Sitasyon pou jou / Pen chak jou

Sitasyon Pou Jou
January 7, 2026

Yon Temwayaj Sou Lanmè A
64-0307

Ou konnen, pwoblèm lan sè ke, w ap eseye fè Hollywood antre nan legliz la. Bagay ou ta dwe eseye ap fè se fè Hollywood soti nan legliz la. Ou wè? W ap eseye fè bilding ou an tèlman bèl, w ap eseye fè denominasyon w lan tèlman grandyoz, jouk li va atire atansyon moun yo. Nou pa ka ale sou bò kote pa yo a. Nou dwe fè yo vini sou bò kote pa nou an. Tout bagay k ap klere… sonje, Hollywood flache ak mondanite, pandan ke Levanjil la ap reyone nan imilite. Gen yon bon jan diferans ant klere ak reyone. Levanjil la reyone nan imilite, ak dousè, ak imilite, ak pwisans. Pandan ke Hollywood ap klere, epi tout moun ap bat bravo epi ap rele byen fò, epi y al ladan l. Ou wè? Nou pa bezwen sa.

PEN KOTIDYEN
Desann nou devan Bondye, Bondye va leve nou.
Jak 4:10

.

.

.

.

.

31/12/25

Èske Bondye te pale sèlman ak Moyiz?
53-1130

Dyab la konnen kijan pou l mete program li a an plas.

Li te anseye tout moun sen yo, “Ebyen, nou pa ta dwe ale nan sinema.” Pa lontan sa nou te anseye pitit nou sa, men dyab la te pyeje nou. Li jis pote sinema a lakay nou. Se vre. Se vre. Li te di, “O, pa gen pwoblèm nan sa.” Ou wè li gen…

Nou konnen ke yo te konn di lontan ke dyab la pa a lamòd, men aktivite l yo pa kanpe. Se vre. Li toujou an aktivite, epi li vin pi rize kounye a ke jan l te ye lontan; jan moun yo rize a se konsa l ye tou; epi li jis fofile anndan la a. Ou wè?

Frè, m ap di ou yon bagay, si ou vle mete ou a labri, fè l kounye a, se vre. Mete ou anba San Jezikri. Se yon wont pou ke tout sa nou genyen epi nan kondisyon mond lan ye jodi a, a katreven pousan se nan Hollywood yo soti, epi se ekzanp mond li ye. Se la ki bay ritm pou tout mond modèn nan, se nan Hollywood yo soti.

PEN KOTIDYEN
Pesonn pa ka sèvi byen ak de mèt an menm tan.
Matye 6:24

30/12/25

Dlo Ki Soti Nan Wòch La 55-0224

Epi Bondye gen program Li, L ap plase ou nan Kris, kote L konnen w ap pi bon pou Li an, si ou jis fidèl ak apèl ou a.

Pa eseye pran apèl yon lòt moun. Rete ak pwòp apèl ou a. Si ou se yon madan marye k ap swen kay ki, se pou rete yon madan marye k ap pran swen kay li. Kèlkeswa sa Bondye rele ou pou fè a, rete la. Li konnen pou L mete men Li sou ou e fason pou L itilize ou.

Yon fwa, Li te gen yon ti granmoun fanm ki te rele Hannah, yon ti madan marye ki t ap pran swen kay li. Li te konnen kote plas li ye, epi kisa Li t pral fè avèk li. Yon lòt fwa ankò, Li te gen yon lòt ki te rele Mari. O, la, la, L ap jis fè avèk ou sa l vle pou L fè a, si ou jis kite L fè l. Jis rete enb, soumèt ou ak Li, epi avanse.

PEN KOTIDYEN

Mwen fè tou sa poutèt bon nouvèl la, pou m ka resevwa pa m nan benediksyon l yo.
1 Korentyen 9:23

29/12/25

LAFWA OU SOVE OU 54-0411

Frè m ak sè m yo, mwen di sa avèk imilite epi san m pa atire atansyon nou oswa pou m eseye gen senpat nou. Rad mwen genyen yo se rad moun yo ban mwen. Vès ki sou mwen an, frè Moore te avè m, se moun nan peyi Lasyèd ki te fè m kado l, sa gen katran desa.. Pè soulye sa a, se madan mwen ki te achte l pou mwen. Mwen gen yon lòt vès lòt bò a la a, se moun Florida ki te ban mwen l. Moun nan peyi Fenland te ban m yon lòt; gen de mwen te pran nan peyi Almay, non se pa Almay, men Annafrik. Se la rad yo te soti. Se sa moun yo te ban mwen. Gen kèk nan yo se dezyèm men yo ye. Se vre. Mwen gen yon vès ki soti Kalifòni depi senkan e m ap mete l depi lè sa a. E sa — sa fè sis, setan lè m te genyen l. Men kisa sa ye? Se ase. Li pat menm gen anyen sèlman yon rad epi Li te prete tonb yon moun pou L te antere ladann.

Mwen te ka rich si m te pran lajan moun yo te ban mwen an. Men mwen vle rete pòv menm jan ak sila yo mwen sot priye pou yo a. Nou se sitwayen Wayòm Bondye a. Mwen pa di sa jis pou di sa. Mwen di sa paske mwen vle ou konnen, zanmi, ke Wayòm Bondye a se pa richès oswa bèl abiman. Se yon kè ki soumi ak Bondye, se la Bondye aji.

PEN KOTIDYEN
Tout sa Seyè a mande ou, se fè sa ki dwat, epi renmen mizerikòd. Se pou mache enb avèk Bondye ou la.
Miche 6:8

28/12/25

Kisa Atraksyon Sou Montay La Ye?
65-072e

M imajine lè moun yo te vle al griyen dan yo, yo te konn monte kanpe devan pòt ach la pou y ap ri. “Eben, ou te di ke ta pral gen lapli sa fè santan pase! Granpè m te di m ke li te tande w isit la, ki t ap di ke ta pral gen lapli, e ou toujou ap frape sou vye moso bwa sa anwo a la.
Poukisa ou pa pran tèt ou? “

Men, se Bondye ki t ap prepare pou konfime yon pwomès, epi akonpli yon pwofesi ke pwofèt Li te fè. Bagay sa a dwòl anpil! Bondye, ki t ap akonpli pwomès Li te bay Noye, pandan ke lòt moun t ap ri. Bondye t ap prepare tou pou make listwa, pou montre lòt yo, jouk jodi a, ke Li kenbe Pawòl Li! Kèlkeswa jan sa te sanble l pa reyèl epi l pa rezonab, Li toujou kenbe Pawòl Li.

PEN KOTIDYEN
Bondye pa tankou moun k ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k ap chanje lide yo pou ti krik ti krak! Depi li pwomèt yon bagay, l ap fè l . Depi li pale, fòk sa li di a rive vre!
Nonb 23:19

27/12/25

Adopsyon #4 60-0512

Nou pat sove pa San an, nou rete sove pa San an. Men nou te sove pa gras, atravè lafwa, pandan n ap kwè nan Li. Bondye te frape nan pòt kè nou paske Li te predestine nou. Nou te leve je nou gade epi nou te kwè l, nou te aksepte l. Kounye a San an fè yon ekspiyasyon pou peche nou yo. Sonje, mwen te di: “Bondye pa kondane yon pechè poutèt li peche.” Li se yon pechè pou kòmanse. Li kondane yon Kretyen poutèt li peche. Epi paske Li te kondane l, Kris te pran kondanasyon nou an. Kifè pa gen okenn kondanasyon pou sila yo ki nan Kris Jezi, ki p ap mache dapre lachè, men dapre Lespri a. E si w fè yon bagay ki mal, se pa ak pwòp volonte w. Ou pa fè peche ak pwòp volonte w. Yon nonm ki fè peche ak pwòp volonte l, ki soti epi ki peche ak pwòp volonte l, li poko janm antre nan Kò sa. Men yon nonm ki yon fwa anndan la, li mouri, e lavi l kache nan Bondye, atravè Kris, sele pa Sentespri a, e dyab la pa menm ka jwenn li, li tèlman lwen anndan la. L ap oblije soti la anvan dyab la ka janm pran l. “Paske nou mouri!”

PEN KOTIDYEN
Pwoteje m tankou grenn je ou. Kache m anba zèl ou.
Sòm 17:8

26/12/25

MESYE, ESKE NOU VLE WÈ JEZI? 61-0519

Sentespri a pa yon panse, Se yon Pèsòn, “ Lè Li, Sentespri a , vini,” epi li se yon pwonon pèsonèl, kidonk Li — Li se absoli, Li se Pèsòn Kris sou fòm Lespri Sen k ap viv nan nou.

Jezi te di, “ Mwen se Pye rezen an, nou se branch yo.” Bon, Pye rezen an pa pote fwi, se branch yo ki pote fwi, se poutèt sa, Li dwe itilize ou menm ak mwen, je nou yo, lèv nou yo , zòrèy nou — nou yo, diskou nou yo, tout bagay, se Li ki pale atravè nou, “Mwen se Pye rezen an, nou se branch yo.”

Kidonk sa t ap kolaborasyon Kris nan pèp Li a, si nou te ka wè Li k ap aji jodi a menm jan Li te konn fè l nan tan pase yo, paske se yon pwomès pou Legliz, “ Ou rete nan Mwen epi Pawòl Mwen rete nan ou, mande sa ou vle.” O, plizyè milye pwomès te ka site isi a. Men se Kris nan Legliz Li a.

PEN KOTIDYEN
Jan di ankò, mwen wè Lespri Bondye a desann sot nan syèl tankou yon ti kolonb, Li rete sou tèt Li.
Jan 1:32

25/12/25

Mond Lan Ap Degringole
62-1216

Bondye dwe jije mond lan pa yon bagay. Si L jije l pa legliz, pa ki legliz Li pral jije l? Bon, pa gen anyen ki ka jije. Se yon sèl bagay ki rete, se Pawòl Li, Li Etènèl, yo pa ka mete sou li oswa retire ladann.

Se la a nanm mwen ankre, avèk men m yo tou senp poze sou Sakrifis mwen an, pandan m ap konfese ke m pa bon ditou. Pa gen anyen nan mwen, O Seyè Bondye. Voye Mesi sa a sou mwen epi chanje moun mwen ye a de sa m te ye anvan, epi fasone m nan Pwòp fason ou nan jan ou vle pou mwen ye a.

Kèlkeswa jan ou ka brile yon kò, kèlkeswa jan ou ka detwi yon moun, kèlkeswa jan ou ka pale l mal, oswa nenpòt sa ou ta di sou li a, yon jou l ap resisite. Gen yon Wayòm ke nou resevwa ki pa ka brannen. O la la !

PEN KOTIDYEN
Si moun k ap viv dwat devan Bondye yo pa fasil pou sove, nou pa bezwen mande sa k ap rive moun ki pa kwè nan Bondye yo, moun k ap viv nan peche yo.
1Pyè 4:18

24/12/25

DEPI NAN KÒMANSMAN AN LI PAT KONSA 59-1125

E nou, wè kounye a, menm bagay ke Jezi te di ki t ap pran plas la, Pwòp Pawòl Li te deklare l, “ Menm jan l te ye nan jou Lòt la, se konsa L pral ye lè Fis Lòm nan ap vini,” menm bagay la. Gade peyi ou la, kijan l pèvèti. Gade jounal yo, mwen te wè yon etid kote omoseksyalite a ogmante ven pousan ke lane pase sou kot Wès la, peche Sodòm yo. Gade kijan tout bagay— tout bagay pèvèti, dlo yo, rivyè yo, tout bagay kontamine, maladi yo, viris yo, doktè yo pa konn anyen de yo. Nou nan fen tan an, kouri al sou Wòch la, kouri al jwenn Kris, antre nan Li rapid, Legliz

Pa gade ak analfabèt mwen, oswa mank edikasyon mwen. Nou menm k ap koute sa m ap di nou la a atravè Pawòl Bondye a. E Bondye ap konfime Pawòl sa pou di l se ke verite. Kwè Li, e ou va sove.

PEN KOTIDYEN
Pyè t ap di yo anpil lòt pawòl pou l te fè yo kwè, li te egzòte yo, lè l te di yo konsa: “ Sove tèt nou. Wete kò nou nan mitan moun pèvèti sa yo.
Travay 2:40

23/12/25

AYO A AK KOLONB LAN 56-0917

Bon, Bib la di,“ Li te wè Lespri Bondye tankou yon Kolonb, epi Li te di, “ Men Ayo Bondye a.” Epi kolonb lan te desann sou Ayo a epi te abite… m renmen sa “ abite.”

Kounye a, e si Ayo a t ap rele tankou yon lou. Bon, Kolonb lan ta pral fè wout li.

Ou konnen, kèk fwa m poze tèt mwen kesyon èske se pa rezon sa a ki fè ke gen tout pwoblèm sa yo anndan legliz la. Si nou se Ayo Bondye, nou ta dwe gen nati ayo si n ap tann Kolonb lan pou l abite. Nou kwè sa? Mwen kwè l.

Kounye a, si n ap obsève Kolonb lan… Rezon kifè L rete sou Ayo a, se paske nati yo menm. E se rezon ki fè Kolonb lan rete sou Kretyen an, L ap rete la toutotan li se yon ayo. Men lè li pran yon nati diferan, Kolonb lan ap vole.

PEN KOTIDYEN
Bon. Kounye a, ensi di Seyè a, “ Kalkile byen sou sa k ap rive nou la.”
Aje 1:5

22/12/25

Konferans 60-1125

Yon moun te di m pa gen lontan sa, li te di, “W ap preche yon nouvo kalite sali, èske se pa vre?”

Mwen te reponn, “Non, mesye.”

Li te di, “ Ou pa gen yon ti kal nan nouvo sali sa a ?”

Mwen te reponn, “Non. Mwen gen yon nouvo ka de ansyen sali a.” se vre. Mwen te di, “Se pi ansyen an ki genyen.”

Li te mande m, “ depi ki lè l te òganize?”

Mwen te reponn, “Anvan menm ke mond lan te fonde.”

Li te di, “Kijan ou fè konn sa?”

Mwen te reponn, “Jòb 7:27 di, ‘Ki kote ou te ye lè M t ap fè mond lan, lè zetwal maten an t ap chante ansanm epi pitit Bondye yo te kontan?”’ Ebyen relijyon ansyen tan ki sensè, ki ble tankou syèl, k ap fè bri, ki touye peche, o, lala, li pi ansyen ke Bib la. Li pi ansyen ke ti mòn yo. Li pi ansyen— li pi ansyen ke tè a, li pa nouvo. Se yon bagay ki ansyen. Se yon nouvo ka. Piga mete anyen ladann. Vin jwenn li.

