Sitasyon pou jou / Pen chak jou

26/09/25

METE SOU NOU TOUT ZAM BONDYE YO 62-0607

Kounye a, yo gen yon nonm k ap vire won nan lespas. Yo tout ap pale fò sou sa ou konnen, “ Nou gen yon nonm nan lespas.” Bon, sa pa anyen la, nou menm Kretyen nou gen yonn nan lespas depi de mil lane, ou konnen. Se vre. Se vre. Y ap pale fò de sa, sa pa gen anyen nouvo la a, li ansyen pou nou, nou te konnen sa depi lontan. Kidonk, gade? Gade, nan ki pwen nou trè annavans, yo jis pa reyalize sa.

Wi, bati gran wout ak bèl bagay konsa epi ap eseye fè latè a vin yon pibon plas elatriye, san ke yo pa reyalize ke se moun ki dou a ki pral eritye l, kidonk men ou. Konsa jis—-jis… Gade, Bondye te prevwa tout bagay pou nou. Sèl bagay nou dwe fè, se jis rete bò kote L epi jis kontinye. Wè ? Se, pou nou tout kwè, se tout sa L mande nou pou n fè, Li pral gide nou jiskobou.

PEN KOTIDYEN
Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou.
Sòm 20:7

25/09/25

EBRE CHAPIT SÈT #2 57-0922E

Men, kounye a, m kwè ke Bib la pale de yon lanfè literal k ap boule. Bib la pale de sa, ke peche yo ak mechanste yo pral pini pou touttan. Bon, se pa etènite a. Se petèt pou di milya lane. Se petèt pou san milya lane, men kèkfwa sa dwe gen yon fen. Paske , tout sa ki te gen yon kòmansman, gen yon fen. Se bagay sa yo ki pa gen kòmansman, ki pa gen fen.

Nou sonje leson sa a kounye a ? Kijan nou te retounen epi dekouvri ke tout bagay ki te gen yon kòmansman te pèvèti, ou wè, se yon pèvèsyon ki soti nan sous prensipal la. E, finalman, li remonte nan Etènite a. Kidonk tout lanfè, tout soufrans, ak tout memwa sa yo pral disparèt pou Letènite. Tout bagay ki kòmanse gen fen.

PEN KOTIDYEN
Apre sa, yo jete lanmò ansanm ak kote mò yo ye a nan letan dife a. Letan dife sa a, se li menm ki dezyèm lanmò a.
Apokalips 20:14

24/09/25

Aksepte Mwayen Bondye Bay Pou Tan Lafen An 63-0115

Èske ou te janm remake lè yon ti poul ap soti nan kokiy ze a? Li gen yon lòt ti bèk, sou kokiy ze a, yon ti gratwa blan. Ti poul sa a ki anndan an la a, nan moman lavi kòmanse parèt, li kòmanse ap leve tèt li. Kisa sa fè ? Ti gratwa sa a grafonyen kokiy ze a, pou fè l vin mens. Kòm li gen yon ti lavi anplis, li kòmanse frape l avèk ti bagay sa a. Aprè l te deja soti nan kokiy ze a, li pa bezwen l ankò, Konsa ti gratwa a sot tonbe.

Sak fè l tonbe a, se yon pwoteksyon li ye pou pwent bèk li. Si l pat konsa, li t ap defòme bèk li, epi li patap kapab manje grenn mayi a. O, lala! Yon mwayen Bondye te bay pou l siviv! Bondye ba li, yon mwayen pou l soti ladann. Pa gen lòt pi bon mwayen pase sa. Tout lòt mwayen yo t ap touye l. Li dwe swiv mwayen Bondye a. Bon, si w ap eseye fabrike yon mwayen oswa jwenn yon mwayen, w ap touye l.

Se pwoblèm sa a ki genyen ak legliz Kretyèn nan jodi a. L ap eseye aksepte yon mwayen fabrike, olye pou l goumen pou fè yon wout, pou Wayòm Bondye a.

PEN KOTIDYEN
Bondye o! Tou sa Ou fè bon nèt ale. Ou pa gen de pawòl. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl Ou.
2 Samyèl 22:31

23/09/25

Apèl Abraham Nan 55-1116

Imajine ou ou sòti deyò a epi w ap pale ak yon kochon, ou di l konsa, “Bon, gade non, mesye kochon, m pral di ou, ke ou antò.” Bon, ou ka lave l, epi mete yon kostim sou li, si ou vle. Sa p ap sèvi ak anyen; l ap retounen dwat patoje nan labou a ankò. Se nati li. Li se yon kochon pou kòmanse. Tout moun, tout moun ki pa rejenere, Kèlkeswa jan w ap eseye pou se yon bon moun, kèlkeswa jan ou panse ou bon, de nati ou se yon pechè, jiskaske Bondye chanje nati ou la. Amèn.

Ebyen, se vre. Nou pa renmen di sa. “O,” ou di, “M pote pibon rad nan vwazinaj la. Mwen gen pi bèl machin. Mwen gen pibon…” Sa pa gen anyen pou wè ak sa. Si nati a pa… “ M pa janm bay manti. M pa janm…” Sa pa gen anyen pou wè ak sa toujou. Se pa pwòp merit ou, men se eleksyon ak apèl san kondisyon Bondye a. Sali a se merit Jezikri, pèsòn pa ka fè anyen pou sa. Bondye, pa lanmou Li te sove lòm.

PEN KOTIDYEN
Ak gras Bondye, mwen sa m ye a.
1 Kòtentyen 15:10

22/09/25

MEN KOTE M PANSE PANNKOTIS YO ECHWE 55-1111

Moyiz te kondwi de milyon moun nan dezè a. E li te kondwi yo nan espas karant lane, e lè li te soti lòt bò a, pat gen yonn ki te fèb nan mitan yo.

Èske nou menm doktè ki isi a aswè a, oubyen kèk nan nou pa ta renmen konnen kisa Doktè Moyiz te genyen, kòm preskripsyon? Kisa l te bay moun sa yo ? Konbyen ti bebe ki te pran nesans chak nwit? Konbyen gran moun elatriye ? Konbyen moun ki t ap mache bwate ak konbyen moun ki te enfim? E konbyen vant fèmal, ak tout lòt bagay yo, èske l te travèse nwit la? E Doktè Moyiz te pran swen chak ti bagay.

Èske nou ta renmen gade nan sak medikaman li a pou n jwenn ki kalite preskripsyon li te bay? Nou ta renmen konnen kisa l ye? Ann gade kisa l te ye? Men li: “ Mwen se Seyè a ki geri tout maladi ou yo.” Amèn. Se sèl remèd li te genyen, e sa te mache pou de milyon moun.

PEN KOTIDYEN
… Mèt, si pwofèt la te mande ou yon bagay difisil, èske ou pa tap fè l?
2 Wa 5:13

21/09/25

ALE DI DISIP MWEN YO 53-0405s

Se te yon maten bonè. Yo te kenbe kò Li nan tè a pandan Saba a, se te yon koutim yo te genyen pou yo pat fè anyen nan jou Saba a. Kidonk Li te mouri Vandredi aprèmidi, a twa zè, epi Li te resisite reyèlman dimanch maten.

Kounye a m vle poze kesyon sa a, nan moman nou isi a maten an, nan sèvis leve solèy sa a. Anpil moun di, “ Poukisa L te di ke L ta lonje… ke Li te fè twa jou ak twa nuit nan tonb lan?” Li pat janm di ke Li t ap fè sa.

Li te di,“ Nan twa jou ankò M ap resisite kò Mwen.” Ou wè? Bon, rezon ke L te fè sa a se paske David te di, yon kote nan Ekriti a, “ Mwen p ap kite nanm Li nan lanfè, M p ap pèmèt Byeneme M nan pouri anba tè.” E Li te konnen ke kòripsyon enstale nan kò imen an aprè swasanndouzè detan, twa jou epi twa nwit. E fwa sa a nan twa jou ak twa nuit sa yo, Bondye te ale resisite Li. Kidonk Li te mouri Vandredi aprèmidi a twa zè, epi Li te resisite dimanch maten bonè.

PEN KOTIDYEN
Paske Ou p ap ki te nanm Li nan lanfè ; Ou p ap pèmèt Byeneme Ou pouri anba tè.
Sòm 16:10

20/09/25

Ou Dwe Refèt Ankò 61-1231M

Kounye a, nou menm k ap pale pou resevwa Sentespri a e kijan nou dwe tann anpil tan pou n resevwa li, men sa l ye. Bondye p ap resevwa sakrifis sa a, pazavan jijman Li yo aplike la a, pazavan jijman Li yo touye sans ou yo! Petèt ou ka di, “ Ebyen, m ap tounen yon lòt paj.” Se pa sa. “ Ebyen, m konnen m abitye fimen, mwen pral kite fimen.” Se pa sa toujou. Jouk Bondye resevwa sakrifis sa a sou lotèl eren Li a, lotèl Li a se jijman an. Kisa jijman Li an ye? Lanmò. Se penalite a.

“ Nanm ki peche a,” ki rete ladann nan, “ ap mouri.” Mwen pa enterese ak sa ou fè.

Jezi te di, “ Anpil moun va vin jwenn Mwen nan jou sa yo, pou di, ‘Seyè, èske m pat fè sesi, èske m pat fè sela?’ Li reponn, ‘ Retire kò nou sou Mwen, bann ouviye inikite.’” Ou wè ?

Lè dife a resevwa sakrifis sa a, epi li monte konsa, epi lafimen an monte, w ap monte ak sakrifis ou a nan plas selès la, epi ou sele, ou separe de bagay ki nan mond lan lè sa. Nanm nou sou lotèl Li a.

PEN KOTIDYEN
Men manje latè pa dire, yo gate fasil. Pa fè efò pou manje sa a, men travay pito pou nou jwenn manje ki va dire epi ki va bay lavi etènèl. Pitit Lòm nan va ban nou manje sa a. Se li menm sèl Bondye Papa a kalifye pou ban nou li.”
Jan 6:27

19/09/25

Nan Prezans Li 62-0909

Gade ti pwostitye sa a lòt bò a lòt jou a nan Samari, fanm sa a. Li pat anfòm mantalman e fizikman. Nou konnen sa. Men menm kote l te wè siy Mesi a te akonpli, li te di, “Nou konnen Mesi a gen pou vini pou L fè sa. Ou dwe se pwofèt Li a.” Li te reponn, “ Mwen se Mesi sa a ke yo te ekri ki te gen pou vini an.”

Li te rekonèt li. Li pat janm poze yon kesyon ankò. Li te kòmanse pran responsabilite l rapid, li konnen ke si l te jwenn sa epi l antre nan Prezans Bondye, li te responsab pou l al pale ak yon lòt moun de sa. Alelouya! Se vre. Nenpòt moun ki antre nan Prezans Bondye responsab devan Bondye, depi nan minit sa a, dwe pale ak yon lòt moun. Gade Abraham, gade Moyiz, gade Pyè, gade Pòl. Nan moman yo te antre nan Prezans Bondye, yo te rekonèt ke yo te “pechè,” epi yo te sele temwayaj yo ak lavi yo. Gade ti dam sa a, li pat ka rete ankò, li te ale nan vil la epi l te di moun yo, “Vin, wè yon Nonm ki te di m bagay mwen te fè. Èske se pa Mesi a? Yo pat ka nye Sa, paske Sa a se te Ekriti a. Se sètèn. Wi, yo dwe fè sa, yon nonm, lè ou gen responsabilite pou di lòt yo tankou Moyiz te fè, tankou Pyè te fè, Tankou Pòl te fè. Aprè bagay sa yo, ou te wè L epi ou antre nan Prezan Li, ou responsab pou pran Mesaj la pou al bay yon lòt moun li. Ou jis pa ka chita trankil avèk Li. Ou dwe pran L pou al bay yon lòt moun li.

PEN KOTIDYEN
Epi li di yo: -Ale toupatou sou latè, anonse Bon Nouvèl la bay tout moun.”
Mak 16:15

18/09/25

YON NONM K AP SOVE KITE PREZANS SEYÈ A 65-0217

Men li fasil pou nou ale nan chemen mond lan. Li fasil pou ale nan sans kouran an.

Soti deyò epi chita nan bato ou, sou riyè a, Vire zaviwon w yo epi kòmanse ale kont kouran an; ou p ap fè anpil tan, li difisil pou ale. Men jis lage zaviwon yo yon fwa epi gade kijan w ap pase pye bwa yo vit, pandan w ap desann, sèlman gade ki kote ou prale!

Lè bagay yo ap flote san pwoblèm, sonje, ou pral nan direksyon yon–yon gwo katarak laba a, de tout fason. Ou pral nan direksyon chit yo, epi sa p ap pran lontan pou al flote anlè chit sa yo. Jis ap flote ak mond lan, san pwoblèm, nan fason li prale a, ou pa vle sa. Non, mesye. Men ou dwe res-…aksepte responsablite w.

Kounye a, ou kwè L, epi ou gen yon-…Ou panse Se Laverite.

Epi responsablite Bondye ban nou jodi a, se pou nou pote Mesaj sa a! Epi kòm mwen vin pi aje, e mwen konnen jou mwen yo ap vin pi kout, Mwen santi responsablite a pi gran pase jan m te santi l la. Ann kontinye, nou dwe fè sa! Nou dwe rantre ladan l, tout kote nou ale, epi pale de Mesaj la; epi—epi di moun yo ke Jezikri ap vini, ke li se Bondye epi L ap vini talè konsa. Pa gen yon—pa gen yon espwa ki rete pou mond lan sof Vini Seyè a.

PEN KOTIDYEN
Se vre wi frè m yo. Mwen pa kwè mwen deja mete men m sou kote m dwe rive a. Men, mwen gen yon sèl bagay pou m fè, se pou m bliye tout sa ki dèyè m pou m fè jefò pou m mete men m sou sa ki devan m lan. Konsa, m ap kouri dwat devan m sou mak kote m prale a, Pou m ka jwenn rekonpans Bondye rele m vin resevwa nan syèl la, grenmesi Jezikri.
Filipyen 3: 13-14

17/09/25

FASON POU NOU GEN KOMINYON 55-1009

Gen de fakilte ki gouvène yon imen , yonn nan yo se—se lafwa, ki pote rezilta; e lòt la se laperèz , ki pa genyen okenn valè ladann ditou. Lafwa se nan Bondye li ye. Laperèz se nan dyab la li ye. Laperèz fè ou dekouraje ; laperèz fè ou poze kesyon. E si m ta pral mouri maten an, a kisa sa t ap sèvi m pou m ta ajite pou sa a? E si maten an mwen ta pral pase sou chèz elektrik, epi lavi m ta dwe fini demen maten, a kisa sa t ap sèvi m pou m ta enkyete pou sa?

“ Bon,” ou di, “ a kisa sa t ap sèvi m pou m gen lafwa?” Lafwa ka siyen padon m, se vre; gen valè nan lafwa. Pinga dekouraje; pinga pè ; pinga fache; jis gen lafwa epi kwè. E sèl fason pou gen lafwa, se pou gen lanmou anpremye, paske lanmou pwodui lafwa. Kidonk lanmou pafè… sezi sa. Lanmou pafè chase tout laperèz.

PEN KOTIDYEN
Jezi di yo: Poukisa nou pè konsa? A la moun manke lafwa!
Matye 8:26

16/09/25

Temwen Yo 53-0405e

Mwen imajine ke tout nwit la yo te genyen yon reynyon priyè. Ou konnen, si ou gen yon tès k ap vini…

Men li. Se pwoblèm nan avèk legliz la kounye a ; nou repoze sou pwòp sans ak kapasite nou yo, olye nou al pale ak Seyè a de sa nan priyè. Se vre. Jodi a nou kòmanse voye yon moun kèk kote, bon, nou di, n ap desann pou n gen yon ti reynyon konsèy epi nou di, “ Nou ta dwe fè sa, oswa ale la a, oswa fè sa.”

Men nan Bib la, nan jou anvan yo te konn voye apòt yo ale yon kote, yo te konn rankontre ansanm pou yo jene epi priye. Epi Sentespri a te di, “ Mete Pòl ak Banabas apa pou Mwen.” Sentespri a ! Remake, ke se pa opinyon lòm; men Sentespri a k ap dirije, k ap gide. Amèn. Remake.

Bon, reynyon priyè, tout nwit la, konsa yo te dwe montre a kisa yo te fèt. Epi frè, tout moun k ap di ke yo se Kretyen, yon jou ou lòt y ap gen pou montre a kisa yo fèt. Dyab la pral fòse ou montre vrè kapasite ou.

PEN KOTIDYEN
Men mwen menm, se ou menm m ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye, lè W a wè l nesesè, paske ou gen bon kè, paske W ap toujou pote m sekou.
Sòm 69:13

15/09/25

Sou Zèl Yon Kolonb Blanch 65-1128e

Èske w te konnen ke yon vrè Kretyen pa menm gen ankenn peche ditou kont li? David te di, “Beni nonm sa ke Bondye pa rann responsab pou
peche l yo.” Lè w lave nan San Ayo a (pa ap fè sanblan, men vrèman San–San Ayo a), Bondye pa rann ou responsab de anyen ki te fèt, paske ou anba San an e Li pa wè l. Genyen yon sakrifis ak San; sèl bagay Li ka wè de ou, se jan L te wè ou anvan fondasyon mond lan lè L
te mete non w nan Liv Lavi Ayo a. Se tout sa Li ka wè, paske ou te rachte de tout sa ki te janm komèt, ou lave nan San Ayo a. Kidonk pa gen bil nan ou, pa gen movèz abitid sal nan ou, paske San Ayo a te fè sa; e Bondye paka rann ou responsab apre w te gen yon ofrann pou peche ki blayi la ap tann ou.

“Ou di,” Ebyen, “sa ban m kantite tan ke m bezwen an, Frè Branham, mwen ka fè sa m vle.” Mwen toujou fè l; toujou. Men, lè yon moun ka reyèlman wè sa Jezi te fè pou li, epi vire touwon pou fè yon bagay ki kontrè ak Li, sa montre ke l pa t janm resevwa Kris.

PEN KOTIDYEN
epi san sakrifis Jezikris, pitit Bondye a, ap netwaye tout peche nou yo epi l ap fè nou pwòp.
1 Jan1:7

13/09/25

SO KRIS LA 55-0312

Gen moun ki antre legliz jis pa emosyon. Gen moun ki antre legliz jis pou chante. Gen moun ki antre legliz jis pou pran plezi nan yon bèl chan, se vre. Gen moun ki antre legliz, epi ki mache legliz jis pou kache mechanste yo, bay tèt yo yon pibon non nan vwazinaj la. Gen moun ki antre legliz ak yon kè sensè, men yo pa janm gen yon touche ki soti kot Bondye. Men lè Bondye rele yon nonm, “ pèsòn paka vin jwenn Mwen si Papa M pa rele l anvan. E tout sa ki vini m ap ba li Lavi etènèl, m ap resisite l nan dènye jou yo.”

O, m espere ke ou wè sa. Frè, se zèv Sentespri a k ap revele ak endividi a, se pa sou yon emosyon, se pa sou yon bagay ke ou dwe fè, osinon ou pat dwe fè, oswa sesi, sela, oswa lòt bagay. Tout bagay sa yo bon, mouvman yo ak zèv yo, epi kriye, danse, pale anlang; tout bagay sa yo bon. Men premye bagay la, sa dwe yon revelasyon espirityèl ke Bondye bay endividi a, ke Jezikri Pitit Gason Bondye, ap rele. Se vre. San sa, frè, ou se sèlman yon imitatè, ou se sèlman yon pretandan.

PEN KOTIDYEN
Tout moun ki moun Bondye, yo koute pawòl Bondye.
Jan 8:47

12/09/25

Bondye Nan Pèp Li A 50-0227

Bondye pa desann sou denominasyon. Bondye pa desann sou aparèy mekanik. Bondye, Sentespri a desann sou lòm. Lòm se ajan Bondye, bagay ki pi difisil Bondye te janm fè se te fè yon mòtèl kwè yon lòt mòtèl. Èske nou kwè sa?

Yo pa t ka kwè Moyiz, alò Bondye ba li de siy pou pwouve pèp la ke se Bondye ki te voye l pou delivre yo. Nou kwè sa? Ebyen, èske L pa menm nan yè, jodi a ak pou toutan ?

Èske nou kwè ke Anj lan ki te pale ak li an nan touf dife a se Anj Alyans lan ? Èske se te sa? Wi se te sa. Li se menm nan yè, jodi a ak pou toutan. Li la kounye a. L ap fè jodi a menm bagay Li te fè anvan an. Li toujou fè mirak ak siy. Li se yon Bondye mirak. Li toujou aji nan yon fason mirak avèk siy epi mèvèy. Li te pwomèt yo nan dènye jou sa yo. Epi n ap viv nan dènye jou yo. Nou gen dwa pou nou espere yo kounye a (Se vre.) pou rasanble pèp Li a.

PEN KOTIDYEN
Bèl bagay li fè yo pa piti! Mirak li fè yo se gwo zafè! Bondye ap gouvènen pou tout tan. Otorite l la la jouk sa kaba nèt.
Danyèl 4:3

11/09/25

LÈ JE YO TE LOUVRI YO TE REKONÈT LI 64-0312

Bondye pa bezwen okenn entèprèt. Mwen paka entèprete Pawòl Li, pèsòn paka entèprete Pawòl Li nonplis. Li se Pwòp entèprèt tèt Li. Lè L te di Li ka fè nenpòt bagay , Li fè l, epi sa regle tout bagay. Se tout. Li di L ka fè l, epi Li te fè l. Sa regle tout bagay. Li pa bezwen pèsòn pou di sa se sa, oswa sa se sa. Li fè l, Limenm. Entèpretasyon nou yo pa anyen pou Ekriti yo. Li pale, Limenm, e se konsa sa ye.

Nan kòmansman an, lè L te di, “ se pou gen limyè,” epi te gen limyè. Sa pa bezwen okenn entèpretasyon. “ yon vyèj pral ansent,” sa te fèt ! Mwen pral simaye Lespri M sou tout moun,” Li te fè l. Sa pa bezwen okenn entèpretasyon.

Sa L te di Li ka fè nan jou sa a, Li te fè l. Sa pa bezwen pou yo entèprete l; sa entèprete tèt li. Li se Pwòp entèprèt tèt Li.

PEN KOTIDYEN
Se Mwen menm Seyè a, ki pale. Lè a rive pou m fè sa m te di m ap fè a.
Ezekyèl 24:14

10/09/25

EDENN SATAN 65-0829

Si Èv te konvwate konesans, se te peche.

E lè nou konvwate konesans , nou vle yon doktora an filozofi, yon Diplòm Lisans an Literati, se yon peche pou fè sa. Sa se yon deklarasyon fò, men se Laverite. Pe enpòt jan sa fò, se toujou Laverite, wè. Pou konvwate konesans, konpreyansyon!

Pwoblèm lan, sè ke, jodi a nou pa eseye etabli Pawòl Bondye a nan kè moun yo. N ap eseye etabli tèt nou. Legliz yo ap eseye etabli doktrin legliz la, nan kè yon moun.

Yo te òdone nou pou etabli Pawòl Bondye a. Pòl te di, ‘‘Mwen pa t vin kote w avèk pawòl sedwizan lòm, pou ke fwa w ka repoze sou konesans lòm; men mwen te vin kote w nan pwisans, nan manifestasyon Sentespri a, pou ke fwa w ka repoze nan Bondye.’’ Men ou.

PEN KOTIDYEN
Se konnen nou pa konnen sa? Kijan fè yo pat janm di nou sa? Pèsonn pat fè nou konn sa depi lontan ? Nou pa janm chache konprann ki moun ki fè latè ?
Ezayi 40:21

09/09/25

Yon Vi Kache Nan Kris 55-1110A

Bon, nou pral pale sou Sen dè sen an, plas kote Bondye Limenm abite.

Alepòk, Li te abite nan tabènak Li a. Men jodi a Li abite nan ou kòm tabènak Li. Men nou dwe fè de plas sa a yon kote pou abite, se pa pavi eksteryè a, oswa premye plas sen an. Men nou dwe viv avèk Bondye nan Sen dè sen an, yon vi kache, konsakre, pou kont ou, trankil avèk Bondye.

Nou vin twò ekssite, kontrarye ak anpil bagay. Sa montre ke gen yon bagay ki manke. Legliz la te dwe a dè milyon de kilomèt de kote l li ye jodi a. Nou toujou nan laj adolesan, nou ajite, n ap batay epi nou nan diskisyon, alòske nou te dwe konsakre nou, kache nan Sen dè sen an avèk Bondye.

PEN KOTIDYEN
Menm jan moun ki rele nou an sen, nou menm tou se pou nou sen nan tout sa n ap fè.
1 Pyè 1:15

08/09/25

Manje Espirityèl Nan Bon Sezon An 65-0718E
Ou di: “Poukisa Mesaj la pa ale nan gwo tonton plas sa yo, nan gwo kwazad sa yo, tankou pami denominasyon yo?”
Se pa Manje pa yo. Se pa Manje, swadizan legliz la. Se Nouriti Lepouz la. Se Manje espirityèl pou sezon an. Li t ap fè yo malad nan vant yo. Li twò rich pou yo. Ou wè? Ou wè? Ou—ou—ou pa ka fè sa. Men, pou timoun yo, Se Pen, Se Lavi, Se Jezikri menm lan ayè, jodi a, ak pou tout tan.

PEN KOTIDYEN
Jezi di yo, “ Vin manje
Jan 21:12

07/09/25

Tankou Yon Èg K Ap Montre Pitit Li Vole 61-0122

Li te di, “ Tankou yon nonm k ap avanse… Wayòm Bondye a… li voye nas la nan lanmè a. Epi lè l retire l, li te gen tòti, krevèt, leza, ak tout lòt bagay yo.” Li pote yo bò lanmè a. Se djòb predikatè a. Nou pa konnen kiyès ki kiyès. Kèk nan yo se pwason; kèk nan yo se leza; kèk nan yo se sèpan; kèk nan yo se krevèt. Gade vye krevèt la lè l la a. Yon moun di, “ Glwa, Alelouya. Lwanj pou Seyè a.” Li di, “ Plonp, plonp, plonp, plonp, plonp, plonp. M pa ka kwè sa,” li retounen nan dlo a.

Vye sèpan an jis leve tèt li, li di, “ M panse m te nan yon legliz, men se sen k ap woule atè.” E men li ki ale. Kisa l te ye? Yon sèpan pou kòmanse, yon krevèt pou kòmanse. Vye areye a, plòkiti-plòk, tounen nan twou labou a ankò, tounen, avèk bout chòt li sou li, cheve l koupe. Ya, men… “ Tankou yon kochon ki retounen nan labou li a, epi yon chen nan vomi li, ” men li. Pa fache ; jis rete trankil.

PEN KOTIDYEN
Menm jan yon chen tounen vin manje sa li vonmi, se konsa moun san konprann yo ap toujou fè sa y ap fè a.
Pwovèb 26:11

06/09/25

Envestisman 63-0126

Danyèl te deside nan kè l pou l pat souye kò l avèk mond lan. Li ta pral kenbe tradisyon ke Bondye te bay, kòmandman Bondye yo.

Poukisa nou men fanm ak gason pa ka fè menm bagay la? Men Marilyn Monroe oswa yon lòt moun koupe cheve yo, epi aprè kèk madan predikatè te fè menm bagay la, ou panse ou gen dwa pou fè l tou. Pawòl Bondye a p ap padone ou pou sa.

E nou menm predikatè yo ki kite se madanm nou k ap dirije nou. Ala yon wont! Ala yon—ala yon—ala yon mo, pou ka yon nonm. “ Yon sèvitè Bondye ki pa ka kontwole pwòp kay li, kijan l pral kontwole kay Bondye?”

Ou di, “Ebyen frè Branham, se jis yon ti bagay piti,“ Ok.

Ann regle bagay piti yo, aprè nou pral regle bagay ki pi gwo yo. Ou wè ? Apresa n a pale de Sentespri a, epi— epi de bagay kijan pou n resevwa don Divin yo.

PEN KOTIDYEN
Se pou nou viv apa pou mwen. Piga nou fè bagay mwen di nou pa fè, paske se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
Levitik 20:7

05/09/25

Memoryal Bondye Yo Te Fè Prèv Yo 57-08 18

Mwen kwè ke youn nan jou sa yo lè gwo Legliz sa a…

Lè, lasyans di, “kijan l ka pèdi a ? Gravitasyon kenbe ou sou tè a.”

Kounye a m santi m relijye. Kite m di ou. [ Frè Branham frape chè a sis fwa—N.E.] Legliz sa a ki te fè prèv Li a pral egziste yon jou. [ Li frape chè a yon lòt fwa ankò epi li bat men l yon fwa] Petèt gen mwatye nan yo k ap dòmi nan pousyè latè. Mwen pa konnen ki kote yo ye, men Bondye gen tout materyèl Li yo teste. Yon jou L ap vini pou L pran devan: “Swiv Mwen!” Li pral travèse atmosfè yo epi stratosfè yo, epi sfè aprè sfè, Li prale nan Prezans Pwisan Bondye, avèk yon Legliz ki te fè prèv Li.

PEN KOTIDYEN
Ou mèt sonde kè m, ou mèt vin wè m nan mitan lannwit, ou mèt egzaminen m tout jan, ou p ap jwenn okenn move lide nan kè m. Pawòl ki nan bouch mwen, se li ki nan kè m.
Sòm 17:3

04/09/25

Konferans Avèk Bondye 59-1220m

Petèt ou se yon pechè, epi ou te fè anpil peche. Petèt ou tèlman fimen jouk ou pa ka fimen ankò, epi ou pa ka kite l. Petèt ou tèlman bwè tafya jouk ou pa ka bwè tafya ankò, epi ou pa ka kite l. Petèt ou rive yon kote ou tèlman chaje ak peche epi konvwatiz, jouk ou oblije gade mal chak fanm ou wè. Bon, petèt ou ka menm pèvèti pwòp resous natirèl ou yo. Petèt ou rive yon kote ou bloke. Mwen pa konnen ki kote ou ye, Bondye toujou pare pou L vin jwenn ou, nan yon konferans, pou L pale avèk ou.

PEN KOTIDYEN
Seyè a di konsa: -Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m ap lave nou. M ap fè nou vini blan kou koton. Nou te mèt tache wouj fonse, m ap blanchi nou, m ap fè nou blan kou lenn mouton.
Ezayi 1:18

03/09/25

Limen Limyè A 64-0125

E jodi a gen yon Pyebwa Lepouz; Li te kòmanse lòt bò a depi nan kòmansman an, lòt bò a nan Jou Pannkot la.

Koute, nou menm ki fè pati legliz! Legliz pat janm kòmanse nan Nise, Wòm. Li te kòmanse nan Jerizalèm, nan Jou Pannkot la, se la Legliz te kòmanse. Kisa yo te fè apresa? Yo te jis kontinye ap òganize; epi Bondye te kontinye ap koupe branch. Yo te ògznize Literyen yo; branch koupe. Wesley; branch koupe. Pannkotis; branch koupe. Jouk sa te vin…

Men Bondye pral gen yon Pyebwa Lepouz! Seyè di, “Tout sa ke jelèk yo manje epi azil yo manje, Mwen pral restore yo,” Malachi 4 di nou ke nou va retounen ak Lafwa orijinal la menm jan l te ye nan jou Pannkot la, “ Lafwa papa yo.” Nou kwè ke sa ap vini. Mwen kwè ke se moman an kounye a. Branch yo fennen epi yo sèch

PEN KOTIDYEN
Nou konn ki sans pou nou bay bagay k ap pase nan syèl la. Poukisa, atò, nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k ap pase sou latè koulye a?
Matye 16:3

02/09/25

KISA OU TANDE ELI 59-0412E

Se pa toujou bagay ki fè bri yo ki se bon bagay. Se pa bagay ki fè bri yo. Yon wagon ka soti nan jaden an; lè l dechaje l ap frape tèt li epi l ap tranble, epi fè anpil bri, li ka retounen sou menm chòk yo chaje ak bon bagay epi Li p ap menm fè yon ti krik. Poukisa ? Li chaje. Sa legliz bezwen aswè a se pou l chaje, se pou l plen ak lanmou Bondye.

Solèy la ka rale yon milyon galon dlo avèk mwens bri pase nou ka ponpe yon gode ki plen ak yon ponp. Se vre. Syèl la ka bay lawouze sou tout tè a avèk mwens bri pase nou kapab wouze gazon ki devan lakay nou an. Sètènman. Èske nou te janm tande planèt yo ap vire? Bon bagay se bagay ki pa fè bri.

Obsèvè Sentespri a lè L vini aswè a, kijan Li fè tout bagay an silans. Men n ap chache sansasyon, n ap kouri dèyè ti bagay, n ap echwe pou n tande Vwa sa a.
PEN KOTIDYEN
Seyè a kanpe nan kay sen Li an. Se pou tout moun fè Silans.
Kabakik 2:20

01/09/25

PAWÒL BONDYE SE SEMANS ORIJINAL LA 62-0318

Billy Graham ka preche tout kote. Oral Roberts, òm de Dye sa yo, ka preche tout kote. Seyè a ka voye m plante Semans kèk lòt kote, nan kèk chan. Men M kwè ke Semans lan fin simen nèt nan tout nasyon nou an. Mwen kwè ke li pare pou rekòt la kounye a.

Lè Lespri a devèse, epi gen yon mouvman ki parèt nan mitan pèp yo, sa yo ki nan denominasyon pral fè ansanm yon chanjman rapid jis osi sèten ke m kanpe dèyè chè a, epi Legliz Bondye a pral deposede de tout bagay. E yo tèlman pral fè bri ak sa, jouk yo va fè l tounen yon lwa, epi bòykote nenpòt moun ki pa avèk yo.

Wòm va dirije mond lan pandan inè sèlman. Li va dirije l pandan yon ti moman. Se pa kominis. Wòmanis va dirije mond lan, an kolaborasyon avèk Pwotestantis, nan yon legliz ki gen fòm denominasyonèl ke Bondye rejte. Li tou osi pwòch ke m konnen Pawòl Bondye a.

PEN KOTIDYEN
Bèt la te egzije pou tout moun, piti kou gran, rich kou pòv, esklav kou lib, pou yo te resevwa yon mak sou men dwat yo osinon sou fwon yo.
Apokalips 13:16

31/08/25

Manyè Yon Vrè Pwofèt 62-0513m

O Lyon tribi Jida, leve epi gwonde! W ap gwonde nan dènye jou sa yo. Ou plise je ou yo, W ap gade anba a. W ap gade peche swadizan nasyon Kretyèn sa a epi mond lan. W ap gade peche nasyon sa a, ki te rachte ak San presye a. W ap gade kijan denominasyon yo ap pase Pawòl Ou anba pye. W ap gade fo pwofèt yo k ap bay manti. Yo nye Verite Bondye a.

Gwonde, O Lyon Jida! Kite pwofèt Ou yo rele. “Lè Bondye pale, ki moun ki ka enpoze pwofèt yo bay mesaj la ?” Se Pawòl Bondye ki soti nan Bib la, ki al bouje nan pwofèt la. Kijan pou l rete anpè a? Si l ta fè l, li t ap eklate an myèt moso. O Bondye, kite pwofèt Ou a gwonde, Seyè. Gwonde Mesaj Ou a, Bondye, ke tout kreyati ki nan Wayòm Ou an fè atansyon.

Se pou yo fon kanpe. Se pou fanm yo fon kanpe epi egzamine tèt yo. Se pou mesye yo fon kanpe epi egzamine tèt yo. Se pou tout predikatè k ap koute bann sa a, fon kanpe epi egzamine tèt yo, paske Lyon tribi Jida a gwonde. Epi vrè Pawòl la te vin jwenn pwofèt la, pale rele, “ Repanti epi tounen anvan li twò ta.”

PEN KOTIDYEN
Lè lyon gwonde, ki moun ki p ap gen kè kase? Lè Seyè a pale, ki moun ki ka enpoze pwofèt yo bay mesaj la?”
Amòs 3:8

30/08/25

Pisans Pou Transfòme 65-1031m

Ou ka travèse liy sa a. Menm jan ak timoun Izrayèl yo te fè nan vwayaj yo a, lè yo t ap travèse dezè a, Izrayèl te fè menm bagay la. Aprè yo te fin tande mesaj Moyiz la epi wè l k ap konfime; yo te koute yon fo pwofèt ki te di, “ O, kounye a gade, timoun yo, nou tout se menm. Nou ka marye youn ak lòt, epi nou ka fè sa.” Men Moyiz te di yo yon bagay diferan, epi te wè Bondye k ap konfime l. Paske, Balaam te sanble yon nonm ki pi enstwi ke Moyiz ou wè. Li te sòti nan yon gran nasyon kote ki te gen gwo moun, e yo tout te òganize yo ansanm, peyi Mowab, avèk gwo lame, epi gwo bagay ke moun nan epòk te ka pè. Epi men yon pwofèt ki parèt, yon pwofèt, yon wen, yon fo wen, ou wè, li parèt devan yon wen ( gade kijan yo pre) epi li te anseye moun yo, e anpil nan yo te mache dèyè bagay sa . Pa janm bliye sa. Ou wè, yo te mache dèyè bagay ki pat Pawòl la, ki pat Pawòl konfime epi pwouve a!

