Mesagj: 64-0823E Kesyon Ak Repons Nimewo 2
- 26-0201 Kesyon Ak Repons Nimewo #2
- 24-0505 Kesyon Ak Repons Nimewo #2
- 22-1009 Kesyon Ak Repons Nimewo #2
- 18-0211 Kesyon Ak Repons Nimewo #2
Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle
Byenneme Ti Èg,
Kote Kadav la ye, se la Lepouz la pral reyini. Epi pou nou, gen yon sèl kote pafè kote nou ka jwenn Lamann vyann fre sa a: lè nou peze jwe epi nou koute Vwa Bondye sou bann yo.
N ap pale m de Lamann FRE; èske nou ka menm kòmanse reflechi sou sa nou genyen nan bout dwèt nou? Vwa Bondye a menm k ap pale avèk Lepouz byenneme Li sou bann yo, kote pa gen okenn devinèt, okenn sipriz, pa gen kesyonman ni dout sou sa n ap tande a, se Bondye, k ap itilize vwa yon moun pou pwononse Men Sa Seyè A Di bay Lepouz Li.
Atravè revelasyon, nou kwè ke Se SÈL kote nou ka ale pou nou repoze nanm nou, paske Pawòl n ap tande yo se pa pawòl yon moun, ni se pa entèpretasyon ou lide yon moun yo ajoute ladann, men se Pawòl pi Bondye a k ap pale avè nou, ti èg yo, epi k ap revele Pawòl Li.
Nou kominye otou Pawòl la. Nou li Pawòl Li nan Bib nou. Nou menm koute moun Bondye rele epi òdone, ranpli ak Sentespri Li, k ap site epi preche Pawòl Bondye a, men nan epòk nou an, Bondye bay yon kote kote nou ka tande PAWÒL ke Li PWONONSE PARFÈTMAN, lè nou peze jwe.
Papa nou menm te bay Lepouz Li opòtinite pou l poze kesyon ki te nan kè nou, pou nou te ka gen repons pafè a:
- • Èske Satan ka itilize don an lang oswa pwofesi nan yon moun ki gen Sentespri a?
- • Kisa Jezi te vle di nan Matye 12, vèsè 32?
- • Tanpri eksplike 1 Korentyen 13:8-12.
- • Èske fanm yo gen dwa travay nan zafè piblik lè yo gen yon mari avèk pitit ki byen?
- • Èske li mal pou yon fanm boukle cheve l?
Bondye bay anpil mwayen pou beni epi fòtifye Lepouz Li, men gen yon sèl kote Li bay kote Lepouz Li ka gen 100% konfyans ke sa y ap tande a se PAWÒL PARFÈ LI. Yon Sous Dlo Vivan, kote Ti Èg yo ka bwè san okenn risk kontaminasyon. PEZE JWE.
M envite w vin bwè nan Sous sa a Dimanch sa a midi lè Jeffersonville, kote nou pral koute 64-0823E “Kesyon ak Repons Nimewo 2.”
Frè Jozèf Branham