PEN KOTIDYEN
Byen lontan anvan Bondye te kreye lemonn, li te chwazi nou nan Kris la pou nou te kapab viv apa pou li, pou n te san repwòch devan li. Nan renmen li renmen nou an.
Efezyen 1:4

21/12/25

ABRAHAM 60-0803

Bon Kounye a gade, “ vin achte nan men M koli pou mete nan je ou.” O, la la! “ Vin achte nan Men M koli, ki va louvri je ou yo,” sou k ap pase nan antouraj ou. O, Bondye, m swete m gen yon mwayen pou m ka fè legliz la wè sa a. Vin achte koli. Koli se yon lwil ki di. Epi lwil se Sentespri a. “Kite M pase lwil sou je ou yo pou ka wè ke m se menm nan yè, jodi a, ak pou toutan, pou M kite ou wè ke pwomès ke M te fè pou dènye jou yo, yo isi a, vin achte koli nan men M.”

PEN KOTIDYEN
Se poutèt sa, Mwen ta ba ou konsèy achte nan men M bon lò San melanj ki pase nan dife. Konsa ou va rich tout bon. Achte nan men M tou rad blan pou mete sou ou pou moun pa wè jan ou toutouni. Sa se yon wont pou ou. Achte nan men M tou koli pou mete nan je ou pou ou ka wè.
Apokalips 3:18

20/12/25

ALE BYEN LWEN KAN AN 64-0719E

Katsanzan san Pawòl la! Li te change,
pwofèt sou pwofèt, jiska dènye pwofèt la ki te Malachi, e apre sa pat gen okenn lòt pwofèt pandan katsanzan.

E aprè Bondye te vin sou sèn lan ankò. Yon jou Li te mache nan mitan yo ankò, men tradisyon yo te si tèlman pran plas Li nan mitan yo, ke Li te yon etranje pou yo. Tradisyon ansyen yo, se te lave chodyè, ak–ak jan pou yo penyen cheve yo, epi mete on jan de bouton nan vès yo, ak yon sèten wòb pou prèt–prèt yo; ak–ak youn ki se yon Farizyen tout bon, epi lòt la se yon Sadiseyen. Bagay sa yo te pran plas Pawòl la pami mesye sa yo, epi lè Bondye te vizite yo, Li te yon etranje pou yo.

Pèmèt mwen di sa avèk lanmou epi respè, epi pou sa ka byen antre nan tèt nou pou n pa bliye l. Se menm bagay la jodi a. Sa pa chanje yon ti kras.

PEN KOTIDYEN
Nou mete kòmandman Bondye yo sou kote pou nou swiv koutim moun etabli. Mak 7:8

19/12/25

ÈSKE LEGLIZ LA PRALE ANVAN NAN TRIBILASYON 58-0309E

O, pat janm te gen yon epòk, ki, sitèlman komèsyal, tankou jodi a, avèk machin dezyèm men ak lòt bagay. Sitèlman li komèsyal, ke, ou ka achete yon frijidè ane sa a, epi ou peye anviwon katsan ak senksan dola pou li, epi ane pwochèn pèsòn pa vle l. Li pa a la mòd. Èske nou pa wè ke mond komèsyal la ap mete presyon sou nou ? Ou ka achete yon machin ane sa a, epi ane pwochèn li gen anpil chans pou l bon menm jan ak sa ou te ka achte nan epòk ou te achte l la, men valè l pral diminye de yon mil dola paske yo te chanje bouchon radyatè a oswa yo te fè kèk ti bagay ki pa gen sans ladann. Se jis yon diskou pou yo ka vann , pou akonpli sa ki ekri nan Bib la. “ Menm jan l te ye nan jou Noye yo, ak nan jou Lo yo.”

PEN KOTIDYEN
Se konsa nan jou gwo inondasyon an, moun t ap manje, yo t ap bwè, moun t ap marye, yo t ap marye pitit fi yo. Konsa konsa, jouk jou Noye te antre nan lach la.
Matye 24:38

18/12/25

Bondye te Pouvwa Yon Mwayen
56-0108

O, ala bèl! Nou konnen, petèt nou tout se bebe Bondye ki nan bibon, si nou te ka di sa. Epi Bondye te jis pouvwa de bibon, Ansyen ak Nouvo Testaman, epi Li jis mete tout vitamin ki genyen ladan yo. Pandan ke n ap akwoche nou ak Li, n ap tete, nou pa sèlman satisfè, men an menm tan nou geri tou. Nou jwenn vitamin espirityèl. Li jis kontinye fòtifye nou, li fè nou vin pifò, pifò. Li bon. Li gen kalsyòm pou zo yo. Ya. Li gen vitamin B konplèks pou nè yo. O, li gen tout bagay ladann. Tout famasi Bondye a nèt te vide ladann. Yo tout te nan yon boutèy, Li te mete yo nan yon boutèy, epi Li te ouvri l sou Kalvè a.

Kidonk, gras ak Kalvè a, nou kapab nouri nou ak tout benediksyon rachte ke Jezikri te mouri pou yo a.

PEN KOTIDYEN
Se Seyè a ki tout fòs pèp li a. L ap defann wen li chwazi a, l ap delivre l.
Som 28:8

17/12/25

Piga Pè 60-0609

Kite m di nou yon bagay, moun ki nan denominasyon Metodis, Presbiteryen ki isi a la a. Lè moun sa yo isi a rele tèt yo Pannkotis, sa pa vle di yon òganizasyon. Ou pa ka òganize Pannkot la. Ou ka gen yon denominasyon, men Pannkot la se yon eksperyans pou sila yo ki vle vini jwenn li, menm si l se Batis, Presbiteryen, Metodis, nwa, blan, jon, mawon, oswa blan. Kèlkeswa koulè l, gwosè l, stati sosyal li, nivo edikasyon li, sa pa fè okenn diferans; se pou sa yo ki vle. Se pwosesis netwayaj Bondye pou Legliz Li a. Ou pa bezwen entèlijan pou sa; ou pa bezwen edike pou sa.

Te genyen yon sèl moun nan tout gwoup la ki te edike, se te Pòl. E Pòl te di ke l te oblije bliye tout sa l te konnen pou l te jwenn Kris. Ou pa konnen Bondye ak pouvwa entelektyèl; ou konnen Bondye pa yon eksperyans atravè Sentespri a.

PEN KOTIDYEN
Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k’ap soufle. Li plen tout kay kote yo te chita a.
Travay 2:2

16/12/25

An Atant 53-0507

Kounye a, peche pa vle di soti al bwè tafya epi rekòmanse. “Ale epi pa doute ankò.” Amèn. Men ou. Èske nou konnen kisa m jwenn ki pi gwo pwoblèm avèk legliz Pannkotis la jodi a? Pozisyonèlman yo pa konnen kisa yo ye. Yo se pitit gason ak pitit fi Bondye. E anpil fwa n ap tann yon gwo bagay ki gen pou vini, men nou genyen l deja, pi gwo bagay ke yo te ka ba nou an. Kounye a, nou se pitit Bondye, se pa nou pral, nou se pitit Bondye kounye a. Epi nou chita ansanm nan plas Selès la nan Kris Jezi, kounye a menm. O, la la. Lè jan de lafwa sa a antre nan Legliz la, dyab la retire kò l la. Paske kounye a ou gen…

Satan pa gen okenn dwa legal sou okenn Kretyen. Chak fwa yon nonm sove, Bondye siyen yon bann chèk, epi Li mete Non L anba yo, epi Li di, “Men yo la. Vin ranpli yo.” èske sa fè ou pè? Ranpli yo. “Tout sa ou mande lè w ap priye, kwè ke ou resevwa l. Y ap ba ou li.”

PEN KOTIDYEN
( Bondye te di: Mwen te koute ou, lè lè a te rive pou m te fè ou gras la. Mwen te pote ou sekou, lè jou a te rive pou m te delivre ou la. Enben, kounye a, men lè a rive pou n resevwa favè Bondye a; se jodi a menm nou ka jwenn delivrans.)
2 Korentyen 6:2

15/12/25

Pale Ak Mòn Sa A 59-1123

Kounye a, mwen vle pale avèk nou jis pou yon ti moman, de Pawòl Bondye a ki paka fayi ( Ou wè). Premyèman, mwen vle nou konnen ke Bondye enfini. Li si tèlman pafè ke Li konnen tout sa ki t a pral rive. Èske nou kwè sa? Li konnen ke anvan mond lan te kreye, ke nou t ap la aswè a paske Li enfini. Si L pa enfini, lè sa a Li pa Bondye. Kidonk si L gen limit, Li menm jan avèk nou. Men mo enfini an pa gen okenn mwayen pou eksplike l. E kèlkeswa sa Bondye di li pafè; Li pa ka fè l vin pibon oswa retire l. Li pafè, paske Bondye pafè, epi Pawòl Li yo pafè. Pwomès Li yo pa ka janm fayi. Kounye a, ou oblije gen kalite lafwa sa a nan Bondye lè w ap li Bib la pou ka kwè pwomès Li yo. Ou dwe sonje ke Li pafè. Pawòl Li yo pafè; yo pa ka janm fayi; yo pa ka janm vin pibon; yo pafè pou kòmanse.

PEN KOTIDYEN

Bondye o! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou pa gen de pawòl. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
2 Samyèl 22:31

14/12/25

Pran Defans Lafwa Bondye Te Bay Yon Sèl Fwa Pou Tout Tan An, Pou Tout Moun Pa L Yo.
53-0614A

Kounye a, Bondye souveren. Se vre, Li—Li konnen, “Li pa vle pèsòn peri men pou tout moun vin repanti.” Men pou L se Bondye, Li dwe konnen, epi se sèten Li konnen ke anvan bagay yo rive, ki moun k ap sove, ki moun ki p ap sove. Se vre.

Kidonk gen moun ki p ap sove, e Bondye te konnen sa depi nan kòmansman an ke yo pa t ap sove. E Li te menm chwazi Farawon epi Li te fè kè l vin di pou menm koz sa a, pou L te ka montre pisans Li. Epi Ezayou ak Jakòb tou, pou L ka montre ke chwa Bondye fè a sèten… anvan menm ke youn nan timoun yo te—fèt, ’anvan yo te fèt, Bondye te di, “Mwen renmen Jakòb epi M rayi Ezayou.” Se vre. Anvan…

Gade, ou se yon Kretyen paske Bondye te òdone pou vin yon Kretyen. Bon, ou ka detounen de sa. Gen kèk… Bondye ap mete yon lòt moun nan plas ou. Men plas ou se la a l ye. Si Bondye rele ou pou yon bagay, al pran l epi rete avè l.

PEN KOTIDYEN
…fè jefò plis toujou pou nou rete fè m nan pozisyon kote Bondye mete nou an, li menm ki rele nou, ki chwazi nou. Si nou fè sa, nou p ap janm tonbe.
2 Pyè 1:10

13/12/25

SILA YO KI WEN NAN TAN LAFEN AN. 65-0725

Sentespri a se Pwofèt pou lè sa a; Li konfime Pawòl Li, Li pwouve L. Sentespri a se te Pwofèt la nan tan Moyiz la. Sentespri a se te Pwofèt la nan tan Miche a. Sentespri a, ki te ekri Pawòl la, vini epi konfime Pawòl la. Kounye a kisa k te rive nan tan Miche a? Yo te touye Akab, epi chen yo te niche san l, dapre Pawòl Bondye a.

Nou tout fo anseyan yo, se sa Bondye di, yon jou n ap rekòlte sa nou simen, nou menm lidè avèg pou avèg yo! M pa fache non. M ap jis di nou yon Verite. E mwen pa t ap di sa si isi a, nan sal sa a, si Sentespri a pat di: “Di l nan fason sa a.” Èske m te janm di nou yon bagay ki fo sòf sa Bondye te pwouve ke li se verite? Reveye n, frè m yo, anvan l twò ta!

PEN KOTIDYEN
Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.
Galat 6:7

12/12/25

JIS YON LÒT FWA ANKÒ SEYÈ 63-0120E

Bib la di, “Aj legliz Lawodise ki rich la, pa t ap bezwen anyen, epi Li pa konnen ke li t ap toutouni, avèg, mizerab, epi li pa konn sa.” Kounye a, si ou wè yon moun desann nan lari a, ki t a toutouni epi avèg, epi ou di l ke l te nan eta sa, ke l te toutouni, li dwe jwenn yon kote pou l kache, bon gen posibilite pou retire moun sa a nan lari a. Men lè l vire gade, li pa gen ase kapasite mantal pou l konn sa ; men kounye a legliz pa gen ase kapasite mantal pou l konn sa. Toutouni, mizerab, avèg, malere, pòv. Kris deyò a, ap frape, L ap eseye antre, men ou di ou pa bezwen anyen.

M konnen sa etranj pou kèk nan nou, men se Verite Bondye. Pawòl la di sa. Yo pa sezi vizyon an.

PEN KOTIDYEN
Nan tan lontan, nou te nan fènwa. Men kounye a, paske n ap viv ansanm nan Seyè a, nou nan limyè. Se sa ki fè, fòk nou mennen tèt nou tankou moun k ap viv nan limyè a.
Efezyen 5 :8

11/12/25

Bondye Kache Epi Revele Nan Senplisite 63-0317M

Bon, yon gran wout sentete, moun k ap eseye rann tèt yo sen. E lè w fè sa, se tankou m te di anvan an, se tankou yon…Sa va tankou yon malfini k ap eseye mete plim kolonb sou li, pou l ka sanble ak yon kolonb, alòske nati l se ankò yon malfini. Ou wè? Li, se… Li te ka tankou yon kòbo k ap eseye mete–mete plim pijon sou li, oswa yon pan, k ap di “Ou wè, mwen se yon bèl zwazo.” Ou
wè, se yon bagay fabrike.

Men yon pan pa gen pou enkyete si l pral gen plim pan ou pa. Kolonb lan pa gen pou enkyete si l pral gen plim kolonb ou pa. Toutotan nati l se yon kolonb, li va
gen plim kolonb.

E, ou wè, moun sentete yo te kòmanse di: “Fanm yo dwe kite cheve yo long epi mete rad manch long, e–e tout bagay sa yo, ak jip long, epi pa mete okenn alyans
ou kèlkeswa bijou a.” Ou wè, sa vin yon sentete pèsonèl fabrike. Ou wè? Ou wè? Sa–sa–sa se sentete fabrike.

PEN KOTIDYEN
Lèzòm mete nan lide yo tou sa yo fè bon. Men, pa bliye se Bondye k’ap jije sa ki nan kè yo.
Pwovèb 16:2

10/12/25

Yon Lòt Fwa Ankò 63-1117

Bondye pa genyen pitit-pitit. Y ap vini. Vye papa ak vye manman pannkotis yo, anba yon eksperyans, te fè nou vini, epi nou jis antre nan legliz la epi nou chita la a, epi otomatikman nou te yon pannkotis? Li pa genyen pitit-pitit. Li sèlman genyen pitit gason ak pitit fi. Pa gen afè pitit-pitit. Nou dwe peye menm pri a pou resevwa menm Sentespri ke yo te resevwa a. Nou dwe yon pitit gason ak yon pitit fi, men pa yon pitit-pitit gason ak pitit-pitit fi. Li pa yon vye gran-papa, gate, ki kite pitit li yo fè sa yo vle, epi beni kè yo. Li se Bondye, Sila ki Etènèl la! Se vre, pitit gason ak pitit fi!

