Mesagj: 63-0630m Twazyèm Egzòd La
- 25-0907 Twazyèm Egzòd La
- 23-1001 Twazyèm Egzòd La
- 22-0414 Twazyèm Egzòd La – Kominyon
- 21-0718 Twazyèm Egzòd La
- Sitasyon pou jou / Pen chak jou
Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle
Byenneme Epouz Twazyèm Egzòd La,
Si w pa gen je espirityèl, ou p ap ka konprann sa. Men, je espirityèl la ka wè Pwisans Bondye a k ap aji paske Li egzakteman avèk Pawòl la. Se Pawòl la, epi Pawòl Bondye a pa janm chanje. Sa Li te fè nan kòmansman an, L ap fè menm bagay la kounye a epi je espirityèl la wè Sa, kwè Li, epi TANDE LI.
Mond lan ka pa dakò avè m sou sa mwen kwè ki chemen Bondye bay la pou jodi a: Vwa ki pi enpòtan ou dwe tande a se Vwa Bondye sou bann yo. Nou dwe jwe bann yo nan legliz nou yo, men SI w vrèman kwè Mesaj sa a, alò ou pa ka pa dakò ak sa pwofèt Bondye a di.
Dimanch sa a, nou pral rasanble menm jan timoun ebre yo te fè a pou nou jwenn lamann yo te ba yo pandan lannwit lan, ki t ap ede yo kenbe tout jounen nan landemen. Nou pral rasanble pou Lamann espirityèl nou an ki pral ban nou fòs pou gwo Egzòd nou an ki pral vini byento.
Pa gen pi bon fason pase kite Vwa Bondye a di l Li menm, apwopo de Li menm, e Mesaj sa a nou pral tande a TRÈ RICH!
Bondye te pran yon nonm nan dezè a, antrene l. Epi te fè l tounen, pou pran kontrol sityasyon an, e li te fè pèp la soti. Ou wè sa m vle di a? Li pakab chanje pwogram Li. Li se Bondye.
Kidonk isit la Li di nou klèman ke Li pa janm chanje pwogram Li. Sa L te fè depi nan kòmansman an, Li pral fè l ankò nan fen an, Li te pwomèt sa. Kounye a nou dwe konnen ki sa Pwogram Li te ye lè sa a paske Li pral menm Pwogram nan jodi a.
Li p ap janm trete ak yon group. Li pa t janm fè l. Li trete ak yon endividi; Li te fè sa, E l ap fè l ankò. E li te pwomèt, menm nan Malachi 4, L ap fè sa.
Li pa janm trete ak yon gwoup. Alò, Li te pwomèt nan epòk nou an ke Li t ap voye yon Sèl moun, Malachi 4, avèk Men Sa Seyè A Di.
Se vre. Alò men pwomès Li a, sa L te ye; Li te pwomèt sa L te di Li t ap fè a, e men nou. Ala yon pèp jwaye nou ta dwe ye; Li ba yo siy lan, siy ki te pwomèt nan Pawòl Li a, Pawòl pwomès la. Li te pwomèt ke L ap fè sa.
Ki jan Bondye te chwazi pou l gide Lepouz Li a nan epòk sa a?
Bondye te chwazi, nan epòk egzòd la, Li te rele yon gwoup. Epi nan gwoup sa a, mwen vle nou remake yon bagay, Li te sèlman gen de ki te ale nan tè pwomiz sa. Pa kisa Li te chwazi fè yo soti?
Men li. Sa a tèlman enpòtan pou lespri espirityèl la konprann. Ki jan Bondye te chwazi pou l gide epi mennen Lepouz la nan Tè Pwomiz la?
Politik? Òganizasyon? Li te chwazi yon pwofèt, ak yon siy Kolòn Dife sinatirèl, pou pèp la pat fè erè. Sa pwofèt la te di, se te Laverite. E Bondye desann, nan yon Kolòn Dife, e Konfime Tèt Li, Li montre Pawòl Li. Pa vre? [Asanble a di, “Amèn.”—Ed.] Se sa Li te pwodwi nan premye egzòd Li a. Nan dezyèm egzòd Li a…
Konsa, pou asire ke pèp la pa t ap fè yon erè, Li te voye yon pwofèt ba yo avèk yon siy sinatirèl, ki se Kolòn Dife a, pou gwo egzòd yo a.
Kisa Li te fè, nan premye egzòd la? Li te voye yon pwofèt, ki wenn ak Kolòn Dife a, e Li fè pèp la soti. Sa se te premye egzòd Li a…
Dezyèm egzòd la, Li voye on Pwofèt, wenn, ki te Pitit Li, Dye-Pwofèt. Moyiz te di ke Li ta pral yon Pwofèt; epi Li te gen Kolòn Dife a, epi Li te akonpli siy ak mirak…
Epi la a, Li pwomèt menm bagay la nan egzòd la, nan dènye jou yo, epi Li pa ka chanje sa…
Anpil moun pral dakò pou yo di, wi, Li te voye yon pwofèt pou rele yon Lepouz, men kounye a Sentespri a pral gide Lepouz la atravè ministè a; men Li pa t di ke… ann kontinye li.
Remake Kolòn Dife a ki te rele yo, kondwi yo vè tè pwomiz la, anba onksyon on pwofèt. On Kolòn Dife ke yo te ka wè, kondwi yo vè tè pwomiz la, pa on pwofèt wen. Epi yo rejte l san rete. Se vre? Sètènman.
Menm Kolòn Dife sa a ap kondwi moun yo ankò nan yon Tè ki te pwomèt, Milenyòm lan.
Kolòn Dife an, sou direksyon Bondye a…Bondye te Dife an, e Kolòn Dife an te sèlman wenn pwofèt la. Kolòn Dife an te dwe sèvi kòm yon temwen Selès ki montre ke Moyiz te resevwa apèl la.
Kounye a, sonje Moyiz pat Kolòn Dife an. Li te lidè ki te wenn lan, anba Kolòn Dife sa a, e Kolòn Dife an te sèlman konfime Mesaj li avèk siy e mirak.
Pa gen erè, zanmi m. Se pa, sa mwen di; mwen jis frè nou. Men, se kisa Bondye ap pwouve nou, se sa kifè ke se Verite. Menm Kolòn Dife ke Li te itilize pou de lòt yo, Li mennen L nan mitan nou jodi a, epi Li pwouve L syantifikman.
Bondye pa janm chanje pwogram Li. Bondye gen yon chemen ki disponib pou Lepouz Li jodi a: Kolòn Dife a, anba lidèchip Bondye… Bondye te Dife a, epi Kolòn Dife a te sèlman wen pwofèt la.
Gen yon sèl Vwa, yon sèl pwofèt, ki gen Men Sa Seyè A Di, William Marrion Braham. Li pa Kolòn Dife a, men li se lidè ki wen an anba Kolòn Dife sa a.
Nou tout vle nan Volonte PAFÈ Bondye a. Pawòl Li SE volonte Pafè Li. Pawòl konfime a pou epòk nou an se Mesaj sa a. Pwofèt Li a te chwazi pou gide Lepouz Li. Si ou pa kwè sa, ou pa ka Lepouz Li.
Vini prepare w pou gwo Egzòd nou an nan tande Pawòl Pafè Bondye a avèk nou Dimanch a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande: Twazyèm Egzòd la 63-0630M.
Frè Jozèf Branham