Pa kite pèsòn antre isi a pou di nou yon bagay diferan. Gade sa Bondye konfime epi pwouve.

PEN KOTIDYEN

Pa twonpe tèt nou. Moun pa ka pase Bondye nan betiz. Sa yon moun simen, se sa li va rekòlte.
Galat 6:7

29/08/25

Jou Sa Sou A Kalvè A 60-0925

Pri a te peye, epi esklavaj Satan an te kraze. Bondye te remete nan men lòm, yon mwayen pou retounen ak sa li t ap chache a. Li pa t gen pou l kriye ankò. Frap la, lè Li te kraze zo do Satan, la a sou Kalvè a, zo do peche, ak maladi! E sa te mennen chak èt mòtèl, sou latè, retounen nan Prezans Bondye, ak peche li padonnen. Alelouya! Peche nou yo padonnen. Satan pa ka mete nou nan fè nwa lwen Bondye ankò.

Gen yon gran wout ki te fèt. Gen yon telefòn ki plase la a. Gen yon liy vè Laglwa a, chak moun ka jwenn liy sa a. Si yon nonm ranpli ak peche, li konekte li nan santral la. Yo ka padone l pou peche sa a. Non sèlman sa, men yo te peye pou pri peche sa a. O! Ou pa gen pou w di: “Mwen pa diy.” Sèten, ou pa diy, ou pa t ap janm ka diy. Men gen Youn ki diy ki te pran plas ou. Ou lib. Ou pa bezwen moute desann ankò. Ou pa dwe yon nonm k ap chache plezi isiba sou latè.

Genyen yon sous tou plen ak San,

Se San Jezikri,

Pechè yo ki benyen ladann,

Soti san tach e pi.

Ou pa bezwen pèdi. Gen yon gran wout, epi yon Chimen, e li rele Chimen sentete a. Enpi a pa mache sou li. Paske, li soti nan fontèn lan, an premye, aprè li antre sou gran wout la.

PEN KOTIDYEN
Lè l rele m, m ap reponn li. Lè l nan tray, m ap la avèk li. M ap delivre l, m ap fè yo respekte l.”
Sòm 91:15

28/08/25

YON VI KACHE NAN KRIS 55-1110

Nou pè. Moun yo pè jodi a. Kisa nou pè a? Bon, menm lanmò limenm pè yon Kretyen. “ Lanmò, kote zegi w?”

Veritab preyokipasyon moun yo se laperèz. “ O, frè Branham, doktè a te di m pa ka vin byen.” Kisa nou pè a? Gen yon ekspyasyon ki te fét pou ou lòt bò a. Se vre. “ Bon frè Branham, mwen te fè anpil peche. Mwen te…” Kisa nou pè a? Gen yon ekspyasyon k ap tann ou. Gen yon Moun ki renmen ou. Pinga pè. Pawòl etènèl Jezi a , “ Pinga pè. Mwen se Sila ki te mouri, epi ki vivan ankò, epi ki vivan pou touttan. Pinga pè.” Se pou ou gen atmosfè sa a nan alantou ou. Se pou gen atmosfè a.

PEN KOTIDYEN
Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m pè?
Sòm 27:1

27/08/25

Pisans Bondye A 55-1006

Men si ou pa asepte Limyè, l ap devni tenèb pou ou. Ou pral kritike L, epi rele L sen k ap woule atè, pito ou mare yon wòl moulen nan kou ou, epi jete l nan fon lanmè. Blasfeme Sentespri a. Pa gen padon.

Li te di, “ Moun ki pwononse yon mo kont Fis Lòm nan ka padone. Men si ou pwononse kont Sentespri a, li p ap janm padone ou.”

Men, o, ou te konnen anpil bagay. Konsa ou te pase nan rizib moun ki te nan Lespri Bondye a, ki kwè nan gerizon Divin, ak rezireksyon Kris, epi pisans Bondye yo. Ou pase yo nan rizib, ou touse nen ou epi ou soti legliz la. Mwen vle ou wè sak rive lè ou kanpe devan Wa Ki te voye Mesaj sa a. Um- umm. O, ou jis panse ou konprann, men tann lè jou a rive. Sa se jou lòm. Jou Seyè a ap vini. Se vre.

PEN KOTIDYEN
Fè sèten pou limyè ki anndan ou lan pa fènwa.
Lik 11:35

26/08/25

Prèv Enfayib Rezireksyon An 57-0114

Kounye a, lè Bondye te pwomèt yon Semans wayal ki t ap gen pou manifeste kòm yon Sovè, se te zèv— lenmi Bondye a, dyab la, te eseye pou detwi Semans sa a nèt. Premye bagay la, lè pitit gason jis la te fèt, Abèl, epi enjis la te fèt, Kayen, premye sa l te fè, li te touye Abèl paske l te panse li te gen Semans jis sa a.

Paske li te la lè Bondye te pwononse jijman etènèl terès la sou moun yo, sou sèpan an, sou tè a, epi Li te pwomèt ke gen yon Semans ki t ap gen pou vini atravè yon fanm . Semans sa a t ap gen pou l kraze tèt sèpan an. Sèpan te goumen ak Semans sa atravè tout aj yo, e li toujou ap goumen avè L.

PEN KOTIDYEN
Yo tout pral leve dèyè ou. Men, yo p ap ka fè ou anyen.
Jeremi 1:19

25/08/25

Ranje Kò Ou Bò Kote Jezi 62-0601

Nou sonje kisa rèv sa a, ke m te jwenn entèpretasyon an, te ye? “ Retounen epi mete manje nan depo.” ki kote depo a te ye? Tabènak sa a. Ki kote nan peyi a ki gen yon bagay tankou sa a a, ki kote nan zòn nan, ki gen yon bagay ki ka konpare l ak Mesaj sa a ke nou genyen an?

Bon, se vre, ti frè nou yo ki isi a nan alantou a la, ti legliz sa yo la a, se nou yo ye. Nou se youn.

Ki kote ou prale, pou jwenn Sa a? Montre konparezon an nenpòt ki kote. Yo ale dwat nan kredo denominasyon yo. Yo ale lwen Non Seyè Jezi a. Yo ale lwen lòt bagay yo. Ou wè ? Men isi a se kote Manje a te mete nan depo.

Ebyen, yon Mesaj ke m preche nou tout isi a… Gade, mwen te preche nou soti inè pou rive sizè, sou yon Mesaj. Ebyen, si mwen dwe itilize youn nan mesaj sa yo, sa t ap pran m yon semèn pou m preche L, jis yon ti kal isi a, epi yon ti kal la a, ou wè, paske se nan depo isi a Li ye.

Li sou bann yo. Li prale tout kote nan mond lan, nan kay moun yo. Bann sa yo pral tonbe tou dwat nan men predestine Bondye yo. Li ka dirije Pawòl la, Li pral dirije tout bagay, sa ap swiv egzakteman kous li. Se rezon sa a ki fè L te voye m fè sa a : “ Mete manje a nan depo isi a.”

PEN KOTIDYEN
Konsa, pwovizyon sa yo va sèvi yon rezèv pou peyi a pandan sèt lanne grangou k ap vin tonbe apre sa sou peyi Lejip, pou grangou pa fini ak peyi a.
Jenèz 41:36

24/08/25

LAGE PRESYON AN 62-0622B

Panse ak sa, Bondye, nan jou Pannkot la, Kolòn Dife sa a ki te separe an Lang Dife sou tèt yo chak, Bondye separe Têt Li, divize Tèt Li, nan mitan pèp Li a. Nou devni Lavi Pa Bondye a Menm nan nou, lè sa a nou mouri ak bagay mond lan, epi nou resisite avèk Kris epi nou chita nan plas selès la, ap gade dèyè pou wè ki kote nou soti.

Sa ase pou n ka panse ak sa, epi lage presyon an, retire presyon an lè ou rekonèt pozisyon ke ou gen nan Kris Kounye a pandan w ap resevwa Sentespri a, Lavi Pa Bondye a Menm, mo Grèk la, Zoe, ki vle di, Lavi Pa Bondye a Menm, ki abite nan nou epi ou plis paka mouri menm ke Bondye ka mouri. Nou se Etènèl avèk Etènèl la, amèn, ap tann tan glorye sa a pou redanmsyon kò a.

Epi kounye a nou mouri deja, epi lavi nou kache nan Bondye atravè Kris epi sele pa Sentespri a. Dyab la deyò nèt.

PEN KOTIDYEN
Ann di Bondye mèsi, ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Seyè nou an.
1 Korentyen 15:57

23/08/25

Piga Pè 61-0224

Kounye a, si ou ta pwoche bò kote L, epi Li te gen kostim sa a Li te ban mwen an sou Li, epi Li ta di… ou ta di, “ Jezi, èske ou vle geri m?”

Ou konn kisa Li t ap reponn ou? “ Ebyen, pitit Mwen, Mwen te fè sa.” Li paka fè l ankò. Si yo te rachte ou nan mezondafè, kijan yo ka fè rachte ou yon dezyèm fwa? Li te retire ou, “ Se pou peche nou yo ke yo te mete san L deyò, e se ak tout kou Li te resevwa yo Li te geri ou.” Ou wè sa m vle di a? Gerizon ou te deja akonpli, sali ou te akonpli, sèl bagay ou dwe fè se jis resevwa l.

Ki diferans ki genyen ant moun ki enpoze ou lèmen an, e moun ki fè sesi sela a, oswa lòt bagay la? Kèlkeswa kote ou ye, jis kwè l, se tou, resevwa l. Se, Bondye ki dwe ba ou l.

PEN KOTIDYEN

Kris te pote peche nou yo nan kò li sou lakwa. Se poutèt sa nou fin viv pou peche epi nou ka mennen yon vi ki fè Bondye plezi. Paske blesi li yo geri nou. 1 Pyè 2:24

22/08/25

Twazyèm Egzòd La 63-0630M

Bondye te di Abraham anvan sa te rive, “Semans ou ap rete nan—nan peyi Lejip, pandan katsanzan, aprè sa m ap fè yo soti.” Sa se rezon kifè yo te wè l, paske yo te eli pou wè li. Yo te nan
eleksyon an. Izrayèl te eli pou wè siy Bondye a, e yo te soti kite Lejip kote ekwayan yo te peri.

E, jodi a, Bondye ap rele Eli yo, Semans espirityèl Abraham nan, pa lafwa ke li te gen nan Pawòl Bondye a. Ou pa wè Semans espirityèl la jodi a ? Li pa gade ak legliz entelektyèl la. Li gade ak Pawòl la. E yo te rele l pou l soti nan gwo denominasyon sa yo, pou l antre nan Prezans Jezikri.

PEN KOTIDYEN
… paske Mwen rachte ou, Mwen site non ou; ou pou Mwen.
Ezayi 43:1

21/08/25

LAFWA SE YON FÈ M ASIRANS 47-0412

Moyiz, veritab liberatè a, kite yon don ke Bondye te bay pèp la, yo pat konprann Li. Ou wè sa m vle di a? Yo pat konprann Moyiz. E Moyiz te panse, sètènman, ke yo te sipoze konprann ke li te don yo a pou delivre yo. Men yo pat konprann.

E Kounye a, zanmi m yo, piga pran m mal. Èske m ka di sa ak reverans nan kè m, paske m konnen mwen se yon moun ki mare ak Letènite ki pral kanpe devan jijman an yon jou.

Dèmilye de moun manke don yo a. Wè? Yo paka konprann li. E yo pral gade pou di, “ O, li se jis yon nonm.”

Se vre. Èske sete Bondye oswa Moyiz kite delivre pèp la? Sete Bondye nan Moyiz. Ou wè? Yo te kriye pou delivrans lan. Epi lè Bondye te voye liberatè a pou yo, yo pat wè l, paske se te atravè yon nonm. Men se pat yon nonm; se te Bondye nan yon nonm.

PEN KOTIDYEN
Yo fè nou konnen ke Bondye te voye sali a bay moun lòt nasyon yo, yo menm y ap tande li.
Akt 28:28

20/08/25

Jezi Glorifye 55-0225

Kayen ak Abèl, tou de nèg yo, te reyalize ke yo te mòtèl, yo t ap gen pou yo mouri, epi yo t ap gen pou yo boule tankou chandèl, epi yon jou yo t ap gen pou yo retounen nan pousyè e ak Kreyatè ki te kreye yo a. Yo te vle jwenn gras bò kot Bondye. Konsa yo toulède te vini pou adore.

Men yon ti pwen ke nou ka pale de li kounye a, pou nou ka konprann pi byen… Bon, m panse ke tout moun ta dwe fè pati yon legliz kèk kote. Se yon obligasyon li ye pou ou; ou dwe fè pati yon legliz. Men jis fè pati yon legliz pa ase. Ou wè? Mwen panse ke tout moun ta dwe adore, ta dwe adore Seyè Jezikri ak yon kè ki senp, yon kè ki pi, men sa jis pa ase.
Mwen panse ke tout moun ta dwe gen lafwa nan Bondye, yon lafwa ki predomine nan Bondye. Men se pa sa ankò. Ou wè? Si ale legliz, fè pati yon legliz, peye dim, adore Bondye, ak tout bagay sa yo ke nou fè jodi a ki rele relijyon, Bondye t ap enjis pou L kondane Kayen, ’paske li te fè tout bagay sa yo.

PEN KOTIDYEN
Se paske Abèl te gen konfyans nan Bondye kifè li te ofri bay Bondye yon ofrann bèt ki pi bon pase pa Kayen an. Paske li te gen konfyans, Bondye asepte l pou yon moun ki jis. Se konsa Bondye te asepte kado li te fè l la.
Ebre 11:4

19/08/25

Jou Sa A Sou Kalvè A 60-0925

Kounye a gade. Jezi di. Gade jan Li deklare l. “Zèv ke Mwen fè yo,” L ap fè yo kounye a menm. “Zèv yo ke M ap fè kounye a, geri malad yo, resisite mò, louvri je avèg yo, zèv sa yo nou va fè yo tou. Nou va fè yo si nou kwè nan Mwen. Nou va fè zèv sa yo. Epi nou va fè pi gran ke sa, paske Mwen prale kot Papa M.”

“Talè konsa, mond lan p ap wè M ankò, poutan nou va wè M. M ap avèk nou, menm nan nou, jouk nan fen mond lan. Mwen p ap kite nou san konsolasyon. Mwen va priye Papa a; Li va voye pou nou yon lòt Konsolatè, ki se Sentespri a, ke mond lan pa ka resevwa; poutan, nou ka resevwa Li.”

Kounye a remake. “Pi gran” zèv yo, se te pou gen Pwisans nan Legliz, non sèlman pou geri malad yo pa lapriyè, chase demon yo pa lapriyè, men pou bay Lavi Etènèl ak kwayan yo. Sentespri a t ap vini, epi yo te remèt Legliz la Sentespri a, pou bay Lavi. O! Se sa Kalvè a te vle di. Li te pran nonm ak fanm ki te ba , degrade, epi li te leve yo nan yon plas, pou yo vin pitit gason ak pitit fi Bondye, pou geri malad yo e pou bay Lavi Etènèl; pandan y ap bay Sentespri a ak kwayan obeyisan yo, nonm yo ki te enkwayan yon fwa, te vin kwayan, epi yo te bay Lavi espirityèl Etènèl.

PEN KOTIDYEN
Sa m ap di nou la a, se vre wi: Moun ki mete konfyans li nan mwen, li gen pou l fè tou sa m ap fè a. La menm rive fè pi gwo bagay toujou, paske mwen pral jwenn Papa a. Jan 14:12

17/08/25

Vwa Bondye Nan Dènye Jou Sa Yo 63-0120M

Si ou se jis yon kwayan tyèd, Vwa Bondye a ap kriye nan kè w maten an: “Ou se yon kwayan tyèd,” ou ta fè mye repanti!

Nou menm mesye yo, fanm yo, ti gason yo oswa ti fi yo, ki p ap viv pou Kris, men Vwa Bondye a ap pale avèk nou atravè Pawòl Li pou L di: “sispann fè sa,” ou ta fè mye sispann. Paske ou pral tande L ankò yon jou, e Li va kondane w. Ou pa ka renye L, L ap pale avèk ou kounye a. Epi, sonje, sa anrejistre.

E sila yo ki fè byen e ki tande Vwa Li, yo va resisite pou jistis la, pou Laglwa, pou Syèl la.

PEN KOTIDYEN
Moun ki gen zòrèy pou tande, tande
Matye 11:15

16/08/25

Mwen Te Tande Kounye A Mwen Wè 65-1127

Kounye a nou pral priye, pou maladi nou yo, m ap mande m si nou te fè yon bagay ke Bondye te egzije nou fè. Èske nou te swiv chak yota Lekriti a? Èske nou ba Li kè nou epi vi nou pou sévi Li? Pouki rezon nou vle geri? Se pou rezon sa ke ou paka gen ase lafwa, ou wè, petèt paske ou pa fè bagay sa pou Bondye ak yon kè sensè. Menm jan Ezekyas te fè a, bay Bondye rezon an, li te vle mete wayòm li—li an òd. Epi Bondye te revoye pwofèt Li a pou di l, ke li pral Geri. Ou wè? Men ou dwe korije bagay sa yo, anvan.

Kidonk, menm kote ou rive nan plas sa a epi ou konnen ke l te revele ak ou pa Pawòl Bondye a, pa revelasyon, pa Pawòl ke Bondye egzije ou fè, lè sa a ou gen lafwa, lafwa otantik la.

PEN KOTIDYEN
Pwoche bò kot Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou. Nou menm k ap fè peche, lave men nou. Netwaye kè nou, nou menm k ap woule de bò.
Jak 4:8

15/08/25

Mak Bèt La Ak So Bondye A 61-0217

Remake, “ Si yon nonm pa ne denouvo, li p ap ka antre nan Wayòm nan.” Se vre. Ou dwe vini. Kèlkeswa jan ou relijye, tout sa ou fè, sa pa gen anyen pou wè ak sa. Sa fè ou yon bon sitwayen, men li pa fè ou sitwayen Wayòm sa la a, petèt li fè ou sitwayen Wayòm sa isi a. Men Wayòm Bondye a nan ou; ou fèt nan Wayòm nan. Wayòm nan vini… Wayòm Bondye a se Sentespri a; ou fè pati Wayòm sa a. Se rezon sa a ki fè fanm yo pa koupe cheve yo, yo pa mete bout chòt. Se rezon sa a ki fè mesye yo pa fimen sigarèt ak lòt bagay konsa. Yo soti anwo, Lespri yo anseye yo sa ki dwat, sentete, yo pa—yo pa fè sèman; yo—yo pa itilize vye pawòl ak lòt bagay, poukisa? Yo pran nesans anwo. Yo diferan. Yo soti nan— yo se sitwayen ki soti anwo.

PEN KOTIDYEN
Men, yo p ap di: Men l bò isit, osinon: Men l bò laba. Paske, konnen sa byen, Wayòm Bondye a la nan mitan nou.” Lik 17:21

14/08/25

Akizasyon An 63-0707M

Ki jan yo te akize l? Paske kredo yo a pa t aksepte l, epi nan fon kè yo, yo konn diferans lan. Èske Nikodèm, nan 3èm chapit Sen Jan an, pa t byen eksprime l? “Mèt, nou menm,
farizyen yo,” predikatè yo, anseyan yo, “nou konnen W se yon anseyan ke Bondye voye, paske pesonn pa ka fè sa W fè si Bondye pa avèk li.” Ou wè? Yo te temwen l piblikman pa youn nan mesye ki gen renome yo, epi … akoz de kredo yo, yo te krisifye Kris la.

Epi jodi a pa gen yon lektè ki ka li Akt 2:38 menm jan m ka li L la , ak rès La, jis menm jan m ka li L la. Men akoz de kredo yo, epi akoz de kat
denominasyonèl ke yo gen nan pòch yo, mak bèt la ke y ap trennen toupatou kòm kat de manb; e lè yo pran bagay sa yo, yo krisifye Jezikri ankò, yo krisifye l devan piblik la, epi yo menm blasfeme Bondye ki te pwomèt pou fè Sa, pandan y ap mennen kondanasyon sou ras la.

PEN KOTIDYEN
Li te vini pou moun pa L yo, men moun pa L yo pat resevwa Li.
Jan 1:11

13/08/25

Enflyans 63-0112

Se pou n toujou koute. Se pou n konsyan de basès nou.

Ki moun ou ye? Plonje dwèt ou nan yon bokit dlo epi retire l, epi chache twou ou te mete dwèt ou ladann nan. Epi di, “ se te mwen.” Ou pa anyen. Yo p ap sonje ou non aprè, aprè ti tan ou fin ale a. Y ap gen yon kòtèj finèb la a, epi se tou. Men enflyans ou ap kontinye viv, ankò, e ankò.

Se poutèt sa jodi a, nan mitan enfidèl yo, yo pa t janm kapab eksplike epi rete lwen enflyans yon sèl Nonm, Jezikri, ki te Bondye nan lachè. Lè L te mete lavi L sou latè, sa te fè yon plas aspirasyon ki atire tout moun sou Li. Nan gwo toubiyon lavi Li a ki te sou latè yon fwa. Ou paka pwoche bò kote l san l pa atire ou sou li.

Men, ou ak mwen, nou pa anyen, nou pa anyen.

PEN KOTIDYEN
Bondye reziste ak moun ki ògeye, men li fè moun ki enb yo gras.
Jak 4:6

12/08/25

Jou Sa Sou Kalvè A 60-0925

Finalman, yon jou, ke se jou sa a sou Kalvè a, te gen Youn ki te desann soti nan Laglwa. Youn, ki gen Non Jezikri, Pitit Bondye a, Ki te soti nan Laglwa, epi Kalvè a te fòme. Se te jou a ke pri a te peye, epi kesyon peche a te regle pou toujou. E li te louvri chimen ki mennen a bagay ke nou te grangou epi nou te swaf pou li a. Li te pote yon plas satisfaksyon. Pa gen okenn moun ki janm vizite Kalvè, epi ki wè l jan li te ye a, pou l toujou rete menm jan an. Tout bagay ke li te toujou dezire oswa anvi, konble, lè li rive nan plas sa a.
Se te yon jou tèlman enpòtan, e yon bagay tèlman enpòtan, li te sekwe lemonn. Li te sekwe lemonn, tankou li pa t janm sekwe anvan. Lè Jezi te mouri sou Kalvè epi Li te peye kesyon peche a, mond pechè a te gen yon fè nwa. Solèy la t al kouche nan mitan jounen an, li te gen yon depresyon nèvez. E wòch yo te sekwe, montay yo te fann, e kadav yo te pete kavo a pou yo soti.
PEN KOTIDYEN
Men Ti Mouton Bondye, Sila a k ap retire peche moun sou latè.
Jan 1:29

11/08/25

Yon Pwofondè K Ap Rale Yon Lòt Pwofondè Dèyè L 54-0624

Pwofondè k ap rale yon lòt pwofondè dèyè l : si yon pwofondè ap fè apèl, gen yon lòt pwofondè ki pou reponn. Nan yon lòt mo, anvan te genyen yon pyebwa ki pou grandi sou tè a, te dwe genyen yon tè pou pyebwa a ka grandi anvan. Bondye pat janm fè pyebwa a pou tè a, Li te fè tè a pou pyebwa a. Li te fè tè a epi Li te kòmande tè a pou pwodui pyebwa a. E tè a te fè apèl jouk pyebwa a parèt. Anvan pwason an te gen najwa sou do l, pat gen dlo pou l te naje ladann. Rezon li genyen yon najwa, se paske te gen dlo pou l te naje ladann pou l te ka itilize l. Tout sa nou genyen se pou yon bi, e se pou yon koz.

PEN KOTIDYEN
Yon Pwofondè k ap rale yon lòt pwofondè dèyè l lè gwo lapli ap tonbe. Tout kouran dlo ak tout vag lanmè yo pase sou mwen.
Sòm 42: 7

10/08/25

Gazam Nan, Sotrèl Lan, Jelèk Lan, Azil Lan 59-0823

Epi si Bondye infini, infini, epi Li paka chanje, Legliz Li a oblije rete menm jan L te ye nan kòmansman an. Èske nou admèt sa? Legliz Li a oblije toujou rete menm jan L te ye a.

Men lòm remanye L, yo mete pwòp entèpretasyon pa yo ladan L. Piga janm eseye entèprete Pawòl Bondye. Di egzakteman sa L di a. Kèlkeswa jan Li ye a, sèlman aliye ou avè L, se tou. Piga chanje Pawòl la. Bib la di, ke, “ Pèsòn pa gen dwa bay Ekriti yo sans yo vle.” Nou pa gen okenn dwa pou n di bagay sa yo; nou dwe jis li L epi jis di egzakteman jan Li di L la, epi kwè L menm jan an. Kèlkeswa jan Li parèt ridikil; kwè L, kanmenm.

PEN KOTIDYEN
Kit sa fè nou plezi, kit sa pa fè nou plezi, se pou nou koute sa Seyè a, Bondye nou an, va di nou. Konsa, tout bagay va mache byen pou nou, si nou koute l. Jeremi 42:6

09/08/25

LANMOU DIVEN E GRAS SOUVEREN An 56-0814

Mwen te mache… m abitye monte cheval anpil. Mwen te monte cheval pandan plizyè lane pou rasanble yo ak lòt bagay konsa; epi mwen pwomennen ak cheval ki sovaj yo, e yon jan kanmenm pandan kèk minit, li te poze tèt li sou zepòl mwen. Mwen te jis mete yon twal sou li, fè yon virewon ak li pandan yon ti moman avèk twal la sou li, aprè m te sele l, e premye bagay ou konnen, m t a pral flannen avèl. Wè ? Li— li renmen ou. E si ou renmen l tout bon vre, li konn sa.

Kounye a, koute, mwen vle di nou yon bagay. Èt imen an pi entèlijan ke zannimo yo, men ou paka di moun yo ke ou renmen yo… yo p ap kwè l, amwens ke veritab bagay la la a pou pwouve l. Kidonk ou di, “ O, frè, ou konnen nou te genyen yon gwo kominyon.” epi ou gen rankin nan fon kè ou? Li konnen diferans lan. Bondye konnen l. Vwazen ou lan konnen l. Ou dwe pwòp epi onèt, pou di, “ Seyè Bondye, kreye nan mwen yon kè ki pwòp pou renmen.”

PEN KOTIDYEN
Byenneme, se pou nou yonn renmen lòt paske renmen sòti nan Bondye. Moun ki gen renmen nan kè yo, se pitit Bondye yo ye. Yo konnen ki moun Bondye ye. 1 Jan 4:7

08/08/25

Mak Bèt La 54-0513

Men, nan chak legliz, nou gen yon doktrin.

Anpil fwa nan òganizasyon yo, nan denominasyon yo, yo gen yon kredo. E yo rete ak kredo sa a, “ Sa se kredo nou.” Kèlkeswa sa predikatè a panse, li dwe preche kredo a, paske li nan denominasyon an.

Men isi a, nou pa gen okenn kredo ke Kris, men kredo a; epi okenn lwa ke lanmou; okenn liv ke Bib la. Epi Kris se Chèf la; Bib la se liv nou; mond lan se legliz mwen. Kidonk mwen renmen— mwen jis renmen fason m santi m kondui pou preche, e fason mwen wè l.

PEN KOTIDYEN
Sa ki gen zòrèy pou tande, tande. Matye 11:15

07/08/25

Don Bondye Yo Toujou Jwenn Plas Yo 63-1222

Mari, manman Jezi, nan vil Nazarèt, vil ki te pi pòv nan peyi a, men se la Bondye te chwazi yon ti dam pou akouche pitit Gason Li an ; yon kouvez, yon matris ki te dwe… yon bebe te dwe soti ladann. Se moun sa a Li te pran pou te fè l. Bondye aji atravè èt imen pou rachte èt imen. Li ka pran ou, aji atravè ou pou rachte limanite, si w ap konsakre tout sa ou ye nèt ba Li.

Si ou se yon jèn fanm, konsakre moralite ou. Si ou se yon jèn gason, konsakre moralite ou, konsakre lespri ou, konsakre panse ou, konsakre kè ou, konsakre nanm ou, konsakre tout sa ou ye! Epi kite Kris aji atravè sa. Ala yon bagay glorye!

PEN KOTIDYEN
… byeneme, kontinye rete fidèl epi rete atache ak Senyè a.
Filipyen 4 :1

06/08/25

Jezikri Se Menm Nan Yè, Jodi A Ak Pou Toutan 52-0810e

…Nan jaden Dedèn nan te gen de pyebwa ; youn se te konesans epi lòt la se te lafwa. Youn se te lavi. Youn se te konesans lanmò, lòt la se te lavi pa lafwa. Toutotan yo t ap manje pa lafwa nan pyebwa sa a, tout bagay te kòrèk, yo t ap viv. Men lè yo te monte sou pyebwa sa a, li te mouri depi nan premye mòde l te pran an, li te separe l ak Bondye. Epi lòm kontinye ap mòde nan pyebwa sa a. E chak fwa li pran yon kout dan konesans, li detwi tèt li. Bondye pa detwi anyen. Se lòm k ap detwi tèt li atravè konesans.

Gade, lè li mòde tèt li ak kèk poud fizi, li touye kamarad l yo. Lè l mòde tèt li ak yon machin ki sou pyebwa a, li touye plis moun pase tout gè yo ansanm te touye. Èske se pa vre? Konesans, konesans, manje nan pyebwa sa a. Li jwenn yon bonb ki fèt ak idrojèn kounye a; m ap mande m kisa l pral fè avè l. Ou wè ?

Men pwoblèm ki genyen nan tout bagay sa yo, sè ke moun sa yo, tèlman konprann yon pakèt bagay, sou pyebwa konesans sa a, lè yo vin pa konprann anyen ankò, yo di, “ sa pa gen sans.”

Koute, nan Non Seyè a koute : lè ou pa ka konprann anyen ankò, se moman pou kwè.

PEN KOTIDYEN
Piga nou manje ladan l, piga nou manyen l menm. Sinon, n ap mouri.
Jenèz 3:3

05/08/25

Paradòks 64-0418B

Pa egzanp, e si mwen te gen jiridiksyon sou ou menm jan Bondye te genyen L sou tout bagay, epi m t a di, “ Ebyen m ap di nou ke, nenpòt moun ki gade limyè sa a pral mouri, menm jan ou pran pyebwa a? Premye bagay ou konnen, frè sa a ki chita la a t ap gade l. M t ap dezole pou li. Mwen— mwen pa vle l mouri. Konsa m t ap gen Terry la a, pou… sa pa t ap bon. Non. Bon, si m t ap gen pwòp pitit gason m pou fè l? Sa pa t ap bon. Gen yon sèl fason pou m ka jis, se pran plas li a.

Ebyen Bondye pat ka pran plas imen an, paske L se yon Lespri. Konsa Bondye kreye yon selil San, ki te pwòp pitit Gason Li an, Jezikri. Epi Bondye te antre epi Li te viv ladann, Li te Viv, Li te idantifye Tèt Li nan Kris. Se te Bondye, Emmanuel. Jezi te di, “ Mwen ak Papa M nou se Youn. Papa M abite nan Mwen.“ ou wè ? Bondye nan Kris, k ap rekonsilye L ak mond lan.” Jezi te kò a, tabènak la, Bondye te Lespri ki te viv nan Li.

PEN KOTIDYEN
Paske Bondye siyèlman renmen mond lan ke Li bay sèl pitit gason Li a pou ke nenpòt moun ki kwè nan Li pa peri, men pou l gen lavi etènèl.
Jan 3:16

04/08/25

Inite 62-0211

Men nou nan fen tan an, soti nan Lès ak Lwès, nan Nò ak Sid. Kisa n ap fè? Nou pare pou Anlèvman sa a. Nou pare pou… nou rete byen trankil pandan kèk minit jiskaske tout fib ranpli ak Sentespri a. Lè sa a L’ ap monte. O, lala! L ap rele pèp Li a pou vin ansanm avè L, nan vrè inite a avèk Li, paske se sèl Sentespri Li a.“ Pa yon sèl Lespri nou tout, chak moun apa te batize nan yon sèl Kò, angwoup Kò Jezikri a.“ Epi Jezikri ap viv avèk Lespri Li a nan kò nou ap sèvi Legliz la epi fè menm bagay Li te fè kòm yon—kòm yon siy, kòm yon ansèy pou mond lan, ke nou nan dènye jou yo, nou pare pou Anlèvman an. O, m renmen L, e ou menm, ou pa renmen L?

PEN KOTIDYEN
“anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve soti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje.”
1 Korentyen 15:52

03/08/25

Bondye Ki Ap Devwale A
64-0614M

Pawòl Li revele ak yon sèl moun. Li te toujou konsa, yon pwofèt te vini ak Pawòl Seyè a, nan chak aj, chak fwa, atravè Lekriti. Pawòl la vini ak yon sèl moun. Nan chak aj, se menm bagay la, menm nan aj legliz yo, depi premye a jouk rive nan dènye a. Lòt yo gen plas yo, se vre, remake,
men rete lwen Kolòn Dife sa. Ou wè? Ala yon leson nou aprann isi a la! Ou wè, tout moun vle yon Moyiz, e tout moun…

Nou sonje kisa Datan ak lòt yo te di la ba a? Yo te di: “Bon, Moyiz, tann isi a jis yon minit! Ou pran twòp sou kont ou, ou wè. Bon, gen lòt nonm isi a ke Bondye rele.”

Se vre. Yo, yo chak, t ap swiv byen youn lòt , toutotan yo t ap mache, men lè youn nan yo te eseye
elve tèt li epi pran pozisyon ke Bondye te bay Moyiz la, ki te predestine epi òdone pou travay
sa, li te eseye pran l, dife te desann epi te louvri tè a epi li te anglouti yo drèt ladann. Ou wè? Ou wè? Se pou nou fè atansyon. Ou wè? Se pou nou jis yon bon, yon Kretyen pye pou Bondye, ki kwè Pawòl la. Ou wè? Rete lwen Kolòn sa a. Ala yon leson!

PEN KOTIDYEN
Mwen pale avè l aklè, mwen pa ba li parabòl. Mwen fè l wè mwen. Ki jan nou fè penmèt nou pale Moyiz, sèvitè m lan, mal?
nonb 12:8

02/08/25

Demonoloji, Domèn Relijye 53-0609A
Nou konnen, gen—gen fo. Gen yon vrè ak yon fo nan tout bagay. Si mwen ban nou yon dola, e mwen di: “Èske se yon bon dola?” E nou tap gade li, li ta dwe sanble anpil ak yon vrè dola oswa nou pa tap kwè li. Èske se vre? Kifè li ta dwe vrèman yon bon imitasyon.
E si Jezi te di de espri yo nan dènye jou yo tap tèlman pre jouk li tap twonpe menm Eli yo si sa te posib, moun relijye yo. Kounye a sonje. Bon, pa gen anyen deyò la a nan vye fr-…fò-…frèt, fòmèl sa yo. Sou deyò yo jis gen yon fòm pyete, nou wè. Men de espri sa yo, vrè espri yo, tap tèlman pre jouk yo tap twonpe menm Eli yo, fason yo tap travay kot a kot nan dènye jou yo. Èske Jezi pat di sa? Li te di l.

PEN KOTIDYEN
Pa kite pèsòn moun twonpe ou ak pawòl san sans.
Efezyen 5:6

01/08/25

Timoun Izrayèl Yo 47-1123

Nou nan twazyèm epi dènye etap la. Epi sonje, aj Pannkotis la se yon aj ke yo rejte. M pa renmen di sa, paske m pa janm jwenn lafwa nan okenn legliz tankou legliz Pannkotis. Men li rejte, paske li se Lawodise dènye aj legliz la, yon aj tyèd. Kris pral krache l. Men Bondye anndan la ap rale moun Li yo, soti nan aj Pannkotis la.

Ou di, “ Ebyen, m ap chache yon gwo aj.” Mwen konnen, anpil nan nou… Genyen yon ansèyman, lekòl pwofèt yo. Epi yo di gen yon gran aj legliz k ap gen pou vini. Piga kwè sa. Bagay ki gen pou vini an se Kris pou Legliz Li a. Se vre. Pou… kidonk sonje, dènye aj legliz la se aj legliz Lawodise a, yon aj tyèd ke Bondye krache. Se verite. E ou konn sa.

PEN KOTIDYEN
Li te vini pou moun pa L yo, men moun pa L yo pa resevwa L.
Jan1:11

31/07/25

JÒB 55-0223

Gen yon chay byenvini pou ou aswè a. Lè Bondye, dezabiye L, kite palè divwa a, pou L pran fòm kò lachè ki chaje ak peche, imilye Tèt Li pou L desann, pou L vin paran mandyan ki pi pòv ki genyen nan mond lan aswè a, Li devni yon paran pou li, Jewova Li Menm, fè L paran pou yon mandyan. “ Rena yo gen tanyè, e zwazo yo gen nich, men Fis Lòm nan pa gen kote pou repoze tèt Li.” Li te fèt nan yon pak bèt, Li te vlope ak yon twal, alòske se te Prens Laglwa a, Solèy leve ki soti anwo a. Imilye Tèt Li, rabese L, desann nan nivo lòt yo, Li desann, pou L fè L Paran avèk yon pechè. Reflechi ak sa nou menm moun yo. Kijan ou ka rejte lanmou enkonparab sa a ?