PEN KOTIDYEN
M va yon papa pou ou ou menm, ou va pitit gason ak pitit fi pou mwen, se sa Senyè ki toupisan an di.
2 Korentyen 6:18

09/12/25

BONDYE NAN PÈP LI 50-0227

Gen yon fontèn ki louvri, k ap koule tout kote. Jis bwè jouk ou paka bwè ankò. Pyebwa a, si l bwè dlo nan mezi kote yo plante l la, bon, l ap jis toujou, rete nan sechrès. Se sa k pwoblèm nan ak Kretyen yo. Yo pa bwè ase. Ou dwe bwè jouk ou gaye l epi kite yon moun wè l. Ou wè? Avanse. Gen yon temwayaj. Remèt li bay Bondye. Kwè l. Mache sou li. Reklame pwomès Bondye yo. Jis remèt— remèt li bay Bondye. Kwè l. “ Remèt kòz ou yo nan men Seyè a.” Li pral reyalize kèlkeswa sa ou vle a.

Men Li paka fè l jouk… toutotan ou kenbe l. Ou di, “Bon, m ap wè si m p ap vin byen, epi m ap gade si sa p ap mache.” Ou dwe remèt Li nan men L epi bliye l. Al temwaye bagay ke ou pa menm wè a. Ou kwè l. Se pa sa ou wè; se sa ou kwè. Se pa sa ou santi. Li pa janm di, “Èske ou santi L?” Li di, “ Èske ou kwè l?”

PEN KOTIDYEN
Remèt kòz ou nan men Seyè a. Mete konfyans ou nan Li, L a ede ou.
Sòm 37:5

08/12/25

Twa Sòt De Kwayan Yo 63-1124E

Yon nonm, avèk odas te kanpe la nan Ohio, jis lè Frè Kidd te geri a, li soti sou platfòm la, li te di: “Kounye a, Frè Branham se yon pwofèt, san okenn dout, lè li anba onksyon an. Men kounye a,” li te di, “lè onksyon an soti sou li,” li te di: “Pinga ou kwè Ansèyman li a, paske li fo.”

Epi li pa t konnen, ke pandan m te chita nan chanm mwen an, Senyè a te revele m sa . Apre sa, mwen te mache tout dwat laba a. E anpil nan nou te la. Mwen te di: “Poukisa yon nonm ta di yon bagay konsa, lè Pawòl la…” Kounye a, ou wè, mwen pa janm di mwen te yon pwofèt; li te di sa.

Epi pwofèt la, mo pwofèt la, “vwayan,” Ansyen Tès-…Kounye a, vèsyon Anglè mo pwofèt la vle di “yon predikatè”. Men, nan Ansyen Testaman an vwayan an se te yon nonm ki te gen “Entèpretasyon Divin Pawòl la, ”e li te pwouve pa Pawòl la ki vin a li menm e li te predi li. Se te kisa…

Epi, yon nonm ki di yon nonm se yon pwofèt, epi answit di Ansèyman li a fo? Si se pa yon stratajèm pou fè lajan, se kisa l ye?

PEN KOTIDYEN
Mete konfyans nan Seyè Bondye nou an konsa nou va rete djanm. Mete konfyans nou nan pwofèt Li yo, konsa nou va pwospere.
2 Kwonik 20:20

07/12/25

FASON POU W GEN KOMINYON FRATÈNÈL
55-1009

Kè m fè m mal pou papa ak manman sè jou si, antanke paran mwen menm, epi nou konnen youn nan rezon; kifè m ap eseye elwaye timoun mwen yo de lavil nou an; nou pa gen ankenn lekòl Kretyen la. E mwen vle mennen yo kèkpa kote yo va grandi nan lekòl, nan yon lekòl fondamantal tout bon kote yo va aprann renmen Seyè a. Ansèyman ke m ka ba yo lakay, menmsi y ap sòti ak gwoup moun monden sa; dyab la se yon bonòm ki gen riz, e l ap rantre sa nan yo. Si w kenbe yo anba Espri a jouk yo vin gran ase pou resevwa Sentespri a pou konn kisa sa ye konplètman, lè sa Bondye ap okipe L de rès la. Men dabò y ap gen ti moman adolesans sa yo.

Kounye a, chak moun ap panse ak pitit yo. Pandan yo anba pwoteksyon w—w ou ka siveye yo. Men on fwa yo sòti anba pwoteksyon sa, lè sa dyab la pran chak vye ti Oscar li ka jwenn deyò a pou vin zanmi ak timoun ou yo, yo enfidèl, mechan, , demonyak, ak tout lòt bagay. Ke Bondye gen pitye.

PEN KOTIDYEN
Korije pitit ou yo lè yo piti toujou. Men pa bat yo jouk ou touye yo.
Pwovèb 19:18

06/12/25

Poukisa Ti Betleyèm 63-1214

Gade nonm sa yo! Yo te rale epe yo. Kisa l te ye? Dezi Li se te yon vè dlo fre. David! Ala yon tip jodi a, David nou an, Kris, nou konnen yo te rele L yon egzalte, yon bò yo te chase l, kòm yon fanatik nan tout bagay, ke legliz yo te rejte. Yo gen kredo yo ak bagay yo ki ekri pou Nwèl sa a tankou yo te fè l pou premye an. Nou konn sa, men nou konnen ke Pawòl sa a toujou rete verite, e Li dwe akonpli. E dezi Kris se pou ke lèzòm, sòlda yo, rete kanpe! Amèn!

O, vini, kanpe avè m, bò kote m. M kanpe nan yon plas ki terib. M bay defi jodi a! Bann sa yo al nan tout mond lan. M bay yon nonm defi, yon sòlda ki renmen Jezikri, ki konnen ke bagay sa yo dwe akonpli jodi a, frè m yo, vin kanpe bò kote m epi rale Pawòl Bondye a. Bliye sitèn sèch sa yo ak denominasyon kòwonpi ke w ap viv ladann nan. Rale Pawòl Bondye fre a, ann bay Jezi yon bon vè Dlo Pannkotis fre!

PEN KOTIDYEN
Lamenm twa mesye yo desann nan kan moun Filisten yo, yo pran dlo nan pi ki te nan pòtay lavil Betleyèm lan, yo pote l vin bay David. Men David refize bwè dlo a. Li vide l atè, li ofri l bay Seyè a.
2 Samyèl 23:16

05/12/25

LISTWA LAVI 52-0720A

Nou chak nou gen yon vi ke Bondye te ba nou, e nou dwe viv li. Epi mwen… Daprè enb opinyon m, si nou pral viv lavi sa a, m panse se pi meyè vi nan mond lan, menm lè sa bon menm lè sa pabon, nou va jwenn chimen Bondye epi nou va mache kote Bondye te òdone nou pou n mache a.

PEN KOTIDYEN
Toujou sonje Seyè a nan tout sa w ap fè. Li menm, la montre ou chimen pou pran.
Pwovèb 3 :61

04/12/25

So Antikris La 55-0311

Kounye a, nou menm predikatè yo, ak moun ki la yo, fè menm bagay la. Se vre. Se laverite. Sa nou bezwen jodi a, se yon bon predikasyon tan ansyen ki sevè. Nou bouke ak krèm lèt sa yo ki la lontan jouk yo vin kaye. Sa nou bezwen, se retounen nan Azusa, se retounen nan kòmansman an, se retounen nan Pannkot la. Se vre. Amèn. Ke Bondye gen mizerikòd.

O, nou konn poukisa nou pa gen laglwa nan legliz la, nou konn poukisa bagay yo konsa? Paske nou lage kò nou nan lòt bagay. O, “Mwen pa wont Levanjil Jezikri a, paske se pisans Bondye pou sali a.” Se pa yon bagay ki pral ou fè vin yon fanatik. Se yon bagay ki va fè ou vin gen bon sans, epi reyèl, w ap sitèlman reyèl pou moun yo, ke yo va swaf pou yo menm jan avè ou. Se vre. Tout mond lan pral gade ou epi yo va di, “O la la, si m te ka sèlman aji menm jan ak fanm sa a. Si m te ka viv lavi l ap viv la.” E kounye a, se sa nou bezwen.

PEN KOTIDYEN
Benediksyon pou moun ki grangou epi ki swaf fè sa ki byen, paske y ap jwenn satisfaksyon.
Matye 5:6

03/12/25

Pèseverans 63-0802

Si Sentespri a, si Jezikri, pwouve ke Li isi a nan mitan nou, alò pèsevere jiskaske ou jwenn Li. Menm jan ak ti fanm sa a ki t ap pèdi san an, ak tout lòt bagay kite rive, epi tout advèsè yo ki te sou wout li, li te jis pèsevere jiskaske l te touche Li. Si legliz sa, aswè a, te ka fè menm bagay la, si l te ka pèsevere atravè tout echèl enkredilite yo, si l te ka kwaze epe a avèk dyab la ak tout enkredilite li a, epi pèsevere pou fè ou konnen ke ou se yon pitit Bondye epi ou eritye bagay sa yo, epi Jezikri prezan la a pou montre ou ke Li avèk ou, pou kenbe Pawòl Li. Se pou pèsevere, pa kite anyen vin bare wout ou.

M ap mande m, si lafwa se reyèlman yon ankraj, èske nenpòt bagay te ka bare wout ou? Sè ke ou pa genyen l. Si vrèman ou genyen l, sa t ap regle tout bagay la. Se tou. Ou wè ?

PEN KOTIDYEN
Aa, Bondye! Ban m fòs non! Fè m pa dekouraje!
Neemi 6:9

02/12/25

METE NAN TONM NAN 57-0420

Remake kounye a, Jezi, te envesti ak tout pouvwa Bondye yo, men, lè Li te
rankontre Satan, Li pat janm itilize okenn nan pouvwa Li yo. Li te sèlman refere l ak Pawòl la! Li te fè l. Li te di, “ Li ekri, ‘Moun pa viv ak manje ase. Men pa tout pawòl ki soti nan bouch Bondye tou.”’

Lè sa kijan w ka rete lakay w pou w jis yon bon Kretyen menm jan w te ka ye nan legliz la ? Ou p ap kapab fè l. Li Pawòl la! Sentespri a nouri tèt li ak Pawòl la. Bib la se rejim espirityèl Bondye pou Legliz li a. Epi Sentespri a se Sila Ki pote L ba ou Epi plase L nan kè a, epi avèk yon aksyondegras pou w awoze L. Epi tout pwomès Divin pral pwodui jis egzakteman sa Bondye te di l te ka fè a. Sa dwe fè l. Se Pawòl Li a, epi se Lavi Li a.

PEN KOTIDYEN
Ki pran tout plezi l nan lalwa Seyè a, k ap repase l nan tèt li lajounen kou lannwit.
Sòm 1:2

01/12/25

KONFIMASYON AK PRÈV 62-0621E

Sonje, ke nou pa dwe vin legliz pou fè jwèt relijyon. Nou pa dwe vini, jis, pou fè yon aksyon relijye pou n ale legliz, nou dwe vini pou n adore nan Lespri epi nan verite, nou dwe sensè nan fon kè nou, nou dwe vrèman panse ak sa nou vin fè isi a. Jou yo vin move, tan an move epi nou vle— nou vle konte chak minit espesyalman lè nou anndan kay Seyè a.

PEN KOTIDYEN
Jezi te reponn li, wete kò sou Mwen Satan. Paske men sa ki ekri, se Mèt la Bondye ou pou adore, se Li menm sèl pou ou sèvi.
Matye 4:10

30/11/25

BONDYE BAY MOYIZ KOMISYON 53-0508

Li te di, “ O, O, m — m panse m gen Sentespri a lè m te kwè. ” Yo toujou anseye sa, men li fo. Lafwa bon, lafwa reyèlman bon. Lafwa gen… Abraham te kwè Bondye, e yo te fè l gras. Men Bondye te ba li so sikonsizyon an kòm so lafwa li.

Frè m yo, lè nou gen lafwa otantik nan Bondye, Bondye pral ba nou batèm Sentespri tankou so pwomès la, kise yon so, ke nou gen lafwa. Petèt ou ka gen yon—-yon—yon jan denpresyon, oswa fè moun yo kwè, oubyen petèt ou ka di ou gen lafwa, men lè ou gen veritab lafwa otantik pi a, Bondye va ba ou batèm Sentespri a kòm so pwomès la. Amèn. Se pa krèm lèt non, timoun yo.

Kounye a sonje, pran l, kwè l. Pran lafwa ou epi lage l nan men Bondye, epi Sentespri a va vini sou ou. Li te pwomèt sa. Lè sa a, frè m, dyab la sanble ak yon tikal gason.

PEN KOTIDYEN
Se lontan apre sa Abraham te resevwa so sikonsizyon an, kòm so jistis pa lafwa lè L te ensikonsi, pou l te ka papa tout moun ki ensikonsi yo ki kwè, pou yo ka ba yo jistis tou.
Women 4: 11

29/11/25

BAGAY KI OBLIJE LA YO 65-1205

Kounye a sonje, nou tèlman panse ak kò sa. Nou si tèlman mete rad sou li. Nou fè yon bann bagay, ki pa nesesè, chanjman apre chanjman apre chanjman, ak tout bagay sa yo. Epi–epi, o, se jis tout moun.

Jis kite yon moun kòmanse yon bagay. Ou pentire eskalye ou ak koulè wouj epi gade moun Jones yo ki pentire pa yo a ak koulè wouj tou. Ou chanje yon Chevwolè pou yon Fòd, e yo jis paka sipòte sa. Se tan imitasyon. Ou kite… Ou kite yon dam vin legliz lan, ak on jan de chapo, ou pral wè tout medam yo pral genyen l tou; espesyalman si se madan pastè a, ou wè, jis gade sa k rive. Bon, se vre. Sa se verite absoli. Se tan imitasyon. Frè, li dwe yon tan imitasyon. E yo tout–tout bagay sa yo se–se pou yon bi.

Mwen pa fè ka si kostim mwen ale ak chemiz mwen. Mwen gen pwoblèm. Lè madanm mwen oswa bèl fi mwen, yon moun kèlkonk, dwe di m ki jan de–de kravat pou m mete avè l. Mwen–mwen pa fè ka si yo ale ansanm. Mwen vle ke eksperyans mwen ale ansanm ak Pawòl Bondye a. Se sa bagay la ye, paske se la mwen dwe viv; se pa anba a nan kwen lòt bò a avèk moun Jones yo, men pito lòt bò a nan Laglwa a kote Jezi ye , kote Li te ale prepare yon plas pou nou. Wi, nou vle sa. Wi, mesye.

PEN KOTIDYEN
Poukisa pou n ap bat kò nou pou rad pou nou mete sou nou? Gade kijan flè li a pouse…
Matye 6:28

28/11/25

Poukisa Sete Gadò Mouton Yo 64-1221

Wi, se rezon sa kifè Moyiz te konnen Vwa sa a ki te pale ak li a, sete yon Vwa Pawòl. Li te konnen ke Bondye te di Abraham, “ Semans ou a pral abite pandan katsan zan, men M ap delivre yo.” E li te konnen katsan zan an te pase epi yo te rele l pou l fè sa.

