25-0417 Kominyon

Mesagj: Pak 2025 – Sèvis Espesyal Kominyon Ak Lavman Pye

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Lepouz Kris,

Ala yon moman glorye Lepouz la pral genyen Wikenn Pak sa a. M kwè sa ap youn nan gwo moman nan vi nou; yon moman nou pap janm bliye. Yon wikenn memorab.

Chak Pak te yon moman tèlman espesyal pou Lepouz la, alò ke nou fèmen pòt nou a mond deyò a lè nou etenn tout aparèy nou yo ak distraksyon mond lan, e ke nou jis rekonsakre vi nou ba Li. Se yon wikenn antye konsakre a Li nan adorasyon, alò ke nou pale avè L tout jounen, epi ke nou tande Pawòl Li answit.

Lènmi an tèlman distrè nou epi kenbe nou okipe avèk anpil bagay nan lavi a ke li vin trè difisil pou nou fèmen a mond lan epi pou nou pale avè L. Menm aparèy yo ke nou itilize pou tande Pawòl la, Satan itilize yo pou fè nou pèdi tan. 

Men wikenn sa a pral diferan, e li pap sanble a okenn lòt wikenn Pak ke nou te janm genyen. 

Lè Seyè a te mete sou kè m pou m tande So yo, m pa t gen okenn lide kijan dat yo t ap tonbe. Men kòm toujou, tan Li pafè. De Dimanch de sa, nou te gen onè tande 4e So a , Laj Zèg la, 6 Avril, jou anivèsè pwofèt la, jan li apwopriye.

Men kounye a, Seyè a gen plis bagay toujou an rezèv pou nou. Jan mwen di l, lè mwen te santi ke Seyè a te mete sou kè m pou jwe So yo, mwen te konnen sa t ap pran plizyè semèn pou m fin jwe yo, paske gen 10 Mesaj nan seri a.

Alò ke m t ap konsilte kalandriye a, m te konstate ke Pak t ap tonbe anvan ke nou fin tande tout seri a. Mwen di tèt mwen, “mwen sipoze ke n ap oblije sispann tande So yo epi L ap ban mwen Mesaj pou Pak.”

Nan yon moman mwen wè…L ap PAFÈ. Nou ka kontinye jwe So yo avèk Setyèm So a ki pral jwe Dimanch Maten Pak la. M pat ka kwè sa, li te aliyen pafètman avèk orè a. Mwen te konnen touswit, SA SE OU, SEYÈ.

Mwen tèlman eksite e nan gwo atant pou peryòd Pak nou ansanm, e avèk Li menm. Mwen konnen Li fè orè a pou nou.

Kidonk, si Seyè a vle, n ap kontinye tande So yo pandan tout Wikenn Pak nou ki trè espesyal.

JEDI

Se te Jedi swa ke Seyè Jezi te pran Dènye Soupe a ak disip Li yo, an komemorasyon Pak la anvan egzòd pitit Izrayèl yo. Ala yon okazyon nou genyen pou nou kominye avèk Seyè a lakay nou, anvan wikenn sakre nou an, epi mande Li pou L padone nou pou peche nou yo, epi pou L ban nou tout sa nou bezwen nan vwayaj nou an. 

Akòde l, Seyè. Geri malad yo. Konsole sa ki fatige a. Bay lajwa a sa ki oprese a. Bay lapè a sa ki boulvèse a, manje a sa ki grangou, dlo a sa ki swaf, lajwa a sa ki tris, pwisans a legliz la. Seyè, mennen Jezi nan mitan nou aswè a, pandan nou sou pwen pran kominyon an ki reprezante kò brize Li a. Nou priye, Seyè, ke Li va vizite nou nan yon fason ekstraòdinè…

Beni lòt yo, Seyè, toupatou nan mond lan, k ap tann avèk jwa vini Seyè a, lanp yo prepare, ak mèch yo byen netwaye, epi Limyè Levanjil la k ap klere nan plas sonb yo.

Annou kòmanse a 6:00PM nan lè lokal nou yo pou nou tande Kominyon 62-0204, e answit pwofèt la pral prezante Sèvis espesyal nou Kominyon a e Lavman Pye yo, k ap jwe sou aplikasyon Lifeline lan (an Anglè), oubyen ou ka telechaje sèvis la an Anglè oubyen nan lòt lang lè w klike sou lyen ki anba a.

Apre Mesaj la, n ap rasanble ansanm ak fanmi nou lakay nou epi n ap pran Soupe Seyè a.

VANDREDI

Ann al an priyè ak fanmi nou a 9:00AM, epi answit a midi ankò, pou nou envite Seyè a pou L avè nou epi pou L ranpli kay nou ak Sentespri a alò ke n ap konsakre nou a Li. 