Kisa sa te ye? Lè Bondye te devni yon pechè, Li te pran peche nou yo. Jezi te devni mwen menm, pou m te ka devni Li Menm. Ayo Bondye inosan an Ki pat konnen peche, te devni yon pechè, pou m te ka yon pitit gason Bondye adopte.

PEN KOTIDYEN
Pawòl la te nan mond lan. Se ak Pawòl la Bondye te fè tout sa ki nan mond lan. Men, moun ki nan mond lan pat rekonèt Li.
Jan 1:10

30/07/25

Bondye Ap Temwaye Don Li Yo 52-0713e

Lè ou pran pozisyon pou Jezikri, rete la epi mouri pou Li. Sa Bondye di se verite, epi piga pè sa… Satan pa gen anyen pou l fè nan sa. Pa diskite avè l; pa pale anpil avè l. jis I inyore l epi retire kò sou li. Si w ap diskite avè l, l ap kontinye diskite avè ou lajounen kou lannwit. Ou wè ? “bon,” l ap di, “ ou konnen ou pa geri.”

W ap reponn, “ Bon, kounye a, gade Satan, m vle di ou yon bagay.” pa di sa. Jis di, “ retire kò ou, m pa vle tande anyen nan sa w ap di a la.” epi avanse, pou di, “ Mèsi Seyè ” Epi kontinye. Ou wè ? Epi pa prete atansyon ak sa.

PEN KOTIDYEN
Mwen toujou mete Seyè a devan je m. Paske li toujou bò kote m’. Anyen pa ka brannen m. Som 16:8

29/07/25

POUKISA SE TE GADÒ MOUTON YO 64-1221

Kounye a, Ann jis fèmen je nou, Ann panse ak Jewova. Pèsòn pa diy, pèsòn paka fè l sèlman Li menm. Li te desann, epi Li te devni yon ti bebe. Li te vini, yon adolesan. Li te devni yon ebenis, yon ouvriye. Li te devni yon Ayo, Li te devni yon sakrifis. Li te resisite avèk triyonf, Jewova. E menm jan Moyiz te retire sou pwatrin li men l ki te sou kè l, se konsa tou Bondye te retire men L sou pwatrin Li ( sekrè Li) Pitit Gaston Li a ki te frape avèk maladi peche, maladi enkirab; epi L te remete L sou pwatrin nan ankò, pou L ka retire L epi pwolonje L pou ou ak mwen: “Jezikri se menm ayè, jodi a, ak pou touttan.”

Gade L kounye a

PEN KOTIDYEN
Paske Papa a Li menm, Li renmen nou. Li renmen nou paske nou renmen M, paske nou kwè Mwen soti nan Papa a. Mwen soti nan Papa a, Mwen vin sou latè. Kounye a m ap wete kòm sou latè a, Mwen pral jwenn Papa a. Jan 16:27-28

28/07/25

Temwen Yo 53-0405E

Nou konnen, m panse ke, jodi a, nou antere moun yo tou vivan.

Nou antere moun yo aprè yo fin mouri. Èske se pa vre ? Wi, mesye. Koute, frè, yon moun mouri p ap diskite ak ou non. Ou ka di l nenpòt bagay ou vle, di l gwo betiz, li p ap di yon mo. Poukisa? Li mouri.

Yon nonm ki mouri nan Kris, ou ka ofri l bwason, ou ka ba li sesi, sela, oswa lòt bagay, men li mouri. Li kache nan Kris, nan Bondye, sele pa Sentespri a. Amèn. Se tou. Kounye a, li paka fè bagay sa yo, paske li—li jis pa ka fè l. Li kont nati li. Li devni yon nouvèl kreyati.

Pran yon vye kochon epi lave l, bwose l, fè zong li ak pye li, mete fa nan bouch li, mete tout ba ou vle nan pye l; epi lage l, l ap retounen votre nan labou a. Netwayaj la pa itil anyen. Li toujou gen nati kochon an.

Epi aprè pran yon mouton, mete l nan yon twou labou, l ap rele jouk ou retire l. Poukisa? Li gen nati yon mouton.

Bon, sèl mwayen pou retire kochon an nan labou a se chanje nati li. Se vre.

Se sèl mwayen pou fè yon Kretyen. Kite nati li chanje, de yon pechè ak yon Sen. Ou wè ? E gen yon sèl remèd, se Sentespri a. Lè sa a ou se yon temwen. Amèn.

PEN KOTIDYEN
Donk, si yon moun fè yon sèl ak Kris la, li tounen yon lòt moun. Bagay lontan yo pase, kounye a tout bagay vini nouvo!
1 Korentyen 5:17

27/07/25

AYO AK KOLONB LAN 60-0805

Lè Bondye te fè lòm an premye, Li te fè l alafwa gason ak fanm an espri. Li te fè l Pòtrè ak Li, e Bondye se yon Lespri. Lè L te separe l, Li te mete lespri maskilen an nan lòm, epi lespri feminen an nan fanm nan. Si yon bagay kontrè ak sa, sè ke gen yon ti kras pèvèsyon la a. Egzakteman. Si ou wè yon fanm k ap eseye aji tankou yon gason, gen yon ti kras bagay ki pabon la a. Seli l yo te kwaze yon kote. Se vre. W ap wè yon nonm ki tèlman aji tankou fanm ke li p ap janm preche kont peche ak lòt bagay konsa, pou l pa blese santiman yon moun, gen yon kwazman yon kote la a tou, se pa sèlman nan nesans natirèl la, men tou nan nesans espirityèl la.

O, sa n bezwen jodi a se pou yon nonm rete yon nonm, yon fanm, rete yon dam. Bondye vle yo fason sa a: pou yo abiye diferan.

Ou di, “ W frape nou menm fanm yo fò.” M pral pale de gason yo kounye a. Nenpòt gason k ap kite madanm li fimen sigarèt, pote bout pantalon, epi aji konsa, pa menm gen yon ti kras gason nan li, se opinyon pa m.

PEN KOTIDYEN
Bondye kreye lòm. Li fe l pòtrè ak Li. Li kreye yo gason ak fi.
Jenèz 1:27

26/07/25

INI NAN INITE A 58-0128

Jezi pa t ap pèmèt disip Li yo preche Levanjil la toutotan yo pa te resevwa Sentespri a. Poutan, yo te gen onè pou mache ak Li, pandan twazan edmi. Malgre yo te dèzòm sen, ke Li te apwouve, men Li pa t ap kite yo ale preche pazavan yo te tann anwo a la epi retire tout diferans ki te nan yo, e se lè sa a Sentespri a te vini.

Sa mond lan bezwen jodi a se menm ranplisaj sa a. Lè depotwa vini, Li bezwen yon ranplisaj. Kisa ranplisaj sa a fè lè L antre ? Kote ou gen dout, li pwodui lafwa. Kote ou gen endiferans, li pwodui lanmou. Kote ou te gen rayisman, li pwodui kominyon.

Epi , lè Legliz Bondye vivan an va ini yon jou anba yon gwo Tèt, e se va Tèt Bondye a. Bondye, nan yon inite Kò Kris la, ap Gouvènè a, epi Wa a epi Seyè a, sou Legliz la nèt, anba kontwòl Li . Lè sa a yo va resevwa L anlè a.

PEN KOTIDYEN
Apre pawòl sa yo, Li soufle sou yo, Li di yo: Resevwa Sentespri.
Jan 20:22

25/07/25

Poukisa? 61-0125

Nou tout fèt nan peche. Nou pa t ka sove tèt nou. Nou pa t ka plis sove tèt nou, pase nou te ka pran bòt nou monte sou lalin. Nou pa t ka fè l. Nou te totalman san pwoteksyon. Se poutèt sa, Bondye pa t ap kondane ou sou baz paske ou se yon pechè. Li t ap kondane ou paske ou refize pran wout pou chape a. Kidonk se pa Bondye ; se ou menm. Ou kondane tèt ou. E lè ou kondane tèt ou, pèsòn p ap vin plenyen pou ou. Se tou. Nou se… ou— w ap plenyen, paske ou pa t aksepte mwayen Bondye te bay pou chape a.

Kounye a, lè Bondye trase wout Li, jis poze tèt ou kesyon pou—kijan L santi L lè Li trase yon wout pou nou, pou gerizon nou, pou sali nou, pou byenèt nou, pou lapè nou, ak tout bagay sa yo, epi nou jis ale lwen nou kite yo. Sa p ap fè L byen ditou.

PEN KOTIDYEN
Se gras Bondye fè nou ki fè nou sove, sèlman paske nou kwè. Se pa nou menm ki te sove tèt nou. Se yon kado Bondye te fè nou.
Efezyen 2:8

24/07/25

PAWÒL BONDYE PAKA FAYI 54-0406

Bondye, anvan fondasyon mond lan, te gade atravè kouran tan an pou wè tout bagay ki t ap gen pou egziste. Konsa, Li te ka rele epi eli sa yo ke Li te konnen ke L te ka mete anndan batiman an. Se vre. E si Sentespri a te rele ou epi ba ou yon chans pou antre nan Wayòm Bondye a, ou ta dwe ere pou sa. Amèn.

Si ou nan Wayòm Bondye a, epi ou se yon pati kò Kris la, remèsye Bondye pou sa. W ap viv lavi a. W ap fè bagay ki dwat la. Epi sonje, sa ka koule yon ti kras lè l ap desann, men kite l dijere yon moman. Si ou nan kò Kris la, Li p ap gen anyen k ap pèdi. Non, kò Li a pafè, yo pa bezwen retire anyan nan li. Amèn. Fiou. Se verite.

PEN KOTIDYEN
Lè Kris ki lavi nou an, va parèt, nou menm tou na parèt avèk Li nan laglwa.
Kolosyen 3:4

23/07/25

Koute Li 58-0209a

Nan relasyon biznis ou, pawòl ou se angajman ou; temwayaj ou dwe reyèl. Ke Bondye bay jou sa a, kote lòm ap sa yo ye, ap sa yo di yo ye a. Si mwen pat pou Kris aprèmidi a, mwen t ap kont Li. Mwen t ap mache toupatou ap kraze brize. Men mwen kwè L, e mwen—mwen pare pou… pou m bay menm lavi m pou Li, paske mwen kwè nan Li, se vre. E si Pawòl Li pa jis, alò Li pa jis . E si nou pa ka gen konfyans nan Pawòl Li, alò nou pa ka gen konfyans nan Li tou. Men mwen sitèlman kontan ke mwen… Nou ka akwoche nanm nou ak yon Pawòl ki nan Bib la, ki se verite ; paske tout Pawòl ki nan Bib la se verite. Bondye abite nan Pawòl Li.

PEN KOTIDYEN
Men, Seyè a gen bon kè tou: Jou malè, se li ki pwoteje pèp li. Li pran swen tout moun ki vin kache anba zèl li.
Nawoum 1:7

22/07/25

Reparasyon/Restorasyon Pyebwa Lepouz La 62-0422

Alò, nou wè, legliz Pwotestan ki pa aksepte Pawòl Bondye a se pitit fi legliz Women an li ye. Nan okenn moman, Bondye pa janm, òganize yon legliz. Legliz Katolik Women an te premye òganizasyon an. E yo tout ki òganize, se pitit fi li.

Yo mouri avè l. Bib la di ke, “L ap boule pitit li yo ak dife,” Konbyen moun ki konn sa? Se Bib la ki di l.
Ebyen, Bib la di ble a ak move zèb yo pral pouse ansanm jiska dènye jou a, apresa L ap gen pou L mare move zèb la (pa vre?), an premye, epi pou boule l. Epi ble a ap gen pou ale nan galata a. Pa vre? Move zèb yo ap mare ansanm nan òganizasyon, Konfederasyon Legliz yo, pou flanm dife atomik la. Se egzakteman sa. Men Legliz la ap pare pou L ale nan galata a, menm jan de e de fè kat, nan Anlèvman an, paske fanm ki lib la p ap erite avèk fanm esklav la.

PEN KOTIDYEN
Y a konnen se mwen menm ki Seyè a. Lè m’ te di yo mwen t ap voye tout malè sa yo sou yo, se pat pale mete la m t ap fè.”
Ezekyèl 6:10

21/07/25

Rezireksyon An 53-1205

Pa genyen yon bagay ki rele kredo apot yo. Si gen yon kredo apot nan Bib la , n ap jwenn li nan Akt kote Li di, “ Se pou nou repanti, epi batize nan Non Jezikri pou padon peche nou yo. N a resevwa don Sentespri a paske pwomès la se pou nou ak pitit pitit nou, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mèt nou an, va rele vin jwenn li.” Sa a plis sanble ak yon kredo apot, se pa, “ Mwen kwè nan Legliz Katolik Women. Mwen kwè nan kominyon sen yo.” Tout moun ki kwè nan kominyon sen se yon spirit. Se egzakteman sa. Sen yo mouri; yo nan Prezans Bondye. Pa gen okenn medyatè ant Bondye ak lòm ke sèlman Jezikri. Amèn. Se vre. O, kijan nou ka kite yo pran tèt nou. O la la, se yon wont…

Gade, mwen pa vle blame nou; se sou chè a li kòmanse. Sa pa etone m ke se kondanasyon peyi a, lè Satan monte sou chè a. Se verite wi. Lè ou pa preche Pawòl pi Bondye a, Pawòl Bondye pral pwodui egzakteman sa L di Li t ap fè a.

PEN KOTIDYEN
Y ap mache di yo konn Bondye. Men, sa y ap fè a demanti yo.
Tit 1:16

20/07/25

Al Di Disip Mwen Yo 53-0405S

Mari Magdalèn, te konnen pisans Li an. Li te konnen te gen yon bagay nan Li ki te diferan de lòt moun yo. Li te gen sèt demon ki te soti nan li.

Tout moun ki te libere de dyab la, pa pisans Jezikri a konnen a kiyès yo annafè. Pèsòn paka vini nan gran Prezans Divin Li an, pou l rete menm moun nan. Ou—ou chanje. Gen yon bagay ki rive ou. O, ou ka mete ou apa, ap fè psikoloji, ap imajine sesi, epi aksepte sa, yon sèten bagay, epi kèk teyori, oswa yon bagay konsa. Men nou pa kwè nan teyoloji. Nou kwè nan pisans rezireksyon Jezikri a. E lè ou antre nan Prezans Li, gen yon bagay ki rive nan lavi ou, ki chanje ou. Epi ou p ap janm menm Moun nan ankò, yon nonm ki te nan Prezans Kris la.

PEN KOTIDYEN
Nou te tankou mouton ki te pèdi bann yo. Men, kounye a, nou tounen vin jwenn Kris la ki gadò nou, k ap veye sou nanm nou.
1 Pyè 2:25

19/07/25

POUKISA ? 59-0813

Si gen peche nan lavi ou, retire l. Si gen kondanasyon, retire l. Si gen dout , retire l. Jiskaske ou ka wè pafètman ke se volonte Bondye, se plan Bondye, epi ou fè pati de sa, lè sa a, se pou di, “ Maladi, nan Non Jezikri, retire kò ou sou mwen.” Epi sonje, ou ka petèt pa santi ou byen pandan yon semèn. Men toutotan ou di pawòl sa a, gen yon bagay ki rive. Bondye dwe kenbe Pawòl Li. Maladi sa a sekwe kò l, epi l kòmanse ap dekole. Li prale si ou kwè l. Piga doute.

Tankou Pyè ki t ap mache sou dlo a, Li te di, “ Poukisa ou doute ? O, ou menm ki gen lafwa fèb.” Paske li te plonje, sa pat gen anyen pou l wè ak sa. Kris te òdone l, epi Pawòl Li te sifi. Se konsa nou ta dwe panse l tou.

PEN KOTIDYEN
Ann kenbe lafwa nou genyen an byen fèm…
Ebre 10:23

18/07/25

Legliz La Ak Kondisyon Li 56-0805

Nou konn, kote y al touye mouton, nou konn kiyès ki mennen mouton an nan blòk pou yo touye l la, se yon kabrit. Kabrit la pral kondwi mouton an jouk anwo nan dechay nan labatwa a, epi, apresa jis nan moman li mennen mouton an vin sou tèt dechay la, lè sa a li vòltije soti. Men, o, yo di, lè yo pral touye kabrit la, li pete yon deblozay. Ou wè?
E se fason sa a dyab la ap fè. L ap eseye kondwi pitit Bondye yo dwat nan mechanste a, men lè tan an vini pou l mouri, li pete yon deblozay. Se fason sa dyab la fè. E se fason sa pafwa, yon ti jenn fi ki parèt anpenpan oswa yon ti gason dejwe, ak yon pake sigarèt oswa yon boutèy wiski, ta vle mennen yon ti jenn fi, yon ayo yon moun, nan sa ki mal. “O, sa kòrèk. Pa gen anyen nan tout pawòl anlè sa yo sou legliz.” Men kite lanmò frape vye ti gason sa a yon fwa, w ap tande l k ap ranni, k ap rele fò nan tout peyi a. E sa se fason dyab la fè.
PEN KOTIDYEN
Mete sou nou tout zam Bondye yo pou nou ka kanpe fèm kont tout taktik Dyab la.
Efezyen 6:11

17/07/25

Manje Esprirityèl Nan Bon Sezon An 65-0718E

Nou wè ke lè yon nonm vini, se Bondye ki voye l, se Bondye ki òdone l, avèk veritab MEN SA SEYÈ A DI, mesaj la ak mesaje a fè youn e yo se menm bagay la. Paske yo voye l pou l reprezante MEN SA SEYÈ A DI, Mo pou Mo, kifè limenm ak mesaj li a se menm bagay la.

Yon nonm ki nan denominasyon ki anba pwoteksyon yon denominasyon, limenm ak legliz la se “youn.” Yon teyolojyen ki anba yon teyoloji, ke kèk denominasyon fabrike, limenm ak mesaj li a se youn; legliz teyoloji, anba yon teyolojyen. Se sa egzakteman.

Alò lè yon nonm vini ak MEN SA SEYÈ A DI, limenm ak Mesaj li a se youn. E lè Eli vini ak MEN SA SEYÈ A DI, limenm ak mesaj li a te vin youn. Jis menm jan ak Jezi, lè Li te vini, Li te Pawòl la, Sen Jan 1. Kifè Pawòl Bondye a ak mesaje pou aj la se te menm bagay la, tout tan.

PEN KOTIDYEN
Nan non Seyè m ap sèvi a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, men sa m ap di ou: Pandan lane k ap vini yo, p ap gen lawouze, p ap gen lapli si se pa mwen ki mande sa.
1 Wa 17:1

16/07/25

Doktè Moyiz 51-0114

Se menm bagay la ak Sentespri a. Ou di, “ depi plizyè lane m ap chache Sentespri a.” Mwen p ap blame nou, se swa yo mal anseye nou, oubyen gen yon pwoblèm, oswa nou pa konprann.

Bondye dwe kenbe Pawòl Li. Pyè te di nan jou Pannkot la, “ Se pou nou repanti epi se pou nou batize nan Non Jezi pou padon peche nou yo. Epi n a resevwa don Sentespri a.” Se Ekriti a, li klè tankou dlo kokoye.

Si ou repanti epi ou batize, lè sa a Bondye gen obligasyon, si lafwa ou dwat devan Bondye pou L ba ou Sentespri nan minit ke ou te obeyi ak Pawòl Li. Kwè l. Bondye ap konfime pou l ou.

Si se vre kè ou dwat devan Bondye, epi yo te aprann ou byen, epi ou kwè l, epi w ap mache ak asirans, ke gen yon bagay ki pral pase, ’ paske Bondye plis vle ba ou Sentespri a pase ou dispoze pou aksepte L.

PEN KOTIDYEN
Benediksyon pou moun ki lave rad yo, pou yo ka gen dwa manje fwi pyebwa ki bay lavi a, pou yo ka pase antre nan pòtay lavil la.
Revelasyon 22:14

15/07/25

Se Leve Solèy La 65-0418M

Si ta gen nenpòt seremoni sakre, li ta dwe soti lè jou saba a, ki te setyèm jou nan semèn nan, ki se samdi. Men, èske ou remake, nan fèt memoryal sa a, fòk yo te ajite l tout kote nan premye jou nan semèn nan?

“Jèb la, ki te premye nan grenn ou te plante a, Lè li leve, li mi, ou koupe jèb la epi pote l bay prèt la. Lè l pran l, li ajite l tout kote devan Seyè a, pou yo aksepte ou, sa vle di ou aksepte. Ou vini ak jèb ou a, epi yo ajite l tout kote devan Seyè a, nan…”

Se pa nan jou saba a, setyèm jou a; men nan premye jou a, ke nou rele dimanch, D-I-M-AN-CH.

PEN KOTIDYEN
Epi Li te di yo: “ Saba a te fèt pou lòm, se pa lòm ki te fèt pou saba a.”
Mak 2:27

14/07/25

ENFLYANS YON LÒT MOUN 63-1013

Lik 24:49 di, “ M pral voye ba nou sa Papa a te pwomèt la. Men rete nan vil Jerizalèm jouk pouvwa k ap soti anwo nan syèl la va desann sou nou.”

Pou konbyen tan? Inè, dezè, dizè, dijou, kat mwa, simwa? Sa pat fè okenn diferans. “ jiskaske.” Konbyen tan sa fè ? Jiskaske. Lè ou mande Bondye yon bagay, rete la, jiskaske. Amen. Fyou! M—m santi m byen. Rete jiskaske. Jiska kilè ? Jiskaske l rive. Reklame l. Kwè l. Kenbe l. Pase alaksyon. Bay temwayaj sou li. Glwa ! Wi. Temwaye. Piga pè. Pase alaksyon.

Yo te nan chanmòt la. Kisa k te pase? Yo t ap beni Bondye epi yo t ap ba Li lwanj. Poukisa ? Pwomès la. Yo te konnen l te dwe vini. Men nou. Pase alaksyon. Al bay Bondye lwanj jiskaske pwomès la akonpli. Ou genyen pwomès la.

PEN KOTIDYEN
… Rete tann sa Papa a te pwomèt la.
Akt 1:4

13/07/25

Depi Lè Sa A 61-0415B

Fòs ki pi pwisan nan mond lan se pa pale nan lòt lang, oswa entèpretasyon lang, oswa lè Bondye onore ou pou vin yon minis, oswa yon evanjelis, oswa yon pwofèt, zam ki pi pwisan ke m te janm jwenn nan viv m, se lanmou. Se… Lanmou fileyo, mo Grèk la soti nan mo amitye, tankou sa ou genyen pou madanm ou an. Gen yon diferans. L ap fè yon manman travèse yon flanm dife pou yon ti bebe, lavi li pa vle di anyen, sa se lanmou fileyo. Kisa lanmou Agapawo ap fè? Ou wè ? Lanmou diven an.

Nou dwe renmen, nou dwe gen lanmou diven youn pou lòt, lè sa a ou p ap wè erè frè ou la. Si l fè yon erè, ou p ap janm wè sa, w ap jis pase sou sa, epi w ap renmen l kanmenm. Ou wè ? Se sa. Renmen sa yo ki renmen ou, se pa sa pechè yo fè ? Men renmen sa yo ki pa renmen ou, se sa ki montre ke Lespri Bondye nan ou, ’ paske Li te renmen ou lè ou te lenmi Li, men Li te renmen ou. Kidonk Lespri sa ki nan ou a, pral fè ou renmen lenmi ou, menm jan ou renmen zanmi ou.

PEN KOTIDYEN
nan pratike lamou, se pou nou viv tankou youn se sèvitè lòt.
Galat 5 :13

12/07/25

Kiyès Sa a 50-0510E

Yon sèl revelasyon sou teren sakre sa, nan plas sa yon sèl fwa, lòm pa ka janm menm moun lan. Yon nonm, anvan l ta dwe rele tèt li Kretyen, anvan l ka idantifye tèt li, li ta dwe dabò fè eksperyans dèyè dezè a, kote l te rankontre Bondye, fas a fas.
Paske, jodi a, nou ka gen tout jan de repons. Nou ka wè Seyè a akonpli egzakteman sa L te di Li t ap fè, e teyolojyen entèlijan yo va eksplike Sa on lòt jan. Yo va di, “Se te pou yon lòt jou. Se te pou sesi. Oswa, Se pou yon lòt laj. Oswa, Se fo.” Tankou yo te di konsènan Jezi, “Li se Bèlzeboul, dyab la. Li se yon divinò.” Ak tout bagay sa yo, yo gen yon repons.
Men lè yon nonm te janm vin an kontak avèk Kris, pou wè L tankou Pòl te fè a, oswa fè eksperyans Li, pa gen ase teyolojyen nan mond lan k ap janm kapab avèk eksplikasyon mennem nonm sa a renye eksperyans sa.
Se pou rezon sa, jodi a, yo pa gen eksperyans lan. Se pou rezon sa yo pa ka di…yo tout ap di, “Kiyès Sa a? Kisa Sa a ye? Ki kote Sa soti?” Yo pa gen repons lan. Poukisa? Paske, tout sa yo konnen se yon teyoloji ke kèk legliz te fabrike. Se pa “konnen teyoloji” ki Lavi. Se pa “konnen Bib la” ki Lavi.
Men “konnen Li” se Lavi. “Pou konnen L” kòm Sovè pèsonèl ou, kòm Sila Ki ranpli w ak Prezans Li. Nou te la lè sa te rive. Pa gen pèsonn ki ka retire L nan ou. Pa gen okenn moun ki ka trafike L ba ou. Lè eksperyans sa rive w, ou konn Kimoun Li ye. Pou mwen, Li se Jezikri menm lan ayè, jodi a, ak pou tout tan.

PEN KOTIDYEN
Paske panse chanèl se lanmò. Panse esprirityèl se lavi ak lapè.
Women 8:6

11/07/25

ENFLYANS 64-0315

Pandan ke lè yo ap kouri. Menm kote a ou pral di, “ Ebyen, mwen—mwen panse ke sa te sipoze rive anvan Anlèvman an.”

Petèt yon Vwa ka parèt dèyè ou menm jan l te fè l yon fwa, pou di, “ Li deja rive men ou pat konn sa.”

Ou pral mare ou ak yon legliz kèk kote, pandan w ap di, “ Mwen byen ansekirite,” epi, menm kote a, Anlèvman gentan fèt lontan. Sa pral yon sekrè, yon deplasman sibit, pèsòn p ap konnen anyen. Mond lan ap jis kontinye avanse.

Menm jan Noye te antre nan lach la. Sonje, aprè ke Noye te antre nan lach la, li te rete la pandan sèt jou aprè ke Bondye te fèmen pòt la. Bondye te fèmen pòt la, epi Noye te rete anndan lach la pandan sèt jou avan ke nenpòt bagay te rive.

Pòt mizerikòd la pral fèmen nan figi nou, petèt ke sa fèt deja.

PEN KOTIDYEN
…Tanpri, mennen m al chache pwoteksyon sou wòch kote mwen pa ka rive a. Sòm 61:2

10/07/25

Divinite Jezikri a 49-1225

Epi mwen vle nou remake yon lòt bagay ankò, yonn nan bagay ki akonpli yo, moun fòmèl sa yo, ak legliz fòmèl sa yo, ap leve kont Mouvman an. Bib la di, “ yo gen yon fòm pyete, men yon nye pisans lan; retire nou bò kote moun sa yo. Epi y ap pran pozisyon yo.

Kominis ap pran pozisyon l.

Glwa a Dye, Sentespri a ap pran pozisyon L. Wi. “ Lè lenmi an vin tankou yon dlo k ap desann, lè sa a M ap leve yon banyè kont li. Se vre. Epi Legliz la ap pran pozisyon L, mwen vle di Legliz Sentespri a.

Kounye a se tout sa ki enterese m, zanmi m yo, e se pou sa mwen isi a. Lòt bò m a priye pou malad yo, men isi a mwen enterese ak yon sèl bagay, kise Legliz ne-denouvo Bondye a. Antouka, se sa ki enterese m. Mwen pa enterese ak règleman yo, ak Dyak yo, ak lòt bagay konsa, oswa ak lòd Legliz yo. Mwen enterese ak batèm Sentespri a sou Legliz la nan jou sa a n ap viv ladann lan. Se pati fondamantal la, epi se sa n ap chache.

PEN KOTIDYEN
Depi kote solèy la leve a jouk kote solèy la kouche a, tout moun va pè Seyè a, y a respekte pouvwa li. Lè lenmi an vin tankou lavalas k ap desann nan fon ravin, tankou gwo van tanpèt. Lespri Bondye ap leve yon banyè kont li. Ezayi 59:19

09/07/25

Dlo Ki Toujou La A Ki Soti Nan Wòch La. 61-0823

Plizyè fwa, nou wè, moun yo panse ke yon don pwofesi, se Bondye ki jis di, “ M pran ou isi a, epi M ap mete ou chita anba la a. Epi w ap jis ale dwat bò isi a.” Li pa di nou tout bagay sa yo. Si L te di l, ki lafwa ki konn bay viktwa nou t ap genyen ? Ou wè ? Ou wè, Li plis kite ou pou degaje ou poukont ou pase lòt moun yo. Ou wè ? Nou tout ka vin kote m epi mande kèk bagay, epi Li pa janm fayi men Li ba ou repons lan. Se vre. Ya. Men mwen ka mande l yon bagay pou tèt mwen, e anpil fwa Li kite m poukont mwen, wè, jis kite m avanse pou m antre ladann l.

Mwen gen bagay kounye a ke m dwe rezoud pou tèt mwen, e gen desizyon mwen dwe pran. E sa sitèlman vital pou mwen, jouk mwen paka egzakteman fè l jiskaske mwen sèten ke se Li ki pale avè m. E mwen— mwen… Li p ap vle ban m yon vizyon. Li jis kite m poukont mwen. Konsa mwen jis chita tankou yon òfelen, tankou, maten an la a, mwen— mwen pa konnen ki wout pou m pran. Kidonk, mwen remèt li bay Seyè a.

PEN KOTIDYEN
Mwen mete tout espwa m nan Seyè a, nanm mwen gen espwa, e se nan pawòl Li espwa m ye. Sòm 130:5

08/07/25

SILA YO KI WENN NAN TAN LAFEN AN 65-0725

Men gade. Jezi te di, ke, nan tan lafen sa a, de espri yo ap gen pou yo vrèman pwòch youn ak lòt ankò. Èske se vre? [Asanble a di:“Amèn.”—Editè a.] Bon remake. Y ap pi pre pase jan sa
te ye anvan. Sa se tan lafen an. O, timoun mwen yo! Bondye gen pitye pou nou! “L ap gen pou L sitèlman reyèl jouk li te ka twonpe menm Eli yo si sa te posib.” Kounye a kijan nou pral…Kijan nou te rakonte l nan epòk sa yo? Kijan nou pral rakonte l jodi a? Menm fason an, rete ak Pawòl la: “Jezikri menm lan ayè, jodi a, ak pou tout tan.”

Kounye a pote atansyon a tout Mesaj sa a. E lè nou va koute bann lan, petèt m va pati yon jou lè Seyè va fini avè m isi a sou latè, nou va refere a sa. Koute vwa m, koute sa m ap di nou la. Si Li pran m anvan Li Vini, jis sonje, mwen pale avè nou nan Non Seyè a, pa Pawòl Seyè a. Wi.

PEN KOTIDYEN
Zèb la seche, flè a fennen: Men pawòl Bondye nou an la pou toutan.
Ezayi 40: 8

07/07/25

EVÈNMAN MODÈN YO VIN KLÈ AK PWOFESI 65-1206

Si moun nan tan Seyè Jezi te sèlman chèche Bondye epi si yo te konnen kisa ki ta pral rive, yo pa t ap kondane Jezi amò. Men rezon an sete , paske Ekriti yo te dwe akonpli, paske jwif yo te dwe avèg. Nou konsyan desa.

Èske nou reyalize ke sa te pwomèt ankò nan aj sa a menm ke n ap viv la? Aj Legliz Lawodise a, setyèm aj legliz sa a ke nou ladann kounye a, li toutouni, mizerab, avèg, epi yo pa konn sa. Menm jan alepòk Li te fè yo avèg nan objektif pou L te bay moun ki eli yo Measj Li a, Li te pwomèt pou L fè menm bagay la jodi a.

E si m ta di sa pa respè pou tout frè m ak sèm yo ki nan Kris: Youn nan jou sa yo yon moun pral di, “ Èske l pa ekri ke bagay sa yo te dwe rive anvan ?

E sa pral menm jan l te ye anvan, “ Se vre wi sa m ap di nou la, Li vini deja, epi yo te fè sa yo vle ak li.”

PEN KOTIDYEN
Egzamine sa ki ekri nan liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn Lavi ki pa janm fini an ladan li. Men se Liv sa a menm ki pale sou Mwen.
Jan 5:39

06/07/25

REZIREKSYON JEZI 56-0405

Bondye pa vle ou move. Bondye vle ou kontan. Kè imen te fèt pou l kontan. Enkyetid va lakòz kansè. Kòlè va lakòz kansè. Piga janm fache. Jis mache nan lanmou Li. Amèn. Paske ou konnen ke ou ap mache nan Li, epi anyen paka fè ou mal. Pa gen anyen ki ka fè ou mal. Pa gen okenn puisans, ni bagay ki la, ni bagay k ap vini, anyen paka separe nou de Li. Nou nan Li. E nou pat janm vini ak pwòp volonte nou. Li, pa chwa, te eli nou epi te pote nou ba Li. Amèn. Kidonk se djòb Li pou l pran swen sa Li te pran Li menm. “Pèsòn paka rache yo nan men Papa M, ’ paske Li pi gran pase yo tout.” Amèn. Se Papa a ki pran swen l. Ki moun ki gen plis pouvwa pase Bondye? Kidonk kijan de pouvwa ou gen sou ou pou pran swen ou? Tout pouvwa yo ki te kreye inivè a. Amèn.

PEN KOTIDYEN
Nou tout pèp yo, bat bravo ! Fè lwanj Seyè a. Rele Bondye ak kè kontan.
Sòm 47:1

05/07/25

ENVESTISMAN 63-0126

Kwayan yo pa dwe janm fè paryaj. “ O, ebyen, se yon bagay ki nòmal. M ap pran chans mwen sou li.” Pinga fè sa.

Gen yon modèl ki te bay, yon bagay ki sèten, e Li pa pou nenpòt gwoup moun. Se Pawòl Bondye a. Pinga fè paryaj sou Li. Bon, pinga pran chans.

Epi yon lòt bagay ke m remake kèkfwa, espasyalman nan mitan moun yo. Yon nonm ki gen yon ti lajan nan men l, epi aprè l al eseye envesti I nan yon jan de bagay ki pou fè l rich vit, yon biznis ki flou. W pral pèdi chemiz ki sou do w la, e w konn sa. Wè ? Pinga eseye sa. Yon bon bizismann ki sanse epi ki konn reflechi p ap fè sa. Se yon moun ki pagen experyans ki fè yon bagay konsa. Sa p ap janm gen pwofi.

PEN KOTIDYEN
Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann. Pwovèb 3 : 13

04/07/25

Al Di Disip Mwen Yo 53-0405S

Mwen te konn abitye pale isi a, de yon vye sous, ke m te konn abitye bwè ladann. Li te konn ap bouyi epi sote, epi sote epi sote, anba a nan Milltown. Mwen te konn abitye mande poukisa sous sa ap sote konsa, kidonk yon jou mwen te ale lòt bò a epi mwen te pale avè l. Imajine yon nonm k ap pale ak yon sous? Men mwen t ap pale ak Nati Ki te fè sous la. Mwen te mande, “Kisa ki fè ou si tèlman ap bouyi konsa, ou sitèlman ap sote konsa? Èske se paske— paske timoun yo konn vin bwè nan ou, oswa mwen konn vin bwè nan ou, oubyen yon lòt bagay ?”

Si sous la te ka reponn, li t ap di, “Non, Billy, se pa paske ou konn bwè nan mwen. Se pa paske yon moun konn bwè nan mwen. Se yon bagay ki anba m la a k ap fè m bouyi epi k ap sote, epi k ap kontinye konsa.”

Se menm bagay la, ak tout nonm oswa fanm ki pran nesans nan Lespri Bondye. Se pa ou menm. Se pa yon emosyon imen. Se paske rezireksyon an, oswa Pisans Bondye a, nan lavi imen sa a, epi li pouse l monte nan Lavi etènèl, antre nan Lavi Etènèl. Gen yon bagay ladann! Ou patap ka fèmen bouch ou si ou ta dwe fè l. Gen yon bagay ki nan ou.

PEN KOTIDYEN
Fanm lan di li: Mesye, ou pa gen veso pou tire dlo. Epitou, pi a fon anpil. Ki bò pou ou ta jwenn dlo ki bay lavi sa a?
Jan 4:11

03/07/25

MESAJ POU LEGLIZ LAWODISE A 58-0609

Souvan m panse ke, anpil fwa legliz la, pandan li relache la a, ap fè de seri de bagay, epi panse de seri de bagay, e—epi pran bagay yo jan yo ye a, alòske nou ta dwe peze sou sa n ap fè ak sou sa n ap di. Nou ta dwe reflechi sou li anvan nou pale de li.