Gason ak fanm, Bondye te pwomèt nan dènye jou sa yo ke Li va vide Lespri Li sou tout chè. Li te pwomèt li va voye Batèm Sentespri a, E Li va rele yon Lepouz ki pa gen okenn tach, ni okenn pli. Li te pwomèt L ap fè l. Li va fè l. Piga koute mèsenè sa yo, y ap detounen ou. Sentespri a se Gadò k ap bay ou manje mouton ki soti nan Pawòl sa a. Li toujou vini pa Gadò Mouton an. Li se Gadò Mouton nou an. Koute Li, ou se mouton ki nan twoupo Li a; si ou se sa, nou dwe tande Vwa Li. Se pa sa yon lòt moun di, nou dwe tande sa Li di. Yon vwa etranje, Nou pa konnen anyen de sa.

PEN KOTIDYEN
Mwen te pran pawòl Ou, mwen te manje yo. Pawòl Ou yo se tout plezi m epi yo fè kè m kontan: yo rele m pa Non Ou, Seyè Bondye ki gen tout pouvwa a.
Jeremi 15:16

27/11/25

Ou Dwe Refèt Ankò 61-1231

Pou jwenn nesans sa a, ou dwe pase pa yon posesis. Jis menm jan ak tout sa k ap viv, tout sa ki reviv ankò, dwe mouri an premye. Epi ou pa ka kenbe menm lespri ou la. Ou pa ka kenbe menm abitid ou yo. Ou pa ka kenbe menm panse ou yo. Ou dwe mouri. Ou dwe mouri menm jan Li te mouri a! Ou dwe mouri sou lotèl Li a, menm jan Abèl te fè l avèk Ayo li a. Ou dwe mouri avèk Ayo ou la. Ou dwe mouri. Mouri ak pwòp panse ou yo, pou pran nesans ak fason Li panse a, ke panse ki te nan Kris la nan ou. Ou dwe panse panse Li yo. Epi kounye a, frè, sè, kite m di sa ak tout entilijans m genyen. Kijan ou ka panse panse L yo alòske ou nye Pawòl Li, epi w ap di ke ou refèt ankò ? Poze tèt ou kesyon sa a. Kijan ou ka fè l? Ou pa kapab. Si ou refèt ankò, ou gen panse L yo. Si lespri Kris la nan ou, lè sa a ou se yon nouvèl kreyati.

PEN KOTIDYEN
Donk, si yon moun fè yon sèl ak Kris la, li tounen yon lòt moun. Bagay lontan yo pase, kounye a tout bagay vini nouvo!
2 Korentyen 5:17

26/11/25

Kesyon Ak Repons Sou Liv Jenèz la
53-0729

Si m te al chita sou tab ou la a, epi ou te di, “Predikatè, vin manje avè m,” m kwè ou renmen m. Epi ou te gen pwa ak pòmdetè ak kawòt ak poul fri, ak tat joumou ak krèm, tout bagay la a nèt. Bon, m kwè ou t ap jis fè m plezi pou pase m pòmdetè a menm jan ak pwa a. Sèl bagay la, ou t ap jis fè m plezi pou pase m poul la menm jan ak tat la. Tout bagay sa yo sou tab la. Sèl bagay m gen pou m fè se di, “Èske ou ka pase m tat la silvouplè ?” epi m kwè ak yon bon kè, e ak lanmou ou gen pou mwen, ou t ap di, “Men wi, frè m, pran yon gwo mòso.” Èske se pa vre ? Si m ta di, “Èske ou ka pase m pòmdetè yo?” “Men wi, frè m, men li.”

Tout benediksyon redanmtris ke Jezikri te mouri pou yo a epi Li te rachte yo lè L te ekspye sou Kalvè a, yo tout sou tab la epi tout kwayan yo chita la a devan yo. Alelouya! Si m bezwen gerizon, m ap di, Papa pase m gerizon,” epi m ap vide l nan asyèt mwen an epi m ap manje yo gwo… Bon, si ou vle mouri grangou, w a degaje ou.

PEN KOTIDYEN
Si nou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, nou pa bezwen mande si Papa nou ki nan syèl la p ap ban nou bon bagay lè nou mande li.”
Matye 7:11

25/11/25

Annatant 53-0507

Koute sa timoun yo. Pawòl Bondye ap— ap venk Satan tout kote, nan nenpòt plas, nan nenpòt kondisyon, a nenpòt kilè.

Lè Jezi te isi a Li te Bondye. Bondye te nan Kris pou L rekonsilye mond lan ak Li-menm, men Li pat janm itilize youn nan don yo. Lè L te rankontre Satan, Li te desann Wayòm Bondye si tèlman ba, pou ke Kretyen ki pi fèb la kapab itilize l. Lè Satan te vin jwenn Li pou di L, “Si Ou se Pitit Gason Bondye, bay wòch sa yo lòd…”

Li te reponn, “ Li ekri.” Pawòl la. Li te pran L, pou l eseye blanchi Pawòl la pou Li. Men Jezi te di, “Li ekri tou.” Li te mennen L sou tèt mòn nan, li te dwe di L gade tout wayòm sa yo, “M ap ba Ou yo si w ap adore m.” Li te reponn, “Li ekri.” Men li.

Epi li ekri, “Kelkeswa sa ou mande lè w ap priye, kwè ke ou resevwa l; ou va genyen l.” Kidonk Li te venk Satan avèk Pawòl Bondye a.

PEN KOTIDYEN
Sa m ap di nou la a, se vre wi: Si yon moun pa asepte Wayòm Bondye a tankou yon timoun, li p ap janm ka mete pye l nan Peyi kote Bondye Wa a.” Mak10:15

24/11/25

Se Pou Limyè Nou Briye Devan Lèzòm
61-0903

Mwen gen yon bebe ki nan laglwa, ki te prezante, men ki pat batize.

Paske, batèm se padon peche, ou wè, pou montre ke ou repanti. Ti bebe sa a pa fè anyen pou l repanti. Se yon bebe, ki fenk pran nesans isi a nan mond lan. Li pa gen okenn pouvwa lè li vini nan mond lan, ou wè, epi li pa gen okenn peche. Lè Kris te mouri sou Lakwa, Li te mouri pou L te retire peche mond lan. Jiskaske bebe sa a fè yon bagay pou l repanti, San Jezikri a te fè ekspiyasyon an.

Men kounye a manman, ak papa a, paran yo, yo dwe mennen bebe a, epi ofri l bay Bondye, bebe sa a ke Bondye te ba yo a.

PEN KOTIDYEN
Moun ki sòti nan lachè se lachè li ye. Moun ki sòti nan Lespri se lespri li ye. Jan 3:6

23/11/25

Siy Nan 63-0901M

E nan Li pa gen lanmò. Nan Li pa gen lapenn. Nan Li pa gen fatig. Nan Li pa gen peche. Nan Li pa gen maladi. Nan Li pa gen lanmò. Nou nan Li! Si Satan
eseye lonje on bagay ban nou, tankou maladi, jis pran Siy nou an epi aplike L. O la la! Pran Siy nou an epi aplike L, paske nou se yon pwodwi ke Jezikri achte. Siy lan vle di ke pri nou an peye.
Li di: “Lè nou mouri, nou pèdi.”

Reponn: “Ou twonpe ou. M gen pwodwi ki achte a. M se yon pwodwi ki achte. Mwen gen Siy lan.”

“Kisa ki Siy lan?”

Li konn sa L ye. Pa, pa betize avè l. Li konn sa L ye. Kounye a, ou te ka pale a kèk nan predikatè sa yo, epi yo ta diskite avè ou. Se pa Satan; li konn pi byen
pase sa. Ou wè? O, ya. Li te defye l, de ou twa fwa, ou konnen, epi li te fè yon erè, lè tantasyon an. Satan konn de kisa w ap pale. Jis montre Siy sa a, l ap vole. Wi.

Paske, kisa l ye? Se yon pwodwi sele. Li pa ka kase so sa a, epi bay on bagay anndan la a ki pa kòrèk. Di: “Wete men w! M sele.” O la la! Yon pwodwi sele! Wi, mesye! Nou achte. Kenbe Siy lan sou lafwa ki pa ka vasiye nan pwomès Li a, gade l ki prale.

PEN KOTIDYEN
nou fè youn ak Kris la ki fè Bondye Papa a resisite nou epi li fè nou chita ansanm ak li nan syèl la.
Efezyen 2:6

22/11/25

Kisa Ou Di Sa Ye? 64-1227

Kounye a sonje, moun sa yo te kontan benediksyon yo a. Yo te kontan predikasyon pwofèt sa a, pwofèt ki te wenn sa a. Yo te kwè l. Yo te swiv li. Men lòt bò a nan dezè a, yon nonm ki rele— rele Datan, ak yon nonm ki rele Kore te parèt. Epi yo te di, “ Apa se yon sèl moun k ap dirije bagay yo la. Moyiz panse se sèl li menm Bondye te rele.”

Se Mesaj yon sèl moun, yo pat vle L. Non, yo pat vle L. Bondye pat janm trete ak plis ke yon sèl moun alafwa. Se te toujou yon Mesaj yon sèl moun. E kilè L te janm trete ak moun, yon lòt jan ke ak yon sèl moun? Se yon sèl moun. Se pa yon gwoup. Nou chak nou responsab devan Bondye. Ou di, “O, Mwen kwè L.” Ou jis… Kisa w ap fè la a, ou jis pran L ankonsiderasyon. Ou konsidere yon panse.

PEN KOTIDYEN
Fanm lan di L, “ Mesye mwen wè ke Ou se yon pwofèt.
Jan 4:19

21/11/25

DON YO 56-1207

Kounye a, Bondye ki abite nan Kris te itilize vwa Li pou L pale. Jezi di nan mirak Li yo, “ Se vre wi, sa m ap di nou la, Pitit Gason an pa ka fè anyen poukont Li, sèlman sa L wè Papa a fè, Pitit Gason an fè l tou.” Èske se vre? Jan 5:19.

Kidonk Li pat fè anyen poukont Li. Ankenn nan pwofèt yo pat janm fè anyen poukont yo, jiskaske Bondye te montre yo kisa pou yo te fè anvan . Gade yon fot Moyiz te fè lè l te soti san vizyon Bondye epi l te frape Ejipsyen an, li te panse l te ka libere yo ak men li yo, paske l te panse l te gen anpil lafwa ak pouvwa pou fè l, paske yo te rele l pou djòb la.

Kèlkeswa jan yo rele ou pou djòb la, se Bondye ki dwe dirije. Ou wè ? Li te echwe ak tout etid li yo epi lespri militè li a ak fòmasyon li kòm yon gwo lidè. Men sa te echwe kan menm, ’paske Bondye gen yon pwogram e nou dwe travay selon program Bondye a. Kèlkeswa sa n ap fè, kijan nou entèlijan, nou dwe mete nou piti epi travay selon program Bondye a. Amèn.

PEN KOTIDYEN
Se pou nou toujou fè tout sa Mwen mande nou fè la a, san nou pa ni mete ni retire anyen ladan yo.
Detewonòm 12:32

20/11/25

NOU PAGEN YON VIL KI LA POU TOUTAN 50-0200

E nou menm jèn yo, sonje. Si nou gen chans jodi a pou n gen yon papa ak yon manman ki vivan, renmen yo, onore yo. Lè a pral rive lè nou pral panse ke yo se moun ki pi extraòdinè ki genyen nan mond lan, si nou pa konn sa. Epi pa janm, ti timoun, pinga janm ba yo vye non sa, “ granmoun. ”Se pa granmou. Se papa epi manman.

Epi youn nan jou sa yo lè y ap kite chanm lan, nan yon sèkèy chaje ak flè, ou pral tande yo k ap desann nan twou a, pastè ap di, “ se pousyè ou ye, ou gen…” Sa pa pral “granmou” lè sa a, sa pral “manman. ”Ou pral tòde men ou pou kriye. Se vre.

Kounye a, pandan l ap viv la, bay manman ou flè li a kounye a, epi bay papa ou flè li a. Se vre. Bon, pi meyè flè ou te ka ba yo, se obeyi yo. Se premye pwomès ki nan Bib la, premye kòmandman an ak pwomès. “ Onore papa ak manman ou : pou ke jou Seyè a ba ou a ka long sou tè a.”

PEN KOTIDYEN
Pitit mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmou.
Pwovèb 23:22

19/11/25

Rapò Sou Vwayaj Nan Peyi Lend
57-0126B

Men pi bon lespwa ke m gen pou nou isi a maten an, frè m yo, sè ke nou va moun Bondye k ap rete fidèl ak Pawòl Bondye a. Epi kite tout bagay swiv kous yo, men ou menm rete fidèl ak Pawòl sa a. Pa bouje. Menm si ou se twal pye lòt bò a, se pou yon bon twal pye. Pa eseye al fè konpetisyon ak lòt moun oubyen fè sesi oswa sela. Jis kontante ou ak Pawòl la, epi rete la, epi Bondye va plase ou nan Wayòm Li a, kote ou ka vin pi bon an.

E si dwèt mwen te met nan tèt li, paske li pa t yon je, li p ap yon dwèt ankò? Mwen t ap rayi pou m pèdi dwèt sa a. Malgre je m ka gen plis valè, men m renmen dwèt sa a. Se yon pati de mwen. Nou konprann sa m vle di a. Mwen sèten ke nou konprann. Kidonk kèlkeswa pòs ou, kèlkeswa sa l te ka ye a, rete sa ou ye a. E kote Bondye mete ou la, rete la epi rete fidèl ak Pawòl sa a toutotan ou kapab. Bondye ap beni sa. Si L deside ba ou yon lòt bagay pou fè, Li va plase ou kote l ap bezwen ou lan.

PEN KOTIDYEN
Pa ta gen yon kò si tout te yon sèl kalite manm. Konsa, gen anpil manm, men gen yon sèl kò.
1 Korentyen 12:19-20

18/11/25

Gade 63-0428

Lafwa te fèt pou wè sa Bondye vle ak sa sa Li desire. Pa gen okenn konesans ki ka fè sa. Se sèl lafwa ki te fèt konsa epi yo te bay ras imen an li pou l te konnen kisa volonte Bondye ye.

Si ou pran lafwa ke ou te resevwa a epi li pa fokis sou Pawòl la, lè sa a, ou mèt kite l yon kote. Ou gen move lafwa a.

Men lè lafwa Bondye te ba ou a fokis sou Pawòl Bondye a, lè sa a ou dirèk sou liy nan epi ou sible. O la la! Bondye ede nou nan lè sa a, lè grandyoz ke n ap viv ladann nan. Lafwa te e fèt pou wè sa Bondye vle! Kijan ou te wè l? Atravè kamera Pawòl Li a, pwomès Li a. Se tout revelasyon Jezikri a nèt.

