26-0104 Rezèvwa Ki Fann

Mesagj: 64-0726E Rezèvwa Ki Fann

PDF

BranhamTabernacle.org

Byenneme Moun Ki Bwè Dlo Pi Atezyèn,

Ala yon Nwèl avèk yon Nouvèl Ane nou pase! Nou aksepte e nou louvri kado Bondye te voye bay Lepouz Li. Premye Kado nou te genyen an se te pi bèl Kado Nwèl ki te janm vlope. Bondye Li menm te vlope Pwòp Tèt Li nan kò yon moun epi Li te voye pake sa a bay lemonn. Se te premye gwo Kado Li pou retabli Lepouz Li.

Apre sa, Bondye te voye yon lòt gwo pake bay Lepouz Li. Li te tèlman renmen nou ke Li vini epi Li revele Tèt Li yon lòt fwa ankò nan lachè pou L te ka pale avèk nou de bouch a zòrèy. Li te vle pou Li menm ak Lepouz Li fè Youn.

Kounye a, zanmi m yo, konprann mwen byen. Kite m di sa avèk reverans nan kè m, paske m konnen m se yon moun ki destine pou Letènite ki pral kanpe devan Jijman yon jou: Plizyè milye moun pa rekonèt don yo. Ou wè? Yo pa ka konprann li. Yo gade epi yo di: “O, se jis yon nonm.” Se vre. Èske se te Bondye oubyen Moyiz ki te delivre pèp la? Se te Bondye nan Moyiz. Ou wè? Yo te reklame sovè a. Epi lè Bondye te voye sovè a ba yo, yo pa t rekonèt li, paske se te atravè yon nonm, men se pa t nonm lan, se te Bondye nan nonm lan.

Jodi a, yon lòt fwa ankò, plizyè milye moun pa rekonèt don yo epi yo di: “ou pa bezwen koute bann yo; gen lòt moun ki wen kounye a.” Sa se vre, men yo pa rekonèt ke se SÈL Vwa sa a ki konfime pa Bondye, ki pwononse: “Men Sa Seyè A Di,” atravè nonm sa a. Vwa sa a se Ourim ak Toumim Bondye a, Absoli Li pou jodi a.

Lè nou koute Vwa Li sou bann yo, nou vrèman ap bwè nan Pi Atèzyen Bondye a, kote nou pa bezwen ponpe, rale, antre, vide; nou jis kwè e nou repoze sou chak Pawòl ki Pwononse.

Lè nou koute Vwa sa a sou bann yo, dapre Jezi Li menm, nou gen vrè prèv Sentespri a nan epòk nou an.

Konsa men prèv otantik Sentespri a! Li poko janm di m yon bagay ki pa sa. Alò, “Se vrè prèv Sentespri a, se moun ki ka kwè Pawòl la.” Nou ka resevwa Li.

Bondye ban nou yon Fontèn dlo kote nou ka bwè ladan L chak minit chak jou. Li toujou fre. Se pa yon bagay sal; se Fontèn dlo Li ki pa janm fini, ki ka pran swen tèt Li; ou jis bezwen Peze Jwe.

N ap pale de yon KADO Bondye ban nou, èske nou ka imajine kijan Kado sa a vrèman GRAN? Annik Peze Jwe epi koute Vwa Li sou bann yo, se sèl… SÈL VWA nan lemonn ki pa bezwen okenn filtè, okenn paswa, anyen. Ou jis bezwen koute, kwè, epi di amèn a chak Pawòl.

Bondye Li menm ban nou chemen sa a, SÈL CHEMEN LI, pou nou resevwa lavi etènèl, epi pi enpòtan toujou, POU NOU VIN LEPOUZ LI. Nou ka tou senpleman repoze sou sen Li epi tire fòs nan koute Fontèn dlo Li, Vwa Li, El Shaddai k ap pale avèk Lepouz Li.

Ke ane sa a se ane kote L ap vini pou nou, Lepouz byenneme Li. N ap veye epi n ap tann avèk gwo atant. Nenpòt jou kounye a n ap wè moun nou te tèlman anvi wè yo. N ap reyalize, nan yon bat je, ke n ap kite isit la, y ap rele nou pou Soupe de Nòs nou.

Seyè, lè n ap gade gwo tab sa a k ap pare pou soupe sa a, ki lonje sou plizyè milye kilomèt, n ap gade youn lòt, ansyen sòlda ki gen mak batay, dlo nan je poutèt lajwa ap koule sou machwè nou… Wa a pral parèt nan tout bote Li, sentete Li, L ap mache bò tab la, L ap pran Pwòp men Li epi L ap siye dlo nan je nou, ap di: “Sispann kriye, tout bagay fini. Antre nan lajwa Seyè a.” Difikilte chemen an p ap sanble anyen lè sa a, Papa, lè n ap rive nan fen chemen an.

Vin bwè, bwè, epi bwè ankò nan Fontèn dlo Bondye te ban nou jodi a, avèk nou, Dimanch sa a midi lè Jeffersonville. Se SÈL kote ou ka detann nèt epi di AMÈN a chak Pawòl ke w tande. Se Pi Atèzyen Li te bay pou Lepouz Li a bwè ladan L.

Frè Jozèf Branham

Mesaj: 64-0726E Rezèvwa Ki Fann

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:
Som 36:9
Jeremi 2:12-13
Jan 3:16
Apokalips Chapit 13