Vye manman m ki soti nan sid te konn abitye di m, “ reflechi de fwa epi pale yon fwa.” se ti bagay yo, kèkfwa, nou pa fin fè, ki vle di yon pakèt bagay pou nou. Nou tèlman prese pou n vare sou bagay ki nan aj nevroze sa a ke n ap viv ladann lan, ke li t ap bon, kòm nou se legliz Bondye a aswè a, pou nou fè yon ti kanpe epi tann yon minit, pou wè ki kote nou ye.

PEN KOTIDYEN
Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n pa ta kwè.
Lik 21:34

02/07/25

Mesye Nou Vle Wè Jezi 61-1224

Ezayi te di Li Mèvèye. Ann reflechi sou kèk bagay ke L te di, ki fè L Mèvèye. Kisa ki fè L Mèvèye? Lè L te di sa, “ Mwen ak Papa M nou se you,” Mèvèye.

Di m ki Farizyen ki te ka di sa. Di m Ki sakrifikatè ki te ka di sa avèk èd Bondye. Wè?

Li te di, “ Si M pa fè zèv yo, bon, nou pa bezwen kwè anyen nan sa m ap di la a. Men M preche l, epi li montre ke se Bondye ki te voye M fè l.“

Li te di, e Li te di, “ Mwen ak Papa M nou se youn.” Se pa, Mwen ak Papa M nou se twa.“ Jezi te di. Bon, kredo yo di, Mwen ak Papa M nou se twa.” Men Bid la di, epi Jezi te di,“ Mwen ak Papa M nou se youn. Sa se Mèvèye.

PEN KOTIDYEN
Y a rele l: Bon konseye k ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k
ap bay kè poze a!
Ezayi 9:6

01/07/25

Sipoze 62-0117

Yon moun te di lòt jou, li te di, “ Frè Branham, moun yo gade ou tankou yon pwofèt. Poukisa ou pa anseye moun yo nan mond lan kijan pou yo genyen don espirityèl sa yo? Mete rad fanm yo ak zak nonm sa yo sou kote. Mete yo sou kote. Ou pa gen okenn enterè lè w ap di bagay sa yo. Anseye yo gwo bagay espirityèl, ki pwofon.”

Mwen te reponn, “ Kijan m ka anseye yo aljèb, alòske yo pa konnen ABC?” Kijan ou ka ba yo yon edikasyon sekondè; alòske yo pa menm nan matènèl? Yo pa menm gen desans pou netwaye tèt yo pou yo aji tankou Kretyen, pou yo abiye tankou Kretyen, epi viv tankou Kretyen, aprè n a pale de don espirityèl yo. Soti nan matènèl la. Yo sipoze ke yo tout korèk, men li pa kòrèk. Nou pat dwe fè l. Manman nou pat fè l, se te nan Pannkot plizyè lane desa. Men yo fè l.

E nou menm mesye yo, ki pozisyon nou, lè nou kite madanm nou ap fè sa a? Nou toujou nan matènèl. Ou wè ? Se vre. Nou sipoze li kòrèk, men li pa sa.

PEN KOTIDYEN
… Gen yon ki sen.
Tit 2:3

30/06/25

Chwazi Yon Epouz 65-0429E

Bon, ou dwe priye sou legliz kote w ap mache a. Pa bliye, legliz yo posede yon espri.
Bon, m pa vle ap kritike. Men mwen realize ke m fin granmoun, e m gen pou m al fè wout mwen la, youn nan jou sa yo. E mwen dwe reponn nan Jou Jijman an pou sa m di aswè a oswa nenpòt lòt lè a. E, konsa mwen, mwen dwe serye amò e konvenki tout bon.
Bon, ale nan yon legliz, e si w vle gade kouman legliz sa konpòte l, annik gade pastè a yon ti moman, e ou gen pou w jwenn anjeneral legliz la aji menm jan ak pastè a. Pafwa, m ap mande m si nou pa pran lespri nou youn lòt olye pou nou pran Sentespri a.
PEN KOTIDYEN
Menm jan Papa a konnen M, Mwen konnen Papa tou. M ap bay lavi Mwen pou mouton yo.
Jan 10:15

28/06/25

Eli Ak Ofrann Farin nan 60-0310

O, men li, se sa l te ye! Lè yo te antre nan fou toulimen an, yo te anba eprèv, yo te anba tès, men yo te rete fidèl jiska lafen. Men Bondye te la, pou L te delivre yo. Yo te konnen ke yo te priye, peche yo te konfese. Yo te konnen ke yo te fè tout egzijans Li te mande yo, men Li te sanble L rete ansilans. Li sèlman rete ansilans pou teste ou, pou L wè reyèlman kisa ou ye, kisa ki anndan ou, pou L wè si sa ou di ak bouch ou a se sa reyèlman ki soti nan kè ou. Annou ale pifon. Nou ka di yon bagay ak bouch nou, men èske se sa kè nou di ?

PEN KOTIDYEN
Mwen gen konfyans nan Bondye, mwen pa pè anyen. Kisa lèzòm ka fè mwen?”
Sòm 56:11

27/06/25

KOMINYON 62-0204

Bon, nou vle panse ak Jezi pou asosye l, ak sa L te ye. Kisa kò L ye? Kisa ki kò Kris la? Se tout kwayan yo ansanm ki asosye avè L nan Sentespri a. Se pa yon idòl, se pa yon moso pen, men yon Espri ki nan kè kwayan an, e yo asosye yo ansanm, sa se lè lòm ak Bondye ka pale youn ak lòt, pitit gason ak pitit fi Bondye. Lòm mòtèl atravè San vèse a te pote remisyon peche, e nonm ak fanm sa a, ti gason ak ti fi sa, ki gen fratènite avèk Kris, ap kominye avè L, se kò a.

PEN KOTIDYEN
Se konsa tou, nou anpil, men nou fè yon sèl kò ansanm ak Kris la. Nou tout fè yon sèl kò tou yonn ak lòt. Women 12:5

26/06/25

Lafwa Se Yon Fèm Asirans 48-0412

Nan jou sa a n ap viv ladann lan, se yon jou kote lapè ak repo vin instab tout kote. Moun yo kouri pale sa yo vle nan tout sans. Prèske tout moun kapab gen yon moun k ap swiv li. Kèlkeswa sa l ap anseye oswa sa l panse, l ap jwenn yon moun k ap koute l. Se de jou sa a pwofèt yo t ap pale a.

Lè moun yo grangou, yo manje tout kote. Si timoun yo ak granmoun yo ap mouri grangou; y al manje nan bwat fatra, Alòske lontan yo te konn manje sou yon bèl tab. Men Lè yo grangou, yo manje nenpòt kote. Kidonk m panse ke veritab minis Levanjil yo dwe an aksyon, yo dwe bay moun yo bagay ki bon an: manje nan bon sezon an.

PEN KOTIDYEN
Bay twoupo Bondye ki nan mitan nou an manje.
1 Pyè 5:2

25/06/25

PECHÈ KI PI MAL NAN VIL LA 56-0218E

Mwen swete m te ka kanpe kote l te kanpe a. Mwen swete m te ka kanpe nan plas sa a kote l te kanpe a. Nou konn kisa m t ap fè? O, m patap enterese nan anpil zafè legliz; m t ap bouche figi m pou m di, “Chè Seyè Jezi, Mèt Lavi a, ban m padon gras Ou,” Si m te gen opòtinite pou m kanpe devan L.

M kwè sa se santiman tout moun isi a aswè a. Nou t ap fè menm bagay la. Mwen… paske jodi a se jis menm jan l te ye nan tan pase yo. Nou tèlman anbarase nou ak anpil bagay ki nan legliz ke nou dwe fè, anpil bagay ke legliz la egzije nou, anpil kote pou n ale, jiskaske reyèlman, plizyè fwa nou echwe pou resevwa opòtinite a. Epi petèt, kèk sware nou dwe ale nan repetisyon pou sèvis chan an. Nou dwe fè lòt bagay. Kèkfwa, petèt, se nati relijyon an, men lè Sentespri ap pale ak kè ou, meyè bagay ou ka fè se pou toujou reponn,kèlkeswa sa l ye a, a nenpòt kilè nan nwit la, oswa kijan de okipasyon ou genyen, ’ paske Li ka pa janm pale ankò pou yon bon titan, e byen petèt jamè.

PEN KOTIDYEN
Rete la! Konnen se Mwen menm ki Bondye.
Sòm 46:10

24/06/25

Yon Vi Kache 55-1006

Se pa Henry Groat m ap gade la a. Bondye beni ou, frè Henry, sa fè lontan m pa wè ou frè. Mwen jis gade dèyè epi m wè Dad epi m rekonèt li.

Lè m te fè gwo depresyon m nan oswa lè m te kite teren an apeprè simwa anviwon, yo te reyèlman yon frè ak papa pou mwen. Yo te rete la avè m toutan. M p ap janm bliye jou frè Groat te vini, nou te ale nan jaden mayi a pou n priye. Mwen te sitèlman sou nè; paske mwen te rete nan vizyon an tèlman lontan ke m patka di si m te anndan oswa deyò. M p ap janm bliye frè Groat lè l te mete ajenou pou l priye avè m. Li pase bra li nan kou m, li di sèlman, “ Kounye a, Papa Bondye, eske Ou vle vin ede frè Branham? Papa Bondye, èske ou vle vin ede frè Branham ?” Sa toujou rete nan memwa m, frè Groat.

O, kisa sa va ye, frè Groat, m espere yon jou m a pase bra m nan kou ou epi chita bò pyebwa ki gen fèy vèt yo kote fontèn dlo Lavi ap koule sòti anba twon nan. Nou va nan prezans Papa Bondye nou an lè sa a pou toutan pou n ka viv nan Prezans Li.

PEN KOTIDYEN
“Paske, ti Mouton ki nan mitan fòtèy la va tankou yon gadò pou yo. La mennen yo bò sous dlo ki bay lavi a. Se Bondye menm ki va siye dlo nan je yo.”
Revelasyon 7:17

23/06/25

Nan Kadès Baneya 56-0527

Sentespri a se Lespri Seyè Jezikri a ki te desann sou Legliz la, pou kontinye zèv Seyè Jezi a, lè Li ale. Se pou L ka bay Limyè Levanjil la, nan yon ti limyè, ke sa te ye lè Kris te la.

Tankou lalin nan ak solèy la. Lalin nan parèt, pou bay yon limyè lè solèy la pa la, jouk li ka leve ankò, lè sa a lalin nan ale. Solèy la se yon limyè ki si tèlman klere, ke li disparèt limyè lalin nan. Men kisa limyè lalin nan ye? Se reflè solèy la sou lalin nan.

E se menm jan ak Kris. Lè L te isi a, Li te Limyè mond lan. Li te ale, epi Li retounen klere ankò sou Legliz Li a, pou l reflete Limyè Li a nan mond lan jodi a, pou n ka mache nan Limyè a jiskaske Li retounen. Lè sa a yo pral remèt Li tout bagay. Epi Li pral chita sou twòn Wa David la, pou L reye pou toutan.

PEN KOTIDYEN
M ap mande Papa a pou L ban nou yon lòt Konsolatè pou ankouraje nou, pou li ka toujou la avèk nou, se Sentespri k ap moutre nou verite a.”
Jan 14:16

20/06/25

Pawòl Pale a Se Semans Orijinal La 62-0318

Bondye te di Adan ak Èv, “ miltiplye epi plen tè a.” Se te yon bagay ki te gen pou vini. Yon promès. Li potko, madanm li, paske li potko janm viv avè l.

Lepouz Kris la poko madanm Li. Soupe Nòs la dwe fèt. Nou konpran ? Remake, o, sa a bon.

Èv te prese, epi kisa l te fè ? Li te kwaze semans li an. Li te melanje l ak semans sèpan an. Lè l te fè sa, li te pwodui yon—yon… Kisa l te pwodui? Li te pwodui yon pitit lanmò. Avèk pitit sa a, li te pèvèti tout pitit ki te vini aprè yo.

E lè legliz Jezikri a te pèvèti nan epòk Wòm, aprè nesans vijinal la, kote yo te bay Kris li nan Pannkot la, li… kisa l te fè ? Li te kwaze tèt li ak dògm Women an. Epi legliz pwotestan te fè menm bagay la. Li patka tann.

PEN KOTIDYEN
Bon konprann ak konesans vire tèt ou.
Ezayi 47:10

19/06/25

Gen Lafwa Nan Bondye 58-0510

Peche a an mach.

Ou paka di yo sa, paske dyab la pran kontwòl nasyon an. Li rive sou nou depi kèk lane desa. Dyab la ak anj li yo, t ap viv Paris. Yo te genyen premye gè mondyal la, Alman yo t ap anglouti nasyon sa a anba tè, nou te ale ede yo. E lè sa te fini, yo te rekòmanse ak diven, fanm, epi plezi.

Alò Satan voye modèl li yo isi a, li dezabiye medam nou yo, li pote disgras nan nasyon nou an, atravè modèl ak mòd yo. Li jis pran zam li epi l debake nan Hollywood.

Anpil nan nou pat dwe kite timoun nou yo ale nan ekspozisyon foto pou gade jan de bagay sa yo. Dyab la se yon moun entèlijan; li pote l dirèk nan televizyon, konsa w ap asire ou ke ou genyen l.

PEN KOTIDYEN
Pa panse oubyen pa aji menm jan ak moun ki nan lemonn. Men, kite Bondye transfòme w, kite l ba w yon entèlijans nouvo. Konsa, ou va an mezi pou w konprann volonte Bondye: Sa ki bon, sa ki fè l plezi, sa ki san fay.
Women 12:2

18/06/25

Kòmansman Ak Finisman Dispansasyon Moun Lòt Nasyon yo 55-0109E

Kisa l ye? Mwen te sòti deyò a pou m gade gwo zetwal maten sa, a lòt bò a ki kòmanse ap deplase. Kisa zetwal maten an vle di? Zetwal maten ap reflete sèlman Limyè siprèm solèy la k ap vini. Èske se vre ? Zetwal maten an, rezon ki fè l klere konsa a, ( ou konnen poukisa ?), paske solèy la pi pre l. Se yon presyon. Epi zetwal maten an salye solèy la ki rive

Ebyen, nou menm zetwal maten yo, li tan pou n al salye L k ap rive! Se pou n klere! Zetwal maten yo ! Leve bonè ! Yo d i, “ Pitit Gason an ap la talè konsa !”

Lè nou gade epi nou wè zetwal maten sa a k ap sentiye nan syèl la, sa vle di ke solèy la pral klere talè konsa.

E lè nou wè zetwal maten Bondye yo, leve epi klere nan glwa rezireksyon Jezikri, a se prèv ke Sila ki siprèm nan ap egzèse yon presyon. Limyè yo ap rasanble, men Zetwal maten an ap rele, “ kenbe fèm! Sa p ap pran tan pou bajou kase.” Kenbe fèm! Sa p ap pran tan pou bajou kase. Jis kenbe fèm.

PEN KOTIDYEN
Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm pral tande vwa Li,
Jan5:28

17/06/25

Anj Alyans Lan 54-0301

Kounye a, lè m antre nan yon gwo magazen, m renmen fè yon ti gade nan alantou mwen, epavre, sitou si se te pou mwen ? E si m wè yon bagay ki twò wo, m al pran yon echèl, epi m monte anlè, m gade l, m envestige l, pou m wè a kisa l sanble.

Se konsa l ye nan Kris Jezi. Pa yon sèl Lespri, nou tout te batize nan gwo magazen, Jezikri a, kote nou gen lapè, lajwa, bonè, tanperans, bonte, jantiyès, dousè, Sentespri, pisans Bondye yo, pale anlang, entèpretasyon lang, gerizon Divin, glwa, kri, sajès. Alelouya. Tout bagay sa yo se pou nou yo ye, yo pou tout kwayan : yo se pou ou.

“Mwen se Bondye, Ki padone tout inikite ou yo epi ki geri tout maladi ou yo.” Yo tout pou mwen. Si gerizon Divin nan sanble jis yon ti kras twò wo, li nan gwo magazen m nan, ’ paske li jis la a. E se gwo magazen nou an. Amèn.

Lè m anndan, m monte epi m pran l. Se pou mwen. Petèt fò m ta yon ti kras vize wo, pou m fè yon ti efò tout piti, men m pran l kanmenm. Se pou mwen l ye. Mwen detèmine pou m genyen l.

PEN KOTIDYEN
Mwen kapab fè tout bagay pa Sila ki ban m fòs la.
Filipyen 4:13

16/06/25

Fèt Twonpèt Yo 64-0719M

Dènye siy ke Abraham… E nou se Semans wayal Abraram nan; Epouz la. Dènye siy ke Abraham te wè, anvan ke siy pwomès la te vini… anvan ke pitit gason yo te pwomèt la te vini, kisa l te ye?
Bondye, sou fòm on èt imen, ki te ka disène panse moun yo; yon sèl moun, pa yon douzèn, yon sèl moun, pe enpòt konbyen imitasyon ki te genyen. Yo te gen Yon sèl, e Li te disène panse ki te anndan yo. Kisa? pwochen bagay ki te rive apre a, Abraham ak Sara retounen on jenn òm ak on jenn dam.

PEN KOTIDYEN
Seyè a di, èske M ka kache ak Abraham sa M pral fè a.
Jenèz 18:17

15/06/25

Èske Ou Kwè Sa? 50-0115

Kounye a, mwen vle nou gade diferans lan ant Mari ak Zakari. Zakari, minis sa a, minis Levanjil, oswa yon predikatè, kòm se sa l te te ye nan epòk sa a, yon prèt nan tanp lan, li te konnen tout kalite bagay ki te rive oparavan et ki t ap temwaye pisans mirak Bondye yo, men nan ka li a li te doute de Anj lan, lè Mari te di, “ Men mwen, se sèvant Seyè a mwen ye.” Mari pat poze kesyon kisa ki ka oswa yon lòt bagay.

Epi gade kijan Mari te dwe kwè plis pase sa Zakari te de kwè. An te deja gen yon bebe alòske li te depase laj pou l te fè pitit. Sara te gen yon bebe avan, aprè l te depase laj pou l fè pitit. E sa te deja rive plizyè fwa. Men Mari te dwe kwè yon bagay ki pat janm rive anvan. Okenn fanm pat janm ansent yon timoun konsa nan mond lan san l pat konnen yon gason.

Men li te gen pou l te kwè plis pase sa Zakari te dwe kwè. Kidonk, li pat poze kesyon ; li jis te pran Bondye sou Pawòl Li. Amèn. M renmen sa. Pran Bondye sou Pawòl Li. Kwè L kan menm. Kèlkeswa jan l parèt enposib, kwè Bondye, Li pral akonpli li.

PEN KOTIDYEN
Nonm lan di: Seyè, mwen kwè. Epi li tonbe ajenou devan Jezi.
Jan 9:38

14/06/25

Yon Men L Ap Ekri Sou Miray La 58-0309

Si nasyon sa a chape anba jijman an, Bondye ap oblije resisite Sodòm ak Gomò, pou mande yo padon paske L te boule yo epi L te koule yo nan fon lanmè, paske nou mechan menm jan Sodòm ak Gomò te ye. Men si L te koule Sodòm ak Gomò anba lanme, epi L te boule yo, akòz peche yo, epi pou L pa aji menm jan avèk nou, lè sa a Li t ap enjjs epi Li t ap dwe yo yon ekskiz.

Bondye pagen pou L mande pèsòn, oswa nenpòt bagay la padon. Peche a va jije. Epi li va pini, toutotan ke gen yon Bondye Ki ka fè jijman. Epi jijman Bondye yo sen. Bondye sen.

PEN KOTIDYEN
Mèt ki gen tout pouvwa, tou sa ou fè, se bèl bagay! Ou menm ki wa tout nasyon, plan travay ou yo dwat, se verite yo ye.
Revelasyon 15:3

13/06/25

Bondye Te Pale Ak Moyiz 53-0831

Piti piti, jis menm jan n ap debarase nou de bann moun Amoreyen yo, M ap kite nou antre pou pran kontwòl. Si nou debarase nou de bann moun Hevyen sa yo, M ap kite nou antre, pran kontwòl.”

Yon moun te di, “Ebyen, mwen gen…Yo te priye pou mwen yèswa. M te gen yon men enfim e sèl sa m te ka fè se te bouje dwèt mwen.” Ebyen, se jis pi lwen m te ka rive. Frè, ebyen, si w ap etann ou pi lwen w ap bouje bra w. Pandan w ap etann fwa w, Bondye ap pèmèt ou pran kontwòl teritwa a. Se pa w. Bondye te pwomèt ou pou retabli sante w ankò. Alelouya! Wow. O la la. M santi m byen. O Bondye, etann mwen. Amèn

PEN KOTIDYEN
Jan mwen te di Moyiz la, mwen pral ban nou tout peyi kote nou pral mete pye nou an Jozye 1:3

12/06/25

JOSZÈF RANKONTRE FRÈ L YO 56-1230

Bon, nan kòmansman an, lè Bondye te pale, epi Satan te kanpe la a li t ap koute.

Epi moun yo ap eseye jwenn may ki manke a. M pral di ou, pa revelasyon, si ou vle resevwa l. Moun sa a ki manke a, ant bèt la ak lòm nan, se sèpan an, anvan yo te retire janm li yo. Bib la di, “ Li te pi rize nan tout bèt yo, ki nan jaden an,” li pat yon reptil. Li te sila ki te sedui fanm nan, ak bote li, epi fanm nan te ansent. Bon, lè yo te fè sa, epi lè Li wè peche a t ap vini, Bondye tèlman mete yon malediksyon sou li ke lasyans p ap ka janm jwenn okenn relasyon ant sèpan sa a, ak limanite, kòm nou konnen jodi a. Men èt degrade ou la, ki tonbe a, ki nan mitan yo toulède, ki te konekte lavi bèt yo ansanm. Men ou.

“Bondye te kache l ak moun ki saj epi ak moun ki pridan , men Li pral revele l ak bebe yo ki pral aprann.” Wè ?

Men moun ou an ki tonbe a…

PEN KOTIDYEN
Sèpan an se bèt ki te pi rize nan tout bèt ki te nan jaden an ke Seyè a, Bondye a, te kreye. Li di fanm nan konsa, “ Èske Bondye te janm di pinga nou manje fwi tout pyebwa ki nan jaden an ?
Jenèz 3:1

11/06/25

Pale Ak Gwo Wòch La 53-0512

Men, Levanjil la se pa tout Pawòl la nèt. Se Pawòl Bondye, epi tout bagay dwe baze sou Pawòl sa a. Si l pa sa, li pa laverite. Se… Men Jezi di, “ Ale nan tout mond lan epi preche Levanjil ak tout kreyati. ” Bon, Li pa di “ anseye Pawòl la,” Li di, “ Preche Levanjil la.”

Kidonk Levanjil la se plis ke anseye Pawòl la, Paske Pòl, pandan l t ap konfime sa, te di, “ Levanjil la pat vin jwenn nou, ak pawòl sèlman, men tou ak pisans.” Demonstrasyon Sentespri a te vini pou demontre Levanjil la, epi pote Pawòl la nan yon reyalite vivan.

Si ou jis resevwa Pawòl la lè ou gen konesans Pawòl la, sa p ap sèvi ou a anyen. “ lèt la bay lanmò; Lespri a bay Lavi.” Lè sa a ou ne denouvo, aprè sa Sentespri a pote lavi Pawòl la nan ou.

PEN KOTIDYEN
Se pa daprè lèt la, men daprè Lespri a, paske lèt la bay lanmò, men Lespri a bay lavi.
2 Kòrentyen 3: 6

10/06/25

Tan Pou Jonksyon An /
Tan Pou Kwazman An 56-0115

Ou patap bwè yon soup ki gen mouch ladann. Non, mesye. Ou— ou patap fè l. Ou patap… ou tap pè manje yon manje ki pa fin twò bon, epi ki kontamine. Paske, ou konnen, li t ap ba ou pwazon ki rele ptomayin nan oswa yon bagay konsa, epi li t ap touye nan yon ti tan. Bon w ap siveye kò sa a. Men, ou kite nanm sa a, ap pran plezi l ak bagay mond, ke ou konnen ki kontamine e sèl bagay li ka fè se mennen ou nan destriksyon. Kèlkeswa jan ou byen trete kò sa a, ki kalite manje, oswa kijan l ap viv, li oblije ale nan pousyè latè. Men nanm sa a pral viv pou toutan, yon kote. M pito bwè yon soup ki kontamine pase pou nanm mwen kontamine a nenpòt ki lè ak bagay mond lan.

PEN KOTIDYEN
Bondye pa rele nou pou nou viv nan vye kondisyon lèd. Men, li rele nou pou nou viv yon jan ki dakò ak volonte li.”
1 Tesalonisyen 4:7

09/06/25

Semans Sèpan an 58-0928E

Kilès ki pi fò, (jan m te di l la,) on Sovè oswa on pechè? Kilès ki gen plis fòs? Alò, pi fò a te dwe pèmèt pi fèb la, e Li sèlman fè sa pou glwa pa L. Kan Li te kreye Lisifè, Li te konnen li t ap vin dyab la. Li te dwe kite sa rive la pou montre ke Li te Sovè a, Kris la. Li te oblije kite sa rive fason sa.

Bon, èske Bib la pat di, ke, “Tout bagay nèt ap travay ansanm pou byen sila yo ki renmen Bondye”? Kifè kisa w gen pou w pè?

Annou pran pozisyon pou aji,

Ak on kè vanyan ki pare pou batay.

Piga nou tankou betay estipid y ap mennen! (Ke yo dwe ap fòse epi sipliye.)

Vin yon ewo!

M renmen sa. Leve kanpe!

PEN KOTIDYEN
Nou konnen Bondye[a] ranje tout bagay yon fason pou yo tounen byen pou moun ki renmen l yo. Moun sa yo se moun Bondye chwazi paske l te planifye l konsa.
Women 8:28

08/06/25

REVEYE JEZI 63-0117

Bon, nan Jezi sete Bondye. “ Bondye te nan Kris, ap rekonsilye mond lan avèk Limenm.” Epi moun sa yo te kwè temwayaj Li a. E sila yo ki te reyèlman kwè l, te ka atire benediksyon Bondye yo ki te nan Li sou yo. E lè yo te fè sa, Li te di, “ Vèti te soti nan Li.” Vèti se “ fòs.” Li… si nou ka di l jodi a, nan lòt mo: Li te vin fèb lè moun yo te pran fòs nan Li. Bon, si l te mache nan fason sa a nan kò imen sa a, li pral mache nan yon lòt kò imen.

Epi nou chak, nou kreye atmosfè nou nan alantou nou. Ou te ak moun ki te bon moun, men ou te jis senpleman pa kapab rete avèk yo. Epi ou te ak lòt moun ke ou jis renmen rete ak yo. Ou kreye atmosfè sa a. E, o, ou pata renmen rete ak Jezi yon ti moman? Mèveye! Gade kisa atmosfè sa a Li te kreye a te ka ye, m imajine l te jis yon gwo pake lanmou, ak respè, ak krentif.

PEN KOTIDYEN
Chemen Bondye se yon fòs pou moun ki serye.
Pwovèb 10:29

07/06/25

Jewova Jire 56-0613

Si m ta eritye yon kay, m pat ap vle antre ladann san m pa egzamine l anvan. M vle wè sa k pou mwen an. Mwen vle wè sa m posede a. E lè m vin eritye Wayòm Bondye a, jistis Jezikri a, batize nan gwo sèk benediksyon etènèl Bondye yo, mwen renmen fè yon ti mache pou m wè kisa ki pou mwen ( Amèn.), M gade sou etajè a pou m wè kisa l ye. Men li, tout pwomès ki nan Liv la se pou tout kwayan. Pa rete kanpe la ap tann yon moun pouse ou nan yon kwen, ba ou yon ti patat frèt, epi di ou tann. Piga ou koute jan de bagay sa yo. Pwomès Bondye a se kounye a. Antre kèk kote nan Milenyòm nan… Bib la di, “Kounye a nou se pitit Bondye.” Sa nou pral ye a, se li nou ye kounye a, tan prezan.

PEN KOTIDYEN
Si se pitit Bondye nou ye, nou gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye te pwomèt moun pa l yo, n a resevwa pa nou ansanm ak Kris la nan tou sa Bondye te sere pou li.
Women 8:17

05/06/25

Ministè Kris La 53-0607A

Pyè te di… lè yo te kòmamse ap kilbite epi ap rele, fenomèn eklezyastik ki plen Levanjil la, oswa mond fanatik la te vin jwenn li pou di, “ Nèg sa sou.”

Èske ou ka imajine sa a? Koute, zanmi Katolik yo, epi rès moun yo. Vyèj Mari beni a te nan mitan yo. Bon si Bondye pat men kite manman Pitit Gason Bondye a, antre nan Wayòm Bondye a jouk li te sitèlman ranpli ak Sentespri ke li te aji tankou yon fanm ki sou, kijan ou pral antre, avèk mwens ke sa? Kisa l pral ye? Se pou nou reflechi ? Bib la di ke Mari te la. Menm manman Kris la te oblije ale nan Pannkot la epi rete la nan vil Jerizalèm nan jiskaske li te ranpli ak Sentespri jouk li te kilbite tankou li te sou. Amèn. Se verite. Se Bib la.

PEN KOTIDYEN
Pyè reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n a resevwa Sentespri, kado Bondye a.”
Ak 2:38

04/06/25

Koute Vwa Li 58-1005

Bondye genyen yon nouvèl nesans pou ou.

Men koute ti Vwa trankil Li a. Nou tout k ap mache di ke nou se Kretyen, se pou nou rete trankil devan L. Pa kite lesiv anpeche ou. Pa kite travay anpeche ou. Pa kite anyen anpeche ou. Pa kite pèsòn konnen kisa w ap fè. Jis ale devan L. Ale kèk kote nan raje a. Mete kò ou sou bò yon wout. Antre nan chanm ou epi fèmen pòt la. Lè timoun yo ale lekòl, lè sa a desann sou jenou ou. Ou te tande tout kalite vwa tout kote, men jis mete ou ajenou epi rete la jiskaske vwa sa yo fè silans epi w ap kòmanse grandi. Sa pral chanje ou. Sa pral fè ou diferan, menm jan Sa te fèt pou ti Samyèl sa a. Sa ap fè yon bagay pou ou si ou pral fè l. Bon, Sa pral fè ou vin sa ou ta dwe ye. Sa pral fè ou vin Kretyen ou te dwe ye a.

PEN KOTIDYEN
Pale non, Seyè! Sèvitè ou la ap koute ou!
1 Samyel 3 Vèsè 9

03/06/25

Pwofèt Miche 61-0426

Bon sa fè lontan depi ke Eli te fè pwofesi sa a. Li te nan Laglwa sa fè lontan sa. Men li te konnen, li te fè pwofesi sa a, epi li te konnen ke l ta pral akonpli. Epi Miche te konnen ke Eli te yon òm de Dye, e men Bondye, Anlè a nan syèl la ap fè yon reynyon, sou ki fason pou Pawòl Eli a akonpli. E si ou gen Pawòl Seyè a, epi ou pral pwononse Pawòl Seyè a, epi ou pa doute Pawòl Seyè a, Bondye pral reyini an konsèy pou fè Pawòl ou a akonpli, paske se pa pawòl ou, se Pawòl Li. Se Pawòl Li, si se MEN SA SEYÈ A DI, se reyèlman MEN SA SEYÈ A DI.

PEN KOTIDYEN
Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p ap janm pase.
Matye 24:35

02/06/25

Lafwa Se Yon Fèm Asirans 51-0508

Pa gen lontan de sa, pitit fi m nan te rele m, lotre jou lè m te isi a. Sa fè m reflechi. Li te di, “ Papy, mwen vle ou vin lakay.”

Mwen te reponn li, “ Cheri, mwen te voye yon—yon ti poupe pou ou ki soti Texas.” Li te reponn—li fenk gen katran. Mwen te di, “ Mwen te voye ba ou yon ti poupe, cheri.”

Li te reponn, “ Mwen te jwenn li Papy.” Mwen te di—Li te reponn, “ Mwen vle ou vin lakay, papy.”

Mwen te di, “ Ebyen, cheri, mwen te voye pou ou yon ti lapen ki soti Chattanooga.”

Li te reponn, “ Mwen te jwenn li, papy.” Men li te di, “ Mwen vle ou vin lakay.” Ou wè ?

Mwen te di, “ Ebyen, cheri, Mwen—papy…”

Li te reponn, “ Papy, mwen renmen ou, epi mwen renmen kado yo ke ou voye ban mwen yo, men mwen vle papy.”

Se sa l ye. Tout don Li yo mèveye, men mwen vle Papa a. Mwen renmen don Li yo, mwen renmen tande L nan manifestasyon yo, nan lwanj pou Bondye yo, nan kri yo, nan gerizon yo, nan pale anlang yo, nan entèpretasyon lang yo, ak tout lòt diferan don yo. Mwen renmen chita epi obsève yo. Mwen pa gen yonn nan yo, men mwen renmen gade yo k ap opere nan Legliz la. Men aprè tout bagay sa yo, mwen vle Jezi. Mwen—mwen vle li. Don Li yo bon, men mwen vle donatè a isi a. Ou wè ? Se vre.

PEN KOTIDYEN
Mwen p ap kite nou pou kont nou: M ap tounen vin jwenn nou ankò.”
Jan 14:18

01/06/25

Konferans 60-1125

Ann reflechi. Mwen ka wè Gabriyèl k ap desann, gwo epe Li a bò kote L. Mwen ka wè Absent. Mwen ka wè lòt gwo Zanj yo tou klere sou wòch yo ki ozanviwon an la a. Kisa l te ye? Yon tab konferans ki t ap pran plas.

Alòske Sentespri Bondye a, kòm nou te wè sou foto Jetsemani an, Limyè sa a, kite Bondye kise Limyè, El Elohim, Sila ki egziste pa Pwop Tèt Pa Li a, lè Li te desann pou L antre nan Prezans Li. “Èske ou vle ale jiskobou avèk sa, Pitit Gason M?” Kisa ? Zanj yo t ap koute. Ki rezilta sa pral bay? Tout mond Lan nèt te repoze sou zepòl Ou. Eske Ou vle peye pri a, osinon kisa ou vle fè ? Ou ka vini kounye a san ou pa pase pa lamò. Men Kalvè a lonje devan Ou la a. Men yo pral krache nan figi Ou, epi yo pral mete Ou sou Kalvè a, ak tout lòt bagay yo pral fè Ou. Ou pral mouri annagoni avèk kouwòn pikan sou tèt Ou, epi San Ou pral koule. Eske Ou vle ?”

Ann wè kisa konferans lan bay. Ki eko li pral fè ? Tout Zanj yo Kanpe la a ap mande kisa ki pral fèt kounye a. Desizyon an te pran. Kisa l te ye? “ Se pa volonte Pam ki pou fèt men se Volonte pa Ou.” O Zanj yo deplwaye benediksyon yo epi yo kòmanse ap ba Li swen, pandan y ap prepare L pou gran lè sa a. Yon konferans te pran plas. Yon desizyon te pran. Mwen si tèlman kontan pou desizyon sa a.

PEN KOTIDYEN
Li di: Papa, si ou vle, tanpri, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se pa volonte m’ ki pou fèt, se volonte pa ou. Lik 22:42

31/05/25

AYO AK KOLONB LAN 60-0805

Lè Bondye te fè lòm an premye, Li te fè l alafwa gason ak fanm an espri. Li te fè l Pòtrè ak Li, e Bondye se yon Lespri. Lè L te separe l, Li te mete lespri maskilen an nan lòm, epi lespri feminen an nan fanm nan. Si yon bagay kontrè ak sa, sè ke gen yon ti kras pèvèsyon la a. Egzakteman. Si ou wè yon fanm k ap eseye aji tankou yon nonm, gen yon ti kras bagay ki pabon la a. Seli l yo te kwaze yon kote. Se vre. W ap wè yon nonm ki tèlman aji tankou fanm ke li p ap janm preche kont peche ak lòt bagay konsa, pou l pa blese santiman yon moun, gen yon kwazman yon kote la a tou, se pa sèlman nan nesans natirèl la, men tou nan nesans espirityèl la.

O, sa n bezwen jodi a se pou yon nonm rete yon nonm, yon fanm, rete yon dam. Bondye vle yo fason sa a: pou yo abiye diferan.

Ou di, “ W frape nou menm fanm yo fò.” M pral pale de gason yo kounye a. Nenpòt gason k ap kite madanm li fimen sigarèt, pote bout pantalon, epi aji konsa, pa menm gen yon ti kras gason nan li, se opinyon pa m.

PEN KOTIDYEN
Bondye kreye lòm. Li fe l pòtrè ak Li. Li kreye yo gason ak fi.
Jenèz 1:27

30/05/25

Eseye Rann Bondye Sèvis San Se Pa Volonte Bondye 65-0718M

Se Moyiz ki tap pale ak Izrayèl, apre li te fin konfime pa Bondye, pa yon Kolòn Dife, e li te konnen ke yo te pwouve ke se li kise sèvitè Bondye pou kondwi yo deyò a. Epi anvan yo te ale nan peyi a, anvan yo te antre, Moyiz te di: “Kounye a, pou pawòl ke m te pale avè nou an, mwen pran syèl la ak tè a pou temwaye kont nou. Si n ajoute yon sèl bagay nan Li, oswa retire yon sèl Pawòl nan Li, nou p ap rete nan peyi kote Seyè Bondye a ban nou an. “

Kidonk mwen di, nan Non Jezikri! Piga nou ajoute yon sèl bagay. Pa mete pwòp lide nou nan Li. Nou jis di sa k te di sou kasèt sa yo. Nou jis fè egzakteman sa Seyè Bondye te kòmande pou fè. Pa ajoute nan Li.

