Mesagj: 64-0705 Chedèv La
Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle
Byenneme Chedèv Bondye Yo,
Tout vrè Lavi a ki te nan tij la, egrèt la, ak bal la, ap rasanble kounye a nan nou menm, Semans Wayal Bondye a, Chedèv Li yo, epi n ap prepare pou rezirèksyon an, n ap prepare pou rekòlt la. Alfa a vin Omega a. Premye a vin dènye a, epi dènye a vin premye a. Nou swiv yon pwosesis e nou vin tounen Chedèv Li yo, on pati ki vin detache de Li menm.
Lepouz la ak Epou a fè Youn!
Bondye te montre pwofèt Li a yon ti apèsi de nou chak, Chèdèv Li yo, nan yon vizyon. Alò ke l te kanpe la avèk Seyè a, ap gade Lepouz la k ap defile devan li, Li te wè nou chak. Nou TOUT te gen je fikse SOU LI. Li di ke nou te moun ki pi bèl ke l te janm wè nan vi l. Te gen yon ti bagay konsènan nou menm. Nou te parèt tèlman bèl pou li.
Sonje byen, sa a se te yon VIZYON Lepouz la; Sa Li t ap sanble, epi li di nou egzakteman sa L t ap fè. Koute byen.
L ap sot nan tout nasyon, sa pral fè Epouz la. Chak te gen cheve long, epi san makiyaj, epi vrèman bèl jennfi. Epi yo t ap gade m. Sa te reprezante Epouz la k ap soti nan tout nasyon yo. Ou wè? Limenm, chak te reprezante yon nasyon, antan yo t ap mache pafètman aliyen ak Pawòl la.
Lepouz la—kite m di sa ankò, LEPOUZ LA—ki sot nan tout nasyon, yo te gen je fikse sou pastè yo, sou yon gwoup moun… NON, se pa sa l di. Yo te gen je fikse SOU PWOFÈT LA, yo t ap gade l.
Toutotan ke yo te kenbe je yo fikse sou pwofèt la, yo t ap mache pafètman. Men, apre sa li avèti nou, yon bagay te rive. Gen kèk ki te retire je yo sou li epi yo te kòmanse gade yon lòt bagay ki te fèk disparèt nan dezòd.
Epi, lè sa a, m oblije veye L. L ap soti nan mach Pawòl sa a si m pa veye, lè L ap pase, si L rive pase. Petèt sa pral tan pa m, lè m fini, ou wè, lè m fini, oswa kèlkeswa sa l ye a.
Li oblije veye L, sinon L ap soti nan mach la pandan L pase. Men apre sa, li di: petèt se lè kote mwen menm, lè m ap fini, lè m p ap la ankò, Yo ka soti nan mach la si yo pa kenbe je Yo fikse sou li.
Li avèti LEPOUZ la klèman, Nou dwe kenbe je Nou fikse sou Vwa Bondye a sou bann yo. Se chemen sa a Bondye te prevwa pou jodi a. Sa se Vwa a ki pral ini e ki pral pèfeksyone Lepouz la. Si Nou retire je Nou ak zòrèy Nou sou Vwa a, N ap soti nan liy lan epi N ap tonbe nan dezòd.
Chak mesaj vin pi klè chak jou. Se Bondye toupwisan an ki devwal devan nou, k ap nouri Lepouz Li avèk Lamann kache a ke nou menm sèl ka manje. Li twò rich pou tout lòt moun, men Se Manje Kache a pou Lepouz la.
Ala yon Jou Aksyon de Gras Lepouz la genyen, L ap fete avèk Pawòl la, L ap vin Lepouz Pawòl Li ki pafè, Chedèv Li.
Li kanpe poukont li, menm jan ak Epou a, “lèzòm rejte Li, legliz yo meprize Li epi rejte Li.” Lepouz la ret kanpe konsa. Kisa sa ye? Se Chedèv Li a, ou wè, se Pawòl la, kote L ka aji, Li ka manifeste. Rejè a!
Vin jwenn nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke Bondye ap pale atravè zanj pwisan Li a, epi L ap fasone nou epi L ap poli nou pou nou vin yon Chedèv pou Bondye.
Frè Jozèf Branham
Mesaj: 64-0705 Chedèv La
Ekriti pou li anvan sèvis la:
Ezayi 53:1-12
Malachi 3:6
Matye 24:24
Mak 9:7
Jan 12:24 / 14:19