Mesagj: 64-0726M Rekonèt Tan Pa W Ak Mesaj Li
- 25-1228 Rekonèt Tan Pa W Ak Mesaj Li
- 24-0324 Rekonèt Tan Pa W Ak Mesaj Li
- 22-0904 Rekonèt Tan Pa W Ak Mesaj Li
- 21-0418 Rekonèt Tan Pa W Ak Mesaj Li
- 19-1110 Rekonèt Tan Pa W Ak Mesaj Li
- 17-1015 Rekonèt Tan Pa W Ak Mesaj Li
- 16-0626M Rekonèt Tan Pa W Ak Mesaj Li
Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle
Byenneme Lepouz Ki Byen Fòme,
Jodi a, legliz la bliye pwofèt li. Yo pa bezwen l ankò pou preche nan legliz yo. Yo pretann yo gen pastè yo pou preche ba yo epi site epi entèprete Pawòl la. Preche pi enpòtan pase koute Vwa Bondye a sou bann nan legliz yo.
Men Bondye te konnen Li te bezwen gen pwofèt Li; se konsa Li te toujou rele epi gide Lepouz Li. Li te separe nou nan mitan rès nasyon yo avèk Epe de bò Li a, Sentespri Li, Vwa Li ki pwononse atravè pwofèt Li.
Li fòme nou atravè Vwa sa a. Se poutèt sa Li te fè anrejistre L epi mete L sou bann. Atravè Revelasyon an, nou wè kijan Lekriti a parfè! Lepouz la pa ka muri sof si Pitit la fè l muri.
Kèlkeswa konbyen fwa w preche, kèlkeswa sa w fè, li pa ka muri, li pa ka manifeste, li pa ka konfime; eksepte pa Limenm Ki te di: “M se Limyè mond lan,” Pawòl la.
Pawòl la di nou ke Sentespri a Li menm ap vini pou L fè nou muri, pou L konfime nou, pou L pwouve nou, epi pou L manifeste tèt Li. Limyè aswè a rive. Bondye manifeste tèt Li nan chè pou L rele Lepouz Li.
Se Li menm ki rele W atravè Sentespri Li, Pawòl Li, Vwa Li. Se Li menm ki chwazi W. Se Li menm ki anseye W. Se Li menm ki gide W. Pa kisa? Sentespri Li, Vwa Li k ap pale avè W DIRÈKTEMAN.
Men, li twò demode pou yo jodi a. Yo pa jwe bann yo nan legliz yo ankò. Yo pa rekonèt Sa. Se poutèt sa yo twouve yo nan sitiyasyon sa a. Men pou ou menm, Sa te revele ba ou kòm chemen Bondye te trase pou ou a; POU OU MENM, SE MEN SA SEYÈ A DI.
Kifè g on-on-on Pwisans ki dwe vini, Sentespri an Limenm, pou fè vin mi, oswa pou konfime, oswa pou pwouve, oswa pou manifeste ke sa L te predi a t ap rive nan jou sa a. Limyè aswè a pwodwi sa. Ala on tan!
Nou se Lepouz parfè Pawòl Bondye a, ke pwofèt Li a te wè nan vizyon li. Nou se sa yo ke L voye bay pwofèt Li pou rele yo atravè Pawòl Li, epi kounye a n ap viv yon REVEY, paske kounye a nou konnen kiyès nou ye.
Fè reviv, la a, se menm mo ki itilize nenpòt lòt kote, m fèk chache l, sa vle di: “yon revèy.” “L ap fè nou reviv apre de jou.” Sa t ap, “Nan twazyèm jou an L ap fè nou reviv ankò, apre Li te gaye nou, epi te avegle nou, epi te rache nou.”
Papa te voye pwofèt Li pou veye sou Lepouz Li pou nou pa pèdi chemen an. Sonje byen, sa se te yon vizyon!
Epouz lan te pase nan menm pozisyon ke L te ye a lè L te nan kòmansman an. Men m t ap gade L k ap soti nan chemen an, epi m t ap eseye fè L retounen.
Men, kijan “li” te ka fè l retounen jodi a? “Li menm,” nonm nan, li pa isit sou tè a. ATRAVÈ PAWÒL LA! Kisa ki SÈL Pawòl ki konfime pou jodi a? Vwa Bondye sou bann yo.
Minis yo gen pou yo preche Pawòl la lè yo site egzakteman sa pwofèt la te di. Selon pwofèt la li menm, yo pa dwe di anyen plis.
Yo vrèman gen misyon pou anseye epi preche Pawòl sa a. Men, gen YON SÈL VWA KI KONFIME PA BONDYE LI MENM KÒM ETAN MEN SA SEYÈ A DI.
Menm jan an tou, mwen di nan non Jezikri: Pa ajoute yon sèl bagay, pa retire anyen, pa ajoute pwòp lide pa w ladan L. Senpleman di sa ki di sou bann sa yo. Fè egzakteman sa Seyè a, Bondye ou a, te kòmande w fè. Pa ajoute anyen ladan L!
Si nou di “amèn” a chak pawòl ke pastè nou oswa predikatè nou di, nou pèdi. Men, si nou di “AMÈN” A CHAK PAWÒL BONDYE PALE ATRAVÈ PWOFÈT LI A SOU BANN YO, NOU SE LEPOUZ LA E N AP GEN LAVI ETÈNÈL.
Pwofèt Bondye a se te nonm Bondye te chwazi pou l pale atravè li. Se te CHWA BONDYE pou itilize l pou pwononse Pawòl Li epi mete l sou bann yo, pou Lepouz la te ka toujou gen MEN SA SEYÈ A DI POU L TANDE.
Li pa vle pou Lepouz Li depann de sa lòt moun di, ni de entèpretasyon yo bay Pawòl Li. Li vle pou Lepouz Li tande, de bouch Li a zòrèy pa yo. Li pa vle pou Lepouz Li depann de pèsonn lòt ke Li menm.
Lè nou leve nan maten, nou renmen lè Li di nou: “Bonjou, zanmi m yo. M pral pale avè nou jodi a pou m di nou konbyen Mwen renmen nou, epi ke nou menm avè M fè YOUN. Gen anpil moun M ap bay lavi etènèl, men se NOU MENM sèl ki Lepouz Mwen ke M chwazi avèk anpil swen. A NOU MENM sèl Mwen te bay Revelasyon an anvan fondasyon mond lan.”
Gen anpil lòt moun ki renmen tande M, men se nou menm ke M chwazi pou nou vin Lepouz Mwen. Paske nou rekonèt Mwen, e nou rete avèk Pawòl Mwen. Nou pa fè konpwomi, nou pa gad lòt kote, nou rete fidèl ak Pawòl Mwen.
Lè a prèske rive. M ap vin chèche nou trè byento. Premyèman, n ap wè moun ki avè M nan moman an. O, jan yo anvi wè nou epi rete avè nou. Pa enkyete nou pitit Mwen yo, tout bagay parfètman a lè; nou jis bezwen kontinye avanse.”
Antanke yon minis Levanjil, m pa ka wè yon bagay ki rete sòf depa Epouz lan.
Frè Jozèf Branham
Mesaj: 64-0726M “Rekonèt Tan Pa W Ak Mesaj Li”
Lè: midi, lè Jeffersonville
Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:
Oze: Chapit 6
Ezekyèl: Chapit 37
Malachi: 3:1 / 4:5-6
2 Timote: 3:1-9
Apokalips: Chapit 11