Li toujou, kenbe pwomès Li pou nou. Chak pwomès ke L te fè, Li te kenbe yo. Èske L te di nou kisa k t ap rive, epi èske l te rive? Mwen pran syèl la ak tè a devan nou jodi a, an defi. Èske Bondye te janm di anyen ke L pat akonpli epi te fè egzakteman sa L te di ke L t ap fè pou nou an? Èske L pat fè l jis fason L te di ke L t ap fè l? Se egzakteman sa. Se konsa L pral kontinye fè l. Jis pa ajoute nan Li. Pa retire nan Li. Jis kwè L epi mache enb devan Seyè Bondye nou an…

PEN KOTIDYEN
Epi si yon moun ta wete nan pawòl pwofesi ki nan liv sa a, Bondye ap retire pòsyon pa l la nan pyebwa lavi a, ansanm ak plas pa l nan lavil Bondye a, jan sa ekri nan liv sa a.
Revelasyon 22:19

29/05/25

Laj Legliz Esmin Lan 60-1206

Pa ka gen yon lanfè Etènèl. Paske si te
janm gen yon lanfè Etènèl, alò te toujou gen yon lanfè Etènèl, paske Etènèl…Gen yon sèl fòm Lavi Etènèl, e se pou sa nou tout ap redi. E si w pral boule pou tout tan e pou Letènite, alò fòk ou ta gen Lavi Etènèl k ap boule a, epi se Bondye ki t ap boule a. Ou pa ka gen lanfè Etènèl, epi Bib la di klè ke “lanfè te kreye.” E si l te kreye, li pa Etènèl. Nenpòt bagay ki Etènèl pat janm kreye; li te toujou la, li Etènèl. E Bib la di ke “Lanfè te kreye pou dyab la ak zanj li yo.” Lanfè te kreye, li pa Etènèl. E m pa kwè ke yon moun pral pini Etènèlman.

PEN KOTIDYEN
Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo.
Matye 25:41

28/05/25

Laj Legliz Esmin Lan 60-1206

Pa ka gen yon lanfè Etènèl. Paske si te
janm gen yon lanfè Etènèl, alò te toujou gen yon lanfè Etènèl, paske Etènèl…Gen yon sèl fòm Lavi Etènèl, e se pou sa nou tout ap redi. E si w pral boule pou tout tan e pou Letènite, alò fòk ou ta gen Lavi Etènèl k ap boule a, epi se Bondye ki t ap boule a. Ou pa ka gen lanfè Etènèl, epi Bib la di klè ke “lanfè te kreye.” E si l te kreye, li pa Etènèl. Nenpòt bagay ki Etènèl pat janm kreye; li te toujou la, li Etènèl. E Bib la di ke “Lanfè te kreye pou dyab la ak zanj li yo.” Lanfè te kreye, li pa Etènèl. E m pa kwè ke yon moun pral pini Etènèlman.

PEN KOTIDYEN
Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo.
Matye 25:41

27/05/25

GERIZON DIVIN 54-1219M

Kounye a, gade, nou pa bezwen goumen. Bondye pran swen tout bagay sa yo , ou wè. Piga fè sa. Jis renmen. Aji byen ak moun ki fè ou mal, toutan. Èske se vre? Lè yon moun pale byen de ou; ebyen, remèsye l. Si yon moun pale mal de ou; beni l kanmenm. Sètènman. Se vre. Kite… Bondye pran swen rès la. Li se sèl Moun ki ka pran swen rès la. Èske se pa vre? Li se sèl Moun nan. Kidonk aprè tout bagay, nou tout jwenn repons nan Li.

E kèlkeswa sa l ye a, si lenmi jire ou la… si ou pa gen okenn santiman ditou, pou pi move lenmi ou genyen an, ou konnen ki ta pral nan lanfè, sa t ap fè ou santi ou mal.

Mwen pa konnen pèsòn, m pa… m pa ka panse ke moun ki pi mal nan mond lan, jodi a, se Staline lòt bò a, kèlkeswa moun li te ye a, m t ap rayi konnen ke nonm sa t ap soufri nan lanfè maten an la. M t ap rayi pou m konnen sa. Mwen t ap rayi sa sètènman. M priye Bondye pou L gen mizerikòd pou nanm li ki pèdi, kòm li mouri, wè, ke Bondye pa kite l soufri konsa,…?… Panse ak yon imen ki nan touman lanfè, se foto Bib la isi a pou enkwayan an.

PEN KOTIDYEN
Nou menm k ap koute m la a, men sa M ap di nou, renmen tout lenmi nou yo. Fè byen pou moun ki rayi nou.
Lik 6:27

26/05/25

Plante Pye Rezen An epi Ki Kote Pou Plante L Là 59-0920

Tout sa dyab la fè se mit. Tout sa Bondye fè li reyèl. Se poutèt sa m ta renmen sa antre byen fon anndan kè. Lè Bondye sove yon nonm, nonm sa a sove. Ou pa gen pou enkyete pou pa tounen dèyè; ou p ap kapab. Tout sa Bondye fè li Etènèl. Dyab la ka manipule ou pou l fè ou kwè ou sove. Men lè Bondye sove ou reyèlman, ou sove nèt, paske ou genyen Lavi Etènèl. Jezi te di sa.

Moun ki koute Pawòl Mwen, epi ki kwè nan Moun ki te voye M nan gen Lavi Etènèl, li p ap janm ale nan Jijman, men li soti nan lanmò pou antre Lavi. Sa Etènèl tou menm jan ak Bondye Li-menm, paske se Pawòl Li.

PEN KOTIDYEN
…Men, delivrans M ap ba yo a ap la pou tout tan. Mwen p ap janm bezwen delivre yo ankò apre sa. Ezayi 51:6

25/05/25

FOUYE ANPIL GWO TWOU NAN FON RAVIN NAN 56-0728

Montre m zanmi w, m ap di ou ki moun ou ye. Kite m antre anndan lakay ou. Kite m wè kisa ki ouvri sou tab la. Kite m wè kisa ki make nan Bib sa a. Kite m wè vye magazin sa yo. Kite m koute kijan de mizik w ap tande nan radyo ou. Kite m wè kijan de foto ou gen lakay ou. M ap di ou a kisa ou fèt. Wi, mesye. Se sa ki nouri nanm ou. Kèlkeswa sa temwayaj ou ye, fwi ou ap pwouve ki moun ou ye. Se vre.

O, se verite. Nanm ou ap nouri ak yon bagay. E kèlkeswa karakteristik nanm ou, se sa ki pral— ki pral manifeste. Se rezon sa a ki fè Jezi te di, “ Ak fwi yo ou pral konnen yo.”

PEN KOTIDYEN
Konsa tou, na rekonèt fo pwofèt yo sou sa y ap fè.
Matye 7:20

24/05/25

Mesye Nou Vle Wè Jezi 60-0109

Se la kote mwen bati lafwa mwen, sou anyen lòt ke Pawòl Etènèl Bondye Etènèl la.

Epi Bondye pa pi bon ke Pawòl Li ; mwen pa pi bon ke pawòl mwen ; e ou pa pi bon ke pawòl ou. Si m pa ka pran ou o mo, lè sa a mwen… ou pa bezwen di m mwen gen konfyans nan ou, pase m patap kapab. E si ou pa ka pran m o mo, ou pa bezwen di m ke ou gen konfyans nan mwen. Paske ou pa kapab. Kidonk si nou pa ka pran Bondye o Mo, nou pa ka gen konfyans. Men lè Bondye di l, epi ou kwè l ak tout kè ou, sa pral aplike pou ou, li oblije rive.

E pèmèt mwen di sa piblikman: Ke Mwen kwè ke atitid mantal kòrèk anvè nenpòt pwomès Divin Bondye a pral akonpli.

PEN KOTIDYEN
Pa pèdi lasirans nou te genyen an. Paske, gen yon gwo rekonpans ladan li.
Ebre 10:35

23/05/25

Enflyans 63-1114

Nou ta dwe onore youn lòt, respekte youn lòt, tankou frè ak sè. Epi renmen youn lòt, ak yon lanmou ki san kondisyon. Ou di, “ Ebyen, m jis pa kapab.” Bon, jis rete la yon ti tan, epi ou va renmen moun yo tou. Ou va renmen sa yo ki pa renmen ou. Se yon bon siy pou Krisyanis la: lè ou ka, renmen nan fon kè ou, moun ki pa renmen ou. Renmen moun ki pa ka renmen.

Jezi te di, “ Si nou fè byen sèlman pou moun ki fè nou byen, bon, pibliken yo fè menm bagay la.” Sèlman ou dwe bon ak moun ki pabon avèk ou. Fè byen ak moun k ap fè mal. Toujou sonje sa. Mete sa nan tèt ou, ke Bondye ap gade ou. Sonje, Bondye te bon pou ou lè ou te mechan anvè L. “ Lè ou te yon pechè, Kris te mouri pou ou.”

PEN KOTIDYEN
Paske, men measj nou te tande depi nan kòmansman an: se pou nou renmen yonn lòt.
1Jan 3:11

22/05/25

Gade 63-0428

Kèkfwa nou pa ka tann yon nwit pou rive ak lòt nwit la. Kèkfwa nou pa ka tann pou n soti nan revèy sa a pou n rive ak yon lòt revèy. Fòk nou al mele nou ak bagay mond lan. Fòk nou ta wont tèt nou.

Anvan nou vin la pou n konfese epi antre nan San Jezi sa a ki netwaye nou de tout peche, nou ta dwe konsantre nou, pou n ka wè sèl veritab Bondye vivan an kanpe la a, Sila ki te fè pwomès la, ke, “Syèl la ak tè ap pase, men Pawòl Mwen pa ka pase.” Kanpe la sou Baz sa a, lè sa a okenn van doktrin p ap ka ebranle ou, yo p ap ka trennen ou de plas anplas, de yon poto ak yon lòt.

Men, ou konnen ki kote ou kanpe, paske ou te fokalize ou sou Bondye. W ap wè pwòp lavi ou ap jwenn sib sa a, menm jan apot yo te fè l la. W ap viv fason yo te viv la. Ou te batize nan fason yo te batize a. W ap wè menm rezilta yo te wè a. W ap wè l k ap opere nan ou. Ou sible. Sa pa gade m kisa konpayi an di epi kisa denominasyon an di. Ou sible, paske ou konnen ou te jwenn sib la. Amèn.

PEN KOTIDYEN
Kenbe tèt nou anplas, rete sou pingad nou. Paske dyab la, lènmi nou an, ap veye nou tankou yon lyon ki move, k ap chache moun pou l devore.
1 Pyè 5:8

21/05/25

Lanmou 56-0726

Ou p ap wè kòbo ak kolonb abite ansanm, paske pa gen kominyon antre yo. Yo pa gen anyen ankomen. Kòbo a ka vole sou yon kadav epi manje l. Epi… Men kolonb lan pral nan jaden ble a pou l manje grenn ble a. Kounye a, mwen vle nou remake kisa dyab la ka fè. Bon, kolonb lan paka vole sou yon kadav epi manje l. Men kòbo a ka manje kadav la epi manje grenn ble a tou. Li se yon ipokrit. Ou wè ? Kolonb lan paka fè l, paske fason l fèt la diferan.

Bon, yon moun ka imite Krisyanis men yon Kretyen paka imite peche. Lespri ki nan li a p ap kite l fè l. Li gen… kolonb lan, rezon ki fè l paka manje l la, sè ke l ap touye l. Li pa gen bil, kòm nou te pale de sa yèswa. Li pa gen bil. Si l ta manje l, l ap touye l; pawazon an ap touye l. Li paka fè l.

Men kòbo ka manje alafwa kadav la epi grenn ble a tou. Kidonk se sa yon imitatè ka fè. Men yon Kretyen otantik pa anyen lòt ke yon atik Bondye ki pi.

PEN KOTIDYEN
Ki espwa ki gen pou mechan an lè Bondye rele l, lè Li pral pran nanm li ?
Jòb 27 :8

20/05/25

Men K Ap Ekri Sou Miray La 56-0902

Gen yon sèl bagay, ak yon sèl kote nan Bib la ki te toujou ajite, ki fè yon moun retire rad sou li, epi posede ak demon. Se vre. Se Verite. Epi pa gen konpliman pou n fè sou sa, ni konpwomi. Se Laverite. Se dyab la ki antre nan moun sa yo, ki fè yo dezabiye yo. Se dyab la. Ou pa vle nan erè, men madanm, se dyab la k ap fè ou fè sa.

Lontan li pat kòrèk pou fanm ki t ap chache sentete te makiye. Kounye a, yo jis fè l ak tout kè yo, epi y ap chante y ap rele, y ap bay Seyè a lwanj, kòm si pat gen anyen lòt ankò pou fè.

O, frè, Èske nou reyalize ke se dyab la ki fè sa? Avèk objektif ou nan kè ou, ke ou pral viv, si l demode, viv yon vi demode, epi sèvi Seyè Bondye syèl la ak tè a. Avèk bi ou nan kè ou.

PEN KOTIDYEN
Moun k ap kontinye viv nan peche, se moun Satan yo ye, paske Satan ap fè peche depi nan kòmansman.
1 Jan 3:8

19/05/25

Poukisa M Priye Pou Malad Yo 54-0314

Li pat janm òdone nou pou n te bati legliz. Li pat janm òdone nou pou n te bati lopital, bati lekòl, oswa pou n gen yon seminè. Li pat janm yon fwa ba nou komisyon pou fè sa. Tout bagay sa yo bon, men Li te ba nou komisyon pou preche Levanjil la nan tout mond lan. Men nou te bati lekòl, ak seminè, epi anseye teyoloji, epi yon tyè nan mond lan poko janm tande pale de Jezi.

Epitou, bay trak se pa preche Levanjil. Pòl te di, “ Levanjil la pa vini sèlman ak pawòl, men tou ak pisans epi demonstrasyon Sentespri a.” Gade, ou ale… Se pa jis anseye Pawòl la, men preche, fè Pawòl la manifeste. Fòk Pawòl la rete vivan. Li se yon lèt ki mouri jiskaske li manifeste. Apre sa Li vivifye, epi Li akonpli, tout sa Bondye pale de li. Sa se Levanjil annaksyon, Krisyanis Nouvo Testaman an.

PEN KOTIDYEN
Tout sa M ap di nou nan fènwa, nou menm repete l gwo lajounen. Tout sa yo di nou nan zòrèy, mache bay li nan tout kafou.
Matye 10:27

18/05/25

Poukisa M Priye Pou Malad Yo 54-0314

Li pat janm òdone nou pou n te bati legliz. Li pat janm òdone nou pou n te bati lopital, bati lekòl, oswa pou n gen yon seminè. Li pat janm yon fwa ba nou komisyon pou fè sa. Tout bagay sa yo bon, men Li te ba nou komisyon pou preche Levanjil la nan tout mond lan. Men nou te bati lekòl, ak seminè, epi anseye teyoloji, epi yon tyè nan mond lan poko janm tande pale de Jezi.

Epitou, bay trak se pa preche Levanjil. Pòl te di, “ Levanjil la pa vini sèlman ak pawòl, men tou ak pisans epi demonstrasyon Sentespri a.” Gade, ou ale… Se pa jis anseye Pawòl la, men preche, fè Pawòl la manifeste. Fòk Pawòl la rete vivan. Li se yon lèt ki mouri jiskaske li manifeste. Apre sa Li vivifye, epi Li akonpli, tout sa Bondye pale de li. Sa se Levanjil annaksyon, Krisyanis Nouvo Testaman an.

PEN KOTIDYEN
Tout sa M ap di nou nan fènwa, nou menm repete l gwo lajounen. Tout sa yo di nou nan zòrèy, mache bay li nan tout kafou.
Matye 10:27

17/05/25

Abiye Ak Tout Zam Bondye Yo Ye 62-0607

Èske ou te janm panse kisa fonksyon Legliz la ye? Se rad Bondye, anndan rad la, yon apot, yon pwofèt, yon vwayan. Prevwa l anvan Satan wè l. M te di sa. Kisa l ye? Abiman Bondye nan Legliz Li a, fonksyon sa yo se abiman Bondye mete. Lè ou wè fonksyon sa yo, pastè, anseyan, evanjelis, kisa sa yo ye? Se abiman Bondye mete, Prezans Bondye, Lespri Bondye, e si… k ap travay nan lòm.

E si fonksyon sa yo nye youn nan Pawòl sa a, lè sa a se pa rad Bondye a, ou wè. Ou wè ? Non, se pa sa, sa se lou ki mete rad mouton. Siveye endivi sa a, pran prekosyon avè l. Men lè li jis pran sa Pawòl la di, sonje, se Bondye, ’ paske l ap pwononse Pawòl Li a. Ou wè ? Men si l di, “ Ebyen, se pa…” O, o, o, o, o, o,la la! Kite plas mouton, kite plas la!

PEN KOTIDYEN
Pran prekosyon nou ak do pwofèt yo. Yo pran pòz ti mouton yo lè y ap vin sou nou, men nan fon kè yo, se bèt devoran yo ye.
Matye 7:15

17/05/25

RETOUNEN EPI JIBILE 62-1122

“Retounen. Retounen.” Sentespri a ap rele, “ Retounen!” Mwen panse ak Jezi lè L te gade Jerizalèm epi L te kriye, Li te renmen l, men yo te rejte L. E yon nonm ki ranpli ak Lespri aswè a ka gade legliz la pou wè yon pèp ki te dwe briye ak pouvwa glorye Bondye a, epi men Sentespri a ki nan kè nou k ap kriye ak dlo chagren k ap sòt nan je L. Kisa nou fè la?

Bondye te rele nou, papa nou yo te sòti depi senkantan, men nou te retounen. E ou wè kisa nou pwodui : yon gwoup lawont ki anba non Pannkotis. Moun ki fimen, bwè, marye twa oubyen kat fwa, fanm ki koupe cheve yo, makiye, itilize… chòt, mete rad endesan, tout bagay, rele tèt yo sè Pannkotis. Gade yon wont pou Non Kris la! Gade yon wont pou Legliz la. Se pa etonan Li te di yo te jwenn non blasfèm yo nan Babilòn, òganizasyon, konfizyon, tout dezòd, tout kalite sesi, sela, ak lòt bagay. Kote Kris ye nan tout bagay sa yo ? Pèp, Retounen?

PEN KOTIDYEN
…Se va yon lane rejwisans pou tout moun. Lane sa a, tout sa yo te vann anvan ap tounen pou ansyen mèt yo ankò osinon pou eritye yo. Tout moun ki te esklav ap retounen lib lakay yo.
Levitik 25:10

16/05/25

Se Pa Konsa L Te Ye Depi Nan Kòmansman an 62-0630B

Petèt nou pa panse sa… Moun yo ap obsève nou, yo obsève tou, chak mouvman nou fè. Nou se yon Bib pou anpil moun. Men tou, nou dwe siveye sa n ap fè, tranzaksyon komèsysyal nou yo, ak tout sa ke n ap fè nan tout pakou nou. Se pou nou soumèt nou ak Lespri a, epi Bondye va reflete L atravè nou, kòm mwen te di, tankou yon pye rezen. Jezi te di nan Jan 15, “Mwen se Pye Rezen an, nou se branch yo.” Bon, kounye a sonje ke se pa pye rezen an ki pote fwi a, se branch lan ki pote fwi a, men lavi l soti de pye rezen an.

PEN KOTIDYEN
Se pa nou ki chwazi M, se Mwen ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n ale, pou n ka donnen, pou donn nou ka konsève. Jan 15:16

15/05/25

PÈSEVERANS 64-0305

Kounye a nou kwè ke Bib la se Pawòl Bondye ki Paka fayi. Nou kwè ke Li se tout revelasyon Jezikri a; k ap revele Tèt Li nan Ansyen Testaman an, pa pwofèt yo; Bondye k ap fè konnen Tèt Li atravè Pitit Gason Li, Kris Jezi, nan Li abite tout plenitid Divinite a, nan Kò Li. Li te krisifye pou peche nou yo; Li te mouri, Li te antere, sou twazyèm jou Li te resisite, Li te monte nan syèl, e Li retounen ankò isi a nan Non… Sou fòm Sentespri a, Bondye abite… Te gen yon tan , Bondye te sou tèt nou ; nan Kris, Bondye te avèk nou; kounye a Bondye nan nou. Se Bondye k ap travay retou Li nan lòm, pou adorasyon, pou L jwenn adorasyon atravè lòm, li se entèmedyè Bondye. Bondye pa fè anyen andeyò de yon nonm kise entèmedyè Li, kise èd Li.
PEN KOTIDYEN
Vini non! Ann bese tèt nou devan Li, Ann adore Li! Ann tonbe ajenou devan Seyè ki kreye nou an. Sòm 95:6

14/05/25

MESI A 61-0117

Èske nou pare? Jan 14:12, Jezi di, “ Moun ki kwè nan Mwen, pral fè tou menm zèv Mwen fè yo:” Mesiyèt yo. Se vre. Mesiyèt yo, toujou reprezante Mesi a sou latè…

Nan Mak 16, Li di, “ ale nan tout mond lan epi preche Levanjil la. Siy sa yo pral swiv ( Mesiyèt yo): Moun ki kwè epi ki batize va sove. Moun ki pa kwè va kondane, men siy ki va swiv moun ki pral kwè yo.” Jis ki bò? Nan tout mond lan. A ki moun? Tout kreyati. O, m tèlman kontan. Kijan ou pral fè pou efase sa?

Yo di, “ Se sèlman pou disip yo.”

Pou disip yo? Li di, “ Pou tout mond lan, epi pou tout kreyati. Siy sa yo pral swiv moun ki kwè.”

PEN KOTIDYEN
Sa m ap di nou la a, se vre wi : Moun ki kwè nan Mwen, li gen pou l fè tou sa M ap fè a. L a menm rive fè pi gwo bagay toujou, paske Mwen pral jwenn Papa a.
Jan 14:12

13/05/25

Lache Presyon An 62-0518

Reprezantasyon Bondye sou latè jodi a se Sentespri a. Lè ou nan prezans Li, ou wè L ap beni ou, kijan ou ka fè kreye yon presyon pou rayi vwazen ou? Kijan ou ka konstui yon diferans denominasyon nan kè ou ? Ou di, “ si yo pat Pannkotis, si l te initè, oswa si l te trinitè, si l te, si l te mache nan Asanble yo, si l te mache nan Legliz de Dye, mwen ta kominye avèk li.” Kijan ou ka fè l nan prezans Bondye Pisan an? Kijan Sentespri a ka tonbe sou asanble a, epi fè diferan denominasyon? Kijan l ka fè sa? Lache presyon an.

Pwoblèm yo, nou konstui pwòp presyon nou, paske nou sitèlman gen lespri denominasyon. O, Amerik la tèlman pouri avè sa, denominasyon, mete baryè, kredo. Kisa n ap fè ak kredo, epi ak baryè sa yo ? Antre nan prezans Bondye, antre nan Prezans Sentespri a, epi lache presyon an.

PEN KOTIDYEN
Men Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, Li fè ou gen bon manyè. Galat 5:22

11/05/25

Plas Bondye Chwazi Pou Adore 65-0220
E la nou jwenn Jezi te di tou: “Mwen te vini nan Non Papa M, e nou pa resevwa M.” Alò, Non Papa a oblije Jezi. Se vre. Non Papa a se Jezi, paske Jezi te di sa. “Mwen pote non Papa M. Mwen vini nan non Papa M, e nou pa resevwa M.” Alò, Non L se te Jezi.
Epi Gabriyèl te rele L Jezi, pwofèt yo te rele L Jezi, epi li te absoliman Jezi. Anvan nesans Li, menm pwofèt sen an te rele L Emanyèl, ki vle di: “Bondye avèk nou”. Apresa, “Bondye te manifeste nan lachè, pou wete peche mond lan,” e, lè L te fè sa, yo te ba L Non Jezi. Kidonk, Jezi se Non an.
Epi Non an te plase nan yon Nonm; pa nan yon legliz, pa nan yon denominasyon, pa nan yon kredo, men yon nan yon Nonm! Li te chwazi mete Non L nan Jezikri. Kounye a nou jwenn lè sa, Li vin plas pou adore Bondye a, kote w adore L la.

PEN KOTIDYEN
Jezi te di, Mwen se chemen an, verite a, epi lavi. Pèsòn paka vin jwenn Papa M san l pa pase pa Mwen. Jan 14:6

10/05/25

YON PIGRAN PASE SALOMON ISI A KOUNYE A 64-0306

Bondye pa bezwen okenn entèprèt.

Nou menm entèprèt yo, nou di, “ Sa, se sa, epi se sa,” elatriye.

Bondye pa bezwen yon entèprèt. Li se Pwòp entèprèt Tèt Li. Bondye pa bezwen pou nou entèprete Pawòl Li. Bib la, Li ekri, epi Li di Li pa pou okenn entèpretasyon patikilye. Bondye te di, nan kòmansman an, “ se pou gen limyè,” epi te gen limyè. Se entèpretasyon de sa l di a. Bondye di, “ yon fanm vyèj pral ansent,” e fanm nan te ansent. Se entèpretasyon de sa l di a. Li pa bezwen pèsòn pou entèprete.

Bondye di, nan jou sa a, bagay sa yo pral rive, e yo rive. Sa pa bezwen okenn entèpretasyon. Se Bondye k ap fè Pwòp entèpretasyon Li. Sa ap rive. Kèlkeswa jan n ap eseye defòme L, pou di, “ Li pa vledi Sa, e Li pa vledi Sa.” Se egzakteman sa L vledi, epi Bondye se Pwòp entèprèt Tèt Li. Li konfime Pawòl Li, e se entèpretasyon de sa L di a, paske Li pral akonpli.

PEN KOTIDYEN
Pa fè L di sa L pa di. Si ou fè sa, l ap fè ou repwòch. Pwovèb 30:6

09/05/25

MESAJ GRAS LA 61-0827

Kidonk Bondye te dwe tounen lòm, epi Li te mouri nan kò imen an, nan fòm yon nonm ki rele “ Jezikri,” e sete pwomès Mesi a ki te pote gras la. Se la a kote ou wè ke Bondye ak Kris se menm Pèsòn, Bondye abite nan Kris. “ Mwen ak Papa M nou se Youn, Papa M abite nan Mwen ; se pa Mwen ki pwononse Pawòl la, men se Papa M ki abite nan mwen.” Bondye nan kris! Sètènman.

Yo te pwomèt gras la nan jaden Dedèn nan, epi gras la te vini, gras pou Adan ak Èv. Yo pat gen okenn kote pou ale, yo pat gen okenn wout pou yo fè men poutan gras la te fè yon wout!

Kite m di sa, zanmi pechè mwen. Petèt ou ka yon pwostitiye isi a maten an, petèt ou ka yon moun ki konn bat fanm, petèt ou ka yon tafyatè oswa yon moun ki konn jwe bòlèt, oswa yon moun ki konn touye moun. Ou te ka isi a tankou yon mari enfidèl , yon madanm enfidèl. Petèt ou te ka pechè ki pi mal la. Ou di, “ Mwen pase etap redanmsyon an.” Non, ou pa pase l, paske ou patap legliz la maten an. Gras la va fè yon wout pou ou nan lè sonb sa a si ou va jis aksepte l.

PEN KOTIDYEN
Peche pa dwe domine sou nou: paske nou pa anba lalwa, men nou anba lagras. Women6:14

08/05/25

Opwòb Pou Kòz Pawòl La 62-1223

Bondye fikse yon tan e li gen yon bi pou tout bagay ke L fè. Pa gen anyen ki rive jis pa aksidan pou sila yo ki renmen Seyè a e ki aple selon apèl Li. Ou wè? Nou predestine. E tout bagay mache jis kòrèkteman, pou sa, paske Li pa ka bay manti. E Li te di ke se te konsa, ke tout bagay gen tan pa l, sezon li, e li gen fason pa l. E se Bondye ki dèyè chak mouvman. E pafwa ou panse ke tout bagay ap mal mache. Sa depann de nou. Bagay sa yo rive nou, eprèv ak ensètitid. Se tès yo ye, pou wè kijan nou pral reyaji sou yon aksyon.

PEN KOTIDYEN
… Lannwit nou kriye, kou l jou kè nou kontan.
Sòm 30:5

07/05/25

Kote Wa Jwif Yo? 58-1221E

Se sezon Nwèl. Tout dekorasyon sa yo ki nan lari Pè Nowèl la, se yon fiksyon moun peyi Alamay, se yon dògm legliz Katolik, pa gen yon ons verite ladan l. Epi li pran plas Jezikri a, nan kè anpil ameriken. Nwèl pa vle di Pè Noyèl. Nwèl vle di Kris. Se pa yon nonm avèk yon pip nan bouch li, k ap desann nan yon chemine. Lè nou aprann timoun nou yo yon bagay konsa, kisa n ap atann de yo lè yo vin gran? Se pou nou di yo Laverite, men se pa yon istwa ki baze sou fiksyon. Se pou n di yo, “ Gen yon Bondye nan Syèl la Ki te voye Pitit Gason L, se sa Nwèl la vle di. E Li prèt pou L retounen.
E kòm presyon an kòmanse rive sou latè, dyab la te mete bagay li yo anplas, avèk je nou yo, sa nou ka wè, dekorasyon yo, elatriye. Bondye te plase pa Li a, kise Lespri, ke ou paka wè, men ou kwè.

PEN KOTIDYEN
Bondye se Lespri: ke tout moun k ap adore L dwe adore L nan lespri ak nan Verite. Jan 4:24

06/05/25

GEN YON PIGRAN PASE SALOMON ISI A 64-0306

Bondye, nan tout epòk yo, Bondye, te toujou bay pèp Li a don espirityèl yo. Se konsa Li te idantifye L epi Li te fè konnen L , pa don espirityèl yo. Epi lè Bondye voye yon don espirityèl pou pèp Li, e don espirityèl sa a te rejte, lè sa a moun sa—sa yo antre nan yon kawo fènwa. Chak fwa, atravè aj yo, lè Bondye voye yon bagay pou pèp la, yon don, epi yo refize l, Bondye rejte moun sa yo paske yo rejte mizerikòd Bondye.

O, gade yon sekirite sa ta ye, aswè a, konbyen gwosè l ta ye ke tout abri kont bonb yo— ak tout plas yo nou te ka panse, si nasyon sa a, ke yo rele yon nasyon Kretyen, te ka aksepte don Bondye te bali yo, gran Sentespri a ta devèse nan dènye jou sa yo. E kijan sa t ap pase si nasyon sa ta aksepte Sa, li t ap pi ansekirite ke tout bagay li te antre ladan yo. Men yo refize L, konsa pagen anyen ki rete ke sèlman kawo ak jijman.

PEN KOTIDYEN
Se pou moun ki gen konprann chache konprann sa ki ekri la a. Se pou moun ki gen lespri chache konprann li. Paske chemen Bondye se chemen ki dwat. Moun k ap viv daprè volonte Bondye ap mache ladan l san anyen p ap rive yo. Men, moun ki vire do yo bay Bondye ap bite sou wout la.
Oze 14:9

05/05/25

Youn Sou Yon Milyon 65-0424

Jezi te di, sou tè a: “Lòm pa dwe viv ak pen sèlman, men ak tout Pawòl.” Tout Pawòl! Pa jis tanzantan, yon Pawòl, men tout Pawòl.

Se te yon sèl Pawòl Bondye ke yo te neglije kwè, nan…kòmandman Bondye yo, ki te lakòz lanmò, chagren, ak tout maladi ak lapenn, pou rate Pawòl Bondye a, yon sèl Pawòl! Si li te rale ras imen an nan lanmò, pa neglijans, nan pa kwè yon sèl Pawòl, “sètènman,” sètènman. Men Li te di sa ta pral rive. Satan di: “Se sèten sa p ap rive.” Men sa te rive.

Kifè, nou dwe kenbe chak Pawòl Bondye. E si imen an ak tout soufrans sa yo epi bagay ki te rive ras imen an, nan mal entèprete, oubyen—oubyen nan neglije kwè yon sèl Pawòl, kijan n ap retounen lè nou rate Youn, si sa te koute tout pri sa, menm lavi Pitit Li a?
PEN KOTIDYEN
Se lèt apre lèt, lèt apre lèt; liny apre liny, liny apre liny
Ezayi 28:10

03/05/25

Mesye, Nou Vle Wè Jezi 60-0109

Sèl fason pou wè Bondye se pou genyen L anndan ou, konsa Li ka itilize je ou. Ou va wè L. Men si w ap eseye wè L sou baz konsepsyon entelektyèl Pawòl Li, oswa sou yon zèv emosyonèl, sa p ap janm mache; Li dwe nan ou.

Lè sa a ou va rele depi lè solèy la leve jiskaske l kouche. Ou va gade ane majeste otòn nan k ap vini. Anvan jele a oswa fredi a frape latè, sèv la ap kite pyebwa a pou l desann nan rasin nan, li kache la a. Paske si l rete anlè, sezon ivè a va touye pyebwa a.

Lè sa a m poze tèt mwen yon kesyon, “ Ki entèlijans ki fè sèv la soti nan pyebwa a, desann nan rasin nan pou l kache pandan sezon ivè a?” O, enfidèl la p ap gen okenn rezon. Men lè Li antre, ou va remake L nan tout bagay.

PEN KOTIDYEN
Seyè a te fè latè ak fòs pouvwa Li. Li te etabli mond lan ak sajès Li.
Jeremi 51:15

02/05/25

Jezikri Se Menm Nan Yè, Jodi A Ak Pou Toutan 52-0810E

… Nan jaden Dedèn nan, te genyen de pyebwa; youn te konesans e lòt la te lafwa. Youn te Lavi. Youn te konesans lanmò, lòt la te lavi pa lafwa. Toutotan yo t ap manje pa lafwa nan pyebwa sa a, se te ok, yo t ap viv. Men lè li te monte sou lòt pyebwa a, li te mouri. Premye mòde l te fè, li te separe l de Bondye. Lòm toujou ap mòde nan pyebwa sa a. E chak fwa li pran yon moso konesans, li detwi tèt li. Bondye pa detwi anyen. Se lòm ki detwi tèt li atravè konesans.

Gade, li te mòde tèt li ak poud kanno, epi l touye kanmarad li yo. Li te mòde tèt li ak yon machin ki soti nan pyebwa a, epi l touye plis moun pase tout lagè ki te fèt yo. Èske se vre ? Konesans, Konesans, l ap manje nan pyebwa sa a.

Li te fè yon bonb idrojèn kounye a; m ap mande m kisa l pral fè avèk sa. Ou wè ? Men pwoblèm nan se, moun sa yo, yo sitèlman konte, sou pyebwa konesans lan, lè yo pa kapab konpran li ankò, yo di, “ vouzan.”

Koute, nan Non Seyè a, koute: lè ou paka konprann anyen ankò, se lè sa a pou kwè.

PEN KOTIDYEN
… Piga nou manje ladan l, piga nou manyen l menm. Sinon n ap mouri
Jenèz 3:3

01/05/25

SIY NAN 63-1128E

Lè Bondye te kòmanse egzòd la nan peyi Lejip, Li te rele Izrayèl soti nan peyi Lejip, pou l antre nan tè Li te pwomèt li a, pat gen ekskiz. Tout moun te dwe afiche san an.

Jodi a, egzòd la, se soti nan sistèm nan, pou antre nan Lepouz la. Kèlkeswa sistèm ou ladann lan, li toujou egzije Siy Lavi Jezikri a ankò. Anyen lòt p ap mache. Se Siy nan ki toujou egzije.

Chak nonm, menm si l te yon nonm onèt. Li te ka Fararon peyi Lejip la, e li te nonm ki pi enpòtan nan jou a, men siy nan te dwe aplike sou li, kèlkeswa jan l te enpòtan. Si l te yon evêk, prèt, kèlkeswa sa l ye a, prezidan, wa, potanta, monak, sa pagen anyen pou l wè ak sa. Bondye te rekonèt sèlman siy pèp alayans lan.

PEN KOTIDYEN
Toujou sonje alyans Li a. L ap kenbe pwomès Li pou tout tan tout tan.
1Chronik 16:15

30/04/25

IMAJ KRIS LA 59-0525

Otorite yo, te di m ke… anvan epòk yo te konn fann metal yo, pou yo retire kras nan lò a, retire fè a ak pirit. Pirit la sitèlman sanble ak vrè lò a, li rele “lò moun fou.” Men fason yo te konn debarase yo de tout bagay sa yo, yo te konn bat li avèk yon mato. Endyen yo te konn abitye fè sa. Ansyen òfèv yo te konn abitye fè l, bat li avèk yon mato, e yo te vire l tounen l, epi bat li jiskaske tout kras yo soti nan li. E sèl mwayen yo te konnen ke se lò a sèlman ki te rete, sete lè moun k ap bat li a te kapab wè figi l reflete nan lò a. Sila ki t ap bat li a te kontinye ap gade figi l ladann, jiskaske l te ka prèske raze bab li pa pwòp refleksyon l ki nan lò ke l te bat la.

