. Lespri Li ranpli nou. Blesi Li DEJA geri nou.
Pawòl Li nan kè nou e nan bouch nou. Se Kris ki nan vi nou e anyen lòt, pandan ke tout bagay nan lavi nou ap disparèt, ensiyifyan, eksepte Li menm ak Pawòl Li.
Kè nou pral ranpli ak lajwa lè Li pral di nou ke pa dekrè diven Li, Li te konnen egzakteman kiyès ki ta pral Lepouz Li. Jan Li chwazi nou. Li rele nou. Li mouri pou nou. Li peye pri a pou nou e nou se pwopriyete L a Li menm sèl. Li pale, e nou obeyi, paske se plezi nou. Nou se sèl pwopriyete Li e Li pa gen lòt ke NOU MENM. Li se Wa tout wa yo e nou se wayòm Li. Nou se byen etènèl Li.
Li pral fòtifye nou epi Li pral eklere nou pa Pawòl Li, Vwa Li. Li pral eksplike e revele klèman ke Li se Pòt mouton yo. Li alafwa Alfa e Omega. Li se Papa, Li se Fis la, e Li se Sentespri a. Li se Youn, e nou fè Youn avè L e nou nan Li.
Li pral anseye nou pasyans, menm jan Li te fè pou Abraham, lè L pral eksplike ki jan nou dwe tann e andire avèk pasyans si nou vle resevwa nenpòt pwomès.
Li pral montre nou klèman jou egzak ke n ap viv la. Ki jan mouvman èkumenik la pral vin tèlman fò politikman, e pral fè presyon sou gouvènman an pou tout moun jwenn li pa adezyon a prensip ki dekrete nan lalwa, pou pa gen okenn pèp y ap rekonèt kòm egliz sòf si gen dominasyon dirèk ou endirèk konsèy yo.
Li pral revele konbyen moun ki pral swiv, pandan yo panse y ap sèvi Bondye nan kad òganizasyon an. Men Li di nou: “Nou pa bezwen pè, paske Lepouz la p ap sedwi, n ap rete avèk Pawòl Li, Vwa Li.”
Jan sa ap ankourajan pou tande L k ap di nou: “Rete fèm, pèsevere. Pa janm abandone, men mete tout zam Bondye, chak zam, chak don ke M ban nou a dispozisyon nou. Pa janm dekouraje cheri, kontinye gade devan nou avèk jwa paske M pral kouwone nou, Wa tout wa e Seyè tout Seyè, Mari nou.”
Nou se vrè legliz Mwen, tanp Bondye a menm pa Sentespri Mwen k ap viv nan nou. N ap tounen poto nan nouvo tanp lan; fondasyon an menm ki pral kenbe supèstruktur la. M ap mete nou kòm venkè ansanm ak apot yo e pwofèt yo, paske M ban nou yon Revelasyon Pawòl Mwen an, de Mwen menm.
Li pral revele nou klèman ke non nou te ekri nan Liv Lavi Ayo Li a anvan fondasyon mond lan. Se poutèt sa n ap devan twòn Li lajounen kou lannwit pou sèvi L nan tanp Li a. Seyè a pran swen nou espesyalman; nou se Lepouz Li.
N ap gen yon nouvo non lè n ap pran non Li. Se pral non ke y ap ban nou lè L ap pran nou avè L. N ap Madan Jezikri Li.
Nouvo Jerizalèm lan k ap desann de syèl la sot nan men Bondye, yon Lepouz ki te pare pou Mari li. P ap gen lanmò ankò, ni tristès, ni kriye. Ni p ap gen doulè ankò paske ansyen bagay yo disparèt. Tout bèl pwomès Bondye yo pral akonpli. Chanjman an pral akonpli. Ayo a ak Lepouz Li pral enstale definitivman nan tout pèfeksyon Bondye.
Byenneme Madan Jezikri, REVE SOU SA. L ap pi bèl pase sa nou ta ka janm imajine.
M envite tout moun vin jwenn nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke Mari nou, Jezikri, pral pale atravè pwisan setyèm anj mesaje Li e Li pral di nou tout bagay sa yo.
Frè Jozèf Branham
Mesaj: Laj Legliz Filadèlfi A 60-1210