Mesagj: 64-0719e Ale Byen Lwen Kan An
- 25-1221 Ale Byen Lwen Kan An
- 24-0317 Ale Byen Lwen Kan An
- 22-0828 Ale Byen Lwen Kan An
- 21-0411 Ale Byen Lwen Kan An
- Sitasyon pou jou / Pen chak jou
- 17-1011 Ale Byen Lwen Kan An
- 15-1216 Ale Byen Lwen Kan An
Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle
Cheri Byenneme,
Bondye pa chanje. Pawòl Li pa chanje. Pwogram Li pa chanje. Epi Lepouz Li pa chanje; n ap rete fidèl ak Pawòl la. Li plis pase lavi pou nou; Li se sous Dlo Vivan an.
Sèl bagay yo mande nou se koute Pawòl la, ki se Vwa konfime Bondye a, ki anrejistre epi ki plase sou bann. Sèl bagay nou wè se pa yon kredo, ni yon gwoup moun; nou pa wè anyen lòt ke Jezi, epi Li se Pawòl la ki vin tounen chè nan epòk nou an.
Bondye nan Kan nou, epi nou sou chemen Glwa a, gide pa Kolòn Dife a, ki se Bondye Li menm k ap pale atravè pwofèt konfime Li a nan Malachi 4. Nou manje Lamann kache sa a, Dlo Vivan an ke sèl Lepouz la ka bwè.
Bondye pa chanje chemen Li yo, ni dyab la pa chanje pa l yo. Sa l te fè 2000 ane de sa, li toujou fè l jodi a, sèlman li vin pi entelijan.
Donk, apre katsanzan, yon jou Bondye te mache nan mitan yo. Dapre Lèzekriti, Li te dwe vin tounen chè epi abite nan mitan yo. “Yo pral rele L Konseye, Prens de Pè, Bondye Toupwisan, Pè Etènèl.” E lè Li te vin nan mitan pèp la, yo te di, “Nou pa vle Nonm sa pou dirije nou!’
Selon Lèzekriti, Fis de Lòm lan gen pou L retounen, viv, epi revele tèt Li nan kò yon moun, e Li fè l, e yo di menm bagay la. Natirèlman, yo site epi preche Mesaj la, men yo pa vle nonm sa a dirije yo.
Se egzakteman sa k ap pase:
E jan l te ye lè sa a, se konsa l ye kounye a! Bib la di ke legliz Lawodise t ap mete L deyò, e Li t ap frape, ap eseye antre. Gen yon pwoblèm yon kote. Kounye a, poukisa? Yo te fòme pwòp kan pa yo.
Yon nonm ka di, “Mwen konnen e mwen kwè ke Frè Branham te yon pwofèt. Li te setyèm zanj lan. Li te Eli. Nou kwè Mesaj sa a.” Apre sa, li jwenn yon eskiz, kèlkeswa sa l ye, pou l pa jwe SÈL Vwa Bondye ki konfime a nan legliz yo a… Gen yon pwoblèm yon kote. Kounye a, poukisa? Yo te fòme pwòp kan pa yo.
Mwen pa di bagay sa yo pou separe legliz la, se Pawòl Bondye a ki fè sa. Mwen vle nou ini, pou nou fè YON SÈL ant nou menm avè L, men gen yon sèl jan pou nou fè sa: lè nou rasanble otou Vwa Bondye a sou bann yo. Sa a se SÈL MEN SA SEYÈ A DI.
Bondye revele nou chemen parfè Li. Li tèlman gloriye e poutan tèlman senp. Chak mesaj, nou tande L k ap di nou, k ap rasire nou, epi k ap ankouraje nou ke NOU SE LEPOUZ LI. Nou nan volonte parfè Li. Nou prepare tèt nou lè nou KOUTE LI.
Mesaj sa a pi aktyèl pase jounal demen an. Nou se pwofesi k ap akonpli. Nou se Pawòl la ki manifeste. Bondye pwouve nou, avèk chak mesaj nou tande, ke jodi a, Lekriti sa a ap akonpli.
Kapab gen moun nan diferan peyi, toupatou nan mond lan, ke menm bann sa a pral jwenn lakay yo oswa nan legliz yo. Nou priye, Seyè, pou pandan reyinyon an, oubyen—oubyen pandan bann lan ap jwe, oubyen kèlkeswa pozisyon nou oubyen—oubyen kondisyon nou, se pou gran Bondye Syèl la onore senserite kè nou maten an, epi geri moun ki nan bezwen, ba yo sa yo bezwen.
Tann yon moman… kisa Vwa Bondye a fèk pwofetize epi di lemonn?… moun t ap jwe bann lakay yo oswa nan legliz yo.
Men, yo kritike nou epi yo reprimande nou, yo di nou ke nou PA KA gen Legliz Bann Lakay nou? Frè Branham pa janm di pou nou jwe bann yo nan LEGLIZ nou yo?
GLWA POU BONDYE, KOUTE SA, LI L, SE MEN SA SEYÈ A DI. Non sèlman LI di sa, men lè n ap jwe bann sa yo lakay nou e nan legliz nou yo, gran Bondye ki nan Syèl la ap onore senserite kè nou, L ap geri moun ki nan bezwen, epi L ap ban nou TOUT SA NOU BEZWEN!!
Sèl sitasyon sa a PWOUVE ke moun koute pastè yo men YO PA KOUTE PAWÒL LA, sinon, yo t ap defye pastè yo epi pwouve yo, atravè PAWÒL LA, ke nou nan VOLONTE PARFÈ LI, epi ke JWE BANN YO NAN LEGLIZ YO SE VOLONTE PARFÈ LI.
Mwen pa mal plase Pawòl la, ni mwen pa site l mal, jan anpil moun pretann mwen fè sa. Koute L epi li L pou tèt pa nou.
Sa a tèlman fasil e tèlman parfè; tout sa w dwe fè se PEZE JWE epi koute Vwa Bondye k ap pale avè w. Di “Amèn” pou chak mo ou tande. Ou pa menm bezwen konprann Li, ou jis bezwen kwè Li.
“M vle soti nan kan an. Kèlkeswa sa koute m, m ap pran kwa mwen epi pote l chak jou. M ap kite kan an. Kèlkeswa sa moun yo di sou mwen, m vle swiv Li andeyò kan an. M pare pou m ale.”
Vini epi travèse baryè son an, pou antre nan Pawòl Bondye a avèk nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville. Pa gen limit nan sa Bondye ka fè, e sa L ap fè, ak yon moun ki pare pou l soti nan kan lèzòm.
Frè Jozèf Branham
Mesaj: 64-0719E Ale Byen Lwen Kan An
Ekriti: Ebre 13:10-14 / Matye 17:4-8