E lè Sentespri Bondye kòmanse bat nou, ak mato Levanjil la, jiskaske tout bagay mond lan soti nan nou, konsa nou ka reflete imaj Seyè Bondye a, epi lè sa nou devni yon kretyen. Paske mo Kretyen an vledi “ sanble ak-Kris, epi reflete L.”

PEN KOTIDYEN
Mwen pral pase rès moun sa yo nan dife. Mwen pral netwaye yo menm jan yo netwaye lajan nan dife. Mwen pwal wè ki kalite moun yo ye menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon. Yo va rele M, M a reponn yo. Mwen va di se pèp Mwen. Y a di, Seyè Bondye m nan.
Zakari 13:9

29/04/25

Apokalips Chapit Kat Twazyèm Pati 61-0108

Adan e Èv te fè jis yon bon tabliye ke nenpòt Methodist, Batis, Presbyteryen, oswa Pannkotis te ka fè, li te kouvri nidite yo. Men, Bondye te ka wè atravè sa, konsa li touye yon bagay epi li pran yon po ki mouri─ yon po bèt ki mouri epi Li te kouvri l. San an te dwe pran plas li. Sa te rete kòlè L, Li te wè san an epi li te fè bak sou li, paske yon bagay te bay lavi l. O Bondye!

Reflechi sou sa! Sèl bagay ki pral fè Bondye fè bak se San an. Epi gen yon sèl San k ap fè L fè bak, e se San pwòp Pitit Gason L lan. Lè li wè se San pwòp pitit gason l lan, L ap fè bak . paske sa a se kado ki se … Bondye te bay Pitit Li a, pou rachte moun ke L te konnen
davans, epi L fè Bondye fè bak sou jijman L. Men, lè yo retire San sa a, epi tout sa yo te konnen davans yo te rele nan kò presye a, Legliz li a te pare epi li anlve, Apre sa kòlè Bondye a sou pèp la.
Oh, frè, pa janm dezire kanpe la a!

PEN KOTIDYEN
Se poutèt sa, Jezi te mourir lòt bò pòtay lavil la, pou L te ka mete pèp la nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye ak pwòp San pa Li ki te koule.
Ebre 13:12

28/04/25

PINGA PÈ, SE MWEN MENM 61-0414

Poukisa nou batize? Dlo p ap sove nou, men se pito yon obeyisans ak yon aksyon. Pran sent sèn p ap sove ou, men se pito swiv yon kòmandman. Ou sèlman…

frape kò ou sou lotèl la p ap geri ou, frape kò ou sou lotèl la p ap sove ou, ou ka frape kò ou sou lotèl la jiskaske ou pèdi souf epi—epi ou mouri la, ou toujou yon moun ki pa sove, jiskaske ou aksepte epi kwè ke Jezi te mouri nan plas ou, epi ou aksepte l kòm Sovè pèsonèl ou. Tout pastè ki la ka enpoze tout moun malad ki isi a lè men, epi priye pou yo depi kounye a, jouk rive demen swa, p ap janm gen anyen ki rive, jiskaske ou aksepte ke Jezi te fè l pou ou. Konsa tou, li pa depann de pastè yo, oubyen yon lòt, men li depann de pwòp lafwa nou nan yon zèv ki fini ke Kris te fè l pou nou sou Kalvè a.

PEN KOTIDYEN
Paske nou gen konfyans nan Li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa manke kontan paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouvwa Bondye a ansanm avèk Li.
Women 5:2

27/04/25

PÈSEVERE 64-0619

Tout ekipman Bondye yo sinatirèl. Kisa ekipman Bondye a ye? Lanmou, Kisa lanmou ye? Pwouve m pa lasyans ke gen yon bagay tankou lanmou. Ki kote l ye? E nou menm, konbyen nan nou ki renmen ? Leve men nou; renmen madanm nou, renmen frè nou, renmen zanmi nou yo? Bon, m vle yon moun, pa lasyans, pwouve m ki pati nan li ki se lanmou. Ki kote ou al achte l, nan ki famasi? M vle anpil ladann, lanmou. Lajwa, ou gen lajwa? Lapè, tanperans, dousè, pasyans, kisa yo ye? Yo tout sinatirèl.

Bondye se sinatirèl. Ou pa pwouve Bondye pa lasyans. Ou kwè Bondye. Ou kwè sa. Si ou pa kwè sa, lè sa a, yon nonm ki di, “ tout sa ki pa syantifik, li pa òtodòx, li pa vre,” lè sa a nonm sa p ap janm yon kretyen. Li dwe kwè. Se pa lafwa nou kwè Bondye ; se pa pa edikasyon, se pa pa teyoloji. Sèlman pa lafwa nou sove.”

PEN KOTIDYEN
… Tout sa ou fè san konviksyon se peche. Women 14:23

26/04/25

EL SHADDAI 60-0802

Kisa maladi ye? Maladi se atribi peche. Anvan nou te gen maladi, nou pat gen peche. Peche se rezilta maladi, petèt se pa peche pa ou, se peche paran ou yo. Se tankou yo te ba ou l lè ou t ap pran nesans, yon bagay konsa.

Bon, ou pa dwe jis… si se yon gwo dragon oswa yon— oswa yon bèt tankou yon lyon, ki te gen pat li kwoke bò kote m, ki ta yon timè oswa yon kansè, epi l t ap eseye touye m. Ou pa bezwen ap eseye koupe pye l pou yon gerizon Divin. Se pou jis frape l nan tèt, sa ap touye tout bagay la nèt.

E lè Jezi te mouri pou peche yo, Li te mouri pou tout atribi ke peche te toujou pwodui. Ou wè ? Kidonk lè peche te fini, se te tout bagay ki te fini, se plan redanmsyon konplè a. Kidonk nou se… si ou jis frape l nan tèt ak kesyon peche a, lè sa a ou touye peche, ou touye tout atribi ki nan li. Wè ?

Kisa peche ye? Enkredilite. Kidonk lè ou touye tout enkredilite, la a, ou konnen ke Pawòl Bondye se sa, ke Li se menm nan ayè, ak pou touttan, kidonk tout pwomès yo se pou ou. Al mache nan tout peyi a, yo tout se pou ou. Se pou ou yo ye. Jis pwofite l; se pou ou yo ye. Bondye te ba ou l.

PEN KOTIDYEN
… Mwen sanble m pa gen anyen, men se mwen ki gen tout bagay.
2 Korentyen 6 :10

25/04/25

AL DI DISIP MWEN YO 53-0405

Lè pwofèt sa te antre nan Lespri, Bondye kòmanse montre l kisa ki ta pral pran plas; te gen yon Moun Ki t ap gen pou retire peche nan mond lan e Ki t ap pou resisite ankò. Li te wè rezireksyon Seyè a. M renmen sa, lè m panse ak sa. Li te leve. Li te souke kò L.

Li te chita nan sann nan. O la la! Sa nou rele jodi a, madichon te frape kay li. Yo te touye tout pitit li yo. Tout richès li yo te disparèt. Sante l te degrade. Li te kouche la, yon Kretyen, oswa yon kwayan, kouche la a , abandone. Menm moun legliz li yo te vire do ba li , Li te chita la, ap grate maleng li yo.

Aprè ke Lespri Seyè a te vin sou li, li te wè rezireksyon an nan maten sa a, ou konnen, li te kanpe, epi l te di, “ Mwen konnen Redanmtè m nan vivan, nan dènye jou yo Li pral kanpe sou latè. Malgre vè ki sou po m yo ap detui kò sa a, poutan nan kò mwen, mwen va wè Bondye ; Ki moun m va wè pou m- … ” Li te konnen li t ap wè L nan dènye jou yo, paske pral genyen yon rezireksyon, yon rezireksyon jeneral.

PEN KOTIDYEN
Mwen menm, mwen konnen Redanmtè m nan byen vivan. Se Li menm andènye k ap kanpe sou latè pou pale pou mwen. Apre m fin mouri, l ap mete m kanpe bò kote L. M a wè Bondye ak pwòp je m.
Jòb 19: 25-26

24/04/25

PREZIME 62-0408

Ou dwe gen yon batay. Si tout bagay vin febli, tout bagay al dousman, poukisa, ou, kisa—kisa ou ap venk la? Yo te venk ak Pawòl Bondye, ak temwayaj yo, e ak San Kris la.

Ou dwe venk yon bagay, epi ou dwe genyen obstak. Moun ki gen diferan ak meli melo avèk ou, epi ki di ou ou se yon sen k ap woule atè, ak bagay sa yo, ki devan ou, se yon eprèv. Si ou pagen sa, lè sa a, ou pa menm nan batay la.

Poukisa ou antre nan legliz…? Poukisa ou antre nan lame epi swiv fòmasyon? Pou fè pòs, fè defile nan lari ak espektak? Se fason sa kèk kretyen aji, nou vle pou yo admire nou. Yo pa pral admire ou, yo pral meprize ou, “ Paske tout moun ki vle sèvi Bondye ansanm ak Jezikri gen pou soufri pèsekisyon.” Pran Epe a, libere ou de tout bagay, epi kontinye avanse.
PEN KOTIDYEN
Mennen batay pou lafwa a byen. Kenbe lavi ki p ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou te konnen lavi sa a….
1 Timote 6: 12

23/04/25

Lòd Legliz 63-1226

Bon, m p ap chache pou m pran otorite oswa yon bagay konsa, men ou wè, yon nonm oswa yon lòt bagay ki gen de tèt, li-li pa konnen ki kote pou l ale. Bondye pat janm gen de tèt pou Legliz Li a, Li pat janm fè l, se yon sèl tèt Li te toujou genyen. Li te toujou aji nan tout jenerzasyon yo kòm nou te etidye l atravè Ekriti yo, Li te toujou gen yon moun ke Li te konn aji avèk Li. Paske lè ou gen de moun, ou gen de opinyon. Epi ou dwe rive ak yon absoli final, e absoli mwen se Pawòl la, Bib la. E Antanke pastè legliz isi a, absoli mwen se Pawòl la, e mwen vle… mwen konnen nou , frè m yo, ke nou konsidere m tankou absoli nou de sa ke… toutotan m ap swiv Bondye, tankou Pòl te di nan Ekriti yo, “ Se pou nou swiv mwen, menm jan m ap swiv Kris.”

PEN KOTIDYEN
Tanpri, pran egzanp sou mwen.
1 Kòrentyen 4 :16

22/04/25

Peche Ki Paka Padone 54-1024

… Men jou a te rive lè Limyè Levanjil klere. Le… legliz Kretyen teyoloji yo mouri. Li echwe. Bondye ap pran nou kounye a, pou revele Tèt-Li ankò, atravè Legliz Li a, Kò resisite Seyè Jezikri a. Li resisite l de fason legliz fonksyone ; Li resisite l de legliz fòmalis frèt yo; Li resisite l de fanatik. Bondye pwodui yon pakèt zo epi L mete chè sou po yo, nan Pwisans Sentespri ki pral pote Levanjil la nan dènye jou sa yo, avèk siy epi mirak, jouk mond lan fini. Yo pral anseye Bib la. Yo pral kanpe avè L. Yo pral viv avè L. Yo p ap fè okenn konpwomi, ni adwat ni agoch. Se vre. Yo va kanpe ak Pawòl la, epi y ap avanse. Epi Bondye ap avèk yo, chak jou, pou konfime Pawòl la, avèk siy ak mirak ki va swiv. Alelouya ! Nou menm zetwal maten, leve epi klere! Alelouya !

PEN KOTIDYEN
Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon vil ki bati sou mòn.
Matye 5:14

21/04/25

EVANJELIZASYON NAN TAN LAFEN AN 62-0603

Chak aj te genyen mesaj li ak mesaje li. Atravè epòk yo, chak aj te pote mesaj li avèk yon mesaje. Bondye, nan chak dispansasyon, te voye yon moun ki te wenn ak Sentespri a, pou pote Mesaj Li a pou aj sa a, Li fè sa chak fwa.

Bon, nou ta dwe rekòmanse, pou n tounen dèyè yon ti kras. Depi menm nan kòmansman an, se Bondye ki te Mesaje a nan kòmansman an, pou di Adan ak Èv, “ nou mèt manje sa, men pinga fè sa,” Se te Mesaj la. E lè lòm te franchi Mesaj pou lè a, sa te pote lanmò ak kawo nan tout ras imen an. Kounye a, se nan pwen sa a Mesaj la ye. Epi sonje ke Èv pat nye nèt sa Bondye te di, sè ke Èv te kwè, se te pran sa Bondye di epi blanchi l oswa—- oswa jis mal entèprete l yon ti kras, jis mete yon ti kras sou Li oswa retire yon ti kras ladann L.

Se rezon ki fè m kwè ke Pawòl la se Verite.

PEN KOTIDYEN
Moun Bondye voye a, se Pawòl Bondye l ap pale, paske Bondye ba li Sentespri san mezi. Jan 3:34

20/04/25

Konvenki Epi Konsène 62-0610E

Mwen konvenki ke Li se menm nan ayè , jodi a, ak pou tout tan. Mwen konvenki, nan ministè a, ak nan Mesaj, ke m ap preche a, mwen konvenki ke L se Verite. Mwen konvenki ke vizyon sa yo soti nan Bondye. Mwen konvenki ke n ap viv nan dènye jou yo. Mwen konvenki ke menm Lespri sa a ki sou mwen an kounye a se Sentespri a. Glwa!

Mwen totalman konvenki. Mwen konvenki ke chimen Sentespri a bon. Mwen konvenki ke chimen Bib la se Verite. Mwen konvenki ke Sa a se Jezikri ki isi a kounye a. Mwen konvenki. Si nou kwè Li nan minit sa a, mwen konvenki ke Li ka geri chak moun malad nan yon moman, nan yon bat je. Mwen konvenki ke L ka devèse Sentespri isi a, jouk gen yon rèl , ke l ap difisil pou di sa k ap pase.

Mwen konvenki. M kwè l ak tout kè m.

PEN KOTIDYEN
Li se wòch mwen ak sali mwen. Se Li ki tout defans mwen, Li p ap janm kite anyen rive m. Sòm 62:6

19/04/25

Sajès Kont Lafwa 62-0401

Legliz Bondye Vivan, ki isi a epi k ap koute kasèt yo, tou, èske nou konnen ki kote n kanpe? Èske nou konnen ke Bondye te rele nou, ke Sentespri a ap reye nan kè nou, epi tout Pawòl Bondye vin reyèl pou nou? O, frè! Kijan Satan ka kanpe anfas sa? Kijan l pral anpeche bagay sa a pwogrese? Kijan l pral anpeche siy yo swiv Li? Bon, ou ka lage yo nan prizon. Yo, si ou te ka, sa w ap fè a pa enterese m, yo te eseye l. Yo te pouri nan prizon. Lyon te manje yo. Yo te siye yo ande. Yo te dechalbore yo. Ou paka touye L, se vre, yon Legliz ki predestine. “ Sa yo Li te konnen davans,” tankou L te di Jezi, “ Li te rele yo. Sa yo li te rele, Li te jistifye yo. E sa yo Li te jistifye, Li te deja glorifye yo, predestine.”

Kounye a, nan dènye jou yo, tout semans yo simen; tout bagay nan lòd, mond lan nan lòd li, tan an ap pwogrese, Legliz la nan lòd Li, Semans lan, Limyè aswè a, siy yo tankou Li te di, “ Menm jan l te ye nan jou Sodòm yo.” Yon Anj Bondye, Sentespri a, desann, deplase, ap fè siy ke L te konn fè anvan. Pwomès Malachi 4 ke L te voye, nan dènye jou yo, sa Li te pwomèt la. Nou wè tout bagay sa yo la a. Ki kote ? Ki kote?

Amèn ! Amèn! Amèn! Amèn!

PEN KOTIDYEN
Tout kreyasyon Bondye a ap tann konsa kilè pitit Bondye yo va parèt.
Women 8:19

18/04/25

Nou Vle Wè Jezi 57-0516

Lè yon nonm konvèti, je l yo fixe sou Kalvè a. Si l yon ti kras nève, si ou pa obsève l, l ap vire bò kote fanatik yo. Si l se yon save, l ap vire bò kote moun ki gen gwo kòlèt monte yo. Men nan mitan wout la ou jwenn Legliz Bondye vivan an, ki gen yon lespri sen, ki refèt yon dezyèm fwa, epi se Lespri a ki gide l, l ale dwat sou wout Kris la. Reyalite a vin toude bò yo. Youn ale nan yon sans, lòt la ale nan lòt sans lan, swa l ap montre konpòtman fanatik li, swa l ap montre kijan l save epi li twò rèd pou l imilye l. Yo plis pa konn anyen de Pawòl la pase yo konnen de Otè a. Pou konnen ke Pawòl la se pa Lavi a, men pou konnen Li se Lavi a: pou konnen Li-menm. Ou pa bezwen pou se yon save; ou bezwen pou se yon moun ki soumèt.

PEN KOTIDYEN
… Se pou nou rete fèm, byen anrasinen nan konfyans nou, san nou pa pèdi espwa nou genyen depi lè nou te tande bòn nouvèl la. Se bòn nouvèl sa a yo te anonse bay tout moun ki sou latè… Kolosyen 1:23

17/04/25

Entre Nan Lespri 61-0428

Sa pa gade m si nonm sa a gen tò. Si l gen tò epi li sensè nan kè l, epi ou menm ou gen rezon nan kwayans ou epi— epi ou gen tò nan fason ou aji. M ta pito nan plas li pase m nan plas ou a. Se vre.

M pito gen tò nan doktrin mwen an, epi m gen rezon nan kè m, Bondye ap plis respekte sa. Si yon nonm gen tò, ebyen sak pase ? Ede l, li bezwen èd, renmen l. Si ou paka renmen enmi ou menm jan ou renmen moun ki renmen ou yo, ou pa lòt bagay ke yon pibliken. Se vre. Se sak fè legliz echwe. M espere nou konpran li aswè a, m espere nou wè de kisa m ap pale.

Se retounen ak lanmou, yon lanmou ki rachte, tout lòt bagay yo bon, men nou dwe retounen ak kominyon youn ak lòt. Epi moun yo ap di ke m ap konbat òganizasyon yo, se pa sa m ap fè, m ap konbat sistèm sa a k ap kraze fratènite a. Mwen te toujou fè l, e m ap toujou fè l, se vre.

PEN KOTIDYEN
Men Mwen menm, men sa m ap di nou, renmen tout enmi nou yo, lapriyè pou moun k ap pèsekite nou. Matye 5:44

16/04/25

KONVENKI EPI KONSÈNE 62-1125 M

Djyòb mwen se simen semans lan. M pa konnen kote l ap tonbe, men m jis simen L. Bondye ap konfime. Nenpòt kote L rive, epi nenpòt kote L frape konsa, L ap rejwenn Lavi ankò si L nan bon tè. Si L sou yon wòch, m p ap ka ede l. Yon fondasyon denominasyonèl, m p ap ka ede l. Yon sèl bagay, m ap jis kontinye simen semans yo. Mwen konnen l ap vini. M kwè l. M vle viv pou sa. Mwen konvenki ke l ap vini. Mwen konvenki ke l ap vini talè konsa. Mwen konvenki.

PEN KOTIDYEN
Vini non, Seyè Jezi
Apokalips 22:20

15/04/25

Men K Ap Ekri Sou Miray La 58-0130

Kisa ou ap fè la ? Jis fè ale vini nan ba yo, ak ozalantou lòt kote yo, epi desann nan yon bal ròkenròl, epi ale nan ti legliz fòmèl la; pou tande pastè a k ap preche sou yon bagay. O Li chatouye zòrèy ou, men wi, sètènman, jis yon bagay; paske se on tikè pou al manje.

Nou pat janm anplwaye m pou m vin isi a, nou pap kapab voye m ale, paske mwen se anplwaye Bondye. Se vre. Pagen okenn evèk, pagen okenn achevèk, ni okenn legliz ki ka di m sa pou m preche; mwen tande Bondye, mwen gen Mesaj li a, se tou. M pa pran lanjan nou, mwen pat vin pou lajan nou, mwen pa vle l.

Mwen vini pou m avèti nou, nan Non Kris la, prepare nou, lè a rive, e sa ka rive anvan demen maten: finisman aj legliz la.

PEN KOTIDYEN
Depi lè sa a, Jezi kòmanse ap mache bay mesaj Li a. Li t ap di: “ tounen vin jwenn Bondye. Paske, Wayòm syèl la rive.
Matye 4:17

14/04/25

Twazyèm Egzòd La 63-0630M

Mwen espere ke lespri espirityèl la ka sezi sa. M sèten ke w kapab fè sa. Men, m ap mande m, pou deyò a. Antouka, ou pa ka vizite tout nasyon yo. Ou ka voye kasèt ba yo. Bondye va gen kèk fason pou kapte lespri sa a deyè a kote semans lan simen an. Se vre. Epi menm kote ke limyè a frape l [Frè Branham bat men l ‘yon fwa-Ed.], Li pati, li pran vi. Tankou ti fanm lan nan pwi a, li te di, “Men Li.” Li te sezi li.

PEN KOTIDYEN
Bòn nouvèl wayòm nan va preche toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesaj la. Se lè sa a atò lafen an va rive.
Matye 24:14

13/04/25

Jounen Jodi A Ekriti Sa A Akonpli
65-0219

Kounye a, nou jwenn Li , kòm Li pa t ap asosye Li ak yo, Li pa t ap gen anyen pou L fè nan ran yo, konsa Li te yon rejte. Li patap gen okenn…

Anplis de sa, li te antre nan tanp lan yon jou. Yon Nonm te antre la a epi L te jwenn kay Bondye a kontamine menm jan l ye jodi a. Yo t ap achte, vann, chanje lajan. Apre sa, li vire tab la tèt anba. Li te pran kòd epi trese yo, epi Li te bat chanjè lajan yo deyò tanp
lan. Epi li gade yo ak kòlè, li di: “ Li te ekri, aleluia, “Lakay Papa m se yon kay pou lapriyè. epi nou fè l tounen kavènn pou vòlè. Epi nou menm, ak tradisyon nou yo, nou fè kòmandman Bondye yo vin san zefè.”

O, èske yon bann moun konsa ta janm kwè nan Li ? Non, mesye. Yo te tèlman ap woule tankou kochon nan labou sosyete a ak salte jounen jodi a, jiskaske yo te tèlman eklezyastik konjele opwen ke yo pa t kapab santi vibrasyon pouvwa Bondye Toupisan an. Se pa etonan ti dam nan te ka manyen rad Li epi l te geri ; epi yon sòlda sou te ka krache nan figi L, Li pa santi okenn fòs! Sa depan de fason ou apwoche Li. Sa depann de sa w ap chèche a. Lè w al legliz, sa depan de sa w ap chèche a

PEN KOTIDYEN
Yo te maltrete L, men Li-menm se bese Li te bese tèt Li ase. Tankou yon ti mouton y ap mennen labatwa, Li pat janm louvri bouch Li di krik.
Ezayi 53:7

12/04/25

ÈSKE OU KWÈ SA? 50-0716

Si nou te janm konnen ki Moun vrèmen Jezi ye, lè sa a nou t ap apresye pi plis toujou gwo sakrifis Li a. Nou dwe konnen ki Moun Li ye, anvan.

Li pat sèlman yon nonm jis, oswa yon bon gason. Li te Fis de Dye. Okenn moun, okenn Zanj, anyen lòt pat ka pran plas la sèlman Li menm. E Li te vle desann pou nou.

E lè L te fèt, Li te fèt isi a sou latè, Li te vini nan yon pak bèt, epi lè Li te ale Li te pran wout pèn kapital I la. Poutan, kèkfwa n ap plenyen paske nou gen kèk eprèv ak pwoblèm. Bon, gade kisa L— kisa ki te rive L.

Nou konn poukisa L te fèt nan yon pak bèt? Paske L te yon Mouton. Mouton yo pa fèt nan kay; yo fèt kote yo gade bèt. E Li te… Èske n te remake sou Kalvè a, yo te mennen L nan labatwa. Se fason sa a yo fè mouton yo. Yo mennen yo nan labatwa. Li te Ayo Bondye, Ayo ki te founi, ki te founi pou nou, pou ke nou menm pechè te ka gen aksè ak Bondye atravè Li.

PEN KOTIDYEN
… Ti Mouton yo te touye a merite vre pou yo ba L pouvwa, richès, sajès ak fòs, respè, onè, glwa, epi benediksyon.
Apokalips 5:12

10/04/25

Nou Te Wè Zetwal Li A Epi Nou Vini Pou N Adore Li 63-1216

Kèkfwa nou panse ke, fado nou yo. M ka foure sa a la, ke, nou panse fado nou yo sitèlman lou kèkfwa, ke pagen anyen tankou l nan mond. Èske ou konnen ke tout bagay sa yo se pou byen ou? Yo tout la pou modle ou, fasone ou. Pwofèt yo ak moun ki saj yo te modle dèyè dezè a, anba solèy cho, atravè tribilasyon ak eprèv, avèk pèsekisyon. Epi bagay sa yo nou genyen jodi a, pagen anyen ki rive nou ki pat rive lòt Kretyen yo, anvan. Gen lòt Kretyen ki te dwe kanpe nan fènwa tankou sa a, e menm yo te bay lyon manje yo pou temwayaj yo.

PEN KOTIDYEN
Paske eprèv lafwa ou ki pi presye ke lò k ap peri (men yo pase l nan dife) eprèv lafwa sa a ap gen pou rezilta lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt.
1 Pyè 1:7

09/04/25

ABRAHAM 56-1208

Bondye se yon Bondye varyete. Li gen gwo kolin ak ti kolin. Li gen plèn, rivyè, mòn, gazon. Li gen ti pyebwa, gwo pyebwa, flè blan, flè ble, flè wouj. Li gen… Li se yon varyete epi pèp Li a se yon pèp varyete; epi Li fè tout bagay pou fè tèt Li plezi. Gade — gade tè a. Ou ka wè kisa lanmou Bondye ye, e se sa li pral ye nan rezireksyon an. O, mwen kontan pou sa, e ou menm ou pa kontan? Lè n panse ke yon jou nou va wè Li jan L ye a.

Yon moun te di m pa lontan sa, li te di, “ Frè Branham, èske nou va konnen— èske m va konnen manman m?”

“ Se pa sèlman manman ou ou pral konnen, men ou pral konnen tout manman. Ou pral konnen tout moun.”

“ O,” li te reponn, “ bon, bagay sa ridikil.”

“O, non, non. Sou Mòn Transfigirasyon an, Pyè, Jak ak Jan pat janm wè Moyiz oswa Eli, men lè yo te sou enspirasyon, yo te rekonèt yo menm kote yo te parèt men yo pat janm wè yo.” Èske se pa vre ? Men nou va konnen youn lòt. Piga enkyete ou pou sa, ou va konnen l.

PEN KOTIDYEN
Sila ki te resisite Jezikri nan mitan lanmò a, va bay kò nou yo ki la pou mouri a lavi, pa pouvwa Lespri Li a ki rete nan nou.
Women 8:11

08/04/25

DEKONTAJ 62-0909 M

Sentespri se pwisans pou sèvis la. Kidonk lè yo di ou dwe ne denouvo , epi yo aplike sa ak Sentespri a, anpil Metodis ak lòt yo nan erè la. Li pa kapab. Sa p ap ka adapte ak Ekriti ki isi a. Ou pase akote bagay la. Ou dwe pran l nan fason Ekriti a te plase l isi a. Ou wè? Epi Sentespri a se yon… “ Ou va resevwa nouvèl Nesans lan apre sa”? Kisa? Non. “ Ou va resevwa pwisans lan,” Akt 1:8, “ Apre sa Sentespri a va vin sou ou.” Ou wè? Epi yo te deja kwè nan Lavi Etènèl la, ak lòt bagay yo, men yo te dwe resevwa Sentespri a kòm pwisans. “Nou va temwen Mwen apre Sentespri a va vin sou nou.” Paske Sentespri a se temwen rezireksyon an, k ap montre ke ou vin granmoun nan Kris.

PEN KOTIDYEN
Se pat avèk pawòl ase mwen te anonse nou Levanjil la. Men tou se te avèk pwisans Sentespri a, e avèk anpil asirans.
1 Tesalonisyen 1:5

07/04/25

Lache Presyon An 63-0113M

Kretyen, k ap mache de yon denominasyon ak yon lòt, montre ke yo pa janm rive nan refij sa a. Ou wè ?

Kèkfwa yo ale nan seminè yo . Se byen. Epi yo aprann Pawòl la nan pibon fason ke yo kapab. Yo rantre lakay yo, epi yo eseye pale de Pawòl sa a toutotan denominasyon yo a pèmèt yo fè l. Bon se ok. Men se pa sa l ye. Se pa pou konnen Pawòl Li a, se pou konnen L Li-menm. Li-menm! men wi, se sak konte! Se pa konbyen Pawòl ou konnen, ki bon jan legliz ou genyen, ki enpòtans denominasyon nou an genyen pou mond lan, kijan nou alabri gras ak sa, e kijan de kominyon nou genyen ak mond lan, ki kalite moun ki vin lakay nou. Se ou menm. Èske ou anba San an? Sèlman ou menm, kòm yon endividi, sa pa gade m si tout moun nan asanble a nan erè. Ou toujou ansekirite. Ou anba San an.

PEN KOTIDYEN
Si ou pè sa moun ap di, ou antrave. Men, si ou mete konfyans ou nan Seyè a, ou pa bezwen pè anyen. Pwovèb 29:25

06/04/25

INYON ENVIZIB LEPOUZ KRIS LA
65-1125

Bondye byenneme, nou rasanble solanèlman kounye a, se vrèman yon jou aksyon de gras, Seyè. Mwen rekonesan, Seyè, ke m ap viv nan jou jodi a. Se pi bèl jou. Apot Pòl te anvi wè jou sa a anpil. Gran mesye tan lontan yo te anvi wè l anpil. Pwofèt yo te anvi wè l anpil. Yo t ap tann jou sa a. Abraham t ap tann jou sa a, paske li t ap chache yon Vil kote Achitèk epi Konstriktè a te Bondye; li pandye jis anlè nou, aswè a. Jan te wè Lespri Bondye a desann sot nan Syèl la, li rann temwayaj, li te konnen ke se te Fis de Dye a. Epi, n ap panse kounye a,ke L ap chwazi
Lepouz Li a.

Bondye byenneme, toupatou nan peyi a, pale avèk kè yo. Se Ou sèl ki ka chanje kè yo. Si pat gen Semans ki te simen nan kòmansman an, yo pa t ap janm wè L, Seyè. Yo jis… “Avèg la pral kondwi avèg la. Yo pral tonbe nan twou a”, se sèten, paske Pawòl Ou di l.

PEN KOTIDYEN
Antre nan Tanp Li, di L mèsi. Antre kote ki apa pou Li a, chante pou Li. Wi fè lwanj Li, di L mèsi. Sòm 100:4

05/04/25

MONTRE NOU PAPA A EPI N AP SATISFÈ 53-0611

Bon, lè lanmò frape yon ti flè, ou remake li bese ti tèt li, jis tankou se yon reverans l ap fè. Petal yo tonbe, epi fèy yo tonbe, epi yon ti semans nwa tonbe. Lè sa a gen yon pwosesis antèman. Lapli a vini epi li kriye nan sezon otòn nan pandan ane a epi li antere ti endividi a.

Aprè sa premye bagay ou konnen fredi a parèt. Petèt ti grenn lan kouche la prèske nan fon latè kote lapli sezon otòn nan te antere l la, aprè yon ti moman, gren… bon fredi a vini epi l ap jele. Lè sa a ti vye grenn la ap friz. Chè grenn nan eklate, Li soti nan li. Grenn ki eklate a ouvri epi chè a soti. Aprè sa sezon ivè a kontinye atravè tanpèt nèj sou tanpèt nèj sou tanpèt nèj.

Aprè yon ti tan bò fevriye, dènye semèn mwa fevriye a, premye semèn mwa mas, bwa ki kenbe fèy la ale, rasin ki pote grenn nan ale, grenn nan ale, chè ki nan grenn nan ale, petal la ale, flè a ale. Tout bagay ki la a ale. Èske se fen flè sa a ? Non, mesye; jis kite solèy la a chofe tè a ankò epi flè sa a pral reviv ankò. Poukisa? Gen yon jèm lavi nan flè sa a ke pèsòn paka jwenn oswa okenn ivè paka friz. Bondye te fè l nan pwòp fason L, epi ti jèm lavi flè sa a te prezève nan tè a, pou flè sa a ka reviv ankò.

Bon, si Bondye te fè yon mwayen pou yon flè ka reviv ankò, e lòm menm Li te fè ak imaj Li? Gen yon mwayen yon kote pou reviv ankò.

PEN KOTIDYEN
Èske moun mouri ka lève? Sa pa fè anyen. Mwen ta tann move tan sa a fin pase, jouk sa ta bon pou mwen ankò.
Jòb 14:14

04/04/25

CHIMEN POU RETOUNEN AN 62-1123

Bondye toujou gen yon moun yon kote ke L ka montre l yon bagay epi moun nan di, “ Se sa l ye.” O, mwen vle fè pati kantite sa a. Mwen sèten nou tout vle la, se dezi chak kè. Nou vle fè pati kantite sa a ke Bondye ka di, “ Sa se moun pa M yo. Gade yo, yo se egzanp de sa M ye. Yo reflete lavi M nan lavi yo, yo soumèt lavi yo, epi M reflete pa M nan, Lavi, atravè lavi yo.” Ala bèl bagay! Ala… Konbyen sa dwe fè Bondye santi L byen lè L konnen gen yon moun ke Li ka mete konfyans Li nan li.

PEN KOTIDYEN
…Men, moun ki mete konfyans yo nan Mwen va rete nan peyi a, y a rete sou mòn ki sen an.
Ezayi 57:13

03/04/25

Bondye Bay Moyiz Komisyon An 53-0508

Bon, nou vle pale de yon bagay ki pa gen sans, ann gade sakap pase anba a sou ti mòn nan kounye a. Yon bèl matine konsa, solèy te fenk leve, zwazo yo t ap chante, men yon vye granmou ki genyen katreven zan ap proche, moustach li yo t ap vole yon bò, epi men longè cheve gri yo dèyè do l, li t ap galope sou yon ti bourik avèk yon madanm ki chita ankalifouchon avek yon ti gason bò hanch li, yon baton kwochi nan men l. Men li ki prale.

“ Ki kote ou prale Moyiz ?”

“ M ap desann nan peyi Lejip pou m ka pran kontwòl !” Yon envazyon pa yon sèl nonm, ki pral nan peyi Lejip. Bon, Lejip te ka vin pran kontwòl Larisi.

Se la ou te jwenn pibon zouti mekanik, men Bondye te di l, “ M pral voye ou anba a pou pran kontwòl.”

“ Ebyen, ou vle di ou pral pran kontwòl ?”

“ Sèten.”

“Poukisa? Pa…”

“ Wi, Bondye te di sa.” Se vre.

Ou di, “ Èske ou pral pran l?”

“Sèten, nou pral pran kontwol kounye a, se tou. Bondye te di sa.” Se vre. Toutotan Bondye di sa, amèn. Sa— sa regle tout bagay.

Si Bondye di sa, ou ka fè l. Èske se vre ? Ebyen, ann pran kontwol kounye a, epi pou n di dyab la ke li pagen anyen li ka fè avèk nou. Tout moun ki malad pral geri; tout je ki avèg pral louvri; tout moun ki soud pral tande; tout lang ki bèbè pral pale; tout pechè pral vin sou lotèl la epi bay Kris kè yo. Nou pral pran kontwòl. Ou wè ? Bondye ba nou li. Kontinye pran kontwòl.

PEN KOTIDYEN
Mwen ba nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou. Pou anyen pa kapab fè nou mal.
Lik 10:14

2/04/25

Apèl Abraham nan 55-1116

Bon, gade la a kisa Bondye te fè pou nou. Bondye te manifeste nan lachè, Li te pran Pwòp Pitit Gason Li an Li mennen L sou Kalvè a, e la a Li te touye Pwòp Pitit Gason Li a sou kwa Kalvè a pou l fè yon alyans avèk ras imen an. E lè L te fè sa a, Li te klouwe L sou lakwa, se te, sakrifis lanmò a, epi retire Sentespri a sou Li. “ Mwen remèt Lespri M nan men Ou,” San t ap koule bò kote L, nan men L ak nan pye L. Bondye te retire Lespri a sou Li, mete kò Li nan tonb lan, resisite L nan twazyèm jou, epi chita adwat Li, epi revoye rès kontra a bay Legliz la, ki se te menm Sentespri sa a ki te sou Kris, te vini sou Legliz la. E se sèl mwayen pou nou reyisi nan Jou Jijman an se menm Sentespri sa a ki te sou Jezikri a k ap rete annamoni, avèk Madanm Li a atravè Kò a. Amèn.

PEN KOTIDYEN
Paske Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit Li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan Li p ap pèdi lavi yo. Okontrè y a gen lavi ki p ap janm fini an.
Jan 3:16

1/04/25

Èske Ou Kwè Sa 50-0115

Yon jou lè m te genyen premye reynyon mwen an avèk moun sentete yo. Mwen te nan St-Louis, mwen te rankontre reveran Robert Daugherty. Li te genyen yon reynyon anba tant. Mwen te monte anwo a nwit sa a, epi pitit fi l te fenk geri. Temwayaj li a te ekri la a.

