24-1103 Laj Legliz Pègam Lan

Mesagj: 60-1207 Laj Legliz Pègam Lan

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Vyèj e Chas,

Èske nou apresye Sèt Aj Legliz yo? Bondye ap bay Lepouz Li yon revèy kòm jamè. L ap ban nou plis Revelasyon, plis Lafwa, e plis asirans pou nou konnen kiyès nou ye, e sa n ap fè lè nou rete ak Pawòl la, Chemen Li bay pou jodi a.

Kounye a Li di nou: “Apati sèvis Dimanch la, mete panse espirityèl nou. Kite Sentespri a antre ladan L e sezi aplikasyon epirityèl la nan tout sa m pral fè. Se Pawòl Mwen ki vivifye pa Lespri a, ki pwononse pa pwofèt Mwen nan Malachi 4”.

Annou li epi annou kenbe kèk nan Pawòl Li epi annou aplike panse espirityèl nou nan yo.

Bondye te etabli Chèf Li ki ranpli a Lespri pou gwoup Li ki ranpli a Lespri a; anj Li; E L mete sou li on non ki sele, men fò l pa revele li. Fò l kenbe l pou tèt pa l, wè. “ Pèsonn moun konnen sòf li menm.”

Se konsa Bondye bay Lepouz Li yon chèf ki ranpli ak Lespri pou gwoup Li ki ranpli ak Lespri. YON CHÈF, PA PLIZYÈ CHÈF pou gwoup Li ki ranpli ak Lespri.

Li menm kap vini nan mond lan byento, gran anj Limyè a kap vin a nou, kap kondwi nou deyò, on gran Sentespri, kap vin ak pwisans, e kap kondwi nou a Seyè Jezikri a.

Yon gran anj Limyè. Kiyès ki gran anj Limyè a nan dènye laj sa a? William Marrion Branham. Li p ap pale de Sentespri a. Li gentan vini epi li di kiyès k ap vini.

K AP KONDWI NOU DEYÒ. Nou konnen e nou vrèman kwè ke se Sentespri a k ap kondwi nou, men Li klèman plase anj Li e Sentespri a ansanm epi Li di (Sentespri Li) Ke L ap kondwi nou (PA) gran anj Limyè Li a.

Li kontinye atache yo ansanm lè L di:

 Petèt ke l pap konnen,

Li pa di ke Sentespri a p ap konnen kiyès Li ye, men anj mesaje terès Li ke Li chwazi pou KONDWI NOU DEYÒ.

Men lap la, nan jou kap vini yo. Lap fè… Bondye ap fè moun konnen l. Li p ap gen pou fè moun konnen l, Bondye ap fè moun konnen l. Bondye ap pwouve l pou sa yo ki pou Li.

Ankò, Li pa di ke se Sentespri a k ap la YOUN NAN JOU SA YO, men gran anj Limyè Li pou kondwi Lepouz Li.  Li p ap gen pou fè moun konnen l, Bondye ap fè Lepouz Li konnen gran chèf Li pa REVELASYON. 

Èske nou sezi aplikasyon espirityèl la? Èske nou wè kiyès ki anj Limyè a ke Bondye chwazi pou kondwi Lepouz Li? Èske li di la a ke yo pase flanbo a bay lòt chèf?

Ou pap janm viv pi wo ke pastè w. Jis sonje sa a, wè.

Pandan ke lòt moun gendwa pa konprann epi pase nou nan betiz, ala kontan nou kontan epi vrèman rekonesan nou gen Revelasyon an pou di, WILLIAM MARRION BRANHAM SE PASTÈ NOU.

Bon, piske chak mesaj sa yo adrese a “anj” lan (mesaje imen an) se yon gwo responsabilite ak yon bèl privilèj ki tonbe sou li.  

Mesaj la te adrese a anj Li, apresa anj Li transmèt Li bay Lepouz la; pa sèlman a ministè a, men a TOUT LEPOUZ LI epi Li sou bann pou tout moun tande. Nou pa ka ni ajoute ni retire ladann, e Li pa bezwen OKENN ENTÈPRETASYON.

L ap vini byento, e lè L vini, L ap vini a ou anvan, e w ap jije selon Levanjil la ke w preche, e n ap sijè w.” Mwen di: “Ou vle di m responsab yo tout? Li di: “Yo tout. Ou fèt yon lidè.”

Lè gwo jou jijman an ap rive, L ap vin an premye kote anj Limyè Li epi L ap jije l an premye selon levanjil la ke l preche. Nou se SIJÈ LI. Li responsab nou tout paske li se CHÈF la ke Bondye te chwazi a.

Itilize aplikasyon espirityèl nou sou sa. N ap jije sou sa anj Bondye a di. Kidonk, ou vle pran yon chans pou lavi etènèl ou sou sa yon moun di ke LI DI, alò kè nou ka tande l dirèkteman de Limenm? 

Kijan yon moun ka kwè gen YON MINISTÈ PI ENPÒTAN KE SA KI SOU BANN YO. Si nou kwè sa, ou si yo konvenk nou pa rezònman, pito nou retounen nan PAWÒL ORIJINAL la; paske n ap jije pa pawòl yo ki sou bann yo. Rete ak Pawòl la jan L te pwononse.

Men pwofèt sa a pral vini, e menm jan prekursè a nan premye vini an te kriye: “Men Ayo Bondye a, ki retire peche mond lan,” san dout li pral rele: “Men Ayo Bondye a, k ap vini nan laglwa.” L ap fè sa, paske menm jan Jan te mesaje laverite pou eli yo, menm jan sa a se dènye mesaje a pou lepouz ki chwazi epi ki fèt nan Pawòl la.    

Kiyès ki pral prezante nou Seyè Jezi? Gran anj Limyè Li a, William Marrion Branham.

Vini vin yon Epouz Vyèj e Chas avè nou alò ke nou pral tande gwo anj mesaje Li k ap pote nou plis Revelasyon, Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande Mesaj la 60-1207 -“Laj Legliz Pègam Lan”.  

Frè Jozèf Branham