Mesagj: 65-0801e Evènman Ki Vin Klè Ak Pwofesi
- 24-0825 Evènman Ki Vin Klè Ak Pwofesi
- 23-0205 Evènman Ki Vin Klè Ak Pwofesi
- 21-1010 Evènman Ki Vin Klè Ak Pwofesi
- Sitasyon pou jou / Pen chak jou
- 20-0223 Evènman Ki Vin Klè Ak Pwofesi
- 18-1104 Evènman Ki Vin Klè Ak Pwofesi
- 17-0129 Evènman Ki Vin Klè Ak Pwofesi
Ankenn responsablite pou Tradiksyon ki fèt nan Branham Tabernacle
Byenneme Zèg,
Kote Kadav la ye, zèg yo ap rasanble. Nou nan tan aswè, epi pwofesi ap akonpli devan je nou. Kè nou ap boule andedan nou alò ke nou envite L nan legliz nou, lakay nou, nan labri labou nan savann lan. Li pral pale avèk nou epi Li pral revele Pawòl Li. Nou grangou epi nou swaf de Bondye.
Li chwazi fason Pawòl Li ta vin jwenn nou; pa pwofèt Li, ke Li predestine e detèmine davans. Li chwazi William Marrion Branham kòm moun nan lè a pou pran pèp Li ke L chwazi nan lè a, NOU MENM, Epouz Li.
Pa gen yon lòt moun ki ka pran plas li. Nou renmen jan li eksprime tèt li; hain’t, tote, carry, fetch, se Bondye k ap pale nan zòrèy nou. Bondye, k ap pale atravè bouch moun, k ap fè egzakteman sa L te di Li ta pral fè. Tout bagay regle!
Bondye dirije men li epi je l nan vizyon. Li pat ka di anyen lòt ke sa l te wè. Bondye te gen kontwòl total lang li, dwèt li, menm chak ògan nan kò li te an akò total avèk Bondye. Li te pòt pawòl Bondye.
Bondye te konnen davans ke nan laj sa a legliz la t ap mele. Se poutèt sa, Li te prepare pwofèt Li pou laj nou, pou l te rele epi kondwi Epouz Li chwazi a pa Pawòl Li ki konfime.
Nan gwo plan Li, Li te konnen tou ke Li t ap mennem pwofèt Li Lakay anvan ke L Vini, alò Li te fè anrejistre Vwa Li epi Li te sere Li, konsa Epouz ke Li eli a ta toujou gen Ensi Di Seyè A nan pla men li. Lè sa a yo pa t ap janm gen kesyon. Pa gen okenn entèpretasyon ki nesesè, jis Pawòl vyèj ki pi ke yo t ap ka tande tout tan.
Li te konnen ke t ap gen anpil vwa epi anpil konfizyon nan dènye jou yo. Twa dènye semèn yo li te pale avèk nou epi li te lokalize lè a ke nou t ap viv la. Li pale nou de fo pwofèt yo ki t ap parèt epi ki t ap sedwi eli a, si sa te posib.
Ki jan dye aj sa a avegle kè moun yo. Ki jan Bondye Li menm di nan pwofesi L yo ke bagay sa yo ta pral rive nan Laj Lawodise sa a. Li di nou pa gen anyen ki pa akonpli.
Li idantifye tèt Li devan nou atravè bagay ki te pwofetize de Li pou L fè nan jou sa a. Aksyon L yo menm pwouve nou ke Li se menm lan ayè , jodi a, e pou tout tan. Se Vwa Bondye a , k ap pale, epi k ap viv nan, Lepouz Li.
Èske nou kwè Mesaj sa a se Ebre 13:8? Èske se Pawòl vivan an? Èske se Fis de Lòm lan k ap revele Tèt Li fizikman? Alò pwofesi pral akonpli Dimanch sa a si nou kwè e obeyi.
On bagay pral pase atravè lemond ki pat janm posib anvan nan istwa mond lan. Bondye pral pale atravè bouch moun, pral pale avèk Lepouz Li atravè lemonn antye an menm tan. Li pral mande nou pou nou mete men nou youn sou lòt epi priye youn pou lòt pandan ke l ap priye pou nou tout.
Noumenm deyò la a sou fil telefòn yo, si n te kwè ak tout kè nou, antan minis yo t ap poze men sou nou, epi byenneme nou yo t ap poze men sou nou, si n kwè ak tout kè nou ke se fini, se fini.
Kèlkeswa sa nou bezwen, Bondye ap ban nou l si nou jis kwè…E NOU KWÈ. NOU SE EPOUZ FIDÈL LI. Sa pral fèt. Kolòn Dife a ap tout kote n ap reyini epi L ap ban nou chak kèlkeswa sa nou bezwen, se ENSI DI SEYÈ A.
Ke menm Limyè Sen sa ke n ap gade dwat isi a nan legliz la, ke L tonbe sou chak moun, epi ke yo geri nan lè sa a. Nou reprimande lènmi an, dyab la, nan Prezans Kris; nou di lènmi an, ke yo bat li pa soufrans sibi pou lòt ak―ak, lanmò Seyè Jezi a epi rezirèksyon ki triyonfe sou twazyèm jou a; ak prèv Li ki pwouve ke L isi a nan mitan nou aswè a, vivan, aprè milnèfsan lane. Kite Lespri Bondye vivan an ranpli chak kè ak lafwa ak pwisans, ak vèti gerizon sot nan rezirèksyon Jezikri, Ki idantifye kounye a pa gran Limyè sa a k ap sèkle legliz la, nan Prezans Li. Nan Non Jezikri, akòde l pou glwa Bondye.
Nou se Lepouz Li. Pa gen anyen ki ka retire l nan men nou, ANYEN. Satan pèdi. Nou ka gen enpresyon ke nou jis gen yon kiyè de Li, se tout sa nou bezwen, LI REYÈL. SE LI MENM. NOU SE PA L. PAWÒL LI PA KA ECHWE.
Kwè L, aksepte L, kenbe L, Sa a pa ka echwe. Nou pa gen pwisans men nou gen otorite L. Di: ‘Mwen pran l Seyè, se pou mwen l ye, Ou ban mwen l e m pap kite Satan pran l.’
Ala yon moman nou pral genyen. Pa gen lòt kote m ta vle ye. Sentespri a pral toutotou nou. Plis Revelasyon n ap resevwa. Kè brize pral repare. Tout moun pral geri. Ki jan nou pa ka di: ‘Èske kè nou pat boule andedan nou, epi èske li p ap boule kounye a, pou nou konnen ke nou nan Prezans Jezikri kounye a ki resisite, pou Li menm glwa ak louwanj pou tout tan.’
Frè Jozèf Branham
Nou envite lemonn vin jwenn nou a:
Lè a: midi. Lè Jeffersonville
Mesaj: 65-0801E Evènman Ki Vin Klè Ak Pwofesi
Ekriti pou li anvan nou tande Mesaj la:
Jenèz 22:17-18
Som 16:10 / Chapit 22 / 35:11 / 41:9
Zakari 11:12 / 13:7
Ezayi 9:6 / 40:3-5 / 50:6 / 53:7-12
Malachi 3:1 / Chapit 4
Jan 15:26
Lik 17:30 / 24:12-35
Rom 8:5-13
Ebre 1:1 / 13:8
Apokalips 1:1-3 / Chapit 10