Li te pase pran m pou ale nan reynyon an kote li t ap fè l la. Li te monte la a, epi li te kòmanse preche, e se premye fwa mwen te tande yon predikatè Pannkotis k ap preche. Nèg sa a preche jiskaske jenou l yo vin fèb. Li tonbe atè, jiskaske l reprann souf li. Ou te ka tande l jiska de mèt lè l ap preche.

Yon moun te di m, “ Èske ou se yon predikatè ?”

Mwen te reponn, “ Non, mesye.” Non, non. Vye fason dousman legliz Batis mwen an pa pèmèt mwen pou m panse rapid Konsa. Se tou. Mwen jis… mwen pat yon predikatè aprè m fin tande sa a. Kidonk depi lè sa a mwen fè silans lè m nan mitan moun Full Gospel yo lè y ap pale de predikatè. Mwen jis kite l mache. Mwen di, “ Non, m ap priye pou malad yo.” kite l mache konsa.

Men m byen renmen vini jodi a konsa, pou m eseye li kèk Pawòl epi eksplike l nan pibon fason m kapab; paske tout… Mwen kwè ke Li se verite. Tout Pawòl Bondye se verite.

PEN KOTIDYEN

Okontrè, mwen fè tout moun konnen verite a jan l ye a. Se Konsa bagay sa yo rekòmande mwen devan Bondye bay tout moun ki gen konsyans.
2 Kòrentyen 4:2

31/03/25

Pomad nan Galaad 61-0218

Men sonje, frè m yo, mesaj sa a sipoze souke nasyon an oubyen souke legliz la. Piga chache yon gwo bagay k ap desann nan koridò. Mesaj Bondye a pral pou egzakteman Legliz eli a. Siy yo ak mirak yo p ap janm fèt devan mond lan; yo pa sipoze fèt devan yo.

Prezidan konpayi Rose Whiskey Kat la, madanm li te… li te yon—yon Alyans Misyonè. Li te nan youn nan reynyon yo; li te rele fr Bosworth, kite yon Alyans Misyonè tou, epi li te di, “Pwoblèm nan sèke, nou pa kite don an epanouyi.“ li te di, “Sa m te wè swa pase a te ka fèt nan kapital la elatriye, nan nasyon an, bon,” li te di, “ sa te ka konvèti—- fè tout mond lan nèt rantre nan Krisyanis.” Men ou wè, yo pat voye l pou nasyon an. Ou wè? Yo te voye l pou Legliz eli a. Ou wè, ou pa….

“O,” yo di, “ mete non ou sou yon gwo pankat, epi touche pi gwo plas yo. Ale nan yon stasyon televizyon.” Li pat fèt pou sa. Yo te jis voye m pou ou, legliz, e se tou. Kounye a, kwè l ak tout kè ou.

PEN KOTIDYEN
Paske, li te vle pou legliz la parèt devan L nan tout bèl pouvwa Li, byen pwòp, San okenn defo, ni okenn tâche, ni okenn pli, ni okenn mank.
Efezyen 5:27

25-0330

Konvenki Epi Konsène 62-0610E

Bon, Bib la di, “Nan dènye jou yo, antikris la ap gen pou l sitèlman relijye, epi l ap tèlman sanble ak bagay reyèl la, jouk li te ka sedwi vrè eli a si sa te posib.” Men, sa p ap ka fèt. Se vre. Epi, “ Tout.” “ L ap gen pou l sedui tout, sa ki sou latè, sa yo ke non yo pat ekri nan Liv Lavi Ayo a.”depi dènye revèy la ? Sa pa sonnen menm jan ak Bib la, epavre? [ Asanble a Di, “ Non.” —Ed.] “Depi fondasyon mond lan.” Ou p ap sedui yo, ’paske yo repoze sou Pawòl la. Lè yo wè bagay sa yo parèt, Se Lavi, yo sezi L menm kote a. [ Frè Branham klake dwèt li yo.]

Gen lòt k ap parèt, pou di, “ A, pagen anyen nan sa. Um!” Ou wè ? Yo pa konvenki. Pagen anyen la a pou konvenk yo. Pagen anyen nan yo, pou kwè.

Manman m te konn abitye di, ” kijan ou ka retire san nan yon navè, lè pagen san ladann L?” se vre.

“ Mouton m yo tande Vwa M.” Yo konnen Pawòl la. Kisa Vwa Li a ye? Men Li Kredo sa yo ke yo pa swiv la. “ Men yo tande Vwa M, yo swiv Li.”.

PEN KOTIDYEN
… Moun Bondye te rele, moun Li te chwazi, moun ki kenbe fèm ak Li.
Apokalips 17:14

25-0329

Piga Pè 61-0224

Kounye a, sonje, si yo te rele Bondye sou sèn nan pou L aji, fason Li te aji avan, Li dwe aji menm jan, chakfwa, sinon Li te nan erè lè L te aji anvan an. Kidonk se fason sa a Li te fè konnen tèt Li ak Jwif yo nan jou sa, epi ak Samariten yo ki t ap chèche yon Mesi…

Okenn Moun lòt nasyon patap chèche yon Mesi, nou te Women epi Grèk, nou t ap adore ti bondye ki fèt anfè, annasye, an mab, tankou lòt yo ki toujou fè l, e—e konsa, avèk yon klèb sou do yo.

Men kounye a, aprè demilan teyoloji ak ansèyman, kounye a Legliz Moun lòt nasyon, Legliz eli a, ap chache Mesi a. Kounye a, Li dwe aji fwa sa a, menm jan L te aji fwa pase a, L ap fè menm bagay la, ’paske Pawòl la di L ap fè l.

PEN KOTIDYEN
Mwen se Seyè a, Mwen pa Chanje. Malachi 3:6

25-0328

Bon Gadò Mouton yo 57-0308

Nou konnen, gen anpil manje pou mouton yo, men gen anpil manje ou bay mouton ou lan ki ka touye l. E mwen sitèlman kontan ke Bondye te sousye L ase pou L te jwenn bon jan Gadò a, Seyè Jezi a. Li konnen kisa manje mouton yo ye. Nou konnen kisa manje mouton yo ye? Se Pawòl Bondye a. “ Lòm p ap Viv …” Èske m ka chanje sa yon ti kras; “ Mouton yo p ap viv ak pen sèlman, men ak tout Pawòl ki soti nan bouch Bondye.“ Mouton Bondye yo nouri yo ak Pawòl Bondye. Sentespri a nan ou, ki fè ou mouton an, nouri l de Pawòl la. Li nouri l sèlman de Pawòl la. Tout sa ke ou lage nan patiraj Pawol la, L ap rache l yon bò epi kite l la.

PEN KOTIDYEN
Seyè a se Bèje mwen, mwen p ap manke anyen.
Sòm 23:1

25-0327

Sipoze 62-0117

Nan Jou Pannkot la, yo te rete tann jouk yo te genyen otorite Ekriti a. Se vre, avan yo te reklame kèlkeswa bagay la, yo te konnen ke yo te genyen l deja. Yo pat di—di, “Ebyen, mwen— mwen te santi yon ti sansasyon.” Yo te santi l, yo te wè l, ak tout lòt bagay yo. Yo te konnen Li te la. Yo te wè L t ap deplase nan mitan yo, Li t ap travay nan yo, Li t ap pale atravè yo, Li t ap fè tout bagay. Li te la. Yo pat gen pou yo sipoze anyen. Li te la, Li t ap pale pou tèt Li.

Yon nom, lè l te ne de nouvo nan Lespri Bondye, li se menm bagay la jodi a. Ou pa gen pou sipoze.

“ Mwen—mwen kwè nou resevwa Sentespri a lè nou kwè.” Non. Ou pat resevwa l. Ou pa re… kek, nan nou te ka resevwa l. Si Bondye pat ranpli ou ak Sentespri jis paske ou te kwè, se paske Li poko konfime l nan ou. Ou pa genyen L. Ou wè ? Se vre.

Pa sipoze ou genyen L. Se pou sèten de sa. Piga pran chans avè l, non, ’paske w ap pèdi. Pa sipoze. Jis rete la, avanse, rete la jiskaske tout bagay fini.

PEN KOTIDYEN
Sonde tèt nou nou menm, egzamine konsyans nou byen.
2 Kòrentyen 13:5

25-0325

Annatant 61-0207

Simeyon, gran sen Bondye sa a, li te yon nonm ki te gen yon gwo repitasyon.

O, jodi a yo dwe di, “ Men tann yon minit, mesye, mwen se yon bizismann. Mwen se yon doktè. Mwen se— mwen se yon pwofesè.” Ou pa gen plis valè ke yon lòt moun. Ekriti a di, lè ou panse ou gen plis valè ke yon lòt moun, lè sa a ou pa anyen de sa ou ta dwe ye a. Ou wè ?

Lè ou rive yon kote… ou dwe… Kijan nou ka gen lafwa lè ou ap tann onè, youn de lòt ? Ou wè ? Nou dwe gen preferans youn pou lòt, se toujou lavi Kris la, pou gen preferans pou frè ou, ak sè ou. E si yo antò, se ok. Ou p ap janm fè yo vin bon lè w ap ba yo kout pye, se pou pase men nan kou yo, ramase yo. Mwen renmen relijyon ansyen tan sa a, m ap di nou kisa l ap fè, l ap—l ap fè yon smokinn chita bò kote yon salopèt, epi fè yo mete men nan kou youn lòt, epi pou yo chak ap rele youn lòt frè, se vre; l ap fè yon rad kaliko ak yon rad answa rele youn lòt sè. Se sèten l ap fè l. Li dwat tankou yon fizi, epi klere tankou syèl ble. Se Sèten li— l ap fè l.

PEN KOTIDYEN
Se pou nou youn renmen lòt tankou frè ak frè k ap viv ansanm ak Kris la. Nan tout sa n ap fè, se pou nou gen respè youn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan Women12 :10

25-0324

Kesyon Ak Repons 59-0628E

Sè ke… li difisil pou Bondye pou L jwenn yon moun ke Li ka annafè avè l, k ap rete enb, epi dosil, epi k ap rete nan pozisyon l jiskaske Bondye rele l pou fè yon bagay ( nou kwè sa ? Ou wè ?), Yon nonm ke Bondye ka beni e k ap toujou rete yon nonm , li p ap yon anj oswa yon ti dye. Menm kote yon nonm beni epi li gen yon ti bagay yo te ba li, li vle pou l vin yon ti dye; li vle pou l vin yon—yon anj. Li vle pou l vin yon pèsonaj enpòtan. Men sa m fè, men sa…Mwen epi mwen ak moun pa m yo…” tout bagay sa yo. Se yon move atitid. Bondye ap chèche yon moun ke Li ka beni, epi pou L devèse benediksyon yo sou li, e—e plis Li beni, se plis nonm sa a ap vin pipiti.

E ou p ap jwenn plis nan Bondye pazavan ou vin pa anyen. Ou dwe desann nou. Moun ki va leve tèt li, Bondye ap desann li. Moun ki va desann tèt li, Bondye ap leve l. Ou dwe vin piti anvan ou ka vin gran. Ou p ap janm vin gran pou tèt ou ; w ap sèlman gran si Bondye gran nan ou. Ou wè ?

PEN KOTIDYEN
Moun ki leve tèt li, y a desann li. Moun ki desann tèt li, y a leve li.
Matye 28:12

25-0323

Fason Yon Veritab Pwofèt 63-0119

Bib la di, “ Lè Bondye… Lè yon lyon gwonde, ki moun ki p ap gen kè kase? E lè Bondye pale, kijan nou ka anpeche pwofesi a?” kijan nou ka anpeche l? Lè Bondye pale, pwofèt la pwoklame Pawòl la. E si Li se Pawòl Bondye…

E lè lyon an gwonde; skarabe yo,ak tout rès bèt yo, fè silans, paske yo pè. WA yo-yo-yo a— ap pale. Yo gen— gen ase sans, ak odas, epi ase onè, pou onore wa yo a lè l ap pale.

Kidonk, Bondye pale pa Pawòl Li, ke tout kreyati ki nan kreyasyon an fè atansyon. L ap pale nan dènye jou sa yo.

PEN KOTIDYEN
Rete la! Konnen Mwen menm ki Bondye. Se Mwen k ap domine sou tout nasyon yo. Se Mwen k ap domine sou tout latè. Sòm 46:10

25-0322

LAFWA PAFÈ 63-0825E

E lè nou te pechè, fou, san Bondye; nan mond lan, nan pil labou sa a, jan m te pale l maten an, Bondye te vin jwenn nou! Bondye te chache nou, nou pa janm chache Bondye. “Pesonn pa ka vin jwenn Mwen si Papa a pa rale l anvan.” E Bondye te desann nan labou sa a, kote nou te ye a, e Li te chache nou pou Li fè w soti! Sa ta dwe kreye yon Lanmou Pafè. Gade sa w te ye, e gade sa w ye. Kisa k fè sa? Yon moun ki renmen ou! Kidonk èske ou pa ka gen lafwa nan sa Li pwomèt ou? Yon veritab lanmou otantik pral kreye yon konfyans nan Pawòl Li.

PEN KOTIDYEN
Men mwen menm, se Ou menm m ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye lè W a wè l nesesè, paske ou gen bon kè, paske W a toujou pote m sekou. Wete m nan ma labou sa a. Pa kite m desann pi fon ladan li. Delivre m anba lènmi m yo. Wete m nan gwo basen byen fon an.
Sòm 69:13-14

25-0321

Enflyans 63-1114

Bagay ki enpòtan an, moun mwen yo, frè m, sè m, ak zanmi m yo, se pou n konsyan de basès nou. Ou wè ? Piga n konsyan de kijan nou gran. Se pou n konsyan de kijan nou piti. Nou— nou toupiti. Nou tout Konsa. Bondye ka fè tout bagay san nou, men nou paka fè anyen san Li. Ou wè ? Ou wè ? Nou, nou paka fè anyen san Li, men Li ka fè tout bagay san nou.

Bondye ap eseye jwenn yon moun ke Li ka genyen l nan men L. Li te toujou eseye fè sa. Remake nan tout Bib la, lè Li te jwenn yon Ezayi, lè Li te jwenn yon Jeremi. Yon lè Li te jwenn—Li te jwenn Samson, yon jou; men Samson te bay Bondye fòs li a, epi li te bay Delila kè li. Ou wè, li…

Nou dwe bay Bondye tout nou menm; reverans nou, respè nou, ak tout sa nou ye. Se pou n pa anyen, jis gade kijan nou piti, e se sa Bondye vle nou pou n fè

PEN KOTIDYEN
Mwen pa santi m koupab de anyen…. 1 Kòrentyen 4:4

25-0320

GWO LIMYÈ K AP KLERE A 57-1222

Lè ou di, “ Mòn, retire kò la,” epi Li toujou rete la, ou di, “ bon, sa pat rive”? O, li te rive. Lè ou di, “ Mòn, retire kò ou,” petèt yon ti grenn sab siyifikatif te detache, sou plizyè santèn milya ak milya tòn. Yon ti grenn te deplase, men sa te kòmanse pran plas. Kenbe lafwa sa a epi gade mòn sa a k ap disparèt. Sètènman.

Ou pral di nan kè ou, “ Maladi, retire kò ou sou pitit mwen an. Maladi, retire kò ou sou mwen, nan Non Seyè Jezi,” epi ou pa doute. Menm kote a bon jèm yo abiye ak yon ekipman epi ak yon zam tou nèf, epi enmi an kòmanse fè bak. Li konnen defèt paske Kris, pandan L t ap bwè lami Li an sou Kalvè a, te pote viktwa sou dyab la ak tout pouvwa li yo.

PEN KOTIDYEN
Anyen p ap enposib pou ou.
Matye 17:20

25-0317

Annatant 61-0205M

Lòt jou, yon sèten òganizasyon, paske m te kite yon lòt minis ki pat nan òganizasyon yo a chita sou chè a, li te di, “nou te trase yon liy. Nou te retire ou ladann , frè Branham, retire ou—retire ou nan sèk nou an.”

Mwen te reponn, “ Mwen trase yon lòt, ki sitèlman gwo, ke mwen mete ou ladann.” Mwen te di, “ Kidonk ou—ou jis paka fé m soti la a.” Se vre. “M ap trase yon liy sou tèt pa ou la epi m ap mete ou ladann.”

Se poutèt… Nou se frè. “Nou pa divize; nou tout nou se yon sèl kò.” Byen. Nou se Kretyen, ki fèt nan lespri Li, ki lave nan San Li. Nou se Kretyen. Nou dwe aji tankou Kretyen ; nou dwe konpòte nou tankou Kretyen. Gason ak fanm, kite m di nou ke se yon bagay nou menm, legliz la manke jodi a, se konpòte nou tankou Kretyen.

PEN KOTIDYEN
Tout sa nou vle lòt moun fè pou nou, fè l pou yo tou. Lik 6: 31

25-0316

Memoryal Bondye Yo Te Fè Prèv Yo 57-0818

Epi Jezikri te soti nan Syèl, Laglwa, Li soti nan Laglwa, Li desann isi a, pou L bati yon Legliz. Materyèl ke Li mete ladann L nan, se materyèl ki te fè prèv yo. Ou ka vin sou lotèl la pou fè yon konfesyon, men lè Li jwenn twou dè ak lòt bagay, gade, mond lan— mond lan te soufle vètè sou ou, elatriye, ou paka kenbe. Li jis mete ou akote. Bondye vle yon Legliz ki fè prèv li. Se pa yon moun kise yon Kretyen jodi a epi yon retwograd demen, yon moun ki anndan epi li deyò, li anwo epi li anba. Li paka mete ou okenn kote.

Men Li gen yon Legliz ki te teste, ki te pase pa eprèv, pa pèt, pa maladi, pa chagren, pa lanmò, epi ki toujou rete fèm ak yon temwayaj. Se nonm sa , wi, se nonm sa L ap chache a. Sa pa gade m si ou se yon pòv. Sa pa gade m si ou se yon mandyan. Sa pa gade m si ou se yon machann pèpè. Kèlkeswa sa ou ye a, Bondye ap teste ou. L ap chache materyo ki te fè prèv yo.

PEN KOTIDYEN
Ou mèt sonde kè m, ou mèt vin wè m Lannwit, ou mèt egzamine m tout jan, ou p ap jwenn okenn move lide nan kè m. Pawòl ki nan bouch mwen se li ki nan kè m.
Sòm 17:3

25-0315

TANKOU YON ÈG K AP MONTRE PITIT LI VOLE 61-0122

Yon èg p ap fè nich Li atè. Èg la fè nich li jis anlè nèt ke l ka rive nan tèt pik la.

Se rezon sa a kifè Bondye konpare èg la ak Legliz Li a. Ou se yon chandèl ke yo mete sou yon kolin. Se vre. Gwo anbisyon, gwo atant, n ap tann gwo bagay. Nou pa… nou di, “ bon, m se Pannkotis. Sa regle pwoblèm nan.” Li pa regle l pou mwen. M ap tann pi gwo bagay toujou.

“ Mwen se Batis. Mwen se Metodis. Mwen se Initè, Binitè, Trinitè,” oswa kèlkeswa sa ou ye a. Sa pa satisfè m. M gen anbisyon pou m monte jiskaske m rankontre L: anwo- anwo, anwo-anwo anwo.

“M te resevwa Sentespri a. Sa regle pwoblèm nan.” M ap jis kontinye pran l, epi monte wo byen wo ( Se vre.), jis monte byen wo: gwo anbisyon, gwo atant, anbisyon.

Se pa, “ bon, nou gen yon bèl ti legliz. N ap jis enstale nou. Mwen ak ti gwoup sa a, nou pa vle okenn nan nou nan gwoup nou an.” Pa mwen menm. M vle lonje men m bay tout kwayans ki echwe, frè, se sa l toujou ye; mennen l ladann. Anbisyon, fè yon bagay. Se pou annatant de yon nonm ki te toujou mache nan verite pou l wè Verite… Ou p ap janm antre l ladann nan fason sa pandan w ap kraze l. Ou dwe pase men ou nan kou l, epi renmen l, fè l konnen ke ou se yon frè. Lè sa a yon bagay pral rive. Si ou se yon paran pou Jewova ou pral fè sa. Ou gen Lespri Li. Li vin jwenn sila yo ki rayi L, ki meprize L, ki krache nan figi L. Li te kontinye priye pou yo pou yo te ka sove. Sètènman. Se Lespri Bondye a ki nan yon nonm.

PEN KOTIDYEN
Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon vil ki bati sou yon mòn. Matye 5:14

25-0313

YON ANBLÈM 62-0119

Lavi se tankou yon fèy ki pandye sou yon pyebwa. Aprè yon ti tan lavi a kite fèy yo, epi l retounen nan rasin yo. Fèy yo tonbe. Vi sa a antere nan rasin yo jiskaske sezon ivè a pase. Nan sezon prentan li retounen ak yon lòt vi, ak yon lòt fèy.

Se wout yon kretyen ki sou Pyebwa Lavi a. Vye anvlòp sa a isi a ka tonbe. Se verite. Men lavi a retounen ak Bondye ki te bay li a. Wè? Si Bondye ba ou lavi ou, ou ne denouvo, gen yon sèl vi ki ka viv, e se Lavi Bondye ki nan ou. E si lavi sa a nan ou, lè sa a li pral sèlman ale kote l te sòti, retounen ak Bondye, retounen nan gwo Milenyòm sa a, avèk yon nouvèl fèy, oswa yon nouvo— oswa yon nouvo kò ki p ap janm efase e ki p ap janm tonbe.

Sezon nou yo montre ke Bondye avèk nou, ke Bondye isi a.

PEN KOTIDYEN
Moun k ap viv, epi ki mete konfyans yo nan Mwen, yo p ap janm mouri. Èske ou kwè sa ?
Jan 11:26

25-0312

Lè Je Yo Te Louvri Yo Te Rekonèt Li
64-0312

…bonm atomik ak misil yo ak lòt bagay yo, se pou lemond antye.

Komedyen nan televizyon, ak—ak radyo epi lòt bagay, ap di, y ap sifle epi chante, epi rakonte blag sal, epi y ap sèmante ak bagay tèrib ke yo pa t dwe menm otorize, e tout magazin yo nèt ak lòt bagay k ap afiche aklè fanm imoral, toutouni, tout bagay nèt, pou ap eseye kalme lespri, pou ap eseye trankilize w. Sa raple m yon ti gason ki t ap sifle nan fènwa, pandan li t ap travèse simityè a, l ap eseye fè tèt li kwè ke l pa pè. Ou pè amò, e ou konn sa. Ou konnen ou sou wout jijman, e l ap vini paske ou blasfeme kont Sentespri a, epi ou rejte Jezikri resisite a. Egzakteman. Je yo fèmen. Yo pa konn sa.

Se Sodòm ak Gomò.

PEN KOTIDYEN
Mwen menm, Seyè a, Mwen te pale nou lè zafè nou t ap mache byen. Ou te di, mwen p ap koute. Se konsa ou aji depi nan jenès ou. Nou pa janm vle koute vwa M.
Jeremi 22:21

25-0311

Yon Pi Gran Pase Salomon Isi A La A 64-0306

E kounye a nou jwenn ke anti-Kris la, nan dènye jou yo, “ va sedwi tout moun ki sou latè, tout sa yo ke non yo pat ekri nan Liv Lavi Ayo a depi nan fondasyon mond lan.” Yo te mete non nou nan Liv Bondye a avan yo te touye Ayo a. Lè pwogram Li a te ekspoze, tout bagay la nèt, yo te rekonèt nou nan pwogram sa a paske nou te genyen Lavi Etènèl. Mo Etènèl la pat janm gen kòmansman e li p ap ka gen fen nonplis, epi nou se yon atribi panse Bondye anvan mond lan te kreye. Se sèl mwayen ou ka gen Lavi Etènèl. Epi Lavi sa a, kòm Li t ap panse ak ou, Li nan ou kounye a. Pagen okenn mwayen pou separe l. Li la pou l rete.

PEN KOTIDYEN
Mwen ba yo Lavi ki p ap janm fini an. Yo p ap janm peri, pèsòn p ap janm ka rache yo nan men Mwen. Jan 10:28

25-0310

Enflyans 63-0802 E

Si m wè yon nonm k ap mache, yon bèl jèn gason; nan kèk ane ankò, l ap gade cheve l yo k ap vin gri epi k ap tonbe, zepòl li k ap koube. Yon bèl jèn fi ki kanpe, ak yon figi sen, ki gen respè pou Bondye, epi ki kanpe pou bay Bondye lwanj; epi lè m retounen nan kèk ane pou jwenn li ak zepòl li koube,ak de oswa twa timoun sou bra li. Ebyen, sa montre ke nan kò li gen lanmò. Kèlkeswa jan l bon epi jan l bèl, li toujou gen lanmò ladann.

Kounye a m ap gade ki kote lespri ki anndan an la a panche. Si l toujou reprezante Limyè a, eksprime Limyè a, pale de Limyè a, li prale ak Limyè a. Men si l toujou nan lòt bò a, nan mond lan, bagay mond lan, li kite mond lan enflyanse l, pa gen anyen lòt ke sèlman li tounen fènwa lè l mouri, nan fènwa ki deyò a. Kidonk nou wè, kisa nou ye, fòk nou sonje ke nou sa nou ye a sèlman pa gras Bondye, epi youn nan nou paka vante tèt li. Nou ka sèlman bese nan adorasyon ak imilite, devan Bondye, epi ba Li lwanj pou bonte li.

PEN KOTIDYEN
Li gen mizerikòd pou tout moun ki gen krentif pou Li de jenerzasyon an jenerasyon. Lik 1:50

25-0309

METE NAN TONB LAN 57-0420

E tout bagay ki sou latè, bèlte, dousè, bote latè, yo pa anyen lòt nan mond lan ke yon repons ak yon bagay ki pi meyè ke sa, k ap tann nou lè nou kite mond sa a. Paske, tout bagay ki sou latè se jis yon modèl de sa ki nan syèl la. Tout sa ki bon, tout sa ki jis, tout sa ki bèl, pyebwa yo, zwazo yo, tout bagay, se jis yon modèl de sa ki nan syèl la.

Pwòp lavi nou se yon modèl. Se jis yon lonbraj, se pa bagay reyèl la. Se kote negatif la. Sa pran lanmò pou devlope foto a, pou mete nou ankò nan teyofani an kote nou te soti. Lè sa a nan rezireksyon an nou vin sanble ak Li, yon kò resisite. A la bèl; pa sèlman bèl, men li se reyalite a, Verite solanèl Pawòl Etènèl Bondye a, ke nou pral menm jan avè L.

PEN KOTIDYEN
Ki moun nou ka di ki tankou Bondye? Ki pòtrè nou ta fè ki pou ta sanble avè L? Ezayi 40:18

25-0308

Ebre Chapit Sis #2 57-0908E

Bon, si ou sove, ou sove. Si Bondye sove ou aswè a, epi L konnen Li pral pèdi ou nan dizan, Li t ap kont pwòp objektif Li; Bondye enfini an, Toupisan an, Etènèl , ki posede sajès imòtèl la, pa t ap gen ase konesans pou konnen si w ap ka kenbe osinon ou p ap kapab. Lè sa a lè Li sove ou, Li t ap di “ Ebyen, m ap bali yon eprèv, epi m ap gade kisa l ap fè,” lè sa a Li patap konnen lafen depi nan kòmansman. Bondye konn sa L ap fè, pa enkyete ou pou sa. Se ou ak mwen k ap vasiye. Bondye konnen kisa L ap fè. Epi Li te konnen nou… si nou t ap kenbe oswa sa nou t ap fè.

Men, Bib la di, ke Ezaou ak Jakòb, anvan ke youn nan timoun te fèt, Bondye te di, “ Mwen renmen youn, epi M rayi lòt la,” anvan menm yo te fè premye respirasyon yo, pou ke eleksyon Li a kapab rete verite.

PEN KOTIDYEN
Li pat sove nou paske nou te fè kèk bagay ki bon, men ak mizerikòd Li ak batèm rejenerayon epi renouvèlman Sentespri a. Tit 3:5

25-0307

Mak Bèt La AK So Bondye A 2 61-0217

O, se So Sentespri a, frè; se So Bondye a. Se vre, sele.

Kounye a, Jwif yo se pwochen moun ki pral resevwa L. Pannkotis yo te genyen l, metodis yo, Batis yo, tout sa yo ki soti nan diferan òganizasyon ki chita isi a aswè a. Mwen menm mwen se yon Batis, oswa mwen te yon Batis. Mwen toujou yon Batis, sèlman mwen se yon Batis Pannkotis avèk Sentespri a. Mwen se yon Nazareyen, pannkotis, Presbiteryen, Batis. O nou konnen kisa m vle di nan tout bagay sa a. Kisa l ye, se Sentespri a ki fè diferans lan, se sa ki sele m anndan nan Wayòm Bondye a. Se sa ki sele tout Metodis, tout Katolik, tout Presbiteryen. Nou tout nou se èt imen, epi pa yon sèl Lespri nou tout pa mache nan yon sèl legliz, nou tout pa bay lamen dasosyasyon, yon sèl dlo; men pa yon sèl Lespri nou tout te Batize nan yon sèl kò pa Sentespri a epi sele jouk nan jou redanmsyon an. Amèn. Se Sentespri a.

PEN KOTIDYEN
Se sa k fè, nou menm , kit, nou Jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout te batize nan yon sèl kò pa yon sèl Lespri. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a. 1 Korentyen 12:13

25-0306

Yon Vi Kache 55-1006A

Èske ou deja rive yon kote nan lavi ou kote Kris vle di plis pou ou pase tout deba ou te ka fè sou legliz ou a? Èske Kris vle di plis pou ou ke tout mond lan? Mwen p ap pale de emosyon oswa de yon travay mantal; mwen vle di ke gen yon bagay ki la a nan fon kè ou, yon bagay te pase, ou pa konnen kijan sa te rive, men ou kache, epi tout entansyon ou se sèvi Jezikri. Èske ou te antre nan plas sa a, frè mwen ? Èske ou te antre nan plas sa a kote ou pa fè ka de sa moun di, oubyen ou pa soti pou aji ak entèlijans, men ou rete la a jiskaske lanmou Bondye ankre nan ou ke ou paka wè anyen lòt, tout entansyon ou se fè volonte Bondye, lanmou pou tout moun ap koule tout kote ? Ala yon plas pou viv. Se yon plas kache. Se la ke nou dwe rive, frè m yo. Se nan plas sa a ke Bondye revele bagay sekrè Li yo. Se la a kote Bondye fè plasman an ak apèl Li a.

PEN KOTIDYEN
Menm jan yon bich anvi bwè dlo larivyè, se konsa mwen anvi wè ou, Bondye. Sòm 42:1

25-0305

Èske Ou Kwè Sa? 50-0716

Si ou renmen mond lan, bagay mond lan, lanmou Papa a pa nan ou. Sa ka parèt yon ti kras di pou anseye isi a, men se laverite ; kite m di ou. Mwen pa gen kritè pou evalwe legliz . Non, pa ditou. Non, mesye.

Ansyen vye pyebwa chèn ke nou genyen la a kenbe fèy li yo pandan tout sezon ivè a. Lè sezon prentan pou ane a rive, ou pa oblije al ramase fèy yo, se jis kite nouvèl vi a antre , vye fèy yo tonbe. Se konsa l ye. Kite Kris antre nan kè ou. Rès bagay yo ap pran swen tèt li. Se vre. Jis mete Kris nan kè ou; l ap pran swen rès bagay yo.

PEN KOTIDYEN
Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou fwi li bay. Lik 6: 44

25-0304

Yon Son Ensèten 61-0415

Petèt, Moyiz pat janm tande Vwa Bondye , men li te konnen pa konesans etèlektyèl, li te konnen pa yon santiman ki anndan l, ke li te liberatè a, men li te eseye fè l epi li te echwe, konsa li te di, “ Petèt m te fè yon erè.”

Petèt gen predikatè ki chita isi a menm jan, ki te panse ou te fè yon erè, lè ou wè echèk ou, ou jis parka tann ankò. Bib la di, “ Sa yo k ap tann Seyè a ap revouvle fòs yo, y ap vole tankou èg.”

Moyiz te panse ke petèt li te manke apèl li a, men yon jou lè l te pale ak Bondye fasafas, epi li te tande Pawòl Bondye a, Anj mwen an te pale avè l e sa mache ak Pawòl la, lè li wè ke Vwa ki te pale avè l la se menm bagay sa Pawòl la te pwomèt la, lè sa a li te gen lafwa, e li te sèten ke li ta pral desann anba la a. Li te sèten Izrayèl ta pral soti nan esklavaj, la, paske Bondye te fè pwomès la, sete yon pwomès eskriptirè.

PEN KOTIDYEN
Nou pa manke kontan nan tribilasyon yo tou. Paske nou konnen tribilasyon yo ba nou pasyans; pasyans ba nou eksperyans; eksperyans ba nou lespwa. Women 5:3-4

25-0303

LAFWA AKSYON 55-1003

Menm Kolòn Dife ki te kondwi timoun Izrayél yo nan dezè a, menm Anj Bondye a ki te antre nan plas la epi delivre Pyè de chèn yo, menm Seyè Jezi a ki te kanpe devan Pòl epi voye limyè klere a ki te fè l avèg. E mesye yo ki te antoure Pòl pat ka wè okenn limyè ditou. Men pou Pòl; limyè a te bouche je l. E li te avèg e yo te dwe kenbe men l pou yo te mennen l nan vil la, limyè a te tèlman klere sou li. Se menm Limyè sa a Seyè Jezikri a ki isi a aswè a nan Èt resisite Li a pou pwouve Tèt Li ke Li isi a pa siy ki paka fayi yo epi ak mirak yo.

O, byeneme, mete lafwa nou an aksyon. Piga pè. Bon, wont pou nou; piga pè. Kanpe djanm nan libète kote Kris te libere nou. Piga bwouye tèt nou nan yon kaj zwazo ankò. Soti ladann. Kraze mi yo. Kris te demoli mi separasyon yo, pou libere nou. Nou pare pou n vole. Amèn. M renmen sa.

PEN KOTIDYEN
Mwen p ap kite nou pou kont nou, M ap tounen vin jwenn nou ankò.
Jan 14:18

25-0302

So Bondye A 54-0514

Bon, èske ou te janm wè moun k ap chaje machin yo? L al depoze yon kantite bagay la, epi yon lòt kantite bagay la. Enspektè a parèt, li gade anndan an; si l yon yon ti kras gaye, li souke, “ Non, mwen p ap sele l. Al defèt li epi refè l ankò.” Aprè sa, l ap eseye chaje l ankò; li pa fè l byen. Enspektè a parèt ,“ li pa bon. Refè l ankò.”

Depi lontan se sa Bondye fè ak legliz Li a. W ap chaje, epi ou pral nan syèl ; w ap pran tout bagay avè ou. Jwèt kat ou yo, hum, tout lòt bagay ke ou ka chaje nan legliz la, w ap eseye pran l avè ou. Bondye jis kondane l; li pa pare pou sele.

Men lè Bondye wè yon nonm, ki repanti, ak yon lespri brize, ki gen yon kè sensè, atè a sou lotèl la, Bondye fèmen pòt mond lan sou li, epi sele l anndan an la pa batèm Sentespri a, epi sa ap dire jiskaske Jezi vini; se pa soti nan revèy pou antre nan yon lòt, men, “ jouk jou redanmsyon an.”

PEN KOTIDYEN
Men, pa pè. Fondasyon solid Bondye te mete a, li la toujou. Men pawòl nou jwenn make sou li: Mèt la konnen moun ki pa li yo…
2 Timote 2:19

25-0301

Koute Li 58-0126

Legliz la se biwo ajans Bondye. Li te di nan yon kote nan Levanjil la, “ Mwen se pye rezen an, nou se branch yo.” Pye rezen an pa pote fwi; li netwaye branch lan, epi branch lan pote fwi a. Kidonk Legliz la se Branch ke Sentespri a ap travay atravè li. Li pale atravè bouch pastè a. Li travay atravè men li yo. E gras ak don Divin yo Li mete kò Li nan emosyon, Li kondui pa Sentespri a pandan L ap vide tèt Li epi Li kite Sentespri pran kontwòl. Li pote mesaje yo; li wè vizyon yo. Epi kèlkeswa gwo bagay, Bondye te chwazi l pou fè a, si l soumèt ak Lespri a, Bondye ap aji atravè li, oswa ak nenpòt lòt manb ki nan legliz Li a.

