24-1117 Laj Legliz Sad La

Mesagj: 60-1209 Laj Legliz Sad La

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Moun Bann Yo,

Jan nou fyè yo rele nou “Moun Bann Yo”. Kè nou eksite chak semèn paske nou konnen n ap ini ansanm atravè mond lan lè n ap tande Vwa Bondye a k ap pale avè nou.

Nou konnen, san yon sèl dout, ke nou nan Volonte pafè Bondye lè nou rete ak Pawòl Li, ap tande Vwa Li pa entèmedyè pwisan setyèm anj mesaje Li. 

Mesaje ke Li chwazi pou epòk nou se William Marrion Branham. Li se lanp Bondye pou mond lan, ki reflete limyè Bondye. Li rele Lepouz Pawòl Pi Li, ke L chwazi, pou L soti pa mwayen anj Li.

Nan etidye Pawòl Li avèk anpil atansyon, Li revele nou pa Sentespri Li ke William Marrion Branham se anj ke L chwazi pou bay Revelasyon Li e Ministè Li pou epòk nou. Nou wè anj Li, ZETWAL NOU, nan men dwat Li alò ke Li akòde l pwisans Li pou revele Pawòl Li epi rele Lepouz Li pou L soti.

Li ban nou tout Revelasyon de Li menm. Sentespri a ki idantifye Tèt Li a nou menm atravè lavi setyèm anj mesaje Li, anj ke L chwazi pou l vin je Li pou epòk nou.

Jan kè nou ap boule andedan nou lè Li di nou, nan chak Mesaj ke objektif Li se pou L mennen nou tounen a Li menm; ke nou se Lepouz Pawòl Li.

Li renmen di nou san rete ke Li chwazi nou NAN LI MENM anvan fondasyon mond lan. Jan Li te konnen nou e L te renmen nou davans.

Jan nou renmen tande L epi k ap di nou ke nou te rachte pa san Li e ke nou p ap JANM pase nan jijman. Nou p ap janm ka nan jijman, paske peche pa ka enplante nan nou.

Jan n ap chita avè L lè Li pral pran twòn terès Li de David, e nou pral rèye avè L, jan L te fè l nan syèl la, avèk pwisans e otorite sou tout latè a. Tès ak eprèv lavi sa a p ap sanble anyen lè sa a.

Men Li te avèti nou tou kijan nou dwe fè atansyon. Ke atravè laj yo, de pye rezen yo grandi kòt a kòt. Jan lènmi an te toujou si pwòch, si seduktè. Menm Jida te chwazi pa Bondye, e te enstwi nan verite. Li te pataje konesans mistè yo. Yo te akòde l yon ministè pwisans epi li te geri malad yo epi l te chase demon yo nan Non Jezi. Men l p at ka ale nèt.

Nou pa ka pran sèlman yon pati nan Pawòl la. Nou dwe pran TOUT Pawòl la. Gen de moun ki sanble enplike nan bagay Bondye yo prèske a san pou san, men se manti.

Li di ke li pat sifi ke Li te ini Tèt li avèk tout legliz la, oswa menm avèk senk ministè yo ki nan Efezyen kat. Li avèti nou ke nan chak aj, legliz la devye, e se pa sèlman laik yo men gwoup klèje a tou – bèje yo an tò menm jan ak mouton yo.

Alò selon konsèy pwòp volonte Li, Li antre an sèn nan epòk nou antan ke Chèf Bèje nan ministè setyèm anj mesaje Li pou mennen pèp Li tounen nan laverite epi nan gwo pwisans verite sa a.

Li nan mesaje Li e moun ki vle resevwa plenitid Bondye a dwe swiv mesaje a menm jan mesaje a swiv Seyè a nan Pawòl Li.

Mwen vle gen plenitid Bondye a epi swiv mesaje Li. Konsa, pou nou menm, Branham Tabènak la, sèl jan pou nou swiv mesaje a jan li swiv Seyè a pa Pawòl Li, se pou nou PEZE JWE epi tande Vwa Pi Bondye a k ap pwononse nou pawòl enfayibilite yo.

Nou pa bezwen devine ou verifye sa n ap tande, nou dwe jis Peze Jwe epi kwè chak Pawòl ke nou tande.

Mwen tande Frè Branham di sitasyon sa a byen bonè yon maten sou Vwa Radyo a. Lè m tande L, m santi nan kè m ke se te egzakteman konsa ke mwen/ ke nou santi nou lè nou di:

NOU JIS PEZE JWE EPI NOU TANDE BANN YO.

Pou mwen, sa te parèt tankou yon deklarasyon Lafwa nou.

Se rezon sa ki fè m kwè nan Mesaj sa a, se paske Li soti nan Pawòl Bondye a. E tout sa ki pa nan Pawòl Bondye a, m ka kwè l. Li te ka jis, men kanmenm m ap rete avèk sa Bondye di, e m sèten ke m ap gen rezon. Kounye a, Bondye ka fè sa L vle. Li se Bondye. Men osi lontan ke m rete ak Pawòl Li a, alò m konnen ke tout bagay kòrèk. Mwen kwè sa

Glwa, li di l yon jan tèlman PAFÈ. Tout lòt ministè yo te ka vre, paske Bondye ka fè sa L vle, avèk ki moun Li vle, Li se Bondye. Men toutotan m rete avèk Pawòl Li a, Vwa Li, Bann yo, alò m konnen ke tout bagay kòrèk. M kwè sa

M konnen ke anpil moun li lèt mwen yo e yo mal konprann sa mwen di e sa mwen kwè ki Volonte Seyè a pou legliz nou an. Kite m di nou ankò avèk imilite, jan pwofèt la di l: “Lèt sa yo adrese a legliz mwen an sèlman. Moun ki vle rele Branham Tabènak la legliz pa yo. Moun ki VLE IDANTIFYE EPI KI VLE YO RELE YO MOUN BANN YO”.

Si nou pa dakò avèk sa mwen di e sa mwen kwè, sa toutafè kòrèk frè ak sè m yo. Lèt mwen yo pa adrese a nou oswa kont nou ou legliz nou. Legliz nou souveren e nou dwe aji jan nou santi nou, men selon Pawòl la, legliz pa nou souveren tou, e se sa nou kwè ki chemen ke Bondye ban nou.

Tout moun toujou byenvini pou ini avèk nou chak Dimanch a midi, lè Jeffersonville. Semèn sa a, Etwal Bondye pou laj nou an, William Marrion Branham, pral pote nou Mesaj la, 60-1209 Laj Legliz Sad La.

Frè Jozèf Branham