PEN KOTIDYEN
pran defans lafwa Bondye te bay yon sèl fwa pou tout tan an, pou tout moun pa l yo.
Jid 1:3

17/11/25

ÈSKE OU KWÈ SA? 50-0115

Lè L te fèt, lè Jezi te vini sou latè, Li te gen yon tach nwa pou kòmanse. Moun òdinè yo te toujou resevwa L, poutan moun ki te nan—nan sèkt relijye nan epòk sa, ak—ak gwo moun k ap viv nan liks epi ki te gen privilèj nan sosyete a te meprize L. E se jis apeprè menm bagay la tou jodi a. Se menm bagay la.

Mwen p ap eseye di ke moun ki rich yo oswa moun k ap viv nan liks yo pa ka sove; yo ka sove, si yo imilye yo epi vini tankou rès yo. Men nou tout dwe vini yon sèl fason: paske n konnen nou pa anyen e Li se tout bagay ; epi pou n soumèt nou ak Li pou n ka resevwa benefis k ap soti nan Li.

Si ou toujou vle gen yon bagay ki soti nan Bondye, ou dwe imilye ou epi tounen anyen devan L, epi konnen yon sèl objektif; ki se, w ap eseye jwenn Jezi. Lè ou imilye ou, Bondye pral leve ou. Men lè ou leve tèt ou, Bondye ap veye pou L ou desann ou. Se vre. Li di sa nan Pawòl Li.

PEN KOTIDYEN
Se konsa, moun ki vle leve tèt li, y a desann li, moun ki desann tèt li, y a leve li.
Lik 14:11

16/11/25

Kesyon Ak Repons Nimewo 2
54-0103e

Wi. Ok, ou vle konnen kisa “ diskou ki pa gen okenn sans” vle di.” ki pa gen okenn sans… evite diskou ki pa gen okenn sans, y ap vin pi plis.”

Kounye a, premye bagay la se yon “ diskou ki pa gen okenn sans, paske y ap vin pi plis.” Bon, tout sa ki se yon vye… jis ap kontinye di nenpòt bagay. Bib la di, Jezi te di, “ se ‘wi’ ak ‘non’ pou genyen ase, paske tout sa ou mete anplis ap mennen nan peche. Ou pa menm sipoze fè blag epi pase youn lòt nan betiz. Bondye pral mande ou kont pou tout pawòl initil ke ou te pwononse. Nou konn sa? Bib la di ke nou pral rann kont pou tout pawòl initil yo. Kidonk ki jan de moun nou dwe ye? Moun onèt, serye, ki plen lanmou, ki janti, ki p ap janm di tenten, ki toujou ap…

PEN KOTIDYEN
Evite diskou san sans ki pa dakò ak verite lafwa a, paske moun k ap fè diskisyon sa yo se kite yo kite Bondye pi lwen chak jou.
2 Timote 2:16

15/11/25

Jewova Jire 55-0817

Epi frè m, Ki Moun yo te bay deja nan Jezikri, Ayo ki te imole a depi fondasyon mond lan, te bay yon mwayen pou maladi ou la aswè a. Li te ekri l nan yon Liv. Li te voye Sentespri a. Li te mete don nan Legliz. Kounye a, se pa fòt Bondye ; se pral pwòp enkredilite nou. Èske se pa vre? Si nou pa resevwa l, se pa fòt Bondye. Èske nou kwè ak tout kè nou, ke yo te bay Jezikri kòm Ayo imole depi fondasyon mond lan pou—pou sali ak gerizon nou? Èske nou kwè sa ? Leve men nou.

PEN KOTIDYEN
Pa janm gen yon lanmou pi gran pase lanmou yon moun ki bay pwòp lavi l pou moun li renmen. Jan 15:13

14/11/25

Yon Temwayaj Sou Lanmè A 64-0307

Si w ta gen yon ti gason ki chita nan lari a, epi ou te di: “Junior, cheri, pito ou ta antre, cheri. Sa te ka, m pa konnen, petèt y ap kondwi bò kote w la.” Ou pa renmen timoun sa. Se vre. Ou va soti deyò epi ba l yon bèl koreksyon, oswa fè l antre. Se vre. Ou renmen l.

Se fason sa Levanjil la ye. Bondye renmen w. “E sila ke Li renmen yo, Li pini epi L reprimande chak timoun ki vin jwenn Li.” Si nou pa ka sipòte chatiman, n ale epi n fache akoz de sa, alò nou se timoun ki pa lejitim, nou pa pitit Bondye. Alò jis sonje, se jis Lekriti a.

Kounye a yon mo nan men L, yon mo, ap vle di plis pase sa m te ka di, nan yon milyon vi. Se Li. Nou konn pwomès Li yo. Nou konnen kisa Li te pwomèt pou fè.

PEN KOTIDYEN
Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye ap korije li! Lè Bondye ki gen tout pouvwa a ap rale zòrèy ou, pa pran sa fè jwèt non.
Jòb 5:17

13/11/25

ENFLYANS 63-0803 E

M kwè se te Pòl ki te di, “ Nou se lèt Bondye, ke tout moun ka li.” Lè ou nan lari, e lè ou nan travay ou, kèlkeswa kote ou ye a, gen yon moun k ap gade ou.

Espesyalman aprè ou te di epi konfese ke ou se yon Kretyen, yo pral swiv ou pi prè toujou, e sa ap fè yon enflyans sou—sou moun ki antoure ou yo. E nou dwe siveye sa n ap fè. Paske si nou pwodui yon move enflyans, lè sa a nou pral gen repwòch. Se pa sèlman sou nou menm, men sou sa nou reklame nou ye a kise: Kretyen. Nou pote l sou Kris. Epi pa gen pèsòn, si nou ta reflechi, ou pa ta janm vle pote opròb sou Kris. Men move aksyon , nan yon move moman, pral sètènman lakoz yon move refleksyon atravè moun k ap gade ou la. E tout moun te obsève ou lè ou te di ke ou se yon kretyen.

PEN KOTIDYEN
M ap di nou sa, “ Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a M a fè menm bagay la pou li devan zanj Bondye yo.
Lik 12:8

12/11/25

SIY NAN 63-1128E

… Kèlkeswa kote ou ye, lè a rive. Tout moun ka wè kijan legliz la monotòn jodi a. Tout moun ka wè lanmò anpil moun, anpil nan manb yo. Se paske n ap jwe, nou te pran sansasyon epi nou te pran lòt bagay. Epi nou te mete konfyans nou nan sajès lòm, nan teyoloji yon òganizasyon, nan afilyasyon legliz kote manman ou te mache, nan yon pastè ki onèt. Men tout bagay sa yo bon, m pa gen anyen kont sa, pa plis ke sa sikonsizyon an te ye pou jwif la, men se pat pwogram Bondye. “ lè Mwen va wè san an,” e se sa sèlman.

E jodi a Sentespri a se alyans Bondye avèk pèp alyans Bondye a. Sentespri a, Lavi resisite Kris la, dwe manifeste nan legliz la nan mitan moun yo, pou fè Li “ menm nan yè, jodi a, ak pou toutan.”

PEN KOTIDYEN
Li te voye redanmsyon an nan mitan pèp Li. Li te pase yon alyans ki p ap janm kase. Se Bondye tout bon Li ye. Li merite vre pou moun pè Li.
Sòm 111:9

11/11/25

REDANMSYON Pa Jijman an 54-1114

Tantasyon yo ap vini; p ap janm gen tantasyon amwens ke Li te ba ou gras pou sipòte l. E Li te pwomèt pou l rankontre nou chak sou chan batay, drèt la a, epi Li va beni. Kidonk, se la espwa ou ye…

Ou va rive yon kote, pou di, “ Ebyen, Frè Bill, yo… Mwen tèlman gen tantasyon.” Di m yon Kretyen ki pa gen tantasyon. Nou pat janm vini nan yon piknik; nou te vini nan yon batay. Nou isi a pou konbat enmi an. Se vre, nou pa mete ekipman nou yo jis pou n gade yo. Si ou vin yon Kretyen, jis pou yo gade ou, lè sa a ou se— ou se… bon, mwen pè ou rantre nan move plas la.

PEN KOTIDYEN
Tout tantasyon nou jwenn sou chimen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chimen yo tou. Men Bondye Li menm toujou kenbe pawòl li, Li p ap kite yo tante nou nan yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men lè nou va anba tantasyon an, l a ba nou fòs pou nou ka sipòte l, pou nou ka sòti anba li.
1 Korentyen 10:13

10/11/25

Manje Espirityèl Nan Bon Sezon An 65-0718E

Mesaje a, Mesaj la—Mesaj la, ak Pawòl la, se te egzakteman menm bagay la. Pwofèt la, Pawòl la, Mesaj la; mesaje a, Mesaj la, ak Mesaj la, se te menm lan. Jezi di: “Si m pa fè zèv ki ekri konsènan Mwen an, alò piga nou kwè M.” Se vre. Nenpòt moun ak mesaj li fè youn.

Se poutèt sa jodi a yo pa kwè nan fè zèv Bondye, paske yo pa aksepte Mesaj Bondye a. Yo pa kwè Mesaj la.

Men sa yo ki kwè nan lè Bondye ke n ap viv ladann lan, bagay sa yo se Manje kache Li ye pou yo. Jis panse, Bondye te sitèlman kache L ke y ap gade L anfas epi yo pa wè L. Menm jan Eli te avegle lame Siryen an. Se menm jan tou Bondye avegle enkwayan an devan Manje otantik timoun yo, kise kwayan yo.

PEN KOTIDYEN
Men si sila ki enkwayan an ale, kite l ale.
1 Korentyen 7:15

09/11/25

Manje Espirityèl Nan Bon Sezon An 65-0718E

Mesaje a, Mesaj la—Mesaj la, ak Pawòl la, se te egzakteman menm bagay la. Pwofèt la, Pawòl la, Mesaj la; mesaje a, Mesaj la, ak Mesaj la, se te menm lan. Jezi di: “Si m pa fè zèv ki ekri konsènan Mwen an, alò piga nou kwè M.” Se vre. Nenpòt moun ak mesaj li fè youn.

Se poutèt sa jodi a yo pa kwè nan fè zèv Bondye, paske yo pa aksepte Mesaj Bondye a. Yo pa kwè Mesaj la.

Men sa yo ki kwè nan lè Bondye ke n ap viv ladann lan, bagay sa yo se Manje kache Li ye pou yo. Jis panse, Bondye te sitèlman kache L ke y ap gade L anfas epi yo pa wè L. Menm jan Eli te avegle lame Siryen an. Se menm jan tou Bondye avegle enkwayan an devan Manje otantik timoun yo, kise kwayan yo.

PEN KOTIDYEN
Men si sila ki enkwayan an ale, kite l ale.
1 Korentyen 7:15

08/11/25

Bondye Bay Moyiz Yon Komisyon 53-0508

Lòt jou gen yon moun, anwo a la, ki t ap anseye, ki t ap pale de Apolòs, bon predikatè Batis sa a. Pòl te al jwenn li pou di l, “O, wi, ou se yon bon moun, men èske ou te resevwa Sentespri a depi ou te kwè ?”

Li te reponn, “O, o, m—-m panse m gen Sentespri a lè m te kwè.” yo toujou anseye sa, men li fo. Lafwa se yon bon bagay. Lafwa se reyèlman yon bon bagay. Lafwa gen… Abraham te kwè nan Bondye, epi Bondye te fè l gras, oubyen jistis, men Bondye te ba li so sikonsizyon an kòm so lafwa Li.

Frè m yo, lè ou gen yon lafwa otantik nan Bondye, Bondye ap ba ou Batèm Sentespri a kòm so pwomès la, kise yon so, ke ou gen lafwa. Ou ka bay yon bon enpresyon, oswa fè moun kwè, oswa ou ka di ou gen lafwa, men lè reyèlman ou gen lafwa otantik ki pi a, Bondye ap ba ou Batèm Sentespri a kòm so pwomès la. Amèn. Sa a se pa krèm lèt la non, timoun.

Kounye a sonje, aksepte l, kwè l. Mete lafwa ou epi lage ou bay Bondye, epi Sentespri a ap vin sou ou. Li te fè pwomès la. Lè sa a, frè, dyab la sanble ak yon ti endividi.

PEN KOTIDYEN
Se lontan apre sa Abraram te resevwa sikonsizyon an tankou yon letanp. Se te mak ki te pou moutre Bondye te fè l gras, paske li te kwè anvan menm li te sikonsi. Se poutèt sa Abraram se papa tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye, menm si yo pa sikonsi. Moun sa yo, Bondye ap fè yo gras.
Women 4:11

07/11/25

Mesye, Nou Vle Wè Jezi 61-1224

Si ou di yon disip, “Mwen ta renmen konnen Seyè Jezi.”

“Ebyen, kounye a gade non, nou mache nan tel etèl legliz, vin mache ladann, tou vin jwenn nou.” Ou wè? Oubyen, “ nou te… nou fè pati tèl etèl sosyete, vin ladann tou.”
Se sa nou tande.

Men Kris Li-menm te montre moun yo lanmò Li, epi L te di, “Si grenn ble a pa tonbe atè pou l mouri, l ap rete pou kont li.”

O, ala yon diferans sa ye! Wi, mesye. Ala yon diferans! Men lavi ou ak lavi Li te rankontre, se pa nan legliz la, se pa nan yon bildin se pa nan yon kredo, se pa nan yon bon zèv ou fè, men sou lakwa a kote ou te krisifye avèk Li a. Se la ou te jwenn Kris. Ou p ap jwenn Li pandan w ap fè yon bon bagay, pandan w ap vire yon lòt paj. Pandan w ap kòmanse yon nouvèl vi, ou p ap jwenn Kris. W ap jwenn Kris sèlman nan lanmò; pa nan yon manjwa, pa nan yon konfesyon. Pou kwè nan tèl kredo ak fab, ou p ap jwenn Kris la a.

Yon veritab sèvitè ap mennen ou ba Li, paske Li se Pawòl la.

PEN KOTIDYEN
Sa m ap di nou la a, se vre wi: Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l mouri. Men tou, si l mouri, l ap bay anpil grenn.
Jan 12:24

06/11/25

Ke Limyè Nou Klere Devan Lèzòm 61-0903

Men se menm jan si ou te gen yon vye machin epi ou t ap monte yon mòn, epi m konnen ke lè w ap desann nan lòt bò a, ou pat gen fren. Mwen pa t ap kont nonm lan, m t ap rele dèyè li, se pa li, se machin li ladann nan; li pral blese.

Se prèske menm bagay la pou òganizasyon yo. Mwen panse ke moun ki koke ak òganizasyon sa yo, kòm si sete Bondye Li-menm, yo kite Pawòl Bondye a, jis pou kenbe òganizasyon an. Bon, lè yo fè sa a, mwen pè ke yo pral fè yon erè vital. Se pa paske m gen yon bagay kont yon moun pèsonèlman, men se bato li ladann lan k ap kondwi l a, ou wè, ke m sèten ki p ap ka kenbe. Òganozasyon an p ap janm fè l, men Kris ap fè l. Kidonk soti senpleman nan bato òganizasyonis k ap koule a epi monte nan bato Syon ki asire a, vye Bato sa a ki pa janm manke akochte atan, kise Kris.