PEN KOTIDYEN
Kanta chèf responsab yo k ap dirije legliz la byen, se pou yo resevwa yon lajan doub, sitou ansyen k ap bay tout tan yo pou bay pawòl la ak pou fè enstriksyon moun yo. 1 Timote 5:17

25-0228

Vin Swiv Mwen 63-0601
Timoun yo, nou menm, chak nan nou, ki sanble ak pa m yo. Nou menm, chak nan nou, ki sanble jis tankou pitit gason ak pitit fi m yo. Nan yon fason, se sa nou ye, ou wè, espirityèlman palan. Se vre. Senyè Bondye a mete—mete nanm nou nan men m, paske nou vin, tande m. Nou kwè m. Ou wè? E dapre sans pawòl la, nou se pitit gason m ak pitit fi m. Se vre.
Toujou sonje, kenbe kòmandman Bondye yo se yon gwo bagay. Grandi nan yon bon fwaye se yon eritaj ki vin de Bondye. Epi pou nou vin bon ti moun ak jan de pèsonalite sa yo ke nou genyen an, se bon sa. Se bèl bagay, pou gen edikasyon. Se bèl bagay pou nou menm ap viv nan peyi lib sa a. Nou gen anpil bagay pou ki fè nou rekonesan.
Men gen yon sèl bagay ke w jis pa eritye. Ou fèt pou aksepte L. Sa se Lavi Etènèl. Epi w pral sèlman fè sa lè w ap swiv Jezi, ak yon eksperyans nouvèl nesans. Pa neglije sa.
PEN KOTIDYEN
Jennonm lan di Li, mwen swiv tout bagay sa yo. Kisa pou m fè ankò?
Matye 19:20

25-0227

Lafwa Se Viktwa nou 58-1004

Debarase ou de bagay sa yo! Rete la ak Bondye. Swa ou sa ou ye a, oubyen ou pa sa ditou. Si Bib Bondye a pa anseye l, rete lwen l. Si Li anseye L, rete avè L.

Sa fè m sonje sa. Pa egzanp e si nou ta pral fè yon vwayaj, nan trant jou apati kounye a, pou yon lòt peyi? Epi nan peyi sa a klima a te sitèlman agreyab, jouk nou patap janm retounen dèyè ankò. Epi lòt bò a nou patap janm mouri oswa vyeyi, men nou t ap jis la a pou toutan. Èske m ka imajine k ap gade ou pral nan magazen ak dis kòb, k ap acheté anpil bagay ki pa itil pou ale avèk yo? Ou t ap gen pou eseye debarase ou ak bagay ki pa itil ou te genyen yo

E lè ou jis twouble tèt ou, pandan w ap mache nan yon legliz, epi yon lòt, w ap ranmase plis bagay ki pa itil toujou. Men si w ap panse ak kote ou prale a, w ap debarase ou ak pil dout epi bagay ki pa gen sans sa yo. W ap gen yon lafwa ki reyèl.

PEN KOTIDYEN
… Mwen p ap konsidere bagay moun wè, men bagay moun pa wè, sa moun wè se bagay ki pa la pou lontan, men sa moun pa wè, se bagay ki la pou toutan 2 Korentyen 4: 18

25-0226

EBRE CHAPIT SÈT PREMYE PATI 57-0915E

Men lè Bondye te deklare l dèyè a la, tout Pawòl Bondye fidèl. Li paka chanje. Li paka separe, Li paka fayi. E lè Bondye te touye Piti Gason an anvan fondasyon mond lan, Li te toutosi mouri menm jan L te mouri sou Kalvè a. Se yon pwodui fini, lè Bondye di sa. Epi sonje, lè Ayo a te mouri, sali ou te antre nan sakrifis la, paske Bib la di ke non ou te “ Ekri nan Liv Lavi Ayo a anvan fondasyon mond lan.”

E kisa ou di de sa? Epi kisa nou pral fè? Se Bondye k ap montre mizerikòd Li. Se Bondye k ap rele nou. Se Bondye ki te chwazi nou nan Kris anvan fondasyon mond lan. Jezi te di, “ Nou pat janm — nou pat janm chwazi M. Mwen te chwazi nou. Epi Mwen te konnen nou, anvan fondasyon mond lan.” Men ou.

PEN KOTIDYEN
Nou menm n ap di sa nou te wè. Papa a voye Pitit li a pou delivre tout moun. 1 Jan 4:14

25-0225

Vizyon Patmòs La
60-1204E

Èske sa pa bèl lè w ka vrèman ankre nanm ou nan Kris, yon nan yon jan de plas jouk ou ka kalme w devan L? Epi koute Vwa L k ap pale avè w, “Mwen se Seyè a ki geri w. Mwen se Seyè a ki ba w Lavi Etènèl. Mwen renmen w. Mwen te konnen w anvan fondasyon mond lan. Mwen mete non w nan Liv la, ou se pa Mwen. Piga w pè, se Mwen. Pa pè, Mwen avè w.” Alò m ap chante:

Mwen ankre nanm mwen nan yon plas ki gen repo,
Mwen sispann navige sou lanmè ki move;
Tanpèt la mèt baleye trè fò, trè pwofon;
Men mwen an sekirite pou tout tan nan Jezi.

Sonje, menm Vwa sa a k ap pale tou dous avè w la, va kondane pechè a. Menm delij ki te sove Noye a, te detwi pechè a. Ou wè sa m vle di a?

PEN KOTIDYEN
Espwa sa a se tankou yon lank batiman li ye pou nou. L ap kenbe nanm nou fè m byen solid… Ebre 6:19

25-0224

Abraham Epi Semans Li an Ki Vin Aprè L La 61-0416

Pa gade ak tèt ou; gade ak sakrifis ou a. Bondye pa gade ak ou; Li gade ak Sakrifis ou a kise Kris. Pa gade ak tèt ou. Mwen pa diy; ou pa diy; pèsòn pa diy; men Li se sèl Moun ki diy lan. Mwen pa konte sou sa m fè, sa m ye, sinon m—m patap janm fè l. Men m ap gade ak sa Li fè. Se la mwen mete konfyans mwen: Nan sa Li fè. Li se Sakrifis mwen an. Mwen pa diy pou m geri. Non, mesye. Seyè, mwen ta dwe mouri depi lontan, mwen ta dwe pa janm fèt. Men m ap viv; mwen gen Lavi Etènèl; mwen pral nan Syèl. Poukisa ? Paske Li te fè l pou mwen. Li te Sila ki te fè l la. Li te pran plas mwen. Jenou m yo te kole, je vewon m yo te nan tout kalite kondisyon, men Li te pran plas mwen. Nan langaj espirityèl , mwen te boulvèse, epi echwe; men Li te pran plas mwen ; kidonk Li fè m yon pitit gason Bondye ki pafè, yon pitit fi Bondye ki pafè. Se Sakrifis Li a ki te fè l, se pa pa m nan. Mwen pat gen anyen pou m fè ak sa. De tout fason mwen te fèt nan move kondisyon. Men mwen—mwen pa kwè nan sa m ap fè. Mwen kwè nan sa Li fè ( Ou wè?), nan sa Li te fè, se sa l te ye.

PEN KOTIDYEN
Paske Fis Lòm nan pa vini pou L pèdi nanm moun yo, men pito pou sove yo. Like 9: 56

25-0223

Wo David Ba Hu Me Mmɔbɔ 61-0215 ​​.

Onyankopɔn ka kyerɛɛ wɔn wɔ Misraim aseɛ nohoaa, “Mede saa asase no ma mo.” Nanso wanka sɛ, “Mɛfiri adi akɔprapra hɔnom nyinaa, na mayɛ ɛfie hɔ hyerɛnhyerɛn, na mapagya pagya pateesan, ne biribiara. Mo nyinaa mo nkɔ mu kɛkɛ”. Dabi, dabi. Na ɛsɛ sɛ wɔko pre asase no mu inch bako biara a wɔfaeɛ no. Saa na ɛteɛ, wɔreko, na wɔfa no…ko inch biara. Nanso Ɔkaa sɛ, “Beaeɛ biara a w’anamɔn bɛsi no, yɛ deɛ wofa di soɔ.” Anamɔn yɛ mfadisoɔ.

Saa ara na ɛteɛ ɛnɛ yi. Ɔsoro ayaresa yɛ yɛn dea. Honhom Kronkron no yɛ yɛn dea. Ɛyɛ yɛn agyapadeɛ, nanso wobɛko apre ɛho inch biara. Yiw, owura. Nanso onua barima, anammɔn yɛ mfadisoɔ. Kɔ so ko ara kɛkɛ. Fa. Ɔbonsam ka sɛ, “anwonwadeɛ nna no twaa mu.”

Ka sɛ, “woredi atorɔ. Onyankopɔn kaa sɛ Ɔte sɛdeɛ Ɔteɛ ɛnora, ɛnɛ, ne daa.” Fa di so. Baabiara a w’anammɔn bɛtia no, yɛ mfadisoɔ. Saa na ɛteɛ.

Daa paanoo .
Na Awurade mo Nyankopɔn, Ɔbɛpam wɔn afiri mo anim, na Ɔbɛtu wɔn afiri mo anim sɛ mo nni wɔn asase so…. Joshua 23:5.

25-0222

ALYANS BONDYE AVÈK ABRAHAM E AK SEMANS LI A
56-0223

Bondye pa fè okenn diferans nan mitan timoun Li yo. Chak pitit ki vin jwenn Bondye dwe teste oswa chatye. Nou konprann li ? Li dwe teste anvan, oubyen chatye, korije, li de yon timoun ki fòme, disipline, tout moun, pagen esepsyon, tout pitit. Èske w ap travèse yon eprèv ? Èske w ap travèse yon tribilasyon? Èske w ap sibi pèsekisyon? Si w ap andire bagay sa yo, ou se veritab pitit Bondye a.

Men lè ou pa kapab sipòte chatiman an, lè baton an vin lou, epi w kouri retounen nan mond lan, Bib la di ou se timoun ilejitim, epi ou pa pitit Bondye. Paske lè yon nonm fèt nan Lespri Bondye, l ap atann ak bagay sa yo, Epi Li renmen bagay sa yo. E Bib la di ke eprèv yo k ap tonbe sou nou yo, tankou gwo dife, yo pi presye ke lò pou nou. Ann panse ak sa.

PEN KOTIDYEN
Paske yo te soufri ak pasyans, nou di yo se moun Bondye beni.
Jak 5:11

25-0221

Jewova Jire 61-0226

Pa gade ak tèt ou, gade ak Ayo ou la. Bondye pa asepte ou, Li asepte Ayo a, epi Ayo a te pran plas ou. O Bondye! Èske ou paka wè sa ? Se pa ou, ou pa diy, mwen pa diy, pa gen yonn nan nou ki diy. Men, gade, èske L diy? Bondye te di sa, Li asepte L, li te di, “Se Pitit Gason byeneme M nan, se nan Li Mwen pran plezi ; se Pitit Gason M, koute Li,”

Nan jou adopsyon an, “ se Li.” Piga di, “Ebyen, doktè a di mwen p ap janm vin byen.” Se sa doktè a di. Bon, nonm nan se yon nonm syantifik, li gade nan fason lanati fonksyone, epi li wè ou p ap janm ka vin byen, yo montre l sa pa lasyans.

Ebyen, se ak sa l ap gade, si ou gade ak menm bagay la, ou p ap janm vin byen. Men pa gade ak sa l di, pa gade ak sa ou… jan ou vin piti, men gade ak sakrifis ou a. Se sa. Epi sonje ou se Semans Abraham nan epi ou eritye avèk li. Kidonk si se sa ou ye, rete ak pwomès la, asepte L kòm Gerisè ou, epi jis rete
La.

PEN KOTIDYEN
Nan demen, Jan wè Jezi ki t ap vin jwenn li, li di, men Ayo Bondye a k ap retire peche moun sou latè. Jan 1:29

25-0220

Yon Bondye Ki Paka Chanje K Ap Travay Nan Yon Fason Ke N Patap Atann 62-0120

Li konnen bezwen ou yo. Li konnen kijan pou L pote yo ba ou. Men pwoblèm nan se, paske l pa vini fason ou panse l te dwe vini an, lè sa a ou dekouraje, epi ou remèt Li yo. An nou mande L, epi an nou kwè ke L ap voye l jis nan fason Li vle voye l la. Epi asepte l sou baz sa a. Se vre. Ou wè?

Si ou mande L, pa fè L yon mantè. Li paka bay manti. Li pwomèt, “ Mande Papa tout bagay nan Non Mwen, Mwen va ba ou li.” Bon, Bondye paka bay manti. Mande L epi L ap ba ou li. “ Chèche, w ap jwenn; frape, y ap louvri .” Nou kwè sa. Se sèten nou kwè sa.

PEN KOTIDYEN
Jou sa a, nou p ap poze M kesyon sou anyen. Sa M ap di nou la a se verite wi, nenpòt bagay nou mande Papa a nan non Mwen, L ap ba nou li.
Jan 16:23

25-0219

Epi Semans Ou A Va Posede Pòtay Lenmi Li An 61-0213

Jis lè yo te pare, pou fè dènye pa yo a, mwen ka wè L kanpe. Rad sakrifikatè Li a vlope L kote L chita aswè a, li chaje ak san, ap entèsede sou baz konfesyon nou, paske Li te mouri pou akonpli tout sa nou mande. Ki kote fwa nou ye nan Li?

Men Li ki kanpe, fè yon siy nan direksyon sa e men yon gwo nyaj blan ki vin toupre L, Li monte sou li, Li rele van lès, van nò, van sid ak van lwès, pou l monte yo tankou chwal. Leve men L epi sezi zèklè zigzag lan, pou fè l eklate nan syèl la. Anvan yo te gentan antre la a, Li te nan gwo fou tou limen an avèk yo. Li te kanpe la avèk yon gwo evantay ki gen fòm fèy palmye ki te soti kèk kote nan Pyebwa Lavi a, k ap etèn gwo flanm dife yo konsa. Li te di: “ Mwen jis vle pale ak nou timoun yo. Mwen konnen nou se Semans Abraham nan. Mwen te fè pwomès la, e Mwen isit la pou M akonpli l, vini non,” pandan L kenbe flanm dife a . O, wi. Yo te louvri pòt la, yo te di, “Konbyen nou te mete anndan an la?” Yo te reponn: “Twa.”

Li te di: ” gen youn anplis anndan an la, e Li sanble ak Fis de Dye .” Li te sa. Poukisa? Yo, apre yo te teste, yo te posede pòtay lenmi an. Amèn.

PEN CHAK JOU AN
Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray. Sòm 46: 1

25-0218

Ale Di Disip Mwen Yo 53-0405S

Mwen gen yon nonm, toupatou nan peyi a, k ap kritike m kèkfwa sou gerizon Divin. Bon, frè m, kijan ou ka anpeche m kwè nan gerizon Divin, lè l se menm nati Sentespri a. Tout moun ki pran nesans nan Lespri Bondye dwe kwè nan sinatirèl la, paske l se yon pati nan Bondye, li se yon pitit Bondye.

Mwen di, “Ou sanble ak papa ou.” Mwen di, “Ou gen yon nen tankou…” Di m gen yon nen tankou papa m; m gen yon bouch tankou papa m. Poukisa? Li se papa m. Mwen gen dwa pou m sanble avè l.

Alelouya! Kidonk, si Bondye se Papa m, m gen dwa pou m kwè nan sinatirèl la, paske mwen pran Lespri sinatirèl la. Sa fè de mwen yon èt sinatirèl. Anndan, kou deyò, mwen se—Mwen se pousyè ; ou se pousyè. Men anndan an, lè ou pran nesans nan Lespri Bondye a, ou devni yon èt sinatirèl. E èt sinatirèl sa a grangou epi sawf Kay Syèl li a, lòt bò a. Se vre.

PEN KOTIDYEN
Paske nou tout se pitit Bondye par la foi an Jezikri.
Galat 3:26

25-0217

In nan inite a 58-0128

Mwen te toujou gen pitye pou poul ki nam kouvez yo. Yon poul ki fèt nan yon kovez , k ap gazouye, pa gen okenn manman pou l al jwenn. Sa mete nan lespri m ke yon predikatè ki soti nan seminè ki pa konnen anyen plis sou Pawòl Bondye a ke sa seminè a di ; y ap gazouye epi yo pagen okenn manman pou y al l jwenn.

Men lè ou reyèlman pran nesans anba zèl pisans ak gras Li a, w ap dakò ak tout Pawòl Li di, se Laverite. E lè Bondye deplase nan sinatirèl la, kè ou va grangou pou Li.

Ou p ap leve pou di, “Telepati mental! Yon demon! Bèlzeboul! Mwen pa kwè Sa. Legliz mwen pa anseye L.”

W va di, ”Lwanj pou Bondye pou toutan,” paske ou ranpli.

PEN KOTIDYEN
L ap kouvri ou anba zèl Li. Anyen p ap rive ou kote ou kache a. L ap toujou kenbe pawòl Li : se sa ki pwoteksyon ou, se sa ki defans ou.
Sòm 91:4

25-0216

Son Ensèten An 61-0429E

Annou— annou montre sa nou ka fè. Si… An nou desann byen ba anndan isi a la pou montre lanmou ak respè. Epi Ann respekte pwochen nou epi— epi renmen l, menm si l gen rezon oubyen l gen tò.

Si w ka jis renmen sa yo ki renmen w, bon, pechè a fè menm bagay la. Men nou diferan. Lè Kris antre nan kè nou, nou renmen sa yo ki pa renmen nou. Renmen sa ki difisil pou renmen. Epi yon lè nou te rayisab tou, w konn sa. Epi Kris te renmen nou jiskaske nou te ale jwenn Li.

Epi si nou nan Kris Epi Kris nan nou, nou gen menm Lespri fratènite sa a, koroperasyon sa a, epi eseye ede retire gwo chaj, epi fè lavi a yon ti kras pi fasil pou pwochen nou.

PEN CHAK JOU AN
Si nou plede renmen sèlman moun ki renmen nou, ki benediksyon pou n tann pou sa? Mechan yo tou yo renmen moun ki renmen yo. Lik 6:32

25-0215

PUISANS TRANSFÒMASYON AN 65-1031M

E mwen kwè se te David ki te di, “ Mwen ta pito yon payason kay Seyè a, pase pou m ta rete anndan kay mechan an.” Ou wè, kèlkeswa sa l ye a, “ Mwen pran pozisyon m.”

Kèk fwa ou dwe separe ou de tout bagay ki chè pou ou sou tè a, pou pran pozisyon pou sa Bondye rele ou la. Mwen sèten ke ou ka li ant lè liy, sa m ap di la. Ou wè? Kèk fwa menm moun ki pi chè pou ou sou tè a, ou oblije bay yo lamen; epi pran pozisyon ou nan Kris, kote Bondye te rele ou la. Ou wè? Men kisa Bondye ap fè la? L ap transfòme ou retire ou nan sa ou te ye a, petèt yon piti fi oswa yon pitit gason, oswa kèlkeswa sa l ye, retire ou nan yon bon fanmi kèkfwa, Li mete ou yon lòt kote. Paske, se mwayen sa L fè L, wè, lè L chanje lide ki nan tèt ou, pou obeyi Pawòl Bondye a, kèlkeswa sa pri a ye. Ou wè? Bagay sa yo pa vini… Sa pat rele…

Redanmsyon nou an pat yon bagay bon mache, se te Pitit Gason Bondye a ki te dwe mouri pou nou. Ou wè? Sa pa.. Bagay ki gen valè vini ak gran pri.

PEN KOTIDYEN
Kisa yon nonm kapab bay nan plas nanm li. Mak 8:37

25-0214

Èske Vi W Diy Parapò A Levanjil La?
63-0630E

Gad Jezi. W ap pale de imilye tèt nou? Lè Bondye li menm te vin yon ti bebe, olye pou l te vini nan yon—yon ti bèso anndan yon kay nòmal, li te fèt deyò la a sou yon pil fimye nan yon etab,
nan mitan ti bèf k ap rele. Yo te vlope l nan yon twal, ki te soti nan joug ki nan kou yon bèf. Pi pòv pami pi pòv yo, e, poutan, Kreyatè syèl la ak tè a.

Yon nwit frèt anba lapli, yo di: “Mèt, nou pral lakay ou avè w.”

Li te reponn : “Rena yo gen tanyè yo, e zwazo yo gen nich yo, men mwen pa menm gen kote pou m poze tèt mwen.”

Bondye, Jewova, te imilye tèt li e li te vin yon Nonm; Li te reprezante nan yon
kò peche, pou rachte ou menm avè m. Kiyès nou ye apretou? Li te egzanp nou. Kiyes mwen ye? M pa Anyen.

PEN KOTIDYEN
Mwen menm Mwen nan mitan nou tankou moun k ap sèvi a.
Lik 22:27

25-0213

TAN MWASON AN 64-1212

… Gen yon sèl fòm Lavi Etènèl,e se Bondye. Kidonk si nou gen Lavi Etènèl, nou te avèk Bondye nan moman sa a, yon pati nan Bondye. Nou te atribi Li. Kounye a nou se atribi Li. Paske, “ Nan kòmansman se te Pawòl la.” E yon mo se yon panse exprime. Kidonk nou te nan panse Li, aprè panse a exprime l an pawòl li vini sa nou ye a. Se rezon ki fè non nou yo, petèt se pa sa nou gen kounye a, men yo te mete non nou nan Liv Lavi Ayo a anvan fondasyon mond lan. Ou wè? E si l pat ladann lè sa a, li patap janm la. Ou wè? E Jezi te vin rachte tout sa yo, ke non yo nan Liv sa a.
PEN KOTIDYEN
… Moun ki fè sa Bondye vle, y ap viv pou tout tan.
1 Jan 2:17

25-0212

Poukisa ? 61-0413

Jezi te di, “Ki moun, afòs l ap enkyete, kapab mete kèk lane an plis sou lavi l?” Nou sa nou ye a.

E se yon bagay ki bay mouvman Pannkotis la pwoblèm, epi lòt mouvman yo tou, se yon moun k ap eseye pou l yon bagay ke l pa ye, l ap eseye imite yon lòt moun. W paka fè sa, w jis sa w ye a, se tou. E lè w fè sa, Bondye ap jis itilize w nan sa w ye a.

E w gen menm enpòtans ak tout moun. Janm te di l swa pase a, ti resò ki nan mont sa a gen menm enpòtans ak resò prensipal la, paske sa pran yo tout ansanm pou bay lè a. Epi bagay sa a… Lè nou reyalize pozisyon nou nan Kris, epi nou rete ladann, si w se yon menajè, rete konsa, se sa Bondye vle pou w fè. Ou wè? Jis rete sa w ye a.

PEN CHAK JOU AN
Se pou chak moun kontinye viv daprè kado Bondye ba yo, jan yo te ye lè Bondye te rele yo a. 1 Kòrentyen 7:17

25-0211

Kisa Ou Tande Eli? 59-0412E

Gen yon sèl asirans yon kwayan genyen, malgre mond lan rejte l, men Bondye renmen l. Mond lan ka rele ou sen k ap woule atè; yo ka rele ou fanatik; men si ou rete fidèl ak Bondye gen yon bagay ki sèten : Bondye renmen ou, epi Anj Li yo kanpe bò kote sa yo ki gen krentif pou Li.

M ta imajine sou chak branch, ki ozanviwon plas la, Se te yon bann Anj. Epi Bondye te desann, pou L di, “ Pòv sèvitè fatige M nan. Li sitèlman enève epi boulvèse, li pa konnen kisa pou L fè. Mwen vle pran Anj ki gen men ki pi dous la kanpe la a. Pa pè li; apwoche epi karese fwon l dousman. E mwen vle pou meyè kizinyè ki nan mitan ou an, monte anlè a, pran tout vitamin ke l ka jwenn, epi mete l nan plat mayi sa a. Mond lan rejte l, men m pral trete l byen.” Alelouya. Sa vle di “ lwanj pou Seyè nou an.” Piga pè sa.

Pote sa ki pibon nou genyen an; kwit pou li yon gato mayi epi mete dlo pou li.” E men dous Anj sa a te ale epi karese fwon ti sèvitè Bondye a.

Sonje, si ou te fè tout sa ki meyè de ou menm, Bondye ap toujou bay Anj sa yo lòd. Li renmen ou jis menm jan Li te renmen Eli.

PEN KOTIDYEN
Bondye ap pase Anj Li yo lòd pou yo veye sou ou. Pou yo pwoteje ou kote ou pase. Sòm 91:11

25-0210

Enflyans 63-1130B

Bondye bay moun pa Li pozisyon pou li okipe, ou paka pran plas yon lòt moun. Si ou fè sa, w ap sèlman pwodui yon entèpretasyon chanèl, e finalman sa pral fè chòk. Ou wè, ou paka fè sa. Bondye ba ou pozisyon pou okipe. Ezayi te wè sa, ke li patap ka mete konfyans li nan okenn moun. Nan epòk sa a, te genyen pi gwo nonm ki te ka genyen sou tè a, yon wa ke tout rès mond lan t ap bay omaj; men paske li te kite pozisyon l, Ezayi te wè lè sa a ke li pat ka mete konfyans li nan yon bra de chè, e sa te mennen pwofèt la nan tanp lan pou priye.

O Bondye! Si legliz la, si moun yo ki rele tèt yo Kretyen, te ka sèlman wè sa jodi a, e t ap mennen yo sou lotèl la kèk kote pou priye. Ou paka yon bagay ke ou pa ye.

PEN KOTIDYEN
Chak moun gen kado pa yo Bondye ba yo. Yon moun resevwa yon kalite kado, yon lòt moun resevwa yon lòt kalite kado.
1 Kòrentyen 7:7

25-0209

Evènman Ki Vin Klè Ak Pwofesi
65-0801E

Ou wè, Bib la pa kontredi tèt li; Bib la se Bondye. Pa gen okenn kontradiksyon nan Bondye; Li pafè.

Men moun yo, avèk pwòp entèpretasyon yo! Bon remake, kite m montre w, zanmi yo. Legliz yo yo menm paka tonbe dakò sou entèpretasyon Sa a. Metodis la pa dakò ak Batis la, Batis la ak Presbyteryen an, Presbyteryen an ak pannkotis yo. E avèk anviwon karant òganizasyon diferan pami pankotis yo, yo paka dakò youn ak lòt. Konsa, ou wè, sa ta dwe Babilòn ankò, nan konfizyon.

Men Bondye fè pwòp entèpretasyon L de Pawòl li. Li te pwomèt bagay sa a, e la Li fèl Limenm. Li bay, Limenm, entèpretasyon an, paske Li te revele Pwòp Tèt Li nan moman sa a. Jis ki kote kò Jezikri a rive, soti nan pye rive nan tèt la!

PEN KOTIDYEN
Lè sa a Jezi te di yo, Ala moun san konprann, kijan lespri nou fè lou pou kwè tout sa pwofèt yo te di konsa! Lik 24:25

25-0208

TIMOUN IZRAYÉL YO 47-1123

Kounye a, zanmi m yo, gen yon sèl jan nan mond lan ke nou ka geri, e se sèlman pa lafwa nan Bondye. Bon, menm si Bondye va pèmèt mwen , chase lespri a sou ou,pa lafwa pa m, amwens ke ou ale epi kwè Bondye, epi sèvi Bondye, epi gen konfyans nan Bondye, sa pral retounen ak ou ankò. Èske Jezi pat di, “ ale epi pa peche ankò, pou bagay pi mal pase sa pa rive ou?”

Pa janm antre nan yon liy priyè amwens ke ou pral sèvi Bondye pou rès lavi ou. Se vre. Toujou, pa janm viv yon vi peche, paske ou pral vin pi mal, w ap vin pi mal nèt. Bondye te pwomèt ke ou pral pi mal ke jan ou te ye anvan an.

PEN KOTIDYEN
Koute non. Kounye a ou wè ou geri, pa fè peche, tande, pou bagay pi mal pa rive ou. Jan 5:14

25-0207

KESYON AK REPONS
61-1015M

Jezi se Mann kache a; Kris se Mann legliz la. Kisa mann nan ye? Nan Ansyen Testaman an mann nan sete yon bagay fre ki te desann sot nan syèl la chak nwit pou soutni legliz la nan vwayaj li a. Èske se vre ? Kounye a kisa Mann kache a ye nan Nouvo Testaman an ? “ Yon ti moman ankò epi mond lan p ap wè M ( kache); men nou menm n ap wè Mwen, paske M ap avèk nou, menm nan nou jouk rive nan fen mond lan.” E Kris se Mann kache sa a ki sòti kot Bondye nan syèl la ankò chak jou— chak jou.

Nou paka di: “ Bon, m te fè yon gwo experyans ak Bondye de semèn desa.” E kounye a ? Ou wè? Chak jou, yon nouvo benediksyon, fre, yon bagay tounèf k ap sòti kot Bondye, Mann kache an k ap desann sot nan syèl la kot Bondye, Kris. Epi n ap fete avèk Mann sa a kise Kris, Li soutni nou nan vwayaj la jouk nou rive nan– nan peyi lòt bò a.

PEN KOTIDYEN
Paske pen Bondye bay la, se Sila ki desann sot nan syèl la pou bay lèzòm lavi. Jan 6:33

25-0206

Pozisyon Kwayan An Nan Kris 55-0116A

Kounye a, si nou jwenn pozisyon nou epi nou konnen ke se Pawòl Bondye ki te pwomèt li… Se rezon sa a ki fè Jozye ak Kalèb pat pè pou yo pat ka pran tè ke yo te pwomèt yo a. Paske rès nèf yo te retounen, oswa dis yo, pou yo di, “ Nou pa ka fè l. Bon, vil sa yo chaje ak defans, epi nou sanble ak krikèt bò kote pèp yo. Yo sitèlman jeyan epi yo ame,” epi yo di, “ Nou jis pa ka fè l.” Ou wè, yo t ap gade ak sans rezònman yo.

Ou paka gade ak sans rezònman an ; ou dwe gade ak pwomès Bondye. Bon, Bondye te deja voye Anj Li an, epi Anj lan t ap bouje nan kan an. Epi revelasyon Bondye te pote Pawòl Bondye manifeste. Epi yo te pare pou antre nan tè ki te pwomèt la.

PEN KOTIDYEN
O ou menm ki gen ti lafwa, poukisa ou doute? Matye 14:31

25-0205

An Atant 53-0507

Kounye a, men li; sezi l. Maladi, mwen vle di peche, se enkredilite. “ Moun ki pa kwè deja kondane.” Paske lè ou volè bay manti, fimen, bwè tafya, fè adiltè, se pa peche. Se atribi peche yo ye. Ou fè sa paske ou pa kwè.

Ou fidèl, ou sensè, ou Jis, ou onèt, ou Sen epi ou respektab( se pa paske…se pa kretyente), ou fè sa : se jis fwi kretyente a paske ou kwè ; se atribi lafwa ou nan Kris Jezi epi nesans ou kòm pitit Li. Amèn. Wè? Yon bon pyebwa paka bay move fwi ( yon move pyebwa ka bay), yo Jis bay bon fwi. “ Pa fwi yo ou va konnen yo.”

Bon, si Sentespri a antre nan bilding nan aswè a, pou ta deklare Pawòl Li a se verite, e ou soti san ou pa kwè L, ou se yon pechè. Si Bondye di ou kisa lavi ou te ye, e kisa l va ye, e si ou konnen ke se te laverite, epi L di kisa l va ye; si ou ale san ou pa kwè L, pi move bagay ke sa va tonbe sou ou. “ Ale epi pa peche ankò.”

PEN KOTIDYEN
Nenpòt pyebwa ki pa bay bon fwi, yo pral koupe sa jete nan dife. Konsa tou, na rekonèt fo pwofèt yo sou sa y ap fè.
Matye 7:19-20

25-0204

Konbat Pou Lafwa Bondye Te Bay Sen Yo Yon Sèl Fwa Pou Tou Tan An 54-0404M

O, Bondye vle restore lafwa ki te bay yon sèl fwa ak sen yo. Ou di, “ Frè Branham, èske se lafwa?” Piga pran Me— rityèl Metodis yo, rityèl Batis yo, oswa rityèl Pannkotis yo ; Pran Bib la. Ann gade kisa yo te fè. Yo tout te nan chanmòt la nan yon sèl akò, epi menm kote a, menm gwo van an desann sot nan Syèl la, te ranpli tout kay la kote yo te chita a. Kisa ou t ap di? Yo te di, “ O, m pa konnen si pou m fè sa oswa si pou m pa fè sa. Si m al deyò a, y ap pase m nan betiz. Si m di yon bagay, ‘ Bon, li te di soti deyò.’” Non, mesye. Sentespri a te rankontre yo, bann lach sa yo. Yo te gen lavi epi yo te pase nan fenèt yo ak pòt yo, yo te soti nan lari a, epi yo te aji tankou yon bann manyak, yo t ap titibe epi rele epi kriye fò ak tout bagay, tankou yon bann moun ki bwè tafya ; jiskaske rityalistik legliz jodi a di, “ moun sa yo sou.”

Epi koute, sè, ou menm ki si tèlman onore nan gwoup kouti legliz ou a, elatriye, epi ou gen yon jan de stati sosyal nan Louisville, New Albany, ak Jeffersonville, vyèj Mari beni a te la. E si Bondye Toupisan an te egzije vyèj Mari beni a pou l te la a, e Li patap kite l rive nan syèl la jiskaske l te fè eksperyans sa a, kijan ou pral fè rive la a ak mwens bagay ke sa?

PEN KOTIDYEN
Men m ap chante pou m fè lwanj ou, m a ofri bèt pou yo touye pou ou. M a kenbe angajman mwen te pran an. Se Seyè a ki delivrans nou.
Jonas 2:9

25-0203

Siy Lan 63-0901M

Pou mond lan, Se yon pakèt moun sòt. Men, pou Bondye, Se sèl mwayen. Sèl bagay li mande se Siy sa a. Li dwe la. Epi ou pa kapab genyen Siy lan jiskaske
yo peye pri tikè a, lè sa a ou se yon moun ki posede Siy lan ki ba ou privilèj yon pas gratis. “Mwen va wè San an, Mwen va epaye w.” Ala yon tan, sa, ala yon privilèj, pou konnen ke ou pote Pas la, anndan ou. “Lè Mwen va wè San an, Mwen va epaye w.” Se sèl bagay Li pral rekonèt. Pa gen lòt bagay ki ka pran plas Li; pa gen okenn ranplasan, pa gen okenn denominasyon, pa gen okenn lòt bagay. Sa pran Sa. Bondye di: “Se Sa
sèlman Mwen va wè.”

PEN KOTIDYEN
Piga fè Sentespri Bondye a lapèn kite sele nou jouk jou redanmsyon an.
Efezyen 4:30

25-0202

Rezireksyon An 53-1205

Dwe gen yon tan kote nou dwe sispann dòlote moun yo. Nou paka dòlote yo. Se sa ki pwoblèm nan jodi a. Predikatè yo ap manye Levanjil la ak— ak gan eklezyastik. Se sa ki pwoblèm nan jodi a. Sa nou bezwen jodi a se yon Levanjil plat, brit ki ka di ou ke ou se yon pechè, ki pral nan lanfè. Si ou pa gen Sentespri ou deyò Wayòm Bondye a. Se vre. Ou paka kwè sinatirèl la, paske ou pat janm ne denouvo. E lè ou ne denouvo ou oblije kwè sinatirèl la, paske ou se sinatirèl la menm.

PEN KOTIDYEN
Tankou yon bon sòlda Jezikri, asepte tout soufrans ki vin pou ou.
2 Timote 2 :3evanjil la fèt pou viv sou kont travay Levanjil la. 1 Korentyen 9:14

25-0201

Ebre Chapit De #1 58–0825M

Bondye toujou bay temwayaj. Lavi ou ap bay temwayaj. Mwen pa konnen kisa temwayaj ou ye, men lavi ou pale tèlman fò, ke yo paka tande vwa ou. Men, vi ou, lavi ou ap viv chak jou a ap pwouve ki moun ou ye. Bondye bay temwayaj. Wi. Sentespri se yon so, e yon so make de bò papye a. Yo wè ou lè ou kanpe isi a epi yo wè ou lè ou ale. Se pa sèlman nan legliz men chak jou nan travay la. Ou sele toude bò, anndan ak deyò. Ak lajwa ke ou genyen e ak lavi ke ou ap viv, ou sele, anndan ak deyò, ou konnen ou sove e mond lan konnen ou sove, atravè lavi ke ou ap viv la, paske Bondye bay temwayaj. Ke Non L ki Sen beni!

PEN KOTIDYEN
Konsa tou, Seyè a bay lòd pou tout moun k ap anonse Levanjil la fèt pou viv sou kont travay Levanjil la. 1 Korentyen 9:14

25-0131

Kominyon 62-0204

Kounye a, kò nou bezwen manje ak brevaj chak jou, pou reziste, kò fizik
nou. Si nou pa manje epi bwè chak jou, alò kò nou afebli. Gen yon bagay nan nou ki oblije nou manje. Manje yon jou pa sifi pou jou apre a. Ou dwe manje chak jou, pou fòtifye èt mòtèl ou. Ou ka kontinye ap viv, men ou pi fèb. Dezyèm jou a, ou ankò pi fèb. E twazyèm jou a, ou vin vrèman fèb.

Ebyen, se sa anpil fwa nou fè nan domèn espirityèl la. Ou wè, chak jou nou
dwe kominye avèk Kris. Nou dwe pale avè L chak jou. Nou dwe regle sa avè L
chak jou. Pòl di, “M mouri chak jou.” Ou wè? “Chak jou, m mouri; poutan m ap viv, se pa mwen men Kris k ap viv nan mwen.” Kidonk, si kò fizik ou bezwen manje ak brevaj chak jou, pou reziste, kò espirityèl ou bezwen Nouriti ak kominyon avèk Seyè a chak jou, pou l reziste. Wi.

PEN KOTIDYEN
Resevwa avèk favè pawòl ki nan bouch mwen ak santiman ki nan kè m, O,Seyè, Ou menm ki se Wòch mwen, ak Liberatè m nan. Sòm 19:14

An Independent Church of the WORD,