25-0413 Senkyem So A

Mesagj: 63-0322 Senkyem So A

PDF

Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle

Byenneme Sa Yo K ap Repoze,

Nou la. Nou rive. Konfimasyon Pawòl la pwouve ke Revelasyon nou an de Mesaj sa a vini de Bondye. Nou nan VOLONTE PAFÈ LI lè nou rete avèk Vwa Bondye a sou bann yo.

Ki jan li enpòntan pou Peze Jwe? Pawòl yo ke n ap tande sou bann yo tèlman enpòtan, tèlman sakre, ke Bondye Li menm pa t ka konfye yo menm a yon Anj…pa menm a youn nan Anj selès Li yo. Li te dwe revele e transmèt bay Lepouz Li pa pwofèt Li a, paske se a li menm SÈL ke Pawòl la ale, a pwofèt Li a.

Bondye rache So yo, Li remèt yo bay setyèm anj mesaje Li ki te sou tè a, epi Li revele l tout Liv Apokalips la. Answit, Bondye pale atravè anj terès Li a epi Li revele TOUT BAGAY a Lepouz Li a.

Chak ti detay te pwononse e te revele ba nou. Bondye te tèlman gen sousi pou nou ke non sèlman Li rakonte nou sa ki te pase isi a sou tè a depi kòmansman tan an, men Li te pale atravè anj Li a epi Li te di nou sa k ap pase kounye a menm nan yon kote tankou paradi a.

Li pa t vle pou nou enkyè, oubyen pou nou pa sèten sou sa avni a rezève nou lè n ap kite tabènak terès sa a. Alò, Bondye Li menm mennen pwisan anj Li a odela rido tan an, pou l te ka wè Sa, manyen Sa, e menm pale avè yo ki Lòt bò a. Se pa t yon vizyon, li te LA A.

Bondye mennen l lòt bò a pou l te ka retounen e di nou: “m te la a, mwen wè Sa. Sa ap rive KOUNYE A MENM…Manman nou, papa nou, frè, sè, pitit gason, pitit fi,madanm, mari, granparan, Moyiz, Eli, TOUT SEN YO ki ale lòt bò a an Wòb Blan, ap repoze epi ap tann apre NOU”.

Nou p ap kriye ankò, paske se lajwa sèlman k ap genyen. Nou p ap tris ankò, paske se bonè selman k ap genyen. Nou p ap janm mouri, paske se lavi sèlman ki genyen. Nou p ap ka vin granmoun, paske nou tout ap jèn pou tout tan.

Se pèfeksyon…plis pèfeksyon…plis pèfeksyon, e nou prale lòt bò a!!! E tankou Moyiz, nou p ap menm kite yon zong, NOU TOUT PRALE…TOUT FANMI NOU.

Jan sa a enpòtan pou RENMEN pwisan setyèm anj sa a?

E L rele, Li di: “Tout sa yo ke w te janm renmen…” rekonpans pou sèvis mwen. M pa bezwen rekonpans. Li di: “Tout sa yo ke w te janm renmen, e tout sa yo ki te janm renmen w, Bondye ba ou yo.”

Annou li sa ankò tanpri: Kisa Li di?….Bondye ba OU yo!!

E n ap rejwenn yo e n ap rele: “N ap repoze sou Li”

Sou kisa nou repoze destinasyon etènèl nou an? SOU CHAK PAWÒL KI TE PWONONSE SOU BANN YO. M tèlman rekonesan anvè Seyè a ke Li ban nou Vrè Revelasyon ke Peze Jwe se bagay ki PI ENPÒTAN ke Lepouz la dwe fè.

Èske nou ta renmen repoze avè nou? Vin jwen nou Dimanch sa a midi, lè Jeffersonville, alò ke n ap tande tout sa avni a rezève nou, kote nou prale, e kijan pou nou rive la a, pandan ke n ap tande Vwa Bondye a k ap pale e k ap louvri: Senkyèm So A 63-0322.

Frè Jozèf Branham

Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:
Danyèl 9:20-27
Akt 15:13-14
Women 11:25-26
Apokalips 6:9-11 / 11:7-8 / 22:8-9