PEN KOTIDYEN
Mwen te pale ak yo, men yo pa tande, mwen te rele yo men yo pa reponn.
Jeremi 35:17

05/11/25

Premye Eksperyans Espirityèl 52-0713

Bondye Ansyen Testaman an sete Jezi Nouvo a, e se Sentespri a jodi a. Nou konn sa. Nou pa kwè sa?
Blasfeme kont Sentespri a jodi a, se menm pèn nan, oswa pi rèd menm, pase blasfeme Jezikri, oswa Bondye Papa a. Nou pa kwè sa ?

Bon, kisa ki gen ankò? Kounye a, gade. Si mond lan rele nou moun fou. Si mond lan panse ke nou fou amwatye… Gade. Paske siy sa yo te parèt kote m ye a, epi Anj Seyè a, elatriye, sa pa vle di ke sèl mwen sa konsène, zanmi m yo. Kisa sa vle di? Kisa Bondye ap eseye fè nou konprann? L ap eseye fè nou konprann ke, sa m ap di nou an se laverite.

PEN KOTIDYEN
Epi Li di yo, tande Pawòl Mwen, si gen yon pwofèt nan mitan nou, Mwen menm Seyè a, M ap fè l konnen M nan yon vizyon, epi M ap pale ak nan rèv.
Nonb 12:6

04/11/25

Montre Nou Papa A 61-0521

Mwen renmen èg, paske Bondye konpare pitit Li yo, eritaj Li a, ak yon èg, epi Bondye, Li-menm, rele Tèt Li yon Èg, Li se Jewova Èg, Papa Èg, nou se ti eglon Li yo.

Yon Èg ka vole pi wo ke nenpòt lòt zwazo. Si yon fokon t a eseye swiv li, l ap eklate nan lè a, konsa tou si w ap eseye imite Krisyanis, w ap jis eklate tèt ou, se tou, sa p ap fè ou byen. Se pou yon èg, se pou ne denouvo, yon nati ki chanje, lè sa a ou ka monte echèl Jakòb la, lè sa a ou ka monte nan plas ki pi wo a kote tout bagay posib pou sila yo ki kwè, men ou dwe yon èg, yon kwayan.

Pa eseye… lè Ebre yo t ap travèse lanmè Wouj, tankou yon èg, ejipsyen ensikonsi ki t ap swiv yo t ap eseye fè menm bagay la epi yo te pèdi lavi yo. Ou pa ka imite Krisyanis, ou dwe yon Kretyen. Se vre.

PEN KOTIDYEN
Men, moun ki pa gen bagay sa yo nan yo, y ap tankou yon avèg ki pa wè lwen, yo bliye jan Bondye te netwaye yo anba vye peche yo.
2 Pyè 1:9

03/11/25

MESYE, NOU VLE WÈ JEZI 61-1224

Mesaj nwèl mwen an, se, pou m montre nou lakwa a aswè a. Amèn. E nou menm, grenn ble, nou tonbe la nan Kris epi nou mouri. La a n ap jwenn Lavi Li a nan Pawòl Li a, kise menm yè, jodi a ak pou toutan. Ke se sa ki Mesaj nwèl mwen an pou nou. Mwen pa montre nou yon manjwa, yon krèch, yon legliz, yon denominasyon. Men, “ Mesye, nou vle wè Jezi,” kidonk mwen montre nou Li. L ap montre nou lanmò L, antèman L, ak rezireksyon L. Epi kite grenn ble pa ou la tonbe la a, epi kite Pawòl Li vin reyèl nan ou. Epi w ap wè ke Li se menm yè, jodi a, ak pou toutan. “Mesye, nou vle wè Jezi.” Li se menm yè, jodi, ak pou toutan.

PEN KOTIDYEN
Jezikri se menm yè, jodi, ak pou toutan.
Ebre 13:8

02/11/25

Jariys Yon Kwayan Sekrè 55-0604

Kòm dlo yo te kontinye ap monte, aprè yon ti moman Jezi te pale epi l di, “Piga pè. Se Mwen menm.”

Pyè te reponn, “Si se Ou, Seyè, jis ban m yon ti tès.”

Mande epi w ap resevwa. Kidonk Li te ba li tès la, e lè Pyè t ap eseye fè l li-menm, li te echwe, e tout lòt moun ap echwe tou. Li te retire je l sou Jezi epi li te kòmanse ap gade gwosè vag yo. Lè l te wè vag yo te nan sans kontrè, li kòmanse plonje. Tout moun k ap gade ak afliksyon yo aprè yo fin priye pou yo asireman ap plonje tou.

Pa gade ak afliksyon yo. Fixe je ou sou Sila ki bay pwomès la, Seyè Jezikri a. Fixe je ou sou Pawòl Li. Li se Sila ki fè pwomès la. L ap veye sou Li pou L akonpli l. Li kenbe l nan pla men L, Li mete l nan fon kè L. Pawòl Li yo dwe Verite. Pa panse ak maladi yo, ak pwoblèm ou yo. Fixe je ou sou Jezi.

PEN KOTIDYEN
Senyè a pa an reta pou akonpli pwomès li yo.
2 Pyè 3:9

01/11/25

Tankou Yon Èg K Ap Montre Pitit Li Vole 61-0122

Se fason sa a Papa Èg panse de ti pa L yo, lè L ap mache avèk fyète. L ap rele sou yo; yo rele tou. Li di, “ Se sa. Mwen se Sila ki te la a.”

“Amèn, Papa.”

“ Mwen se Sila ki la a.”

“ Amèn, Papa.”

“ Mwen se Sila k ap vini an.”

“ Amèn, Papa.”

“ Mwen se menm yè, jodi a, ak pou toutan.”

“ Amèn, Papa.”

“ Mwen se toujou Gerisè a.”

“ Amèn, Papa.”

“ Mwen toujou bay Sentespri a.”

“ Amèn, Papa.”

“ Mwen se menm yè, jodi a, ak pou toutan.”

“ Amèn, Papa.”

“ Amèn”

Ti vye kaw la di, “ Kaou, kaou, kaou.”

Ou menm ti malfini, kisa ou genyen w ap kriye a? Soti nan nich la. Ti votou, de tout fason ou p ap kapab manje manje èg la.” Se vre. O la la.

PEN KOTIDYEN
Tankou èg k ap montre pitit li vole, Seyè a ap plane anwo pitit Li yo. Li louvri zèl Li yo pou Li ka pran swen yo, Li pote yo sou do L pou yo pa tonbe.
Detewonòm 32:11

31/10/25

BONDYE KENBE PAWÒL LI #2 57-0307

Anpil moun di, “ Bon, kèlkeswa sa m kwè a, depi m sensè nan sa m kwè a.” Bon, si se konsa, Moametan yo sove; Boudis yo sove, epi tout rès yo; payen yo sove. Paske m di yo ka depase nou chak jou, lè se pou lapriyè, jene, sansasyon, oswa lòt bagay ; yo ka depase nou. E sali a pa gen rapò, oswa li pa baze sou okenn lòt bagay ke sèlman Pawòl Bondye a; Bondye dwe di l konsa.

Sali pa ka baze sou legliz, oswa kredo, sou anyen lòt ke sèlman Pawòl Bondye a, paske se Pawòl Bondye. Pawòl Bondye si tèlman pafè, ke pa gen yon yota nan Li k ap tonbe. Tout syèl la ap pase; tè a ap pase. Jan te di sou— sou zile Patmòs, “ Mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf, paske premye syèl la ak premye tè a te disparèt. “Men Pawòl Bondye a kontinye egzakteman menm jan an.

PEN KOTIDYEN
Zèb la chèch, flè a tonbe. Men, Pawòl Bondye a la pou tout tan. Se Pawòl sa a bòn nouvèl la te pote ban nou.
1 Pyè 1:24-25

30/10/25

Mak Bèt La 56-0715

Koute. Ou ka rete san manje pandan lontan, men ou pa ka rete san dlo. Katreven pousan kò ou fèt avèk dlo. Premye bagay ke Bondye aji sou li, Lespri Bondye aji sou li, se te dlo. Ou pa ka rete san dlo. E si nanm ou swaf pou adore; koute, mesye, Pannkot yo, ak Pèleren Sentete yo, Presbiteryen yo, Batis yo, kèlkeswa sa ou ye. Ou wè ? Si ou grangou, epi ou swaf, se pou satisfè swaf ou avèk Kris, epi fè Kris vin Bondye ou. Piga tounen nan vye sitèn dlo konwonpi sa yo. Premye bagay pou konnen, ou ka aji nan yon fason tèlman relijye, ke zòrèy ou yo te pèse pou Laverite. Epi èske nou sonje ? “Y ap tèlman pwòch ke l t ap sedwi menm eli a…” Epi rejte Levanjil la, se sele ak mak bèt la. Bondye make ou.

PEN KOTIDYEN
Dlo m ap bay la va tounen yon sous dlo anndan yo. Li va ba yo lavi etènèl.
Jan 4:14

29/10/25

About/Pa Kapab Ankò
63-0901E

Epi, remake, manzè pa t egoyis. Lè Bondye te tande l, epi te reponn priyè l, Li te ba li yon pitit gason, manzè te retounen l bay Bondye. E poutèt li pa t vle fè egoyis apre Bondye te reponn priyè li a, Li te ba l yon pwofèt. Oo, sa se te yon benediksyon an plis. Oo, Li jis chaje ak yo, ti bagay an plis sa yo ke Li bay. Non sèlman yon pitit gason, men yon pwofèt. E pa t gen vizyon klè pandan plizyè, plizyè lane, an Izrayèl. Samyèl, premye pwofèt, depi plizyè, plizyè lane, paske yon manman te about, manzè pa t ka fè pitit, e li te pase laj pou vin ansent, pwobableman nan swasant, swasann dizan. E manzè te priye jouk li about, fòk li te gen pitit sa! Kisa sa te ye? Bondye te pale avè l, pa gen dout.

Ou pa ka vin about toutotan Bondye pa pale avè w. Oo, Legliz, leve epi sekwe kò w! Reveye konsyans ou, reveye w, nan moman sa! Nou dwe vin about, oubyen nou peri! Gen yon bagay k ap vini de Seyè a! Mwen konnen sa kòm ENSI DI SEYÈ A. Gen yon bagay k ap vini, e nou ta fè mye vin about. Se yon kesyon de Vi ou de mò. Sa pral pase nan mitan nou e nou p ap wè l.

PEN KOTIDYEN
Paske, lè a rive pou jijman Bondye a kòmanse. L ap kòmanse ak moun ki nan kay Bondye a anvan. Si li kòmanse ak nou, nou pa bezwen mande sa k pral rive moun sa yo ki pa obeyi ak Levanjil la.
1 Pyè 4:17

28/10/25

YON LÒT FWA ANKÒ SEYÈ 63-0120E

Bondye te leve legliz byen wo pou l te yon fa, pou l te ba l pouvwa Li yo , pou geri malad yo, resisite mò, chase demon yo, viv yon vi ki sen, preche Levanjil, manifeste L, men nou kòmanse glise anndan an epi nou ouvè baryè yo.

Nou te pran move egzanp yo. Medam yo aji menm jan ak madan pastè a. Pastè a kite l fè sa l vle, koupe cheve, mete nenpòt rad sexi sou li, li pa janm reprimande I. Epi lòt medam yo di, “ si sè entèl ka fè sa, m ka fè l tou.” Piga pran sa pou egzanp ou. Wè ? Bondye di ou kisa pou fè, rete avèk Sa.

PEN KOTIDYEN
Bondye pa rele nou pou nou viv yon vi ki pa pwòp. Men Li rele nou pou nou viv yon vi ki sen.
1 Tesalonisyen 4:7

27/10/25

Ebre Chapit De Dezyèm Pati 57-0825e

Mwen vle nou note Sa. Bib la di, “Si gen yonn nan mitan nou ki kanpe pou di tèl e tèl bagay, epi sa l di a pa rive, pa koute l, paske se pa Mwen ki te pale. Men si l pale nan Non Mwen, epi sa l di a rive, lè sa a tande Sa l di a.” Amèn. Paske Mwen avèk pwofèt sa a,oswa predikatè sa a, kèlkeswa saliye a. Si sa l di a rive, lè sa a koute l.

Kounye a, zanmi m yo, ann koute L, Sentespri a ap pale nan mitan nou, pandan L ap fè tout kalite mirak, siy ak mèvèy. An nou pa pase sou Li tankou se yon evènman òdinè. Ann sonje ke Li se Jezikri, menm nan yè, jodi a, ak pou toutan; k ap konfime Pawòl Li. Nou dwe fè l. O, silvouplè, fè l. Fè atansyon. Ke tout bagay vin an dezyèm pozisyon, li te mèt lakay ou, mari ou, madanm ou, pitit ou. Kèlkeswa saliye a, mete l an dezyèm pozisyon. Plase Bondye anvan. Ou di, “Frè Branham, anvan pitit mwen yo?” Anvan tout bagay. Mete Bondye anvan. Se pou L an premye pozisyon.

PEN KOTIDYEN
Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
Matye 6:33

26/10/25

Mwen Konnen Redanmtè Mwen An Vivan 56-0406s

Se bi Bondye pou l ba nou Sentespri beni an. Se bi Bondye pou L montre nou siy ak mèvèy ak mirak. Se bi Bondye e anyen pa ka detwi l. Tout pisans ki nan lanfè ka kanpe kont li, men l ap pote viktwa. Nou genyen pwomès Etènèl Bondye a. Ka gen anseyan , ka gen ism, ka gen gwo pwogram, ka gen bagay ki sanble te ka detwi bi sa a, men li p ap janm ka detwi. Se bi Bondye pou l gen viktwa. Lè sa a, sa pa depann de mwen, sa pa depann de ou, menm si l detwi ou pa. Sa depann de Bondye. Epi nou ka repoze ak asirans ke Bondye p ap janm kite eritaj Li detwi, paske se bi Li pou L ba nou li.

PEN KOTIDYEN
Se Seyè a li ye, l’a fè tou sa li wè ki bon.
1 Samyèl 3:18

25/10/25

BONDYE NAN PÈP LI 50-0227

Gen yon fontèn ki louvri, k ap koule tout kote. Jis bwè jouk ou paka bwè ankò. Pyebwa a, si l bwè dlo nan mezi kote yo plante l la, bon, l ap jis toujou, rete nan sechrès. Se sa k pwoblèm nan ak Kretyen yo. Yo pa bwè ase. Ou dwe bwè jouk ou gaye l epi kite yon moun wè l. Ou wè? Avanse. Gen yon temwayaj. Remèt li bay Bondye. Kwè l. Mache sou li. Reklame pwomès Bondye yo. Jis remèt— remèt li bay Bondye. Kwè l. “ Remèt kòz ou yo nan men Seyè a.” Li pral reyalize kèlkeswa sa ou vle a.

