Mesagj: 65-0220 Kote Bondye Chwazi Pou Adore
- 26-0315 Kote Bondye Chwazi Pou Adore
- 24-0616 Plas Bondye Chwazi Pou Adore
- 22-1120 Plas Bondye Chwazi Pou Adore
Byenneme Madan Jezikri,
Jou a rive. Lè a rive. Bondye voye pwisan èg Li a sou tè a pou rele Madan Jezikri pou L soti, pou pale avè L epi di Li: “Se OU menm mwen chwazi a. Se OU menm mwen renmen an. Ou se Lepouz Pawòl vyèj pafè Mwen an. Nou fè YOUN.”
Jis tande pawòl sa yo fè kè nou sote de jwa. Lè nou panse a sa, nan tout mond lan, ak plizyè milyon moun ki rete ladan l, gen YON sèl Madan Jezikri, epi se OU menm sa, Moun L ap vini pou li a.
Gen YON sèl kote pou adore ki chwazi. Gen YON sèl Mesaj pafè ki chwazi. Gen YON sèl Lepouz pafè ki chwazi…E SE NOU MENM SA!!
Papa nou gen YON sèl kote L chwazi pou adore, Seyè Jezikri; Li se Pawòl la. Jodi a, gen YON sèl kote lanmò espirityèl pa ka frape: Pawòl la. Lanmò pa ka frape Pawòl la, paske L se Pawòl Vivan Bondye a.
Se Madan Jezikri sèl ki te resevwa tout Revelasyon Pawòl Vivan sa a. Gen YON sèl kote Madan Jezikri ka ale pou l tande PAWÒL PAFÈ a PWONONSE. Gen YON sèl pwofèt ki chwazi pou reprezante Vwa Bondye. Gen YON sèl kote Madan Jezi ka ale pou l tande, MEN SA SEYÈ A DI: PEZE JWE.
Va gen Limyè nan zòn tan aswè an, sèl plas Bondye chwazi pou adore. O, pou kisa Mesaj sa vini, kisa L pral fè? E nan jou li va gen Limyè nan tan aswè a, epi (kisa?) pou akeyi pitit Li yo tounen lakay nan vrè Tè pwomiz la, pa menm siy Kolòn Dife an ki te kondwi pitit Izrayèl yo nan dezè a.
Ala vijilan Lepouz la dwe vijilan pou L swiv epi koute Vwa Mari Li k ap pale avè L. Gen YON sèl kote nou ka ale pou nou ka 100% sèten. Gen YON sèl Vwa kote nou mete destinasyon Etènèl nou an.
Madan Jezikri kwè ke Pawòl ke L tande sou bann yo se Pawòl Mari Li. Li kwè ke Pawòl Li pa bezwen okenn entèpretasyon. Kidonk, Li kwè ke gen YON sèl kote Li ka ale pou L di AMÈN a chak Pawòl, Vwa Mari Li sou bann yo.
Yon fwa ankò, Madan Jezikri, atravè mond lan, ka di: “Jou sa a, Pawòl pwononse sa a akonpli”.
Byenneme Bondye, anba nèt atravè dezè yo la a nan Tucson, ale nèt nan Kalifòni, monte nan Nevada ak Idaho, ale nèt nan Lès ak nan viwonn an, desann nan Texas; pandan envitasyon sa a bay, moun chita nan―nan ti legliz, nan estasyon sèvis, lakay, ap koute.
Nou envite pou vin koute avèk Branham Tabènak la a midi, lè Jeffersonville, alò ke nou pral tande Bondye k ap preche bay Lepouz Li chwazi a, Mesaj la: “Plas Bondye Chwazi Pou Adore” 65-0220.
Frè Jozèf Branham
Ekriti
Deteronom 16:1-3