Ke panse nou retounen a jou sa a sou Kalvè a, apeprè 2000 an de sa, epi wè Sovè nou an pandye sou kwa a, epi annou angaje tèt nou tou pou toujou fè sa ki fè Papa a plezi: 

Epi jou sa a, ki tèlman enpòtan, youn nan pi gwo jou yo, annou egzamine twa bagay diferan ke jou sa te reprezante pou nou. Nou te ka pran dè santèn. Men, maten an, m jis chwazi twa bagay diferan, enpòtan ke nou vle egzamine, pou on lòt ti moman, ki montre sa Kalvè a te vle di pou nou. E m priye pou sa kondane tout pechè ki prezan; ke chak sen mete yo ajenou; ke chak malad leve lafwa li bay Bondye, epi mache ale, geri; ke chak pechè sove; chak retwograd retounen, epi pou yo wont tèt yo; epi pou chak sen rejwi tèt yo, epi pou yo reprann yon nouvo elan e yon nouvo espwa.   

Apresa a midi, annou rasanble ansanm lakay nou pou tande: 63-0323 Sizyèm So A.

Apresa annou ransanble ansanm ankò nan lapriyè touswit apre sèvis la, an komemorasyon krisifiksyon Seyè nou an.

SAMDI

Annou tout reyini ansanm yon lòt fwa nan lapriyè a 9:00AM e midi, epi prepare kè nou pou gwo bagay ke L pral fè pou nou nan mitan nou.

M ka tande L k ap di: “Satan, vin isit!” Se Li menm ki Chèf kounye a. Li lonje men L, rale kle lanmò a ak lanfè a bò kote L, epi Li kwoke l nan Pwòp tay Li. “M vle mete w an gad. Ou bay blòf ase lontan. M se Fis Dye vivan an ki soti nan yon vyèj. San M toujou imid sou kwa a, e tout dèt la peye! Ou pa gen okenn dwa ankò. Ou pa gen anyen ankò. Bann M kle sa yo!”

Apresa a 12:30PM, nou tout ap rasanble pou tande PAWÒL la: 63-0324m Kesyon Ak Repons Sou So Yo.

Ala yon JOU MEMORAB sa pral ye pou Lepouz Li, atravè mond lan.

Apresa annou retounen ansanm nan lapriyè touswit apre sèvis la.

DIMANCH

Tou dabò, annou leve bonè menm jan Frè Branham te fè maten an lè ti zanmi l, wouj gòj la, te leve l a 5AM. Annou jis remèsye Seyè a paske L te resisite Jezi pami lanmò yo:

A senk è maten an, ti zanmi m lan ki gen lestomak wouj la vole jiska fenèt mwen epi li reveye m. Ou ta di ti kè l ta pral eklate, pandan l ap di: “Li resisite.”   

A 9AM e a midi, annou rasanble ankò nan chèn priyè nou, pou priye youn pou lòt epi pou prepare nou pou tande Vwa Bondye a.

A 12:30PM, nou pral rasanble pou tande Mesaj Pak nou: 63-0324e Setyèm So A.

A 3PM, annou tout reyini ansanm yon lòt fwa nan lapriyè, pou remèsye L pou BÈL WIKENN LI BAN NOU AVÈ L EPI AVÈK LEPOUZ LI ATRAVÈ MOND LAN.

Pou frè m yo ak sè m yo a letranje, menm jan ak ane dènyè, m ta renmen envite nou vin jwenn nou lè Jeffersonville, pou tout moman lapriyè nan orè sa a. Sepandan, m reyalize ke l ap trè difisil pou pi fò nan nou pou jwe bann yo nan Jedi, Vandredi e Samdi lè Jeffersonville, kidonk tanpri santi nou alèz pou tande Mesaj sa yo nan moman k ap bon pou nou. Sepandan, m ta renmen pou nou tout rasanble ansanm Dimanch a 12:30PM, lè Jeffersonville, pou tande Mesaj Dimanch nou an ansanm.

M ta renmen envite nou tou, nou menm ak pitit nou, pou patisipe nan pwojè Kreyasyon yo, redaksyon jounal la, epi egzamen YF yo, ke tout fanmi nou ka jwi ansanm. Nou panse ke n ap renmen yo, paske tout baze sou PAWÒL la ke nou pral tande wikenn sa a.

Pou orè wikenn lan, enfòmasyon sou preparasyon sèvis kominyon an, materyèl ke n ap bezwen pou pwojè Kreyasyon yo, Egzamen Pak yo, epi lòt enfòmasyon, gade lyen ki anba yo.

Ann fèmen telefòn nou yo pou wikenn Pak la eksepte pou nou pran foto, pou tande Sitasyon Jou An, epi pou jwe bann yo nan aplikasyon Tab la, apliksayon Lifeline, oubyen pa lyen telechajeman yo.

Se tout on onè pou mwen pou envite nou, nou menm ak fanmi nou pou vin ansanm avèk Lepouz la atravè mond lan pou yon wikenn ranpli ak ADORASYON, LWANJ E GERIZON. M vrèman kwè ke se yon wikenn ki pral chanje lavi nou pou tout tan.

Frè Jozèf Branham