Men Li paka fè l jouk… toutotan ou kenbe l. Ou di, “Bon, m ap wè si m p ap vin byen, epi m ap gade si sa p ap mache.” Ou dwe remèt Li nan men L epi bliye l. Al temwaye bagay ke ou pa menm wè a. Ou kwè l. Se pa sa ou wè; se sa ou kwè. Se pa sa ou santi. Li pa janm di, “Èske ou santi L?” Li di, “ Èske ou kwè l?”

PEN KOTIDYEN
Remèt kòz ou nan men Seyè a. Mete konfyans ou nan Li, L a ede ou.
Sòm 37:5

24/10/25

Ebre, Chapit Twa 57-0901m

Gen yon bagay osijè de… ki kote ou ale, nan ki legliz ou mache, ki anseyan ki anseye ou. Èske ou te konn sa a? Sa—sa enpòtan. Se poutèt sa nou dwe chache bagay ki pi bon nou te ka jwenn nan, pou nou ka jwenn sa ki pi bon an; se pa yon kesyon de sosyete elatriye, men veritab ansèyman Bib la.

Gade, te gen yon lè Izrayèl te ale nan dezè a avèk ame li yo, yo te mache pandan sèt jou, yo te manke dlo. Yo te prèt pou mouri, yo te di, “O, si te gen yon pwofèt toupre a la!”

Youn nan yo te reponn, “Nou gen yon pwofèt isi a, ki rele Elize. Li te konn vide dlo sou men Eli.” Ou wè ki moun ki asosye li? Nan yon lòt mo, “Men Elize ki te konn asosye l avèk Eli. Pawòl Seyè avèk li.” Nou konprann? Li te byen anseye.

PEN KOTIDYEN
Voye limyè ou, moutre m verite ou la. Fè yo fè m wè chemen pou m pran an. Sòm 43:3

22/10/25

KISA KI NAN MEN OU LA A ? 55-1120

Bib sa a se lèt ekri Bondye. E chak pwomès ki ladann se pou ou, si ou ka kwè L epi aksepte L nan yon bon jan atitid. Li nan ou, lespwa laglwa a, Kris.

Remake. Kounye a kijan nou antre nan Kris? Premyèman, nou resevwa L pa lafwa, lè nou kwè. Dezyèmman, “ pa yon sèl Lespri, lè sa a, nou tout te batize nan yon sèl kò,” 1 Korentyen 12; pa yon sèl manm? Pa yon sèl Lespri nou tout te batize nan yon sèl kò. Se kwayan yo, ki te deja kwè nan Seyè Jezikri a ki batize nan Kò Kris la pa yon sèl Sentespri. Sa yon tikras kontrè ak ansèyman Batis mwen an, men se Bib la.

Mwen se yon Batis toutotan l rete nan Bib la ; aprè sa mwen se Bib la.

PEN KOTIDYEN
Li mande yo: Èske nou te resevwa Sentespri lè nou te kwè ?
Akt 19:2

21/10/25

Sotrèl, Jelèk, Azil, Gazam 59-0823

Men, si gen yon bagay ki pa bon nan legliz la jodi a, sè ke li pa pwogrese jan l ta dwe pwogrese a, mwen panse ke nou dwe retounen nan preskripsyon an, pou nou jwenn egzakteman sa ki pa bon an, paske legliz la sitèlman malad ke gen yon maladi nan legliz nou yo, ki rele maladi peche. Kidonk nou dwe jwenn kisa doktè a te preskri, pou n wè si pastè famasyen nou yo te ba nou bon preskripsyon an. Epi sonje, ou ka mete yon bagay sou yon dyagnostik ki trè pwòch Ekriti a, epi l touye pasyan an. E petèt, m pa di ke se sa a, men e si kèk nan famasyen nou yo te mete yon bagay sou Preskripsyon Bondye a ? Si se sa, yo touye pasyan an. Yo kite l mouri nan peche a.

PEN KOTIDYEN
Frè mwen renmen anpil yo, pa twonpe tèt nou sou bagay sa a.
Jak 1:16

20/10/25

Pawòl Bondye Pa Ka Fayi 56-0404

Nou konnen yon bagay, talè a mwen— mwen t ap pale ak ti mesye yo ki t ap pase la a, mwen te di yo ke nou dwe kontan touttan. Bondye pa vle nou tris. Nou konnen ki sa move tanperaman ka fè? Epi vye tanperaman sa a, se youn nan vye bagay ki pi pa bon ki genyen. Epi apeprè swasant pousan nan tout maladi yo, se move tanperaman ki lakòz yo. Wi, mesye, kriz kòlè ke n ap fè yo, sonje, n ap senpleman devlope yon kansè, ilsè, oswa yon bagay konsa, lè nou fè l. Lè nou enève kont yon moun, “ Mwen p ap tounen la ankò. Tann jiskaske m di yo sa m panse.” Ok. Sonje, ou se youn nan moun ki pral peye pou sa. Se pou toujou kontan.

Gen yon ti istwa ki di ke te gen yon ti zwazo ki rele wouj-gòj ki te ale poze sou yon branch bwa yon maten, li te sifle dèyè ti konpayon li. Ti konpayon an vole al jwenn li epi di, “ Ou konnen, mwen si— mwen sitèlman enkyete maten an pou yon bagay.”

Li te reponn, “ Kisa?” Li te di, “ Nou menm wouj-gòj nou pa janm enkyete.”

“Men m ap jis mande m si pòv kreyati sa yo, kise èt imen yo, k ap mache ak figi yo kontrarye, m ap mande m, petèt yo pa gen yon Papa nan syèl la k ap veye sou yo tankou nou menm wouj-gòj yo.”

Se apeprè sa. Ou p ap janm tande youn nan yo fè tansyon, èske se pa vre ?

PEN KOTIDYEN
Se pou nou toujou kontan nan lavi n ap mennen ansanm nan Seyè a. M ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil.
Filipyen 4:4

19/10/25

KOUTE LI 60-0712

Yo pa mezire lòm pa fòs; sa se bèt. Lòm mezire pa karaktè. M te wè anpil gason ki te peze desan liv ak tout fòs yo epi yo pa gen yon ons gason nan yo. Rache yon ti bebe nan bra yon manman epi vyole manman an, sa se pa yon aksyon yon nonm; se aksyon yon bèt. Se aksyon yon bosal. Yon nonm se karaktè. Pat janm te gen yon nonm tankou Jezikri.

Men Bib la di Li pat gen bote ki te ka atire rega nou. Li te ka yon ti nonm, zepòl koube oswa yon bagay konsa… Nou tout te vire tèt nou pou nou pa wè L. Men Li… pat janm te gen yon karaktè konsa. Se konsa yon veritab gason ye. Ou pa mezire yon nonm pa fòs li , men pa mak ki sou jenou l kote l ap priye a. Se fason sa ou mezire yon nonm, pa karaktè li. Se verite.

PEN KOTIDYEN
Paske foli Bondye gen pibon konprann pase bon konprann lèzòm. Feblès Bondye pi fò pase fòs lèzòm.
1 Korentyen 1:25

18/10/25

FRATÈNITE PA MWAYEN REDANMSYON
55-0403

Yon bèt pa gen nanm.

Men yon nonm gen yon nanm. E se saki fè, nanm sa se yon pati de Bondye. E menm nan eta chite li ye a, bon , espès ki pi ekstraòdinè nan tout espès sou latè, se lòm. Lè li nan relasyon avèk Kreyatè li a, li vin yon sipè òm, prèske, paske li se yon pitit Bondye. L ap fè konesans ak Kreyatè li a, ak Kreyatè ki kreye tout bagay la. E lè nonm sa a, ap familyarize l avèk Kreyatè li a, li vin yon pati de Kreyatè li a, li retounen nan kominyon avèk Kreyatè li a, chak Pawòl Diven vin yon reyalite vivan pou li, e li kwè l.

Se pa etonan ke moun yo pa ka kwè nan gerizon Divin jodi a! Yo pa gen anyen pou pèmèt yo kwè. Jiskaske Bondye antre nan kè imen an, yon nonm pa vo plis ke yon bosal. Rezònman li, ap fè l reflechi, “Kijan Sa a ka fè fèt? E l ap jwenn yon eksplikasyon pou jistifye tout bagay La.

Men lè Bondye resi pran pozisyon L nan kè lòm, tout rezònman disparèt. Bondye vin an premye. Amèn.

PEN KOTIDYEN
Bondye kreye lòm, Bondye te fè l sanble ak Li.
Jenèz 5:1

17/10/25

An Atant
61-02-07

Men lè nou va vin ansanm, o, la la, se sa, lè nou va obeyi nèt ak Bondye . “Men jan tout moun ap konnen nou se disip Mwen, se lè nou renmen youn lòt.” Lè ou retire yon pati nan teyoloji a pou gen yon tikras lanmou anndan la a, sa pwodui zèv, ak mèvèy, ak—ak mirak. Men nou dwe gen sa. Pou ki moun? Pou tout moun. “O, pou bann moun Asanble de Dye yo, oswa ansyen bann moun Legliz de Dye sa yo, oswa ansyen Initè yo, oswa Trinitè, oswa moun Dye an senk pèsòn yo, ou kèlkeswa sa yo genyen an? Mwen renmen yo? Mwen p ap ka renmen yo; yo se antikris.” Ou pèdi pwòp tèt ou, frè, lè w panse sa. Se vre. Ou pa annòd avèk Bondye. Si w pa ka leve yon men anlè pou lènmi ki pi anraje ou genyen an pou eseye genyen l pou Kris, alò Lespri Kris la pa nan ou. “Paske Li te vini pou sa ki pa L yo, e sila ki pa l yo pat resevwa L.” Poutan Li te bay vi L pou lènmi Li yo. Li te fè l. Ala vre sa vre.

E Lespri Bondye sa nan ou fè w santi menm bagay la pou tout moun.

PEN KOTIDYEN
Kounye a, lè n ap obeyi verite a, nou nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye, pou nou sa gen renmen sensè pou frè yo. Se sa k fè, se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou, ak tout fòs nou.
1 Pyè 1:22

16/10/25

Pale Ak Wòch Epi L Ap Bay Dlo 60-0723

Legliz se syèj jijman, plas kote syèl la se gwo syèj jijman Bondye a. Epi ti pwi yo reprezante ti legliz ki toupatou yo, epi jijman kòmanse kay Bondye. Ou wè? Se la a ke jijman Bondye kòmanse.

Se poutèt sa… M pa konnen poukisa anpil moun ap plenyen ke m pale twò di, m ap eseye drese yo, m ap di yo kijan pou yo viv, kijan pou yo abiye, epi y ap di m ke m ap kraze ministè mwen, alòske syèj jijman an se kay Bondye li ye. Se vre. Se nan plas sa a li kòmanse, se la menm kote jistis la, ak sa ki dwat la, ak jijman Bondye a dwe soti sou chè a.

PEN KOTIDYEN
Li lè pou jijman an kòmanse, epi se pèp Bondye a k ap jije anvan.
1 Pyè 4:17

15/10/25

Adopsyon #4 60-0522E

Jis lè sa mwen te kòmanse ap vini. M te gade, antan m lonje la sou kabann lan, e m te wè vye kakas mwen an isi a k ap vyeyi epi k ap ride, epi defòme epi—epi afeckte ak maladi ak afliksyon, e m te wè men m dèyè tèt mwen, e m te panse: “O, èske m dwe retounen nan bagay sa ankò?”

E m te kontinye ap tande Vwa sa: “Kontinye avanse! Kontinye avanse!”

Mwen di: “Seyè, mwen te toujou kwè nan gerizon Divin, m ap kontinye kwè l. Men m ap kontinye avanse pou genyen nanm sa yo, kifè ede mwen. M ap tèlman fè anpil antre laba a m ap…Kite m viv, Seyè, e m ap fè antre yon lòt milyon laba a, si W ap jis kite m viv.”

M pa bezwen konnen ki koulè, ki kredo, ki nasyonalite, ki sa yo ye, yo tout se youn lè yo rive la, e liy fwontyè sa yo disparèt.

PEN KOTIDYEN
Se pou nou fè tankou m: nan tou sa m ap fè, m ap fè mwayen posib pou m fè tout moun plezi; mwen p ap chache avantaj pa m, men avantaj tout moun, pou tout moun ka sove.
1 Korentyen 10:33

14/10/25

POU VIV LAVI KRETYEN AN 57-0303A

Remake, kounye a, “Mwen pral ba nou yon lespri nouvo, epi mwen va mete Lespri M…” Remake, kè nouvo a plase drèt nan mitan ou. E lespri nouvo a plase drèt nan mitan kè nouvo a. E Lespri Li plase drèt nan lespri nouvo a.

Se jis tankou yon resò prensipal nan yon mont popilè . Lè ke… Lè resò prensipal la plase nan mitan mont lan. Li kontwòle chak mouvman mont sa a. E se sa ki pwoblèm nan, zanmi. Bon, m espere nou wè sa. M pa di l pou m eseye manipile ou oswa pou m fè ou vin endiferan; m ap sèlman di l paske m konnen yon jou mwen pral kanpe nan jijman avèk ou. Ou wè, si Sentespri a nan mitan lespri ou… E resò mont sa a fè tout rès mouvman yo fonksyone jis egzakteman kòm sa dwa, pandan l ap kenbe lè pafè a. Lè Sentespri a nan mitan lespri ou, li fè chak aksyon Sentespri a ki nan ou fonksyone jis egzakteman daprè mont Bondye a, kise Bib la. Se vre.

PEN KOTIDYEN
M ap ba nou yon kè nouvo. Epi M ap mete nan nou yon lespri nouvo. M ap retire kè di ki nan kò nou an, e M va ba nou yon kè dechè. M ap mete Lespri M nan nou, konsa m ap fè nou mache dwat nan lòd Mwen ba nou, pou nou fè tout sa Mwen mande nou fè. N a kenbe prensip Mwen yo.
Ezekyèl 36: 26-27

13/10/25

Apokalips Chapit 4, Twazyèm Pati
61-0108

Epi ou jwenn don e latriye k ap fofile nan legliz la, ak operasyon don sa yo. Anvan ou kite l opere ak bagay sa yo dabò… Se pou santi li peze sou kè w…Kounye a, lènmi an vrèman rize. Ou wè? Epi se jis sa ki dechire legliz yo an miyèt moso chak fwa, se yon vrè don ki mal opere. Ou wè? Yon bagay Bondye ap eseye fè, e ki mal opere, li pral jis—li pral jis senpleman…Pa sèlman fè w mal, men li pral dechire legliz la nèt. Ou wè? Verifye l, fè l pase atravè tout Bib la, epi teste li epi wè si se Bondye oswa non. Jis kontinye teste l epi epwouve l, gade si l aliye l pafètman e si li konfòm ak Pawòl la. Lè sa a, ou an òd, ou wè.

