25-1102 Bondye K Ap Devwale A

Mesagj: 64-0614m Bondye K Ap Devwale A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Pawòl Ki Manifeste,

Èske nou ka panse a Sa! Menm Kolòn Dife ki te vin sou lèzòm sa yo ki te ekri Bib la se menm Kolòn Dife a ke n ap tande chak jou a, k ap entèprete tout mistè Bib la ba nou: Pawòl Bondye a Ki Manifeste!

Bondye te vwal tèt Li nan pwofèt Li yo nan tan lontan pou L te ka pwononse Pawòl Li ba yo. Se sa Li te fè epòk sa a. Men, nan epòk nou an, pwofèt nou an, William Marrion Branham te Pawòl vivan an pou moun yo, vwale pa Kolòn Dife a.

Lonksyon an se yon moun. Mo Kris la vle di “youn ki wen,” ou wè, “wen an.” Alò, Moyiz te Kris nan jou pa l, li te sila ki te wen. Jeremi te Kris nan jou pa l, avèk yon pòsyon Pawòl la pou jou sa.

Bondye entèprete pwòp Pawòl Li. Frè Branham te pwononse Yo; Bondye te entèprete Yo. Li te gen Pawòl la. Pa yon gwoup, William Marrion Branham! Bondye te chwazi YON SÈL NONM. Li pa ka chwazi de ou twa lespri diferan avèk lide diferan. Li pran YON SÈL NONM, epi li vin Pawòl Bondye vivan ki vwale dèyè kò yon moun.

Nou pa dèyè vwal sa a ankò, timoun. Bondye revele tèt Li nèt ba nou. Ansyen vwal denominasyonèl ak tradisyonèl la chire nan Pawòl Bondye a, pou L ka manifeste! Nan dènye jou sa a, vwal tradisyonèl sa a chire, epi men Kolòn Dife a. Men Li, k ap manifeste Pawòl la pou jou sa a. Vwal la chire.

Obsève kasèt sa yo antan y ap vini, obsève yo chak, kijan Sa ap vin pi klè; si ou gen zòrèy pou tande, ou wè, jye pou wè.

Se sa ki toujou avègle moun yo jodi a. Yo vle di ke yo kwè ke pwofèt Bondye a te pote Pawòl la, men kounye a onksyon sa a sou lòt moun pou gide nou, e non sou pwofèt la.

Pwofèt la di nou ke Bondye pa ka manke a Pawòl Li. Nan dènye jou yo, li oblije menm jan an ankò. Bondye pa ka chanje chemen Li, ni chanje Pawòl Li. Li te di Li p ap chanje. Li toujou voye pwofèt Li yo non sèlman pou pote Pawòl Li, men pou gide Lepouz Li tou.

Kòm sa te fèt nan tout laj yo, Divinite te vwale nan kò moun. Remake, Li te fè l. Pwofèt yo se te divinite, vwale. Yo te Pawòl Bondye a (èske se sa?) vwale nan kò moun. Kifè, yo pat remake Moyiz nou an non plis, ou wè, Jezi.

Alò se pa sèlman yon Pawòl ekri pou nou, se yon reyalite. Nou nan Li. Kounye a n ap rejwi. Kounye a n ap kontanple L. Kounye a nou wè Li, Pawòl la, k ap manifeste tèt Li. Lè sa a, nou vin fè pati de Li. Nou se vwal ki kouvri Li. Nou fè pati de Li; toutotan Kris nan ou, menm jan Kris te nan Bondye.

Nou se tanp Kris la ki dèyè vwal po imen nou an. Nou se lèt ki ekri a, Pawòl ki te ekri a. Nou se Pawòl ki te ekri a, ki manifeste.

E lè nou wè Pawòl la manifeste, nou wè Bondye Papa a, paske Pawòl la se Papa a. Pawòl la se Bondye. E Pawòl la, ki manifeste, se Bondye Li Menm ki ap pran Pwòp Pawòl Li pou manifeste L pami kwayan yo. Anyen paka rann Li vivan ke kwayan yo, sèlman kwayan yo.

Bondye, vwale nan kò yon moun, k ap pwononse e k ap revele Pawòl Li ban nou chak jou. Bondye nan kò yon moun k ap viv nan nou tout.

Frè Jozèf Branham

Mesaj: 64-0614M – “Bondye K Ap Dewale A”
Lè: midi, lè Jeffersonville

*Pa bliye chanjman lè a