26-0111 Kay K Ap Vini Pou Epou Selès Ak Epouz Terès

Mesagj: 64-0802 Kay K Ap Vini Pou Epou Selès Ak Epouz Terès

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Cheri Byenneme Mwen,

M tèlman renmen nou. Nou se chè ki soti nan chè Mwen ak zo ki soti nan zo Mwen. Anvan menm ke M te kreye zetwal yo, lalin nan, tout linivè Mwen an, M te wè nou epi M te renmen nou. M te konnen nou fè pati de Mwen, sèl cheri Mwen. Nou menm avè M te fè YOUN.

Jou M te tèlman anvi epi M t ap tann depi M te wè nou finalman rive. Kounye a, M ap rele nou epi M ap ini nou depi lès a lwès, nò ak sid, atravè Vwa Mwen. Nou se panse Mwen, Pawòl Mwen, Lepouz Mwen, ki manifeste.

Depi lontan M te vle di nou tout sa ki nan kè M, se poutèt sa M te ekri l atravè pwofèt Mwen yo epi M te pwoteje l pou nou pandan plizyè milye ane. Anpil moun te li L, epi yo te kwè L pandan plizyè syèk, men M te kenbe anpil bagay sekrè jiskaske NOU RIVE. Se a NOU MENM sèl M ap di l.

Yo te anvi konnen epi tande tout bèl bagay sa yo ke M te kenbe kache, men jan M te pwomèt nou, M te tann epi M te kenbe yo sekrè jiska kounye a, jis pou NOU, SÈL MOUN MWEN AN.

M te pwomèt nou M ap vini pou M revele tèt Mwen ankò nan chè moun, pou m ka di nou, epi revele tout bagay sa yo ba nou. M te vle nou tande VWA M k ap pale dirèkteman avè nou.

M te wenn anpil lòt moun avèk Sentespri M pou yo pale avè nou de lanmou Mwen, men jan M toujou fè a, e jan M pa janm ka chanje, M chwazi yon sèl moun: zanj Mwen, pwofèt Mwen, pou l reprezante Vwa M pou M ka pwononse ba nou Men Sa Seyè A Di.

M te vle di nou ke nou pa t sove yon jou presi. Nou te toujou sove. M jis vini pou rachte nou. Nou te sove depi nan kòmansman, paske nou te gen Lavi Etènèl depi nan kòmansman. Kidonk, pou Mwen, tout peche nou yo envizib; sèl bagay M tande se vwa nou. M jis wè reprezantasyon nou.

Jan M gen anpil bagay pou M di nou. Kè M tèlman eksite. Jan M ap tann Soupe de Nòs nou, Milenè nou an ansanm. Pou M rakonte nou tout bagay sou Kay nou pral genyen an, jan M prepare tout bagay pou nou, avèk tout bagay nan gou pa nou.

Cheri Mwen, si nou panse sa a bèl pou tande Vwa Mwen k ap pale avè nou kounye a, jis tann, sa a se sèlman yon ti jòf de sa l pral ye lè nou pral viv ansanm nan Vil sa a. Pwofèt nou a pral menm viv bò kote nou; l ap vwazen nou.

Nou pral mache nan lari sa yo ki fèt an lò epi nou pral bwè ansanm nan fontèn lan. Nou pral antre nan paradi Bondye a avèk Zanj k ap plane sou tè a, k ap chante kantik… Ala yon Jou sa pral ye!

M konnen chemen an sanble difisil, epi pafwa li vin tèlman difisil pou nou, men li p ap anyen, anyen menm, lè N ap ansanm.

Pou kounye a, M pral rasanble nou ankò epi M pral pale avè nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, epi M ap di nou tout bagay sou “Kay K Ap Pou Epou Selès Ak Epouz Terès La.” M pa ka tann pou M ini avèk nou lè a.

Sonje, epi pa janm bliye, M tèlman renmen nou.

Nan non Li,

Frè Jozèf Branham

Ekriti:
Matye 19:28
Jan 14:1-3
Efèz 1:10
2 Pyè 2:5-6 / Chapit 3
Apokalips 2:7 / 6:14 / 21:1-14
Levitik 23:36
Ezayi Chapit 4 / 28:10 / 65:17-25
Malachi 3:6