Toutotan ke Pawòl la te di ke l ap gen pou l manifeste, l ap gen pou l opere yon sèten fason, rete dwat avèk li. Pa janm detache ou de li, pe enpòt sa nenpòt moun fè, ki jan li sanble li reyèl. Si li pa reflete nan Lèzekriti soti nan Jenèz pou rive nan Apokalips, kite l. Pa pran okenn chans, nou nan dènye jou yo lè Satan jis ap twonpe jan li kapab.

PEN KOTIDYEN
Wi, men avètisman Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ban nou: Pa kite pwofèt ki nan mitan nou yo ak divinò yo ban nou manti! Pa koute moun k ap rakonte rèv yo fè.
Jeremi 29:8

12/10/25

Ebre Chapit Kat 57-0901e

Ou pa gen dwa poze kesyon sou tout bagay Bondye fè. “Paske Seyè a pran men moun ki jis la, Li mete yo nan bon chemen.” Epi tout eprèv ki vin sou ou yo, se pou epwouve ou. Epi Bib la di, “Yo pi presye pase lò.” Kidonk si Bondye kite yon ti afliksyon lejè vin sou ou, sonje, se pou korije ou. “Seyè a pini tout pitit li renmen, pou L teste yo, pou L fòme yo.” Pa gen exsepsyon. “Tout pitit Li renmen.” Epi afliksyon sa yo vini, yo rive pou wè ki atitid w ap genyen. Ou wè? Se Bondye, sou teren eseyaj Li. Se sa latè ye, yon teren eseyaj, se kote L ap chache pou L teste ou.

PEN KOTIDYEN
Mwen jwenn tout kalite difikilte; men, mwen pa janm kwense nèt. Mwen konn rive nan sitiyasyon mwen pa konn ni sa pou m fè, ni sa pou m di. Men, mwen pa janm pèdi espwa.”
2 Korentyen 4:8

10/10/25

Alyans Bondye Ak Abraham E Ak Semans Li An 56-0223

Nan jaden Dedèn nan te genyen de pyebwa, youn nan yo, ann di adwat la, se te Pyebwa Lavi a, agoch la se te konesans lan. Toutotan lòm t ap manje nan Pyebwa Lavi a kise lafwa, li t ap viv. Men premye kout dan li te pran nan pyebwa konesans lan, li te separe tèt li de kominyon li ak Bondye. Ou wè li?

Remake aprè, li separe tèt li a, li kontinye ap mòde nan pyebwa sa a, kontinye ap manje nan pyebwa sa a, aprè li pote l ladann jiskaske l ap eseye melanje konesans sa a avèk kominyon ak Bondye. Men Bondye pat janm fè yon nonm, pa konesans lòm, pou lòm te ka konnen Bondye.

Nou p ap janm konprann Bondye ak tout konesans ke nou genyen yo. Yo konnen Bondye pa yon sèl eleman, kise lafwa.

PEN KOTIDYEN
Men, piga ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske, jou ou manje l, w ap mouri.
Jenèz 2:17

09/10/25

Limyè Aswè A 64-0125

Yon reflè se yon fo limyè.

Jis menm jan ak yon miraj ki sou wout la. Pandan n ap fè wout la epi nou wè yon miraj. Se yon fo konsepsyon solèy la. E lè nou rive ladann, li pa pwodwi anyen lòt ke yon bagay ki fo. Paske ou pa ka mache nan reflè solèy la, paske se yon miraj, li toujou montre ou yon bagay ki pa egziste.

E lè moun yo ap eseye di ou ke Jezikri pa menm nan yè, jodi a, ak pou toutan, y ap kondwi ou nan yon miraj. Se tou. E lè yo antre nan legliz, mache legliz, kèk kredo frèt oswa lòt bagay konsa, pa gen anyen ladan yo, anyen plis ke sa nou genyen nan mond lan.

Kite m di ou. Piga refize Limyè Levanjil Jezikri a, ki pote reyon chalè Sentespri a sou ou, li fè ou yon kreyati tout nèf nan Kris Jezi. Piga mache nan reflè yon lòt aj.

PEN KOTIDYEN
Fo pwofèt sa yo, se tankou sous ki pa gen dlo. Yo tankou nyaj gwo van ap pouse. Gen yon plas ki rezève pou yo kote ki fènwa anpil la.
2 Pyè 2:17

08/10/25

Èske Ou Kwè Sa? 53-0906

Men si fanm yo, si sèlman nou te ka reyalize konbyen milya san dola ke fanm amerikèn yo ap depanse chak ane pou fè zong yo, pou chak bagay y ap mete sou jenou— bouch yo. M pa konn kisa bagay sa yo ye. Kèlkeswa, konbyen milyon dola ke moun sa yo fè ak bagay sa yo ke y ap pase nan figi yo a epi makiyaj bagay konsa…

Epi lè pòv timoun sa yo lòt bò a la ak misyonè bò isit la k ap dòmi paske yo pa ka ale. Yo pa gen ase lajan pou yo ale nan peyi etranje. Bondye pral fè nou reponn pou sa nan jou jijman an. Se vre. Se verite.

Wi, Kretyen yo k ap rele tèt yo Kretyen k ap vin isi a byen bèl ak makiyaj nan figi yo. Te gen yon sèl fanm nan Bib la ki te konn pentire figi l e se te Jezabèl. Nou konn kisa Bondye te fè ak li? Li te fè chyen yo manje l. Se vre.

E lè ou wè yon fanm ap aji konsa epi rele tèt li Kretyen, di, “Kijan ou ye, madmwazèl manje chyen?” Se sa l ye: manje chyen. Bondye te bay chyen yo manje Jezabèl. Wi, mesye.

O, sa nou bezwen jodi a se yon bon Sentespri nan tan ansyen k ap aji nan mitan moun yo pou mennen yo bay Bondye vivan ankò.

PEN KOTIDYEN
Lè yon moun gen panse l anba kontwòl feblès li, se wout lanmò li pran. Men lè yon moun gen panse l anba kontwòl Sentespri a, se wout lavi ak lapè li pran.
Women 8:6

07/10/25

FÒS PAFÈ PA YON FEBLÈS PAFÈ 61-1119

Men li, se sa l ye, nou— nou anpeche L manifeste. Nou chase L avèk… soti nan moun ki pi pòv ki nan mitan nou an pou rive nan moun ki pi rich la, soti nan sa ki pi ba a pou rive nan sa ki pi gran an, nou fè Bondye rete deyò nan lavi nou akòz pwòp tèt pa nou.

Touttan m ap di, “ pi gwo enmi m genyen se William Branham.” Li se yonn ki kanpe ankwa sou wout Bondye. Li se yonn ki vin parese. Li se yonn kèkfwa ki rive nan yon plas kote l panse li ka fè yon bagay , e, lè l fè l, sa retire Bondye sou foto a. Men lè m ka debarase m de zanmi sa a, lè m ka rive yon kote ke zanmi sa a soti sou chemen an, lè sa a Bondye ka parèt epi fè yon bagay ke William Branham pa konnen anyen sou sa.

Se lè sa a Bondye ka utilize ou. Se lè sa a li ka itilize nenpòt nan nou. Li ka itilize nenpòt moun lè nou soti sou chemen an. Men toutotan nou kanpe ankwa sou wout la, lè sa a nou p ap kapab.

PEN KOTIDYEN
Koute. Men Mwen kanpe la devan pòt la, M ap frape. Si yon moun tande vwa M, si l louvri pòt la ban Mwen, m a antre lakay Li, m a manje ansanm avè l, l a manje ansanm avèk Mwen.
Apokalips 3: 20

06/10/25

POUKISA? 60-1126

O, la la. Nou tèlman andoktrine ak anpil bagay, epi nou tèlman fristre epi nou pè. Piga pè. Swa pase a mwen te preche sou sa, Piga Pè, Se Mwen Menm. Sèl bagay ki te ka ede yo, yo t ap mouri, yo t ap nwaye; Satan ta pral pran yo, epi yo te panse L te yon fantom, yon lespri; sèl bagay ki te ka ede yo.

E se konsa l ye jodi a, sèl bagay ki ka delivre yo de kansè, sèl bagay ki ka delivre ou de kriz kadyak, lamedsin pa gen remèd pou sa, sèl bagay ki ka ede ou se Bagay sa a ou pè a, ou pè yon jan de lespri. Se yon Lespri, yon Lespri Sen, Kris ki te manisfeste nan Lavi nou. Kwè L kounye a.

PEN KOTIDYEN
Menm lè a, Jezi di yo, pran tèt nou, se Mwen menm; Piga pè.
Matye 14:27

05/10/25

Jewova Jire #2 64-0403

Men Bondye pa bezwen pèsòn pou entèprete Pawòl Li. Li se pwòp entèprét Tèt Li. Li fè pwomès la, epi Li akonpli l, e se sa ki entèpretasyon l lan. Pèsòn pa gen dwa entèprete l. Bondye pa mande pèsòn pou fè sa. “ Pèsòn pa ka entèprete Bib la nan fason pa l.” Tout ap eseye di Sa vle di sesi, sela. Kite Bondye pale Li- menm. Li se Sila ki ka akonpli l la. Li te fè pwomès la; Li kanpe dèyè l. Li akonpli l pou kwayan yo.

Men enkwayan yo p ap resevwa anyen. Li pa pou yo. Pou kòmanse, yo mouri. Yo pat janm reprezante. Pa gen anyen pou yo. Se kakas mouri yo ye. Nou pa vle vin konsa.

“ Se pou n plen ak Lespri.”

PEN KOTIDYEN
Lè sa a, moun va pran kouri soti nan n o al nan sid, soti nan lès al nan lwès. Y a mache toupatou ap chache yon pawòl nan bouch Seyè a. Men, yo p ap jwenn. Amòs 8:12

04/10/25

BATIME AVÈG LA 61-0124

Si ou pa kwè Sentespri a reyèl, pran pwomès Bondye a epi jis rete avè l. Kenbe l byen. Pa lage l. Si ou pa kwè Li se yon Moun ki konn geri , kèlkeswa maladi oswa pwoblèm ou genyen an, kounye a menm, pa tann liy gerizon an; jis pran l kounye a, epi di, “ Bondye, mwen nan men ou.”

Epi Satan pral di, “ Ou pa byen.”

Se sa l te di m. Mwen te reponn, vin gade la a, maladwa. Si ou pa… Si ou vle… Si ou renmen tande m k ap temwaye glwa Bondye, rete nan paraj la. Men ou p ap brannen m ak sa. Si ou renmen tande temwayaj Bondye yo, epi lwanj gerizon Divin, rete nan paraj la. Mwen pral klewonen l toutotan m kapab. Jis rete la avè l. Rete nan paraj la epi koute l. M envite ou pou koute l. Rete nan paraj la.”

Premye jou, pagen amelyorasyon; jou aprè a, pagen amelyorasyon; jou aprè a, pagen amelyorasyon. Mwen jis rete la, ap temwaye, bay Bondye louanj, travèse nyaj nwa yo. Li te fè yon pwomès. Finalman men l te la. Aprè yon ti tan li vin fatige epi l kouri ale.

PEN KOTIDYEN
Se poutèt sa, desann nou devan Bondye. Men reziste ak Dyab la, epi l ap kouri kite nou.
Jak 4:7

03/10/25

ESEYE RANN BONDYE SÈVIS SAN SE PA VOLONTE BONDYE 65-0718M

Pa janm kòmanse oswa eseye yon òganizasyon. Pa eseye bati sou lòt bagay.

Men rete enb devan Seyè Bondye ou la, paske l sanble talè konsa pòtay yo ka louvri nan Peyi ki te pwomèt la . Lè sa a, ann antre avèk vrè chan epi kè kontan , lè Epouz la ak Lemarye pran plas li sou Twòn lan.

Se pou nou viv enb. Se pou nou viv nan lanmou. Se pou nou youn renmen lòt. Pa janm met anyen nan mitan nou. Si n wè yon bagay monte nan kè nou kont yon moun, retire l la a touswit. Pa kite…

Epi Satan ap fè tout sa l kapab pou l antre nan mitan nou. Ou wè? Pa kite sa rive. Petèt kèk kanmarad lang long ka parèt epi eseye mennen nou lwen Li. Ou panse yo te ka diskite ak Moyiz nan Prezans Bondye a, kote l te kanpe la a epi wè Li? Non, mesye. Non. Nou pa retire nan Li oswa ajoute sou Li. Jis kenbe L fason Seyè a te di a. Nou pa vle okenn denominasyon. Nou pa vle okenn òganizasyon. Nou pa vle okenn malveyan. Nou pa vle okenn chirepit. Nou vle Bondye, epi Li se Pawòl la.

PEN KOTIDYEN
Egzaminen tout bagay byen, kenbe sa ki bon.
1Tesalonisyen 5:21

02/10/25

KONFIMASYON AK PRÈV 62-0621E

Sonje, ke nou pa dwe vin legliz pou fè jwèt relijyon. Nou pa dwe vini, jis, pou fè yon aksyon relijye pou n ale legliz, nou dwe vini pou n adore nan Lespri epi nan verite, nou dwe sensè nan fon kè nou, nou dwe vrèman panse ak sa nou vin fè isi a. Jou yo vin move, tan an move epi nou vle— nou vle konte chak minit espesyalman lè nou anndan kay Seyè a.

PEN KOTIDYEN
Jezi te reponn li, wete kò sou Mwen Satan. Paske men sa ki ekri, se Mèt la Bondye ou pou adore, se Li menm sèl pou ou sèvi.
Matye 4:10

01/10/25

Jòb Sèvitè Bondye 55-0223

Nou konnen, yo te rakonte l yon fwa; m pa konnen si se vre ou pa, misyonè a te rakonte m li nan—nan peyi Palestin. Li te wè yon—yon gadò mouton ki t ap vini ak yon mouton. Li te di, “Yon mouton, ke li te vlope, epi ki te gen yon twal ki te mare youn nan pye mouton an. Li te di, “ Mesye, èske mouton an te tonbe, epi l te blese pye l?”

Li te reponn, “non.”

Li te di, “ kisa pye l te genyen?”

Li te reponn, “Mwen te kase l.”

Li te di, “Ou kase l.” Li te di, “Ou gen lè yon gadò mouton ki mechan anpil pou fè yon bagay konsa.”

Li te di, “Non.” Li te di, “Ou wè, mouton sa a pat vle tande m, nan kouri sa ela, epi m konnen li te ka mouri. Se sak fè mwen kase pye l pou l vin pi pre m, pou m ka ba li yon trètman espesyal, ba li manje nan men m. Sa ap fè l renmen m pi plis.”

Petèt ke Bondye, kèkfwa, ka jis kite yon bagay rive ou, pou L fè ou vin pi pre L, renmen ou yon ti kras anplis, epi ba ou yon trètman espesyal, yon gerizon, pou ka di, “Wi, Seyè, mwen kwè,” Ou wè? Se sa. Gade kijan Bondye fè sa? Èske L pa mèveye? Nou jis kwè Li.

PEN KOTIDYEN
Paske Seyè a korije moun li renmen,
Pwovèb 3:12

30/09/25

An Independent Church of the WORD,